Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a

PANDAN Izrayelit yo te tabli kan yo nan Plèn Mowab yo, an 1473 anvan epòk nou an, siman san yo te tresayi lè yo tande pawòl sa yo : “ Prepare pwovizyon n ap bezwen, paske nan twa jou ankò, n ap travèse Jouden an pou n al pran peyi Jewova, Bondye nou an, ban nou pou nou pran an. ” ​(Jozye 1:11). Karant an yo te fè ap viv nan dezè a t ava fini la.

Anviwon ventan apre sa, Jozye, chèf nasyon an, kanpe nan mitan peyi Kanaran e li fè deklarasyon sa a bay ansyen ann Izrayèl yo : “ Gade : mwen fè tiraj osò pou m ban nou nasyon sa yo ki rete kòm eritaj pou tribi nou yo, ansanm ak tout nasyon mwen rache yo, soti nan Jouden an, jis rive nan Gwo Lanmè a, kote solèy la kouche a. E se Jewova Bondye nou an ki te la ap pouse yo sot devan nou, e li te retire posesyon yo nan men yo poutèt nou e nou te antre pran peyi a, jan Jewova Bondye nou an te pwomèt nou sa. ” — Jozye 23:4, 5.

Se Jozye ki ekri liv ki pote non l lan nan ane 1450 anvan epòk nou an. Liv sa a gen yon resi istorik pasyonan sou sa ki te rive pandan peryòd 22 an sa yo. Piske nou rive nan papòt monn nouvo Bondye pwomèt nou an, sitiyasyon nou konparab ak sitiyasyon pitit gason Izrayèl yo, yo menm ki te prèt pou antre pran Latè pwomiz. Donk, annou prete yon atansyon espesyal a liv Jozye a. — Ebre 4:12.

AN DIREKSYON “ PLÈN DEZÈ JERIKO YO ”

(Jozye 1:1–5:15)

Se yon kokenn asiyasyon Jozye resevwa lè Jewova di l : “ Moyiz, sèvitè m nan, mouri. Kounye a, leve, travèse Jouden w ap gad la a, ou menm ansanm ak tout pèp la, pou yo antre nan peyi m ba yo a, yo menm, pitit gason Izrayèl yo. ” ​(Jozye 1:2). Jozye gen pou l dirije yon nasyon ki gen plizyè milyon moun ladan l pou l mennen yo nan Latè pwomiz. Pou kòmanse, li voye de Izrayelit al espyone Jeriko, vil li gen pou l konkeri an premye a. Se nan vil sa a pwostitye ki rele Rahab la ap viv. Li tande pale de zèv pisans Jewova reyalize pou pèp li a. Se sa k fè, li pwoteje espyon yo e li ede yo. Poutèt sa, yo tou fè l pwomès y ap prezève lavi l ak lavi fanmi l.

Lè espyon yo retounen, Jozye ansanm ak rès pèp la prè pou yo travèse Jouden an. Aktout gen gwo dlo nan rivyè a, sa pa yon obstak pou yo, paske Jewova bloke dlo k ap sot anwo yo kòmsi se te yon baraj li te fè, tandiske dlo ki gentan pase yo kontinye koule al nan lanmè Mòt. Lè Izrayelit yo fin travèse Jouden an, yo tabli kan yo yon kote ki rele Gilgal, toupre Jeriko. Kat jou annapre, 14yèm jou nan mwa Abib, nan aswè, yo selebre fèt Pak la nan plèn dezè Jeriko yo (Jozye 5:10). Nan demen, yo kòmanse manje kèk nan pwodui peyi a, e lamàn te sispann tonbe. Se pandan peryòd sa a Jozye sikonsi tout gason ki te fèt nan dezè a.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:4, 5 — Poukisa Rahab twonpe mesye wa a te voye dèyè espyon yo ? Rahab riske lavi l pou l pwoteje espyon yo, paske li te vin gen lafwa nan Jewova. Se sa k fè, li pa t gen okenn obligasyon pou l bay mesye k ap chèche fè pèp Bondye a mal yo enfòmasyon sou kote espyon yo ye (Matye 7:6 ; 21:23-27 ; Jan 7:3-10). Anfèt, lè Labib di yo ‘ deklare Rahab jis grasa aksyon li te fè ’, aksyon sa yo gen ladan yo tou lè l te endike mesye wa a te voye yo yon move direksyon. — Jak 2:24-26.

5:14, 15 — Kiyès ki “ prens lame Jewova a ” ? Sanble prens ki te vin fòtifye Jozye lè konkèt Latè pwomiz te kòmanse a se pa lòt moun, se “ Pawòl la ”, Jezi Kris, anvan l te vin sou tè a (Jan 1:1 ; Danyèl 10:13). Èske se pa yon bagay ki rekonfòtan pou nou dèske nou gen asirans Jezi Kris glorifye ap soutni sèvitè Jewova yo jodi a nan konba espirityèl y ap mennen an ?

Leson pou nou jodi a :

1:7-9. Si nou vle reyisi nan efò n ap fè nan domèn espirityèl, li esansyèl pou nou li Labib chak jou, pou nou medite regilyèman sou sa nou li yo e pou nou mete sa nou aprann yo an pratik.

1:11. Jozye mande pèp la pou l prepare pwovizyon olye pou l rete bra kwaze ap ret tann Jewova. Egzòtasyon Jezi fè pou nou pa enkyete nou pou nesesite lavi a ansanm ak pwomès “ y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou ” an, pa vle di pou nou pa fè efò pou nou pran swen tèt nou. — Matye 6:25, 33.

2:4-13. Lè Rahab tande pale de gwo bagay Jewova akonpli e li reyalize epòk la kritik, li pran desizyon pou l mete l bò kote sèvitè Jewova yo. Si w gen yon bon ti tan depi w ap etidye Labib e ou rekonèt se “ nan dènye jou yo ” n ap viv, ou pa panse li ta bon pou w pran desizyon pou sèvi Bondye ?—2 Timote 3:1.

3:15. Piske espyon yo te voye Jeriko yo te bay yon rapò favorab, Jozye pa t ret ap pèdi tan, li te aji san li pa tann dlo ki nan rivyè Jouden an bese. Depi se pou nou poze aksyon anrapò ak vrè adorasyon an, nou dwe aji avèk kouraj olye pou nou ret ap tann pou sitiyasyon yo vin pi favorab.

4:4-8, 20-24. Douz wòch yo te pran nan rivyè Jouden an te la pou sèvi kòm memoryal pou pèp Izrayèl. Se menm jan an, aksyon Jewova fè jodi a pou pwoteje sèvitè l yo anba ènmi l yo la tankou yon memoryal ki montre li ansanm avèk yo.

KONKÈT LA AP KONTINYE

(Jozye 6:1–12:24)

Vil Jeriko “ te fèmen byen fèmen [...]. Pyès moun pa t antre, pyès moun pa t soti ”. (Jozye 6:1.) Ki jan y ap fè pou yo antre pran yon vil konsa ? Jewova di Jozye ki taktik pou l itilize, e vrèmanvre, sa pa t pran tan pou mi yo tonbe e pou vil la detwi. Se sèl Rahab ak moun lakay li ki sove.

Kounye a, vil yo pral mache sou li se Ay, yon vil ki gen yon wa alatèt li. Selon rapò espyon yo fè, pa gen anpil moun nan vil la, konsa yo pap bezwen voye anpil moun pou yo konkeri l. Sepandan, anviwon 3 000 sòlda yo voye atake vil la oblije kouri pou mesye Ay yo. Sa k fè sa ? Se paske Jewova pa ak Izrayelit yo. Akàn, ki nan tribi Jida, te peche nan moman yo t ap anvayi Jeriko a. Apre Jozye fin regle pwoblèm nan, li atake Ay ankò. Piske Ay te deja venk Izrayelit yo, wa a chofe pou l goumen ak yo. Men, Jozye itilize yon taktik, li jwe sou twòp konfyans mesye Ay yo te gen nan tèt yo, e li rive poze men sou vil la.

Gibeyòn se ‘ yon gwo vil, yon vil ki pi gwo pase Ay, e tout mesye l yo se moun ki gen anpil fòs ’. (Jozye 10:2.) Sepandan, lè mesye Gibeyòn yo aprann viktwa Izrayèl ranpòte sou Jeriko ak Ay, yo pran Jozye sou plan e yo fè yon alyans avè l pou gen lapè antre yo. Nasyon ki ozalantou yo twouve se yon kou trèt, e yo estime se yon menas sa ye pou yo. Se konsa, senk wa fòme yon kowalisyon e yo atake Gibeyòn. Izrayelit yo pote Gibeyonit yo sekou e yo bat nasyon ki te atake Gibeyonit yo byen bat. Kòm lòt konkèt Izrayèl te reyalize sou direksyon Jozye, nou jwenn viktwa yo te ranpòte sou vil ki te nan sid ak nan lwès yo ansanm ak viktwa yo te ranpòte sou kowalisyon yon seri de wa nan nò te fè kont yo. Antou, yo te rive venk 31 wa nan lwès rivyè Jouden.

Kesyon biblik ak tout repons :

10:13 — Ki jan yon fenomèn konsa fè posib ? “ Èske gen yon bagay ki twò estrawòdinè pou Jewova ”, Kreyatè syèl la ak tè a (Jenèz 18:14) ? Si l vle, li ka aji sou mouvman tè a ap fè dekwa pou solèy la ak lalin nan parèt fiks pou yon moun ki kanpe sou tè a k ap obsève. Oubyen tou, li ka kite tè a ak lalin nan kontinye kous yo e li fè reyon solèy la ak reyon lalin nan refrakte, sa vle di chanje direksyon, dekwa pou limyè ki soti ladan yo ka kontinye klere. Kèlkeswa sa k te pase a, “ pa t gen jou ki te tankou jou sa a ” nan istwa lèzòm. — Jozye 10:14.

10:13 — Ki sa liv Yacha a ye ? Yo repale de liv sa a nan 2 Samyèl 1:18 pou fè referans ak yon powèm ki rele “ Banza ”, yon chan tris yo te fè pou wa Sayil, yon wa Izrayelit, ak pou pitit li Yonatàn. Liv sa a sanble se te yon koleksyon chante ak powèm ki te la pou raple kèk evènman istorik, e sanble Ebre yo te byen konnen l.

Leson pou nou jodi a :

6:26; 9:22, 23. Malediksyon Jozye te pwononse nan moman destriksyon Jeriko a te vin akonpli anviwon 500 an ann apre (1 Wa 16:34). Malediksyon Noye te pwononse kont Kanaran, pitit pitit li, te reyalize lè Gibeyonit yo te vin ap travay pou Izrayelit yo (Jenèz 9:25, 26). Pawòl Jewova toujou reyalize.

7:20-25. Gen moun ki ka minimize vòl Akàn te fè a, yo ka panse se pa t yon bagay grav piske li pa t fè pèsonn moun anyen. Moun ki panse konsa yo ka minimize ti vòl ansanm ak lòt ti fot yon moun ka fè kont lwa ki gen nan Bib la tou. Sepandan, nou menm nou fèt pou pran menm rezolisyon ak Jozye pou nou reziste devan presyon pou nou ta komèt aksyon ki ilegal oswa ki imoral.

9:15, 26, 27. Lè nou fin konsanti pou nou fè yon bagay, nou dwe pran sa trèzoserye e nou dwe kenbe mo nou.

JOZYE AKONPLI DÈNYE GWO TRAVAY YO KONFYE L LA

(Jozye 13:1–24:33)

Kounye a Jozye gen bon ti laj (li prèske gen 90 an), li kòmanse distribye tè a. Se pa ti travay sa reprezante ! Tribi Ribenn, tribi Gad ak demi tribi Manase te deja resevwa eritaj pa yo nan lès Jouden an. Rès tribi ki potko resevwa yo ap resevwa pa yo kounye a, nan tiraj osò, nan lwès rivyè a.

Yo tabli tabènak la Chilo, nan tèritwa Efrayim. Kalèb resevwa vil Ebwòn, tandiske Jozye jwenn Timnat-Sera. Yo bay Levit yo 48 vil, 6 vil refij yo nan vil sa yo tou. Lè gèrye tribi Ribenn, tribi Gad ak demi tribi Manase yo ap retounen nan eritaj pa yo, nan lès Jouden an, yo bati yon lotèl ki “ gwo e ki remakab ”. (Jozye 22:10.) Tribi ki nan lwès rivyè Jouden yo wè sa kòm yon fòm apostazi, e yon gè ant tribi te manke eklate. Si se pa t yon bon kominikasyon, anpil san t ap koule.

Apre Jozye fin fè yon ti rete Timnat-Sera, li rele ansyen yo, chèf yo, jij yo ak ofisye Izrayèl yo pou l egzòte yo pou yo montre yo gen kouraj e pou yo rete fidèl a Jewova. Annapre, Jozye rasanble tout tribi Izrayèl yo yon kote ki rele Chekèm. Etan l nan zòn sa a, li fè yon rale sou kèk aksyon Jewova akonpli soti depi nan epòk Abraram, e fwa sa a ankò, li egzòte yo pou yo ‘ krenn Jewova e pou yo sèvi l avèk entegrite e avèk verite ’. Pèp la te santi l pouse pou l reponn : “ Se Jewova, Bondye nou an, n ap sèvi, e se vwa l n ap koute ! ” ​(Jozye 24:14, 15, 24). Se apre evènman sa yo Jozye mouri. Li te gen 110 an lè sa a.

Kesyon biblik ak tout repons :

13:1 — Èske vèsè sa a pa an kontradiksyon ak sa ki di nan Jozye 11:23 a ? Repons lan se non, paske konkèt Latè pwomiz la te fèt an de etap. Dabò, te gen gè nasyonal ki te pèmèt Izrayelit yo pote laviktwa sou 31 wa peyi Kanaran yo e ki te pèmèt yo kraze pouvwa Kananeyen yo. Ansuit, te gen aksyon kèk tribi ak kèk moun te fè poukont yo dekwa pou yo te rive pran tout peyi a (Jozye 17:14-18 ; 18:3). Kwak se pa tout Kananeyen yo Izrayelit yo te reyisi chase pami yo, Kananeyen ki te rete yo pa t vrèman reprezante yon menas pou sekirite Izrayelit yo (Jozye 16:10 ; 17:12). Jozye 21:44 deklare : “ Jewova ba yo repo tribò babò. ”

24:2 — Èske Tera, papa Abraram, se te yon adoratè zidòl ? Okòmansman, Tera pa t ap sèvi Jewova Dye. Sanble li te konn adore dye lalin ki rele Sin nan, yon dye ki te popilè anpil nan vil Ou. Selon tradisyon juif la, sanble Tera te menm konn fè zidòl. Sepandan, lè Abraram obeyi kòmandman Bondye ba li pou l kite vil Ou, Tera te akonpaye l al Aràn. — Jenèz 11:31.

Leson pou nou jodi a :

14:10-13. Kwak Kalèb te gen 85 an, li te mande yon asiyasyon ki difisil, li te mande pou l al chase moun ki t ap viv nan rejyon Ebwòn yo. Moun ki t ap viv nan zòn sa a se te Anakim yo, yon seri gwo potorik gason ki pa t gen tankou yo. Avèk èd Jewova, gèrye eksperimante sa a te reyisi, e Ebwòn te tou vin tounen yon vil refij (Jozye 15:13-19 ; 21:11-13). Egzanp Kalèb montre nou pa fèt pou nou kouri pou asiyasyon teyokratik ki difisil.

22:9-12, 21-33. Nou dwe pran prekosyon pou nou pa mal jije mobil ki pouse yon moun fè yon bagay.

‘ Pa gen yon pawòl ki echwe ’

Jozye te granmoun anpil lè l di mesye ki te gen responsablite ann Izrayèl yo : “ Pa gen yon pawòl nan tout bèl pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. ” ​(Jozye 23:14). Resi istorik nou jwenn nan liv Jozye a montre sa avèk fòs.

Apot Pòl ekri : “ Tout bagay ki te ekri nan tan lontan yo te ekri pou fòmasyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa konsolasyon e grasa andirans nou jwenn nan Ekriti yo. ” ​(Women 15:4). Nou kapab sèten esperans nou nan pwomès Bondye yo pa mal plase. Pa gen youn nan pwomès yo k ap echwe, yo tout ap reyalize.

[Kat jeyografik nan paj 30]

(Gade peryodik la.)

Peyi Izrayelit yo te mache pran sou direksyon Jozye.

BACHÀN

GILEYAD

ARABA

NEGÈB

Rivyè Jouden

Lanmè Sale

Vale Yabòk

Vale Anòn

Atsò

Madòn

Lachawòn

Chimwòn

Yokneam

Megido

Kedèch

Taanak

Efè

Titsa

Afèk

Tapouwa

Betèl

Ay

Gilgal

Jeriko

Gezè

Jerizalèm

Makeda

Yamout

Adoulam

Libna

Lakich

Eglòn

Ebwòn

Debi

Arad

[Foto nan paj 29]

Èske w konn poukisa yo te deklare Rahab, pwostitye a, jis ?

[Foto nan paj 30]

Jozye te egzòte Izrayelit yo pou yo “ krenn Jewova e pou yo sèvi l ”.

[Foto nan paj 32]

Vòl Akàn nan pa t yon ti fot piti, li te gen gwo konsekans.

[Foto nan paj 32]

“ Grasa lafwa, mi Jeriko yo te tonbe. ” — Ebre 11:30.