Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rete kole sou egzanp Jezi ban nou an

Rete kole sou egzanp Jezi ban nou an

Rete kole sou egzanp Jezi ban nou an

“ Mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen te fè pou nou an. ” — JAN 13:15.

1. Poukisa Jezi se yon modèl pou kretyen yo imite ?

NAN TOUT istwa limanite, se sèlman yon moun ki pase tout vi li san l pa fè peche. Se Jezi. Apa Jezi, “ pa gen pèsonn ki pa peche ”. (1 Wa 8:46 ; Women 3:23.) Se pou rezon sa a vrè kretyen yo konsidere Jezi kòm yon modèl pafè pou yo imite. Anfèt, yon ti tan anvan Jezi mouri, 14 Nizan nan ane 33 epòk nou an, li te mande disip li yo pou yo imite l. Li di : “ Mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen te fè pou nou an. ” ​(Jan 13:15). Diran dènye nuit sa a, Jezi te mansyone yon kantite domèn kote kretyen yo dwe fè efò pou yo menm jan avèk li. Nan atik sa a, nou pral egzamine kèk ladan yo.

Imilite nesesè

2, 3. Nan ki sans Jezi se yon egzanp pafè nan domèn imilite ?

2 Lè Jezi t ap ankouraje disip li yo pou yo suiv egzanp li ba yo a, li t ap pale sitou de imilite. Nan plizyè okazyon, li te konseye disip li yo pou yo enb. E nan lannuit 14 Nizan an, li te demontre imilite l gen lakay li, lè l te lave pye apot li yo. Lè sa a, Jezi te di : “ Si mwen menm, aktout mwen se Seyè e mwen se Anseyan, mwen lave pye nou, nou menm tou, nou dwe lave pye youn lòt. ” ​(Jan 13:14). Apre sa, li di apot li yo pou yo suiv egzanp li ba yo a. Ala yon bèl egzanp imilite sa te ye !

3 Apot Pòl fè nou konnen Jezi “ te egziste nan fòm Bondye ” anvan l te vin sou tè a. Poutan, li te renonse ak sa li te ye e li te vin yon senp òm. Plis ankò, “ li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jiskaske l mouri, wi, jiskaske l mouri sou yon poto soufrans ”. (Filipyen 2:6-8.) Reflechi sou sa : Jezi, dezyèm pi gran pèsonaj nan linivè, te dakò pou l vin pi ba pase zanj yo e pou l pran nesans kòm yon tibebe san defans. Li te dakò soumèt tèt li anba dominasyon paran l yo ki enpafè, toutpandan l ap grandi. E finalman, li te aksepte mouri kòm yon kriminèl yo meprize (Kolosyen 1:15, 16 ; Ebre 2:6, 7). Vrèman, se yon imilite estrawòdinè ! Èske sa posib pou nou imite “ etadespri ” sa a epi pou nou kiltive yon “ imilite ” konsa (Filipyen 2:3-5) ? Wi, men sa pa fasil.

4. Ki bagay ki konn rann lèzòm ògeye, e poukisa ògèy se bagay ki danjere ?

4 Lekontrè imilite se ògèy (Pwovèb 6:16-19). Se ògèy ki mennen Satan tonbe ba konsa (1 Timote 3:6). Ògèy pran rasin nan kè moun fasilman, e yonfwa li la, li difisil pou l soti. Gen moun ki fyè akoz peyi yo, ras yo, sa yo posede, edikasyon yo. Yo fyè tou akoz sa yo reyalize nan domèn pwofàn, akoz pozisyon sosyal yo, aparans yo, kapasite yo nan espò ak anpil lòt bagay ankò. Poutan, pa gen youn nan bagay sa yo ki gen enpòtans pou Jewova (1 Korentyen 4:7). E si bagay sa yo rann nou ògeye, y ap nui relasyon nou avèk Jewova. “ Jewova byen wo, epoutan li wè moun ki enb lan. Men moun ki ògeye a se sèlman de lwen li rekonèt li. ” — Sòm 138:6 ; Pwovèb 8:13.

Montre nou enb nan mitan frè nou yo

5. Poukisa li trèzenpòtan pou ansyen yo enb ?

5 Menm sa nou fè pou soutni sèvis Jewova ak bon rezilta nou jwenn pa ta dwe fè nou ògeye. Responsablite nou genyen nan kongregasyon an pa ta dwe lakòz sa nonplis (1 Kwonik 29:14 ; 1 Timote 6:17, 18). An reyalite, plis nou gen gwo responsablite, se plis li nesesè pou nou enb. Apot Pyè te ankouraje ansyen yo pou yo pa ‘ kòmande moun ki eritaj Bondye yo tankou mèt, men pou yo tounen egzanp pou twoupo a ’. (1 Pyè 5:3.) Ansyen yo nome pou yo aji kòm sèvitè e kòm egzanp, non pa pou yo kòmande an mèt e seyè. — Lik 22:24-26 ; 2 Korentyen 1:24.

6. Nan ki domèn nan lavi a nou bezwen imilite antanke kretyen ?

6 Se pa ansyen yo sèlman ki bezwen gen imilite. Konsènan gason ki pi jèn ki kapab fyè dèske lespri yo reyaji pi vit epi kò yo pi djanm konpare ak moun ki aje yo, men sa Pyè ekri : “ Mare senti nou ak imilite nan relasyon nou youn ak lòt, paske Bondye kont moun ki ògeye yo, men li bay moun ki enb yo bonte moun pa merite. ” ​(1 Pyè 5:5). Wi, li trèzenpòtan pou tout moun gen imilite menm jan ak Kris. Sa mande imilite pou moun preche bon nouvèl la sitou anfas endiferans oswa lè moun reyaji mal. Sa mande imilite pou nou aksepte konsèy oswa pou nou senplifye vi nou, yon fason pou nou patisipe plis nan ministè a. Anplis de sa, nou bezwen imilite menm jan nou bezwen kouraj ak lafwa lè n ap andire move pwopagann ak atak sou baz lalwa oswa pèsekisyon vyolan. — 1 Pyè 5:6.

7, 8. Bay kèk fason nou kapab kiltive imilite.

7 Kòman yon moun kapab venk ògèy li pou l kondui tèt li ‘ avèk imilite, pou l konsidere lòt moun yo siperyè li ’ ? (Filipyen 2:3.) Moun sa a bezwen konsidere tèt li menm jan Jewova konsidere li. Jezi te esplike atitid kòrèk la lè l te di : “ Nou menm tou, lè nou fin fè tout bagay yo te mande nou fè yo, se pou nou di : ‘ Nou se esklav ki pa itil anyen. Sa nou fè a se sa nou te dwe fè. ’ ” ​(Lik 17:10). Sonje, pa gen anyen nou kapab fè an konparezon ak sa Jezi te fè. Poutan, Jezi te enb.

8 Anplis de sa, nou kapab mande Jewova ede nou kiltive pwennvi ki kòrèk la anrapò ak tèt nou. Menm jan ak salmis la, nou kapab priye konsa : “ Anseye mwen bonte, bonsans ak konesans, paske mwen egzèse lafwa nan kòmandman w yo. ” ​(Sòm 119:66). Jewova ap ede nou devlope yon pwennvi ki rezonab, yon pwennvi ki ekilibre anrapò ak tèt nou, e l ap beni nou pou atitid enb nou montre nou genyen (Pwovèb 18:12). Jezi di : “ Nenpòt moun ki glorifye tèt li y ap imilye l, e nenpòt moun ki imilye tèt li y ap glorifye l. ” — Matye 23:12.

Yon pwennvi ki kòrèk sou sa ki byen ak sa ki mal

9. Ki pwennvi Jezi sou sa ki byen ak sa ki mal ?

9 Malgre Jezi te viv 33 an nan mitan moun ki enpafè, li te rete “san peche”. (Ebre 4:15.) Anfèt, lè salmis la t ap pwofetize konsènan Mesi a li te di : “ Ou renmen jistis e ou rayi mechanste. ” ​(Sòm 45:7 ; Ebre 1:9). Nan domèn sa a tou, kretyen yo fè efò pou yo imite Jezi. Yo pa sèlman konnen sa ki byen ak sa ki mal, yo rayi sa ki mal e yo renmen sa ki byen (Amòs 5:15). Sa ede yo lite kont tandans peche yo fèt avè l la. — Jenèz 8:21 ; Women 7:21-25.

10. Si nou pratike “ sa ki mal ” san nou pa repanti, ki sa atitid nou demontre ?

10 Jezi te di Nikodèm, farizyen an : “ Moun ki pratike sa ki mal rayi limyè, epi li pa vin nan limyè dekwa pou yo pa kondane zèv li yo. Men moun ki fè sa ki kòrèk vin nan limyè dekwa pou zèv li yo ka parèt klè kòm zèv ki fèt ann amoni avèk Bondye. ” ​(Jan 3:20, 21). Reflechi sou ide sa a : Jan te idantifye Jezi kòm “ Vrè limyè a ki bay tout kalite òm limyè ”. (Jan 1:9, 10.) Sepandan, Jezi te di si nou pratike “ sa ki mal ”, bagay ki pa bon, bagay Bondye pa aksepte, nou rayi limyè. Èske w imajine ou menm ki rayi Jezi ak prensip li yo ? Poutan, moun k ap pratike peche san yo pa repanti yo, se nan sitiyasyon sa a yo ye. Petèt se pa konsa yo wè bagay yo, men li klè se konsa Jezi wè yo.

Fason pou nou kiltive menm pwennvi ak Jezi sou sa ki byen ak sa ki mal

11. Ki sa ki trèzenpòtan pou nou kiltive menm pwennvi ak Jezi sou sa ki byen ak sa ki mal ?

11 Nou bezwen gen yon konpreyansyon ki klè sou sa ki byen ak sa ki mal dapre pwennvi pa Jewova. Nou gen konpreyansyon sa a sèlman grasa yon etid nan Pawòl Bondye a, Labib. Toutpandan n ap kontinye fè etid sa a, nou bezwen priye menm jan salmis la te priye a : “ Fè m konnen chemen w, O Jewova. Anseye m pwòp wout ou. ” ​(Sòm 25:4). Sepandan, sonje Satan konn twonpe moun (2 Korentyen 11:14). Li kapab degize sa k mal la pou l fè l parèt byen pou yon kretyen ki san mefyans. Se sa k fè, nou bezwen medite an pwofondè sou sa nou aprann epi suiv konsèy “ esklav fidèl ki prevwayan an ” nan tout ti detay. (Matye 24:45-47.) Lè nou etidye, nou priye, epi nou medite sou sa nou aprann, sa ap ede nou grandi pou nou atenn matirite e pou nou pami moun ki “ abitye sèvi ak kapasite klèvwayans yo pou distenge sa ki byen ak sa ki mal ”. (Ebre 5:14.) Lè sa a, n ap toutafè dispoze pou nou rayi sa ki mal e pou nou renmen sa ki byen.

12. Ki konsèy Bib la bay pou ede nou pa pratike ilegalite ?

12 Si nou rayi sa ki mal, nou pap kite anvi pou bagay ki mal grandi nan kè nou. Plizyè ane apre lanmò Jezi, men sa apot Jan te ekri : “ Pa renmen monn nan ni bagay ki nan monn nan. Si yon moun renmen monn nan, lanmou Papa a pa nan li. Paske tout sa ki nan monn nan : dezi lachè, dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv, pa soti nan Papa a, men sa soti nan monn nan. ” — 1 Jan 2:15, 16.

13, 14. a) Poukisa renmen bagay ki nan monn nan danjere pou kretyen ? b) Ki jan nou kapab evite devlope lanmou pou bagay ki nan monn nan ?

13 Gen moun ki kapab panse se pa tout bagay nan monn nan ki pa bon. Menmsi sa, monn nan ak bagay li genyen ki atiran kapab detounen nou fasilman nan sèvis Jewova. E pa gen anyen monn nan ofri ki la pou fè nou vin pi pwòch Bondye. Se sa k fè, si lanmou nou ap grandi pou bagay ki nan monn nan, menm lè an reyalite se pou bagay ki kapab pa bagay ki mal, nou sou yon pant ki danjere (1 Timote 6:9, 10). San konte, gen anpil bagay nan monn nan ki vrèman pa bon e ki ka kòwonp nou. Si n ap gade fim sinema oubyen pwogram televizyon k ap ankouraje vyolans, k ap ankouraje materyalis oswa imoralite seksyèl, bagay sa yo kapab vin akseptab pou nou, e ansuit y ap tante nou. Si moun n ap frekante yo sa ki pi enterese yo se amelyore fason y ap viv, oswa se chèche posiblite pou komès yo mache, bagay sa yo kapab vin priyorite pou nou tou. — Matye 6:24 ; 1 Korentyen 15:33.

14 Yon lòt bò, si nou jwenn plezi nan Pawòl Jewova, “ dezi lachè, dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv ” ap pèdi anpil nan atirans yo genyen. Anplis de sa, si nou frekante moun ki bay enterè Wayòm Bondye a priyorite, alalong n ap vin menm jan avèk yo. N ap renmen sa yo renmen e n ap evite sa yo evite. — Sòm 15:4 ; Pwovèb 13:20.

15. Menm jan sa te ye nan ka Jezi, kòman lanmou pou jistis ak lahèn pou ilegalite fòtifye nou ?

15 Lahèn Jezi genyen pou ilegalite e lanmou li genyen pou jistis te ede l kenbe je l fikse sou “ jwa ki t ap tann li ”. (Ebre 12:2.) Sa kapab vre pou nou tou. Nou konnen “ se pase monn nan ap pase, dezi li tou ”. Kèlkeswa satisfaksyon monn nan ofri, se tou senpleman pou yon ti tan. Sepandan, “ moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan ”. (1 Jan 2:17.) Paske Jezi te fè volonte Bondye, li ouvri chemen pou lèzòm jwenn lavi etènèl (1 Jan 5:13). Se pou nou tout nou imite Jezi e se pou nou tout nou pwofite rezilta entegrite l la.

Andirans anba pèsekisyon

16. Poukisa Jezi te ankouraje disip li yo pou youn renmen lòt ?

16 Jezi te montre yon lòt domèn pou disip li yo imite l. Li di : “ Sa a se kòmandman mwen : se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. ” ​(Jan 15:12, 13, 17). Gen anpil rezon pou kretyen yo renmen frè yo. Avantou, nan okazyon sa a, Jezi te gen nan tèt li hèn monn nan gen pou disip yo, hèn yo t ap gen pou yo afwonte. Li te di : “ Si monn nan rayi nou, nou konnen li te rayi m anvan li rayi nou. [...] Yon esklav pa pi gran pase mèt li. Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou. ” ​(Jan 15:18, 20). Wi, menm lè kretyen yo anba pèsekisyon, sa fè yo tankou Jezi. Yo bezwen devlope relasyon ki djanm nan lanmou youn pou lòt pou ede yo reziste anba hèn sa a.

17. Poukisa monn nan rayi vrè kretyen yo ?

17 Poukisa monn nan rayi kretyen yo ? Paske, menm jan ak Jezi, yo “ pa fè pati monn nan ”. (Jan 17:14, 16.) Yo net nan zafè militè ak nan zafè politik, e yo suiv prensip ki nan Bib la, toutpandan yo respekte karaktè sakre lavi genyen, e yo kenbe yon kòd moral wo nivo (Travay 15:28, 29; 1 Korentyen 6:9-11). Prensipal objektif yo genyen se objektif espirityèl, se pa objektif materyèl. Yo viv nan monn nan, men tankou Pòl te ekri, yo pa “ sèvi avè l nèt ”. (1 Korentyen 7:31.) Se vre, gen kèk moun ki eksprime admirasyon yo genyen pou prensip wo nivo Temwen Jewova yo. Men, Temwen Jewova yo pap fè konpwomi pou yo chèche admirasyon oswa pou moun aksepte yo. Kòm rezilta, pifò moun nan monn nan pa konprann yo e anpil ladan yo rayi yo.

18, 19. Pandan kretyen yo ap suiv modèl Jezi, ki jan yo afwonte opozisyon ak pèsekisyon ?

18 Apot Jezi yo te wè hèn pwofon monn nan genyen lè yo te arete Jezi e yo te egzekite l. E apot yo te wè ki jan Jezi te afwonte hèn sa a. Nan jaden Jetsemane a, advèsè relijye Jezi yo te vini e yo arete l. Pyè te eseye pwoteje Jezi ak yon epe, men Jezi te di Pyè : “ Mete epe w nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe. ” ​(Matye 26:52 ; Lik 22:50, 51). Pi lontan anvan sa, Izrayelit yo te konn konbat ak epe kont ènmi yo. Men nan moman sa a, bagay yo pa t menm jan. Wayòm Bondye a “ pa fè pati monn sa a ” e li pa gen fwontyè nasyonal pou l pwoteje (Jan 18:36). Yon ti tan apre, Pyè t ap gen pou fè pati yon nasyon espirityèl, kote manm nasyon sa a t apral gen sitwayènte yo nan syèl (Galat 6:16 ; Filipyen 3:20, 21). Depi lè sa a, disip Jezi yo t apral afwonte hèn ak pèsekisyon menm jan Jezi te fè l la : avèk kouraj, men yon fason ki pezib. Avèk konfyans, yo t ap lese bagay yo nan men Jewova e yo t ap konte sou li pou l ba yo fòs pou yo andire. — Lik 22:42.

19 Kèk ane apre, Pyè ekri : “ Kris te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou ka suiv tras li fidèlman. [...] Lè yo te konn ap joure l, li pa t konn joure yo tou. Lè li te konn ap soufri, li pa t konn menase pèsonn, men li te toujou konn lage bagay yo nan men moun ki konn jije avèk jistis la. ” ​(1 Pyè 2:21-23). Jan Jezi te avèti a, kretyen yo te sibi pèsekisyon ki di toutpandan ane yo t ap pase. Kit se nan premye syèk la, kit se nan tan pa nou an, yo suiv egzanp Jezi. Nan andire avèk fidelite, yo bat yon bèl rekò. Konsa, yo demontre yo kenbe entegrite yo nan lapè (Revelasyon 2:9, 10). Se pou nou chak bò kote pa nou fè menm jan an lè sikonstans yo egzije sa. — 2 Timote 3:12.

“ Abiye nou ak Seyè a Jezi Kris ”

20-22. Nan ki sans kretyen yo ‘ abiye yo ak Seyè a Jezi Kris ’ ?

20 Men sa Pòl te ekri kongregasyon Wòm nan : “ Abiye nou ak Seyè a Jezi Kris, pa fè pwojè pou dezi lachè. ” ​(Women 13:14). Nan yon sans, kretyen yo abiye yo ak Jezi, menm jan ak lè yo mete yon rad. Yo fè efò pou yo imite kalite l yo ansanm ak aksyon l yo yon fason pou yo reflete imaj Mèt yo a, menmsi yo enpafè. — 1 Tesalonisyen 1:6.

21 Nou kapab reyisi “ Abiye nou ak Seyè a Jezi Kris ”, si nou familyarize nou ak fason Mèt la te konn viv e si nou fè efò pou nou viv menm fason sa a. N ap imite imilite l, lanmou li pou jistis, hèn li pou ilegalite, lanmou li pou frè l yo. N ap imite l lefètke li pa fè pati monn nan ansanm ak andirans li nan soufrans ki demontre pasyans. Nou ‘ pap fè pwojè pou dezi lachè ’, sa vle di nou pap fè objektif pwofàn oubyen satisfè dezi lachè, prensipal bi nou nan lavi. Depreferans, lè n ap pran desizyon oswa lè n ap fè fas ak yon pwoblèm, n ap mande tèt nou : ‘ Ki sa Jezi ta fè nan yon sitiyasyon konsa ? Ki sa li ta renmen m fè ? ’

22 Pou fini, nou imite Jezi lè nou toujou okipe nan “ preche bon nouvèl la ”. (Matye 4:23 ; 1 Korentyen 15:58.) Nan domèn sa a tou, kretyen yo suiv egzanp Jezi ba yo a. Atik ki vin apre a pral esplike ki jan pou nou fè sa.

Èske w ka esplike ?

• Poukisa li trèzenpòtan pou yon kretyen enb ?

• Kòman pou nou kiltive yon pwennvi ki kòrèk sou sa ki byen ak sa ki mal ?

• Ki fason kretyen yo ap imite Jezi lè y ap afwonte opozisyon ak pèsekisyon ?

• Ki jan l ap fè posib pou nou “ abiye nou ak Seyè a Jezi Kris ” ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Jezi bay yon egzanp ki pafè nan domèn imilite.

[Foto nan paj 18]

Tout domèn nan lavi yon kretyen, san wete preche, mande imilite.

[Foto nan paj 19]

Satan kapab fè distraksyon ki pa kòrèk parèt akseptab pou yon kretyen.

[Foto nan paj 20]

Lanmou frè nou yo gen pou nou ap fòtifye nou anba opozisyon.