Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo ini grasa lanmou pou Bondye

Yo ini grasa lanmou pou Bondye

Yo ini grasa lanmou pou Bondye

LÈ KRIS te fonde kongregasyon an nan premye syèk epòk pa nou an, youn nan karakteristik li ki pi estrawòdinè, malgre tout varyete ki te genyen pami manm li yo, se te inite. Moun sa yo ki te adoratè vrè Dye a te sot nan plizyè nasyon : ann Azi, ann Ewòp ak ann Afrik. Nou jwenn moun ki soti nan tout kategori sosyal : prèt, sòlda, esklav, refijye, atizan, pwofesyonèl ak komèsan. Kèk ladan yo te Juif, gen lòt ki te janti. Anpil ladan yo se moun ki te adiltè, ki te omoseksyèl, ki te tafyatè, ki te vòlè oswa ki te dechèpiyè. Sepandan, lè yo te vin kretyen, yo te kite move bagay yo te konn pratike yo dèyè e yo te vin ini solid nan lafwa.

Ki sa ki te fè krisyanis premye syèk la rive rasanble tout moun sa yo ansanm nan inite ? Poukisa yo te anpè youn ak lòt e ak moun an jeneral ? Poukisa yo pa t antre nan rebelyon ak nan konfli ? Poukisa krisyanis premye syèk la te diferan konsa ak gwo relijyon ki genyen jounen jodi a ?

Ki sa ki te fè manm kongregasyon an pwòch youn ak lòt ?

Prensipal rezon ki te fè moun ki gen menm kwayans nan premye syèk la ini se te lanmou pou Bondye. Kretyen sa yo te rekonèt prensipal obligasyon yo se pou yo renmen vrè Dye a, Jewova, ak tout kè yo, ak tout nanm yo e ak tout lespri yo. Pa egzanp, apot Pyè, ki te yon Juif, te jwenn enstriksyon pou l vizite yon etranje ki t ap viv nan peyi a, yon moun nòmalman li pa t ap nan twòp zanmitay avèk li. Sa ki te pouse l obeyi se te prensipalman lanmou pou Jewova. Pyè ansanm ak lòt premye kretyen yo te gen yon relasyon sere sere avèk Bondye, yon relasyon ki te baze sou konesans egzak pèsonalite Li, sou sa l renmen ak sa l pa renmen. Avèk letan, tout adoratè yo te konprann Jewova te vle yo “ ini nan menm panse, nan menm opinyon ”. — 1 Korentyen 1:10 ; Matye 22:37 ; Travay 10:1-35.

Anplis de sa, kwayan yo te ini ansanm grasa lafwa yo genyen nan Jezi Kris. Yo te vle suiv tras li fidèlman. Men kòmandman li te ba yo : “ Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an [...]. Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ” ​(Jan 13:34, 35). Jezi pa t ap pale konsènan yon emosyon sipèfisyèl, men li t ap pale konsènan yon lanmou ki pouse yo fè sakrifis. Ki rezilta sa t apral bay ? Jezi te priye pou moun ki gen lafwa nan li. Men sa li di : “ Mwen fè demann [...] pou yo tout ka fè yon sèl, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avèk mwen e mwen ann inyon avèk ou, pou yo menm tou yo kapab ann inyon avèk nou. ” — Jan 17:20, 21 ; 1 Pyè 2:21.

Jewova te vide lespri sen li, oswa fòs aktif li, sou vrè sèvitè l yo. Lespri sa a te favorize inite nan mitan yo. Li te pèmèt yo konprann ansèyman biblik yo, konpreyansyon tout kongregasyon yo te aksepte. Adoratè Jewova yo te preche menm mesaj la : sangtifikasyon non Jewova pa mwayen Wayòm mesyanik Bondye a, yon gouvènman selès ki gen pou l dirije tout limanite. Premye kretyen yo te konprann obligasyon yo genyen pou yo “ pa fè pati monn sa a ”. Se poutèt sa, lè gen dezobeyisans sivil oswa konfli militè, kretyen yo rete net. Yo chèche viv anpè ak tout moun. — Jan 14:26 ; 18:36 ; Matye 6:9, 10 ; Travay 2:1-4 ; Women 12:17-21.

Tout kwayan yo te pran responsablite yo pou yo favorize inite. Ki jan yo te fè sa ? Yo te asire yo konduit yo ann amoni avèk Labib. Se poutèt sa, men sa apot Pòl te ekri kretyen yo : “ Jete ansyen pèsonalite ki mache ak konduit nou te genyen anvan an ” epi “ abiye ak nouvo pèsonalite a ”. — Efezyen 4:22-32.

Inite a kenbe

Se sèten, kwayan yo nan premye syèk la te enpafè, e te gen sitiyasyon ki te devlope ki te konn mete inite yo aleprèv. Pa egzanp, Travay 6:1-6 fè konnen te gen yon malantandi ant kretyen juif ki pale grèk ak sa ki pale ebre. Sa ki pale grèk yo te santi yo t ap sibi diskriminasyon. Sepandan, yonfwa apot yo te enfòme sou kesyon an, yo te rezoud sa byen vit e san patipri. Pi devan, te vin gen yon kesyon doktrin ki te soulve gwo diskisyon anrapò ak obligasyon moun ki pa Juif yo nan kongregasyon an. Yo te pran yon desizyon ki baze sou prensip ki nan Bib la, e tout moun te aksepte desizyon sa a. — Travay 15:1-29.

Egzanp sa yo montre mezantant pa t mennen nan divizyon etnik oswa nan dezinyon sou kesyon doktrin ki pa ka rezoud nan kongregasyon premye syèk la. Poukisa ? Paske rezon ki fè gen inite a te la pami yo : Yo te gen lanmou pou Jewova, lafwa nan Jezi Kris, lanmou ki pouse yo fè sakrifis youn pou lòt. Yo te aksepte direksyon lespri sen e yo te gen menm konpreyansyon sou ansèyman Bib la. Epitou, yo chak te gen anpresman pou yo chanje konduit. Tout bagay sa yo te ase pisan pou kenbe kongregasyon premye syèk la ini e anpè.

Yo adore nan inite nan tan modèn nan

Èske yon inite konsa posib jodi a ? Èske menm rezon sa yo ka toujou fè moun ki nan menm relijyon vin pwòch youn ak lòt epi pèmèt yo viv anpè ak tout ras tout kote nan monn nan ? Wi, yo kapab ! Temwen Jewova yo ini nan yon fanmi mondyal ki etann nan plis pase 230 peyi, zile, ak tèritwa. E yo ini grasa menm rezon ki te ini kretyen yo nan premye syèk la.

Sa ki plis kontribye nan inite Temwen Jewova yo se atachman yo pou Jewova Dye. Sa siyifi yo lite pou yo rete fidèl devan l nan tout sitiyasyon. Epitou, Temwen Jewova yo egzèse lafwa nan Jezi Kris ak nan ansèyman li yo. Kretyen sa yo demontre lanmou ki pouse yo fè sakrifis pou kwayan parèy yo, e se menm bon nouvèl Wayòm Bondye a yo preche nan tout peyi kote yo gen aktivite. Yo kontan pale de Wayòm sa a ak moun tout relijyon, tout ras, tout nasyonalite ak tout kouch sosyal. Anplis de sa, Temwen Jewova yo kenbe netralite yo nan zafè monn nan, sa ede yo reziste anba presyon politik, kiltirèl, sosyal e komèsyal ki lage anpil divizyon nan mitan lèzòm. Tout Temwen aksepte obligasyon yo genyen pou yo favorize inite grasa yon konpòtman ki ann amoni ak prensip ki nan Bib la.

Inite atire lòt moun

Souvan, inite sa a eveye enterè moun ki pa Temwen, tankou Ilse * ki te yon relijyez katolik nan yon kouvan ann Almay. Ki sa k te fè Temwen Jewova yo atire l ? Ilse di : “ Se pi bon moun mwen te janm rankontre. Yo pa al nan lagè, yo pa fè anyen pou nui lòt moun. Yo vle ede moun viv ak kè kontan sou tè a k ap yon paradi anba dominasyon Wayòm Bondye a. ”

Yon lòt egzanp, se egzanp Günther, yon sòlda alman ki te kantone an Frans diran Dezyèm Gè mondyal la. Yon jou, gen yon pastè potestan ki t ap fè yon sèvis relijye pou sòlda yo nan gwoup Günther a. Pastè a priye pou yo jwenn benediksyon, pwoteksyon ak laviktwa. Apre sèvis la, Günther al pran pòs pou l siveye ènmi. Pandan l ap gade nan longvi, li wè twoup ènmi yo lòt bò liy batay la k ap asiste tou yon sèvis yon chèf relijye ap fè. Apre sa, Günther di : “ Se dwe menm jan an tou chèf relijye sa a te priye pou benediksyon, pwoteksyon ak laviktwa. Mwen te mande tèt mwen ki jan sa fè posib pou legliz kretyen yo nan kan opoze nan menm gè a. ” Panse sa yo te rete grave nan memwa Günther. Lè kèk tan apre Günther te vin pran kontak ak Temwen Jewova yo, ki pa patisipe nan lagè, li te vin fè pati fanmi mondyal yo a.

Ashok ak Feema te fè pati yon relijyon oryantal. Lakay yo, yo te gen yon sangtyè yo te dedye pou yon dye. Lè yon maladi grav te frape fanmi yo, yo vin ap reflechi sou relijyon yo a. Nan konvèsasyon Ashok ak Feema te genyen avèk Temwen Jewova yo, ansèyman ki nan Bib la ansanm ak lanmou ki egziste nan mitan Temwen yo te enpresyone yo. Kounye a yo se pwoklamatè zele bon nouvèl Wayòm Jewova a.

Ilse, Günther, Ashok ak Feema, yo tout yo ini ak plizyè milyon Temwen Jewova nan yon fratènite mondyal. Yo kwè nan pwomès Bib la ki fè konnen menm rezon ki ini Temwen yo nan adorasyon y ap bay jodi a, talè konsa, se menm rezon yo ki pral ini tout moun ki obeyisan. Lè sa a, pap gen ni kraze zo, ni dezinyon, ni divizyon akoz relijyon ankò. Tout monn nan pral ini nan adorasyon Jewova, vrè Dye a. — Revelasyon 21:4, 5.

[Nòt anba paj]

^ § 16 Yo chanje kèk non moun yo itilize nan atik sa a.

[Foto nan paj 4]

Byenke premye kretyen yo te soti nan tout kategori sosyal, yo te ini.