Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo resevwa fòmasyon pou yo bay yon temwayaj afon

Yo resevwa fòmasyon pou yo bay yon temwayaj afon

Yo resevwa fòmasyon pou yo bay yon temwayaj afon

“ Nou pral sèvi m temwen ni Jerizalèm, ni nan tout Jide ak nan Samari rive jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. ” — TRAVAY 1:8.

1, 2. Ki misyon Pyè te genyen, e kiyès ki te ba li l ?

“ JEZI ki te moun Nazarèt [...] te òdone nou pou nou preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj afon, pou nou fè konnen se li menm Bondye nome pou jije vivan yo ak mò yo. ” ​(Travay 10 :38, 42). Se ak pawòl sa yo apot Pyè te esplike Kònèy ansanm ak fanmi l misyon li menm Pyè te resevwa pou li vin yon evanjelizatè.

2 Ki lè Jezi te bay misyon sa a ? Pyè dwe t ap panse ak sa Jezi ki resisite te di jis anvan l te monte nan syèl. Nan okazyon sa a, men sa Jezi te di disip fidèl li yo : “ Nou pral sèvi m temwen ni Jerizalèm, ni nan tout Jide ak nan Samari rive jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. ” ​(Travay 1:8). Sepandan, kèk tan anvan sa, Pyè te konnen antanke disip Jezi, li t ap gen pou l pale ak lòt moun konsènan lafwa li nan Jezi.

Twa ane fòmasyon

3. Ki mirak Jezi te fè, e ki envitasyon li te bay Pyè ak Andre ?

3 Plizyè mwa apre batèm Jezi, nan ane 29 epòk nou an, li t al preche kote Pyè ak frè l la Andre t ap travay antanke pechè pwason nan lanmè Galile. Pyè ak Andre te pase tout nuit lan ap travay e yo pa t reyisi pran anyen. Alò Jezi te di yo : “ Avanse kote ki fon an, epi lage filè nou yo pou nou fè lapèch. ” Lè yo fin fè sa Jezi te di yo a, ‘ yo te pran yon gwo kantite pwason. Anfèt, filè yo te kòmanse ap chire ’. Lè Pyè te wè mirak sa a, lakrent te anvayi l. Men, Jezi te kalme l lè l te di l : “ Ou pa bezwen pè ankò. Depi kounye a, se moun ou pral pran tou vivan. ” — Lik 5:4-10.

4. a) Ki jan Jezi te prepare disip li yo pou bay temwayaj ? b) Ki jan ministè disip Jezi yo t ap ye an konparezon ak pa Jezi a ?

4 Menm lè a, Pyè ak Andre, epi Jak ak Jan, pitit gason Zebede yo, te kite bato yo e yo te suiv Jezi. Diran prèske twazan, yo te akonpaye Jezi lè li t ap mache preche, e yo te resevwa fòmasyon kòm evanjelizatè (Matye 10:7 ; Mak 1:16, 18, 20, 38 ; Lik 4:43 ; 10:9). Nan fen peryòd sa a, 14 Nizan ane 33 epòk nou an, Jezi te di yo : “ Moun ki egzèse lafwa nan mwen, moun sa a tou pral fè travay m ap fè yo. E li pral fè travay ki pi gwo pase sa yo. ” ​(Jan 14:12). Disip Jezi yo t ap gen pou yo bay yon temwayaj afon menm jan Jezi te fè a, men nan yon degre ki pi gran. Kòm yo pa t pran tan pou yo aprann sa, ni yo menm ni tout lòt moun ki t ap vin disip t ap gen pou rann temwayaj nan “ tout nasyon ” jiskaske “ sistèm de choz la fini ”. — Matye 28:19, 20.

5. Ki jan nou kapab tire pwofi nan fòmasyon Jezi te bay disip li yo ?

5 N ap viv nan “ fen sistèm de choz la ”. (Matye 24:3.) Kontrèman ak premye disip yo, nou pa kapab ni akonpaye Jezi nan predikasyon ni obsève l k ap preche moun. Toutfwa, nou kapab tire pwofi nan fòmasyon li te bay lè nou li nan Labib fason l te preche ak enstriksyon li te bay disip li yo (Lik 10:1-11). Anplis de sa, nou pral egzamine nan atik sa a yon lòt bagay ki gen yon enpòtans kapital Jezi te aprann disip li yo : yon etadespri ki kòrèk anvè travay predikasyon an.

Sousi pou lòt moun

6, 7. Ki kalite Jezi te genyen ki te fè l efikas nan ministè l, e ki jan nou kapab imite l nan sans sa a ?

6 Ki sa k fè Jezi te bay yon temwayaj efikas konsa ? Youn nan rezon yo se enterè pwofon ak sousi li te genyen pou moun. Salmis la te predi Jezi t apral “ gen pitye pou moun ki piti a ak moun ki pòv la ”. (Sòm 72:13.) Pwofesi sa a te akonpli san mank nan ka Jezi. Labib di, gen yon jou, “ lè l wè foul moun yo, li te gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te gaye tankou mouton ki san bèje ”. (Matye 9:36.) Menm moun ki te gen repitasyon gwo pechè te rive konprann sousi li te genyen, e sa te atire yo sou li. — Matye 9:9-13 ; Lik 7:36-38 ; 19:1-10.

7 Jodi a, n ap efikas si nou montre nou gen menm sousi a pou lòt moun. Anvan w al preche, poukisa ou pa pran yon ti tan pou w reflechi nan ki degre moun yo bezwen mesaj ou gen pou yo a ? Reflechi sou pwoblèm yo kapab genyen, pwoblèm se sèlman Wayòm nan ki pral rezoud yo. Pran rezolisyon pou w gen yon atitid pozitif anvè tout moun, piske ou pa konnen kiyès k ap byen reyaji devan mesaj la. Petèt, pwochen moun w ap abòde a te priye pou yon moun tankou w vin ede l.

Lanmou pouse yo aji

8. Menm jan ak Jezi, ki sa ki pouse disip li yo preche bon nouvèl la ?

8 Bon nouvèl Jezi t ap anonse a te gen rapò ak kesyon ki pi enpòtan limanite ap fè fas : akonplisman volonte Jewova, sangtifikasyon non Li ak jistifikasyon souvrènte Li (Matye 6:9, 10). Paske Jezi te renmen Papa l, li te santi l pouse pou l kenbe entegrite l jiska lafen, e pou l bay yon temwayaj afon konsènan Wayòm nan ki pral rezoud kesyon sa yo (Jan 14:31). Piske disip Jezi yo jodi a gen menm motivasyon ak li, yo dilijan lè y ap patisipe nan ministè a. Men sa apot Jan te di : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. ” Nan kòmandman sa yo genyen kòmandman pou nou preche bon nouvèl la e pou nou fè disip. — 1 Jan 5:3 ; Matye 28:19, 20.

9, 10. Apa lanmou nou genyen pou Bondye, lanmou pou kiyès lòt moun ki pouse nou bay yon temwayaj afon ?

9 Jezi te di disip li yo : “ Si nou renmen m, n ap obsève kòmandman m yo. Moun ki gen kòmandman m yo e ki obsève yo, se moun sa a ki renmen m. ” ​(Jan 14:15, 21). Pakonsekan, lanmou pou Jezi dwe pouse nou rann temwayaj konsènan laverite, epi li ta dwe pouse nou obeyi lòt bagay Jezi te kòmande nou yo. Nan youn nan okazyon kote Jezi te fè aparisyon l apre li te fin resisite, men sa li te di Pyè avèk ensistans : “ Nouri ti mouton m yo. [...] Pran swen ti mouton m yo. [...] Nouri ti mouton m yo. ” Ki sa k ta dwe pouse Pyè fè sa ? Jezi te bay repons lan lè li te mande Pyè plizyè fwa : “ Èske w renmen m [...] ? Èske w renmen m ? [...] Èske w gen afeksyon pou mwen ? ” Wi, lanmou Pyè te gen pou Jezi, afeksyon l te gen pou li ta dwe pouse l bay yon temwayaj afon pou l jwenn “ ti mouton ” Jezi yo, e ansuit pou l vin yon bèje espirityèl pou yo. — Jan 21:15-17.

10 Jodi a, pèsonèlman nou pa konnen Jezi menm jan Pyè te konnen l. Toutfwa, nou byen konprann sa Jezi te fè pou nou an. Kokenn lanmou ki te pouse l “ goute lanmò pou tout moun ” touche kè nou anpil (Ebre 2:9 ; Jan 15:13). Nou gen menm santiman ak Pòl ki te ekri Pawòl sa yo : ‘ Lanmou Kris la genyen an oblije nou [...], Li te mouri pou tout moun yon fason pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt yo ankò, men pou li menm. ’ ​(2 Korentyen 5:14, 15). Lè nou pran oserye misyon nou genyen pou nou bay yon temwayaj afon, se yon prèv ki montre nou pran oserye lanmou Jezi gen pou nou, e se yon prèv ki montre nou renmen l anretou (1 Jan 2:3-5). Nou pa ta janm renmen adopte yon atitid neglijan nan travay predikasyon an, kòmsi nou konsidere sakrifis Jezi a tankou yon bagay ki òdinè. — Ebre 10:29.

Konsantre sou sa ki enpòtan an

11, 12. Poukisa Jezi te vin nan monn nan, e ki jan li te montre li te rete konsantre sou sa ki pi enpòtan ?

11 Lè Jezi te devan Pons Pilat, li te di : “ Se poutèt sa mwen fèt, e se poutèt sa mwen vini nan monn nan : pou m rann temwayaj pou laverite. ” ​(Jan 18:37). Rann temwayaj pou laverite, se te volonte Bondye pou Jezi, e li pa t kite anyen distrè l nan travay sa a.

12 Vrèmanvre, Satan te teste Jezi sou sa. Yon ti tan apre batèm Jezi, Satan te ofri l pou l fè l vin yon òm enpòtan nan monn nan. Li te ofri l “ tout wayòm monn nan ak glwa yo genyen ”. (Matye 4:8, 9.) Apre sa, Juif yo te vle fè l wa (Jan 6:15). Kèk moun kapab ap reflechi sou byenfè ki t ap posib si Jezi te aksepte òf sa yo. Petèt, yo kapab di : antanke wa imen, Jezi t ap kapab fè anpil byen pou limanite. Sepandan, Jezi te rejte rezònman sa a. Sa k te enpòtan pou li se te rann temwayaj pou laverite.

13, 14. a) Ki sa ki pa t rive distrè Jezi nan objektif li ? b) Malgre Jezi te pòv materyèlman, ki sa li te akonpli ?

13 Anplis de sa, Jezi pa t distrè nan kouri dèyè richès. Kòm rezilta, li pa t mennen yon vi moun ki rich. Li pa t menm gen pwòp kay pa l. Yon lè, men sa l te di : “ Rena yo gen twou, e zwazo yo ki nan syèl gen nich, men Pitit Gason lòm nan pa gen kote pou l poze tèt li. ” ​(Matye 8:20). Lè Jezi te mouri, sèl bagay ki te gen valè li te posede se te rad sòlda women yo te tire osò a (Jan 19:23, 24). Sepandan, èske lavi Jezi te yon echèk ? Pa ditou !

14 Jezi te akonpli plis bagay lontan pase sa moun ki pi rich pami moun ki dispoze sa l posede pou ede lòt moun te ka akonpli. Men sa Pòl te di : “ Nou konnen bonte moun pa merite ki sot nan Seyè nou an, Jezi Kris : kwak li te rich, li vin pòv pou nou, pou nou ka vin rich pa mwayen povrete li a. ” ​(2 Korentyen 8:9 ; Filipyen 2:5-8). Byenke Jezi te pòv materyèlman, li te ouvri pòt pou moun ki enb yo jwenn lavi etènèl nan pèfeksyon. Vrèman nou gen anpil rekonesans pou li ! E nou kontan anpil pou rekonpans li te resevwa, poutèt li te rete konsantre sou fè volonte Bondye. — Sòm 40:8 ; Travay 2:32, 33, 36.

15. Ki sa ki gen plis valè pase richès ?

15 Jodi a, kretyen yo k ap fè efò pou yo imite Jezi, pa kite kouri dèyè richès distrè yo (1 Timote 6:9, 10). Yo rekonèt richès kapab rann lavi a konfòtab, men yo konnen avni etènèl yo pa depann de richès. Lè yon kretyen mouri, richès materyèl li pa gen okenn valè pou li menm jan rad Jezi a pa t gen valè pou li lè l te mouri (Eklezyas 2:10, 11, 17-19 ; 7:12). Lè yon kretyen mouri, sèl bagay ki gen valè reyèlman se bon relasyon li te genyen e ak Jewova e ak Jezi Kris. — Matye 6:19-21 ; Lik 16:9.

Opozisyon pa t fè li fè bak

16. Ki reyaksyon Jezi te genyen devan opozisyon ?

16 Opozisyon pa t anpeche Jezi rete konsantre sou temwayaj li t ap rann pou laverite. Menmsi li te konnen ministè li sou tè a t ap fini nan lanmò l kòm sakrifis, sa pa t dekouraje l. Konsènan Jezi, men sa Pòl te di : “ Poutèt jwa ki t ap tann li, li te andire yon poto soufrans, li te meprize lawont epi li te chita adwat twòn Bondye a. ” ​(Ebre 12:2). N ap remake Jezi ‘ te meprize lawont ’. Li pa t kite sa ènmi li yo panse de li entimide l. Sa k te enpòtan pou li, se te fè volonte Bondye.

17. Ki sa nou kapab aprann nan andirans Jezi ?

17 Pandan Pòl t ap aplike leson sou andirans Jezi a, men ankourajman li te bay kretyen yo : “ Konsidere ak atansyon moun sa a ki te andire vye pawòl anba bouch pechè yo, kont enterè yo ankò, pou n kapab pa fatige epi pou n pa depafini nan nanm nou. ” ​(Ebre 12:3). Anfèt, li kapab dekourajan pou n ap fè fas regilyèman ak opozisyon oswa ak mokri. Nou kapab bouke reziste kont sa monn nan genyen ki atiran ladan l. Petèt, fanmi nou yo, k ap ankouraje nou pou nou vin yon “ moun enpòtan ”, kapab tonbe ap kritike nou. Sepandan, menm jan ak Jezi, n ap konte sou Jewova pou ban nou fòs, etan nou detèmine pou nou mete Wayòm nan an premye nan lavi nou. — Matye 6:33 ; Women 15:13 ; 1 Korentyen 2:4.

18. Ki bèl leson nou ka aprann nan pawòl Jezi te di Pyè yo ?

18 Lè Jezi te kòmanse pale ak disip li yo sou lanmò l k ap pwoche, li te demontre li pa t ap kite anyen distrè l. Pyè te ankouraje Jezi pou l “ bon ” ak tèt li, e li t ap konvenk li li ‘ pa t ap sibi sò sa a ditou ’. Jezi te refize koute tout pawòl ki ta kapab febli rezolisyon l pou l fè volonte Jewova. Li te vire do bay Pyè e li di : “ Pase dèyè m, Satan ! Ou se yon obstak pou fè m trebiche, paske sa w panse a se pa panse Bondye, men se panse lèzòm. ” ​(Matye 16:21-23). Nou menm tou, annou toujou detèmine pou nou rejte panse lèzòm. Okontrè, annou toujou kite panse Bondye gide nou.

L ap pote byenfè ki dirab

19. Byenke Jezi te fè anpil mirak, ki aspè nan ministè li ki te pi enpòtan ?

19 Jezi te fè anpil mirak pou l demontre li se Mesi a. Li te menm resisite moun ki mouri. Mirak sa yo te atire foul yo, men Jezi pa t vin sou tè a senpleman pou l fè zèv sosyal. Li te vini pou l rann temwayaj pou laverite. Li te konnen, kèlkeswa byenfè materyèl li ta pèmèt moun jwenn, se t ap pou yon ti tan. Menm moun li te resisite yo, yo t ap gen pou yo mouri ankò. Se sèlman lè li rann temwayaj pou laverite, li t ap kapab ede kèk moun pou yo jwenn lavi etènèl. — Lik 18:28-30.

20, 21. Ki pwennvi ekilibre vrè kretyen yo kenbe nan domèn bèl zèv ?

20 Jodi a, kèk moun ap eseye imite bèl zèv Jezi yo, lè yo konstwi lopital oswa lè yo akonpli lòt sèvis sosyal kote ki gen povrete nan monn nan. Nan kèk ka, yo fè gwo sakrifis pèsonèl pou yo fè sa e yo merite felisitasyon pou senserite yo. Men, kèlkeswa soulajman yo pote, se pou yon ti tan. Se sèl Wayòm nan k ap pote soulajman ki dirab. Pakonsekan, menm jan Jezi te fè a, Temwen Jewova yo rete konsantre sou rann temwayaj pou laverite konsènan Wayòm nan.

21 Natirèlman, vrè kretyen yo fè bèl zèv. Men sa Pòl te ekri : “ Toutotan nou gen tan favorab pou sa, annou fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki paran nou nan lafwa. ” ​(Galat 6:10). Nan moman ki difisil anpil oswa lè moun bezwen èd, nou pa ezite “ fè byen ” ak vwazen nou yo oswa ak frè nou yo. Toutfwa, n ap rete konsantre sou prensipal objektif nou : rann temwayaj pou laverite.

Annou aprann grasa egzanp Jezi

22. Poukisa kretyen yo al preche pwochen yo ?

22 Men sa Pòl te ekri : “ Wi, se malè m si mwen pa t anonse bon nouvèl la ! ” ​(1 Korentyen 9:16). Li pa t neglijan nan anonse bon nouvèl la paske predikasyon l lan te vle di lavi ni pou li menm ni pou moun ki t ap koute l yo (1 Timote 4:16). Se menm jan an nou konsidere ministè nou. Nou vle ede pwochen nou yo. Nou vle demontre lanmou nou pou Jewova. Nou vle pwouve lanmou nou pou Jezi epi nou vle pwouve nou gen rekonesans pou kokenn lanmou li gen pou nou an. Se poutèt sa, nou preche bon nouvèl la, e konsa nou viv “ non pa pou dezi lèzòm ankò men pou volonte Bondye ”. — 1 Pyè 4:1, 2.

23, 24. a) Ki leson nou jwenn nan mirak ki te gen rapò ak lapèch la ? b) Kiyès k ap bay yon temwayaj afon jodi a ?

23 Menm jan ak Jezi, nou pap sispann konsantre nou sou objektif nou an, menm lè moun yo pase nou nan rizib oubyen yo rejte mesaj nou an avèk kòlè. Nou jwenn yon leson nan mirak Jezi te fè a lè l t ap envite Pyè ak Andre vin suiv li. Nou konprann si nou obeyi Jezi, kòmsidire nou lage filè nou, menm nan dlo ki ta ka sanble pap bay anyen, lapèch nou an ka bay bon rezilta. Anpil kretyen ki nan lapèch senbolik la rive jwenn bon rezilta apre plizyè ane yo pase ap travay nan tèritwa ki sanble pa t ap bay anyen. Gen lòt ki gen posiblite deplase pou yo ale kote lapèch la pi anfòm e yo jwenn bon rezilta. Kèlkeswa sa nou fè, nou pap sispann lage filè nou yo. Nou konnen Jezi poko deklare travay predikasyon an fini nan okenn kote sou tè a. — Matye 24:14.

24 Jodi a, plis pase sis milyon Temwen Jewova okipe nan travay sa a nan plis pase 230 peyi. Toudegad 1ye fevriye 2005 pral gen ladan l rapò pou ane a sou aktivite ki te fèt pandan ane sèvis 2004 la. Rapò sa a pral pwouve Jewova beni travay predikasyon an anpil. Pandan rès tan ki rete pou sistèm de choz sa a, annou kontinye sonje pawòl ankourajan Pòl yo : “ Preche pawòl la, fè sa avèk ensistans. ” ​(2 Timote 4:2). Annou kontinye bay yon temwayaj afon jiskaske Jewova deklare travay la fini.

Apati ane sa a, rapò pou ane a sou aktivite Temwen Jewova yo nan lemonnantye pap parèt nan Toudegad 1ye janvye. Olye de sa, y ap pibliye l nan Toudegad 1ye fevriye.

Èske nou ka reponn ?

• Ki jan nou kapab tire pwofi nan fòmasyon Jezi te bay disip li yo ?

• Ki atitid Jezi te genyen anvè moun li te preche yo ?

• Ki sa ki pouse nou bay yon temwayaj afon ?

• Menm jan ak Jezi, ki jan nou kapab rete konsantre sou fè volonte Bondye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

N ap efikas nan ministè nou si nou montre nou gen sousi pou moun menm jan ak Jezi.

[Foto nan paj 26]

Jezi te vin sou tè a prensipalman pou l rann temwayaj pou laverite.

[Foto nan paj 27]

Temwen Jewova yo konsantre yo sou bay yon temwayaj afon.