Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova toujou fè sa ki dwat

Jewova toujou fè sa ki dwat

Jewova toujou fè sa ki dwat

“ Jewova jis nan tout sa l fè. ” — SÒM 145:17.

1. Ki jan w reyaji lè yon moun jije w mal, e ki leson nou ka aprann nan yon eksperyans konsa ?

ÈSKE sa deja rive pou yon moun jije w mal, petèt paske li gen dout sou aksyon w oubyen sou mobil ou, san li pa menm konn tout detay sou bagay yo ? Si sa te rive w, li posib pou sa te fè w mal, e se nòmal. Nou ka aprann yon leson enpòtan nan egzanp sa a : Li saj pou nou pa kouri jije yon moun lè nou pa fin konn tout detay sou yon bagay.

2, 3. Ki jan kèk moun reyaji lè yo li kèk bagay Bib la rapòte ki pa gen ase detay pou reponn tout kesyon yo genyen, epoutan ki sa Bib la di konsènan Jewova ?

2 Li bon pou nou toujou sonje leson sa a lè se konsènan Jewova Dye n ap pote jijman. Pou ki rezon ? Paske gen kèk bagay yo rapòte nan Bib la okòmansman ou ka mal pou w konprann. Petèt bagay sa yo gen rapò ak aksyon kèk sèvitè Bondye te akonpli oubyen ak kèk jijman Bondye te fè nan tan lontan, e yo ka pa gen ase detay pou reponn tout kesyon nou genyen. Malerezman, gen kèk moun ki kritike sa yo li yo, e ki ka menm doute pou y ap mande si Bondye dwat oswa si li jis vre. Poutan, Bib la di : “ Jewova jis nan tout sa l fè. ” ​(Sòm 145:17). Pawòl li ban nou asirans li “ pa aji ak mechanste ”. (Jòb 34:12 ; Sòm 37:28.) Donk, imajine ki jan li dwe santi l lè lòt moun jije l mal !

3 Ann konsidere senk rezon ki fè nou dwe dakò ak jijman Jewova yo. Apre sa, avèk rezon sa yo nan tèt nou, nou pral egzamine de bagay Bib la rapòte kèk moun ka twouve difisil pou yo konprann.

Poukisa nou dwe dakò ak jijman Jewova yo ?

4. Poukisa nou ta dwe rekonèt limit nou lè n ap egzamine aksyon Bondye yo ? Bay yon egzanp pou demontre sa.

4 Premyèman, nou dwe rekonèt limit nou lè n ap egzamine aksyon Bondye yo, paske kontrèman ak nou menm ki pa konnen tout detay ki enplike nan yon aksyon, Jewova li menm li konnen tout detay yo nèt. Annou pran yon egzanp pou nou montre sa. Imajine yon jij ki gen bon repitasyon paske li toujou fè jijman l san patipri. Apre yon pwosè, li pwononse yon santans. Ki sa w t ap panse de yon moun ki tonbe kritike desizyon jij la san li pa menm konn tout detay yo oubyen li pa fin byen konprann lwa ki aplike nan ka a ? Se t ap yon foli pou yon moun kritike yon jijman san li pa byen enfòme sou kesyon an, pa vre (Pwovèb 18:13) ? Se t ap yon pi gwo foli toujou pou yon senp imen ap kritike “ Jij tout tè a ”. — Jenèz 18:25.

5. Ki sa nou pa dwe bliye lè nou li istwa biblik ki konsène jijman Bondye fè kont yon seri de moun ?

5 Yon dezyèm rezon ki fè nou dakò ak jijman Bondye yo, sèke kontrèman ak lèzòm, Bondye gen kapasite pou l li nan kè moun (1 Samyèl 16:7). Pawòl li di : “ Mwen menm, Jewova, mwen fouye kè a, mwen egzamine ren yo, wi pou m bay chak moun selon aksyon l, selon rezilta fason l aji. ” ​(Jeremi 17:10). Se sa k fè, lè nou li istwa biblik ki konsène jijman Bondye fè kont yon seri de moun, nou pa dwe bliye je Bondye wè tout bagay e li pran an konsiderasyon tout panse, mobil ak entansyon ki kache, detay ki pa mansyone nan Pawòl li. — 1 Kwonik 28:9.

6, 7. a) Ki jan Jewova montre li atache ak prensip jis, prensip dwat li genyen, menmsi sa koute l chè ? b) Ki sa nou dwe sonje si nou li yon bagay nan Bib la ki fè nou doute pou n ap mande si fason Bondye aji a jis oswa si li dwat ?

6 Men yon twazyèm rezon ki fè nou dwe dakò ak jijman Jewova yo : Li aji ann amoni ak prensip dwat li genyen yo menmsi sa koute l chè. Ann konsidere yon egzanp. Lè Jewova te bay Pitit li a kòm ranson pou delivre moun ki obeyisan yo anba peche ak lanmò, li te respekte prensip li yo ki dwat e ki jis (Women 5:18, 19). Epoutan, se pa ti mal sa dwe te fè l mal lè l wè Pitit li renmen anpil la ap soufri, lè l wè li mouri sou yon poto soufrans ! Ki sa istwa sa a aprann nou sou Bondye ? Konsènan “ ranson Kris Jezi te peye a ”, Bib la di “ se te pou l montre pwòp jistis [Bondye] ”. (Women 3:24-26.) Nan yon lòt tradiksyon, men sa nou li nan Women 3:25 : “ Sa montre Bondye toujou fè sa ki dwat ak sa ki jis. ” ​(New Century Version). Wi, nan degre Jewova te dispoze ale pou li bay ranson an montre nan ki pwen li atache ak “ sa ki dwat ak sa ki jis ”.

7 Se poutèt sa, si nou li yon bagay nan Bib la ki fè kèk nan nou doute pou n ap mande si fason Bondye aji a jis, si l dwat, li ta bon pou nou sonje pwen sa a : Jewova tèlman atache ak prensip dwat, ak prensip jis li genyen, li pa t menm epaye pwòp Pitit li anba yon lanmò atwòs. Pou di li ta vyole menm prensip sa yo nan lòt sikonstans ? Verite a sèke Jewova pa janm vyole prensip li yo ki dwat e ki jis. Kidonk, nou gen yon pakèt rezon pou nou kwè li toujou fè sa ki dwat, li toujou fè sa ki jis. — Jòb 37:23.

8. Poukisa li pa t ap lojik pou lèzòm panse Jewova ka manke jistis ak dwati lakay li nan yon sèten sans ?

8 Ann analize yon katriyèm rezon ki fè nou dwe dakò ak jijman Jewova yo : Jewova te fè lòm pòtre ak li (Jenèz 1:27). Lèzòm fèt ak yon seri de kalite ki sanble ak kalite Bondye genyen, e ladan yo nou jwenn jistis ak dwati. Li pa t ap lojik pou jistis ak dwati nou gen lakay nou fè nou panse Jewova li menm li manke kalite sa yo lakay li nan yon sèten sans. Si gen yon bagay ki rapòte nan Bib la ki twouble nou, nou bezwen sonje, akoz peche nou eritye a, nou pa gen yon jistis ak yon dwati ki san fay. Tandiske, Jewova Dye nou te fèt pòtre ak li a, li menm, li gen yon jistis ak yon dwati ki san fay (Detewonòm 32:4). Se ta ridikil pou nou ta menm imajine lèzòm ka pi jis, yo ka pi dwat pase Bondye. — Women 3:4, 5 ; 9:14.

9, 10. Poukisa Jewova pa oblije esplike lèzòm aksyon l ap fè ni li pa oblije bay rezon ki fè l fè yo ?

9 Yon senkyèm rezon ki fè nou dwe dakò ak jijman Jewova yo sèke li se “ Trèwo sou tout tè a ”. (Sòm 83:18.) Antanke Trèwo, li pa oblije esplike lèzòm aksyon l ap fè ni li pa oblije bay rezon ki fè l fè yo. Li se Gran Potye a e nou tankou ajil li fè tounen veso pou l itilize jan l vle (Women 9:19-21). Piske nou se ajil nan men l, ki sa nou ye pou nou kesyone desizyon l oubyen aksyon l ? Lè Jòb, yon patriyach, te mal konprann fason Bondye aji ak lèzòm, Jewova te korije l, li te di l : “ Vrèman, èske w ap anile jistis mwen ? Èske w ap deklare m koupab dekwa pou w ka gen rezon ? ” Lè Jòb te rann li kont li t ap pale san konprann, li te vin repanti (Jòb 40:8 ; 42:6). Annou veye pou nou pa janm fè erè pou n ap kritike Bondye !

10 Li klè, nou gen rezon solid pou nou kwè Jewova toujou fè sa ki dwat. Avèk fondman sa a nou genyen ki pèmèt nou konprann fason Jewova aji, annou egzamine de istwa biblik kèk moun ka twouve difisil pou yo konprann. Premye a gen rapò ak aksyon yon adoratè Bondye te fè e lòt la konsène yon jijman Bondye li menm te egzekite.

Poukisa Lòt te ofri pitit fi l yo bay yon foul ki ankòlè ?

11, 12. a) Esplike sa k te pase lè Bondye te voye de zanj Sodòm. b) Ki kesyon istwa sa a soulve nan lespri kèk moun ?

11 Nan Jenèz chapit 19, nou jwenn istwa sou sa k te pase lè Bondye te voye de zanj Sodòm, ki te pran fòm moun. Lòt te ensiste pou vizitè yo rete lakay li. Sepandan, pandan nuit lan gen yon bann gason nan vil la ki te ansèkle kay la, e yo te mande pou yo mete vizitè yo deyò ba yo pou yo gen relasyon imoral ak yo. Lòt te eseye rezone ak foul la, men sa pa t mache. Lòt t ap chèche pwoteje envite l yo, li te di : “ Souple, frè m yo, pa aji mal. Souple, men m gen de pitit fi ki poko janm gen relasyon ak yon gason. Souple, kite m mennen yo deyò ban nou. Apre sa nou mèt fè yo sa ki bon nan je nou. Sèlman, mesye sa yo, pa fè yo anyen, paske se pou sa yo vini nan lonbray anba twati kay mwen. ” Foul la pa t koute l e yo te prèske anfonse pòt la. Finalman, zanj yo te fè foul moun eksite sa yo vin avèg. — Jenèz 19:1-11.

12 Istwa sa a soulve kesyon nan lespri kèk moun, nou ka konprann sa. Y ap mande : ‘ Ki jan Lòt fè ofri pitit fi li yo bay yon foul moun deprave pou l ka pwoteje envite l yo ? Èske li pa t mal aji, oubyen menm, èske li pa t lach ? ’ Lè nou konsidere sa ki di nan istwa sa a, poukisa pou Bondye ta enspire Pyè pou li rele Lòt yon “ nonm jis ” ? Èske Bondye te apwouve fason Lòt te aji a (2 Pyè 2:7, 8) ? Pou nou pa fè move jijman, annou egzamine sa k te pase.

13, 14. a) Ki sa nou dwe remake nan istwa biblik ki gen rapò ak aksyon Lòt te fè a ? b) Ki sa ki montre Lòt pa t aji avèk lachte ?

13 Toudabò, n ap remake olye pou Bib la apwouve oubyen kondane aksyon Lòt te fè a, li annik rapòte sa k te pase a. Mete sou sa, Bib la pa di nou sa Lòt te gen nan lide l, ni sa ki te pouse l aji jan li te aji a. Lè li resisite pandan “ rezirèksyon [...] jis yo ”, petèt l ap ban nou detay. — Travay 24:15.

14 Lòt pa t yon lach. Li te twouve l nan yon sitiyasyon difisil. Lè li te di vizitè yo te “ vini nan lonbray ” anba twati kay li, li te vle di li te santi li gen obligasyon pou l ba yo kote pou yo rete e pou l pwoteje yo. E se pa yon bagay ki t ap fasil. Selon sa Jozèf, yon istoryen juif, rapòte, Sodomit yo te “ konn aji mal ak gason e yo te san respè pou Bondye. [...] Yo te rayi etranje. Yo te lage kò yo nan vye pratik seksyèl yo te konn fè Sodòm. ” Poutan, Lòt pa t fè bak devan foul tèrib sa a. Okontrè, li te soti deyò e li te rezone ak mesye sa yo ki te ankòlè. Li te menm “ fèmen pòt la dèyè do l ”. — Jenèz 19:6.

15. Poukisa nou ka di jan Lòt te aji a, se ka byen lafwa ki te pouse l aji konsa ?

15 Gen kèk moun ki ka mande : ‘ Wi men, poukisa Lòt te ofri pitit fi li yo bay foul la ? ’ Olye pou nou prese di li te gen move entansyon, poukisa nou pa konsidere kèk lòt posiblite ? Premyèman, se ka byen lafwa ki te pouse Lòt aji konsa. Poukisa nou di sa ? Sandout, li te konnen jan Jewova te pwoteje Sara, madanm tonton l, Abraram. Nou sonje, lefètke Sara te bèl anpil, Abraram te mande l pou l di se frè l li ye, paske li te pè pou yo pa t touye l pou yo pran madanm li *. Apre sa, yo te mennen Sara lakay Farawon. Sepandan, Jewova te entèvni pou l anpeche Farawon vyole Sara (Jenèz 12:11-20). Li posib pou Lòt te gen lafwa pitit fi l yo t ap jwenn pwoteksyon menm jan an tou. Efektivman, Jewova te entèvni pa mwayen zanj li yo e timedam yo te rete sennesòf.

16, 17. a) Ki sa ki ka fè nou panse se eseye Lòt ka t ap eseye choke mesye Sodòm yo oubyen li t ap eseye lage divizyon nan mitan yo ? b) Kèlkeswa rezònman Lòt te fè, de ki sa nou ka sèten ?

16 Annou konsidere yon lòt posiblite. Lòt ka byen t ap eseye choke mesye yo oubyen li te vle lage divizyon nan mitan yo. Li ka te kwè foul la pa t ap enterese nan pitit fi l yo piske Sodomit sa yo se ak gason yo te anvi gen relasyon seksyèl (Jid 7). Mete sou sa, jèn medam yo te fiyanse avèk mesye nan vil la. Konsa, fanmi fiyanse yo, zanmi yo ak moun ki nan menm biznis ak yo ka byen te nan foul la (Jenèz 19:14). Lòt ka te gen espwa grasa kontak moun sa yo te genyen ak bofis li yo, sa te ka fè kèk nan mesye sa yo leve vwa yo pou defann pitit fi l yo. Donk, yon foul ki divize t ap reprezante mwens danje *.

17 Kèlkeswa rezònman Lòt te fè, kèlkeswa entansyon li te genyen, gen yon bagay nou ka sèten : Piske Jewova toujou fè sa ki dwat, li dwe gen bon rezon pou l konsidere Lòt kòm yon “ nonm jis ”. E lè nou konsidere aksyon bann Sodomit dechennen sa yo, èske nou ka gen dout pou nou panse Jewova pa t gen tout rezon l pou l egzekite jijman l sou moun mechan sa yo ki t ap viv nan vil la ? — Jenèz 19:23-25.

Rezon ki fè Jewova te touye Ouza

18. a) Ki sa ki te rive lè David t ap chèche fè transpòte Lach la Jerizalèm ? b) Ki kesyon istwa sa a soulve ?

18 Yon lòt istwa kèk moun ka mal pou konprann se istwa kote David t ap chèche fè yo transpòte lach alyans lan Jerizalèm. Yo te mete Lach la sou yon charyo, e se Ouza ansanm ak yon frè l ki t ap kondui l. Bib la deklare : “ Finalman, yo rive jis bò glasi ki Nakòn nan, Ouza lonje men l bò lach vrè Dye a e li pop li kenbe l, paske bèf yo te manke fè l tonbe. Men, kòlè Jewova te monte kont Ouza e la, vrè Dye a blayi l pou zak derespektan sa a, konsa li te mouri la, toupre lach vrè Dye a. ” Kèk mwa apre, yo te fè yon lòt esè e, fwa sa a, sa te mache paske yo te transpòte Lach la jan Bondye te mande pou yo fè sa, yo te pote l sou zepòl Levit keyatit yo (2 Samyèl 6:6, 7 ; Nonb 4:15 ; 7:9 ; 1 Kwonik 15:1-14). Gen moun ki ka mande : ‘ Poukisa Jewova te aji ak tout severite sa a ? Se sèlman eseye Ouza t ap eseye pwoteje Lach la. ’ Pou nou pa mal jije, li ta bon pou nou konsidere kèk lòt detay nan istwa a.

19. Poukisa li enposib pou Jewova aji avèk enjistis ?

19 Nou bezwen sonje sa : li enposib pou Jewova aji avèk enjistis (Jòb 34:10). Si li ta aji konsa, sa t ap montre li manke lanmou e, grasa etid nou fè nan Bib la an jeneral, nou konnen “ Bondye se lanmou ”. (1 Jan 4:8.) Anplis de sa, Ekriti yo di nou : “ Jistis ak jijman se plas fiks twòn [Bondye]. ” ​(Sòm 89:14). Nan ka sa a, ki jan pou Jewova ta fè janm aji avèk enjistis ? Si l ta fè sa, se fondman souvrènte l menm li t ap minen.

20. Sa k fè nou panse Ouza dwe te konnen lwa ki gen rapò ak Lach la ?

20 Sonje sa, Ouza dwe te byen konnen Lalwa. Lach la se te senbòl prezans Jewova. Lalwa te presize moun ki pa t otorize pou sa pa t fèt pou touche l, e li te di byen klè moun ki vyole lwa sa a, kòm pinisyon, li t ap mouri (Nonb 4:18-20 ; 7:89). Se sa k fè, transpòte kòf sakre a se pa t yon travay pou yo te pran alalejè. Pa gen dout, Ouza te yon Levit (menmsi li pa t yon prèt). Pakonsekan, li te oblije byen konnen Lalwa. San konte, kèk ane anvan sa, yo te transpòte Lach la lakay papa l, ki te gen responsablite pou siveye l (1 Samyèl 6:20–7:1). Lach la te rete la pandan 70 an, jiskaske David te deside deplase l. Kidonk, li pwobab pou Ouza te konnen lwa ki te gen rapò ak Lach la depi l te toupiti.

21. Nan ka Ouza, poukisa li enpòtan pou nou sonje Jewova wè mobil ki nan kè moun ?

21 Jan nou deja di sa pi wo a, Jewova gen kapasite pou l li nan kè moun. Piske Pawòl li rele aksyon Ouza a yon “ zak derespektan ”, Jewova ka te wè lakay Ouza kèk mobil egoyis istwa a pa revele dirèkteman. Petèt, èske se pa paske Ouza te yon moun ki gen prezonpsyon, yon moun ki gen tandans depase limit li (Pwovèb 11:2) ? Etandone Lach fanmi l te pwoteje an prive a, li t ap kondui l an piblik, èske sa pa t fè l vin pran tèt li pou yon pakèt afè (Pwovèb 8:13) ? Èske Ouza te tèlman manke lafwa, li te panse men Jewova te twò kout pou l kenbe kòf sakre ki senbolize prezans Li a fiks kote l te ye a ? Kèlkeswa rezon an, nou ka sèten Jewova te fè sa ki dwat. Petèt, li te wè yon bagay nan kè Ouza ki te mande pou Li pini l menm kote a. — Pwovèb 21:2.

Nou gen rezon solid pou nou gen konfyans

22. Lefètke, pafwa, Pawòl Jewova a pa bay yon seri detay, nan ki sans sa fè nou wè sajès li ?

22 Lefètke, pafwa, Pawòl Jewova a pa bay yon seri detay, se prèv ki montre sajès li se yon sajès ki san parèy. Konsa, Jewova ban nou okazyon pou nou montre nou gen konfyans nan li. Apre egzamen nou sot fè la a, èske li pa klè nou gen bonjan rezon pou nou dakò ak jijman Jewova yo ? Wi, lè nou etidye Pawòl Bondye avèk yon kè ki sensè e san prejije, nou aprann anpil bagay konsènan Jewova, plis pase sa nou bezwen pou konvenk nou li toujou fè sa ki jis e li toujou fè sa ki dwat. Pou rezon sa a, si gen kèk bagay Bib la rapòte ki soulve kesyon nan lespri nou e nou pa ka jwenn repons klè imedyatman pou yo, se pou nou gen yon asirans total, Jewova te fè sa ki dwat.

23. Ki asirans nou ka genyen anrapò ak aksyon Jewova pral fè alavni yo ?

23 Nou ka gen menm asirans lan konsènan aksyon Jewova pral fè alavni yo. Donk, nou mèt sèten, lè li pral egzekite jijman l pandan gwo tribilasyon ki tou pre a, li pap “ detwi moun ki jis la ansanm ak mechan an ”. (Jenèz 18:23.) Lanmou li genyen pou sa ki dwat ak sa ki jis pap janm kite l fè yon bagay konsa. Nou kapab gen yon asirans total tou, nan monn nouvo k ap vini an, li pral satisfè tout bezwen nou yo nan pi bon fason posib. — Sòm 145:16.

[Nòt anba paj]

^ § 15 Krent Abraram te genyen an te lejitim, paske gen yon ansyen papiris ki pale de yon Farawon ki te bay yon seri mesye ame lòd pou yo pran yon bèl madanm yon mesye te genyen e pou yo touye mari a.

^ § 16 Pou plis detay, gade La Tour de Garde 1ye mas 1980, paj 31.

Èske nou sonje ?

• Pou ki rezon nou dwe dakò ak jijman Jewova yo ?

• Ki sa ki ka ede nou pou nou pa mal jije aksyon Lòt te fè a, lè li te ofri pitit fi l yo bay yon foul ki ankòlè ?

• Ki sa ki ka ede nou konprann poukisa Jewova te touye Ouza ?

• Ki asirans nou ka genyen anrapò ak aksyon Jewova pral fè alavni yo ?

[Kesyon]