Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jodi a tou yo chèche “ pèl ki gen anpil valè ” a

Jodi a tou yo chèche “ pèl ki gen anpil valè ” a

Jodi a tou yo chèche “ pèl ki gen anpil valè ” a

“ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj. ” — MATYE 24:14.

1, 2. a) Ki konpreyansyon Juif nan epòk Jezi yo te genyen sou Wayòm nan ? b) Ki sa Jezi te fè pou l ede yo gen konpreyansyon ki kòrèk sou Wayòm nan, e ki rezilta sa te bay ?

LÈ JEZI te sou tè a, Wayòm Bondye a se yon sijè ki te enterese Juif yo anpil (Matye 3:1, 2 ; 4:23-25 ; Jan 1:49). Sepandan, okòmansman, pifò nan yo pa t fin byen konprann jis nan ki pwen Wayòm nan t apral etann li e ki jan li t apral egzèse otorite l, ni nonplis yo pa t konprann si Wayòm nan t ap yon gouvènman selès (Jan 3:1-5). Menm pami moun ki te vin disip Jezi yo, gen kèk ki pa t byen konprann sa Wayòm Bondye a ye e yo pa t konnen sa yo te dwe fè pou yo gen privilèj pou yo asosye ak Kris kòm dirijan. — Matye 20:20-22 ; Lik 19:11 ; Travay 1:6.

2 Jou apre jou, avèk pasyans, Jezi te aprann disip li yo anpil bagay. Pami bagay li te aprann yo, te gen parabòl sou pèl ki gen anpil valè nou te egzamine nan atik ki vin anvan an, ki te mete aksan sou enpòtans pou disip li yo fè tout efò yo pou yo chèche Wayòm syèl la (Matye 6:33 ; 13:45, 46 ; Lik 13:23, 24). Sa dwe te touche yo nan fon kè yo paske yon ti tan apre, san yo pa janm bouke e avèk kouraj, yo te pwoklame bon nouvèl Wayòm nan kote ki byen lwen sou tè a, jan liv Travay la bay anpil prèv sou sa. — Travay 1:8 ; Kolosyen 1:23.

3. Anrapò ak epòk nou an, ki sa Jezi te di konsènan Wayòm nan ?

3 E jodi a, kòman sa ye ? Plizyè milyon moun jwenn enfòmasyon sou benediksyon ki pral genyen anba dominasyon Wayòm nan lè tè a tounen yon paradi. Nan gwo pwofesi Jezi te bay ki konsène “ fen sistèm de choz la ”, li te byen di : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” ​(Matye 24:3, 14 ; Mak 13:10). Men tou, li te presize kokenn travay sa a t ap akonpli malgre gwo obstak, gwo difikilte e menm malgre pèsekisyon. Toutfwa, li te bay asirans sa a : “ Moun ki andire jiska lafen se moun sa a k ap sove. ” ​(Matye 24:9-13). Tout sa mande yon espri sakrifis ak yon angajman ki sanble ak sa komèsan ki nan parabòl Jezi a te montre. Èske jodi a gen moun ki demontre yon fwa ak yon zèl konsa pou yo chèche Wayòm nan ?

Lè yon moun jwenn laverite sa bay lajwa

4. Ki efè laverite sou Wayòm nan genyen sou moun jodi a ?

4 Komèsan ki nan parabòl Jezi a te kontan anpil lè li te remake li jwenn yon “ pèl ki gen anpil valè ”. Jwa sa a te pouse l fè tout sa l kapab pou l posede pèl la (Ebre 12:1). Jodi a, laverite sou Bondye ak sou Wayòm li an atire moun menm jan an tou e li pouse yo alaksyon. Sa fè nou sonje sa frè Alexander Macmillan te ekri nan yon liv ki rele Lafwa ann aksyon (anglè), kote l te rakonte pwòp eksperyans li lè l t ap chèche Bondye e lè l t ap chèche konnen objektif Bondye genyen pou limanite. Li te di : “ Sa mwen jwenn nan, gen plizyè milye moun chak ane ki jwenn li tou. E yo se moun egzakteman menm jan ak mwen menm avè w, piske yo soti nan tout nasyonalite, tout ras, tout kouch sosyal e se moun tout laj. Laverite pa gen patipri, li atire tout kalite moun. ”

5. Ki bèl rezilta nou wè nan rapò pou ane sèvis 2004 la ?

5 Nou ka wè nan ki pwen pawòl sa yo se laverite piske, ane apre ane, bon nouvèl Wayòm Bondye a pouse plizyè milye moun sensè vwe lavi yo bay Jewova e sa pouse yo fè volonte l. Ane sèvis 2004 la, ki kòmanse an septanm 2003 e ki fini ann out 2004, pa fè eksepsyon. Pandan 12 mwa sa yo, te gen 262 416 moun ki te montre an piblik yo te vwe lavi yo bay Jewova lè yo te batize nan dlo. Sa te fèt nan 235 peyi kote Temwen Jewova yo ap kondui 6 085 387 etid biblik chak semèn lakay moun yo, yon fason pou yo ede moun tout kouch sosyal, tout pwofesyon, moun ki soti nan anpil nasyon, anpil tribi ak anpil lang, konprann verite ki soti nan Pawòl Bondye a, verite ki bay lavi. — Revelasyon 7:9.

6. Ki sa ki esplike akwasman san rete ki genyen ane apre ane yo ?

6 Ki sa ki te rann tout travay sa a posib ? Pa gen dout, se Jewova ki atire moun ki nan dispozisyon kòrèk sa yo vin jwenn li (Jan 6:65 ; Travay 13:48). Sepandan, nou pa fèt pou nou souzestime espri abnegasyon ki lakay moun ki bay tout yo menm pou chèche Wayòm nan, ni nou pa fèt pou nou minimize efò san rete yo fè. A 79 an, frè Macmillan te ekri pawòl sa yo : “ Depi lè m aprann ki espwa ki genyen pou monn sa a ki malad e k ap depafini an, esperans mwen genyen nan sa mesaj biblik sa a revele a rete entak. Depi lè sa a, mwen detèmine pou m chèche konnen plis sou sa Bib la anseye yon fason pou m ka ede lòt moun menm jan avè m k ap chèche gen konesans sou Bondye Toupisan an, Jewova, ak sou bèl objektif li genyen pou limanite. ”

7. Ki eksperyans ki montre lajwa ak zèl ki anime moun ki jwenn laverite ?

7 Menm zèl sa a nou jwenn li tou lakay sèvitè Jewova yo jodi a. Pran Daniela pa egzanp, ki se moun Vyèn, ann Otrich. Li di : “ Depi m te toupiti, se Bondye ki pi bon zanmi m. Mwen te toujou vle konnen non l, paske mwen twouve sa twò vag pou m annik di ‘ Bondye ’. Men, mwen te oblije tann jiska 17 an, lè Temwen Jewova yo te frape nan pòt mwen. Yo te esplike m tout bagay mwen te vle konnen sou Bondye. Anfen, mwen te jwenn laverite e se te estrawòdinè ! Mwen te tèlman kontan, mwen te kòmanse preche tout moun. ” Li te sitèlman chofe lè l ap pale de laverite, sa pa t pran tan pou kamarad lekòl li te kòmanse fawouche l. Daniela di : “ Pou mwen menm, se pwofesi ki nan Bib la k ap akonpli, paske mwen te aprann Jezi te di yo t ap rayi disip li yo e yo t ap pèsekite yo akoz non li. Mwen te tèlman kontan, mwen te tèlman satisfè ! ” Sa pa t pran lontan pou Daniela te vwe lavi l bay Jewova e pou l te batize. E depi lè sa a, li te fikse objektif pou l vin misyonè. Apre li te fin marye, li te akonpaye Helmut, mari li, nan travay predikasyon an pami kominote afriken, chinwa, filipen ak endyen k ap viv nan vil Vyèn. Jodi a, Daniela ak Helmut se misyonè nan sidwès Afrik.

Yo pa abandone

8. Site youn nan fason anpil moun demontre lanmou yo pou Bondye ak fidelite yo pou Wayòm li an.

8 Asireman, sèvis misyonè se youn nan fason jodi a pèp Jewova a demontre lanmou l pou Bondye ak fidelite l pou Wayòm li an. Menm jan ak komèsan nan parabòl Jezi a, moun ki rantre nan sèvis sa a dispoze vwayaje nan zòn ki lwen pou koz Wayòm nan. Natirèlman, misyonè sa yo pap vwayaje pou y al chèche bon nouvèl Wayòm nan, men pito y al pote l bay moun k ap viv jis nan dènye bout tè a, yo anseye moun sa yo e yo ede yo vin disip Jezi Kris (Matye 28:19, 20). Nan anpil peyi, yo andire difikilte ki estrawòdinè. Men yo jwenn anpil benediksyon pou andirans yo.

9, 10. Ki bèl eksperyans misyonè yo fè nan zòn ki lwen, tankou Repiblik Santrafrikèn pa egzanp ?

9 Nan Repiblik Santrafrikèn, pa egzanp, ane pase te gen 16 184 moun ki te asiste Memoryal lanmò Kris, sa reprezante anviwon sèt fwa kantite pwoklamatè Wayòm ki genyen nan peyi sa a. Piske gen anpil kote nan peyi sa a ki pa gen elektrisite, an jeneral se deyò, nan lonbray anba pyebwa moun yo fè tout aktivite yo. Konsa, li vin toutafè natirèl pou misyonè yo fè travay predikasyon an menm jan an tou, yo kondui etid biblik deyò, nan lonbray anba pyebwa. Non sèlman deyò a fè pi klè, li fè pi fre, men sa gen yon lòt avantaj ankò. Moun Repiblik Santrafrikèn yo renmen Labib anpil tou natirèlman. Anfèt, pale de relijyon se konvèsasyon ki kouran menm jan li kouran nan kèk lòt kilti pou moun pale de spò oubyen de meteyo. Byen souvan, moun k ap pase konn remake sa k ap fèt la e yo konn tou vin asiste etid la.

10 Se konsa, yon jou pandan yon frè misyonè te deyò, li t ap kondui yon etid, gen yon jèn gason ki rete lòt bò lari a ki te travèse vin di l, etandone pa t gen moun ki vin vizite l, se pou l vini lakay li pou l etidye Labib avè l tou. Natirèlman, misyonè a te byen kontan aksepte, e jèn gason sa a te fè pwogrè byen rapid. Nan peyi sa a, souvan, lè polisye rete Temwen yo nan lari, se pa pou fè yo peye amann ni pou ba yo kontravansyon, men se pou yo mande yo dènye nimewo Toudegad ak Réveillez-vous ! oubyen pou yo remèsye yo pou yon atik yo te renmen an patikilye.

11. Malgre eprèv, ki sa kèk misyonè ki la lontan panse konsènan sèvis yo ?

11 Anpil nan moun ki te rantre nan sèvis misyonè depi 40 oubyen 50 an toujou fidèl nan sèvis yo. Ala yon bèl egzanp lafwa ak pèseverans moun sa yo ye pou nou tout ! Pandan 42 ane ki sòt pase yo, gen yon koup ki te sèvi kòm misyonè nan twa peyi. Men sa mari a esplike : “ Se pa de pwoblèm nou rankontre. Pa egzanp, n ap lite kont malarya depi 35 an. Sepandan, nou pa t janm regrèt desizyon nou te pran pou nou misyonè. ” Madanm li ajoute : “ Toujou gen anpil rezon pou nou montre nou rekonesan. Travay predikasyon an tèlman bay kè kontan, e li fasil pou nou kòmanse etid biblik. Lè nou wè etidyan yo vin nan reyinyon e y ap fè konesans youn ak lòt, w a di chak fwa se yon rasanbleman familyal. ”

Yo “ konsidere tout bagay tankou yon pèt ”

12. Ki jan yon moun ka montre li vrèman apresye valè Wayòm nan genyen ?

12 Lè komèsan k ap pwonmennen an te jwenn yon pèl ki gen anpil valè, “ li te ale e byen vit li vann tout sa l te genyen epi li achte l ”. (Matye 13:46.) Dispozisyon sa a moun sa yo genyen pou yo abandone sa anpil lòt moun konsidere kòm bagay ki gen valè, se karakteristik moun ki vrèman apresye valè Wayòm nan. Men sa apot Pòl, youn nan moun ki t apral patisipe ansanm ak Kris nan glwa Wayòm nan, te di : “ Mwen konsidere tout bagay tankou yon pèt poutèt kokenn enpòtans konesans Jezi Kris, Seyè m nan, genyen an. Poutèt li menm, mwen aksepte pèdi tout bagay e m konsidere yo tankou yon pil fatra, yon fason pou m ka gen Kris. ” — Filipyen 3:8.

13. Ki jan yon mesye nan Repiblik Tchèk te montre lanmou li pou Wayòm nan ?

13 Nan menm sans lan, gen anpil moun jodi a ki dispoze fè gwo chanjman nan lavi yo yon fason pou yo jwenn benediksyon Wayòm nan. Pa egzanp, ann oktòb 2003, gen yon direktè lekòl nan Repiblik Tchèk, ki gen 60 an, ki te li liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la, yon liv yo itilize pou fè etid biblik. Lè li te fin li liv sa a, imedyatman li te pran kontak ak Temwen Jewova ki nan zòn nan pou l mande yo yon etid biblik. Li te fè bèl pwogrè espirityèl e li pa t pran tan pou l asiste tout reyinyon yo. Sepandan, li te gen pwojè pou l vin majistra e pou l antre nan kous elektoral pou l vin senatè. Ki sa l te fè ak tout pwojè sa yo ? Li te deside patisipe nan yon lòt kous pito : kous pou lavi a, antanke pwoklamatè Wayòm nan. Li di : “ Mwen te gen posiblite plase elèv mwen yo yon pakèt piblikasyon biblik. ” Nan yon kongrè distri ki te fèt an jiyè 2004, li te batize nan dlo pou l montre li te vwe lavi li bay Jewova.

14. a) Ki sa bon nouvèl Wayòm nan pouse plizyè milyon moun fè ? b) Ki kesyon enpòtan nou chak ta dwe poze tèt nou ?

14 Gen plizyè milyon moun toupatou nan monn nan ki reyaji menm jan an lè yo aprann bon nouvèl Wayòm nan. Yo soti nan monn mechan an, yo abandone ansyen pèsonalite yo te genyen, yo kite moun yo te konn frekante anvan yo e yo sispann chèche fè karyè nan monn nan (Jan 15:19 ; Efezyen 4:22-24 ; Jak 4:4 ; 1 Jan 2:15-17). Poukisa yo fè tout bagay sa yo ? Paske yo estime byenfè Wayòm Bondye a ap pote yo gen plis valè lontan pase nenpòt bagay sistèm sa a ka ofri. Èske se konsa w santi w tou anrapò ak bon nouvèl Wayòm nan ? Èske li motive w pou w fè chanjman ki nesesè dekwa pou lavi w, prensip ou ak objektif ou ka vin ann amoni ak sa Jewova mande ? Si w fè sa, w ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a e alavni.

Rekòt la rive nan faz final li

15. Selon pwofesi yo, ki sa pèp Bondye a t apral fè nan dènye jou yo ?

15 Salmis la te ekri : “ Pèp ou a ap dispoze ofri tèt li nan jou fòs militè w. ” Pami moun ki ofri tèt yo, gen ‘ gwoup jèn ou yo ki tankou gout lawouze ’ e gen ‘ yon gwo lame medam k ap anonse bon nouvèl la ’. (Sòm 68:11 ; 110:3.) Ki rezilta dilijans ansanm ak espri sakrifis pèp Jewova a, gason kou fi, timoun kou granmoun, manifeste a genyen nan dènye jou sa yo ?

16. Bay yon egzanp ki montre jan sèvitè Bondye yo fè efò pou yo pataje bon nouvèl Wayòm nan ak lòt moun.

16 Nan peyi End, gen yon sè ki pyonye, sa vle di ki nan sèvis a plen tan, ki t ap mande tèt li ki jan y ap fè pataje bon nouvèl Wayòm nan ak plis pase de milyon moun ki soud ki gen nan peyi sa a (Izayi 35:5). Li te deside enskri nan yon lekòl pou l al aprann lang siy. Konsa, li te vin anmezi pou l pataje esperans Wayòm nan ak anpil moun soud, e te gen plizyè gwoup ki te fòme pou fè etid biblik. Apre kèk semèn, te gen plis pase yon douzèn moun ki te kòmanse asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan. Yon ti tan apre sa, nan yon resepsyon maryaj, pyonye a te rankontre yon jèn gason ki soud, ki moun Kalkita. Li te gen anpil kesyon e li te montre l enterese anpil pou l konnen plis bagay sou Jewova. Sepandan, te gen yon pwoblèm. Jèn gason an te gen pou l retounen Kalkita, ki nan yon distans 1 600 kilomèt, pou l al rantre nan inivèsite, e pa t gen okenn Temwen ki konnen lang siy nan zòn nan. Avèk anpil efò, li te rive konvenk papa li pou l kite l enskri nan inivèsite ki nan Bangalò a pito, konsa li t ap kapab kontinye etid biblik la. Li te fè bèl pwogrè espirityèl e apre yon ane anviwon, li te vwe lavi l bay Jewova. E bò kote pa l, li te etidye Labib ak anpil moun soud. Pami yo, te gen yon zanmi danfans li. Kounye a, nan peyi End, filyal la pran dispozisyon pou pyonye yo aprann lang siy pou yo ka ede nan tèritwa sa a.

17. Di sa w twouve ki patikilyèman ankourajan pou ou nan rapò pou ane sèvis 2004 la ki nan paj 24 a 27.

17 Nan peryodik sa a, nan paj 24 a 27, n ap jwenn rapò mondyal sou aktivite Temwen Jewova yo te fè nan predikasyon pou ane sèvis 2004 la. Pran yon ti tan pou nou egzamine l, e n ap konstate ak pwòp je nou prèv klè ki montre jan pèp Jewova a, toupatou sou tè a, mete tout yo menm pou yo chèche “ pèl ki gen anpil valè ” a jodi a.

“ Kontinye chèche Wayòm nan an premye ”

18. Ki enfòmasyon Jezi pa t bay nan parabòl sou komèsan k ap pwonmennen an, e poukisa li pa t bay enfòmasyon sa a ?

18 Annou fè yon ti retounen yon lòt fwa ankò nan parabòl Jezi te bay sou komèsan k ap pwonmennen an. N ap remake Jezi pa t di anyen sou sa komèsan an t apral fè pou l viv apre li te fin vann tout sa l te genyen. Lojikman, yon moun te ka mande : ‘ Kòman komèsan an t apral fè jwenn manje, rad ak kote pou l rete, piske kounye a li pa ret anyen ankò ? Ki sa pèl presye sa a t apral itil li ? ’ Si n ap gade jan lòm gade, se kesyon nòmal pou moun poze. Men, èske Jezi pa t ankouraje disip li yo pou yo ‘ kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou yo ’ ? (Matye 6:31-33.) Ide prensipal ki gen nan parabòl la se nesesite pou moun demontre yo atache ak Bondye ak tout kè yo e pou yo demontre yo zele pou Wayòm nan. Èske gen yon leson pou nou nan sa ?

19. Ki leson enpòtan nou ka aprann nan parabòl Jezi te bay sou pèl ki gen anpil valè a ?

19 Kit nou fèk kòmanse gen konesans sou bon nouvèl la, kit depi plizyè dizèn ane n ap chèche Wayòm nan e n ap pale ak lòt moun konsènan byenfè li pral pote, se Wayòm nan ki dwe toujou sant enterè nou e se li ki dwe gen tout atansyon nou. Byenke n ap viv nan tan ki difisil, nou gen rezon valab pou nou kwè sa n ap chèche a reyèl e li gen yon valè nou pa ka konpare ak okenn lòt bagay, menm jan ak pèl komèsan k ap pwonmennen an te jwenn nan. Evènman k ap pase nan monn nan ansanm ak akonplisman pwofesi ki nan Bib la se prèv konvenkan ki montre n ap viv “ nan fen sistèm de choz la ”. (Matye 24:3.) Tankou komèsan k ap pwonmennen an, ak tout kè nou, annou demontre nou zele pou Wayòm Bondye a, annou rejwi nan privilèj nou genyen pou nou pwoklame bon nouvèl la. — Sòm 9:1, 2.

Èske nou sonje ?

• Ki sa ki esplike akwasman ki genyen ane apre ane pami moun k ap pratike vrè adorasyon an ?

• Ki etadespri ki remakab pami moun k ap sèvi kòm misyonè yo ?

• Ki chanjman anpil moun fè poutèt bon nouvèl Wayòm nan ?

• Ki leson enpòtan nou ka aprann nan parabòl Jezi te bay sou pèl ki gen anpil valè a ?

[Kesyon]

[Tablo nan paj 24-27]

RAPÒ MONDYAL SOU AKTIVITE TEMWEN JEWOVA YO — ANE SÈVIS 2004

(Gade peryodik la)

[Foto nan paj 19]

“ Laverite [...] atire tout kalite moun. ” — A. Macmillan.

[Foto nan paj 20]

Daniela ak Helmut k ap preche nan vil Vyèn, nan tèritwa ki gen moun ki pale lòt lang.

[Foto nan paj 21]

Menm jan ak komèsan k ap pwonmennen an, jodi a, misyonè yo jwenn anpil benediksyon.

[Foto nan paj 22]

“ Pèp ou a ap dispoze ofri tèt li. ”