Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kris : Moun pwofesi yo santre sou li a

Kris : Moun pwofesi yo santre sou li a

Kris : Moun pwofesi yo santre sou li a

“ Rann temwayaj sou Jezi se sa ki enspire pwofesi yo. ” — REVELASYON 19:10.

1, 2. a) Apati ane 29 epòk nou an, ki desizyon Izrayèl te dwe pran ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a ?

NOU nan ane 29 epòk nou an. Tout kote ann Izrayèl, se yon sèl pawòl k ap pale : Mesi a ki gen pou l vini. Ministè Jan Batis vin ranfòse espwa moun yo (Lik 3:15). Jan demanti moun ki di se li menm ki Kris la. Okontrè, li atire atansyon sou Jezi, moun Nazarèt, li di : “ Mwen rann temwayaj sou sa : moun sa a se Pitit Bondye. ” ​(Jan 1:20, 34). Sa pa pran anpil tan pou yon dividal moun kòmanse suiv Jezi dekwa pou yo koute ansèyman l ap bay e pou yo jwenn gerizon nan men l.

2 Pandan mwa ki vin apre yo, Jewova bay yon kantite prèv konsènan Pitit Gason l lan. Moun ki etidye Ekriti yo e ki suiv aksyon Jezi reyalize gen rezon valab pou yo mete lafwa yo nan li. Sepandan, pèp Bondye a an jeneral, pèp li te fè alyans avè l la, montre yo manke lafwa. Se yon tikras nan yo ki rekonèt Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye a (Jan 6:60-69). Si w t ap viv nan epòk la, ki sa w t ap fè ? Èske w t ap santi w pouse pou w aksepte Jezi antanke Mesi ? Èske w t ap santi w pouse pou w vin disip li ? Ann egzamine prèv Jezi li menm li bay pou l pwouve idantite l lè yo akize l kòm yon moun ki vyole Saba. Note lòt prèv li pral bay annapre pou l fòtifye fwa disip fidèl li yo.

Jezi li menm pwouve idantite l

3. Nan ki sikonstans Jezi te santi l pouse pou l pwouve idantite l ?

3 Nou nan epòk Pak ane 31 epòk nou an. Jezi Jerizalèm. Li fèk fin geri yon mesye ki te malad pandan 38 an. Men, Juif yo bay Jezi pwoblèm poutèt li fè sa yon jou Saba. Yo akize l tou, yo di li blasfeme e y ap chèche touye l paske li di Bondye se Papa l (Jan 5:1-9, 16-18). Jezi te vini ak twa gwo agiman pou l defann tèt li, twa agiman ki te ka ede nenpòt Juif ki gen kè onèt wè vrè idantite Jezi.

4, 5. Ki objektif ministè Jan an te genyen, e jis nan ki pwen li te rive akonpli ministè sa a ?

4 Premyèman, Jezi atire atansyon sou temwayaj Jan Batis, moun ki te vin anvan l lan, li di : “ Nou te voye moun kot Jan, e li te rann temwayaj sou laverite. Gason sa a se te yon lanp ki limen e ki klere, e pandan yon ti moman, nou te dispoze pou nou rejwi anpil nan limyè l la. ” — Jan 5:33, 35.

Jan Batis se te “ yon lanp ki limen e ki klere ”, paske yon ti tan anvan Ewòd te mete l nan prizon san rezon, li te akonpli travay Bondye te konfye l la : prepare chemen an pou Mesi a. Jan deklare : “ Rezon ki fè mwen te vin batize moun nan dlo se te pou Izrayèl te ka rekonèt [Mesi a]. [...] Mwen te wè lespri desann sot nan syèl la tankou yon pijon, e li te rete sou li. Menm mwen menm mwen pa t konnen l, men Moun ki te voye m batize moun nan dlo a, se li menm menm ki te di m : ‘ Sou kèlkeswa moun ou wè lespri desann e li rete sou li, se li menm ki batize moun nan lespri sen an. ’ E mwen wè sa e mwen rann temwayaj sou sa : li se Pitit Bondye *. ” ​(Jan 1:26-37). Jan idantifye Jezi dirèkteman kòm Pitit Bondye, kòm Mesi yo te pwomèt la. Temwayaj Jan te bay la te tèlman klè, anviwon uit mwa annapre, anpil Juif ki te gen bon kè te admèt : “ Tout sa Jan te di konsènan mesye sa a se laverite. ” — Jan 10:41, 42.

6. Poukisa aksyon Jezi te akonpli yo te dwe konvenk moun yo pou fè yo wè Bondye te soutni Jezi ?

6 Ansuit, Jezi vini ak yon lòt agiman pou l pwouve se li menm ki Mesi a. Li atire atansyon sou bèl aksyon li menm li fè kòm prèv ki montre Bondye soutni l. Li di : “ Mwen gen yon temwayaj ki pi gran pase pa Jan an, paske travay Papa m chwazi m pou m fè yo, wi, travay sa yo m ap fè a, bay temwayaj pou mwen, yo montre se Papa a ki voye m. ” ​(Jan 5:36). Menm advèsè Jezi yo pa t ka pa admèt prèv sa a, anpalan de pakèt mirak li te fè yo. Gen kèk moun ki vin ap mande : “ Ki sa pou n fè, paske nonm sa a ap akonpli anpil siy. ” ​(Jan 11:47). Toutfwa, gen kèk nan yo ki byen reyaji, yo di : “ Lè Kris la va vini, li pa pral akonpli plis siy pase sa mesye sa a akonpli, pa vre ? ” ​(Jan 7:31). Moun ki t ap koute Jezi yo te nan yon pozisyon ideyal pou yo disène kalite Papa a lakay Pitit la. — Jan 14:9.

7. Ki jan Ekriti ann ebre yo rann temwayaj sou Jezi ?

7 Finalman, Jezi atire atansyon moun yo sou yon temwayaj yo youn pa t ka konteste. Li di yo : “ Se [Ekriti yo] menm ki rann temwayaj sou mwen. ” Apre sa, li ajoute : “ Si nou te kwè Moyiz, nou t ap kwè m tou, paske li te ekri konsènan mwen menm. ” ​(Jan 5:39, 46). Natirèlman, apa de Moyiz, gen anpil lòt temwen ki t ap viv anvan epòk kretyen yo ki te ekri konsènan Kris. Nan sa yo te ekri, nou jwenn plizyè santèn pwofesi, nou jwenn jeneyaloji detaye, e tout ekri sa yo la pou idantifye Mesi a (Lik 3:23-38 ; 24:44-46 ; Travay 10:43). Kanta pou Lwa Moyiz la, men sa apot Pòl ekri : “ Lalwa vin tounen yon pedagòg k ap mennen nou bay Kris. ” ​(Galat 3:24). Wi, “ rann temwayaj sou Jezi se sa ki enspire [oubyen se tout oryantasyon, tout objektif ak tout rezondèt] pwofesi yo. ” — Revelasyon 19:10.

8. Poukisa anpil Juif pa t egzèse lafwa nan Mesi a ?

8 Èske tout prèv sa yo tankou, temwayaj klè Jan te bay, mirak Jezi te fè ansanm ak kalite li genyen ki soti nan Bondye, ak kokenn temwayaj nou jwenn nan Ekriti yo, èske tout bagay sa yo pa t ap konvenk nou Jezi se Mesi a ? Tout moun ki te renmen Bondye ak Pawòl li toutbon pa t ap twouve li difisil pou yo admèt sa e pou yo egzèse lafwa nan Jezi antanke Mesi yo te pwomèt la. Malerezman, yon lanmou konsa te manke ann Izrayèl. Men sa Jezi te di opozan l yo : “ Mwen konnen byen nou pa gen lanmou Bondye nan nou. ” ​(Jan 5:42). Olye pou yo “ chèche glwa ki soti nan sèl Dye a ”, yo te pito “ aksepte glwa youn nan men lòt ”. Se pa etonan si yo pa t janm ka dakò ak Jezi, li menm ki te deteste bagay sa yo menm jan ak Papa l. — Jan 5:43, 44 ; Travay 12:21-23.

Yo fòtifye grasa yon vizyon pwofetik

9, 10. a) Poukisa moman an te apwopriye pou disip Jezi yo temwen yon siy ? b) Ki pwomès enteresan Jezi te fè disip li yo ?

9 Yon ane te gentan pase depi Jezi te fin bay prèv nou sot egzamine la yo ki montre se li menm ki Mesi a. Fèt Pak ane 32 epòk nou an gentan pase. Anpil nan moun ki te kwè yo sispann suiv li, swa akoz pèsekisyon, swa paske yo materyalis, oswa akoz enkyetid ki gen nan lavi a. Gen lòt siman ki te santi yo boulvèse oswa ki te santi yo desi paske Jezi pa t apiye yo nan efò yo t ap fè pou yo mete l wa. Lè chèf relijye juif yo te ba l defi pou l bay yon siy ki soti nan syèl la, li te refize, yon fason pou l pa t atire atansyon sou tèt li (Matye 12:38, 39). Petèt sa te twouble kèk Juif. Mete sou sa, Jezi te kòmanse fè disip li yo konnen yon bagay yo te twouve ki difisil pou yo konprann : “ Fòk l al Jerizalèm e fòk li sibi anpil bagay anba men ansyen yo ak prèt an chèf yo ak eskrib yo, e y ap touye l. ” — Matye 16:21-23.

10 Nan apeprè nèf a dis mwa ankò, se t apral moman “ pou [Jezi] kite monn sa a pou l al jwenn Papa a ”. (Jan 13:1.) Piske Jezi te enkyè anpil pou disip fidèl li yo, li pwomèt kèk nan yo li t ap fè egzakteman sa li te refize fè pou Juif ki pa gen lafwa yo : li dakò ba yo yon siy ki soti nan syèl la. Jezi di : “ Vrèman mwen di nou sa : gen nan moun ki kanpe la a ki pap goute lanmò, non, anvan yo wè dabò Pitit Gason lòm nan vini nan wayòm li an. ” ​(Matye 16:28). Li evidan, Jezi pa vle di gen kèk nan disip li yo ki pap janm mouri jiskaske Wayòm mesyanik la tabli an 1914. Depreferans, Jezi gen nan entansyon l pou l bay twa nan apot ki pi pwòch li yo yon apèsi estrawòdinè sou glwa li pral genyen lè li va Wa nan Wayòm nan. Yo rele vizyon sa a transfigirasyon.

11. Dekri vizyon transfigirasyon an.

11 Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, li mennen yo sou tèt yon mòn byen wo, aparamman sou tèt mòn Èmòn. Etan yo la, Jezi “ transfigire devan yo, figi li vin klere tankou solèy la, epi rad sou li vin briye tankou limyè ”. Pwofèt Moyiz ak pwofèt Eliya parèt yo menm tou, y ap pale ak Jezi. Li posib pou se aswè evènman estrawòdinè sa a te rive, e sa te rann li pi vivan toujou. Anfèt, vizyon an te sitèlman reyèl, Pyè te pwopoze pou yo monte twa tant : youn pou Jezi, youn pou Moyiz e youn pou Eliya. Pyè potko fin pale, lè yon nyaj byen klere vlope yo, e yon vwa ki soti nan nyaj la di : “ Sila a se Pitit Gason m, byenneme a, li menm mwen apwouve a. Koute l. ” — Matye 17:1-6.

12, 13. Ki efè transfigirasyon an te genyen sou disip Jezi yo, e poukisa ?

12 Se vre, sa pa gen lontan Pyè te di Jezi se “ Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an ”. (Matye 16:16.) Men, imajine ! Li tande Bondye menm ki bay temwayaj pa l, ki konfime idantite Pitit Gason l lan, wen l lan, e ki konfime wòl pitit li a. Nou pa bezwen mande jan vizyon sa a, transfigirasyon an, te fòtifye fwa Pyè, Jak ak Jan ! Wi, fwa yo te fòtifye anpil, e konsa yo te pi byen prepare pou yo fè fas ak sa ki ta gen pou rive pi devan e pou yo jwe wòl enpòtan yo t apral jwe nan kongregasyon ki t apral fòme a.

13 Transfigirasyon an se yon eksperyans ki make disip yo pandan anpil tan. Plis pase 30 an apre sa, men sa Pyè ekri : “ [Jezi] resevwa onè ak glwa nan men Bondye Papa a, lè glwa mayifik la te fè pawòl sa yo rive jwenn li : ‘ Sila a se pitit gason m nan, byenneme m nan, pitit gason mwen menm mwen apwouve a. ’ Wi, pawòl sa yo, nou menm nou te tande yo soti nan syèl la pandan nou te avè l sou montay sakre a. ” ​(2 Pyè 1:17, 18). Se yon evènman ki te enpresyone Jan li menm tou. Se petèt ak sa li t ap panse lè, apre plis pase 60 an, li te di pawòl sa a : “ Nou te wè glwa li, yon glwa ki tankou glwa yon sèl pitit gason yon papa fè. ” ​(Jan 1:14). Men, transfigirasyon an se pa dènye vizyon disip Jezi yo t apral resevwa.

Lòt eklèsisman pou sèvitè fidèl Bondye yo

14, 15. Nan ki sans apot Jan ta gen pou l rete jiskaske Jezi vini ?

14 Lè Jezi fin resisite, li fè disip li yo wè l, toupre lanmè Galile. Se la li di Pyè : “ Si se volonte m pou [Jan] rete jiskaske m vini, nan ki sa sa konsène w ? ” ​(Jan 21:1, 20-22, 24). Èske pawòl sa a vle di apot Jan t ap viv pi lontan pase lòt apot yo ? Sanble sa, paske li kontinye sèvi Jewova fidèlman pandan prèske 70 an. Sepandan, deklarasyon Jezi fè a ale pi lwen pase sa.

15 Ekspresyon “ jiskaske m vini ” an raple nou pawòl Jezi te di kote li te pale de ‘ Pitit Gason lòm nan k ap vini nan wayòm li an ’. (Matye 16:28.) Jan rete jiskaske Jezi vini paske apre sa li t apral resevwa yon vizyon pwofetik konsènan Jezi ki vini antanke Wa nan Wayòm nan. Pandan Jan ann egzil sou yon zile ki rele Patmòs, li te prèske rive nan fen lavi l lè li resevwa vizyon Revelasyon an ak tout siy pwofetik estrawòdinè ki ladan l, siy ki konsène yon seri evènman ki t apral rive nan “ jou Seyè a ”. Vizyon an tèlman enpresyone Jan, lè Jezi di l : “ Wi, m ap vini byen vit ”, li reponn : “ Amèn ! Vini non, Seyè Jezi. ” — Revelasyon 1:1, 10 ; 22:20.

16. Poukisa li enpòtan pou nou kontinye fòtifye fwa nou ?

16 Moun ki gen bon kè k ap viv nan premye syèk la aksepte Jezi antanke Mesi e yo mete fwa yo nan li. Etandone pifò moun k ap viv bò kote nouvo kwayan sa yo manke lafwa, e etandone nouvo kwayan sa yo gen anpil travay pou yo fè e yo gen eprèv k ap ret tann yo, yo bezwen pou lafwa yo fòtifye. Jezi bay kont prèv ki montre se li menm ki Mesi a e li te bay yon seri vizyon pwofetik ki pèmèt yon pi bon konpreyansyon e sa te ankouraje disip fidèl li yo. Jodi a, nou rive fon nan “ Jou Seyè a ”. Talè konsa, Kris pral detwi Satan ak tout sistèm de choz li a nèt e li pral delivre sèvitè Bondye yo. Nou menm tou nou fèt pou nou fòtifye fwa nou. N ap rive fè sa si nou pwofite tout dispozisyon Jewova pran pou byennèt espirityèl nou.

Yo jwenn pwoteksyon malgre fènwa ak tribilasyon

17, 18. Nan premye syèk la, ki gwo diferans ki te genyen ant disip Jezi yo ak moun ki te opoze ak objektif Bondye yo, e ki jan sa te fini pou chak gwoup ?

17 Apre lanmò Jezi, avèk kouraj, disip yo obeyi lòd li te ba yo, yo rann temwayaj sou li “ ni Jerizalèm, ni nan tout Jide ak nan Samari rive jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a ”. (Travay 1:8.) Malgre kongregasyon ki fèk fòme a rankontre anpil pèsekisyon, Jewova beni l grasa eklèsisman espirityèl li ba li, e li pèmèt li vin gen anpil nouvo disip. — Travay 2:47 ; 4:1-31 ; 8:1-8.

18 Yon lòt bò, espwa moun ki opoze ak bon nouvèl la vin pi sonm de jou an jou. Se tankou jan Pwovèb 4:19 di l la : “ Chemen mechan yo tankou fènwa. Yo pa konnen sou ki sa y ap plede kilbite. ” Nan ane 66 epòk nou an, “ fènwa ” a vin pi pwès toujou lè lame women an antoure Jerizalèm. San pèsonn pa konn pou ki rezon, Women yo repliye pou yon ti bout tan. Men apre sa, nan ane 70, yo retounen e, fwa sa a, yo ratibwaze vil la. Selon sa Jozèf, yon istoryen juif, rapòte, gen plis pase yon milyon Juif ki pèdi lavi yo. Sepandan, kretyen ki fidèl yo te chape. Poukisa ? Paske lè Women yo te retire kò yo a, yo te pwofite pou yo obeyi kòmandman Jezi te bay la, yo te chape poul yo. — Lik 21:20-22.

19, 20. a) Poukisa sèvitè Bondye yo pa gen okenn rezon pou yo pè toutpandan fen sistèm nan ap apwoche ? b) Ki konpreyansyon remakab Jewova te bay sèvitè l yo kèk deseni anvan 1914 ?

19 Se nan yon sitiyasyon konsa nou ye jodi a. Gwo tribilasyon ki sou wout pou l rive a pral fini ak sistèm mechan Satan an nèt. Men, sèvitè Bondye yo pa bezwen pè, paske men ki pwomès Jezi fè yo : “ Gade, mwen avèk nou toule jou jiskaske sistèm de choz la fini. ” ​(Matye 28:20). Pou Jezi fòtifye fwa premye disip li yo e pou l prepare yo pou sa ki t ap ret tann yo pi devan, li te ba yo yon vizyon sou glwa li t apral genyen nan syèl la antanke Wa mesyanik. E pou jodi a, ki sa nou ka di ? An 1914, vizyon li te bay la te vin tounen reyalite. Ala fòtifye vizyon sa a ki tounen reyalite a fòtifye lafwa sèvitè Bondye yo ! Se yon reyalite ki atire atansyon sou yon mayifik pwomès konsènan lavni, e chak jou ki pase, sèvitè Jewova yo konprann reyalite sa a pi byen. Jodi a, aktout n ap viv nan mitan yon monn ki nan yon gwo fènwa, “ chemen moun ki jis la tankou yon limyè k ap briye kote ekla a ap ogmante jiskaske jou a tabli byen djanm. ” — Pwovèb 4:18.

20 Menm anvan 1914, te gen yon ti gwoup kretyen wen ki te kòmanse konprann sans yon seri verite enpòtan konsènan retou Seyè a. Pa egzanp, yo te reyalize se t ap yon retou envizib, jan de zanj te lese konprann sa, zanj ki te parèt devan disip yo nan ane 33 epòk nou an, pandan Jezi t ap monte nan syèl la. Apre yon nyaj te fin vlope Jezi, epi disip yo pa wè l ankò, zanj yo di : “ Jezi sa a yo anlve sot nan mitan nou al nan syèl la pral vini menm jan nou te wè l ki prale nan syèl la. ” — Travay 1:9-11.

21. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

21 Lè Jezi te ale, se sèl disip fidèl li yo ki te konstate sa. Menm jan ak transfigirasyon an, sa te fèt san bri, san manifestasyon. Lemonn an jeneral pa t menm konnen sa k te pase a. Se menm bagay la ki ta gen pou pase lè Kris retounen antanke Wa nan Wayòm nan (Jan 14:19). Se sèlman disip fidèl li yo ki t apral disène prezans li antanke Wa. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan konpreyansyon sa a te gen yon pakèt efè sou yo, nou pral wè tou ki jan sa t apral abouti nan rasanbleman dè e dè milyon moun ki t apral gen esperans pou yo viv sou tè a anba dominasyon Jezi. — Revelasyon 7:9, 14.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Nan moman Jezi t ap batize a, sanble se sèl Jan Batis ki te tande vwa Bondye. Juif Jezi t ap pale ak yo a ‘ pa t janm tande vwa Bondye ni yo pa t janm wè fòm li ’. — Jan 5:37.

Èske nou sonje ?

• Lè yo te akize Jezi kòm yon moun ki vyole Saba e k ap blasfeme, ki agiman li te bay pou l pwouve se li menm ki Mesi a ?

• Ki byenfè premye disip Jezi yo te tire nan transfigirasyon an ?

• Ki sa Jezi te vle di lè l te di Jan t ava rete jiskaske li vini ?

• An 1914, ki vizyon ki te tounen yon reyalite ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 3]

Jezi te bay prèv ki montre se li menm ki Mesi a.

[Foto nan paj 5]

Transfigirasyon an te fòtifye fwa yo.

[Foto nan paj 6]

Jan t apral rete jiskaske Jezi “ vini ”.