Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Li jwenn yon pèl ki gen anpil valè ”

“ Li jwenn yon pèl ki gen anpil valè ”

“ Li jwenn yon pèl ki gen anpil valè ”

“ Wayòm syèl la se objektif lèzòm ap fè gwo efò pou yo atenn, e moun ki fè gwo efò konsa rive pran l. ” — MATYE 11:12.

1, 2. a) Ki kalite ki ra Jezi te dekri nan youn nan parabòl li te bay sou Wayòm nan ? b) Ki sa Jezi te di nan parabòl sou pèl ki koute chè a ?

ÈSKE gen yon bagay ou tèlman bay valè ou t ap dispoze bay tout sa w posede, ou t ap dispoze sakrifye tout byen w genyen pou w posede l ? Byenke gen moun ki di yo prèt pou sakrifye tout bagay pou yo atenn yon seri objektif tankou gen lajan, vin selèb, gen pouvwa oubyen okipe yon pozisyon, li ra pou yon moun ta jwenn yon bagay ki sitèlman gen valè pou li, pou l ta dispoze abandone tout sa l genyen pou l ka posede bagay sa a. Nan youn nan pakèt parabòl Jezi Kris te bay sou Wayòm Bondye a, parabòl ki pouse moun reflechi, li te pale de bèl kalite sa a, yon kalite ki ra.

2 Se yon parabòl, oubyen yon egzanp, Jezi te bay disip li yo an prive, souvan moun rele l : parabòl pèl ki koute chè a. Men sa Jezi te di : “ Wayòm syèl la sanble ak yon komèsan k ap pwonmennen chèche bèl pèl. Lè li jwenn yon pèl ki gen anpil vale, li ale e byen vit li vann tout sa l te genyen epi li achte l. ” ​(Matye 13:36, 45, 46). Ki sa Jezi te vle moun k ap koute l yo aprann nan egzanp sa a ? E ki pwofi nou ka tire nan pawòl Jezi yo ?

Pèl se bagay ki gen anpil valè

3. Nan tan lontan, poukisa bèl pèl te gen valè konsa ?

3 Depi nan tan lontan, pèl gen anpil valè antanke objè moun itilize pou fè bèbèl. Gen yon liv ki fè konnen : selon yon ekriven women ki rele Plin, pi Gran an, pèl te okipe “ premye ran pami tout bagay ki gen valè ”. Kontrèman ak lò, ajan oubyen anpil lòt pyè presye, se òganis vivan ki pwodui pèl. Se yon bagay anpil moun konnen, gen kèk espès zuit ki ka fè yon kò etranje ki irite yo, tankou yon ti grenn sab pa egzanp, tounen bèl pèl k ap briye. Pou yo fè sa, yo vlope ti grenn sab sa a nan yon likid yo sekrete ki rele nak. Nan tan lontan, yo te konn jwenn pi bèl pèl yo sitou nan lanmè Wouj, nan gòlf Pèsik ak nan oseyan Endyen, kote ki byen lwen peyi Izrayèl. Sandout, se pou rezon sa a Jezi te pale de “ yon komèsan k ap pwonmennen chèche bèl pèl ”. Pou yon moun jwenn pèl ki vrèman gen valè, sa mande anpil efò.

4. Ki leson prensipal ki nan parabòl Jezi te bay sou komèsan k ap pwonmennen an ?

4 Menmsi depi tout tan bèl pèl se bagay ki te toujou koute chè, sanble se pa valè kòb pèl te koute a ki te reprezante leson prensipal nan parabòl Jezi a. Nan parabòl sa a, Jezi pa t annik konpare Wayòm Bondye a ak yon pèl ki gen anpil valè, men li te atire atansyon sou “ yon komèsan k ap pwonmennen chèche bèl pèl ”. Li te atire atansyon sou reyaksyon komèsan an te genyen lè li te jwenn yon bèl pèl. Kontrèman ak yon senp machann, yon komèsan k ap pwonmennen chèche pèl, se sa yo ka rele yon ekspè nan domèn nan. Se yon moun ki gen bon je, ki konn obsève byen pou l disène bote kache pèl la ak detay ki difisil pou moun remake, alòske se bagay sa yo ki fè pèl la estrawòdinè. Depi l annik wè vrè pèl la li rekonèt li e li pap kite yo twonpe l ak yon machandiz ki enferyè oubyen ki fo.

5, 6. a) Ki sa ki patikilyèman remakab konsènan komèsan ki nan parabòl Jezi te bay la ? b) Ki sa parabòl sou trezò ki sere a revele sou komèsan k ap pwonmennen an ?

5 Gen yon lòt bagay ki remakab konsènan komèsan espesyal sa a. Premye bagay yon senp komèsan ap fè, se kalkile konbyen kòb pèl la koute sou mache a pou l ka konnen konbyen kòb pou l peye l dekwa pou l ka fè yon benefis sou li. Apre sa, l ap reflechi pou l wè si jan de pèl sa a se yon bagay y ap achte nan men l, yon fason pou l ka vann li byen vit. Sa vle di, sa ki enterese l se fè yon benefis tousuit sou envestisman l lan, se pa kenbe pèl la pou li. Men se pa menm bagay pou komèsan nan parabòl Jezi a. Se pa t kòb oswa avantaj materyèl ki te enterese l. An reyalite, li te dispoze sakrifye “ tout sa l te genyen ”, petèt tout byen pèsonèl li, pou li rive posede sa li t ap chèche a.

6 Nan je pifò machann, sa mesye ki nan parabòl Jezi a te fè a sanble pa t saj. Yon moun ki konn biznis pa t ap fè yon tranzaksyon ki gen tout risk sa a ladan l. Men, komèsan ki nan parabòl Jezi a te gen lòt prensip k ap dirije l. Rekonpans li t ap jwenn nan se pa t yon avantaj finansye, men se jwa ak satisfaksyon yon moun genyen lè l posede yon bagay ki gen pi plis valè lontan pase tout lòt bagay. Pwen sa a parèt klè nan yon lòt egzanp Jezi te bay. Li di : “ Wayòm syèl la sanble ak yon trezò ki sere nan yon tè ki ka fè jaden, epi yon nonm jwenn li, li sere l, li tèlman kontan li ale li vann tout sa l genyen epi li achte tè a. ” ​(Matye 13:44). Wi, jwa mesye sa a te genyen dèske li dekouvri trezò a, epi se li menm ki mèt trezò sa a, te sifi pou pouse l abandone tout sa li te genyen. Èske gen moun konsa ki egziste jodi a ? Èske gen yon trezò ki merite pou yon moun fè tout sakrifis sa a pou l posede l ?

Moun ki apresye kokenn valè Wayòm nan genyen

7. Ki jan Jezi te montre li te gen anpil apresyasyon pou kokenn valè Wayòm nan genyen ?

7 Lè Jezi te bay parabòl la, li t ap pale konsènan “ Wayòm syèl la ”. Se sèten, li se moun ki apresye kokenn valè Wayòm nan genyen. Dayè, sa yo rapòte nan Evanjil yo bay gwo prèv sou sa. Apre Jezi te fin batize nan ane 29 epòk nou an, li “ te kòmanse preche, li di : ‘ Se pou nou repanti paske wayòm syèl la vin pi pre. ’ ” Pandan twazan edmi, li te anseye anpil moun konsènan Wayòm nan. Li te bat tout peyi a, “ li te mache vil an vil, bouk an bouk, li t ap preche e li t ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a ”. — Matye 4:17 ; Lik 8:1.

8. Ki sa Jezi te fè pou l montre sa Wayòm nan pral akonpli ?

8 Jezi te fè anpil mirak nan tout peyi a, li te geri malad, li te bay moun grangou manje, li te metrize fòs ki gen nan lanati, li te menm resisite moun mouri. Konsa, li te montre tou ki sa Wayòm Bondye a pral akonpli (Matye 14:14-21 ; Mak 4:37-39 ; Lik 7:11-17). Finalman, li te pwouve fidelite li pou Bondye ak Wayòm nan lè li te bay vi li, lè l te mouri an mati sou yon poto soufrans. Menm jan komèsan k ap pwonmennen an te chwazi bay tout sa l te genyen pou “ pèl ki gen anpil valè ” a, Jezi te viv e li te mouri pou Wayòm nan. — Jan 18:37.

9. Ki kalite ki ra ki te remakab pami premye disip Jezi yo ?

9 Jezi pa t sèlman santre lavi pa l sou Wayòm nan, men tou li te rasanble yon ti gwoup disip ansanm ak li. Moun sa yo tou te gen anpil apresyasyon pou kokenn valè Wayòm nan genyen. Pami yo, te gen Andre okòmansman ki te yon disip Jan Batis. Lè li te tande Jan k ap esplike Jezi se “ Timouton Bondye a ”, li menm ak yon lòt disip Jan, petèt youn nan pitit Zebede yo ki rele Jan tou, imedyatman yo te santi yo atire pou yo vin jwenn Jezi, e yo te vin kwayan. Men, bagay yo pa t rete la. Menm kote a, Andre te al jwenn Simon, frè li, e li di l : “ Nou jwenn Mesi a. ” Sa pa t pran tan, pou Simon (yo te vin rele Sefas, oubyen Pyè), Filip ansanm ak zanmi l Natanayèl te vin rekonèt, yo menm tou, Jezi se Mesi a. Dayè, san ezitasyon, Natanayèl te di Jezi : “ Ou se Pitit Gason Bondye, ou se Wa Izrayèl. ” — Jan 1:35-49.

Sa pouse yo alaksyon

10. Ki jan disip Jezi yo te reyaji lè Jezi te vini e li te rele yo vin suiv li kèk tan apre premye fwa li te rankontre yo a ?

10 Eksperyans enteresan Andre, Pyè, Jan ak lòt disip yo te fè lè yo te jwenn Mesi a te ka konpare ak eksperyans komèsan k ap pwonmennen an te viv lè li te jwenn pèl ki gen anpil vale a. Men, ki sa yo t apral fè kounye a ? Evanjil yo pa ban nou twòp detay sou sa yo te fè imedyatman yo te fin rankontre Jezi pou premye fwa. Sanble, pifò nan yo te retounen nan aktivite nòmal yo t ap mennen. Sepandan, ant sis a douz mwa apre sa, yon lòt fwa ankò, Jezi te rankontre Andre, Pyè, Jan ak Jak, frè Jan an, nan biznis lapèch yo te genyen toupre lanmè Galile *. Lè Jezi wè yo, li di : “ Vin suiv mwen, e m ap fè nou vin pechè moun. ” Ki jan yo te reyaji ? Konsènan Pyè ak Andre, men sa Matye di : “ Menm kote a, yo abandone filè yo e yo suiv li. ” Kanta pou Jak ak Jan, nou li : “ Menm kote a, yo kite bato a ak tout papa yo, yo suiv li. ” Lik li menm li ajoute, yo “ abandone tout bagay epi yo suiv li ”. — Matye 4:18-22 ; Lik 5:1-11.

11. Ki rezon petèt ki fè disip yo te reyaji byen vit lè Jezi te rele yo vin suiv li ?

11 Jan disip yo te reyaji byen vit la, èske se yon desizyon yo te pran san reflechi ? Non. Menmsi apre premye kontak yo ak Jezi yo te tounen nan biznis lapèch fanmi yo te genyen an, pa gen dout, sa yo te wè ak sa yo te tande nan okazyon sa a te fè gwo enpresyon sou yo, sa te make yo nan fon kè yo ak nan lespri yo. Yon ane anviwon ki te pase a te pèmèt yo jwenn ase tan pou yo reflechi sou sa yo te tande yo. Kounye a, moman an te rive pou yo pran yon desizyon. Èske yo t ap reyaji menm jan ak komèsan k ap pwonmennen Jezi te dekri a, ki te gen kè l tèlman kontan lè li te jwenn pèl ki pa t gen pri a, li te “ ale e li prese ” fè tout sa ki nesesè pou l achte pèl sa a ? Wi. Sa yo te wè ak sa yo te tande te touche kè yo. Yo te rann yo kont moman an te rive pou yo aji. Se poutèt sa, jan yo fè nou konn sa, san yo pa t ezite, yo te abandone tout bagay e yo te vin disip Jezi.

12, 13. a) Ki jan anpil moun ki t ap koute Jezi te reyaji ? b) Ki sa Jezi te di konsènan disip fidèl li yo, e ki sa pawòl li a vle di ?

12 Ala diferans ki genyen ant disip fidèl sa yo ak yon lòt seri de moun yo mansyone pi devan nan Evanjil yo ! Jezi te geri anpil nan moun sa yo oubyen li te ba yo manje, men yo te kontinye mennen pwòp aktivite yo kòmsi deryennetè (Lik 17:17, 18 ; Jan 6:26). Gen kèk ki te menm ap chèche eskiz lè Jezi te envite yo pou yo vin disip li (Lik 9:59-62). Tandiske, disip fidèl li yo te diferan. Pi devan, men sa Jezi te di de yo : “ Depi nan epòk Jan Batis pou rive jis kounye a, wayòm syèl la se objektif lèzòm ap fè gwo efò pou yo atenn, e moun ki fè gwo efò konsa rive pran l. ” — Matye 11:12.

13 “ Fè gwo efò ”, ‘ fè gwo efò pou atenn ’, ki sa ekspresyon sa yo vle di ? Anrapò ak vèb grèk ekspresyon sa yo soti ladan l lan, gen yon diksyonè ki di : “ Vèb la endike yon travay rèd ki mande yon kokenn efò. ” ​(Vine’s Expository Dictionary of Old and New Testament Words). Konsènan menm vèsè a, gen yon biblis ki rele Heinrich Meyer ki di : “ Se konsa yo dekri lit ak travay ki alafwa rèd e pasyonan k ap fèt pou Wayòm mesyanik ki pre a [...]. Kidonk, se yon enterè pasyone men ki mande enèji (pa gen kè pòpòz ankò, pa gen chita tann ankò) yo manifeste anrapò ak Wayòm nan. ” Menm jan ak komèsan k ap pwonmennen an, kèk grenn moun sa yo te rekonèt byen vit sa ki te vrèman presye a, e yo te chwazi abandone tout sa yo te genyen poutèt Wayòm nan. — Matye 19:27, 28 ; Filipyen 3:8.

Lòt moun vin chèche ansanm ak yo

14. Ki jan Jezi te prepare apot li yo pou travay predikasyon Wayòm nan, e ki rezilta sa te bay ?

14 Toutpandan Jezi t ap kontinye ministè li, li te fòme lòt disip e li te ede yo jwenn Wayòm nan. Toudabò li te chwazi 12 nan disip li yo, li te nome yo apot, sa vle di moun li voye. Jezi te ba yo enstriksyon detaye sou fason pou yo akonpli ministè yo. Mete sou sa, li te avèti yo konsènan pwoblèm ak difikilte yo t apral rankontre (Matye 10:1-42 ; Lik 6:12-16). Apre sa, pandan anviwon dezan, yo te akonpaye Jezi nan travay predikasyon li t ap fè toupatou nan peyi a, e konsa yo te vin gen bonjan relasyon ak li. Yo te tande pawòl li di, yo te temwen zèv pisans li fè e yo te wè egzanp li bay pèsonèlman (Matye 13:16, 17). Pa gen dout, tout bagay sa yo te touche yo anpil. Sa te tèlman touche yo, menm jan ak komèsan k ap pwonmennen an, yo te zele pou yo chèche Wayòm nan e yo te fè sa ak tout kè yo.

15. Ki sa Jezi te di ki te prensipal rezon pou disip li yo rejwi ?

15 Apre 12 apot yo, Jezi te “ chwazi swasanndis lòt disip, e li te voye yo devan, de pa de, nan tout vil ak tout kote li menm li te gen pou l rive ”. Li te pale yo tou konsènan eprèv ak difikilte yo t apral rankontre e li te ba yo enstriksyon pou yo di moun yo : “ Wayòm Bondye a vin pre nou. ” ​(Lik 10:1-12). Lè 70 disip yo te tounen, yo te kontan anpil e yo te bay Jezi rapò, yo te di l : “ Seyè, ata demon yo soumèt devan nou lè nou sèvi ak non w. ” Sepandan, petèt yo te sezi lè Jezi te fè yo konnen gen yon pi gwo jwa ki sere pou yo poutèt yo demontre yo zele pou Wayòm nan. Li te di yo : “ Pa rejwi lefètke espri yo soumèt devan nou, men rejwi pito dèske non nou enskri nan syèl la. ” — Lik 10:17, 20.

16, 17. a) Ki sa Jezi te di apot fidèl li yo dènye nuit li te pase ansanm ak yo a ? b) Ki jwa e ki asirans pawòl Jezi yo te bay apot yo ?

16 Finalman, nan dènye nuit Jezi te pase ak apot li yo, 14 Nizan ane 33 epòk nou an, li te mete sou pye repa yo te vin rele pi devan Soupe Seyè a e li te òdone yo pou yo komemore evènman sa a. Pandan nuit lan, Jezi te di 11 apot ki te rete yo : “ Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo. E mwen menm, mwen fè yon alyans avèk nou, menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen, pou yon wayòm, pou nou ka manje e pou nou ka bwè sou tab mwen avè m nan wayòm mwen an, e pou nou ka chita sou twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. ” — Lik 22:19, 20, 28-30.

17 Se pa ti jwa, se pa ti satisfaksyon ki dwe te ranpli kè apot yo lè yo te tande pawòl sa yo Jezi te di a ! Yo te fè yo pi gwo onè, yo te ofri yo pi gwo privilèj yon imen te ka resevwa (Matye 7:13, 14 ; 1 Pyè 2:9). Menm jan ak komèsan k ap pwonmennen an, yo te abandone anpil bagay pou yo suiv Jezi e pou yo chèche Wayòm nan. Kounye a yo vin gen asirans sakrifis yo te fè pandan tout tan sa yo pa t anven.

18. Apre 11 apot yo, pou kiyès lòt moun finalman Wayòm nan pral pote byenfè ?

18 Se pa pou apot ki te la ansanm ak Jezi jou swa sa a sèlman Wayòm nan ap pote byenfè. Jewova te deside t ap gen 144 000 moun antou ki fè pati alyans pou Wayòm nan. Moun sa yo t apral dirije ansanm ak Jezi Kris nan Wayòm syèl la. Anplis de sa, apot Jan te wè nan vizyon “ yon gwo foul pèsonn pa t ka konte [...], yo kanpe devan twòn nan e devan Timouton an [...], yo t ap di : ‘ Si nou sove, se grasa Bondye nou an ki chita sou twòn nan e se grasa Timouton an. ’ ” Se moun sa yo ki pral viv sou tè a anba dominasyon Wayòm nan *. — Revelasyon 7:9, 10 ; 14:1, 4.

19, 20. a) Ki opòtinite ki ouvri devan moun tout nasyon ? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Yon ti tan anvan Jezi te monte nan syèl la, li te bay disip fidèl li yo lòd sa a : “ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. Epi gade, mwen avèk nou toule jou jiskaske sistèm de choz la fini. ” ​(Matye 28:19, 20). Konsa, moun ki soti nan tout nasyon t ap vin disip Jezi Kris. Menm jan komèsan ki t ap pwonmennen an te fè pou bèl pèl la, moun sa yo tou t ap dispoze fè tout sakrifis pou Wayòm nan, kit rekonpans yo se nan syèl la kit se sou tè a.

20 Pawòl Jezi yo montre travay fè disip la t ap kontinye jiskaske “ sistèm de choz la fini ”. Kidonk, nan epòk nou an, èske toujou gen moun ki menm jan ak komèsan k ap pwonmennen an, ki dispoze bay tout sa yo posede pou yo chèche Wayòm Bondye a ? Se kesyon sa a nou pral egzamine nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Jan, pitit Zebede a dwe te suiv Jezi apre li te fin rankontre l premye fwa a e sanble li te temwen kèk nan bagay Jezi te fè, se sa k te pèmèt li ekri yo yon fason ki si vivan nan Evanjil ki pote non l lan (Jan chapit 2-5). Sepandan, li te tounen nan biznis lapèch fanmi l te genyen an kèk tan anvan Jezi te rele l vin suiv li.

^ § 18 Pou plis detay, gade chapit 10, liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske w ka esplike ?

• Ki leson prensipal nou tire nan egzanp komèsan k ap pwonmennen an ?

• Kòman Jezi te montre li gen anpil apresyasyon pou kokenn valè Wayòm nan genyen ?

• Ki sa k te fè Andre, Pyè, Jan ak lòt moun ankò reyaji imedyatman lè Jezi te rele yo vin suiv li ?

• Ki bèl opòtinite ki plase devan moun tout nasyon ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

‘ Yo te abandone tout bagay epi yo suiv Jezi. ’

[Foto nan paj 17]

Anvan Jezi te monte nan syèl la, li te bay disip li yo lòd pou yo fè disip.