Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann prezève idantite nou antanke kretyen

Ann prezève idantite nou antanke kretyen

Ann prezève idantite nou antanke kretyen

“ ‘ Nou se temwen m ’, sa a se deklarasyon Jewova fè. ” — IZAYI 43:10.

1. Ki kalite moun Jewova atire sou li ?

ETAN w nan Sal Wayòm nan, gade byen toutotou w. Ki kalite moun ou wè ? Petèt ou wè yon seri de jèn serye, yon seri de jèn atantif k ap chèche byen konprann sajès ki nan Bib la (Sòm 148:12, 13). Ou ka remake tou kèk moun ki gen fanmi sou kont yo e k ap fè efò pou yo fè Bondye plezi aktout y ap viv nan yon monn kote jeneralman lavi familyal ap deteryore. Petèt je w tonbe sou kèk moun aje, moun apresyab, ki kontinye ap viv ann amoni ak ve yo te fè pou yo sèvi Jewova, malgre yo se moun ki pa viv sante akoz yon gen anpil laj (Pwovèb 16:31). Tout moun sa yo renmen Jewova ak tout kè yo. E li menm bò kote pa l, li byen kontan atire yo pou yo vin gen relasyon avè l. Men ki deklarasyon Pitit Bondye a fè : “ Pèsonn pa ka vin jwenn mwen, si Papa a ki voye m nan pa atire l. ” — Jan 6:37, 44, 65.

2, 3. Poukisa li ka pa fasil pou nou toujou rete konsyan de idantite nou antanke kretyen ?

2 Èske nou pa kontan anpil dèske nou fè pati yon pèp ki jwenn benediksyon Jewova ak apwobasyon l ? Toutfwa, nan “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ” n ap viv la, li pa fasil ditou pou nou toujou rete konsyan de idantite nou antanke kretyen (2 Timote 3:1). Li sitou pa fasil pou jèn ki leve nan yon fanmi kretyen. Men sa youn ladan yo te admèt : “ Kwak mwen te konn al nan reyinyon, mwen pa t gen okenn objektif espirityèl byen defini e, franchman, mwen pa t gen okenn dezi vre pou m sèvi Jewova. ”

3 Gen kèk jèn ki vle sèvi Jewova ak tout kè yo, men anmenmtan ki konn pran nan gwo presyon jèn parèy yo ap fè sou yo e ki konn kite enfliyans monn nan ak tandans malsen ki ladan l detenn sou yo. Lè moun ap fè presyon sou nou, se yon bagay tikras pa tikras ki ka fè nou pèdi idantite nou antanke kretyen. Pa egzanp, gen anpil moun nan monn nan jodi a ki konsidere prensip moral ki nan Bib la kòm bagay ki demode oswa ki pa aplikab pou epòk pa nou an (1 Pyè 4:4). Genyen ki twouve li pa enpòtan pou moun adore Bondye jan l mande a (Jan 4:24). Nan lèt Pòl te ekri Efezyen yo, li pale de monn nan, li di li gen yon “ tandans ”, oubyen yon etadespri ki pisan anpil (Efezyen 2:2). Tandans sa a egzèse yon presyon sou moun yo pou fè yo konfòme yo ak fason sosyete a panse, yon sosyete ki pa konnen Jewova.

4. Ki jan Jezi te ensiste sou enpòtans pou nou prezève idantite nou antanke kretyen ?

4 Sepandan, antanke sèvitè Jewova ki vwe lavi nou ba li, nou rann nou kont se t ap yon katastwòf si nenpòt nan nou, kit nou jèn, kit nou granmoun, ta pèdi idantite nou antanke kretyen. Se yon idantite ki baze sèlman sou prensip Jewova e sou sa li atann de nou. Èske, apre tou, se pa selon pòtre l nou te kreye (Jenèz 1:26 ; Mika 6:8) ? Bib la konpare idantite nou antanke kretyen ak rad moun mete sou yo, rad ki vizib pou tout moun. Konsènan epòk nou an, men ki avètisman Jezi te bay : “ Gade ! M ap vini tankou yon vòlè. Byennere moun ki rete je klè e ki kite rad li sou li, pou l pa mache toutouni e pou moun pa wè wont li *. ” ​(Revelasyon 16:15). Nou pa vle pèdi kalite nou genyen antanke kretyen ak prensip k ap gide konduit nou e nou pa vle kite monn Satan an pase nou nan moul li. Si sa ta rive, nou t ap pèdi “ rad ” nou. Se t ap yon wont e se t ap regretab.

5, 6. Poukisa li esansyèl pou nou stab nan domèn espirityèl ?

5 Lè yon moun konsyan de idantite l antanke kretyen, sa gen yon gwo enpak sou direksyon li bay vi l. Nan ki sans ? Si yon adoratè Jewova ta bliye kiyès li ye, finalman li t ap vin tankou yon moun ki dezoryante, yon moun ki pa gen objektif ki byen defini. Plizyè kote nan Bib la, nou jwenn avètisman pou nou pa aji tankou moun ki pa konn sa yo vle. Men ki avètisman disip Jak bay : “ Yon moun ki doute sanble ak yon vag lanmè van ap pouse, yon vag lanmè k ap balanse. Wi, yon moun konsa pa bezwen panse l ap jwenn anyen nan men Jewova, se yon moun ki pa konn sa l vle, ki toujou ap chanje lide nan tout sa l ap fè. ” — Jak 1:6-8 ; Efezyen 4:14 ; Ebre 13:9.

6 Ki jan nou ka prezève idantite nou antanke kretyen ? Ki sa ki ka ede nou pou nou toujou ogmante apresyasyon nou pou gwo privilèj nou genyen dèske nou se adoratè Trèwo a ? Ann egzamine ki jan nou ka fè sa.

Etabli idantite w solidman

7. Poukisa nou gen tout enterè pou nou sipliye Jewova pou l egzamine nou ?

7 Se pou w toujou ap ranfòse relasyon w ak Jewova. Byen yon kretyen posede ki gen plis valè pase tout lòt bagay se relasyon pèsonèl li genyen ak Bondye (Sòm 25:14 ; Pwovèb 3:32). Si nou kòmanse gen dout sou idantite nou antanke kretyen, se lemoman pou nou byen egzamine kalite relasyon nou ak Bondye ak pwofondè relasyon sa a. Nan sans sa a, men ki siplikasyon yon salmis te fè : “ Egzamine m, o Jewova, e mete m aleprèv, rafine ren m ansanm ak kè m. ” ​(Sòm 26:2). Poukisa yon egzamen konsa esansyèl ? Se paske nou pa anmezi pou nou egzamine poukont nou tout ti mobil ki nan fon kè nou ak tout ti panchan ki lakay nou. Se sèl Jewova ki ka konprann moun nou ye pa anndan an : mobil nou, panse nou ak santiman nou. — Jeremi 17:9, 10.

8. a) Nan ki sans nou gen tout enterè pou nou kite Jewova teste nou ? b) Ki èd ou menm ou te jwenn ki te pèmèt ou pwogrese antanke kretyen ?

8 Lè nou mande Jewova pou l egzamine nou, se envite nou envite l pou l teste nou. Li gendwa kite yon seri de sitiyasyon devlope ki pral revele vrè mobil nou ak eta kè nou (Ebre 4:12, 13 ; Jak 1:22-25). Nou fèt pou nou apresye tès sa yo paske yo ban nou opòtinite pou nou demontre jis nan ki pwen nou fidèl a Jewova. Tès konsa kapab montre si wi ou non nou ‘ konplè, nou anfòm nan tout bagay e nou pa manke anyen ’. (Jak 1:2-4.) E toutpandan n ap sibi tès sa yo, nou gen posiblite grandi espirityèlman. — Efezyen 4:22-24.

9. Poukisa li nesesè pou nou verifye poukont nou sa ki nan Bib la se laverite ?

9 Se pou w verifye pèsonèlman sa k nan Bib la se laverite. Antanke sèvitè Jewova, idantite nou ka pèdi valè si li pa byen chita sou konesans ki nan Bib la (Filipyen 1:9, 10). Tout kretyen, kit yo jèn, kit yo granmoun, fèt pou yo verifye, wi yo fèt pou yo konvenk tèt yo, sa yo kwè nan Bib la se vrèman laverite. Men ki egzòtasyon Pòl te bay kretyen parèy li yo : “ Verifye tout bagay. Sa k bon an kenbe l djanm. ” ​(1 Tesalonisyen 5:21). Jèn kretyen ki leve nan fanmi ki gen krent pou Bondye fèt pou yo pran konsyans yo pa ka toujou pran woulib sou paran yo. David, papa Salomon, te fè l wè nesesite pou l ‘ konnen Bondye Papa l la e pou l sèvi l ak yon kè ki konplè ’. (1 Kwonik 28:9.) Sa pa t ap sifi pou Salomon rete ap gade ki jan papa l kiltive lafwa nan Jewova. Li te oblije aprann konnen Jewova li menm, e se sa l te fè. Salomon te sipliye Bondye, li di l : “ Kounye a ban m sajès ak konesans pou m ka soti devan pèp sa a e pou m ka antre. ” — 2 Kwonik 1:10.

10. Poukisa se pa yon bagay ki mal pou nou poze kesyon ki sensè avèk yon bon mobil ?

10 Yon fwa ki solid, se sou konesans li chita. Pòl deklare : “ Lafwa pran nesans grasa sa nou tande. ” ​(Women 10:17). Ki sa l te vle di lè l te di sa a ? Li te vle di lè nou nouri nou nan Pawòl Bondye a, se yon fason pou nou bati lafwa nou nan Jewova, nan pwomès li ak nan òganizasyon l lan. Yon moun k ap poze kesyon sensè sou Bib la pa ka pa jwenn repons ki satisfè l. Anplis de sa, nan Women 12:2, Pòl egzòte nou pou nou ‘ konstate pèsonèlman ki sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè ’. Men, ki jan nou ka rive fè sa ? Se lè nou chèche gen “ konesans egzak sou laverite ”. (Tit 1:1.) Lespri Jewova ka ede nou konprann menm pwen ki difisil yo (1 Korentyen 2:11, 12). Lè nou mal pou nou konprann yon pwen, nou fèt pou nou priye pou nou mande Bondye èd li (Sòm 119:10, 11, 27). Jewova vle pou nou konprann Pawòl li, pou nou kwè ladan l e pou nou obeyi l. Li byen kontan lè nou poze kesyon ki sensè avèk yon bon mobil.

Se pou w detèmine pou w fè Bondye plezi

11. a) Ki dezi tou natirèl nou gen lakay nou ki ka tounen yon pyèj pou nou ? b) Ki kote nou ka jwenn kouraj pou nou reziste anba presyon ?

11 Se Bondye pou w chèche fè plezi, se pa lèzòm. Li toutafè natirèl pou moun nou frekante enfliyanse idantite nou, menmsi se an pati. Se tout moun ki bezwen zanmi. Lè zanmi nou aksepte nou, sa fè nou santi nou byen. Pandan peryòd adolesans, e sa kontinye menm lè nou pa adolesan ankò, enfliyans zanmi ka fò anpil, sa ka koz nou anvi imite lòt moun pou nou fè yo plezi. Men, zanmi ak lòt moun n ap frekante pa toujou aji nan enterè nou. Pafwa, sa ki enterese yo se pou yo gen yon moun avèk yo lè yo gen yon zak malonèt yo pral fè (Pwovèb 1:11-19). Lè yon kretyen kite move enfliyans fè l fè sa k pa sa, an jeneral l ap eseye kache idantite l (Sòm 26:4). Men ki avètisman apot Pòl bay : “ Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. ” ​(Women 12:2, Bib la). Jewova ban nou fòs n ap bezwen pou nou reziste devan nenpòt presyon nou jwenn pou nou fè sa k pa sa. — Ebre 13:6.

12. Ki prensip e ki egzanp ki ka fòtifye nou pou nou rete djanm anrapò ak konfyans nou nan Bondye ?

12 Lè presyon soti pou fè nou bliye kiyès nou ye, li byen pou nou sonje sa ki pi enpòtan se fidelite nou anvè Bondye, se pa sa moun ap panse, ni se pa sa moun ki nan antouraj nou ta renmen nou fè. Pawòl ki nan Egzòd 23:2 a se yon prensip ki ka pwoteje nou : “ Ou pa dwe suiv foul la nan move entansyon. ” Lè majorite Izrayelit ki te akonpaye Kalèb yo te gen dout sou kapasite Jewova pou l akonpli pwomès li te fè yo, Kalèb te rete tennfas, li te refize fè menm jan ak majorite a. Li te sèten pwomès Bondye yo diy de konfyans, konsa li te jwenn anpil benediksyon pou pozisyon li te pran an (Nonb 13:30 ; Jozye 14:6-11). Èske, menm jan avè l, ou dispoze reziste devan presyon majorite a dekwa pou w prezève relasyon w ak Bondye ?

13. Poukisa li saj pou nou fè konnen idantite nou antanke kretyen ?

13 Fè konnen idantite w antanke kretyen. Gen yon pawòl ki di, pi bon fason pou moun defann tèt li se lè l atake. Se yon pawòl ki aplikab nan efò n ap fè pou nou defann idantite nou antanke kretyen. Nan epòk Ezra, lè yon seri Izrayelit fidèl te jwenn opozisyon nan efò yo t ap fè pou yo fè volonte Jewova, yo te deklare : “ Nou se sèvitè Bondye ki fè syèl la ak tè a. ” ​(Ezra 5:11). Si nou kite reyaksyon opozan yo ak kritik yo fè kont nou afekte nou, nou ka tèlman vin pè, sa anpeche nou avanse. Si nou toujou ap chèche fè tout moun plezi, moun pap vrèman konnen kiyès nou ye. Konsa, pa kite moun entimide w. Li toujou bon pou w fè tout moun konnen ou se Temwen Jewova. Avèk respè, men avèk fèmte tou, ou fèt pou w esplike moun yo prensip ou, kwayans ou ak pozisyon w antanke kretyen. Fè yo konnen detèminasyon w se pou w toujou soutni prensip elve Jewova yo nan domèn moralite. Montre yo klèman entegrite w antanke kretyen se pa yon bagay ki negosyab. Montre yo ou fyè de prensip moral ou genyen yo (Sòm 64:10). Si, antanke kretyen, ou toujou gen yon pozisyon fèm, sa ka fòtifye w, sa ka pwoteje w e sa ka menm fè kèk moun anvi konnen Jewova ak sèvitè l yo.

14. Èske nou ta dwe kite opozisyon ak mokri dekouraje nou ? Esplike.

14 Fòk nou di, gen moun ki ka pase nou nan rizib e ki ka menm opoze ak nou (Jid 18). Si gen moun ki pa byen reyaji devan efò w ap fè pou w esplike yo prensip ou yo, pa kite sa dekouraje w (Ezekyèl 3:7, 8). Kèlkeswa detèminasyon w, ou pap janm reyisi konvenk moun ki pa vle kite w konvenk yo. Sonje Farawon. Anyen pa t rive konvenk li se Jewova ki te voye Moyiz : okenn plè ni okenn mirak pa t rive fè sa, pa menm lanmò premye pitit li a. Kidonk, pa kite krent lèzòm anpeche w avanse. Konfyans ak lafwa nou genyen nan Bondye ap ede nou venk krent sa a. — Pwovèb 3:5, 6 ; 29:25.

Tire leson nan sa ki deja rive epi prepare pou demen

15, 16. a) Ki sa eritaj espirityèl nou an gen ladan l ? b) Ki pwofi n ap tire si nou sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou medite sou eritaj espirityèl nou an ?

15 Se pou w cheri eritaj espirityèl ou genyen an. Kretyen yo ap tire anpil pwofi si yo sèvi ak Pawòl Bondye a pou yo medite sou kokenn eritaj espirityèl yo a. Eritaj sa a gen plizyè aspè ladan l : laverite ki genyen nan Pawòl Jewova a, esperans lavi etènèl la ansanm ak onè nou genyen pou nou reprezante Bondye antanke pwoklamatè bon nouvèl la. Èske w reyalize wòl ou jwe pami Temwen l yo, nan mitan gwoup privilejye sa a ki gen kòm misyon pou yo patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan, travay sa a ki la pou sove lavi ? Pa bliye : se Jewova menm ak bouch li ki di ‘ nou se temwen l ’. — Izayi 43:10.

16 Poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Ki valè eritaj espirityèl la genyen nan je m ? Èske mwen ba l ase enpòtans pou m konsidere fè volonte Bondye kòm bagay ki gen pi gwo priyorite nan lavi m ? Èske m apresye eritaj sa a ase pou m dispoze reziste devan nenpòt tantasyon mwen jwenn ki ta ka lakòz mwen pèdi l ? ’ Yon lòt bagay ankò : eritaj nou an ka pèmèt nou vin pran konsyans plis toujou de sekirite espirityèl nou jwenn sèlman anndan òganizasyon Jewova a (Sòm 91:1, 2). Se sa k fè, si nou egzamine kèk evènman enteresan nan istwa modèn òganizasyon Jewova a, sa ap fè nou wè pa gen pyès moun, oswa pyès bagay, ki ka elimine pèp Jewova a sou tè a. — Izayi 54:17 ; Jeremi 1:19.

17. Se vre nou dwe apiye sou eritaj espirityèl nou genyen an, men ki lòt bagay ankò nou bezwen fè ?

17 Natirèlman, nou pa ka konte sèlman sou eritaj espirityèl nou genyen an. Se nou chak ki pou kiltive yon relasyon pèsonèl ak Bondye. Pòl te fè kont efò l pou l fòtifye lafwa kretyen ki t ap viv nan vil Filip yo. Gade ki sa li te voye di yo apre sa : “ Se poutèt sa, byenneme m yo, nan fason nou te toujou konn obeyi a, non sèlman lè m la, men kounye a plis toujou pandan m pa la, kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krentif e avèk tranbleman. ” ​(Filipyen 2:12). Nou pa ka konte sou lòt moun pou nou sove.

18. Ki jan aktivite espirityèl nou ka fè nou pi konsyan de idantite nou antanke kretyen ?

18 Se pou nou toujou gen anpil aktivite antanke kretyen. Gen yon moun ki te di “ travay se aktivite ki fasone idantite moun ”. Jodi a, kretyen yo resevwa misyon pou yo patisipe nan yon travay trèzenpòtan : predikasyon bon nouvèl Wayòm Bondye etabli a. Pòl di : “ Etandone mwen se apot nasyon yo toutbonvre, mwen glorifye ministè m. ” ​(Women 11:13). Travay predikasyon an distenge nou ak monn nan, e lefètke nou patisipe ladan l, sa ranfòse idantite nou antanke kretyen. Lè nou patisipe nan lòt aktivite teyokratik, tankou reyinyon, pwogram konstriksyon lokal pou vrè adorasyon an, efò pou nou ede moun ki nan bezwen, ansanm ak lòt aktivite ankò, sa fè nou pi konsyan de idantite nou antanke kretyen. — Galat 6:9, 10 ; Ebre 10:23, 24.

Lè idantite nou klè, sa pote benediksyon

19, 20. a) Ki pwofi ou tire pèsonèlman dèske ou se kretyen ? b) Sou ki baz vrè idantite nou chita ?

19 Reflechi yon ti moman sou tout byenfè ak tout avantaj nou jwenn dèske nou se vrè kretyen. Youn ladan yo se privilèj nou genyen dèske Jewova konnen kiyès nou ye. Gade ki sa pwofèt Malaki te di : “ Moun ki gen lakrentif pou Jewova yo te pale youn ak lòt, chak moun ak konpayon li, e Jewova t ap suiv e li t ap koute. E gen yon liv souvni yo te kòmanse ekri devan l pou moun ki krenn Jewova e pou moun k ap panse a non l. ” ​(Malaki 3:16). Bondye ka konsidere nou kòm zanmi l (Jak 2:23). Vi nou vin anrichi paske li gen yon bi byen defini, li gen yon vrè sans, e nou gen bonjan objektif. E mete sou sa, nou gen esperans pou nou viv etènèlman. — Sòm 37:9.

20 Yon bagay pou w pa bliye sèke vrè idantite nou ansanm ak vrè valè nou genyen depann de jan Bondye konsidere nou, yo pa depann de sa lèzòm panse de nou. Gen kèk moun ki ka jije nou selon kritè pa yo ki pa fin bon. Men, lanmou Bondye genyen pou nou ak enterè li manifeste nan nou pèsonèlman ban nou yon baz reyèl pou nou wè valè nou. Se pou li nou ye (Matye 10:29-31). Bò kote pa nou, se lanmou nou menm nou genyen pou Bondye k ap fè nou pi konsyan toujou de idantite nou e sa ap pèmèt lavi nou pran yon direksyon byen defini. Wi, “ si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen moun sa a ”. — 1 Korentyen 8:3.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Pawòl sa yo kapab fè moun panse ak travay yon fonksyonè te konn akonpli sou mòn Tanp Jerizalèm nan. Pandan plizyè vèy ki te genyen nan nuit lan, li te konn sikile nan tanp lan pou l verifye si Levit ki te de sèvis yo pa t ap dòmi sou pòs yo. Si yo te jwenn youn nan yo ap dòmi, kòm pinisyon, yo te konn bat li ak yon baton e yo te ka menm boule rad li.

Èske nou sonje ?

• Poukisa li trèzenpòtan pou kretyen yo prezève idantite espirityèl yo ?

• Ki jan nou ka fè pou etabli idantite nou solidman ?

• Lè nou bezwen konnen kiyès pou nou fè plezi, ki sa ki ka ede nou pran yon bon desizyon ?

• Nan ki sans si nou konsyan toutbon de idantite nou sa ka gen enfliyans sou avni nou antanke kretyen ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Si nou toujou gen anpil aktivite antanke kretyen, sa ap ranfòse idantite nou.