Byenfè nou jwenn lè nou fè lapè
Byenfè nou jwenn lè nou fè lapè
ED TE prèske mouri, e Bill te rayi l. Ventan anvan sa, Ed te pran yon desizyon ki te fè Bill pèdi travay li, e sa te vin mete de bon zanmi sa yo dozado. Kounye a, Ed, ki te vle mouri anpè, t ap eseye mande Bil padon. Men, Bill te refize koute l.
Anviwon 30 an apre, lè Bill t apral mouri, li esplike poukisa li pa t dakò padone l. “ Ed pa t dwe fè pi bon zanmi l lan sa l te fè l la. Mwen te jis pa vle rekonsilye apre ventan. [...] Petèt mwen te gen tò, men se sa m te panse *. ”
Jeneralman, lè de moun gen kont sa pa toujou fini yon fason trajik konsa. Men, souvan sa konn blese santiman moun oswa sa konn fè moun fache anpil. Imajine yon moun ki panse menm jan ak Ed. Piske moun sa a rann li kont desizyon l te pran an lakòz pwoblèm, li gendwa ap viv ak yon konsyans koupab, e li ka anvayi ak yon vye santiman ki fè l konprann se fòt li si l pèdi zanmi sa a. Sepandan, li santi l blese lè l ap panse jan zanmi l lan li te ofanse a pa pran amitye yo a pou anyen.
Yon lòt bò, yon moun ki gen menm pwennvi ak Bill konsidere tèt li kòm yon viktim inosan. Li kapab vin fache anpil e li kapab kenbe rankin. Pou li menm, ansyen zanmi l lan te konnen trè byen sa l t ap fè e se espre l te fè li fè l mechanste. Souvan, lè de moun gen kont, yo chak di tèt yo se yo menm ki gen rezon e yo lage tout chay la sou do lòt moun nan. Se konsa, nan yon sans, de ansyen zanmi vin antre nan lagè youn kont lòt.
Yo antre nan yon konba ak zam ki pa fè bwi. Lè youn wè lòt la ap vini, li fè yon lòt wout. Lè yo an gwoup, youn fè tankou yo pa konn lòt. Youn rete byen lwen ap vòlè je gade lòt, oswa youn gade lòt dwòl, ak yon rega ki demontre lahèn. Lè pou yo pale ansanm, youn pran lòt ak grap oswa youn di lòt pawòl pike.
Sepandan, malgre sanble yo opoze konplètman youn ak lòt, li posib pou yo dakò sou kèk bagay. Yo gendwa rekonèt yo gen pwoblèm grav e yo ka admèt lè amitye kraze ant de bon zanmi, se bagay ki tris. Li posib pou yo chak ap soufri dèske plè a poko geri, e yo toule de konnen gen yon bagay ki dwe fèt pou geri plè sa a. Men, kiyès k ap fè premye pa pou yo retounen byen ankò e pou yo fè lapè ? Yo youn pa dispoze fè premye pa a.
Sa gen de mil an, apot Jezi Kris yo pafwa te konn antre nan gwo diskisyon (Mak 10:35-41 ; Lik 9:46 ; 22:24). Apre youn nan gwo diskisyon yo te fè, Jezi te mande yo : “ De ki sa nou t ap diskite sou wout la ? ” Yo te fèmen bouch yo tèlman yo te wont, pèsonn nan yo pa t reponn (Mak 9:33, 34). Ansèyman Jezi yo te ede yo pou yo rekonsilye. Konsèy li yo, ansanm ak konsèy kèk nan disip li yo, kontinye ede moun pou yo rezoud pwoblèm e pou yo retounen byen ankò. Ann gade ki jan sa fèt.
Fè efò pou nou fè lapè
“ Mwen pa vle pale ak moun sa a menm. Lè m pa wè l mwen santi m pi byen. ” Si w deja pale konsa de yon moun, ou dwe fè yon bagay, jan pasaj biblik nou pral wè la yo montre sa.
Men sa Jezi te deklare : “ Si w ap pote ofrann ou sou lotèl epi lè w rive la, ou sonje frè w la gen yon Matye 5:23, 24). Li te di tou : “ Si frè w la komèt yon peche, al devwale fot li a ant ou menm ak li menm sèl. ” (Matye 18:15). Kit se ou ki ofanse yon moun, kit se yon moun ki ofanse w, Pawòl Jezi yo ensiste sou nesesite pou ou menm ou pale ak moun nan sou pwoblèm nan byen vit. Ou dwe fè sa “ avèk dousè ”. (Galat 6:1.) Objektif konvèsasyon sa a se pa pou w konsève repitasyon w, ni pou w ap chèche jistifye sa w fè a oswa pou w fòse ènmi w lan mande eskiz, men se pou w fè lapè. Èske konsèy biblik sa a bay bon rezilta ?
bagay kont ou, kite ofrann ou an la devan lotèl la, epi al fè lapè ak frè w la anvan. ” (Ernest se sipèvizè yon gwo depatman *. Depi plizyè ane, travay li egzije l pou l rezoud pwoblèm ki delika ak tout kalite moun e pou l kenbe bon relasyon avèk yo nan travay la. Li remake ki jan li fasil pou moun vin gen kont antre yo. Men sa l di : “ Sa konn rive mwen gen ti kont ak moun. Men, lè konsa, mwen chita ak moun nan e mwen pale de pwoblèm nan ak li. ” Men konsèy li bay : “ Al jwenn yo dirèkteman. Pale avèk yo nan objektif pou nou fè lapè. Sa toujou mache. ”
Alicia gen zanmi ki sot nan divès kalite kilti. Men sa l di : “ Pafwa mwen di yon bagay, e apre sa mwen santi petèt mwen ofanse yon moun. Mwen deplase al mande moun sa a eskiz. Petèt mwen mande eskiz pi souvan pase jan mwen ta dwe fè sa, paske menmsi moun nan pa t ofanse, mwen santi mwen pi byen dèske mwen te fè sa. Lè sa a, mwen konnen pa gen malantandi. ”
Venk obstak yo
Sepandan, souvan konn gen obstak ki bloke chemen lapè ant moun ki gen kont. Èske sa deja rive ou di : “ Poukisa se mwen menm an premye ki pou al fè lapè ? Se li ki lakòz pwoblèm nan. ” Oswa èske sa deja rive w al kot yon moun pou w rezoud yon pwoblèm epi w tande moun nan di : “ Mwen pa gen anyen pou m di w ” ? Gen kèk moun ki reyaji konsa akoz yo te blese nan santiman yo. Pwovèb 18:19 di : “ Yon frè yo fè yon fot kont li pi rèd pase yon vil ki solid, e gen diskisyon ki tankou ba ki nan pòtay yon tou d abitasyon. ” Donk, pran santiman lòt moun nan an konsiderasyon. Si li repouse w, fè yon ti tann epi eseye ankò. Lè sa a, “ vil ki solid ” la kapab ouvri e “ ba ” ki te fèmen pòt rekonsilyasyon an kapab pa la ankò.
Yon lòt obstak pou lapè gendwa se pè yon moun pè pou l pa pèdi respè tèt li. Pou kèk moun, mande eskiz oswa menm pale ak yon ènmi se yon imilyasyon. Se nòmal pou yon moun gen sousi pou respè tèt li. Men, èske refize fè lapè ogmante oswa diminye respè yon moun gen pou tèt li ? Èske se pa ògèy ki kache dèyè sousi sa a moun nan genyen pou respè tèt li a ?
Jak, yon ekriven biblik, montre rapò ki genyen ant ògèy ak tandans pou fè kont. Apre li fin pale de “ gè ” ak “ konba ” kèk kretyen ap fè antre yo, men sa li di ankò : “ Bondye opoze ak ògeye yo, men moun ki enb yo li ba yo bonte moun pa merite a. ” (Jak 4:1-3, 6). Ki jan ògèy anpeche moun fè lapè ?
Ògèy twonpe moun, li fè yo kwè yo pi bon pase lòt moun. Moun ki ògeye panse yo gen otorite pou yo jije valè moral moun parèy yo. Nan ki sans ? Lè gen mezantant, souvan yo panse rival yo a pa gen espwa pou l amelyore, se yon ka pèdi. Ògèy pouse kèk moun pou yo jije moun ki diferan ak yo kòm moun ki pa merite atansyon, e pakonsekan, ki pa merite pou moun mande yo eskiz ak tout kè yo. Kidonk, moun ki kite ògèy dirije yo, souvan yo kite pwoblèm yo trennen olye pou yo rezoud yo kòmsadwa.
Menm jan yon barikad met blokis sou yon wout, souvan, ògèy bloke pa k ap mennen nan lapè. Donk, si w rann ou kont w ap reziste devan efò pou w fè lapè ak yon moun, petèt se ògèy ou gen lakay ou ki fè sa. Ki jan ou ka venk defo sa a ? Se lè ou kiltive kalite ki kontrè ak li a : imilite.
Fè egzakteman lekontrè
Avèk fòs, Labib rekòmande pou nou gen imilite. “ Rezilta imilite ak krentif pou Jewova, se richès, glwa ak lavi. ” (Pwovèb 22:4). Men sa nou li nan Sòm 138:6, ki bay pwennvi Bondye konsènan moun ki enb ak moun ki ògeye : “ Jewova byen wo, epoutan li wè moun ki enb lan. Men moun ki ògeye a se sèlman de lwen li konnen li. ”
Anpil moun konfonn imilite ak imilyasyon. Dirijan nan monn nan sanble panse menm jan an tou. Menm lè nasyon yo ann antye obeyi sa yo mande, chèf politik yo pa gen kouraj pou admèt erè yo avèk imilite. Li trè ra pou w tande yon dirijan di “ mwen regrèt sa ”. Pa gen lontan, lè yon ansyen ofisyèl gouvènman te mande eskiz pou yon mankman ki te lakòz yon gwo dezas kote anpil moun mouri, pawòl li yo te fè aktyalite.
Gen yon diksyonè ki defini imilite konsa : “ Se kalite yon moun ki enb gen lakay, yon moun ki pa Pwovèb 18:12.
gen yon twò gwo opinyon de tèt li. Imilite se kontrè ògèy. ” Donk, imilite montre pwennvi yon moun genyen de tèt li, non pa opinyon lòt moun genyen de li. Si, avèk imilite, yon moun admèt erè li fè e li mande padon sensèman, sa pa imilye l pou otan. Okontrè sa bay repitasyon l plis valè. Labib di : “ Anvan lòm efondre kè l ògeye, e anvan glwa gen imilite. ” —Konsènan politisyen ki pa mande eskiz pou erè yo fè, gen yon obsèvatè ki di : “ Malerezman, yo sanble panse lè yo admèt erè yo, se yon siy feblès. Se moun ki fèb e ki pa si de tèt yo ki prèske pa janm di ‘ eskize m ’. Men, moun ki gen bon kè e ki gen kouraj pa santi yo diminye lè yo di ‘ mwen te fè yon erè ’ ”. Menm bagay la vrè pou moun ki pa gen pouvwa politik. Si w fè efò pou w ranplase ògèy ak imilite, se pa ti ogmante w ap ogmante posiblite pou lapè retabli si w ta gen yon kont ak yon moun. Gade ki jan yon fanmi te fè eksperyans sa a.
Yon malantandi te lakòz pwoblèm ant Julie ak frè li William. William te vin tèlman fache ak Julie ansanm ak mari l Joseph, li koupe tout kontak avèk yo. Li menm remèt Julie ak Joseph tout kado yo te ba li pandan tout tan yo te byen an. Mwa apre mwa, frè ak sè sa yo ki te konn antann yo trè byen anvan, te vin tankou lèt ak sitwon.
Sepandan, Joseph te deside aplike konsèy ki gen nan Matye 5:23, 24 la. Li te eseye apwoche bòfrè l la avèk dousè. Li voye yon lèt ba li e, ladan l, li mande l eskiz pou sa l te fè l. Joseph te ankouraje madanm li pou l padone frè l. Avèk letan, William te rann li kont Julie ak Joseph te swete sensèman fè lapè, e li te vin adousi. William ak madanm li t al rankontre Julie ak Joseph. Yo tout te mande eskiz, yo te bay akolad, e yo te retounen byen ankò.
Si w ta renmen rezoud pwoblèm ou gen ak yon moun, avèk pasyans, aplike ansèyman Bib la bay epi fè efò pou w fè lapè ak moun nan. Jewova ap ede w. Sa Bondye te di pèp Izrayèl tan lontan an ap reyalize nan ka pa w : “ Ah ! Si sèlman ou te pote atansyon toutbon ak kòmandman m yo ! Lè sa a, lapè w t ap vin tankou yon rivyè. ” — Izayi 48:18.
[Nòt anba paj]
^ § 3 Dapre liv The Murrow Boys—Pioneers on the Front Lines of Broadcast Journalism. Se Stanley Cloud ak Lynne Olson ki ekri liv sa a.
^ § 12 Gen non moun yo chanje.
[Foto nan paj 5]
Lè moun mande eskiz, byen souvan, sa pèmèt vin gen relasyon pezib ankò.