Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsèy saj pou moun ki marye

Konsèy saj pou moun ki marye

Konsèy saj pou moun ki marye

“ Se pou madanm yo soumèt devan mari yo, tankou yo soumèt devan Seyè a. Mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou. ” — EFEZYEN 5:22, 25.

1. Anrapò ak maryaj ki pwennvi ki kòrèk ?

JEZI di, yon gason ak yon fi ki marye, se Bondye ki mete yo anba menm jouk pou yo vin “ yon sèl chè ”. (Matye 19:5, 6.) Maryaj se inyon de moun ki pa gen menm pèsonalite, ki aprann vin gen menm enterè e ki aprann travay ansanm pou yo atenn menm objektif. Se yon angajman de moun pran pou yo rete ansanm pandan tout vi yo, se pa yon akò tanporè yo ka defèt jan yo vle. Nan anpil peyi, li pa difisil pou moun divòse. Men pou yon kretyen, maryaj se yon inyon sakre. Li ka kraze sèlman pou yon koz ki grav anpil. — Matye 19:9.

2. a) Ki èd ki disponib pou moun ki marye yo ? b) Poukisa li enpòtan pou moun ki marye yo fè efò pou yo reyisi maryaj yo ?

2 Gen yon konseye nan domèn maryaj ki di : “ Yon maryaj ki reyisi se yon maryaj kote tout tan de moun yo ap adapte yo ak nouvo sitiyasyon, y ap rezoud pwoblèm ki prezante e y ap sèvi ak resous yo genyen a dispozisyon yo nan chak etap nan lavi a. ” Pou de kretyen ki marye, resous sa yo gen ladan yo, konsèy saj ki nan Bib la, èd yo resevwa nan men lòt kretyen ak relasyon sere yo genyen ak Jewova grasa lapriyè. Yon maryaj ki reyisi se yon maryaj ki reziste malgre difikilte moun yo rankontre, e ane apre ane, maryaj sa a pote kè kontan ak satisfaksyon ni pou mari ni pou madanm. Sa k pi enpòtan ankò, li onore Jewova Dye li menm ki mete dispozisyon sa a sou pye. — Jenèz 2:18, 21-24 ; 1 Korentyen 10:31 ; Efezyen 3:15 ; 1 Tesalonisyen 5:17.

Imite Jezi ansanm ak kongregasyon l lan

3. a) Rezime konsèy Pòl te bay moun ki marye yo. b) Ki bèl egzanp Jezi bay nan sans lan ?

3 Gen de mil an, apot Pòl te bay kretyen ki marye yo yon konsèy saj. Men sa li te ekri : “ Menm jan kongregasyon an soumèt li devan Kris, konsa tou se pou madanm yo soumèt yo devan mari yo nan tout bagay. Mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, tankou Kris tou te renmen kongregasyon an, e li te livre tèt li pou li. ” ​(Efezyen 5:24, 25). Ala yon bèl konparezon ki fèt la a ! Kretyèn ki marye yo, ki kontinye soumèt yo avèk imilite devan mari yo, imite kongregasyon an lè yo rekonèt prensip otorite a e yo obeyi prensip sa a. Mari ki kwayan yo, ki kontinye renmen madanm yo, kit se nan bon tan, kit se nan move tan, demontre y ap suiv egzanp Jezi pazapa, li menm ki renmen kongregasyon an e ki pran swen l.

4. Ki jan mari yo ka imite egzanp Jezi ?

4 Mari kretyen yo se chèf nan fanmi yo. Men, yo menm tou yo gen yon chèf, se Jezi (1 Korentyen 11:3). Se poutèt sa, menm jan Jezi te pran swen kongregasyon an, se konsa tou, avèk amou, mari yo dwe pran swen fanmi yo ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl, menmsi sa mande pou yo fè sakrifis. Yo bay bonè fanmi yo plis enpòtans pase dezi pa yo ak preferans pa yo. Jezi di : “ Tout sa nou ta renmen lèzòm fè pou nou, menm jan an, nou menm tou, se pou nou fè sa pou yo. ” ​(Matye 7:12). Prensip sa a aplike sitou nan maryaj. Se sa Pòl montre lè li di : “ Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. [...] pa gen moun ki janm rayi pwòp chè l. Men li nouri l epi li pran swen l. ” ​(Efezyen 5:28, 29). Yon gason dwe nouri madanm li e li dwe pran swen l ak menm dilijans li nouri tèt li e li pran swen tèt li.

5. Ki jan yon madanm ka imite kongregasyon kretyèn nan ?

5 Yon madanm ki gen atachman pou Bondye pran kongregasyon kretyèn nan pou egzanp. Lè Jezi te sou tè a, se ak kè kontan disip li yo te abandone okipasyon yo te genyen anvan e yo te suiv li. Apre lanmò Jezi, yo te kontinye soumèt yo devan li, e pandan prèske 2 000 an ki pase depi lè sa a, vrè kongregasyon kretyèn nan toujou soumèt li devan Jezi, e li kite Jezi dirije l nan tout bagay. Menm jan an tou, kretyèn ki marye yo pa manke respè pou mari yo ni yo pa minimize dispozisyon biblik ki pran pou se mari yo ki dirije kay la. Olye de sa, yo soutni mari yo, yo soumèt devan mari yo, yo kowopere ak yo e, konsa, yo ankouraje mari yo. Lè ni mari ni madanm aji avèk amou nan pwen sa a, maryaj yo ap reyisi e toule de ap jwenn kè kontan nan maryaj yo.

Kontinye viv ak yo

6. Ki konsèy Pyè te bay mari yo, e poukisa konsèy sa a enpòtan ?

6 Apot Pyè tou te bay moun ki marye yo konsèy, e pawòl li te di mari yo te toutafè dirèk. Li di : “ Se pou nou kontinye viv avèk yo selon konesans, pou nou ba yo onè tankou yon veso ki pi fèb, veso feminen an, piske nou menm tou, ansanm avèk yo, nou eritye lavi yo fè nou favè a, favè moun pa merite, yon fason pou priyè nou pa bloke. ” ​(1 Pyè 3:7). Se dènye mo ki nan vèsè sa a ki montre jan konsèy Pyè a se yon konsèy ki enpòtan. Si yon mari pa bay madanm li onè, sa ap gen efè sou relasyon l ak Jewova. Priyè l ap bloke.

7. Ki jan yon mari dwe onore madanm li ?

7 Men, ki jan yon mari ka bay madanm li onè ? Pou yon mari, onore madanm li vle di trete li avèk amou, avèk respè e avèk diyite. Lè yon mari trete madanm li avèk tout jantiyès sa a, sa ka parèt etranj pou anpil moun. Gen yon biblis grèk ki ekri : “ Sou lwa women an yon fi pa t gen okenn dwa. Selon lalwa, li t ap rete timoun tout vi l. [...] Li te dwe soumèt li totalman devan mari li, e mari a te ka fè l sa l vle. ” Ala yon kokenn diferans ak ansèyman kretyen yo ! Mari ki kretyen an te konn onore madanm li. Fason mari a te boule ak madanm li te baze sou prensip kretyen yo, li pa t baze sou kapris pèsonèl. Anplis de sa, li te montre konsiderasyon pou madanm li “ selon konesans ”, e li te toujou sonje madanm li se yon veso ki pi fèb.

“ Yon veso ki pi fèb ”, nan ki sans ?

8, 9. Nan ki sans fi kou gason egalego ?

8 Lè Pyè te di fi se “ yon veso ki pi fèb ”, li pa t vle di fi pi fèb pase gason nan domèn entèlektyèl oubyen nan domèn espirityèl. Se vre, nan kongregasyon an, anpil gason gen yon seri de privilèj, privilèj medam yo pa atann pou yo genyen. E nan fanmi an, medam yo dwe soumèt devan mari yo (1 Korentyen 14:35 ; 1 Timote 2:12). Sepandan, se menm fwa, menm andirans ak menm prensip moral elve yo mande pou ni fi ni gason genyen. E, tankou Pyè te di, se toule de, ni madanm ni mari ki ‘ eritye lavi yo fè yo favè a, favè moun pa merite ’. Anrapò ak lavi etènèl, ni fi ni gason okipe menm pozisyon devan Jewova Dye (Galat 3:28). Se kretyen wen ki t ap viv nan premye syèk la Pyè te ekri pawòl sa a. Se sa k fè, pawòl li a fè mari kretyen yo sonje, piske yo menm ak madanm yo “ gen menm eritaj ak Kris ”, ni yo menm ni madanm yo gen menm esperans, esperans selès (Women 8:17). Yon jou, yo toule de ap gen pou yo sèvi antanke prèt e antanke wa nan Wayòm selès Bondye a. — Revelasyon 5:10.

9 Kretyèn ki wen yo pa enferyè ditou parapò ak mari yo ki wen. E, an prensip, menm bagay la vrè tou pou moun ki gen esperans terès yo. Toule de, gason kou fi ki fè pati “ gwo foul ” la, lave wòb yo e yo blanchi yo nan san Timouton an. Toule de, gason kou fi, patisipe “ lajounen kou lannuit ” nan chan louwanj y ap chante pou Jewova nan lemonnantye (Revelasyon 7:9, 10, 14, 15). Toule de, gason kou fi, ap tann moman an rive pou yo jwenn “ libète glorye pitit Bondye yo ”, lè yo pral jwi “ lavi toutbon an ”. (Women 8:21 ; 1 Timote 6:19.) Kit se kretyen wen, kit se lòt mouton, se tout kretyen nèt k ap sèvi Jewova ansanm antanke “ yon sèl twoupo ” anba direksyon “ yon sèl bèje ”. (Jan 10:16.) Sa se yon kokenn rezon pou ni mari ni madanm montre onè youn pou lòt, yon onè youn dwe lòt.

10. Nan ki sans fi yo se ‘ veso ki pi fèb ’ ?

10 Men, nan ki sans fi yo se ‘ veso ki pi fèb ’ ? An jeneral, fizikman, fi pi piti pase gason e yo gen mwens fòs pase gason. Petèt, se de reyalite sa a Pyè t ap pale. Anplis de sa, akoz kondisyon nou antanke enpafè, bèl privilèj medam yo genyen pou yo pote timoun gen efè sou sante yo. Fi ki nan laj pou fè pitit ka gen malèz fizik regilyèman. Se toutbon, yo merite yon atansyon espesyal ak konsiderasyon lè y ap viv peryòd malèz sa yo oubyen lè yo ansent oswa lè yo fin akouche, peryòd ki konn vrèman epuizan pou yo. Yon mari ki bay madanm li onè, paske li rekonèt madanm li bezwen sipò, ap fè tout sa li kapab pou maryaj la reyisi.

Lè mari ak madanm pa nan menm relijyon

11. Nan ki sans yon maryaj ka reyisi menmsi mari a ak madanm nan pa nan menm relijyon ?

11 Bon, e si moun ki marye yo pa gen menm pwennvi nan domèn relijye, paske kèk tan apre yo te fin marye, youn pran laverite tandiske lòt la pa aksepte laverite ? Èske yon maryaj konsa ka reyisi ? Wi, e eksperyans anpil moun fè montre sa. Yon mari ak yon madanm ki pa gen menm pwennvi nan domèn relijye ka toujou reyisi maryaj yo, sa vle di maryaj la ka dire e li ka pote bonè pou yo toule de. Mete sou sa, maryaj la toujou valab nan je Jewova, yo toujou fòme “ yon sèl chè ”. Se poutèt sa, yo ankouraje kretyen ki marye yo pou yo kontinye viv ansanm ak konjwen yo ki pa kwayan, si li dakò kontinye viv ak yo. Si yo gen pitit, timoun yo ap jwenn byenfè grasa fidelite paran ki kretyen an. — 1 Korentyen 7:12-14.

12, 13. Selon konsèy Pyè te bay la, kòman yon kretyèn ki marye ka ede mari li ki pa kwayan ?

12 Pyè te bay kretyèn ki gen mari yo ki pa pataje menm fwa ak yo bonjan konsèy. Mari ki kretyen k ap viv nan menm sitiyasyon an ka suiv konsèy sa yo tou. Pyè ekri : “ Nou menm madanm, se pou nou soumèt nou devan pwòp mari nou, yon fason pou, si genyen ki pa obeyi pawòl la, konduit madanm yo ka ramne yo san pawòl, paske yo temwen ak je yo jan madanm yo gen yon konduit dwat ansanm ak yon gwo respè. ” — 1 Pyè 3:1, 2.

13 Si, avèk tak, yon madanm reyisi esplike mari li kwayans li, se byen. Men, e si mari a pa vle tande koze konsa ? Se chwa pa l. Sepandan, tout espwa pa pèdi, paske bèl konduit kretyen yo genyen se yon gwo temwayaj tou. Gen anpil mari, okòmansman ki pa t enterese oubyen ki te opoze ak kwayans madanm yo, ki vin nan “ dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl la ”, apre yo fin wè bèl konduit madanm yo (Travay 13:48). Menmsi yon mari pa aksepte laverite, konduit madanm li ka toujou fè yon bèl enpresyon sou li, e sa pap manke pa gen yon bon efè sou maryaj yo. Gen yon mesye ki gen madanm li Temwen Jewova ki admèt li pap janm ka viv ann amoni ak prensip moral elve Temwen yo. Poutan, li di li kontan dèske li gen yon bon madanm, e avèk antouzyas, li te fè louwanj pou madanm li ansanm ak lòt Temwen yo nan yon lèt li te voye bay yon jounal.

14. Ki jan yon mari ka ede madanm li ki pa kwayan ?

14 Menm jan an tou, mari kretyen ki suiv prensip ki gen nan pawòl Pyè a rive ramne madanm yo grasa konduit pa yo. Madanm yo ki pa kwayan remake jan mari yo vin pran responsablite yo, yo sispann gaspiye lajan nan fimen, nan bwè ak nan jwèt aza. E yo pa itilize vye mo ankò lè y ap pale. Kèk nan konjwen sa yo vin fè konesans ak lòt manm kongregasyon an. Yo sezi wè lanmou ak fratènite ki egziste pami kretyen yo. E konpòtman frè ak sè yo atire yo, e konsa yo vin sèvi Jewova. — Jan 13:34, 35.

“ Kalite moun nou ye nan fon kè nou ”

15, 16. Ak ki jan de konduit yon kretyèn ki marye ka ramne yon mari ki pa kwayan ?

15 Ki jan de konduit konsa ki ka ramne yon mari ? An reyalite, se konduit kretyèn yo vin gen lakay yo tou natirèlman. Pyè di : “ Se pa pou abiman nou se sa nou met sou kò nou an sèlman, ki gen ladan l trese cheve, met bijou annò oubyen met rad, men se kalite moun nou ye nan fon kè nou ki pou abiman nou, kote nou abiye ak yon lespri ki dou e ki pezib, yon abiman ki pa ka blaze, e ki gen anpil valè nan je Bondye. Paske se konsa lontan tou medam ki sen yo te konn abiye, medam ki te mete esperans yo nan Bondye yo, toutpandan yo soumèt yo devan pwòp mari yo, menm jan Sara te konn obeyi Abraram, li te rele l “ seyè ”. E nou menm nou vin pitit li, depi nou kontinye fè sa ki byen e nou pa pè okenn bagay ki ka fè nou pè. ” — 1 Pyè 3:3-6.

16 Pyè bay fi ki kretyèn nan konsèy pou l pa konte sou aparans li. Okontrè, se pou l kite mari l rann li kont jan ansèyman ki nan Bib la gen efè sou moun li ye pa anndan an. Mari l dwe wè nan aksyon l, jan li vin gen yon nouvo pèsonalite. Petèt, mari l ap konstate diferans ki genyen ant pèsonalite li vin genyen an ak ansyen pèsonalite li te gen anvan an (Efezyen 4:22-24). Se sèten, mari yon sè konsa ap dekouvri nan ki pwen “ lespri ki dou e ki pezib ” madanm li manifeste a se yon kalite ki ankourajan e ki atiran. Yon atitid konsa non sèlman ap fè yon mari plezi, men li gen “ anpil valè nan je Bondye ”. — Kolosyen 3:12.

17. Ki bèl egzanp Sara kite pou kretyèn ki marye yo ?

17 Yo prezante Sara kòm modèl, kòm egzanp ki merite pou kretyèn ki marye yo imite, kit mari yo kwayan kit yo pa kwayan. Sara te konsidere Abraram kòm chèf li, e pa t gen diskisyon sou sa. E menm nan kè l, li te rele Abraram “ seyè ”. (Jenèz 18:12.) Epoutan, sa pa t retire nan diyite l pou sa. Li klè, Sara te yon madanm ki djanm espirityèlman e, pèsonèlman, li te gen yon fwa solid nan Jewova. Dayè li fè pati “ gwo nyaj temwen ” ki te gen lafwa yo site kòm egzanp yo, egzanp ki dwe ankouraje nou “ kouri kous ki devan nou an avèk andirans ”. (Ebre 11:11 ; 12:1.) Se pa yon bagay ki degradan pou yon kretyèn ki marye sanble ak Sara.

18. Lè de moun marye pa nan menm relijyon, ki prensip ki ta dwe aplike ?

18 Lè de moun marye pa nan menm relijyon, se toujou mari a ki chèf fanmi an. Si se li menm ki kwayan, l ap montre konsiderasyon pou kwayans madanm li, san li pa fè konpwomi ak pwòp fwa pa li. Si se madanm nan ki kwayan, li menm tou li pap fè konpwomi ak fwa pa li (Travay 5:29). Sepandan, li pap konteste otorite mari l. L ap respekte pozisyon mari l okipe a e l ap rete anba “ lwa mari l ”. — Women 7:2.

Konsèy saj ki nan Bib la

19. Site kèk bagay ki ka mete presyon sou lyen ki ini de moun ki marye, men, ki jan yo ka reziste devan presyon sa yo ?

19 Jodi a, gen anpil bagay ki ka mete presyon sou lyen ki ini de moun ki marye. Gen kèk gason ki pa pran responsablite yo. Gen kèk fi ki refize aksepte otorite mari yo. Nan kèk fanmi menm, se youn nan konjwen yo k ap maltrete lòt la. Pwoblèm ekonomik, enpèfeksyon nou gen lakay nou, san konte lespri monn nan ki imoral e ki defòme bon prensip yo, tout sa ka mete fidelite yo aleprèv. Sepandan, kretyen ak kretyèn ki suiv prensip biblik yo resevwa benediksyon nan men Jewova, kèlkeswa sitiyasyon yo. E menmsi se yon sèl nan de moun marye yo ki aplike prensip biblik yo, bagay yo pi bon pase lè pa gen okenn nan yo ki fè sa. Anplis de sa, Jewova renmen sèvitè li yo ki rete fidèl nan maryaj yo malgre sitiyasyon difisil yo rankontre e li soutni yo. Li pa bliye fidelite yo. — Sòm 18:25 ; Ebre 6:10 ; 1 Pyè 3:12.

20. Ki konsèy Pyè te bay tout kretyen ?

20 Apre apot Pyè te fin bay gason ak fi ki marye yo konsèy, pou fini, li te di pawòl ankourajan sa yo : “ Finalman, se pou nou tout gen menm panse. Montre nou gen kè sansib e nou gen afeksyon youn pou lòt antanke frè, montre nou gen yon tandrès ki melanje ak konpasyon, montre nou gen imilite. Pa rann mal pou mal oswa jouman pou jouman, men, okontrè, se benediksyon ki fèt pou sot nan bouch nou, paske se konsa nou sipoze mache, yon fason pou nou ka eritye yon benediksyon. ” ​(1 Pyè 3:8, 9). Wi, se yon konsèy saj pou tout moun, sitou pou moun ki marye yo.

Èske nou sonje ?

• Ki jan mari ki kretyen yo imite Jezi ?

• Ki jan kretyèn ki marye yo imite kongregasyon an ?

• Ki fason mari yo ka onore madanm yo ?

• Yon kretyèn ki gen mari li ki pa kwayan, ki pi bon atitid pou li genyen ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Yon mari ki kretyen renmen madanm li e li pran swen l.

Yon kretyèn ki marye respekte mari l e li onore l.

[Foto nan paj 24]

Kontrèman ak lwa women yo, ansèyman kretyen yo te egzije pou yon mari onore madam li.

[Foto nan paj 25]

Ni gason ni fi ki fè pati “ gwo foul la ” gen espwa pou yo viv pou toutan nan Paradi a.

[Foto nan paj 27]

Sara te konsidere Abraram kòm seyè li.