Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou ka reyisi maryaj nou nan monn jodi a

Nou ka reyisi maryaj nou nan monn jodi a

Nou ka reyisi maryaj nou nan monn jodi a

“ Se pou nou abiye nou ak lanmou, paske se yon chenn san fay ki ini nou. ” — KOLOSYEN 3:14.

1, 2. a) Konsènan kongregasyon kretyèn nan, ki enfòmasyon nou jwenn ki ankourajan ? b) Ki sa sa vle di yon maryaj reyisi ?

LÈ NOU gade nan kongregasyon kretyèn nan èske li pa rekonfòtan pou nou wè tout moun marye sa yo ki fidèl youn ak lòt depi 10, 20, 30 an e menm depi plis ane toujou ? Yo rete fidèl ak konjwen yo malgre tout kalite difikilte, malgre tout sa ki rive. — Jenèz 2:24.

2 Pifò moun ap admèt yo rankontre difikilte nan maryaj yo. Gade ki sa yon obsèvatè ekri : “ Pa gen maryaj ere san okenn pwoblèm. Konn gen bon moman, konn gen move moman [...]. Men, kèlkeswa jan sa ye, [...] moun ki ere nan maryaj yo rete ansanm malgre tout tètchaje ki gen nan lavi a jodi a. ” Presyon ki gen nan lavi a konn lakòz moman boulvès ak moman kalamite moun marye yo pa ka evite, sitou si yo gen timoun y ap leve. Men, koup ki reyisi yo aprann jere moman sa yo. Yo aprann, grasa pwòp eksperyans yo, vrè lanmou an “ pap janm pase ”. — 1 Korentyen 13:8.

3. Ki sa estatistik ki fèt sou maryaj ak divòs montre, e ki kesyon sa soulve ?

3 Yon lòt bò, gen plizyè milyon maryaj ki efondre. Gen yon rapò ki di : “ Nan tout maryaj ki fèt Ozetazini jodi a, mwatye nan yo gen pou yo tonbe nan yon divòs. E mwatye nan [divòs] sa yo ap fèt nan 7,8 premye ane maryaj la. [...] Pami 75 pousan moun ki remarye yo, gen 60 pousan k ap divòse ankò. ” Menm nan peyi kote kantite moun ki divòse yo te plizoumwen ba anvan sa, vin gen ogmantasyon nan kantite a. Nan peyi Japon pa egzanp, kantite moun ki divòse yo prèske double nan dènye ane sa yo. Ki pwoblèm konsa ki pwovoke sitiyasyon sa a, pwoblèm nou jwenn pafwa menm anndan kongregasyon kretyèn nan ? Ki sa ki nesesè pou yon maryaj reyisi, malgre efò Satan ap fè pou minen dispozisyon sa a ?

Kèk pyèj pou nou evite

4. Site kèk bagay ki ka minen yon maryaj.

4 Pawòl Bondye a ede nou idantifye kèk bagay ki ka minen yon maryaj. Pa egzanp, ann egzamine pawòl apot Pòl te di konsènan kondisyon ki t ap egziste nan monn nan pandan dènye jou yo. Li di : “ Nan dènye jou yo, pral gen tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte. Paske lèzòm ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap awogan, ògeye, blasfematè, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, san fidelite, san afeksyon natirèl, san lespri antant, medizan, san metriz, fewòs, san lanmou pou sa ki byen, trèt, tèti, gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi pito pase pou yo renmen Bondye, y ap gen atachman ak Bondye pou lafòm, men y ap rejte fòs li. Epi vire do w bay moun sa yo. ” — 2 Timote 3:1-5.

5. Poukisa yon moun ki “ renmen pwòp tèt ” li mete maryaj li an danje, e ki konsèy Bib la bay sou sa ?

5 Lè nou analize pawòl Pòl la, nou remake anpil nan bagay li site yo ka fè relasyon ki genyen ant de moun marye kraze. Pa egzanp, moun ki “ renmen pwòp tèt ” yo se moun ki egoyis, e yo manke konsiderasyon pou lòt moun. Yon mari oubyen yon madanm ki renmen pwòp tèt li sèlman, se yon moun ki detèmine pou l jwenn sa l vle. Se pa yon moun ki dispoze sede. Èske yon atitid konsa ap fè gen kè kontan nan yon maryaj ? Jamè ! Apot Pòl te bay kretyen yo yon konsèy saj ki konsène moun marye tou. Li di yo : “ [Nou pa dwe] fè anyen nan diskisyon ni paske nou vle toujou devan, men avèk imilite, annou konsidere lòt moun yo siperyè nou, etan n ap montre nou pa enterese sèlman nan zafè pa nou, men nou enterese tou nan sa ki konsène lòt moun. ” — Filipyen 2:3, 4.

6. Ki jan lanmou pou lajan ka minen relasyon ki genyen ant de moun marye ?

6 Lanmou pou lajan ka lakòz divizyon ant mari ak madanm. Pòl te bay avètisman sa a : “ Moun ki pran rezolisyon pou yo rich tonbe nan tantasyon, nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki ensanse e ki nuizib, ki lage moun nan destriksyon e nan dezas. Paske lanmou pou lajan se rasin tout kalite move bagay, e gen kèk moun, lè yo panche pou yon lanmou konsa, yo pèdi chemen lafwa a e yo pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans. ” ​(1 Timote 6:9, 10). Malerezman, move bagay Pòl te bay avètisman sou yo a rive nan anpil maryaj jodi a. Nan chèche richès, anpil moun marye bliye bezwen konjwen yo, tankou pa egzanp bezwen esansyèl yo genyen pou yo jwenn yon soutyen afektif e pou yo toujou gen yon bonjan konpayon ki toujou la pou yo.

7. Nan kèk ka, ki konduit ki ka lakòz yon moun marye vin tonbe nan enfidelite ?

7 Pòl te di tou, nan dènye jou yo, gen kèk moun ki t ap “ san fidelite, san afeksyon natirèl, san lespri antant ”. Ve moun marye yo fè a se yon pwomès serye ki dwe abouti nan yon relasyon pèmanan. Sa pa ta dwe mennen nan trayizon (Malaki 2:14-16). Malerezman, gen kèk moun marye ki bay moun ki pa konjwen yo yon atansyon santimantal. Yon madanm ki nan trantèn li ki gen mari l ki kite l esplike, anvan menm mari a te kite l, li te konn twò alèz, twò janti ak lòt fi. Li pa t vle rekonèt konduit li genyen an pa apwopriye pou yon mesye marye. Sa te fè madanm nan mal anpil lè li te wè sa k ap pase e, avèk tak, li te eseye fè mari a wè li sou yon move pant. Finalman, misye tonbe nan adiltè. Malgre, avèk jantiyès, yo te avèti mari ki t ap mal aji a, li pa t vle koute. Li te tonbe tèt bese nan pyèj la. — Pwovèb 6:27-29.

8. Ki sa ki ka lakòz yon moun fè adiltè ?

8 Ala klè avètisman Bib la bay sou adiltè a klè ! Li di : “ Nenpòt moun ki fè adiltè ak yon fi se yon moun ki manke konprann, moun ki fè sa se pwòp nanm li l ap detwi. ” ​(Pwovèb 6:32). Jeneralman, adiltè se pa yon aksyon moun fè san reflechi, ni sou kout tèt. Tankou Jak, yon ekriven biblik, souliye sa, byen souvan, yon moun fè yon peche, tankou adiltè konsa, sèlman apre lespri l fin imajine aksyon an epi li kontinye reflechi sou li (Jak 1:14, 15). Tikras pa tikras, konjwen ki mal aji a sispann fidèl ak moun li te pwomèt l ap rete fidèl ak li tout lavi l la. Jezi di : “ Nou tande yo te di : ‘ Ou pa dwe fè adiltè. ’ Men, mwen menm mwen di nou, nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske l vin gen yon pasyon pou li, moun sa a deja komèt adiltè avèk li nan kè l. ” — Matye 5:27, 28.

9. Ki konsèy saj nou jwenn nan Pwovèb 5:18-20 ?

9 Se sa k fè, fason pou yon moun ki saj e ki fidèl viv se fason liv Pwovèb la ankouraje a. Li di : “ Se pou sous dlo w beni, epi rejwi w avèk madanm ou genyen depi lè w te jèn nan, bich emab, bèl kabrit nan montay. Se pou tete l soule w tout tan. Se pou lanmou l toujou vire lòlòj ou. Kidonk, pitit gason m, poukisa pou w ta kite yon fi etranje vire lòlòj ou, oubyen pou w ta manyen tete yon fi etranje ? ” — Pwovèb 5:18-20.

Pa kouri marye

10. Poukisa li saj pou nou pran tan pou nou aprann konnen yon moun ki pral vin konjwen nou ?

10 Lè de moun kouri marye, sa ka fè gen pwoblèm nan maryaj la. Yo ka twò jèn e yo ka manke eksperyans. Oubyen petèt, yo pa pran tan pou youn konn lòt, pou youn konn sa lòt renmen ak sa lòt pa renmen, pou yo konn objektif yo nan lavi ak kalite edikasyon yo chak te resevwa nan fanmi yo. Li saj pou nou montre nou pasyan. Pran tan pou nou aprann konnen moun ki pral vin konjwen nou an. Sonje Jakòb, pitit Izarak la. Li te oblije travay setan pou bòpè l anvan bòpè a te otorize l marye ak Rachèl. Li te dispoze fè sa paske santiman li te genyen pou Rachèl te baze, non pa sou atirans fizik, men sou vrè lanmou an. — Jenèz 29:20-30.

11. a) Ki kalite moun maryaj ini ansanm ? b) Poukisa lè nou kontwole sa n ap di, sa gen anpil enpòtans nan maryaj ?

11 Maryaj vle di plis pase yon senp relasyon santimantal. Se yon dispozisyon ki ini de moun anba menm jouk, de moun ki pa leve menm jan e ki pa gen menm pèsonalite. Li ini de moun ki fèt yon fason ki diferan nan domèn afektif, de moun ki, byen souvan, pa resevwa menm enstriksyon. Pafwa, maryaj ini de moun ki pa gen menm kilti e ki gendwa pa menm pale menm lang. Men, menmsi se pa ta youn nan sitiyasyon sa yo, maryaj se inyon de vwa ki gen posiblite eksprime opinyon ki diferan sou tout kalite sijè. Se de vwa sa yo ki fòme de pati ki fè maryaj la. Yo ka toujou kritik nan fason yo eksprime opinyon yo, yo ka toujou ap plenyen, oubyen yo ka eksprime yo yon fason ki ankourajan e ki edifyan. Wi, ak pawòl nou, nou ka fè konjwen nou mal oubyen nou ka fè l byen. Si yon konjwen pa kontwole pawòl li, sa ka lakòz gwo tansyon nan yon maryaj. — Pwovèb 12:18 ; 15:1, 2 ; 16:24 ; 21:9 ; 31:26.

12, 13. Ki pwennvi reyalis li ta bon pou yon moun genyen sou kesyon maryaj ?

12 Se sa k fè li saj pou nou vrèman pran tan pou nou konnen moun ki pral vin konjwen nou an. Gen yon sè ki gen anpil eksperyans ki te di yon fwa : “ Lè w wè yon moun ki ta ka vin konjwen w, reflechi petèt sou dis kondisyon fondamantal ou ta renmen moun sa a ranpli. Si se sèt sèlman li rive ranpli, mande tèt ou : ‘ Èske m dispoze pase sou twa sa l pa ranpli yo ? Èske jou apre jou m ap ka tolere l malgre sa ki manke yo ? ’ Si w gen dout, fè yon ti kanpe epi reflechi ankò. ” Natirèlman, ou bezwen reyalis. Si w vle marye, se pou w konnen ou pap janm jwenn yon konjwen ki pafè. Epi, finalman, moun ki pral marye avè w la, li pap jwenn yon konjwen ki pafè nonplis. — Lik 6:41.

13 Ki di maryaj di sakrifis. Pòl te mete aksan sou sa lè li te di : “ Mwen vle pou nou libere anba tout sousi. Gason ki pa marye a sousye l pou bagay Seyè a, ki jan l ap fè pou l jwenn apwobasyon Seyè a. Men gason ki marye a sousye l pou bagay monn nan, ki jan l ap fè pou l jwenn apwobasyon madanm li, e konsa li divize. Anplis, fi ki pa marye a, ansanm ak vyèj la, sousye yo pou bagay Seyè a, pou yo ka sen ni nan kò yo ni nan espri yo. Sepandan, fi ki marye a sousye l pou bagay monn nan, ki jan l ap fè pou l jwenn apwobasyon mari l. ” — 1 Korentyen 7:32-34.

Rezon ki fè kèk maryaj kraze

14, 15. Site kèk bagay ki ka lakòz lyen ki ini de moun marye vin febli.

14 Gen yon sè ki fèk sot viv soufrans ki gen nan zafè divòs, lè mari l te kite l, epi li pran yon lòt fi, apre 12 an maryaj. Anvan divòs la, èske sè a te remake kèk siy ki te fè l santi bagay yo pa nòmal ? Men sa sè a esplike anpalan de mari a : “ Li te rive nan yon pwen kote li pa t priye ankò. Li te chèche tout kalite eskiz ki pa fonde pou l pa ale nan reyinyon e pou l pa al preche. Lè pou l pase ti tan avè m, li deklare swa li twò okipe swa li twò fatige. Li te refize pale avè m. Kanta pou pale sou sijè espirityèl avè m, pa t gen sa pyès. Sa fè m lapèn, tèlman li te vin chanje. Li pa t menm moun mwen te marye avè l la ankò. ”

15 Gen lòt moun ki di yo remake menm pwoblèm yo : moun ki neglije fè etid pèsonèl, ki neglije priye oubyen ki neglije al nan reyinyon. Sa vle di, anpil moun finalman ki kite konjwen yo, se paske yo te kite relasyon yo avèk Jewova vin deteryore. E kòm konsekans, vizyon espirityèl yo vin diminye. Jewova vin pa yon Dye vivan pou yo ankò. Pwomès li fè pou gen yon monn nouvo kote pral gen jistis la pa yon reyalite pou yo ankò. E nan kèk ka, feblès espirityèl sa a manifeste anvan menm moun ki enfidèl la al atache l ak yon lòt moun ki pa konjwen l. — Ebre 10:38, 39 ; 11:6 ; 2 Pyè 3:13, 14.

16. Ki sa ki ka fè yon maryaj solid ?

16 Tandiske, gen yon koup ki jwenn anpil kè kontan ki di sa k fè yo reyisi maryaj yo se bonjan relasyon espirityèl ki genyen antre yo. Yo priye ansanm e yo etidye ansanm. Mari a di : “ Nou li Bib la ansanm. Nou al preche ansanm. Nou renmen travay ansanm. ” Leson an klè : lè yon moun toujou gen bon relasyon ak Jewova, se yon kokenn èd pou fè yon maryaj solid.

Se pou nou reyalis e se pou nou kominike youn ak lòt

17. a) Site de bagay ki ka fè yon maryaj reyisi. b) Ki jan Pòl dekri lanmou kretyen yo dwe genyen youn pou lòt ?

17 Gen de lòt bagay ki ka fè yon maryaj reyisi : lanmou ak kominikasyon. Lè de moun renmen, gen yon tandans pou youn pa pran defo lòt an konsiderasyon. Yo ka al marye pandan yo gen yon seri de bagay egzajere yo espere jwenn nan maryaj la. Petèt, bagay sa yo baze sou sa yo konn li nan woman oubyen sa yo konn wè nan fim. Sepandan, towouta, de moun yo gen pou yo fè fas ak reyalite a. Lè sa a, ti defo ki te toupiti oubyen abitid ki pa t konn tèlman irite yo ka tounen gwo pwoblèm. Si sa rive, li nesesè pou kretyen yo manifeste fwi lespri a, e youn nan eleman ki gen ladan l se lanmou (Galat 5:22, 23). Wi, lanmou, se pa lanmou santimantal la non, men lanmou kretyen yo dwe genyen youn pou lòt la, se yon santiman ki pisan anpil. Pòl di lanmou sa a ‘ pasyan e li bon, li pa chèche pwòp enterè pa li, li pa irite. Li pa okipe bagay mal yo fè. Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay ’. (1 Korentyen 13:4-7.) Li evidan, vrè lanmou an pran feblès moun gen lakay yo an konsiderasyon. Li pa atann pou l jwenn pèfeksyon lakay moun. — Pwovèb 10:12.

18. Ki jan kominikasyon ka fè relasyon ki genyen ant mari ak madanm vin solid ?

18 Kominikasyon se yon bagay ki trèzenpòtan tou. Kèlkeswa kantite ane de moun genyen depi yo marye, yo dwe pale youn ak lòt e youn dwe koute lòt avèk atansyon. Gen yon mari ki di : “ Nou di youn lòt franchman sa nou santi, men nou fè sa yon fason amikal. ” Eksperyans yon mari oubyen yon madanm vin genyen konn fè yo aprann tande non sèlman sa konjwen l di men tou, sa l pa di. Sa vle di, avèk letan, de moun marye ki ere aprann disène sa ki nan panse konjwen l oubyen santiman li pa eksprime. Gen kèk madanm ki di mari yo pa vrèman tande yo. Tandiske, gen kèk mari menm k ap plenyen paske madanm yo sanble toujou vle pale ak yo nan pi move moman yo. Kominikasyon mande konpasyon ak konpreyansyon. Yon bonjan kominikasyon itil ni pou mari ni pou madanm. — Jak 1:19.

19. a) Poukisa li difisil pou moun mande eskiz ? b) Ki sa k ap pouse nou pou nou mande eskiz ?

19 Pafwa, kominikasyon konn vle di mande eskiz. Se pa yon bagay ki toujou fasil. Sa mande imilite pou yon moun admèt erè l. Men tou, se pa ti ede sa ka ede pou fè yon maryaj solid ! Yon eskiz ki prezante avèk senserite ka tou elimine yon sitiyasyon ki t apral koz yon diskisyon pi devan. Li ka aplani wout pou vrè padon e li ka pote solisyon pou pwoblèm. Pòl di : “ Kontinye sipòte nou youn lòt, e kontinye padone nou youn lòt, san grate tèt, si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt. Menm jan Jewova padone nou san grate tèt, nou menm tou fè menm jan. Men, apa de tout bagay sa yo, se pou nou abiye nou ak lanmou, paske se yon chenn san fay ki ini nou. ” — Kolosyen 3:13, 14.

20. Ki jan yon kretyen dwe trete konjwen l ni an prive ni devan lòt moun ?

20 Men yon lòt bagay ankò ki enpòtan nan yon maryaj : youn fèt pou soutni lòt. Yon mari ak yon madanm ki kretyen dwe anmezi pou youn fè lòt konfyans, pou youn konte sou lòt. Youn pa ta dwe ap kraze lòt, sa vle di pou youn ap rabese lòt opwen pou l fè lòt la pèdi konfyans li gen nan tèt li. Se pou nou felisite konjwen nou avèk amou, se pa pou n ap kritike l avèk mechanste (Pwovèb 31:28b). Sètènman, nou pap imilye konjwen nou nan bat plezi sou do l ak lòt moun (Kolosyen 4:6). Nou ka ranfòse soutyen sa a youn ap bay lòt la lè nou eksprime afeksyon nou youn pou lòt regilyèman. Yon ti jès, oubyen yon ti pawòl dous kapab vle di : “ Mwen toujou renmen w. Mwen kontan genyen w bò kote m. ” Sa yo se kèk nan bagay ki ka fè efè sou relasyon yon mari genyen ak madanm li e ki ka pèmèt yon maryaj reyisi nan monn jodi a. Men, gen lòt ankò. Atik ki vin apre a pral ban nou lòt enstriksyon biblik sou sa nou ka fè pou nou reyisi maryaj nou *.

[Nòt anba paj]

^ § 20 Pou plis detay, gade liv Le secret du bonheur familial la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske w ka esplike ?

• Site kèk bagay ki ka minen yon maryaj.

• Poukisa li pa saj pou de moun kouri marye ?

• Ki efè bon abitid espirityèl ka genyen sou yon maryaj ?

• Site kèk bagay ki ka ede yon maryaj vin stab.

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Maryaj vle di plis pase yon senp relasyon santimantal.

[Foto nan paj 21]

Bonjan relasyon avèk Jewova ap ede koup yo reyisi maryaj yo.