Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Rit la

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Rit la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Rit la

SE YON dram pasyonan sou fidelite ki te egziste ant de medam. Se yon istwa ki montre apresyasyon moun genyen pou Jewova Dye e ki montre konfyans yo genyen nan dispozisyon li mete sou pye. Se yon istwa ki atire atansyon sou enterè sensè Jewova montre pou liy fanmi Mesi a. Se yon deskripsyon ki touchan konsènan jwa ak chagren yon fanmi. Liv biblik Rit la gen tout sa ladan l e li gen plis toujou.

Evènman yo rapòte nan liv Rit la te pase sou yon peryòd 11 an anviwon, “ nan epòk kote jij yo t ap bay jistis ” ann Izrayèl (Rit 1:1). Sa dwe te rive nan kòmansman epòk Jij yo, paske Bowaz, yon grandon, youn nan aktè dram reyèl sa a, se te pitit Rahab, e Rahab t ap viv nan epòk Jozye (Jozye 2:1, 2 ; Rit 2:1 ; Matye 1:5). Aparamman, se pwofèt Samyèl ki te ekri istwa sa a an 1090 anvan epòk nou an. Se sèl liv nan Bib la ki pote non yon fi ki pa Izrayelit. Mesaj li gen ladan l lan “ vivan e li pisan ”. — Ebre 4:12.

“ KOTE W ALE, SE LA M PRALE ”

(Rit 1:1–2:23)

Lè Nawomi ak Rit rive Betleyèm, se de yo menm tout moun ap pale. Anpalan de pi gran nan yo de a, medam nan vil la ap plede mande : “ Èske se Nawomi sa ? ” Lè sa a Nawomi di : “ Pa rele m Nawomi. Rele m Mara, paske Toupisan an fè bagay yo vin anmè anpil pou mwen. Mwen te chaje lè m t aprale, e se men vid Jewova fè m tounen. ” — Rit 1:19-21.

Lè te gen yon grangou ann Izrayèl ki te lakòz fanmi Nawomi deplase kite Betleyèm pou l ale nan peyi Mowab, li te “ chaje ” lefètke li te gen yon mari ak de pitit gason. Sepandan, kèk tan apre li te fin bwote al rete Mowab, mari l Elimelèk mouri. Apre sa, de pitit gason l yo marye ak de medam Mowabit, Òpa ak Rit. Anviwon dizan apre, de pitit gason l yo mouri san yo pa fè pitit. Konsa, twa medam yo ret poukont yo. Lè bèlmè a, Nawomi, deside retounen Jida, vèv ki te madanm pitit gason l yo ale avè l. Pandan yo sou wout, Nawomi ankouraje bèlfi l yo pou yo retounen Mowab al chèche yon moun pou yo marye pami pèp pa yo. Òpa dakò. Sepandan, Rit, ki te atache ak Nawomi, di : “ Kote w ale se la m prale, e kote w pase nuit se la m ap pase nuit. Pèp ou ap pèp mwen, e Dye w ap Dye mwen. ” — Rit 1:16.

De vèv yo, Nawomi ak Rit, rive Betleyèm nan kòmansman rekòt lòj. Rit pwofite de dispozisyon Lalwa Bondye a te mete sou pye, li kòmanse grapiye nan yon jaden ki se pwopriyete yon fanmi Elimelèk, yon granmoun Juif ki rele Bowaz. San Bowaz ale ak Rit, e li kontinye grapiye nan jaden l lan “ jiskaske rekòt lòj la ak rekòt ble a ” fini. — Rit 2:23.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:8 — Poukisa Nawomi te di bèlfi l yo pou yo ‘ chak tounen lakay manman yo ’ olye l di yo pou yo tounen lakay papa yo ? Yo pa di si papa Òpa te vivan lè sa a. Sepandan, papa Rit te toujou vivan (Rit 2:11). Konsa, lè Nawomi te pale de lakay manman, petèt li t ap panse sa ta kapab fè yo sonje byennèt ak rekonfò ki genyen nan afeksyon manman. Sa ta kapab patikilyèman rekonfòtan pou medam yo ki te anvayi ak chagren lè pou yo kite bèlmè cheri yo a. Pawòl sa a kapab lese konprann tou, kontrèman ak Nawomi, manman Rit ak manman Òpa te gen pwòp kay pa yo.

1:13, 21 — Èske Jewova te fè lavi a vin anmè pou Nawomi, èske li te lage l nan kalamite ? Non. Nawomi pa t di anyen mal sou Bondye. Sepandan, lè li wè tout sa ki te rive l, li te panse Jewova te kont li. Li te vin anmè e li te desi. Anplis de sa, nan epòk sa a, yo te konsidere fwi zantray kòm benediksyon Bondye bay e yo te konsidere pa ka fè pitit kòm yon malediksyon. Nawomi ka te santi li gen rezon panse Jewova imilye l, paske li pa gen okenn pitit pitit e li pèdi de pitit gason l yo.

2:12 — Ki “ salè total ” Rit te resevwa nan men Jewova ? Rit te gen yon pitit gason e li te resevwa privilèj pou l fè pati liy fanmi ki pi enpòtan nan listwa : fanmi Jezi Kris. — Rit 4:13-17 ; Matye 1:5, 16.

Leson pou nou jodi a :

1:8 ; 2:20. Malgre gwo malè ki te frape Nawomi, li te toujou mete konfyans li nan bonte ki plen lanmou Jewova genyen. Nou dwe fè menm jan an tou, sitou lè nou anba eprèv ki rèd anpil.

1:9. Yon kay pa ta dwe sèlman yon kote moun nan fanmi an manje epi dòmi. Li dwe yon kote ki pezib pou moun jwenn repo ak rekonfò.

1:14-16. Òpa te “ retounen al jwenn pèp li ak dye l yo ”. Rit pa t fè sa li menm. Li te abandone konfò ak byennèt ki gen nan peyi l e li te rete fidèl ak Jewova. Si nou kiltive lanmou fidèl pou Bondye e nou manifeste yon espri sakrifis, sa ap pwoteje nou pou nou pa lage kò nou nan dezi egoyis e pou nou pa “ fè bak pou destriksyon ”. — Ebre 10:39.

2:2. Rit te dakò pwofite de dispozisyon grapiyay la yo te mete sou pye pou ede etranje ak moun ki aflije. Se te yon moun ki enb. Yon kretyen ki nan bezwen pa dwe pran tèt li pou yon pakèt afè lè pou l aksepte èd ki plen lanmou li jwenn nan men kwayan parèy li oswa yon èd gouvènmantal, si li ranpli kondisyon pou sa.

2:7. Malgre Rit te gen dwa grapiye, li te mande pèmisyon anvan li fè sa (Levitik 19:9, 10). Se te yon siy ki montre li enb. Nou montre nou saj lè nou “ chèche imilite ”, paske “ moun ki enb yo yo menm pral posede tè a. E vrèmanvre, yo pral pran tout plezi yo nan abondans lapè ”. — Sefànya 2:3 ; Sòm 37:11.

2:11. Rit te plis pase yon fanmi pou Nawomi. Li te yon bon zanmi pou li (Pwovèb 17:17). Amitye yo a te solid paske li te baze sou yon seri kalite, tankou lanmou, fidelite, konpreyansyon, bonte, espri sakrifis. Sa k pi enpòtan an, amitye sa a te baze sou espirityalite yo, sa vle di dezi yo genyen pou yo sèvi Jewova e pou yo fè pati adoratè l yo. Nou menm tou nou gen bèl okazyon pou nou devlope bonjan amitye avèk vrè adoratè parèy nou yo.

2:15-17. Menm lè Bowaz te fè yon jan pou l aleje travay Rit, Rit “ te kontinye grapiye nan jaden an jis aswè ”. Rit te konn travay di. Yon kretyen dwe gen repitasyon yon travayè ki abil.

2:19-22. Leswa, Nawomi ak Rit te konn gen konvèsasyon ki agreyab. Pi gran an te enterese nan aktivite pi jèn nan. Yo toule de te konn eksprime sa k nan panse yo ak sa ki nan kè yo san pwoblèm. Èske sa ta dwe diferan nan yon fanmi kretyen ?

2:22, 23. Kontrèman ak Dina, pitit fi Jakòb la, Rit te chèche frekante adoratè Jewova. Ala yon bèl egzanp pou nou ! — Jenèz 34:1, 2 ; 1 Korentyen 15:33.

NAWOMI VIN “ CHAJE ” ANKÒ

(Rit 3:1–4:22)

Nawomi twò granmoun pou l fè pitit. Se sa k fè li mande Rit pou l fè sa nan plas li pa mwayen yon maryaj racha, yon maryaj leviratik. Rit suiv enstriksyon Nawomi te ba li, li mande Bowaz pou l aji antanke rachtè. Bowaz dispoze fè sa yo mande l la. Sepandan, kòm gen yon fanmi ki pi pwòch pase l, se fanmi sa a an premye ki dwe jwenn opòtinite pou l fè racha a.

Bowaz pa t pèdi tan pou l regle sa. Demen maten, kou l jou, li rasanble dis ansyen nan Betleyèm devan fanmi ki pi pwòch la pou l mande l si li dispoze fè racha a. Mesye a refize. Se sa k fè, Bowaz aji antanke rachtè e li marye ak Rit. Apre yo fin marye, yo fè yon pitit gason ki rele Obèd. Li se granpapa wa David. Lè sa a, medam Betleyèm yo di Nawomi : “ Benediksyon pou Jewova [...] Li tounen moun ki restore nanm ou, moun k ap pran swen w nan vyeyès ou, paske se bèlfi w la ki fè l, li menm ki renmen w vrèman e ki vo pou ou plis pase sèt pitit gason. ” ​(Rit 4:14, 15). Dam ki te retounen Betleyèm ak “ men vid ” la vin “ chaje ” ankò ! — Rit 1:21.

Kesyon biblik ak tout repons :

3:11 — Ki sa ki te fè Rit gen repitasyon “ yon trè bon fi ” ? Se pa “ trese cheve ”, “ met bijou annò oubyen met rad ” ki te fè moun apresye Rit, men se ‘ kalite moun li ye nan fon kè l ’ la. Li te gen fidelite ak lanmou, imilite ak modesti, dilijans ak espri sakrifis. Kèlkeswa fi ki gen krent pou Bondye, ki ta renmen gen yon repitasyon menm jan ak Rit, li dwe travay di pou l kiltive kalite sa yo. — 1 Pyè 3:3, 4 ; Pwovèb 31:28-31.

3:14 — Poukisa Rit ak Bowaz te leve avanjou ? Se pa paske te gen yon aksyon imoral ki te fèt diran nuit lan e yo te vle kouvri sa. Sanble aksyon Rit te fè jou swa sa a te ann amoni ak sa fi yo te konn abitye fè lè y ap chèche dwa pou yo fè maryaj leviratik la. Li te aji ann amoni ak enstriksyon Nawomi te ba li. Anplis de sa, fason Bowaz te reyaji montre aklè li pa t wè anyen mal nan sa Rit te fè a (Rit 3:2-13). Sanble Rit ak Bowaz te leve byen bonè pou pèsonn pa ta jwenn okazyon pou y ap mache di sa k pa sa.

3:15 — Ki sans sa te genyen lefètke Bowaz te bay Rit sis mezi lòj ? Menm jan gen yon jou repo apre sis jou travay, petèt aksyon sa a siyifi jou repo pa Rit la te toupre rive. Bowaz te pran dispozisyon pou Rit jwenn “ yon kote trankil ” lakay mari l (Rit 1:9 ; 3:1). Sanble tou se sèlman sis mezi lòj Rit te kapab pote sou tèt li.

3:16 — Poukisa Nawomi te mande Rit : “ Kiyès ou ye, pitit fi m ? ” Èske se rekonèt li pa t rekonèt bèlfi l la ? Li pwobab pou se sa, paske lè Rit te retounen kot Nawomi, se posib li te toujou fènwa. Sepandan, kesyon an ka vle di tou Nawomi te bezwen konnen nouvo idantite Rit t apral genyen lefètke yo t apral rachtè l.

4:6 — Nan ki sans yon rachtè t ap “ fini ak ” eritaj li si l fè racha a ? Toudabò, si moun ki tonbe nan povrete a te vann tè li genyen kòm eritaj, yon rachtè t ap oblije achte tè a nan yon pri yo kalkile selon kantite ane ki rete anvan pwochen Jibile a (Levitik 25:25-27). Si l ta fè sa, sa t ap diminye valè byen li genyen an. Anplis de sa, si Rit ta vin fè yon pitit gason, se pitit gason sa a ki t ap eritye tè yo rachte a, se pa okenn lòt pwòch paran.

Leson pou nou jodi a :

3:12 ; 4:1-6. Bowaz te respekte dispozisyon Jewova te mete sou pye a, li te fè sa san rezèv. Èske nou menm tou nou suiv enstriksyon teyokratik yo san rezèv ? — 1 Korentyen 14:40.

3:18. Nawomi te gen konfyans nan Bowaz. Èske nou pa ta dwe gen yon konfyans konsa nan kwayan parèy nou ki fidèl ? Rit te dispoze fè yon maryaj leviratik avèk yon mesye li pa menm konnen, yon mesye Bib la pa bay non l (Rit 4:1). Poukisa ? Paske li te gen konfyans nan dispozisyon Bondye mete sou pye. Èske nou gen yon konfyans konsa ? Pa egzanp, lè n ap chèche yon moun pou nou marye, èske nou obeyi konsèy ki di pou nou marye “ nan Seyè a sèlman ” ? — 1 Korentyen 7:39.

4:13-16. Ala yon bèl privilèj Rit te resevwa malgre li te yon Mowabit, yon ansyen adoratè dye Kemòch ! Sa kore prensip sa a ki di : “ Sa pa depann de moun ki vle a ni de moun k ap kouri a, men sa depann de Bondye, li menm ki gen mizèrikòd. ” — Women 9:16.

Bondye “ ka onore nou nan bon moman ”

Liv Rit la prezante Jewova kòm yon Dye ki gen bonte ki plen lanmou, yon Dye ki aji anfavè sèvitè fidèl li yo (2 Kwonik 16:9). Lè nou reflechi sou jan Rit te jwenn benediksyon, nou wè enpòtans sa genyen lè nou mete konfyans nou nan Bondye avèk yon fwa solid, lè nou kwè totalman “ li la, e li tounen Sila ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”. — Ebre 11:6.

Rit, Nawomi ak Bowaz te mete konfyans yo totalman nan dispozisyon Jewova te mete sou pye, e sa te mache byen pou yo. Menm jan an tou, “ Bondye fè tout travay li kowopere ansanm pou byen moun ki renmen Bondye, moun sa yo ki jwenn apèl selon objektif li ”. (Women 8:28.) Donk, annou mete an pratik konsèy Pyè a ki di : “ Pakonsekan, imilye tèt nou anba men pisan Bondye, yon fason pou l ka onore nou nan bon moman, pandan n ap lage tout tètchaje nou sou li, paske li gen sousi pou nou. ” — 1 Pyè 5:6, 7.

[Foto nan paj 28]

Èske w konn poukisa Rit pa t abandone Nawomi ?

[Foto nan paj 29]

Sa k fè Rit te vin gen repitasyon “ yon trè bon fi ” ?

[Foto nan paj 30]

Ki ‘ salè total ’ Rit te jwenn nan men Jewova ?