Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou fyè dèske nou se kretyen

Se pou nou fyè dèske nou se kretyen

Se pou nou fyè dèske nou se kretyen

“ Moun k ap glorifye tèt li se pou l glorifye tèt li nan Jewova. ” — 1 KORENTYEN 1:31.

1. Ki tandans ki parèt klè nan atitid anpil moun manifeste anvè relijyon ?

SA PA gen twò lontan, yon espesyalis nan zafè relijyon te dekri atitid anpil moun genyen konsènan relijyon yo. Men sa l di : “ Alèkile, nan domèn relijye, pi gwo tandans moun obsève pa gen rapò ditou ak relijyon. ” Dapre sa mesye sa a fè konnen, etadespri sa a fè moun yo endiferan toutbon nan kesyon relijyon. Pou li menm, anpil moun “ kwè nan Bondye, [...] men yo pa bay Bondye regle anyen pou yo ”.

2. a) Poukisa se pa etonan si anpil moun vin endiferan anrapò ak kesyon espirityèl ? b) Ki danje endiferans reprezante pou vrè kretyen yo ?

2 Etidyan Labib yo pa sezi lè yo wè tandans endiferans sa a lakay anpil moun (Lik 18:8). Okontrè, anrapò ak relijyon an jeneral, yo atann yo aske moun manifeste yon dezenteresman konsa. Fo relijyon an gen lontan depi l ap twonpe limanite, depi l ap pouse moun nan move chemen (Revelasyon 17:15, 16). Sepandan, vrè kretyen yo konnen gen danje nan etadespri kote moun ap aji ak de kè e ak endiferans, yon etadespri ki gaye toupatou. Nou ta ka peye sa chè si nou ta fè neglijans ak lafwa nou e si nou ta pèdi zèl nou nan sèvis nou pou Bondye, e si nou ta pèdi apresyasyon pou verite biblik yo. Se de kondisyon tyèd sa a Jezi t ap pale lè l te di kretyen nan premye syèk la ki t ap viv Lawodise : “ Ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito w frèt oswa w cho. [...] Ou tyèd. ” — Revelasyon 3:15-18.

Èske nou reyalize ki moun nou ye ?

3. Ki aspè nan idantite nou antanke kretyen ki ka fè nou santi nou fyè ?

3 Pou kretyen yo pa tonbe nan endiferans espirityèl, yo bezwen reyalize klèman ki moun yo ye e, san yo pa egzajere, yo fèt pou yo fyè pou sa yo ye a. Antanke sèvitè Jewova e antanke disip Kris, nou ka aprann kiyès nou ye grasa Bib la. Nou se “ temwen ” Jewova e nou se “ konpayon travay Bondye ” toutpandan n ap pataje “ bon nouvèl ” la ak pwochen nou avèk zèl (Izayi 43:10 ; 1 Korentyen 3:9 ; Matye 24:14). Nou se moun ki ‘ renmen youn lòt ’. (Jan 13:34.) Vrè kretyen yo se moun ki “ abitye sèvi ak kapasite klèvwayans yo pou yo distenge sa ki byen ak sa ki mal ”. (Ebre 5:14.) Nou se “ flanbo nan monn nan ”. (Filipyen 2:15.) Nou fè tout efò nou pou nou “ toujou gen yon bon konduit pami nasyon yo ”. — 1 Pyè 2:12 ; 2 Pyè 3:11, 14.

4. Ki jan yon moun k ap adore Jewova ka rive detèmine sa l pa ye ?

4 Vrè adoratè Jewova yo konnen tou ki sa yo pa ye. “ Yo pa fè pati monn nan ”, menm jan Jezi Kris, Chèf yo a, pa t fè pati monn nan (Jan 17:16). Yo rete separe ak “ nasyon yo ”, yo menm ‘ mantalman, ki nan fènwa e ki lwen lavi ki pou Bondye a ’. (Efezyen 4:17, 18.) Sa vin fè, disip Jezi yo ‘ rejte bagay ki vyole respè pou Bondye e yo rejte dezi monn nan, epi yo viv avèk bonsans ak jistis e ak atachman pou Bondye nan sistèm de choz sa a ’. — Tit 2:12.

5. Ki sa egzòtasyon nou jwenn pou nou ‘ glorifye tèt nou nan Jewova ’ a enplike ?

5 Konpreyansyon klè nou genyen sou idantite nou ak relasyon nou genyen ak Chèf Souvren linivè a se bagay ki motive nou pou nou ‘ glorifye tèt nou nan Jewova ’. (1 Korentyen 1:31.) Lè yo pale de glorifye, ki sa sa vle di ? Sa vle di, antanke vrè kretyen, nou fyè dèske nou gen Jewova kòm Bondye nou. Nou suiv egzòtasyon sa a : “ Se pou moun k ap vante tèt li a vante tèt li pou bagay sa a : dèske li pèspikas e dèske li konnen m, li konnen mwen se Jewova, Sila ki egzèse bonte ki plen lanmou, jistis ak dwati sou latè. ” ​(Jeremi 9:24). Wi, nou “ glorifye ” tèt nou anrapò ak privilèj nou genyen dèske nou konnen Bondye e dèske li sèvi ak nou pou nou ede pwochen nou.

Se pa fasil

6. Poukisa li konn difisil pou kèk moun toujou gen yon konsepsyon klè sou idantite yo antanke kretyen ?

6 Nou dwe admèt sa, li pa toujou fasil pou yon moun toujou konsève yon konsepsyon klè sou idantite l antanke kretyen. Gen yon jèn gason ki leve nan yon fanmi kretyen ki raple l epòk kote li te santi l fèb espirityèlman. Men sa l di : “ Pafwa, mwen te konn gen enpresyon mwen pa konn poukisa m Temwen Jewova. Mwen nan laverite depi m toupiti. Men, pafwa mwen te konn santi se kòmsi pa t gen diferans ak nenpòt lòt relijyon. ” Gen lòt jèn ki konn kite detant, medya oswa konsepsyon monn nan genyen sou lavi enfliyanse yo, konsepsyon ki pa ann amoni ak volonte Bondye (Efezyen 2:2, 3). Gen kèk kretyen pafwa ki konn pa fin kwè nan tèt yo e ki konn menm ap poze tèt yo kesyon sou prensip ak objektif yo genyen.

7. a) Ki kalite egzamen li bon pou sèvitè Bondye yo fè sou tèt yo ? b) Ki lè egzamen sa a ka reprezante yon danje ?

7 Èske se mal si tanzantan nou egzamine tèt nou avèk swen ? Non. Siman w sonje ankourajman sa a apot Pòl bay kretyen yo pou yo kontinye egzamine tèt yo : “ Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye. ” ​(2 Korentyen 13:5). Lè apot la di sa a, se ankouraje l ap ankouraje kretyen yo pou yo fè yon efò rezonab pou yo detekte nenpòt feblès espirityèl yo ta ka gen lakay yo e pou yo pran mezi ki nesesè pou yo korije feblès sa yo. Yon kretyen k ap teste pou l wè si li nan lafwa, dwe egzamine si pawòl li ak aksyon l ann amoni ak kwayans li di li genyen. Sepandan, si egzamen sa a mal oryante, sa gendwa pa itil li anyen, sa gendwa menm nui espirityalite l. Sa ka rive si egzamen sa a l ap fè pou l chèche “ idantite ” l la pouse al chèche repons kesyon l yo andeyò relasyon l ak Jewova oubyen andeyò kongregasyon kretyèn nan *. Nou pa ta janm renmen “ fè nofraj konsènan lafwa ” nou, pa vre ? — 1 Timote 1:19.

Nou menm tou nou pa egzan

8, 9. a) Ki sa Moyiz te di ki montre li pa t si de tèt li ? b) Ki jan Jewova te reyaji devan retisans Moyiz te genyen ? c) Ki efè asirans Jewova bay yo gen sou ou ?

8 Lefètke pafwa kretyen yo konn pa fin si de tèt yo, èske sa dwe fè yo panse yo pèdi lafwa ? Pa ditou ! An reyalite, yo ka jwenn rekonfò si yo pa bliye se pa yo menm an premye ki konn santi yo konsa. Temwen fidèl Bondye te genyen nan tan lontan yo te konn santi yo konsa tou. Ann pran egzanp Moyiz, ki te demontre lafwa, fidelite ak atachman pou Bondye, yon fason estrawòdinè. Lè Bondye te konfye l yon misyon ki te parèt twòp pou li, se avèk anpil ezitasyon Moyiz te mande : “Ki sa m ye ? ” ​(Egzòd 3:11). Ou gendwa wè, ofon, sa l te gen nan tèt li se te : ‘ Mwen pa anyen ’ oswa ‘ Mwen pap janm kapab. ’ Sa k dwe te fè Moyiz santi li pa konpetan ? Siman se te akoz sitiyasyon pèsonèl li : li te fèt nan yon nasyon ki nan esklavaj, Izrayelit yo te rejte l, san konte li pa t yon moun ki gen pawòl fasil (Egzòd 1:13, 14 ; 2:11-14 ; 4:10). Ansuit, se te yon bèje, e Ejipsyen yo te meprize metye sa a (Jenèz 46:34). Tout sa fè li pa etonan si li te santi li pa kalifye pou l sèvi antanke liberatè pèp Bondye a ki te ann esklavaj.

9 Pou Jewova fè Moyiz pran konfyans, li te fè l de gwo pwomès, li te di l : “ M ap ansanm avè w, e men siy m ap ba ou k ap montre se mwen menm ki voye w : lè w fin fè pèp la kite Ejip, n ap vin sèvi vrè Dye a nan montay sa a. ” ​(Egzòd 3:12). Bondye te pwomèt sèvitè l la li t ap toujou avè l. Anplis de sa, Jewova te bay garanti li t ap delivre pèp li a. Syèk apre syèk, Bondye te pwomèt sèvitè l yo l ap soutni yo tou. Pa egzanp, lè nasyon Izrayèl t apral antre nan Latè pwomiz, Bondye te sèvi ak Moyiz pou l di yo : “ Se pou nou mete kouraj sou nou, se pou nou djanm. [...] Se Jewova Bondye w la k ap mache avèk ou. Li pap ni lage w ni abandone w konplètman. ” ​(Detewonòm 31:6). Jozye tou te jwenn asirans nan men Jewova. Men sa Jewova te di l : “ Tout lavi w, pèsonn pap ka reziste devan w. [...] M ap avè w. Mwen pap ni lage w ni abandone w konplètman. ” ​(Jozye 1:5). E kanta pou kretyen yo, men sa l pwomèt yo : “ Mwen pap kite nou okenn fason, ni non plis mwen pap abandone nou okenn fason. ” ​(Ebre 13:5). Piske nou gen yon kokenn sipò konsa, èske sa pa ta dwe fè nou santi nou fyè dèske nou se kretyen ?

10, 11. Ki èd Levit ki te rele Asaf la te jwenn pou l te toujou gen yon etadespri ki kòrèk anrapò ak enpòtans sa genyen pou l sèvi Jewova ?

10 Anviwon 500 an apre Moyiz, te vin gen yon Levit fidèl ki rele Asaf. Se avèk anpil franchiz li te rekonèt dout li te genyen, li t ap mande si li nesesè vre pou l mennen yon vi ki dwat. Alòske li t ap lite pou l sèvi Bondye malgre eprèv ak tantasyon li te konn rankontre, li te wè moun ki t ap manke Bondye dega e k ap byen mennen. Ki efè sa te fè sou Asaf ? Men sa li te admèt : “ Kanta pou mwen menm, pye m te prèske devye, ti moso pye m glise. Paske mwen te kòmanse anvye moun k ap vante tèt yo, lè m te konn ap wè jan mechan yo anpè. ” Li te kòmanse ap doute sou enpòtans sa genyen pou l yon adoratè Jewova. Men rezònman Asaf te fè : “ Asireman, se anven mwen pirifye kè m, se anven mwen lave men m nan inosans. E mwen sibi kalamite tout lajounen. ” — Sòm 73:2, 3, 13, 14.

11 Ki sa Asaf te fè pou l kontwole santiman sa yo ki t ap twouble l ? Èske li te inyore yo ? Non. Okontrè, li te pale de sa ak Bondye nan lapriyè, jan nou wè sa nan Sòm 73. Sa ki te ede Asaf chanje pwennvi, se vizit li te fè nan tanp sangtyè a. Etan li nan tanp lan, li te vin rann li kont, apre tou, meyè bagay la se atachman pou Bondye. Piske apresyasyon l pou bagay espirityèl yo te ogmante, li te vin konprann Jewova rayi mechanste e, kou lè a rive, mechan yo t ap gen pou yo resevwa pinisyon (Sòm 73:17-19). Konsa, Asaf te vin reyalize avèk plis fòs toujou ki kalite moun li ye : yon sèvitè Jewova ki privilejye. Li di Bondye konsa : “ Mwen toujou avè w, ou pran men dwat mwen. Avèk konsèy ou w ap dirije m, e ansuit w ap mennen m nan laglwa. ” ​(Sòm 73:23, 24). Asaf te vin fyè ankò pou l sèvi Bondye. — Sòm 34:2.

Yo te byen konnen idantite yo

12, 13. Site egzanp kèk pèsonaj biblik ki te fyè de relasyon yo te genyen ak Bondye.

12 Youn nan mwayen ki ka ede nou plis apresye idantite nou antanke kretyen se lè nou egzamine lafwa kèk adoratè fidèl e nou imite yo, yo menm ki te vrèman fyè de relasyon yo ak Bondye malgre gwo pwoblèm yo te rankontre. Ann pran egzanp Jozèf, pitit Jakòb. Alòske Jozèf te tou jèn, frè l yo te fè l yon kou trèt, yo te vann li kòm esklav e moun ki te achte l yo te mennen l jis ann Ejip, a plizyè santèn kilomèt, kote li t ap lwen papa l ki krenn Bondye, kote li t ap byen lwen anbyans ankourajan, anbyans amikal ki genyen lakay li. Pandan Jozèf te ann Ejip, li pa t gen okenn moun pou raple l prensip Bondye yo, alòske li te gen pou l fè fas ak yon seri de sitiyasyon difisil ki te mete moralite l ak konfyans li nan Bondye aleprèv. Sepandan, se evidan, li te fè yon efò konsyan pou l pa bliye kiyès li ye : yon sèvitè Bondye, e fidèlman, li te toujou fè sa li te konnen ki dwat. Menm lè li te nan yon anviwònman kote bagay yo pa t fasil, li te fyè dèske li se yon adoratè Jewova, e li pa t fè bak lè pou l eksprime santiman l. — Jenèz 39:7-10.

13 Uit san ane apre, gen yon tifi izrayelit yo kaptire ki te vin esklav lakay yon jeneral siryen ki te rele Naamàn. Tipitit sa a tou pa t bliye idantite l antanke adoratris Jewova. Kou opòtinite a te prezante, li te ranmase kouraj li e li te bay yon ekselan temwayaj pou Jewova lè li te idantifye Elicha kòm pwofèt vrè Dye a (2 Wa 5:1-19). Plizyè ane apre sa, yon jèn wa ki te rele Yochiya te kòmanse yon refòm ki te dire anpil tan, li te repare tanp Bondye a e li te rekonsilye nasyon an ak Jewova. Li te fè tout sa alòske li t ap viv nan yon anviwònman ki te gen anpil koripsyon. Li te fyè de kwayans li e li te fyè de adorasyon li t ap bay Bondye a (2 Kwonik, chapit 34, 35). Danyèl ak twa konpayon ebre li te genyen lè l t ap viv Babilòn, yo menm tou, yo pa t janm bliye idantite yo antanke sèvitè Jewova. Menm lè yo te anba presyon e yo te jwenn tantasyon, yo te rete entèg. Se yon bagay ki klè : yo te fyè dèske yo t ap sèvi Jewova. — Danyèl 1:8-20.

Se pou nou fyè dèske nou se kretyen

14, 15. Ki sa sa vle di pou nou fyè de idantite nou antanke kretyen ?

14 Sèvitè Bondye nou sot pale de yo la a te rive venk eprèv yo te rankontre paske yo te toujou bat pou yo gen yon fyète ki kòrèk konsènan pozisyon yo devan Bondye. E nou menm jodi a ? Ki sa sa vle di pou nou fyè de idantite nou antanke kretyen ?

15 Toudabò, sa mande pou nou gen anpil apresyasyon pou privilèj nou genyen dèske nou fè pati yon pèp ki pote non Jewova, dèske nou gen benediksyon l ak apwobasyon l. Bondye pa gen okenn dout sou ki moun ki pou li. Men sa apot Pòl, ki t ap viv nan yon epòk kote te gen anpil konfizyon nan zafè relijyon, te ekri : “ Jewova konnen moun ki pou li yo. ” ​(2 Timote 2:19 ; Nonb 16:5). Wi, Jewova fyè de “ moun ki pou li yo ”. Men sa li fè konnen : “ Moun ki touche nou, se gla je m li touche. ” ​(Zekarya 2:8). Jewova renmen nou. Nou pa gen okenn dout sou sa. Nou menm, bò kote pa nou, nou ta dwe baze relasyon nou genyen ak li sou lanmou pwofon nou genyen pou li. Pòl di : “ Si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen moun sa a. ” — 1 Korentyen 8:3.

16, 17. Poukisa tout kretyen, kit yo jèn kit yo aje, fèt pou yo fyè de eritaj espirityèl yo genyen ?

16 Jèn ki te leve nan yon fanmi Temwen Jewova fèt pou yo egzamine byen pou yo wè si idantite yo antanke kretyen se bagay ki ap pi byen chita chak jou, grasa relasyon pèsonèl yo genyen ak Bondye. Annefè, yo pa ka annik pran woulib sou paran yo. Se konsènan chak sèvitè Bondye apot Pòl ekri pawòl sa a : “ Se pou mèt li li kanpe oswa li tonbe. ” Se sa k fè, pi devan, Pòl di : “ Nou chak nou gen pou n rann kont bay Bondye pou tèt nou. ” ​(Women 14:4, 12). Nou dwe rekonèt sa : pou nou rete pwòch ak Jewova e pou nou devlope yon relasyon dirab avèk li, sa mande plis pase annik suiv ak de kè tradisyon familyal nou leve jwenn.

17 Te toujou gen Temwen Jewova sou tè a : depi sot sou Abèl, ki t ap viv sa gen 6 000 an, pou jis rive sou “ gwo foul ” Temwen ki egziste jodi a, e gen yon pakèt lòt adoratè Jewova ki gen yon avni san fen k ap ret tann yo (Revelasyon 7:9 ; Ebre 11:4). Jodi a, se nou menm ki an dènye nan lis adoratè fidèl men longè sa a. Ala yon bèl eritaj espirityèl nou genyen !

18. Nan ki sans prensip nou yo distenge nou ak monn nan ?

18 Men se pa sa sèlman : idantite nou antanke kretyen gen tout yon seri de prensip, tout yon seri de kalite ak tout yon seri de karakteristik ki idantifye nou kòm kretyen. Se “ Chemen an ”, sèl chemen ki bay lavi e ki fè Bondye plezi (Travay 9:2 ; Efezyen 4:22-24). Se sa k fè, kretyen yo “ verifye tout bagay ” e, ‘ sa k bon an, yo kenbe l djanm ’. (1 Tesalonisyen 5:21.) Nou byen konprann kokenn diferans ki genyen ant krisyanis lan ak monn sa a ki lwen Bondye a. Jewova pa kite anyen ki pa klè nan diferans ki genyen ant vrè adorasyon an ak fo a. Li te enspire pwofèt Malaki pou l di : “ San mank, yon fwa ankò, nou pral wè diferans ki genyen ant yon jis ak yon mechan, ant moun k ap sèvi Bondye ak moun ki pa t sèvi l. ” — Malaki 3:18.

19. Nan ki sa vrè kretyen yo pap janm tonbe ?

19 Piske li enpòtan anpil pou nou glorifye nou nan Jewova nan monn sa a ki chaje ak konfizyon, ki sa ki ka ede nou pou nou toujou rete fyè antanke sèvitè Bondye e pou nou toujou konsyan de idantite nou antanke kretyen ? N ap jwenn bonjan sijesyon nan atik ki vin apre a. Toutpandan n ap egzamine sijesyon sa yo, n ap jwenn plis rezon toujou pou nou kwè vrè kretyen yo pap janm tonbe nan endiferans anrapò ak relijyon yo.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Nan atik sa a, y ap pale sèlman de idantite nan domèn espirityèl. Moun ki gen pwoblèm sante mantal, se yon espesyalis l ap bezwen al wè.

Èske nou sonje ?

• Ki jan kretyen yo ka “ glorifye tèt yo nan Jewova ” ?

• Ki sa egzanp Moyiz ak egzanp Asaf aprann nou ?

• Ki pèsonaj biblik ki te fyè dèske yo t ap sèvi Bondye ?

• Ki sa sa mande pou nou fyè de idantite nou antanke kretyen ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Pandan yon ti tan, Moyiz pa t fin si de tèt li.

[Foto nan paj 9]

Anpil sèvitè Jewova nan tan lontan te fyè pou sa yo te ye.