Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki enfliyans Jezi Kris gen sou ou ?

Ki enfliyans Jezi Kris gen sou ou ?

Ki enfliyans Jezi Kris gen sou ou ?

PA GEN okenn dout, ansèyman Jezi yo fè gwo efè sou moun toupatou sou tè a. Men, nou chak ta dwe mande tèt nou : “ Ki enfliyans ansèyman Jezi yo genyen sou mwen pèsonèlman ? ”

Ansèyman Jezi yo touche divès kalite sijè. Leson enpòtan ki gen ladan yo ka afekte tout aspè nan lavi nou. Annou fè yon ti rete sou sa Jezi te anseye konsènan fason pou nou fikse priyorite nan lavi a, pou nou kiltive amitye avèk Bondye, chèche gen bon relasyon ak lòt moun, rezoud pwoblèm epi pou nou evite patisipe nan zak vyolans.

Fikse priyorite nan lavi a

Monn mache prese ki gen jodi a tèlman pran tan nou ak enèji nou, byen souvan, li pa kite anpil plas pou aktivite espirityèl. Ann pran egzanp yon jèn gason ki nan ventèn li nou bay non Jerry. Byenke Jerry renmen pale sou sijè espirityèl e li apresye bagay li aprann yo, men, avèk tristès, gade sa li admèt : “ Mwen pa gen tan pou m angaje m nan sa nèt. Mwen travay sis jou pa semèn. Se sèl dimanch mwen pa travay. E, apre mwen fin fè tout sa m gen pou m fè, mwen vin twò fatige. ” Si w twouve w nan yon sitiyasyon konsa tou, ou ka tire pwofi nan sa Jezi te anseye nan Sèmon sou montay la.

Jezi te di foul moun ki te rasanble pou koute l yo : “ Sispann enkyete nou pou nanm nou konsènan ki sa n ap manje oswa ki sa n ap bwè, ni pou kò nou konsènan ki sa n ap mete. Èske nanm nan pa vle di plis pase manje, epi èske kò a pa vle di plis pase rad ? Obsève zwazo nan syèl la byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al mete nan magazen. Poutan Papa nou ki nan syèl la nouri yo. Èske nou pa vo plis pase yo ? [...] Kidonk, pa janm enkyete nou pou n ap di : ‘ Ki sa n ap manje ? ’ oubyen : ‘ Ki sa n ap bwè ? ’ oubyen : ‘ Ki sa n ap mete ? ’ Paske se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap fè afre. Paske Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Kidonk, kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. ” ​(Matye 6:25-33). Ki sa vèsè sa yo aprann nou ?

Jezi pa t vle di pou nou ta neglije pran swen tèt nou, ni pou nou pa ta pran swen fanmi nou. Bib la di : “ Si yon moun pa founi moun pa li yo sa yo bezwen, sitou sa ki manm kò kay li, li renye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa. ” ​(1 Timote 5:8). Sepandan, Jezi te pwomèt si nou mete bagay ki pi enpòtan yo an premye, sa vle di si nou bay bagay espirityèl yo priyorite, Bondye ap fè nou jwenn lòt bagay ki nesesè yo. Leson nou aprann la a gen rapò ak fason pou nou fikse priyorite. Si nou suiv konsèy sa a, n ap jwenn kè kontan, paske ‘ moun ki konsyan yo pòv espirityèlman se moun ki byennere ’. — Matye 5:3.

Kiltive amitye ak Bondye

Moun ki konsyan yo pòv espirityèlman wè nesesite pou yo kiltive bon relasyon ak Bondye. Lè nou bezwen vin gen bon relasyon ak yon moun, ki sa nou fè ? Èske nou pa eseye chèche konnen moun sa a pi byen ? Nou oblije pran tan pou nou konnen pwennvi li, konpòtman li, kapasite l, sa li deja reyalize, sa li renmen ak sa li pa renmen. Se menm bagay la tou si nou bezwen devlope yon amitye ak Bondye. Sa mande pou nou gen yon konesans egzak sou li. Lè Jezi t ap priye Bondye pou disip li yo, li te di : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ” ​(Jan 17:3). Wi, pou nou kiltive bonjan amitye ak Bondye, nou bezwen aprann konnen l. Sèl sous kote n ap jwenn konesans sa a se Pawòl Bondye enspire a, Labib (2 Timote 3:16). Nou dwe rezève tan pou nou etidye Ekriti yo.

Sepandan, konesans poukont li pa sifi. Nan menm priyè a, Jezi te di : “ Yo [disip li yo] obsève pawòl ou. ” ​(Jan 17:6). Nonsèlman nou dwe chèche gen konesans sou Bondye, men tou nou dwe aji ann amoni ak konesans sa a. Ki lòt fason ankò nou ta ka vin zanmi Bondye pase sa ? Èske nou ta ka espere pou amitye nou ak yon moun vin pi solid si nou chwazi aji yon fason ki kontrè ak ide moun sa a, ak prensip li ? Se sa k fè, se pwennvi Bondye ak prensip li ki dwe gide nou nan tout etap nan lavi nou. Annou egzamine jan de nan prensip li yo aplikab nan relasyon nou ak lòt moun.

Chèche gen bon relasyon ak lòt moun

Gen yon lè, Jezi te rakonte yon istwa pou li anseye yon leson enpòtan sou relasyon moun ak moun. Li te pale konsènan yon wa ki te vle fè regleman avèk sèvitè l yo. Sepandan, gen youn nan yo ki te gen yon gwo dèt e li pa t anmezi pou l peye l dèt sa a. Mèt la pase lòd pou yo vann misye ansanm ak madanm li ak tout pitit li pou yo peye dèt la. Mesye ki dwe a mete ajenou nan pye mèt la e li sipliye l. Li di l : “ Pran pasyans avèk mwen e m ap remèt ou tout bagay. ” Kè mèt la fè l mal pou li, li efase dèt li a. Twouve, apre esklav sa a fin soti, li rankontre yon esklav parèy li ki dwe l yon ti monnen, e li mande l pou l peye l. Malgre esklav la sipliye l pou l pran pitye pou li, premye esklav la pran l, li jete l nan prizon jiskaske li peye tout sa li te dwe l. Lè wa a tande sa, li fache anpil. Li mande esklav la : “ Èske w pa t dwe [...] gen pitye pou esklav parèy ou a, menm jan mwen menm, mwen te gen pitye pou ou ? ” Apre sa, li fè mete esklav ki gen kè di a nan prizon, jiskaske li peye tout sa li te dwe. Pou Jezi anseye leson ki gen nan istwa sa a, li di : “ Se konsa Papa mwen ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou. ” — Matye 18:23-35.

Piske nou se moun ki enpafè, nou gen anpil defo lakay nou. Nou pap janm ka remèt Bondye gwo dèt nou gen pou li, pil dèt nou fè akoz peche nou fè kont li. Tout sa nou ka fè, se chèche jwenn padon nan men l. E Jewova Dye dispoze padone tout mankman nou yo a kondisyon nou padone frè nou yo pou peche yo fè kont nou. Ala yon kokenn leson sa ye ! Jezi te anseye disip li yo lè y ap priye pou yo di : “ Efase dèt nou yo, menm jan nou menm tou nou efase dèt moun ki dwe nou. ” — Matye 6:12.

Ale nan rasin pwoblèm nan

Nan zafè konprann jan moun ye, Jezi se te yon espè. Pou rezoud pwoblèm, konsèy li yo ale nan rasin pwoblèm yo. Ann konsidere de egzanp ki vin apre yo.

Jezi te di : “ Nou tande yo te di moun nan tan lontan yo : ‘ Nou pa dwe asasinen, men nenpòt moun ki asasinen yon moun ap reponn devan tribinal. ’ Sepandan, mwen menm mwen di nou, nenpòt moun ki kontinye mete li ankòlè kont frè l ap reponn devan tribinal. ” ​(Matye 5:21, 22). Nan pawòl sa yo, Jezi montre koz pwoblèm asasinay la pi pwofon pase aksyon vyolan an li menm. Se yon seri de tandans moun ki asasen an devlope nan kè l. Si moun pa t kite rankin oubyen kòlè anvayi yo, yo pa t ap janm planifye zak vyolans. Se pa ti san ki koule ki pa t ap koule si moun te aplike ansèyman sa a !

Gade jan Jezi ale nan fon yon lòt pwoblèm ki lakòz gwo chagren. Li di foul la : “ Nou tande yo te di : ‘ Ou pa dwe fè adiltè. ’ Men, mwen menm mwen di nou, nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske l vin gen yon pasyon pou li, moun sa a deja komèt adiltè avèk li nan kè l. Kidonk, si je dwat ou soti pou fè w trebiche, rache l, epi voye l jete lwen w. ” ​(Matye 5:27-29). Jezi montre koz pwoblèm nan pi pwofon pase konduit imoral la li menm. Koz la se sa ki vini anvan konduit la : dezi imoral la. Konsa, si yon moun pa kite move dezi chita nan lespri l, si li “ rache ” yo sot nan lespri l, l ap rive evite risk pou l tonbe nan konduit imoral.

“ Mete epe w nan plas li ”

Jou swa yo te trayi Jezi e yo te arete l la, youn nan disip li yo te rale epe l pou l defann Jezi. Jezi pase l lòd : “ Mete epe w nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe. ” ​(Matye 26:52). Nan demen maten, Jezi di Pons Pilat : “ Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo ta konbat pou yo pa livre mwen bay Juif yo. Men vwala, wayòm mwen an pa sot la. ” ​(Jan 18:36). Èske ansèyman sa a pa pratik ?

Ki jan premye kretyen yo te konsidere ansèyman Jezi te bay pou yo pa fè vyolans ? Gen yon liv ki gen tit Pozisyon premye kretyen yo konsènan lagè (anglè) ki fè remak sa a : “ Piske [ansèyman Jezi yo] te entèdi moun fè vyolans, yo te entèdi moun blese moun, sa lese konprann patisipe nan lagè se te yon bagay ilejitim [...]. Premye kretyen yo te suiv pawòl Jezi yo alalèt, e yo te konprann ansèyman Jezi yo te vle di literalman yo te dwe montre yo janti e yo te dwe evite patisipe nan rezistans vyolan. Yo te asosye relijyon yo a ak lapè. Yo te kondane lagè ak tout fòs, poutèt sa lakòz anpil san koule. ” Se pa ti diferan listwa t ap diferan, si tout moun ki di yo se kretyen te suiv ansèyman sa a vre !

Ou ka tire pwofi nan tout ansèyman Jezi yo

Ansèyman Jezi nou sot egzamine la yo, yo bèl, yo senp e yo pisan. Limanite ka tire pwofi nan ansèyman sa yo si yo chèche pi byen konnen yo epi si yo mete yo an pratik *.

Temwen Jewova ki nan zòn lakay ou ap byen kontan ede w wè jan w ka tire pwofi nan ansèyman ki pi saj okenn lòt moun pa t janm bay. Se ak tout kè nou nou envite w pran kontak ak yo, oubyen ekri yo nan youn nan adrès ki nan paj 2 peryodik sa a.

[Nòt anba paj]

^ § 22 Pou yon egzamen pi detaye sou tout ansèyman Jezi yo, gade liv Le plus grand homme de tous les temps an. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Foto nan paj 4]

“ Papa nou ki nan syèl la nouri yo. ”

[Foto nan paj 5]

Ansèyman Jezi yo ka gen yon bon enfliyans sou lavi w.