Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa viv pou pwòp tèt nou ankò

Pa viv pou pwòp tèt nou ankò

Pa viv pou pwòp tèt nou ankò

“ [Kris] te mouri pou tout moun yon fason pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt yo ankò. ” — 2 KORENTYEN 5:15.

1, 2. Ki kòmandman biblik ki te pouse disip Jezi nan premye syèk la pou yo venk egoyis ?

JEZI te rive nan dènye nuit li sou tè a. Nan kèk èdtan ankò, li t apral bay vi l pou moun ki egzèse lafwa nan li yo. Nan nuit sa a, Jezi te di apot fidèl li yo anpil bagay enpòtan. Youn ladan yo se kòmandman li te ba yo konsènan kalite ki t ap yon mak pou idantifye yo antanke disip li. Li te di yo : “ Mwen ban nou yon kòmandman nouvo : se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ” — Jan 13:34, 35.

2 Vrè kretyen yo dwe demontre lanmou youn pou lòt, yon lanmou k ap pouse yo fè sakrifis, e yo dwe sousye yo de bezwen kwayan parèy yo plis pase pwòp bezwen pa yo. Menmsi se pou yo ta ‘ bay nanm yo pou zanmi yo ’, yo pa ta dwe ezite (Jan 15:13). Ki jan premye kretyen yo te reyaji apre yo te fin resevwa nouvo kòmandman an ? Nan yon liv selèb ki rele Apolojetik (fransè) yon ekriven dezyèm syèk ki rele Tètilyen te ekri, li site deklarasyon lòt moun fè konsènan kretyen yo. Men sa l ekri : ‘ Gade ki jan youn renmen lòt, gade ki jan youn dispoze pou l menm mouri pou lòt. ’

3, 4. a) Poukisa nou dwe lite kont egoyis ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a ?

3 Nou menm tou, nou gen obligasyon pou “ youn kontinye pote fado lòt, konsa n ap akonpli lalwa Kris la ”. (Galat 6:2.) Sepandan, egoyis se youn nan pi gwo obstak ki ka anpeche nou obeyi lalwa Kris la. Li ka anpeche nou ‘ renmen Jewova Bondye nou an ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou ’, e li ka anpeche nou ‘ renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou ’. (Matye 22:37-39.) Piske nou enpafè, nou gen tandans wè tèt nou sèlman. Anplis de sa, strès ki gen chak jou nan lavi a, anbyans konpetisyon ki gen nan lekòl oswa nan travay ansanm ak lit yon moun ap mennen pou l jwenn nesesite lavi a, tout sa fè tandans natirèl sa a nou genyen an vin pi fò toujou. E tandans egoyis sa a pa sispann ogmante. Men ki avètisman Pòl te bay : “ Nan dènye jou yo, [...] lèzòm ap renmen pwòp tèt yo. ” — 2 Timote 3:1, 2.

4 Nan fen ministè Jezi sou tè a, li te bay disip li yo yon metòd ki gen twa etap ki t ap ka ede yo venk egoyis. Ki metòd sa a, e ki jan nou ka tire pwofi nan enstriksyon li te bay yo ?

Yon antidòt ki efikas

5. Pandan Jezi t ap preche nan nò Galile, ki enfòmasyon li te revele disip li yo, e poukisa sa te choke yo ?

5 Jezi t ap preche toupre Sezare Filip, nan nò Galile. Bèl ti zòn trankil sa a plis sanble ak yon kote pou yon moun al pran detant olye se yon kote pou yon moun al aprann renye tèt li. Sepandan, pandan Jezi la a, li kòmanse esplike disip li yo “ fòk l al Jerizalèm e fòk li sibi anpil bagay anba men ansyen yo ak prèt an chèf yo ak eskrib yo, e y ap touye l, e nan twazyèm jou a, l ap leve ”. (Matye 16:21.) Enfòmasyon sa yo Jezi revele disip li yo dwe te choke yo anpil, paske jis nan moman sa a yo t ap tann pou Chèf yo a etabli Wayòm li an sou tè a. — Lik 19:11 ; Travay 1:6.

6. Poukisa Jezi te reprimande Pyè avèk severite ?

6 Menm kote a, Pyè “ pran [Jezi] apa e li kòmanse reprimande l, li di li : ‘ Se pou w bon ak tèt ou, Seyè. Ou pap sibi sò sa a ditou ’ ”. Ki jan Jezi reyaji ? “ Li vire bay do, li di Pyè : ‘ Pase dèyè m, Satan ! Ou se yon obstak pou fè m trebiche, paske sa w panse a se pa panse Bondye, men se panse lèzòm. ’ ” Ala yon kokenn diferans ki te genyen ant de atitid sa yo ! Jezi te aksepte ak tout volonte l pou l te mennen vi sakrifis Bondye te chwazi pou li a, sa ki t apral mennen nan lanmò l sou yon poto soufrans nan kèk mwa. Tandiske Pyè rekòmande l yon lavi dous. Pyè di l : “ Se pou w bon ak tèt ou. ” Se vre, Pyè te gen bon entansyon. Men, sa pa t anpeche Jezi reprimande l paske, nan okazyon sa a, li te kite Satan enfliyanse l. Pyè pa t gen ‘ panse Bondye, men li te gen panse lèzòm ’. — Matye 16:22, 23 ; nòt anba paj.

7. Selon Matye 16:24, ki sa Jezi te di disip li yo pou yo fè ?

7 Jodi a, nou ka tande menm pawòl Pyè te di Jezi yo. Byen souvan, monn nan ap ankouraje moun pou yo ‘ bon ak tèt yo ’ oubyen pou yo ‘ pa kraze kò yo ’. Men, Jezi li menm te rekòmande nou pou nou gen yon etadespri ki toutafè diferan. Li te di disip li yo : “ Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l renye tèt li, se pou l pran poto soufrans li e se pou l suiv mwen nètale. ” ​(Matye 16:24). Men kòmantè yon ouvraj fè : “ Pawòl sa yo se pa yon envitasyon pou moun ki deyò yo vin disip, men pito se pou moun ki deja reponn envitasyon Kris la reflechi sou ki sa sa vle di lè yon moun disip. ” ​(The New Interpreter’s Bible). Kidonk, se kwayan yo ki dwe franchi twa etap Jezi mansyone nan vèsè sa a. Annou konsidere yo chak youn pa youn.

8. Esplike ki sa renye tèt ou vle di.

8 Premyèman, nou dwe renye tèt nou. Mo grèk ki bay ekspresyon “ renye tèt ou ” a, se yon mo ki endike volonte yon moun genyen pou l di non devan tout dezi egoyis oswa devan avantaj pèsonèl. Se pa lè nou prive tèt nou pafwa de yon seri de plezi nou renye tèt nou, ni sa pa vle di tou pou nou vin di ak tèt nou oswa pou n ap detwi pwòp tèt nou. Nou pa “ mèt tèt nou ” ankò, sa vle di, volontèman, nou livre tout vi nou ansanm ak tout sa ki ladan l bay Jewova (1 Korentyen 6:19, 20). Olye pou lavi nou santre sou nou menm, li vin santre sou Bondye. Renye tèt nou mande pou nou detèmine pou nou fè volonte Bondye, menmsi sa ta ale nan sans kontrè ak pwòp tandans enpafè nou gen lakay nou. Lè nou vwe vi nou bay Bondye e nou batize, nou montre nou vwe tèt nou bay li menm sèlman. Epi apre sa, nou fè efò pou nou viv ann amoni ak ve nou fè a tout rès vi nou.

9. a) Lè Jezi te sou tè a, ki sa yon poto soufrans te reprezante ? b) Nan ki sans nou pran poto soufrans nou ?

9 Dezyèmman, nou dwe pran poto soufrans nou. Nan premye syèk la, yon poto soufrans te reprezante soufrans, lawont ak lanmò. Nòmalman, se kriminèl sèlman yo te konn egzekite sou yon poto soufrans oubyen se kadav kriminèl sèlman ki te konn ret pandye sou yon poto. Lè Jezi itilize ekspresyon sa a, li vle montre kretyen an dwe prepare l pou l aksepte pèsekisyon, mepri e menm lanmò, etandone li pa fè pati monn nan (Jan 15:18-20). Prensip kretyen n ap suiv yo fè nou apa, sa fè monn nan kapab “ pale nou mal ”. (1 Pyè 4:4.) Sa kapab rive nan lekòl nou, nan travay nou oubyen menm nan fanmi nou (Lik 9:23). Toutfwa, menmsi monn nan meprize nou, nou dispoze andire paske nou pap viv pou pwòp tèt nou ankò. Men sa Jezi te di : “ Nou byennere lè moun ap fè nou sibi move tretman, lè y ap pèsekite nou e lè yo di tout kalite move bagay sou nou, bagay ki pa vre, poutèt mwen. Nou mèt rejwi, nou mèt vole anlè ak kè kontan, piske rekonpans nou gran nan syèl la. ” ​(Matye 5:11, 12). An reyalite, gen apwobasyon Bondye se sa ki pi enpòtan.

10. Ki sa suiv Jezi nètale enplike ?

10 Twazyèmman, Jezi di nou dwe suiv li nètale. Selon yon diksyonè biblik, suiv yon moun vle di vin yon konpay pou moun sa a, “ al nan menm wout avè l ”. (An Expository Dictionary of New Testament Words, W. Vine.) Gade sa 1 Jan 2:6 di : “ Moun ki di li rete ann inyon avèk [Bondye] nan obligasyon, li menm tou, pou l kontinye mache menm jan sila a [Kris] te mache a. ” Ki jan Jezi te mache ? Lanmou Jezi te gen pou Papa l ki nan syèl la e pou disip li yo pa t kite plas pou egoyis. Men sa Pòl te ekri : “ Kris pa t fè tèt li plezi. ” ​(Women 15:3). Menm lè Jezi te fatige oubyen li te grangou, li te mete bezwen lòt moun anvan bezwen pa l (Mak 6:31-34). Epitou, Jezi te bay tout li menm nan travay predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la. Èske nou pa ta dwe imite l etan n ap akonpli avèk zèl misyon nou genyen pou nou ‘ fè disip pami moun tout nasyon, pou nou anseye yo pou yo obsève tout bagay Jezi te kòmande nou yo ’ ? (Matye 28:19, 20.) Nan tout bagay sa yo, Kris kite yon modèl pou nou, e nou dwe “ suiv tras li fidèlman ”. — 1 Pyè 2:21.

11. Poukisa li enpòtan pou nou renye tèt nou, pou nou pran poto soufrans nou e pou nou suiv Jezi Kris nètale ?

11 Li endispansab pou nou renye tèt nou, pou nou pran poto soufrans nou e pou nou suiv Modèl nou an nètale. Lè nou fè sa, n ap rive konbat egoyis, ki se yon vrè obstak ki anpeche nou demontre lanmou ki pouse nou fè sakrifis la. Anplis de sa, Jezi te di : “ Nenpòt moun ki vle sove nanm li ap pèdi l, men nenpòt moun ki pèdi nanm li poutèt mwen ap jwenn li. Paske ki pwofi yon moun ap jwenn si li gen lemonnantye men li peye l ak nanm li ? Oubyen ki sa yon moun ap bay nan plas nanm li ? ” — Matye 16:25, 26.

Nou pa ka sèvi de mèt

12, 13. a) Ki sijè ki te okipe lespri jèn chèf rich ki te mande Jezi konsèy la ? b) Ki konsèy Jezi te bay jennonm nan, e poukisa li te ba l konsèy sa a ?

12 Kèk mwa apre Jezi fin souliye nesesite pou disip li yo renye tèt yo, gen yon jèn chèf rich ki vin kote l ki di l : “ Anseyan, ki sa m dwe fè ki bon, pou m jwenn lavi etènèl ? ” Jezi di l pou l “ obsève kòmandman yo nètale ”, epi apre sa li site kèk ladan yo. Jennonm nan di l : “ Mwen fè tout bagay sa yo. ” Sanble jennonm nan te sensè, li te fè tout sa l kapab pou l obeyi kòmandman ki gen nan Lalwa yo. Se sa k fè, li mande Jezi : “ Ki sa m manke ankò ? ” Kòm repons, Jezi fè jennonm nan yon envitasyon espesyal, li di l : “ Si ou vle pafè [bon nèt san manke anyen, Bib la], al vann byen w yo epi bay pòv e w ap gen yon trezò nan syèl la, apre sa, vini, suiv mwen. ” — Matye 19:16-21.

13 Jezi rann li kont, pou jennonm sa a ta rive sèvi Jewova ak tout nanm li, li ta dwe libere tèt li anba yon gwo obstak ki gen nan lavi a ki ta ka distrè l, se richès materyèl li genyen yo. Yon vrè disip Kris pa ka sèvi de mèt. Li “ pa kapab travay kòm esklav pou Bondye ansanm ak Larichès ”. (Matye 6:24.) Li bezwen gen yon ‘ je ki senp ’, yon je ki fikse sou bagay espirityèl (Matye 6:22). Pou yon moun debarase tèt li de sa l posede, pou l bay pòv yo, se yon aksyon ki montre moun sa a gen espri sakrifis. Kòm rekonpans pou sakrifis jèn chèf sa a t ap fè nan domèn materyèl, Jezi te ofri l privilèj san parèy pou l ranmase trezò nan syèl la, sa vle di li t ap gen lavi etènèl e li t ap gen posiblite pou l dirije ansanm ak Kris nan syèl la. Jennonm nan pa t pare pou l renye tèt li. “ Li ale tou tris, paske li te gen anpil byen. ” ​(Matye 19:22). Sepandan, gen lòt disip Jezi ki te reyaji yon lòt fason.

14. Lè Jezi te envite kat pechè pwason pou vin suiv li, ki sa yo te fè ?

14 Anviwon dezan anvan sa, gen kat pechè pwason Jezi te fè menm envitasyon an. Pechè sa yo se te Pyè, Andre, Jak ak Jan. De ladan yo t ap peche nan moman an, tandiske de lòt yo te okipe nan reparasyon filè yo. Jezi di yo : “ Vin suiv mwen, e m ap fè nou vin pechè moun. ” Finalman, toule kat te abandone biznis lapèch yo te genyen an pou yo suiv Jezi pou tout rès vi yo. — Matye 4:18-22.

15. Ki sakrifis yon Temwen Jewova nan tan pa nou an te fè pou l suiv Jezi ?

15 Gen anpil kretyen jodi a ki imite egzanp kat pechè pwason yo olye yo suiv egzanp jèn chèf rich la. Nan objektif pou yo sèvi Jewova, yo abandone richès ansanm ak opòtinite monn nan ofri yo. Men sa Deborah rakonte : “ Lè mwen te gen 22 an, mwen te gen yon gwo desizyon pou m pran. Mwen te gen anviwon simwa depi mwen t ap etidye Labib, mwen te vle vwe vi m bay Jewova, men fanmi m pa t dakò ditou. Yo te miltimilyonè, donk yo te santi si mwen vin Temwen, sa t ap yon dezonè pou yo nan sosyete a. Yo te ban m vennkatrè pou m deside ki sa mwen prefere : yon vi nan liks oubyen laverite. Si mwen pa koupe tout kontak ak Temwen Jewova yo, mwen pap eritye anyen nan men fanmi m. Jewova te ede m pran bon desizyon an e li te ban m fòs pou m kenbe. Mwen gen 42 an nan sèvis aplentan, mwen pa regrèt anyen. Lefètke mwen pa t kontinye mennen yon vi egoyis, ki santre sou plezi sèlman, sa fè lavi m pa san sans, li pa tris menm jan ak lavi moun nan fanmi m. Mwen menm ansanm avèk mari m, nou ede plis pase yon santèn moun aprann laverite. Pitit espirityèl sa yo gen plis valè pou mwen lontan pase nenpòt ki richès materyèl. ” Gen plizyè milyon Temwen Jewova ki wè bagay yo menm jan ak Deborah. E ou menm ?

16. Ki jan nou ka montre nou pap viv pou pwòp tèt nou ankò ?

16 Gen plizyè milye Temwen Jewova, piske yo pa vle viv pou pwòp tèt yo ankò, ki te santi yo pouse pou yo sèvi antanke pyonye, sa vle di pwoklamatè Wayòm nan aplentan. Gen lòt menm, etandone sikonstans yo pa pèmèt yo patisipe aplentan nan ministè a, yo kiltive espri pyonye, yo fè tout sa yo kapab pou yo soutni travay predikasyon Wayòm nan. Gen paran ki montre menm etadespri sa a. Pou yo ka bay pitit yo fòmasyon nan domèn espirityèl, yo konsakre anpil tan pou sa e yo pase enterè pa yo dèyè. Kèlkeswa fason an, nou tout nou ka montre se enterè Wayòm nan ki gen premye plas nan lavi nou. — Matye 6:33.

Lanmou kiyès ki oblije nou ?

17. Ki sa ki motive nou pou nou fè sakrifis ?

17 Li pa fasil ditou pou yon moun demontre lanmou ki pouse moun fè sakrifis nan lavi l. Men, reflechi sou sa ki oblije nou fè sa. Gade ki sa apot Pòl te ekri : “ Lanmou Kris la genyen an oblije nou, paske men sa nou jije : yon sèl òm te mouri pou tout moun. [...] E li te mouri pou tout moun yon fason pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt yo ankò, men pou sila ki te mouri pou yo a epi ki te leve a. ” ​(2 Korentyen 5:14, 15). Se lanmou Kris genyen an ki oblije nou pou nou pa viv pou pwòp tèt nou ankò. Èske sa se pa yon motivasyon ki pisan ? Piske Kris te mouri pou nou, èske nou pa santi nou gen obligasyon moral pou nou viv pou li ? Vrèmanvre, rekonesans nou genyen pou gwo lanmou Bondye ak Kris demontre pou nou oblije nou vwe lavi nou bay Bondye epi vin disip Kris. — Jan 3:16 ; 1 Jan 4:10, 11.

18. Poukisa sa vo lapèn pou nou mennen yon vi sakrifis ?

18 Èske sa vo lapèn pou nou sispann viv pou pwòp tèt nou ? Lè jèn chèf rich la fin ale apre l te fin rejte envitasyon Jezi te fè l la, Pyè di Jezi : “ Ou wè, nou kite tout bagay e nou suiv ou. Ki sa menm k ap genyen pou nou ? ” ​(Matye 19:27). Efektivman, Pyè ansanm ak lòt apot yo te renye tèt yo. Ki rekonpans ki t ap tann yo ? Premyèman, Jezi pale de privilèj y ap genyen pou yo dirije ansanm avè l nan syèl la (Matye 19:28). Nan menm okazyon an, Jezi pale de benediksyon tout disip li gen pou yo resevwa. Li di yo : “ Pa gen moun ki kite kay, frè, sè, manman, papa, pitit, jaden, poutèt mwen e poutèt bon nouvèl la, ki pap jwenn kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, san fwa plis kounye a, nan peryòd sa a, [...] e nan sistèm k ap vini an, lavi etènèl. ” ​(Mak 10:29, 30). Nou resevwa plis pase sa nou kite yo. Èske papa, manman, frè, sè ak pitit nou vin genyen nan domèn espirityèl yo pa gen plis valè pase nenpòt bagay nou kite akoz Wayòm nan ? Dapre ou, ant Pyè e jèn chèf rich la, kiyès ki te jwenn plis satisfaksyon nan lavi l ?

19. a) De ki sa vrè bonè a depann ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Nan pawòl Jezi ak nan aksyon l, li montre yon moun ap jwenn vrè bonè a, se pa lè l egoyis, men se lè l bay e lè l sèvi lòt moun (Matye 20:28 ; Travay 20:35). Lè nou sispann viv pou pwòp tèt nou, nou suiv Kris nètale, nou jwenn gwo satisfaksyon nan lavi nou depi kounye a, e nou gen esperans pou nou viv pou toutan alavni. Natirèlman, lè nou renye tèt nou, se Jewova ki vin Mèt nou. Kidonk, nou vin esklav Bondye. Poukisa esklavaj sa a bay satisfaksyon ? Ki jan sa afekte desizyon n ap pran nan lavi nou ? Atik ki vin apre a pral egzamine kesyon sa yo.

Èske nou sonje ?

• Poukisa nou dwe konbat tandans egoyis nou gen lakay nou ?

• Sa sa vle di pou nou renye tèt nou, pou nou pran poto soufrans nou, e pou nou suiv Jezi nètale ?

• Ki sa ki motive nou pou nou pa viv pou pwòp tèt nou ankò ?

• Poukisa sa vo lapèn pou nou viv yon vi sakrifis ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 7]

“ Se pou w bon ak tèt ou, Seyè. ”

[Foto nan paj 9]

Ki sa k te anpeche jèn chèf la suiv Jezi ?

[Foto nan paj 11]

Lanmou pouse Temwen Jewova yo pou yo sèvi antanke pwoklamatè Wayòm nan ki zele.