Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Paran, pwoteje eritaj ou a ki gen anpil valè

Paran, pwoteje eritaj ou a ki gen anpil valè

Paran, pwoteje eritaj ou a ki gen anpil valè

“ Sajès bay yon pwoteksyon [...]. [Li] prezève lavi moun ki posede l yo. ” — Eklezyas 7:12.

1. Poukisa paran yo dwe konsidere pitit yo kòm yon kado ?

PARAN yo fè yon lòt moun vivan ki gen karakteristik fizik ak tanperaman ki sanble ak pa yo. Labib rele timoun sa yo “ eritaj Jewova ”. (Sòm 127:3.) Etandone se Jewova an reyalite ki bay lavi, sa li konfye paran yo, finalman se pou li yo ye (Sòm 36:9). Paran, lefètke Bondye ba w yon kado ki gen anpil valè konsa, ki jan w konsidere sa ?

2. Ki reyaksyon Manowa te genyen lè l te aprann l ap vin papa ?

2 Pa gen dout, yon kado konsa, yo dwe resevwa l avèk imilite e rekonesans. Se atitid sa a yon Izrayelit ki te rele Manowa te genyen, sa gen plis pase 3 000 an, lè yon zanj te vin enfòme madanm li li t apral fè yon pitit. Men sa Manowa te di nan yon priyè lè li te tande bon nouvèl sa a : “ Eskize m, Jewova. Lòm vrè Dye a ou fèk voye a, silvouplè, fè l vin kote nou ankò pou l ban nou enstriksyon sou sa nou dwe fè pou timoun ki pral fèt la. ” ​(Jij 13:8). Paran, ki sa egzanp Manowa aprann nou ?

Rezon ki fè èd Bondye nesesè jodi a

3. Nan kesyon elve timoun, poukisa èd Bondye patikilyèman nesesè jodi a ?

3 Si gen yon moman paran yo bezwen èd Jewova pou elve pitit yo se kounye a. Pou ki rezon ? Sèke yo pimpe Satan Ledyab ak zanj li yo sot nan syèl la desann sou tè a. Labib avèti “ malè pou latè ak lanmè paske Dyab la desann vin jwenn nou avèk yon gwo kòlè, piske li konnen kantite tan li rete a kout ”. (Revelasyon 12:7-9, 12.) Selon sa Labib di, Satan “ tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun ”. (1 Pyè 5:8.) Jeneralman, lyon atake bèt ki pi fèb la, souvan sa ki jèn nan. Kidonk, paran kretyen yo montre yo saj lè yo chèche direksyon nan men Jewova pou pwoteje pitit yo. Ki kantite efò ou fè nan sans sa a ?

4. a) Si yon paran konnen gen yon lyon ki lage nan zòn nan, ki reyaksyon sa ta dwe pouse l genyen ? b) Ki sa timoun yo bezwen kòm pwoteksyon ?

4 Si w ta konnen gen yon lyon ki lage nan zòn nan, siman prensipal sousi w se t ap pwoteje pitit ou. Satan tankou yon lyon rapas. L ap chèche kòwonp pèp Bondye a pou l fè yo vin pa diy pou yo jwenn apwobasyon Bondye (Jòb 2:1-7 ; 1 Jan 5:19). Li fasil pou pran timoun yo nan pyèj. Pou timoun yo evite pyèj Dyab la, yo dwe aprann konnen Jewova e yo dwe obeyi l. Konesans sou Bib la esansyèl. Jezi di : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ” ​(Jan 17:3). Anplis de sa, jèn yo bezwen sajès, sa vle di yo bezwen kapasite pou yo konprann e pou yo aplike sa yo aprann. Piske “ sajès la li menm ap prezève lavi moun ki posede l yo ”, ou menm paran ou bezwen fè laverite antre nan kè pitit ou (Eklezyas 7:12). Ki jan w ka fè sa ?

5. a) Ki jan yo ka transmèt sajès ? b) Ki jan liv Pwovèb la dekri valè sajès genyen ?

5 Ou kapab li Pawòl Bondye a pou pitit ou e ou dwe fè sa. Men, ede yo pou yo renmen Jewova e pou yo obeyi l mande plis pase sa. Sa mande pou yo konprann tou. Men yon egzanp : yo gendwa di yon timoun pa travèse lari a toutotan li pa gad anwo li pa gad anba. Poutan, gen kèk timoun ki pa obeyi. Poukisa ? Se paske yo gendwa pa esplike timoun nan ase souvan konsekans sa genyen lè yon machin frape yon moun, oubyen yo pa esplike l li yon fason pou l byen konprann danje a, sa ki t ap fè l evite “ sotiz ” ki ka mennen nan yon aksidan. Transmèt sajès mande tan ak anpil pasyans. Men, se pa ti valè sajès genyen ! Labib di : “ Chemen l se chemen ki agreyab, e tout wout li se lapè. Li se yon pyebwa lavi pou moun ki kenbe l, e moun ki kenbe l fèm yo, yo dwe rele yo byennere. ” — Pwovèb 3:13-18 ; 22:15.

Kalite ansèyman ki bay sajès

6. a) Poukisa souvan timoun yo aji yon fason ki pa saj ? b) Ki konba k ap fèt jodi a ?

6 Souvan jèn yo mal aji, se pa paske yo pa t anseye yo sa ki dwat, men paske ansèyman an pa touche kè yo, sa vle di li pa touche yo pa anndan. Dyab la ap livre yon batay pou l sedui kè jèn yo. Plan l se pou l wè yo ekspoze anba enfliyans monn li an ki pa gen rapò ak Bondye. Epitou, li eseye eksplwate tandans pou yo fè move bagay yo eritye akoz peche (Jenèz 8:21 ; Sòm 51:5). Paran yo bezwen rekonèt gen yon gè reyèl ki lanse pou sedui kè pitit yo.

7. Poukisa sa pa ase pou nou annik di yon timoun sa ki byen ak sa ki mal ?

7 Jeneralman, paran yo di yon timoun sa ki byen ak sa ki mal, yo kwè lè yo fè sa, yo anseye l yon sèten prensip moral. Yo kapab di timoun nan se mal pou yon moun bay manti, pou yon moun vòlè, oswa pou yon moun gen relasyon seksyèl ak yon moun li pa marye avè l. Sepandan, timoun nan bezwen gen yon motivasyon solid pou l obeyi olye pou l obeyi senpleman paske paran l di l sa. Sa yo se lwa Jewova yo ye. Timoun nan dwe aprann, l ap montre li gen sajès lè l obeyi kòmandman Bondye yo. — Pwovèb 6:16-19 ; Ebre 13:4.

8. Ki kalite ansèyman ki ka ede timoun yo aji avèk sajès ?

8 Konpleksite linivè a, varyete ki egziste nan bagay ki vivan yo, chanjman sezon, tout bagay sa yo kapab ede yon jèn timoun konprann gen yon Kreyatè ki plen sajès ki egziste (Women 1:20 ; Ebre 3:4). Anplis de sa, yo dwe fè timoun nan konnen Bondye renmen l e li pran dispozisyon pou l ba li lavi etènèl pa mwayen sakrifis Pitit li a e li ka fè Bondye kontan lè li obeyi sa Li di. Konsa, li pwobab pou timoun nan vin deside sèvi Jewova, malgre Dyab la ap eseye anpeche l fè sa. — Pwovèb 22:6 ; 27:11 ; Jan 3:16.

9. a) Ki sa ansèyman ki sove lavi a mande ? b) Ki sa yo anseye papa yo pou yo fè, e ki sa sa gen ladan l ?

9 Kalite ansèyman ki pwoteje yon timoun e ki motive l pou l fè sa ki dwat mande tan, atansyon ak planifikasyon. Sa mande pou paran yo aksepte direksyon Bondye. Labib di : “ Nou menm papa, [...] se pou nou kontinye leve [pitit nou] nan disiplin ak nan avètisman Jewova. ” ​(Efezyen 6:4). Ki sa sa vle di ? Nan grèk orijinal la, “ avètisman ” bay ide “ mete panse nan ”. Donk, yo ankouraje papa yo pou yo mete panse Jewova nan tèt pitit yo. Ala yon gwo pwoteksyon sa t ap ye pou jèn yo ! Si panse Bondye, sètadi fason Bondye panse, grave nan lespri timoun yo, sa ap pwoteje yo pou yo pa tonbe nan fè sa ki mal.

Se lanmou ki pou fè w anvi ede yo

10. Pou w enstwi pitit ou avèk efikasite, ki bagay enpòtan ou dwe konnen ?

10 Sepandan, pou w akonpli dezi ou genyen pou w leve pitit ou kòrèkteman, se lanmou ki dwe motive efò w ap fè. Youn nan pwen ki enpòtan se bon kominikasyon. Chèche konnen sa k ap pase nan lavi pitit ou e ki opinyon l genyen. Nan yon anbyans rilaks, ankouraje pitit ou pou l di sa k nan kè l, men, fè sa avèk tak. Pafwa li kapab di yon bagay ki choke w. Pran anpil prekosyon pou w pa parèt choke. Okontrè, koute sa l ap di avèk anpil atansyon.

11. Ki jan yon paran kapab mete panse Bondye nan yon timoun ?

11 Se vre, petèt ou te li pou pitit ou nan Bib la kote lwa Bondye yo kondane imoralite seksyèl, ou kapab menm te fè sa plizyè fwa (1 Korentyen 6:18 ; Efezyen 5:5). Petèt sa grave bagay ki fè Jewova plezi ak bagay ki pa fè l plezi nan lespri pitit ou. Sepandan, mete panse Jewova nan tèt yon timoun mande plis toujou. Timoun yo bezwen èd pou yo rezone sou enpòtans lwa Jewova yo. Yo bezwen pou w konvenk yo lwa Jewova yo dwat e yo bon, epi si yo obeyi yo, se pi bon bagay ki demontre lanmou yo ta ka fè. Se sèlman si ou rezone ak pitit ou sou Ekriti yo yon fason pou yo aksepte pwennvi Bondye, ou kapab di ou mete panse l nan yo.

12. Ki jan yon paran kapab ede pitit li pou l gen pwennvi ki kòrèk sou relasyon seksyèl ?

12 Lè w ap pale avèk yo sou kesyon sèks, ou kapab mande yo : “ Èske w panse si yon moun obeyi lwa Jewova ki di pou nou pa gen relasyon seksyèl anvan maryaj, sa ap anpeche moun sa a ere ? ” Ankouraje pitit ou pou l esplike repons li bay la. Apre w fin pale avè l sou bèl dispozisyon Bondye mete sou pye pou yon timoun fèt, ou kapab mande l : “ Èske w panse Bondye nou an ki renmen nou ta ka fè lwa pou anpeche nou jwi lavi a ? Oswa èske w panse lwa li yo la pou rann nou ere e pou pwoteje nou ? ” ​(Sòm 119:1, 2 ; Izayi 48:17). Chèche konn sa pitit ou panse sou sijè sa a. Apre sa, ou ka ba l egzanp sou fason imoralite seksyèl mennen nan lapenn ak nan pwoblèm (2 Samyèl 13:1-33). Lè w rezone ak pitit ou yon fason pou l konprann pwennvi Bondye e pou l aksepte l, w ap akonpli anpil travay pou w rive mete panse Bondye nan li. Sepandan, gen yon lòt bagay ankò ou ka fè.

13. Ki bagay lè yon timoun konprann li ki ka pouse l patikilyèman pou l obeyi Jewova ?

13 Avèk sajès, ou pap sèlman anseye pitit ou konsekans sa genyen lè yon moun dezobeyi Jewova, men tou, w ap esplike l nan ki degre fason nou viv afekte Jewova pèsonèlman. Sèvi ak Bib la pou w montre pitit ou, lè nou pa fè volonte Jewova nou fè l lapenn (Sòm 78:41). Ou kapab mande l : “ Poukisa ou pa dwe fè Jewova lapenn ? ” Ansuit, ou kapab di l : “ Ènmi Bondye a, Satan, di se pa paske nou renmen Jewova ki fè n ap sèvi l, men se pou rezon egoyis n ap sèvi l. ” Apre sa, esplike l lefètke Jòb te kenbe entegrite l, li te fè kè Bondye kontan. Konsa, li te bay yon repons pou akizasyon ki chaje ak manti Satan te fè a (Jòb 1:9-11 ; 27:5). Pitit ou bezwen konprann, selon konduit li genyen, li ka swa fè Jewova tris, swa fè l kontan (Pwovèb 27:11). Nou kapab anseye timoun yo sa nou sot egzamine la a ak anpil lòt leson enpòtan, si nou itilize liv Écoute le grand Enseignant an *.

Rezilta ki bay satisfaksyon

14, 15. a) Ki chapit nan liv Enseignant an ki motive timoun ? b) Ki bon rezilta ou jwenn depi lè w ap sèvi ak liv la ? (Gade kare ki nan paj 26-27 la tou.)

14 Gen yon granpè nan peyi Kwowasi ki li liv Enseignant an avèk yon pitit pitit li ki gen setan. Li ekri sa tigason an te di l : “ Manmi te di m fè yon bagay, men mwen pa t vle fè l. Apre sa, mwen sonje chapit ki di ‘ L’obéissance te protège ’ la, lè sa a mwen te retounen al di l mwen ta dwe obeyi l. ” Konsènan chapit ki gen tit “ Pourquoi nous ne devons pas mentir ” la, gen yon koup an Florid, Ozetazini, ki di : “ Li poze kesyon ki ankouraje timoun yo pou yo ouvri kè yo e pou yo admèt erè yo pa t ap admèt si se pa t fason sa a. ”

15 Liv Enseignant an gen plis pase 230 foto, e gen yon kòmantè oswa yon deskripsyon pou chak foto oswa pou chak gwoup foto. Gen yon manman ki gen rekonesans pou liv la ki di : “ Souvan, tigason m nan ret ap gade yon foto e li pa vle vire paj la. Foto yo pa sèlman atiran, men yo transmèt ansèyman tou, omwen yo pouse timoun yo poze kesyon. Konsènan yon foto kote yon timoun ap gade televizyon nan yon chanm ki fènwa, tigason m nan mande m : ‘ Manmi, ki sa tigason sa a ap fè la a ? ’ Li di sa ak yon vwa ki montre li konnen gen yon bagay mal k ap fèt. ” Kòmantè yo fè sou foto a di : “ Kiyès ki kapab wè tout sa n ap fè ? ”

Edikasyon ki endispansab pou jodi a

16. Ki sa ki endispansab pou nou anseye timoun yo jodi a, e poukisa ?

16 Anrapò ak pati entim ki nan kò timoun yo, yo bezwen okouran ki itilizasyon ki kòrèk e ki itilizasyon ki pa kòrèk. Sepandan, li pa toujou fasil pou nou pale sou kesyon sa a. Nan yon jounal, gen yon kwonikè ki fè remake li grandi nan yon anviwònman kote itilizasyon mo ki gen rapò ak ògàn seksyèl se betiz. Konsènan ansèyman l ap bay pitit li, men sa li ekri : “ Mwen pral fè efò pou m venk jèn mwen gen nan mwen menm. ” Vrèmanvre, lè paran yo evite abòde sijè ki gen rapò ak sèks ak yon timoun paske sa fè yo santi yo jennen, sa pa pwoteje l. Moun k ap fè abi seksyèl sou moun konn eksplwate inyorans timoun. Liv Écoute le grand Enseignant an abòde sijè a yon fason ki kòrèk, li fè sa avèk diyite. Enfòme timoun sou kesyon sèks pap retire inosans yo, okontrè lè nou pa fè sa, sa ka lakòz yo pèdi l.

17. Ki jan liv Enseignant an ede paran yo pou yo anseye pitit yo sou kesyon sèks ?

17 Nan chapit 10 la, lè y ap pale konsènan zanj mechan ki te vin sou tè a e ki te fè pitit, yo poze timoun nan kesyon sa a : “ Ki sa ou konnen sou relasyon seksyèl ? ” Liv la bay yon repons ki senp avèk diyite. Pi devan, chapit 32 a esplike fason timoun yo ka jwenn pwoteksyon kont moun k ap fè abi seksyèl sou moun. Nou resevwa anpil lèt ki fè konnen ansèyman konsa endispansab. Gen yon manman ki di : “ Semèn pase, lè Javan, tigason m nan, t al wè pedyat li, pedyat la mande si nou te pale avè l sou ki itilizasyon ki kòrèk anrapò ak pati entim ki nan kò l. Pedyat la te vrèman enpresyone lefètke nou te sèvi ak nouvo liv nou an pou pale sou sa. ”

18. Ki jan liv Enseignant an abòde kesyon rann anblèm nasyonal yo omaj la ?

18 Gen yon lòt chapit ki pale de istwa biblik konsènan twa jèn Ebre yo, Chadrak, Mechak, ak Abednego, ki te refize pwostène devan yon imaj ki te reprezante Leta babilonyen (Danyèl 3:1-30). Gen moun ki ka pa fè rapwochman ant rann yon imaj omaj ak salye drapo, jan liv Enseignant an fè l la. Sepandan, remake sa ekriven Edward Gaffney di nan yon entèvyou li te bay U.S. Catholic. Li di lè pitit fi l la di l li aprann yon “ nouvo priyè nan lekòl la ”, apre premye jou li nan yon lekòl piblik, li mande pitit fi l la pou l resite l pou li. Gaffney di : “ Li mete men l sou kè l e avèk fyète, li kòmanse : ‘ Mwen jire pou m rete fidèl a drapo a [...] ’ ” Apre sa, Gaffney di : “ Imedyatman mwen vin konprann yon bagay : Temwen Jewova yo gen rezon. Byen bonè nan lekòl nou yo, y ap ankouraje yon patriyotis ki gen aspè adorasyon, yon fidelite nou dwe demontre san diskisyon e ki depase limit. ”

Sa vo lapèn pou nou fè tout efò nou

19. Ki rekonpans ki genyen pou moun ki anseye pitit yo ?

19 Vrèmanvre, sa vo lapèn pou w fè tout efò w pou w anseye pitit ou. Gen yon manman ki abite Kannzas, Ozetazini, ki te tonbe kriye lè li resevwa yon lèt pitit gason l te ekri l. Men sa pitit li a te di nan lèt la : “ Mwen santi m gen anpil chans dèske m te gen yon edikasyon ki ede m rete plizoumwen stab e ekilibre nan domèn afektif. Sètènman, ou menm ak papi merite felisitasyon. ” ​(Pwovèb 31:28). Écoute le grand Enseignant an kapab ede anpil paran anseye pitit yo yon fason pou pwoteje eritaj sa a ki gen anpil valè.

20. Ki sa paran yo dwe toujou sonje, e ki efè sa dwe gen sou yo ?

20 Timoun nou yo merite tout tan nou, tout atansyon nou e yo merite pou nou fè tout efò nou pou yo. Yo jèn pou sèlman yon ti tan. Pwofite tout okazyon w jwenn pou w rete bò kote yo e pou w ede yo. Ou pap janm regrèt sa. Sa ap fè yo renmen w. Toujou sonje, pitit ou se yon kado Bondye fè w. Vrèman, yo se yon eritaj ki gen anpil valè (Sòm 127:3-5) ! Donk, trete yo antanke eritaj, tankou ou gen pou w rann Bondye kont sou fason ou leve yo, paske an reyalite ou gen pou w fè sa.

[Nòt anba paj]

^ § 13 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a. Gade chapit 40 lan ki gen tit “ Comment faire plaisir à Dieu ”.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa paran yo bezwen pwoteje pitit yo sitou jodi a ?

• Ki kalite ansèyman ki bay sajès ?

• Jodi a, ki sijè ki endispansab pou nou abòde ak pitit nou ?

• Ki jan liv Enseignant an ede paran yo anseye pitit yo ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 26, 27]

Yon liv ki bon pou tout moun

Yo te prepare liv Écoute le grand Enseignant an pou ede paran yo ak lòt granmoun pou yo li ansèyman Jezi Kris yo avèk timoun yo e pou yo egzamine yo avèk yo. Sepandan, granmoun ki li liv la eksprime apresyasyon sensè yo genyen pou sa yo aprann.

Gen yon mesye k ap viv Tegzas, Ozetazini, ki di : “ Liv Écoute le grand Enseignant an touchan e li senp, li touche moun tout laj, menm mwen menm ki gen 76 an. Se yon moun k ap sèvi Jewova depi l toupiti ki di nou yon gwo mèsi. ”

Gen yon lektè nan Lond, ann Angletè, ki fè konnen : “ Se sèten bèl imaj yo atire ni paran ni timoun. Kesyon yo ansanm ak prezantasyon liv la estrawòdinè, sa bèl pou w wè jan yo abòde yon seri sijè delika, tankou sijè ki nan chapit 32 a, chapit ki gen tit : ‘ Comment Jésus a été protégé. ’ ” Li fini pou l di : “ Se vre liv sa a fèt toudabò pou pitit Temwen Jewova, men mwen imajine pwofesè ak lòt moun ap byen kontan gen youn tou. Mwen deja wè mwen pral sèvi avè l nan mwa e nan ane k ap vini yo. ”

Gen yon dam Masachousèt, Ozetazini, ki t ap fè kòmantè sou pakèt foto “ byen chwazi ki gen nan liv la ”. Men sa li ekri : “ Mwen remake, menmsi liv la fèt pou timoun, sijè yo abòde yo kapab ede nou menm tou ki granmoun pou nou reflechi sou relasyon pèsonèl nou genyen ak Jewova. ”

Gen yon dam nan zòn Meyn, Ozetazini, ki di : “ Waw ! Ala yon liv estrawòdinè ! Se pa sèlman pou jèn li fèt, men, li fèt pou nou tout ki pitit Bondye. Li touche yon seri aspè nan mwen menm mwen potko janm rann mwen kont de yo. Li fè m fremi e apre sa li kalme m, lè konsa mwen santi m anpè. Mwen santi mwen tèlman pwòch Jewova antanke Papa m. Jewova retire tout chagren mwen te genyen depi plizyè ane e li fè objektif li yo parèt byen klè. ” Apre sa, dam nan di : “ Men sa m ap di tout moun : ‘ Tanpri, li l. ’ ”

Nan Kyoto, nan peyi Japon, gen yon dam ki fè konnen, lè li t ap li pou pitit pitit li, yo poze kesyon sa yo : “ ‘ Ki sa tigason sa a ap fè la a ? Poukisa y ap blame tifi sa a ? Ki sa manman sa a ap fè la a ? Ki sa lyon sa a ap fè ? ’ Liv la anseye bagay ki enterese nou. Se poutèt sa, mwen renmen l plis pase nenpòt lòt liv mwen ta ka jwenn nan yon bibliyotèk. ”

Nan zòn Kalgari, nan peyi Kanada, gen yon papa ki di, kou li resevwa liv la, li kòmanse li l pou yon pitit fi l ki gen sizan ak yon pitit gason l ki gen nevan. Men sa li rakonte : “ Imedyatman, yo reyaji yon fason estrawòdinè. Timoun mwen yo suiv avè m e yo reponn kesyon yo ak tout kè yo. Yo te santi etid la konsène yo, e li te ba yo posiblite pou yo di sa ki nan kè yo. Yo vin chofe, e tifi m nan di li vle etidye nan nouvo liv la chak swa. ”

Apre yon etid, men sa papa a di : “ Mwen menm ak pitit gason m nan, nou pase yon bann tan ap pale de Jewova ak objektif li. Li poze m anpil kesyon ki baze sou liv la. Dlo koule nan je m lè li di m bòn nui epi li mande m : ‘ Papi, mwen ta renmen nou fè yon ti pale konsa ankò. Mwen tèlman gen kesyon, e mwen vle konn tout bagay sou Jewova. ’ ”

[Foto nan paj 23]

Paran, ki sa egzanp Manowa a aprann nou ?

[Foto nan paj 25]

Foto ak kòmantè ki nan liv “ Enseignant ” an se zouti ki pisan pou ansèyman.

Ki manti Ananyas ap bay Pyè la a ?

Kiyès ki kapab wè tout sa n ap fè ?