Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pitit nou se yon eritaj ki gen anpil valè

Pitit nou se yon eritaj ki gen anpil valè

Pitit nou se yon eritaj ki gen anpil valè

“ Gade ! Pitit se yon eritaj Jewova bay, fwi ki sot nan vant se yon rekonpans. ” — SÒM 127:3.

1. Ki jan premye tibebe a te rive fèt ?

ANN egzamine ki kalite mirak Jewova Dye te rann posib lè li te fin kreye premye gason an ak premye fi a. Adan, papa a, ak Èv, manman an, yo chak te bay yon ti jèm nan yo menm ki vin fòme selil ki te devlope nan matris Èv pou fè yon lòt moun konplè, premye tibebe a (Jenèz 4:1). Jiska jodi a, fenomèn fegondasyon an ak fenomèn fè timoun nan tèlman estrawòdinè pou nou, anpil moun rele l yon mirak.

2. Poukisa w ka di sa k ap pase anndan matris yon fi ki ansent se yon mirak ?

2 Nan anviwon 270 jou, premye selil ki te pran nesans anndan vant manman an, kòm rezilta inyon manman an ak papa a, vin devlope pou l tounen yon tibebe ki fèt avèk plizyè milya selil. Premye selil la gen ladan l tout enfòmasyon ki nesesè pou fòme plis pase 200 varyete selil. Selil sa yo, ki gen yon konpleksite remakab, suiv yon seri enstriksyon estrawòdinè ki depase konpreyansyon lèzòm pou yo devlope egzakteman nan lòd yo dwe devlope a, e nan bon fason an, pou yo pwodui yon lòt moun vivan.

3. Poukisa anpil moun ki reflechi dakò se Bondye ki fè yon lòt moun vivan fèt ?

3 Dapre ou menm, kiyès an reyalite ki fè yon tibebe fèt ? Pa gen okenn dout, se Sila ki kreye lavi a. Men sa salmis lan te chante : “ Se pou nou konnen, Jewova se Bondye. Se li menm ki fè nou, se pa nou menm. ” ​(Sòm 100:3). Paran, kòm nou byen konnen, se pa okenn entèlijans espesyal nou genyen ki fè nou pwodui yon tibebe byen vivan ki gen anpil valè. Se sèlman yon Bondye ki gen yon sajès san limit ki ka fè yon mirak konsa : pwodui yon lòt moun vivan. Depi plizyè milye ane, moun ki reflechi dakò se Gran Kreyatè a ki alabaz fòmasyon yon timoun anndan matris manman l. Èske w dakò tou ? — Sòm 139:13-16.

4. Ki defo lèzòm genyen Jewova pa ka janm genyen ?

4 Sepandan, èske Jewova se yon Kreyatè ensansib ki senpleman etabli yon mwayen byolojik pou gason ak fi ka annik fè pitit ? Gen kèk moun ki ensansib. Men Jewova pa konsa ditou (Sòm 78:38-40). Remake sa Labib di nan Sòm 127:3 : “ Gade ! Pitit gason [ak tout pitit fi] se yon eritaj Jewova bay, fwi ki sot nan vant se yon rekonpans. ” Kounye a, ann konsidere ki sa yon eritaj ye e ki sa yon eritaj pwouve.

Yon eritaj e yon rekonpans

5. Poukisa pitit se yon eritaj ?

5 Yon eritaj se tankou yon kado. Souvan, paran yo travay di pandan anpil tan pou yo kite yon eritaj pou pitit yo. Eritaj la se kapab lajan, pwopriyete oswa petèt kèk byen yo posede ki gen anpil valè. Kèlkeswa sa eritaj la ye, li pwouve lanmou yon paran genyen pou pitit li. Bib la di Bondye bay paran yo pitit kòm yon eritaj. Se yon kado li ba yo paske li renmen yo. Si w se yon paran, dapre ou menm, èske aksyon w montre ou konsidere pitit ou yo kòm yon kado Kreyatè linivè a konfye w ?

6. Ki objektif Bondye te genyen lè l te bay lòm kapasite pou l fè pitit ?

6 Jewova fè kado sa a nan objektif pou tè a plen ak desandan Adan ak Èv (Jenèz 1:27, 28 ; Izayi 45:18). Jewova pa t kreye chak moun apa, menm jan li te fè plizyè milyon zanj yo (Sòm 104:4 ; Revelasyon 4:11). Olye Bondye fè sa, li prefere kreye lòm avèk kapasite pou l fè pitit, e timoun yo t ap sanble ak paran yo nan domèn moun ka remake. Ala yon bèl privilèj yon manman ak yon papa genyen pou yo fè yon lòt moun e pou yo pran swen l ! Antanke paran, èske w remèsye Jewova poutèt li ba w posiblite pou jwi eritaj ki gen anpil valè sa a ?

Annou tire leson nan egzanp Jezi

7. Kontrèman ak sa kèk paran fè, ki jan Jezi te montre enterè ak konpasyon pou “ pitit lèzòm ” ?

7 Malerezman, se pa tout paran ki konsidere pitit kòm yon rekonpans. Anpil paran pa montre konpasyon pou pitit yo. Paran konsa pa montre menm atitid ak Jewova oswa ak Pitit li a (Sòm 27:10 ; Izayi 49:15). Kontrèman ak paran sa yo, gade jan Jezi te enterese nan timoun. Menm anvan Jezi te vin sou tè a antanke moun, lè li te yon espri pisan nan syèl la, Labib di ‘ plezi l te avèk pitit gason lòm yo ’. (Pwovèb 8:31, Ford Porter.) Lanmou li te gen pou lèzòm te tèlman fò, li te bay vi l volontèman kòm ranson pou nou ka gen lavi etènèl. — Matye 20:28 ; Jan 10:18.

8. Ki jan Jezi te bay paran yo yon bèl egzanp ?

8 Pandan Jezi te sou tè a, li te bay paran yo yon trè bèl egzanp. Reflechi sou sa l te fè. Menm lè li te okipe anpil e li te anba strès, li te konn pase tan ak timoun. Li te konn gade yo k ap jwe sou plas mache e, nan ansèyman l ap bay, li te konn sèvi ak kèk aspè li remake nan konpòtman yo (Matye 11:16, 17). Pandan dènye vwayaj Jezi t ap fè Jerizalèm, li te konnen li t ap gen pou l soufri e yo t apral touye l. Sepandan, lè moun yo te mennen timoun piti yo vin wè Jezi, disip li yo te eseye fè timoun yo ale. Petèt yo te fè sa pou yo te ka pwoteje Jezi pou l pa gen plis strès. Jezi te reprimande disip li yo. Pou l te montre tout ‘ plezi l ’ se avèk timoun piti yo, men sa l te di : “ Kite timoun piti yo vin jwenn mwen, pa eseye bloke yo. ” — Mak 10:13, 14.

9. Poukisa sa nou fè ka pi enpòtan lontan pase sa nou di ?

9 Nou ka tire leson nan egzanp Jezi. Lè timoun yo vin bò kote nou, menm lè nou okipe, ki jan nou reyaji ? Èske se menm jan ak Jezi ? Sa timoun yo bezwen, sitou nan men paran yo, se sa Jezi te dispoze ba yo a : tan ak atansyon. Se vre, lè w di pawòl tankou : “ Mwen renmen w ”, se pawòl ki enpòtan. Sepandan, aksyon vo plis pase pawòl. Y ap remake lanmou w, non sèlman nan sa w di, men plis toujou nan fason w aji. Sa ap vizib nan tan w pase ak timoun yo, nan atansyon w akòde yo e nan swen w ba yo. Sepandan, menm lè w fè tout sa, ou gendwa pa wè rezilta sa bay, e menm lè sa bay rezilta, ou gendwa pa wè l tousuit jan w ta espere l la. Sa mande pasyans. Nou ka aprann pasyans si nou imite fason Jezi te konn boule ak disip li yo.

Pasyans ak afeksyon Jezi te genyen

10. Ki jan Jezi te anseye disip li yo yon leson imilite, e èske sa te bay bon rezilta tousuit ?

10 Jezi te konnen te toujou gen yon espri konpetisyon ki egziste pami disip li yo konsènan kiyès k ap gen pi gwo pozisyon. Yon jou, apre l te fin rive Kapènawòm ak disip li yo, li mande yo : “ ‘ De ki sa nou t ap diskite sou wout la ? ’ Yo te rete an silans, paske sou wout la, yo t ap diskite antre yo pou konnen kiyès ki pi enpòtan. ” Olye pou Jezi reprimande yo byen di, avèk pasyans, li te pran yon egzanp vivan avèk yo pou l anseye yo imilite (Mak 9:33-37). Èske sa te bay rezilta Jezi te vle a ? Pa tousuit. Anviwon simwa apre sa, Jak ak Jan te voye manman yo al mande Jezi pou yo gen gwo pozisyon nan Wayòm nan. Yon fwa ankò, avèk pasyans, Jezi te korije fason yo panse a. — Matye 20:20-28.

11. a) Ki travay ki te yon koutim apot Jezi yo pa t fè apre yo te fin rive nan yon chanmòt ak Jezi ? b) Ki sa Jezi te fè, e èske efò l la te jwenn bon rezilta lè sa a ?

11 Yon ti tan apre, Pak ane 33 epòk nou an rive, e Jezi reyini ak apot li yo an prive pou yo selebre evènman sa a. Lè yo rive nan chanmòt la, pa gen youn nan 12 apot yo ki te pran inisyativ pou lave pye lòt yo ki te sal ak pousyè, jan koutim nan te mande sa. Se te yon travay degradan yon domestik oswa yon fi ki ret nan kay la te konn fè (1 Samyèl 25:41 ; 1 Timote 5:10). Ala mal sa dwe te fè Jezi mal pou l wè disip li yo kontinye montre y ap chèche ran ak pozisyon ! Donk, Jezi te lave pye yo chak e apre sa li egzòte yo pou yo suiv egzanp li, pou yo sèvi lòt moun (Jan 13:4-17). Èske yo te fè sa ? Labib di, yon tikras pita nan menm jou swa sa a, “ te vin gen yon gwo diskisyon [...] ki pete pami yo konsènan kiyès nan yo ki te parèt gen pi plis grandè ”. — Lik 22:24.

12. Ki jan paran yo ka imite Jezi nan efò y ap fè pou bay pitit yo fòmasyon ?

12 Paran, lè pitit ou pa suiv konsèy ou ba li, èske w reyalize jan Jezi dwe te konn santi l ? Sonje Jezi pa t sispann ede apot li yo, menmsi yo te pran tan pou yo korije mankman yo te genyen. Finalman, pasyans li te pote fwi (1 Jan 3:14, 18). Paran, ou ta dwe imite lanmou ak pasyans Jezi te genyen. Pa janm sispann fè efò pou bay pitit ou fòmasyon.

13. Poukisa yon paran pa dwe pran pitit li agrap lè l vin poze l kesyon ?

13 Timoun yo bezwen santi paran yo renmen yo e yo bezwen santi yo enterese nan yo. Jezi te bezwen konnen sa disip li yo panse, konsa li te koute yo lè y ap poze kesyon. Li te mande yo sa yo panse sou yon seri de sijè (Matye 17:25-27). Wi, bon ansèyman gen ladan l koute avèk atansyon epi montre bonjan enterè. Paran, lè yon timoun vin kote w pou l poze w kesyon, ou dwe reziste devan tandans pou w pran l agrap, pou w di l : “ Al met kò w yon kote ! Ou pa wè m okipe ? ” Si yon paran vrèman okipe, li dwe di timoun nan n a pale sou sa pita. Lè sa a, fòk paran an fè efò pou l pale sou sa vre. Konsa, timoun nan ap santi paran l vrèman enterese nan li, e l ap pi alèz pou l fè paran l konfidans.

14. Ki sa paran yo ka aprann nan men Jezi konsènan fason pou yo montre afeksyon pou pitit yo ?

14 Èske paran yo dwe montre afeksyon pou pitit yo lè yo pase men nan kou yo epi anbrase yo ? Nan domèn sa a tou, paran yo ka aprann nan men Jezi. Labib di : “ Li pran timoun yo nan bra li, e li kòmanse beni yo, toutpandan li poze men l sou yo. ” ​(Mak 10:16). Ki jan w panse timoun yo te reyaji ? Siman kè yo te kontan, yo te santi yo byen bò kot Jezi. Si gen yon vrè afeksyon ant ou menm paran ak pitit ou, y ap pi byen reyaji devan efò w ap fè pou w disipline yo e pou w anseye yo.

Ki kantite tan pou nou pase ak yo ?

15, 16. Ki konsèp ki popilè nan kesyon elve timoun, e ki sa ki sanble ankouraje konsèp sa a ?

15 Gen moun k ap mande si timoun yo vrèman bezwen paran yo akòde yo anpil tan ak yon atansyon ki plen lanmou. Nan kesyon elve timoun, gen yon konsèp moun ap fè pwopagann pou li. Se sa yo rele bon kalite moman. Dapre moun k ap ankouraje konsèp sa a, timoun pa bezwen paran ba yo anpil tan, depi yo tire pwofi nan ti tan paran yo pase avèk yo a, e depi se yon moman ki byen panse e ki byen planifye. Men, èske konsèp yo rele bon kalite moman an se yon konsèp ki bon ? Èske se byennèt timoun yo ki te nan lespri moun ki te vin ak konsèp sa a ?

16 Yon ekriven ki te pale ak plizyè timoun fè konnen, sa timoun yo “ te plis vle nan men paran yo, se te plis tan ” ak “ yon atansyon total ”. Note sa yon pwofesè nan inivèsite te fè remake : “ Ekspresyon [bon kalite moman] an vin pran pye akoz gen paran ki santi yo koupab. Moun yo t ap chèche eskiz pou yo pase mwens tan ak pitit yo. ” Ki kantite tan paran yo dwe pase ak pitit yo ?

17. Ki sa timoun yo bezwen nan men paran yo ?

17 Labib pa bay kantite a. Sepandan, yo te ankouraje paran izrayelit yo pou yo pale ak pitit yo lè yo lakay yo, lè y ap mache sou wout, lè yo kouche e lè yo leve (Detewonòm 6:7). Sa montre aklè, paran yo bezwen kominike ak pitit yo e yo bezwen anseye yo chak jou, pandan tout jounen an.

18. Ki jan Jezi te konn pwofite okazyon l jwenn pou l fòme disip li yo, e ki leson paran yo ka aprann nan sa ?

18 Jezi te reyisi fòme disip li yo pandan li t ap manje avèk yo, pandan li t ap vwayaje avèk yo, e menm pandan li t ap detann li avèk yo. Konsa, li te pwofite tout okazyon pou l anseye yo (Mak 6:31, 32 ; Lik 8:1 ; 22:14). Menm jan an tou, paran kretyen yo dwe veye pou yo pwofite tout okazyon yo jwenn pou yo etabli yon bon kominikasyon ansanm ak pitit yo e pou yo kontinye fè sa, e anplis, pou yo fòme yo nan chemen Jewova.

Sa pou nou anseye yo e fason pou nou fè sa

19. a) Non sèlman nou bezwen pase tan ak timoun yo, ki lòt bagay ankò ki nesesè ? b) Ki sa paran yo bezwen anseye timoun yo avantou ?

19 Jis pase tan ak timoun yo e menm anseye yo, se pa sa sèlman k ap pèmèt nou rive elve yo byen. Sa ki ekstrèmman enpòtan tou, se sa n ap anseye yo a. Remake jan Labib ensiste sou sa ansèyman sa a dwe gen ladan l. Men sa l di : “ Pawòl sa yo mwen òdone w jodi a [...] ou dwe fè yo antre nan lespri pitit gason w. ” Ki “ pawòl sa yo ” timoun yo bezwen yo anseye yo ? Natirèlman, se pawòl yo te mansyone anvan yo, sètadi : “ Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou e ak tout fòs lavi w. ” ​(Detewonòm 6:5-7). Jezi te di se kòmandman sa a ki pi enpòtan nan tout kòmandman Bondye yo (Mak 12:28-30). Avantou, paran yo bezwen anseye timoun yo sou Jewova, yo bezwen esplike yo poukisa se li menm sèl ki merite pou nou montre lanmou ak atachman pou li ak tout nanm nou.

20. Nan tan lontan, ki sa Bondye te kòmande paran yo pou yo anseye pitit yo ?

20 Sepandan, “ pawòl sa yo ” yo ankouraje paran yo pou yo anseye pitit yo pa gen ladan l sèlman pou yon moun renmen Bondye ak tout li menm. W ap remake nan liv Detewonòm nan, nan chapit ki vin anvan chapit sa a, Moyiz te repete lwa Bondye te ekri sou wòch plat yo, Dis Kòmandman yo. Nan lwa sa yo, nou jwenn kòmandman ki di pou moun pa bay manti, pa vòlè, pa asasinen, pa fè adiltè (Detewonòm 5:11-22). Konsa, nesesite pou paran nan epòk sa a te bay pitit yo prensip moral te grave nan lespri pa yo tou. Jodi a, paran ki kretyen yo bezwen bay pitit yo enstriksyon menm jan an, si yo vle ede yo gen yon bèl avni ki sèten.

21. Ki sa enstriksyon yo te bay pou yo fè pawòl Bondye a “ antre nan lespri ” timoun yo vle di ?

21 Remake sa, yo di paran yo fason pou yo anseye pitit yo “ pawòl sa yo ”, oswa kòmandman yo. Note sa ki di : “ Ou dwe fè yo antre nan lespri pitit gason w. ” Ekspresyon “ antre nan lespri ” a vle di “ anseye epi grave nan lespri grasa repetisyon oswa avètisman ki fèt souvan. Li gen sans ankouraje oswa fikse nan lespri ”. An reyalite, Bondye te mande paran yo pou yo tabli yon pwogram enstriksyon biblik nan objektif prensipal pou yo grave kesyon espirityèl yo nan lespri pitit yo.

22. Ki sa yo te di paran izrayelit yo pou yo fè pou yo enstwi pitit yo, e ki sa sa te siyifi ?

22 Yon pwogram planifye konsa mande pou paran yo pran inisyativ. Labib di : “ Ou dwe mare yo [“ pawòl sa yo ”, oswa kòmandman Bondye yo] tankou yon siy sou men w, e yo dwe sèvi w tankou yon bando ant je w. E ou dwe ekri yo sou montan pòt kay ou e sou pòtay ou yo. ” ​(Detewonòm 6:8, 9). Sa pa vle di paran yo dwe ekri lwa Bondye yo literalman sou montan pòt kay yo ak sou pòtay yo, pou yo mare yon kopi lwa yo sou men pitit yo epi pou yo mete youn ant je yo. Okontrè, sa paran yo dwe fè, yo dwe kenbe ansèyman Bondye devan pitit yo toutan. Yo dwe anseye pitit yo yon fason regilye, toutan, kòmsi ansèyman Bondye yo te devan timoun yo toutan.

23. Ki sa nou pral egzamine nan atik pou semèn k ap vini an ?

23 Ki bagay konsa ki enpòtan anpil paran bezwen anseye pitit yo ? Poukisa jodi a li endispansab pou nou aprann timoun yo pwoteje tèt yo e pou nou tou ba yo fòmasyon pou yo fè sa ? Ki èd ki disponib pou paran yo pou pèmèt yo anseye pitit yo avèk efikasite ? Nan atik ki vin apre a, n ap egzamine kesyon sa yo ak lòt kesyon ki enterese anpil paran.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa timoun yo dwe gen anpil valè nan je paran yo ?

• Ki sa paran ak lòt moun ka aprann nan men Jezi ?

• Ki kantite tan paran yo dwe konsakre pou pitit yo ?

• Ki sa yo dwe anseye timoun yo, e ki jan ansèyman sa a dwe fèt ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Ki sa paran yo ka aprann nan fason Jezi te konn anseye ?

[Foto nan paj 20]

Ki lè paran izrayelit yo te dwe anseye pitit yo e ki jan yo te dwe fè sa ?

[Foto nan paj 21]

Paran yo dwe kenbe ansèyman Bondye yo devan pitit yo.