Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan premye liv Samyèl la

Pwen enteresan ki nan premye liv Samyèl la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan premye liv Samyèl la

NOU nan ane 1117 anvan epòk nou an. Gen anviwon twa san ane ki pase depi Jozye te fin pran Latè pwomiz. Ansyen ann Izrayèl yo vin kote pwofèt Jewova a ak yon rekèt estrawòdinè. Pwofèt la priye Jewova sou sa, e Jewova pèmèt yo jwenn sa yo mande a. Se konsa peryòd jij yo fini e peryòd kote moun pral dirije kòm wa a kòmanse. Premye liv Samyèl la, yon liv biblik, rakonte evènman estrawòdinè ki asosye ak gwo chanjman sa a ki rive nan istwa nasyon Izrayèl la.

Se Samyèl, Natàn ak Gad ki ekri premye liv Samyèl la. Liv sa a kouvri yon peryòd 102 ane, soti 1180 pou rive 1078 anvan epòk nou an (1 Kwonik 29:29). Se istwa kat pèsonalite enpòtan ann Izrayèl. De ladan yo te sèvi antanke jij, de lòt yo te sèvi antanke wa. De nan yo te obeyi Jewova e de pa t obeyi l. Anplis de sa, n ap fè konesans ak de medam ki se de bon egzanp ansanm ak yon gèrye ki alafwa vanyan e janti. Jan de egzanp sa yo ban nou leson enpòtan sou atitid ak aksyon pou nou imite ak sa pou nou evite. Sa ki di nan premye liv Samyèl la ka gen gwo enfliyans sou panse nou ak aksyon nou. — Ebre 4:12.

SAMYÈL SÈVI ANTANKE JIJ APRE ELI

(1 Samyèl 1:1–7:17)

Se epòk fèt Rekòt, e se pa ti kontan Ana ki ap viv Rama kontan *. Jewova reponn priyè l, li pèmèt li fè yon pitit gason. Pou Ana akonpli ve li te fè, li mennen Samyèl, pitit gason l lan, sèvi nan “ mezon Jewova a ”. Se la tigason an vin “ minis Jewova devan Eli, prèt la ”. (1 Samyèl 1:24 ; 2:11.) Alòske Samyèl te toujou timoun, Jewova pale ak li, li pwononse yon jijman kont mezon Eli. Toutpandan Samyèl ap grandi, tout pèp Izrayèl la te vin konnen l kòm yon pwofèt Jewova.

Rive yon lè, Filisten yo vin fè lagè kont Izrayèl. Yo kaptire Lach la e yo touye de pitit gason Eli yo. Lè Eli, ki te granmoun, pran nouvèl la, li tou mouri. “ Li te jije Izrayèl pandan karant an. ” ​(1 Samyèl 4:18). Lefètke Filisten yo pran Lach la, sa fè malè tonbe sou yo, konsa yo pote l tounen bay Izrayelit yo. Kounye a, se Samyèl ki jij ann Izrayèl, e gen lapè nan peyi a.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:10 — Poukisa Ana te priye pou Jewova “ bay wa li a fòs ” alòske lè sa a pa t gen pyès moun ki wa ann Izrayèl ? Sèke, Lwa Moyiz la te predi t ap gen yon moun k ap wa sou Izrayelit yo (Detewonòm 17:14-18). Nan pwofesi Jakòb te bay anvan li mouri a, li te di : “ Baton wa a [senbòl otorite wa a] pap kite Jida. ” ​(Jenèz 49:10). Mete sou sa, konsènan Sara, zansèt Izrayelit yo, Jewova te di : “ Wa plizyè pèp ap soti nan li. ” ​(Jenèz 17:16). Konsa, Ana t ap priye konsènan yon wa ki gen pou vini.

3:3 — Èske vrèman Samyèl te dòmi nan Trè Sen an ? Non, li pa t dòmi ladan l. Samyèl te yon Levit ki soti nan fanmi Keyatit yo, se pa t yon fanmi ki bay prèt (1 Kwonik 6:33-38). Pakonsekan, li pa t otorize pou l “ vin gade bagay ki sen yo ”. (Nonb 4:17-20.) Sèl kote nan sangtyè a Samyèl te gen dwa ale se nan lakou tabènak la. Se la li dwe te konn dòmi. Sanble, se yon kote nan lakou a Eli te konn dòmi tou. Li klè, ekspresyon “ kote lach Bondye a te ye a ” fè referans ak zòn kote tabènak la te ye a.

7:7-9, 17 — Poukisa Samyèl te ofri yon olokos Mitspa e li te tabli yon lotèl Rama, alòske yo te fèt pou ofri sakrifis regilyèman sèlman kote Jewova te chwazi pou sa (Detewonòm 12:4-7, 13, 14 ; Jozye 22:19) ? Apre yo te fin deplase Lach sakre a nan tabènak la Chilo, prezans Jewova pa t manifeste Chilo ankò. Konsa, antanke reprezantan Bondye, Samyèl te ofri yon olokos Mitspa, e li te tabli yon lotèl Rama tou. Aparamman, Jewova te apwouve aksyon sa yo.

Leson pou nou jodi a :

1:11, 12, 21-23 ; 2:19. Ana te renmen priye, li te gen imilite, li te gen rekonesans pou bonte Jewova e li te toujou gen lanmou matènèl lakay li. Tout sa, se bèl egzanp pou tout kretyèn ki gen krent pou Bondye.

1:8. Ala yon bèl egzanp Èlkana kite nan zafè ankouraje lòt moun ak pawòl li (Jòb 16:5) ! Toudabò, li te poze Ana, ki te tris, kesyon san li pa t akize l. Li te mande l : “ Poukisa kè w pa kontan ? ” Sa te ankouraje Ana pou l eksprime santiman l. Apre sa, Èlkana te reba li asirans li renmen l. Li di l : “ Èske mwen pa pi bon pou ou pase dis pitit gason ? ”

2:26 ; 3:5-8, 15, 19. Lè nou akonpli travay Bondye konfye nou avèk dilijans, lè nou pwofite de fòmasyon espirityèl li ban nou e lè nou montre respè pou lòt moun avèk jantiyès, nou vin “ pi agreyab ” ni nan je Bondye, ni nan je lèzòm.

4:3, 4, 10. Menm yon bagay ki te sen tankou lach alyans lan pa t sèvi kòm pòtbonè pou bay pwoteksyon. Nou dwe “ kanpe lwen zidòl ”. — 1 Jan 5:21.

PREMYE WA IZRAYÈL LA : LI TE REYISI OUBYEN LI TE ECHWE ?

(1 Samyèl 8:1–15:35)

Samyèl rete fidèl a Jewova pandan tout vi l. Men pitit gason l yo pa mache nan chemen Bondye. Lè ansyen Izrayèl yo mande pou yo gen yon moun ki pou wa yo, Jewova te pèmèt yo gen youn. Samyèl suiv enstriksyon Jewova bay e li wenn Sayil kòm wa, yon bèl gason, ki soti nan tribi Benjamen. Sayil ranfòse pozisyon l antanke wa, lè li venk Amonit yo.

Yonatàn, vanyan pitit gason Sayil la, venk yon ganizon Filisten. Filisten yo monte kont Izrayèl ak yon kokenn lame. Sayil pran panik, li dezobeyi, li pran libète al ofri yon olokos. Yonatàn, yon gason ki gen kouraj, pran ak li moun ki konn pot zam li an sèlman, e li atake yon lòt avanpòs filisten. Sepandan, sèman san reflechi Sayil te fè a te lakòz li pa rive gen yon viktwa total. Sayil kontinye “ fè lagè ” kont tout ènmi ki nan “ alantou ” yo (1 Samyèl 14:47). Malgre li venk Amalekit yo, li dezobeyi Jewova lè li epaye bagay ki ‘ vwe pou yo detwi ’. (Levitik 27:28, 29.) Se sa k fè Jewova rejte Sayil kòm wa.

Kesyon biblik ak tout repons :

9:9 — Ki sa ki remakab nan pawòl sa a ki di : “ Pwofèt kounye a, yo te konn rele l vwayan nan tan lontan ? ” Pawòl sa a ka vle di, etandone pwofèt yo te vin jwe yon wòl pi enpòtan nan epòk Samyèl ak nan epòk kote te gen wa ann Izrayèl, mo “ pwofèt ” la te vin ranplase mo “ vwayan ” an. Se Samyèl ki konsidere kòm premye nan ran pwofèt yo. — Travay 3:24.

14:24-32, 44, 45 — Yonatàn te bwè siwo myèl, e konsa li te vyole sèman Sayil te fè a. Èske li te pèdi favè Bondye poutèt sa ? Aksyon sa a pa sanble te fè Yonatàn pèdi favè Bondye. Toudabò, Yonatàn pa t konnen sèman papa l te fè a. Anplis de sa, sèman Sayil te fè a, kit se yon zèl mal plase ki te pouse l fè l, kit se yon move konsepsyon sou pouvwa wa a genyen, te lakòz pèp la tonbe nan pwoblèm. Ki jan Bondye te ka apwouve yon sèman konsa ? Byenke Yonatàn te dispoze sibi konsekans sa t apral genyen poutèt li pa t respekte sèman an, lavi l te epaye.

15:6 — Poukisa Kenit yo te jwenn yon konsiderasyon espesyal nan men Sayil ? Kenit yo se te pitit bòpè Moyiz. Yo te ede Izrayelit yo apre yo te fin kite mòn Sinayi (Nonb 10:29-32). Mete sou sa, Kenit yo te abite ansanm ak pitit Jida yo nan peyi Kanaran pandan yon sèten tan (Jij 1:16). Menmsi annapre, Kenit yo te abite ak Amalekit yo ansanm ak yon pakèt lòt pèp, yo te rete an bon tèm ak Izrayèl. Kidonk, Sayil te gen rezon valab pou l epaye Kenit yo.

Leson pou nou jodi a :

9:21 ; 10:22, 27. Lè Sayil te fèk vin wa, modesti ak imilite li te gen lakay li te pwoteje l pou l pa t aji san reflechi lè kèk “ mesye voryen ” pa t aksepte l antanke wa. Yon etadespri konsa se yon pwoteksyon toutbon pou anpeche moun aji yon fason derezonab.

12:20, 21. Nou pa dwe janm kite “ blòf ki pa itil ”, tankou konfyans nan lèzòm, konfyans nan pisans militè nasyon yo, oubyen idolatri, detounen nou pou nou pa sèvi Jewova.

12:24. Yon bon mwayen pou nou toujou gen krent pou Jewova, pou nou toujou gen respè pou li e pou nou kontinye sèvi l ak tout kè nou, se ‘ gade gwo bagay li fè ’ pou pèp li a nan tan lontan ak nan epòk pa nou an.

13:10-14 ; 15:22-25, 30. Fè atansyon ak prezonpsyon, kit li manifeste nan aksyon dezobeyisans oubyen nan etadespri ògeye. — Pwovèb 11:2.

YO CHWAZI YON JÈN TI BÈJE POU VIN WA

(1 Samyèl 16:1–31:13)

Samyèl wenn David ki soti nan tribi Jida pou l vin pwochen wa a. Yon ti tan apre sa, ak yon flonn, David touye Golyat, jeyan filisten an, ak yon sèl kout wòch. David ak Yonatàn vin de bon zanmi. Sayil mete David alatèt gèrye l yo. Kòm David ranpòte anpil viktwa, medam ann Izrayèl yo pran chante : “ Sayil vide milye l yo atè, men David vide dizèn milye l yo atè. ” ​(1 Samyèl 18:7). Sayil te gen yon sèl jalouzi ki monte l, l ap chèche touye David. Apre twa atak Sayil fè sou David, David chape poul li, li tou vin ap viv nan mawon.

Pandan ane David te fè nan mawon yo, li epaye lavi Sayil an de fwa. Li fè konesans ak Abigayil, yon bèl dam, e finalman li marye ak li. Etandone Filisten yo atake Izrayèl, Sayil entèwoje Jewova. Men, Jewova te abandone l. Samyèl te gentan mouri. Piske Sayil te pèdi espwa, li al kay yon manbo. Manbo a di Sayil y ap touye l nan batay l ap fè kont Filisten yo. Pandan batay sa a, Sayil te blese byen grav, e pitit li yo te mouri. Istwa a fini ak lanmò Sayil, yon lanmò ki montre Sayil te echwe. David toujou nan kache.

Kesyon biblik ak tout repons :

16:14 — Ki move espri ki te tonbe toumante Sayil la ? Move espri ki te fè Sayil pèdi lapè nan lespri l la se te move panchan ki nan lespri l ak nan kè l, sa vle di, move tandans li gen lakay li pou l fè sa ki mal. Lè Jewova te retire lespri sen l sou Sayil, li te pèdi pwoteksyon Jewova e lè sa a se move espri pa Sayil ki te vin ap dirije l. Piske se Bondye ki te pèmèt espri sa a ranplase lespri sen pa Li, yo rele move espri sa a “ yon move espri ki sot bò kote Jewova ”.

17:55-58 — Lè nou konsidere sa ki di nan 1 Samyèl 16:17-23, poukisa Sayil te mande pitit ki moun David ye ? Sayil pa t poze kesyon sa a paske li te annik vle konnen non papa David. Siman, li te bezwen konnen ki jan de moun ki papa yon tigason ki sot akonpli yon aksyon estrawòdinè konsa : touye yon jeyan.

Leson pou nou jodi a :

16:6, 7. Olye pou nou kite aparans moun yo enpresyone nou oubyen pou nou prese jije yo, nou dwe fè efò pou nou wè yo jan Jewova wè yo.

17:47-50. Avèk kouraj, nou ka fè fas ak opozisyon oubyen ak pèsekisyon nou jwenn nan men ènmi ki sanble ak Golyat, paske “ batay la se pou Jewova ”.

18:1, 3 ; 20:41, 42. Nou ka jwenn vrè zanmi pami moun ki renmen Jewova yo.

21:12, 13. Jewova atann pou nou itilize kapasite mantal nou ansanm ak talan nou genyen pou nou fè fas ak sitiyasyon difisil ki gen nan lavi a. Li ban nou Pawòl li ki enspire, ki anseye nou disènman, ki ban nou konesans ak kapasite pou nou reflechi (Pwovèb 1:4). Nou benefisye èd ansyen yo tou, yo menm ki se kretyen ki nome.

24:6 ; 26:11. Ala yon bèl egzanp David bay nan kesyon montre bonjan respè pou moun Jewova wenn !

25:23-33. Bonsans Abigayil te demontre a se yon bèl egzanp.

28:8-19. Nan efò movèzespri yo ap fè pou twonpe moun oubyen pou nui moun, yo ka fè tèt yo pase pou moun ki mouri. Nou dwe evite espiritis sou tout kalite fòm li prezante. — Detewonòm 18:10-12.

30:23, 24. Desizyon sa a ki baze sou Nonb 31:27 montre : moun ki soutni aktivite kongregasyon an, Jewova ba yo valè. Poutèt sa, kèlkeswa sa n ap fè, annou “ travay ladan l ak tout nanm nou tankou se pou Jewova e non pa pou lèzòm ”. — Kolosyen 3:23.

Ki sa ki “ gen plis valè pase sakrifis ” ?

Sou ki verite fondamantal lavi Eli, Samyèl, Sayil ak David mete aksan ? Sou verite sa a : “ Obeyi gen plis valè pase sakrifis, epi lè yon moun konn koute, sa gen plis valè pase grès belye. Paske espri rebelyon se tankou peche divinasyon, e avanse avèk prezonpsyon se tankou sèvi ak pouvwa majik oswa ak terafim. ” — 1 Samyèl 15:22, 23.

Ala yon privilèj nou genyen pou nou patisipe nan travay mondyal predikasyon Wayòm nan ansanm ak travay fè disip la ! Pandan n ap ofri Jewova “ jenn towo bouch nou yo ”, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou obeyi enstriksyon li ban nou pa mwayen Pawòl li e pa mwayen pati òganizasyon l lan ki sou tè a. — Ocheya 14:2 ; Ebre 13:15.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Pou nou lokalize diferan kote yo site nan premye liv Samyèl la, gade bwochi “ Voyez le bon pays ” a nan paj 18-19. Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

[Foto nan paj 29]

Okòmansman, premye wa Izrayèl la te yon dirijan ki gen imilite ak modesti, annapre li vin tounen yon monak ki gen ògèy ak prezonpsyon.

[Foto nan paj 31]

De ki sa nou ka sèten lè n ap rankontre opozisyon nan men ènmi ki tankou Golyat ?