Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Yo achte nou pou yon pri ”

“ Yo achte nou pou yon pri ”

“ Yo achte nou pou yon pri ”

“ Yo achte nou pou yon pri. Wi, glorifye Bondye.” — 1 KORENTYEN 6:20.

1, 2. a) Selon Lwa Moyiz la, ki jan yo te dwe trete yon esklav izrayelit ? b) Ki posiblite yon esklav ki renmen mèt li te genyen ?

“ NAN lantikite, esklavaj se yon bagay ki te kouran e anpil moun te konsidere l kòm nòmal. ” Se kòmantè sa a yon diksyonè biblik fè konsènan esklavaj. Apre sa, li ajoute : “ Ekonomi Ejip, Lagrès ansanm ak Wòm te repoze sou travay esklav yo. Nan premye syèk epòk krisyanis lan, sou chak twa moun ann Itali, youn ladan yo te yon esklav, e nan lòt peyi yo, se te youn sou chak senk moun. ” — Holman Illustrated Bible Dictionary.

2 Byenke esklavaj te egziste tou nan Izrayèl tan lontan an, Lwa Moyiz la te asire pwoteksyon esklav ebre yo. Pa egzanp, selon sa Lalwa te egzije, maksimòm tan yon Izrayelit te ka pase ap sèvi antanke esklav se sizan. Pandan setyèm ane a, li te dwe ale “ lib, san l pa peye anyen ”. Regleman ki te egziste sou fason pou yo trete esklav yo te tèlman jis, yo te tèlman gen konpasyon, gade ki dispozisyon Lwa Moyiz la te pran : “ Si esklav la ensiste, li di : ‘ Mwen renmen mèt mwen toutbon, mwen renmen madanm mwen ak pitit mwen, mwen pa vle ale lib ’, lè sa a mèt li dwe mennen l bò kot vrè Dye a e li dwe mennen l bò pòt la oswa bò kot montan pòt la, e mèt li dwe pèse zòrèy li ak yon pwenson e li dwe ret esklav li pou tan endefini. ” — Egzòd 21:2-6 ; Levitik 25:42, 43 ; Detewonòm 15:12-18.

3. a) Ki kalite esklavaj kretyen premye syèk yo te aksepte ? b) Ki sa k pouse nou sèvi Bondye ?

3 Dispozisyon sou esklavaj volontè a te bay yon apèsi sou kalite esklavaj vrè kretyen yo ladan l lan. Pa egzanp, gen yon seri ekriven biblik tankou Pòl, Jak, Pyè ak Jid ki te pale de tèt yo antanke esklav Bondye ak esklav Kris (Tit 1:1 ; Jak 1:1 ; 2 Pyè 1:1 ; Jid 1). Pòl fè kretyen Tesalonik yo sonje yo ‘ te kite zidòl yo pou yo tounen vin jwenn Bondye, pou yo travay tankou esklav pou yon Dye ki vivan e ki vrè ’. (1 Tesalonisyen 1:9.) Ki sa k te pouse kretyen sa yo pou yo aksepte volontèman vin esklav Bondye ? Bon, ki sa ki te motive yon esklav izrayelit pou l te renonse devan posiblite l genyen pou l vin lib ? Èske se pa lanmou li genyen pou mèt li ? Esklavaj pa kretyen yo baze sou lanmou yo genyen pou Bondye. Lè nou vin konnen vrè Dye a, yon Dye vivan, e nou vin renmen li, nou santi nou pouse pou nou sèvi l “ ak tout kè [nou] e ak tout nanm [nou] ”. (Detewonòm 10:12, 13.) Men, pou yon moun vin esklav Bondye ak esklav Kris, ki sa sa gen ladan l ? Ki jan sa afekte lavi nou chak jou ?

“ Fè tout bagay pou glwa Bondye ”

4. Ki jan nou vin esklav Bondye ak esklav Kris ?

4 Selon yon definisyon, yon esklav “ se yon moun ki se pwopriyete legal yon lòt moun oswa plizyè lòt moun, e li dwe montre yon obeyisans total ”. Lè nou vwe vi nou bay Jewova e nou batize, nou vin pwopriyete legal Jewova. Men sa apot Pòl di : “ Nou pa mèt tèt nou, paske yo achte nou pou yon pri. ” ​(1 Korentyen 6:19, 20). Natirèlman, pri sa a se sakrifis Jezi Kris te bay kòm ranson an, piske se sou baz sa a Bondye aksepte nou antanke sèvitè l, kit nou se kretyen wen, kit nou se konpayon yo ki gen esperans terès (Efezyen 1:7 ; 2:13 ; Revelasyon 5:9). Kidonk, depi lè nou batize, “ se byen Jewova nou ye ”. (Women 14:8.) Piske se ak san presye Jezi Kris yo achte nou, nou vin esklav Jezi tou e nou nan obligasyon pou nou obsève kòmandman l yo. — 1 Pyè 1:18, 19.

5. Antanke esklav Jewova, ki premye obligasyon nou genyen, e ki jan nou ka akonpli obligasyon sa a ?

5 Esklav yo dwe obeyi mèt yo. Se volontèman n ap sèvi Mèt nou antanke esklav e se lanmou nou genyen pou li ki pouse nou fè sa. Men sa 1 Jan 5:3 deklare : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. Epoutan kòmandman l yo pa lou. ” Donk, nan ka pa nou, obeyisans nou se prèv ki montre lanmou nou ak soumisyon nou. E sa parèt nan tout sa n ap fè. Apot Pòl di : “ Kit n ap manje, kit n ap bwè, oswa nenpòt lòt bagay n ap fè, fè tout bagay pou glwa Bondye. ” ​(1 Korentyen 10:31). Nan lavi nou chak jou, menmsi se nan bagay ki piti, nou vle montre n ap “ sèvi Jewova tankou esklav ”. — Women 12:11.

6. Lefètke nou se esklav Bondye, ki jan sa afekte desizyon n ap pran nan lavi a ? Sèvi ak yon egzanp pou demontre sa.

6 Pa egzanp, lè n ap pran yon desizyon, nou dwe veye pou nou teni kont de volonte Mèt nou an ki nan syèl la, anpalan de Jewova (Malaki 1:6). Desizyon difisil yo kapab yon eprèv pou obeyisans nou devan Bondye. Donk, èske n ap prefere koute konsèy li bay olye pou nou ta suiv tandans kè nou, ki tou deja “ trèt ” e ki “ pa bon menm ” ? (Jeremi 17:9.) Melisa se yon kretyèn selibatè ki pa t gen lontan depi l batize lè yon jènjan te kòmanse enterese nan li. Misye te sanble yon moun debyen, e li te deja ap etidye Labib avèk Temwen Jewova. Toutfwa, gen yon ansyen ki te esplike Melisa sajès ki genyen lè yon moun obeyi kòmandman Jewova bay pou nou marye “ nan Seyè a sèlman ”. (1 Korentyen 7:39 ; 2 Korentyen 6:14.) Men sa Melisa rekonèt : “ Li pa t fasil pou m te suiv konsèy sa a, men piske mwen te fè ve bay Jewova pou m fè volonte l, mwen te deside pou m obeyi enstriksyon klè li bay yo. ” Lè l ap reflechi sou sa k vin pase annapre, tande sa l di : “ Mwen tèlman kontan dèske mwen te koute konsèy sa a. Mesye a vin sispann etidye. Si m te pousuiv relasyon an, kounye a mwen t ap marye ak yon non kwayan. ”

7, 8. a) Poukisa nou pa dwe bay tèt nou twòp pwoblèm pou nou fè lòm plezi ? b) Bay yon egzanp pou montre jan nou ka venk krent pou lòm.

7 Antanke esklav Bondye, nou pa dwe vin esklav lèzòm (1 Korentyen 7:23). An reyalite, pa gen yon moun ki ta vle pou lòt moun pa renmen l. Men nou dwe sonje, antanke kretyen, prensip nou yo diferan ak prensip monn nan. Gade ki kesyon Pòl te poze : “ Èske se lòm m ap chèche fè plezi ? ” Men konklizyon li fè : “ Si mwen t ap fè lòm plezi toujou, mwen pa t ap esklav Kris. ” ​(Galat 1:10). Nou pa kapab kite lòt moun enfliyanse nou, pou nou tonbe nan fè moun plezi. Donk, ki sa pou nou fè lè n ap sibi enfliyans pou nou aji menm jan ak tout moun ?

8 Ann pran egzanp Elena, yon jèn kretyèn k ap viv ann Espay. Li te gen plizyè kondisip ki te konn al bay san yo kòm don. Yo konnen, piske Elena se Temwen Jewova, li pa t apral bay san, ni li pa t ap aksepte yon transfizyon san. Lè yon okazyon te prezante devan Elena pou l esplike tout klas la pozisyon li, li te aksepte fè yon prezantasyon. Men sa Elena di : “ Franchman, mwen te gen anpil strès. Men, mwen te byen prepare, e rezilta yo te depase sa mwen te atann. Anpil nan kondisip mwen yo vin respekte m, e pwofesè m nan di m li te apresye travay mwen t ap fè a. Anplis de tout sa, mwen santi m satisfè dèske mwen te defann non Jewova, mwen te anmezi esplike byen klè rezon biblik ki fè mwen pran pozisyon sa a. ” ​(Jenèz 9:3, 4 ; Travay 15:28, 29). Wi, antanke esklav Bondye ak esklav Kris, pozisyon nou diferan parapò ak lòt moun. Sepandan, si nou prepare nou pou nou defann kwayans nou yo avèk respè, nou ka byen fè moun respekte nou. — 1 Pyè 3:15.

9. Ki leson nou aprann nan men zanj ki te parèt devan apot Jan an ?

9 Lè nou sonje nou se esklav Bondye, sa ka ede nou tou pou nou rete enb. Gen yon lè, apot Jan te fè yon vizyon estrawòdinè sou Jerizalèm selès la. Sa te tèlman gen efè sou li, li te tonbe atè pou l adore devan pye zanj ki te sèvi kòm pòtpawòl Bondye nan okazyon an. Men, zanj lan te di l : “ Atansyon ! Pa fè sa ! Mwen se yon senp esklav menm jan avè w, menm jan ak frè ou yo ki pwofèt e menm jan ak sila yo k ap suiv pawòl ki nan woulo sa a. Adore Bondye. ” ​(Revelasyon 22:8, 9). Ala yon bèl egzanp zanj lan bay pou tout esklav Bondye yo ! Gen kèk kretyen ki kapab gen responsablite espesyal nan kongregasyon an. Toutfwa, Jezi te di : “ Nenpòt moun ki vle vin gran pami nou dwe sèvitè nou, e nenpòt moun ki vle premye pami nou dwe esklav nou. ” ​(Matye 20:26, 27). Antanke disip Jezi, nou tout se esklav.

“ Sa nou fè a se sa nou te dwe fè ”

10. Bay kèk egzanp biblik ki montre gen kèk sèvitè fidèl Bondye ki pa t toujou twouve li fasil pou yo fè volonte l.

10 Li pa toujou fasil pou yon moun enpafè fè volonte Bondye. Lè Jewova te mande pwofèt Moyiz pou li t al ann Ejip pou l delivre Izrayelit yo nan esklavaj, li te yon jan retisan pou l obeyi (Egzòd 3:10, 11 ; 4:1, 10). Lè Yona te resevwa misyon pou l al Niniv al pwoklame jijman Jewova sou pèp sa a, Yona te “ leve pou l kouri al Tasis pou l sot devan Jewova ”. (Yona 1:2, 3.) Bawouk, eskrib ki te sekretè pwofèt Jeremi an, te plenyen paske li te vin bouke (Jeremi 45:2, 3). Ki jan nou dwe aji lè sa nou ta renmen fè, oswa sa nou vle fè, pa ann amoni ak volonte Bondye ? Gen yon egzanp Jezi te bay ki pèmèt nou jwenn repons lan.

11, 12. a) Fè yon rezime sou egzanp Jezi te bay ki mansyone nan Lik 17:7-10 la. b) Ki leson nou tire nan egzanp Jezi a ?

11 Jezi pale de yon esklav ki pase tout yon jounen nan savann ap pran swen twoupo mèt li. Lè esklav la rantre lakay, apre li fin fè douz èdtan ap travay di, li fatige. Mèt li pa envite l chita pou l pran yon bon soupe. Okontrè, mèt li di l : “ Prepare yon bagay pou mwen pou m ka soupe, met yon tabliye epi sèvi m jiskaske m fin manje m fin bwè, e apre sa, w a manje w a bwè. ” Se lè esklav la fin sèvi mèt li l ap ka sèvi tèt li. Jezi fini egzanp lan avèk pawòl sa yo : “ Menm jan an, nou menm tou, lè nou fin fè tout bagay yo te mande nou fè yo, se pou nou di : ‘ Nou se esklav ki pa itil anyen. Sa nou fè a se sa nou te dwe fè. ’ ” — Lik 17:7-10.

12 Jezi pa t bay egzanp sa a pou l montre Jewova pa apresye travay nou akonpli nan sèvis li. Bib la di klè : “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l. ” ​(Ebre 6:10). Okontrè, leson ki gen nan parabòl Jezi a, sèke yon esklav pa ka fè tèt li plezi, ni li pa ka konsantre sou byennèt pa l. Lè nou vwe vi nou bay Bondye e nou chwazi pou nou vin esklav li, nou aksepte mete volonte pa l anvan volonte pa nou. Nou dwe mete volonte Bondye anvan, epi volonte pa nou apre.

13, 14. a) Nan ki sikonstans konsa nou ta dwe venk tandans ki lakay nou ? b) Poukisa nou dwe mete volonte Bondye an premye ?

13 Sa ka mande anpil efò bò kote pa nou pou nou rive etidye Pawòl Bondye a ansanm ak piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” regilyèman (Matye 24:45). Vin jwenn si nou gen difikilte pou nou li, oswa si piblikasyon an ap pale sou “ bagay pwofon Bondye yo ”. (1 Korentyen 2:10.) Toutfwa, èske li pa t ap bon pou nou pwograme tan pou nou fè etid pèsonèl nou ? Petèt, nou ta dwe disipline tèt nou pou nou chita yon kote, pou nou pran tan pou nou etidye. Si se pa sa nou fè, ki jan n ap fè vin renmen “ gwo manje [ki fèt] pou moun ki gen matirite ” yo ? — Ebre 5:14.

14 E lè nou fin fè yon jounen byen long ap travay, nou rive lakay tou fatige, ki sa pou n fè ? Petèt n ap bezwen rele sou kò nou pou n al nan reyinyon. Petèt, nou kapab pa fin renmen preche moun nou pa konnen. Menm Pòl te rekonèt gen pafwa nou kapab ap preche bon nouvèl la ‘ kont volonte nou ’. (1 Korentyen 9:17.) Men kanmenm, nou akonpli bagay sa yo paske Jewova, Mèt nou an ki nan syèl la, Mèt nou renmen an, di nou pou nou fè sa. Epitou, èske nou pa toujou santi nou satisfè e nou santi nou remanbre apre nou fin fè efò pou nou etidye, pou n al nan reyinyon e pou n al preche ? — Sòm 1:1, 2 ; 122:1 ; 145:10-13.

Pa gade “ bagay ki dèyè yo ”

15. Ki jan Jezi te bay yon bèl egzanp soumisyon devan Bondye ?

15 Jezi Kris te demontre soumisyon l devan Papa l ki nan syèl la yon fason ki san parèy. Men sa Jezi te di disip li yo : “ Mwen desann sot nan syèl la pou m vin fè, non pa volonte pa m, men volonte moun ki voye m nan. ” ​(Jan 6:38). Lè l te nan angwas nan jaden Jetsemane, li te fè priyè sa a : “ Papa m, si se posib, fè koup sa a pase lwen m. Toutfwa, se pa jan m vle, men se jan w vle. ” — Matye 26:39.

16, 17. a) Ki jan nou ta dwe konsidere bagay nou kite dèyè yo ? b) Esplike sa k fè Pòl te reyalis lè l te konsidere posiblite li te genyen nan monn nan kòm “ yon pil fatra ”.

16 Jezi Kris vle pou nou rete fidèl ak desizyon nou pran pou nou esklav Bondye. Men sa li di : “ Pa gen moun ki met men l nan chari a epi ki gade bagay ki dèyè yo ki fèt pou wayòm Bondye a. ” ​(Lik 9:62). Definitivman, lè nou vin esklav Bondye, nou pa dwe chita ap reflechi sou sa nou kite dèyè. Okontrè, nou dwe cheri sa nou vin genyen lefètke nou chwazi vin esklav Bondye. Pòl te ekri Filipyen yo pawòl sa yo : “ Wi, [...] mwen konsidere tout bagay tankou yon pèt poutèt kokenn enpòtans konesans Jezi Kris, Seyè m nan, genyen an. Poutèt li menm, mwen aksepte pèdi tout bagay e m konsidere yo tankou yon pil fatra, yon fason pou m ka gen Kris. ” — Filipyen 3:8.

17 Sonje tout bagay Pòl te konsidere kòm yon pil fatra, tout bagay li te abandone pou l te ka jwenn rekonpans espirityèl antanke esklav Bondye. Nonsèlman li te kite konfò ki gen nan monn nan dèyè, men tou li te abandone posiblite pou l ta vin yon lidè nan Jidayis la. Si Pòl te rete nan Jidayis la, li te ka byen vin nan yon gwo pozisyon, menm jan ak Simeyon, pitit Gamalyèl ki te pwofesè Pòl (Travay 22:3 ; Galat 1:14). Simeyon te vin yon lidè pami Farizyen yo, e menmsi li te yon ti jan ezite anvan, li te jwe yon gwo wòl nan rebelyon Juif yo te fè kont Wòm nan ane 66-70 epòk nou an. Li mouri pandan konfli sa a, swa anba men kèk ekstremis juif oswa anba men lame women an.

18. Bay yon egzanp pou montre kòman sa nou akonpli nan domèn espirityèl ka fè nou jwenn rekonpans.

18 Gen anpil Temwen Jewova ki suiv egzanp Pòl. Nou gen egzanp Jeanne ki te di : “ Kèk ane apre mwen te fini lekòl, mwen te jwenn yon travay antanke sekretè direksyon pou yon gwo avoka nan vil Lond. Mwen te renmen travay mwen anpil e mwen t ap touche yon bon kòb, men nan kè m, mwen te konnen mwen te ka fè plis pou m sèvi Jewova. Alafen, mwen remèt demisyon m, e mwen te pran sèvis pyonye. Se pa ti kontan m kontan dèske m te pran desizyon sa a, sa prèske gen ventan kounye a ! Sèvis aplentan mwen ladan l lan anrichi lavi m plis pase nenpòt ki travay mwen te ka jwenn antanke sekretè. Pa gen anyen ki ka ban nou pi gwo satisfaksyon pase lè nou wè jan Pawòl Bondye a ka rive chanje lavi yon moun. Se yon bagay estrawòdinè lefètke nou ka patisipe nan sa. Sa nou bay Jewova a pa anyen devan sa nou resevwa. ”

19. Ki rezolisyon nou ta dwe pran, e poukisa ?

19 Avèk letan, sitiyasyon nou ka chanje. Men, ve nou te fè bay Bondye a pa chanje. Nou toujou esklav Jewova, men li kite nou deside ki meyè fason n ap itilize tan nou, enèji nou, talan nou ak lòt resous nou genyen. Kidonk, desizyon nou pran nan sans sa a reflete lanmou nou genyen pou Bondye. Desizyon nou yo montre tou jis nan ki pwen nou dispoze fè sakrifis (Matye 6:33). Kèlkeswa sitiyasyon nou, èske nou pa ta dwe detèmine pou nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an ? Men sa Pòl te ekri : “ Si bòn volonte a la anvan, li akseptab sitou selon sa yon moun genyen, e non selon sa yon moun pa genyen. ” — 2 Korentyen 8:12.

“ Nou gen fwi nou ”

20, 21. a) Lè nou se esklav Bondye, ki fwi nou pwodui ? b) Ki jan Jewova rekonpanse moun ki ba li sa yo genyen ki pi bon an ?

20 Vin esklav Bondye se pa yon fado. Okontrè, li pèmèt nou soti anba yon lòt fòm esklavaj ki rèd anpil e ki retire nan kontantman nou. Men sa apot Pòl ekri : “ Paske nou libere anba peche, men nou vin esklav Bondye, nou gen fwi nou sou fòm sentete, e alafen, n ap gen lavi etènèl. ” ​(Women 6:22). Lefètke nou se esklav Bondye, sa pote fwi sou fòm sentete, sa vle di nou rekòlte byenfè ki genyen nan yon konduit ki sen, ki pwòp nan domèn moral. Plis toujou, sa ap mennen nan lavi etènèl alavni.

21 Jewova donan ak esklav li yo. Lè nou fè tout sa nou kapab nan sèvis li, li ouvri “ vàn syèl la pou nou ” e li vide “ benediksyon sou nou toutbonvre jiskaske pa gen nesesite ankò ”. (Malaki 3:10.) Se yon plezi sa ap ye pou nou kontinye sèvi Jewova antanke esklav pou tout letènite !

Èske nou sonje ?

• Poukisa nou vin esklav Bondye ?

• Ki jan pou nou demontre nou soumèt nou anba volonte Bondye ?

• Poukisa nou dwe pare pou nou mete volonte Jewova anvan volonte pa nou ?

• Poukisa nou pa dwe “ gade bagay ki dèyè yo” ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12]

Dispozisyon sou esklavaj volontè ki te konn fèt ann Izrayèl la se te yon apèsi sou esklavaj pa kretyen yo.

[Foto nan paj 13]

Nou vin esklav Bondye lè nou batize.

[Foto nan paj 13]

Kretyen yo mete volonte Bondye an premye.

[Foto nan paj 14]

Moyiz te retisan pou l aksepte misyon l.