Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon Afriken enb ki te renmen Pawòl Bondye

Yon Afriken enb ki te renmen Pawòl Bondye

Yon Afriken enb ki te renmen Pawòl Bondye

BYEN souvan, moun k ap vizite Afrik sezi wè jan l fasil pou moun kòmanse konvèsasyon biblik ak moun nan zòn sa a. Kesyon tankou : “ Ki sa Wayòm Bondye a ye ? ” oubyen “ Èske gen yon solisyon dirab pou pwoblèm grangou, maladi, lagè ak krim ? ” se kesyon ki fasil pou kapte atansyon moun yo. Anpil moun byen kontan kite yon moun yo pa konnen montre yo repons Bib la bay pou kesyon sa yo. Souvan sa mennen nan yon etid biblik regilye. E kòm etidyan yo fè pwogrè espirityèl, yo vin batize antanke kretyen.

Nan Bib la, nan Travay 8:26-40, yo mansyone youn nan premye Afriken ki te reyaji fason sa a. Se te yon Etyopyen, yon mesye ki te konn vwayaje al Jerizalèm pou l adore Jewova, vrè Dye a.

Jan foto ki pi ba a montre sa, pandan Etyopyen an chita sou charyo l l ap tounen lakay li, l ap li nan yon woulo. Gen yon moun li pa konnen ki vini bò kote l ki mande l : “ Èske ou vrèman konprann sa w ap li a ? ” Avèk imilite, Etyopyen an rekonèt li bezwen èd e li sipliye etranje a, Filip, yon kretyen ki t ap evanjelize, pou l monte sou charyo a. Apre sa, li mande Filip pou l esplike l siyifikasyon pasaj li t ap li nan Ekriti a. Filip esplike l se yon pwofesi ki konsène lanmò Mesi a, Jezi Kris, yon evènman ki pa t gen lontan depi l te pase. Filip tou di l kèk lòt bagay ki gen rapò ak “ bon nouvèl konsènan Jezi ”. Sandout, li pale avè l tou sou rezirèksyon Jezi.

Apre Etyopyen an fin tande verite estrawòdinè sa yo, li deside vin disip Jezi e li mande : “ Ki sa ki anpeche m batize ? ” Apre Afriken enb sa a fin batize, li repran wout kay li byen kontan, e Bib la pa janm pale de li ankò.

Jodi a, Temwen Jewova yo ap ede plizyè milyon moun toupatou sou tè a pou yo aprann menm “ bon nouvèl ” sa a. Aktyèlman, y ap kondui anviwon sis milyon etid biblik gratis.