Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou mete konfyans nou nan Pawòl Jewova

Annou mete konfyans nou nan Pawòl Jewova

Annou mete konfyans nou nan Pawòl Jewova

“ Mwen mete konfyans mwen nan pawòl ou. ” — Sòm 119:42.

1. Ki sa w konnen sou idantite ak etadespri ekriven Sòm 119 la ?

KONPOZITÈ Sòm 119 la te renmen pawòl Jewova. Se te petèt Izkiya, lè l te prens Jida. Santiman ki eksprime nan chan enspire sa a te matche ak etadespri Izkiya, li menm ki “ te rete atache ak Jewova ” toutpandan li te wa Jida (2 Wa 18:3-7). Yon bagay ki sèten, sèke konpozitè a te konsyan li pòv espirityèlman. — Matye 5:3.

2. Ki tèm yo devlope nan Sòm 119, e ki jan yo fè aranjman chan sa a ?

2 Yon pwen fondamantal ki gen nan Sòm 119 la, se enpòtans pawòl Bondye oswa mesaj Bondye genyen *. Petèt pou ede moun sonje chan an, li fè l sou fòm yon akwostich. San swasannsèz vèsè li genyen yo prezante nan lòd alfabetik, selon alfabè ebre a. Nan ebre orijinal la, chak stwòf nan 22 stwòf yo gen uit liy ki kòmanse ak menm lèt la. Sòm sa a fè referans ak pawòl Bondye, lwa li, rapèl li, chemen li, lòd li, règ li, kòmandman li, desizyon jidisyè li, deklarasyon li ak dekrè li. Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral pale de Sòm 119 la selon yon tradiksyon ki fidèl ak tèks ebre a. Lè nou medite sou eksperyans sèvitè Jewova te fè nan tan lontan ak nan epòk pa nou an, sa dwe fè nou pi byen konprann chan enspire sa a ki vini de Bondye e sa dwe ogmante rekonesans nou pou Labib, Pawòl Bondye fè ekri a.

Si nou obeyi pawòl Bondye n ap ere

3. Esplike sa sa vle di lè yon moun entèg, epi bay yon egzanp.

3 Pou nou vrèman ere, nou dwe mache nan lwa Bondye (Sòm 119:1-8). Si nou fè sa, Jewova ap konsidere nou kòm moun ki ‘ entèg nan wout nou ’. (Sòm 119:1.) Entèg pa vle di pafè, men sa endike n ap lite pou nou fè volonte Jewova Dye. Noye “ te montre l entèg pami moun ki t ap viv nan menm epòk avèk li ”, antanke moun ki “ t ap mache avèk vrè Dye a ”. Patriyach fidèl sa a ansanm ak fanmi li te chape lè delij la, paske li te suiv chemen lavi Jewova trase a (Jenèz 6:9 ; 1 Pyè 3:20). Se menm jan an tou, pou nou chape nan fen monn sa a, fòk ‘ nou obsève lòd Bondye yo avèk swen ’, sa vle di fòk nou fè volonte l. — Sòm 119:4.

4. De ki sa bonè nou ak siksè nou depann ?

4 Jewova pap janm lage nou si nou ‘ louwe l avèk yon kè ki dwat e si nou kontinye obsève règ li bay yo ’. (Sòm 119:7, 8.) Bondye pa t abandone Jozye, yon dirijan izrayelit, ki te aplike konsèy li te jwenn pou l ‘ li nan liv lalwa a lajounen kou lannuit, dekwa pou l fè selon tout sa ki ekri ladan l ’. Sa te fè l reyisi e sa te pèmèt li aji avèk sajès (Jozye 1:8). Lè Jozye te rive nan fen vi l, li te toujou ap louwe Bondye e li te anmezi fè Izrayelit yo rapèl sa a : “ Nou byen konnen ak tout kè nou e ak tout nanm nou pa gen yon pawòl nan tout bèl pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. ” ​(Jozye 23:14). Menm jan ak Jozye ansanm ak ekriven Sòm 119 la, n ap ka jwenn bonè ak siksè lè nou louwe Jewova e lè nou mete konfyans nou nan pawòl li.

Pawòl Jewova fè nou rete san tach

5. a) Esplike ki jan li posib pou yon moun rete san tach espirityèlman. b) Ki èd ki disponib pou yon jèn ki fè yon peche grav ?

5 N ap kapab san tach espirityèlman si nou rete vijilan selon pawòl Bondye (Sòm 119:9-16). N ap fè sa menmsi paran nou pa ban nou bon egzanp. Malgre papa Izkiya te yon idolat, Izkiya te “ pirifye chemen l ”, sandout li te retire kò l anba enfliyans payen. Imajine yon jèn k ap sèvi Jewova nan epòk nou an ta fè yon peche grav. Repantans, lapriyè, èd paran, ak soutyen ki chaje lanmou ansyen yo bay, tout sa kapab ede jèn sa a pou l vin menm jan ak Izkiya, pou l ‘ pirifye chemen li e pou l rete vijilan ’. — Jak 5:13-15.

6. Ki medam sa yo ki ‘ te pirifye chemen yo e ki te rete vijilan selon pawòl Bondye ’ ?

6 Malgre Rahab ak Rit te gentan mouri lontan anvan Sòm 119 la te konpoze, yo ‘ te pirifye chemen yo ’. Rahab se te yon pwostitye kananeyen, men yo te vin konnen li pou lafwa li te genyen antanke adoratris Jewova (Ebre 11:30, 31). Rit se te yon Mowabit ki te abandone dye pa l yo pou l vin sèvi Jewova, e li te obsève Lwa Jewova te bay Izrayèl la (Rit 1:14-17 ; 4:9-13). Toule de medam ki pa t Izrayelit sa yo ‘ te rete vijilan selon pawòl Bondye ’ e yo te gen bèl privilèj pou yo vin zansèt Jezi Kris. — Matye 1:1, 4-6.

7. Nan domèn pwòpte espirityèl, ki jan Danyèl ak twa lòt jèn Ebre yo te bay yon bèl egzanp ?

7 “ Panchan kè lòm pa bon depi nan jenès li ”, men jèn yo kapab mennen yon vi ki san tach, menm nan monn kòwonpi sa a ki anba kontwòl Satan (Jenèz 8:21 ; 1 Jan 5:19). Lè yo te egzile Danyèl ak twa lòt jèn Ebre yo Babilòn, yo ‘ te rete vijilan selon pawòl Bondye ’. Pa egzanp, yo pa t vle kontamine tèt yo “ ak manje rafine wa a ”. (Danyèl 1:6-10.) Babilonyen yo te konn manje bèt ki pa pi, bagay Lwa Moyiz la te kondane (Levitik 11:1-31 ; 20:24-26). Yo pa t gen abitid senyen bèt yo touye, e yo te konn vyole lwa Bondye bay sou san lè yo manje vyann ki pa senyen (Jenèz 9:3, 4). Li pa etonan si kat Ebre yo pa t dakò manje nan manje rafine wa a. Antanke jèn ki gen atachman pou Bondye, yo te rete san tach espirityèlman, e sa te pèmèt yo bay yon bèl egzanp.

Pawòl Bondye ede nou rete fidèl

8. Ki atitid e ki konesans nou bezwen genyen si nou vle konprann lwa Bondye a e si nou vle mete l an pratik ?

8 Atachman pou pawòl Bondye se yon pwen enpòtan ki pèmèt nou rete fidèl a Jewova (Sòm 119:17-24). Si nou sanble ak konpozitè enspire ki te ekri Sòm sa a, n ap gen angouman pou nou konprann “ bagay estrawòdinè ” ki gen nan lwa Bondye a. Se toutan n ap gen ‘ anvi pou desizyon jidisyè Jewova ’ e n ap montre yon ‘ atachman pou rapèl li yo ’. (Sòm 119:18, 20, 24.) Si nou vwe vi nou bay Jewova, menmsi pa gen lontan depi nou fè sa, èske “ nou gen anvi pou lèt san melanj pawòl la ” ? (1 Pyè 2:1, 2.) Nou bezwen kapte ansèyman fondamantal ki nan Bib la yon fason pou nou kapab konprann lwa Bondye a e pou nou mete l an pratik.

9. Ki jan nou dwe reyaji lè gen konfli ant lwa Bondye ak sa lèzòm mande ?

9 Nou kapab byen atache ak rapèl Bondye yo, men ki sa ki t ap pase si gen “ prens ” k ap pale nou mal pou yon rezon kèlkonk (Sòm 119:23, 24) ? Jodi a, moun ki gen otorite yo, souvan yo eseye fòse nou pou nou bay lwa lèzòm yo plis enpòtans pase lwa Bondye. Lè gen konfli ant sa lòm mande ak volonte Bondye, ki sa n ap fè ? Atachman nou pou pawòl Bondye ap ede nou rete fidèl a Jewova. Menm jan ak apot Jezi Kris yo ki te jwenn pèsekisyon, n ap di : “ Nou dwe obeyi Bondye kòm chèf pase pou nou obeyi lèzòm. ” — Travay 5:29.

10, 11. Bay yon egzanp pou nou montre ki jan nou kapab rete entèg devan Jewova menm nan sitiyasyon ki pi difisil yo.

10 Nou kapab rete fidèl a Jewova menm nan sitiyasyon ki pi difisil yo (Sòm 119:25-32). Si nou vle rive kenbe entegrite nou devan Bondye, nou dwe dispoze aprann e nou dwe priye sensèman pou nou gen enstriksyon Bondye. Epitou, nou dwe chwazi “ chemen fidelite a ”. — Sòm 119:26, 30.

11 Izkiya, ki te petèt ekri Sòm 119 la, te chwazi “ chemen fidelite a ”. Li te fè sa aktout li te antoure ak fo adoratè, e petèt manm lakou wayal yo te pase l nan rizib. Li trè pwobab pou ‘ nanm li te pèdi somèy anba chagren ’ akoz sitiyasyon sa yo (Sòm 119:28). Men Izkiya, ki te mete konfyans li nan Bondye, te yon bon wa, e li te fè “ sa ki dwat nan je Jewova ”. (2 Wa 18:1-5.) Lè nou apiye sou Bondye, nou menm tou nou kapab andire eprèv toutpandan nou kenbe entegrite nou. — Jak 1:5-8.

Pawòl Jewova ban nou kouraj

12. Ki jan pèsonèlman nou kapab aplike Sòm 119:36, 37 ?

12 Lè nou suiv konsèy ki gen nan pawòl Bondye, sa ban nou kouraj ki nesesè pou nou fè fas ak eprèv ki gen nan lavi a (Sòm 119:33-40). Avèk imilite, nou chèche enstriksyon Jewova yon fason pou nou obsève lwa li ‘ ak tout kè nou ’. (Sòm 119:33, 34.) Menm jan ak salmis la, nou fè Bondye demann sa a : “ Fè kè m panche sou rapèl ou yo, e non sou pwofi ” oswa “ pwofi enjis ”. (Sòm 119:36 ; nòt.) Tankou apot Pòl, nou “ konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay ”. (Ebre 13:18.) Si yon patwon ta vle nou fè yon bagay ki malonèt, nou dwe ranmase kouraj nou pou nou rete atache ak sa Bondye mande, e Jewova toujou beni yon atitid konsa. Anfèt, li ede nou metrize tout move tandans nou gen lakay nou. Se poutèt sa nou ta dwe mande nan priyè nou : “ Fè je m pase san l pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen. ” ​(Sòm 119:37). Nou pa ta dwe janm konsidere okenn bagay Bondye rayi, bagay ki pa vo anyen, kòm bagay ki agreyab (Sòm 97:10). Pami bagay sa yo, gen pònografi ak pratik espiritis. — 1 Korentyen 6:9, 10 ; Revelasyon 21:8.

13. Ki jan disip Jezi yo te jwenn kouraj ki nesesè pou yo bay temwayaj avèk kran lè yo te jwenn pèsekisyon ?

13 Konesans egzak nou genyen sou pawòl Bondye ban nou asirans n ap bezwen pou nou bay temwayaj avèk kouraj (Sòm 119:41-48). E nou bezwen kouraj pou nou ‘ reponn moun k ap pale nou mal ’. (Sòm 119:42.) Gendelè nou kapab santi nou menm jan ak disip Jezi yo, ki te fè priyè sa a lè yo te jwenn pèsekisyon : “ Jewova, [...] bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou avèk anpil kran. ” Ki rezilta sa te bay ? “ Yo tout te ranpli ak lespri sen e yo t ap pale pawòl Bondye a avèk kran. ” Se menm Souvren Seyè a ki ban nou kouraj pou nou pale pawòl li avèk kran. — Travay 4:24-31.

14. Ki sa ki ede nou bay temwayaj avèk kouraj, menm jan Pòl te fè a ?

14 Si nou renmen “ pawòl verite a ” e si nou ‘ obsève lwa Bondye a san rete ’, n ap jwenn kouraj ki nesesè pou nou bay temwayaj, san nou pa pè pou nou pa wont (Sòm 119:43, 44). Lè nou etidye Pawòl Bondye fè ekri a avèk dilijans, sa ekipe nou pou nou ‘ pale de rapèl li yo devan wa ’. (Sòm 119:46.) Lespri Jewova ansanm ak lapriyè ap ede nou tou pou nou di bagay nou dwe di jan nou dwe di l (Matye 10:16-20 ; Kolosyen 4:6). Avèk kouraj, Pòl te pale konsènan rapèl Bondye yo devan dirijan nan premye syèk la. Pa egzanp, li te bay Feliks, gouvènè women an, temwayaj, e gouvènè a te “ koute l sou lafwa nan Kris Jezi ”. (Travay 24:24, 25.) Pòl te bay temwayaj tou devan gouvènè Festis ak wa Agripa (Travay 25:22–26:32). Avèk èd Jewova, nou menm tou nou kapab bay temwayaj avèk kouraj, nou pap janm “ wont bon nouvèl la ”. — Women 1:16.

Pawòl Bondye konsole nou

15. Ki jan Pawòl Bondye a konsole nou lè moun ap pase nou nan rizib ?

15 Pawòl Jewova ban nou yon konsolasyon ki sèten (Sòm 119:49-56). Gendelè se konsolasyon menm nou bezwen. Pafwa, “ moun ki aji ak prezonpsyon ” anvè Bondye konn ‘ pase nou nan rizib nan dènye degre ’, malgre nou pale avèk kouraj antanke moun Jewova voye pou bay temwayaj (Sòm 119:51). Sepandan, lè n ap priye, nou ka sonje bagay pozitif ki gen nan Pawòl Bondye a e konsa n ap ‘ konsole nou ’. (Sòm 119:52.) Pandan n ap fè siplikasyon nou yo, nou ka sonje yon lwa oswa yon prensip nan Ekriti yo ki ban nou konsolasyon ak kouraj nou bezwen nan yon sitiyasyon ki bay anpil strès.

16. Ki sa sèvitè Bondye pap fè menmsi yo jwenn pèsekisyon ?

16 Moun ki aji ak prezonpsyon ki t ap pase salmis la nan rizib se Izrayelit yo te ye, yo te manm yon nasyon ki te vwe bay Bondye. Ala wont ! Sepandan, nou pa dwe fè menm jan avèk yo. Okontrè, nou dwe detèmine pou nou pa janm devye kite lwa Bondye (Sòm 119:51). Gen plizyè milye sèvitè Bondye ki te fè fas ak pèsekisyon Nazi ak lòt move tretman nan menm sans lan pandan plizyè ane. Moun sa yo te refize devye kite lwa ak prensip ki gen nan Pawòl Bondye a (Jan 15:18-21). Obeyi Jewova se pa yon fado, paske regleman li yo se tankou melodi k ap konsole nou. — Sòm 119:54 ; 1 Jan 5:3.

Annou montre rekonesans nou pou pawòl Jewova

17. Ki sa apresyasyon pou pawòl Bondye pouse nou fè ?

17 Nou pwouve rekonesans nou pou pawòl Bondye lè nou obsève l (Sòm 119:57-64). Salmis la ‘ te pwomèt pou l kenbe pawòl Jewova yo ’, e menm ‘ a minui li leve pou l di Bondye mèsi, poutèt desizyon jidisyè Li yo ki jis ’. Si nou reveye nan nuit, nou gen yon bèl okazyon pou nou eksprime rekonesans nou pou Bondye nan lapriyè (Sòm 119:57, 62). Apresyasyon nou gen pou pawòl Bondye pouse nou pou nou chèche ansèyman Bondye bay la e li fè nou kontan pou nou vin ‘ konpayon moun ki gen krentif pou Jewova ’, moun ki gen yon krent ki melanje ak respè pou Bondye (Sòm 119:63, 64). Kiyès ki ka jwenn pi bon frekantasyon pase sa sou tè a ?

18. Ki jan Jewova reponn priyè nou lè ‘ kòd mechan antoure nou ’ ?

18 Lè nou priye ak tout kè nou epi avèk imilite nou mande Jewova pou l anseye nou, se yon fason pou nou ‘ adousi fas li ’ nan entansyon pou nou benefisye favè li. Nou bezwen priye sitou lè ‘ kòd mechan yo antoure nou ’. (Sòm 119:58, 61.) Jewova kapab koupe kòd restriksyon ènmi yo pou l libere nou pou nou fè travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la (Matye 24:14 ; 28:19, 20). Sa fèt souvan nan peyi kote yo entèdi travay predikasyon an.

Annou mete lafwa nou nan pawòl Bondye

19, 20. Nan ki sans sa ka ‘ bon pou nou aflije ’ ?

19 Lafwa nan Bondye ak nan pawòl li ede nou andire lè nou aflije e sa ede nou kontinye fè volonte l (Sòm 119:65-72). Men sa salmis la te chante, malgre moun ki aji avèk prezonpsyon yo te ‘ benyen l ak manti ’, li di : “ Li bon pou mwen dèske mwen aflije. ” ​(Sòm 119:66, 69, 71). Nan ki sans sa kapab nan avantaj yon sèvitè Jewova lè l aflije ?

20 Lè nou aflije, se sèten n ap sipliye Jewova sensèman e sa ap fè nou vin pi pwòch li. Nou kapab pase plis tan ap etidye Pawòl Bondye fè ekri a e nou kapab fè plis efò pou nou aplike l. Sa ap pèmèt nou viv ak plis kè kontan. Men, e si nou wè nou gen tandans mal reyaji lè nou devan pwoblèm, nou gen tandans reyaji yon fason ki montre nou enpasyan oswa nou ògeye ? Grasa priyè sensè nou fè e grasa èd nou resevwa nan Pawòl Bondye a e pa mwayen lespri Bondye, nou kapab venk defo konsa e n ap reyisi ‘ abiye nou ak nouvo pèsonalite a ’ plis toujou (Kolosyen 3:9-14). Anplis de sa, lafwa nou vin fòtifye lè nou andire tribilasyon (1 Pyè 1:6, 7). Pòl te tire pwofi nan tribilasyon li te sibi paske sa te fè l vin konte plis sou Jewova (2 Korentyen 1:8-10). Èske nou kite soufrans gen yon efè pozitif sou nou ?

Annou toujou mete konfyans nou nan Jewova

21. Ki sa k ap pase lè Bondye fè moun ki aji avèk prezonpsyon yo wont ?

21 Pawòl Bondye a ban nou bonjan baz pou nou mete konfyans nou nan Jewova (Sòm 119:73-80). Si nou mete konfyans nou toutbonvre nan Kreyatè nou an, nou pap gen rezon pou nou santi nou wont. Sepandan, akoz sa lòt moun fè, nou bezwen konsolasyon e nou kapab anvi fè priyè sa a : “ Se pou moun ki aji ak prezonpsyon yo wont. ” ​(Sòm 119:76-78). Lè Jewova fè moun sa yo wont, tout move aksyon y ap fè yo ap vin parèt aklè e non l ki sen ap sangtifye. Nou mèt sèten, pèsekitè pèp Bondye a pap benefisye anyen vrèman. Pa egzanp, yo pa t janm e yo pap janm ka elimine Temwen Jewova, yo menm ki mete konfyans yo nan Bondye ak tout kè yo. — Pwovèb 3:5, 6.

22. Nan ki sans salmis la te “ tankou yon bidon ki fèt an po ki nan lafimen ” ?

22 Lè yo pèsekite nou, pawòl Bondye ranfòse konfyans nou nan Li (Sòm 119:81-88). Akoz moun ki aji ak prezonpsyon yo ki t ap pèsekite salmis la, li te santi l “ tankou yon bidon ki fèt an po ki nan lafimen ”. (Sòm 119:83, 86.) Nan tan biblik yo, bidon ki te fèt ak po bèt yo te sèvi pou mete dlo, pou mete diven ak lòt likid. Lè yo pap sèvi ak bidon sa yo, yo kapab vin kòde si yo pandye yo toupre dife nan yon pyès kay ki pa gen chemine. Èske difikilte oswa pèsekisyon konn fè w santi w “ tankou yon bidon ki fèt an po ki nan lafimen ” ? Si sa rive, mete konfyans ou nan Jewova epi fè priyè sa a : “ Selon bonte ki plen lanmou ou genyen, prezève lavi m, pou m ka obsève rapèl ki sot nan bouch ou. ” — Sòm 119:88.

23. Ki sa nou sot analize nan Sòm 119:1-88, e ki kesyon li ta bon pou nou poze tèt nou pandan n ap tann pou nou etidye Sòm 119:89-176 ?

23 Sa nou egzamine nan premye mwatye Sòm 119 la montre Jewova egzèse bonte ki plen lanmou anvè sèvitè li yo paske yo mete konfyans yo nan pawòl li e yo atache ak dekrè li yo, rapèl li yo, kòmandman li yo ak lwa li yo (Sòm 119:16, 47, 64, 70, 77, 88). Li kontan lè moun ki gen atachman pou li rete vijilan selon pawòl li (Sòm 119:9, 17, 41, 42). Pandan w ap tann etid rès bèl sòm sa a avèk enpasyans, li ta bon pou w mande tèt ou : ‘ Èske vrèmanvre mwen kite pawòl Jewova klere wout mwen ? ’

[Nòt anba paj]

^ § 2 Se konsènan mesaj Jewova bay y ap pale la a, se pa konsènan tout sa ki nan Labib, Pawòl Bondye a.

Ki repons nou ta bay ?

• De ki sa vrè bonè a depann ?

• Ki jan pawòl Jewova fè nou rete san tach espirityèlman ?

• Nan ki sitiyasyon pawòl Bondye bay kouraj ak konsolasyon ?

• Poukisa nou dwe gen lafwa nan Jewova e nan pawòl li ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Rit, Rahab ak twa jèn Ebre yo te egzile Babilòn yo ‘ te rete vijilan selon pawòl Bondye ’.

[Foto nan paj 9]

Avèk kouraj, Pòl ‘ te pale de rapèl Bondye yo devan wa ’.