Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Esperans rezirèksyon an : ki sa l vle di pou ou ?

Esperans rezirèksyon an : ki sa l vle di pou ou ?

Esperans rezirèksyon an : ki sa l vle di pou ou ?

“ Ou ouvri men w epi ou satisfè dezi tout kreyati vivan. ” — Sòm 145:16.

1-3. Ki esperans kèk moun genyen pou lavni ? Bay kèk egzanp.

CHRISTOPHER, yon tigason ki gen nevan, ansanm avèk yon frè li, tonton li, matant li, plis de kouzen l, te pase tout yon matine nan ministè yo antanke kretyen. Yo t ap preche kay an kay, toupre yon vil ann Angletè ki rele Mannchestè. Men kòman Réveillez-vous !, peryodik ki akonpaye Toudegad la, esplike nou sa k te vin pase : “ Nan aprèmidi, yo tout t al fè touris ansanm yon kote ki pa twò lwen. Yo t al vizite Blakpoul, yon kote sou bodmè moun konn abitye al detann yo. Gen yon gwo aksidan ki te fèt sou wout la, yon aksidan lapolis rele ‘ yon vrè olokos ’. E yo toule sis te pami douz moun ki pèdi lavi yo nan aksidan sa a. ”

2 Jou swa anvan trajedi sa a, tout fanmi Christopher te asiste etid liv yo fè nan kongregasyon yo, kote yo te egzamine yon sijè ki pale sou lanmò. Men sa papa l di : “ Christopher se yon tigason ki konn reflechi. Jou swa sa a, li pale klè de yon monn nouvo e de esperans li genyen pou lavni. Epi, pandan etid la ap dewoule, sanzatann, Christopher di : ‘ Sa k bon lè yon moun Temwen Jewova, sèke menmsi lanmò fè moun soufri, nou konnen yon jou youn gen pou wè lòt ankò sou tè a. ’ Pa gen nou youn, lè sa a, ki te reyalize nan ki pwen pawòl sa yo t apral rete grave nan memwa nou *. ”

3 Plizyè ane anvan sa, nan ane 1940, gen yon Temwen Jewova otrichyen ki rele Franz yo te kondane amò. Yo t apral koupe tèt li anba giyotin paske li pa t aksepte vin enfidèl devan Jewova. Pandan Franz nan prizon nan Bèlen, li ekri manman l yon lèt pou l di l : “ Dapre konesans mwen vin genyen, si mwen te aksepte fè sèman [militè] a, mwen t ap komèt yon peche ki merite lanmò. Dapre mwen, se yon bagay ki t ap mal anpil. Mwen pa t ap resisite. [...] E kounye a, manman cheri m nan, frè m ak sè m yo, yo ban m santans mwen jodi a. Nou pa bezwen pè, se touye y ap touye m, y ap egzekite m demen maten. Bondye ban m fòs pou m kenbe, menm jan li te toujou fè pou tout vrè kretyen depi nan tan lontan. [...] Si nou kenbe fèm jiska lamò, n ap wè ankò nan moman rezirèksyon an. [...] A byento *. ”

4. Ki efè eksperyans yo rakonte la yo gen sou ou, e ki pwen nou pral egzamine kounye a ?

4 Esperans rezirèksyon an te vle di anpil bagay pou ni Christopher ni Franz. Esperans sa a te reyèl pou yo. Siman, de eksperyans sa yo touche kè w. Pou nou ka vin gen plis rekonesans pou Jewova e pou nou fè esperans nou genyen nan rezirèksyon an vin pi solid, annou egzamine nan ki objektif ap gen rezirèksyon e ki jan sa afekte nou pèsonèlman.

Yon vizyon sou rezirèksyon ki pral fèt sou tè a

5, 6. Ki sa vizyon apot Jan rakonte nan Revelasyon 20:12, 13 la revele ?

5 Nan yon vizyon apot Jan te fè sou evènman ki t ava rive diran Rèy milenè Kris Jezi a, li te wè rezirèksyon an ap fèt sou tè a. Men sa li rakonte : “ Mwen te wè mò yo, gran kou piti. [...] Lanmè a te rann mò ki te ladan l yo, ni lanmò ni adès te rann mò ki te nan yo. ” ​(Revelasyon 20:12, 13). Kèlkeswa ran moun nan, kèlkeswa pozisyon l, menmsi l te yon “ gran ”, menmsi l te yon “ piti ”, tout moun ki te kaptif nan adès (cheyòl), tonm ki la pou tout moun, yo tout ap libere. Lè sa a, moun ki te pèdi vi yo nan lanmè pral retounen viv ankò. Tout bèl evènman sa yo fè pati objektif Jewova genyen.

6 Premye sa Kris ap fè nan kòmansman Rèy milenè a, l ap mare Satan e l ap lage l nan abim. Diran rèy sa a, piske Satan pap aktif ankò, li pap ka twonpe ni moun k ap resisite yo ni moun k ap chape vivan nan gwo tribilasyon an (Revelasyon 20:1-3). Mil an sa yo ka parèt anpil tan nan je w, men nan je Jewova, yo “ tankou yon jou ”. — 2 Pyè 3:8.

7. Ki sa ki pral sèvi kòm baz pou jijman ki pral fèt diran Rèy milenè Kris la ?

7 Selon vizyon an, Rèy milenè Kris la pral yon moman pou jijman. Men sa apot Jan ekri : “ Mwen te wè mò yo, gran kou piti, ki kanpe devan twòn nan, e te gen woulo ki te ouvè. Men te gen yon lòt woulo ki te ouvè, se te woulo lavi a. E yo te jije mò yo dapre bagay ki te ekri nan woulo yo, selon aksyon yo. [...] Epi yo te jije yo chak apa selon aksyon yo. ” ​(Revelasyon 20:12, 13). Remake yo pa jije moun nan sou baz sa li te fè oswa sa l pa t fè anvan l te mouri (Women 6:7). Okontrè, sa pral fèt sou baz sa ki ekri nan “ woulo ” ki pral ouvè yo. Se aksyon yon moun fè apre li fin aprann sa ki nan woulo yo ki pral sèvi kòm baz pou detèmine si non moun sa a ekri nan “ woulo lavi a ”.

“ Yon rezirèksyon lavi ” oswa “ yon rezirèksyon jijman ”

8. Ki de rezilta posib k ap genyen pou moun k ap resisite yo ?

8 Anvan sa, vizyon Jan an te deja prezante Jezi ki gen “ kle lanmò ak kle adès ”. (Revelasyon 1:18.) Jezi se “ Ajan prensipal lavi a ”, se li menm Jewova bay pouvwa pou jije “ moun ki vivan ak moun ki mouri ”. (Travay 3:15 ; 2 Timote 4:1.) Ki jan l ap fè sa ? L ap fè moun k ap dòmi nan lanmò yo retounen viv ankò. Gade sa Jezi di yon foul moun li t ap preche : “ Nou pa bezwen etone pou sa, paske lè a ap vini kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa li, epi y ap soti. ” Apre sa li ajoute : “ Sa ki te fè bon bagay ap soti pou yon rezirèksyon lavi, sa ki te pratike move bagay ap soti pou yon rezirèksyon jijman. ” ​(Jan 5:28-30). Si se konsa, ki avni k ap tann gason ak fi fidèl ki t ap viv nan tan lontan yo ?

9. a) Ki sa anpil moun ap gen pou yo aprann apre yo fin resisite ? b) Ki gwo travay ansèyman k ap gen pou fèt ?

9 Lè moun fidèl sa yo tounen lè rezirèksyon an, byen vit yo pral rann yo kont pwomès yo te fè konfyans yo tounen reyalite. Se pa ti anvi yo pral anvi aprann kiyès ki Semans “ madanm ” Bondye a, yo pale nan premye pwofesi ki nan Bib la, nan Jenèz 3:15 ! Se pa ti kontan y ap kontan tande Mesi yo te pwomèt la, anpalan de Jezi, te rete fidèl jiska lamò, lè li te bay vi l an sakrifis kòm ranson (Matye 20:28) ! Moun k ap la pou resevwa yo ap byen kontan ede yo konprann ranson sa a se prèv bonte Jewova, yon bonte moun pa merite, e se prèv mizèrikòd li. Lè moun ki resisite sa yo pral dekouvri ki sa Wayòm Bondye a akonpli pou l ka reyalize objektif Bondye gen pou tè a, asireman kè yo pral ranpli ak louwanj pou Jewova. Yo pral gen kont opòtinite yo pou yo demontre atachman yo genyen ni pou Papa yo ki nan syèl la ni pou Pitit Gason l lan. Se avèk plezi tout moun k ap vivan lè sa a pral patisipe nan gwo travay ansèyman ki pral genyen, kote yo pral anseye plizyè milya moun ki pral sot nan tonm yo, e yo menm tou yo pral bezwen aksepte ranson Bondye te bay la.

10, 11. a) Ki opòtinite Milenyòm nan pral ofri tout moun ki pral viv sou tè a ? b) Ki jan sa ap afekte nou ?

10 Lè Abraram resisite, li pral jwenn gwo rekonfò paske li pral viv vrèman anba dominasyon “ vil ” li t ap tann avèk enpasyans lan (Ebre 11:10). Se pa ti kontan Jòb pral kontan lè l pral aprann egzanp fidelite li te demontre pandan tout vi li te fòtifye lòt sèvitè Jewova lè entegrite yo te pase anba eprèv ! Imajine ki jan Danyèl pral anvi konnen fason pwofesi yo te enspire l pou l ekri yo te akonpli !

11 Vrèmanvre, tout moun ki pral viv nan monn nouvo a, kit se moun k ap resisite, kit se moun k ap travèse gwo tribilasyon an vivan, pral gen anpil bagay pou yo aprann konsènan objektif Jewova genyen ni pou tè a ni pou moun ki pral viv sou li yo. Pèspektiv pou lèzòm viv etènèlman, pou yo louwe Jewova pou tout letènite, pral fè pwogram ansèyman ki pral fèt pandan Rèy milenè a vin yon veritab plezi. Sepandan, sa ki pral pi enpòtan, se sa nou chak pral fè selon sa nou aprann nan woulo yo. Èske n ap aplike sa nou aprann yo ? Gen enfòmasyon trèzenpòtan yo pral bay pou fòtifye nou pou nou ka reziste devan dènye atak Satan pral fè pou l detounen nou de laverite. Èske n ap medite sou enfòmasyon sa yo ? Èske n ap aplike yo ?

12. Ki sa ki pral pèmèt chak moun patisipe kòrèkteman nan travay ansèyman ki pral fèt la ak travay transfòmasyon tè a pou fè l tounen yon paradi ?

12 Nou pa dwe janm bliye bèl benediksyon nou pral jwenn lè yo va aplike byenfè sakrifis Kris te bay kòm ranson an. Moun ki pral retounen viv ankò pa mwayen rezirèksyon pap gen enfimite oswa lòt maladi, tankou jan sa ye kounye a (Izayi 33:24). Tout moun ki pral viv nan monn nouvo a pral gen yon kò ki an plèn fòm e y ap gen posiblite pou yo gen yon sante pafè, e sa pral pèmèt yo patisipe kòrèkteman nan gwo travay ansèyman ki pral fèt kote yo pral enstwi plizyè milya moun k ap resisite yo nan chemen lavi a. Moun sa yo pral patisipe tou nan yon gwo operasyon ki potko janm fèt sou tè a : yo pral fè tout planèt la tounen yon paradi pou louwanj Jewova.

13, 14. Nan ki objektif y ap lage Satan lè eprèv final la, e ki jan sa ka fini pou chak moun an patikilye ?

13 Lè Satan lage sot nan abim pou eprèv final la, li pral eseye twonpe lèzòm ankò. Selon sa Revelasyon 20:7-9 di, tout ‘ nasyon li twonpe yo ’, sa vle di tout gwoup moun li twonpe yo, sa yo ki tonbe anba move enfliyans li yo, pral merite destriksyon : ‘ Yon dife ap desann sot nan syèl la e l ap kankannen yo. ’ Pou moun sa yo ki te resisite diran Milenyòm nan, destriksyon yo pral fè rezirèksyon yo a tounen yon rezirèksyon pou jijman, yon jijman kondanasyon. Men, moun ki resisite e ki kenbe entegrite yo pral resevwa lavi etènèl kòm kado. Wi, rezirèksyon pa yo a ap “ yon rezirèksyon lavi ”. — Jan 5:29.

14 Ki jan esperans rezirèksyon an ka rekonfòte nou depi kounye a ? E ki sa nou dwe fè pou nou asire nou n ap jwenn byenfè li pral pote alavni yo ?

Leson nou ka tire depi kounye a

15. Ki jan kwayans nan rezirèksyon an kapab yon èd depi kounye a ?

15 Petèt ou fèk gen yon moun pa w ki mouri, e jiska prezan ou pa ka adapte w ak gwo vid moun sa a kite nan lavi w. Esperans rezirèksyon an fè w gen yon trankilite nan kè w, yon fòs moun ki pa konn laverite pa ka jwenn. Men konsolasyon Pòl te bay kretyen Tesalonik yo : “ Nou pa vle pou nou pa konnen bagay ki konsène moun k ap dòmi nan lanmò yo, yon fason pou nou pa nan lapenn menm jan ak lòt moun yo, ki pa gen esperans. ” ​(1 Tesalonisyen 4:13). Èske ou wè tèt ou nan monn nouvo a k ap asiste rezirèksyon an ? Si se sa, w ap jwenn konsolasyon depi kounye a lè w medite sou pèspektiv ou genyen pou w rewè moun pa w ki mouri.

16. Ki santiman w ka genyen apre rezirèksyon an ?

16 Kounye a, ou kapab ap sibi konsekans rebelyon Adan an fizikman, sitou si w pa viv sante. Pa kite chagren maladi fè w bliye bèl pèspektiv ou genyen pou w resisite, e pou w retounen viv ankò nan monn nouvo a, an bòn sante e ak tout fòs ou sou ou. Lè sa a, lè je w ouvri, epi w wè lòt moun k ap rejwi ansanm avè w dèske w resisite, ou pap manke pa di Bondye mèsi pou bonte ki plen lanmou li gen lakay li.

17, 18. Ki de pwen enpòtan nou dwe sonje ?

17 Annatandan, ann konsidere de pwen nou fèt pou nou sonje. Youn ladan yo se jan sa enpòtan pou nou sèvi Jewova ak tout nanm nou depi kounye a. Menm jan avèk Mèt nou, Kris Jezi, vi sakrifis n ap mennen an demontre lanmou nou genyen pou Jewova ak pwochen nou. Si opozisyon oswa pèsekisyon ta fè nou pèdi tout resous nou oubyen sa ta fè nou pèdi libète nou, nou detèmine pou nou rete fèm nan lafwa, kèlkeswa eprèv nou ta rankontre. Menmsi opozan nou yo ta menase pou yo touye nou, esperans rezirèksyon an ap rekonfòte nou, l ap fòtifye nou pou nou rete fidèl a Jewova, fidèl a Wayòm li an. Wi, zèl nou demontre nan travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la fè nou gen pèspektiv pou nou resevwa benediksyon etènèl Jewova sere pou moun ki jis yo.

18 Dezyèm pwen enpòtan an gen rapò ak fason nou reyaji devan tantasyon nou jwenn akoz enpèfeksyon nou. Konesans nou genyen sou esperans rezirèksyon an ansanm ak rekonesans nou genyen pou bonte Jewova, yon bonte moun pa merite, tout sa fè nou vin pi detèmine pou nou rete fèm nan lafwa. Men ki avètisman apot Jan bay : “ Pa renmen monn nan ni bagay ki nan monn nan. Si yon moun renmen monn nan, lanmou Papa a pa nan li. Paske tout sa ki nan monn nan — dezi lachè, dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv — pa soti nan Papa a, men sa soti nan monn nan. Plis ankò, se pase monn nan ap pase, dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan. ” ​(1 Jan 2:15-17). Bagay atiran ki gen nan monn nan, tankou byen materyèl pa egzanp, lè nou konpare yo ak “ lavi toutbon an ”, yo pap vrèman gen valè pou nou (1 Timote 6:17-19). Si nou tante pou nou komèt imoralite, n ap reziste avèk fèmte. Paske nou konnen si nou mennen yon vi ki pa fè Jewova plezi epi nou ta gentan mouri anvan Amagedòn, sa t ap mete nou nan menm sitiyasyon ak moun ki pa gen pèspektiv pou yo resisite yo.

19. Ki privilèj san parèy nou genyen nou pa dwe janm bliye ?

19 Lòt bagay ki pi enpòtan ankò nou pa dwe janm bliye, se privilèj san parèy nou genyen pou nou fè kè Jewova kontan depi kounye a e pou toutan (Pwovèb 27:11). Si nou rete fidèl jiska lamò, oubyen tou si nou kenbe entegrite nou jiskaske sistèm de choz sa a fini, n ap montre Jewova nan ki kan nou kanpe nan kesyon souvrènte inivèsèl la. Lè sa a, kit nou travèse gwo tribilasyon an vivan, kit se resisite nou resisite, ala bèl sa pral bèl pou nou viv sou tè a, nan Paradi ki pral genyen an !

Tout dezi nou ap satisfè

20, 21. Ki sa k ap ede nou rete fidèl menmsi gen kesyon sou rezirèksyon nou poko jwenn repons pou yo ? Esplike.

20 Egzamen nou sot fè la a sou rezirèksyon an pa reponn tout kesyon nou ka poze. Pa egzanp, ki sa Jewova ap fè pou moun marye ki mouri yo (Lik 20:34, 35) ? Èske moun ki mouri a ap resisite nan zòn kote li te mouri a ? Èske l ap resisite toupre fanmi l ? E gen yon bann lòt kesyon ankò nou ta ka poze ki rete san repons. Men, nou dwe toujou gen pawòl Jeremi yo nan tèt nou. Li te di : “ Jewova bon pou moun ki met espwa l nan li a, pou nanm k ap chèche l san rete a. Li bon pou yon moun tann, wi, pou li tann an silans delivrans Jewova ap bay la. ” ​(Lamantasyon 3:25, 26). Nan moman Jewova jije ki apwopriye, l ap revele tout bagay e tout moun ap satisfè. Sa k fè nou ka sèten de sa ?

21 Reflechi sou pawòl enspire yon salmis te di nan yon chante pou Jewova : “ Ou ouvri men w epi ou satisfè dezi tout kreyati vivan. ” ​(Sòm 145:16). Toutpandan n ap grandi, dezi nou ap chanje. Sa nou te anvi lè nou te timoun, se pa sa nou anvi kounye a. Gen anpil bagay ki enfliyanse fason nou wè lavi a, tankou eksperyans nou viv ansanm ak esperans nou genyen. Kanmenm, kèlkeswa dezi nou genyen nan monn nouvo a, depi se dezi ki konvnab, Jewova pap manke pa satisfè yo.

22. Poukisa nou gen bonjan rezon nou pou nou louwe Jewova ?

22 Sa ki pi enpòtan pou nou fè kounye a se rete fidèl. “ Sa y ap chèche lakay entandan yo, yon nonm, se pou yo jwenn li fidèl. ” ​(1 Korentyen 4:2). Nou se entandan bon nouvèl glorye Wayòm Bondye a. Dilijans nou montre nan anonse tout moun nou rankontre bon nouvèl la ap ede nou rete nan wout ki mennen nan lavi a. Nou fèt pou nou toujou sonje “ tan ak evènman enprevi ” ka rive nou tout (Eklezyas 9:11). Pou nou rive konbat nenpòt ki enkyetid initil ki ka soti pou anvayi nou akoz lavi a ki pa sèten, nou dwe kenbe esperans rezirèksyon an byen fèm. Met sa byen nan tèt ou : si aparamman w ap gentan mouri anvan Rèy milenè Kris la kòmanse, pran kouraj, paske delivrans lan ap vini san mank. Nan moman Jewova fikse pou sa, w ap ka repete menm pawòl Jòb te di Kreyatè a : “ W ap rele m, e mwen menm m ap reponn ou. ” Tout louwanj lan se pou Jewova, li menm ki gen anvi pou l fè tout moun li gen nan memwa li retounen viv ankò ! — Jòb 14:15.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gade Réveillez-vous ! 8 jiyè 1988, paj 10. Se Temwen Jewova ki pibliye peryodik sa a.

^ § 3 Les Témoins de Jéhovah : Prédicateurs du Royaume de Dieu, paj 662. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske nou sonje ?

• Sou ki baz yo pral jije moun yo diran Milenyòm nan ?

• Poukisa kèk moun ap gen “ yon rezirèksyon lavi ” e gen lòt k ap gen “ yon rezirèksyon jijman ” ?

• Kòman esperans rezirèksyon an kapab rekonfòte nou depi kounye a ?

• Ki jan pawòl ki nan Sòm 145:16 la ede nou fè fas ak kesyon nou genyen sou rezirèksyon nou poko gen repons pou yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 31]

Kòman kwayans nou genyen nan rezirèksyon an kapab ede nou depi kounye a ?