Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki moun k ap resisite ?

Ki moun k ap resisite ?

Ki moun k ap resisite ?

“ Nou pa bezwen etone pou sa, paske lè a ap vini kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa li, epi y ap soti. ” — JAN 5:28, 29.

1. Ki deklarasyon estrawòdinè Moyiz te tande ki sot nan yon touf pikan ki te wouj ak dife, e kiyès annapre ki te site menm pawòl sa yo ?

SA GEN plis pase 3 500 an, gen yon bagay etranj ki te rive. Pandan Moyiz t ap gade twoupo pou yon patriyach ki rele Yitwo, toupre mòn Orèb, gen yon zanj Jewova ki parèt sou li nan yon flanm dife ki te nan mitan yon touf pikan. Men sa liv Egzòd la rakonte : “ Etan li kontinye ap gade, touf pikan an te wouj ak dife, epoutan touf pikan an pa t boule. ” Apre sa, gen yon vwa ki soti nan touf pikan an ki rele l, vwa a di l : “ Mwen se Bondye papa w, Bondye Abraram, Bondye Izarak e Bondye Jakòb. ” ​(Egzòd 3:1-6). Annapre, nan premye syèk epòk nou an, Jezi, Pitit Bondye a, an pèsòn te site menm pawòl sa yo.

2, 3. a) Ki rekonpans ki sere pou Abraram, Izarak ak Jakòb ? b) Ki kesyon sa soulve ?

2 Jezi te gen yon diskisyon avèk kèk Sadiseyen, e yo se yon gwoup moun ki pa kwè nan rezirèksyon. Jezi di yo : “ Sou kesyon pou mò yo leve a, menm Moyiz te pale de sa, nan istwa konsènan touf pikan an, lè l rele Jewova ‘ Bondye Abraram, Bondye Izarak e Bondye Jakòb ’. Li se yon Bondye, pa pou moun ki mouri, men pou moun ki vivan, paske pou li menm, yo tout vivan. ” ​(Lik 20:27, 37, 38). Pawòl sa yo Jezi di la a montre Abraram, Izarak ak Jakòb toujou vivan nan memwa Bondye, aktout yo gen lontan depi yo mouri. Menm jan ak Jòb, y ap tann pou “ kòve ” yo fini, pou yo sispann dòmi nan lanmò (Jòb 14:14). Nan monn nouvo Bondye a, y ap resisite.

3 Men, e tout milya moun ki pase sou tè a ki mouri deja yo ? Èske yo menm tou y ap resisite ? Anvan nou jwenn yon bon repons pou kesyon sa a, annou chèche konnen nan Pawòl Bondye a ki kote moun yo ale lè yo mouri.

Ki kote moun ki mouri yo ye ?

4. a) Ki kote yon moun ale lè l mouri ? b) Ki sa cheyòl la ye ?

4 Bib la fè konnen moun ki mouri yo “ pa konn anyen ditou ”. Lè yon moun mouri, li pa al sibi touman nan lanfè, ni li pa al pase mizè ap ret tann nan yon kote ki rele lenb, men li jis retounen nan pousyè. Se pou sa, Pawòl Bondye a bay moun ki vivan yo konsèy sa a : “ Tout sa men w jwenn pou l fè, fè li avèk fòs ou, paske pa gen ni travay, ni pwojè, ni konesans, ni sajès, nan cheyòl, kote w prale a. ” ​(Eklezyas 9:5, 10 ; Jenèz 3:19). “ Cheyòl ”, se yon mo anpil moun pa abitye avè l. Se yon mo ebre yo pa fin twò sèten de orijin li. Gen anpil relijyon ki anseye moun ki mouri yo toujou vivan. Men tankou jan Pawòl Bondye enspire a montre sa, moun ki nan cheyòl yo mouri, yo pa konn anyen ditou. Donk, cheyòl se tonm ki la pou tout moun.

5, 6. Lè Jakòb mouri, ki kote li ale, e kiyès li al jwenn la ?

5 Premye fwa yo mansyone mo “ cheyòl ” nan Bib la se nan Jenèz 37:35. Apre Jakòb, yon patriyach, te fin panse li pèdi Jozèf, yon pitit gason li renmen anpil, li te refize konsole l, li te di : “ M ap desann andèy al jwenn pitit gason m nan nan cheyòl ! ” Jakòb te kwè pitit li a mouri, donk li te vle mouri tou pou l al nan cheyòl. Annapre, nèf pi gran pitit Jakòb yo te vle pran pi piti a, anpalan de Benjamen, pou yo mennen l ann Ejip, kote yo t aprale pou jwenn yon soulajman akoz grangou ki te genyen. Men, Jakòb pa t dakò pou l ale, li te di : “ Pitit gason m nan pap desann avèk nou mesye, paske frè l la mouri e li ret poukont li. Si l fè yon aksidan mòtèl sou wout kote nou prale a, lè sa a, san mank, nou t ap fè cheve gri m yo desann nan cheyòl nan chagren. ” ​(Jenèz 42:36, 38). De deklarasyon sa yo etabli rapò cheyòl genyen avèk lanmò, men pa avèk yon vi apre lanmò.

6 Liv Jenèz la montre se Jozèf ki te vin administratè manje nan peyi Ejip. Konsa, Jakòb te ka desann al jwenn Jozèf ann Ejip, e sa te fè kè l kontan anpil. Apre sa, Jakòb te ret viv la jiskaske li te vin granmoun anpil, e li te mouri a 147 an. Pou pitit li yo te respekte dènye volonte l, yo te pran kò li, yo t al antere l nan yon kav ki te Makpela, nan peyi Kanaran (Jenèz 47:28 ; 49:29-31 ; 50:12, 13). Konsa, Jakòb al jwenn Izarak, papa li, ansanm ak Abraram, granpapa li.

‘ Yo reyini ak zansèt yo ’

7, 8. a) Ki kote Abraram te ale lè l mouri ? Esplike. b) Ki sa k montre gen lòt moun ki al nan cheyòl lè yo mouri ?

7 Kèk tan anvan sa, lè Jewova t ap konfime alyans li avèk Abraram, e li t ap fè l pwomès semans li t ap vin anpil, li te tou endike ki sa ki t ap rive Abraram. Men sa Jewova te di : “ Kanta pou ou, ou pral jwenn zansèt ou yo nan lapè. W ap antere apre yon bèl vyeyès. ” ​(Jenèz 15:15). E se egzakteman sa k te rive. Jenèz 25:8 di : “ Apre sa, Abraram trepase e li mouri nan yon bèl vyeyès, li te granmoun e li te satisfè ak laj li, e li te reyini ak pèp li. ” De ki pèp y ap pale la a ? Jenèz 11:10-26 bay lis non tout zansèt Abraram yo rive jis nan Sèm, pitit Noye. Donk, se ak moun sa yo ki te deja ap dòmi nan cheyòl Abraram te reyini lè l te mouri.

8 Ekspresyon “ reyini ak pèp li ” a parèt souvan nan Ekriti ebrayik yo. Sa ede n konprann ni Yichmayèl, pitit Abraram nan, ni Arawon, frè Moyiz la, lè yo mouri, yo toule de t al nan cheyòl, kote y ap tann rezirèksyon (Jenèz 25:17 ; Nonb 20:23-29). Nan menm sans lan, Moyiz li menm tou al nan cheyòl, byenke pa gen moun ki konn kot tonm li ye (Nonb 27:13 ; Detewonòm 34:5, 6). Jozye, ki te vin chèf ann Izrayèl apre Moyiz, ansanm ak tout yon jenerasyon moun ki t ap viv nan epòk sa a, yo menm tou te desann nan cheyòl lè yo te mouri. — Jij 2:8-10.

9. a) Ki jan Bib la montre mo ebre “ cheyòl ” la ansanm ak mo grèk “ adès ” la fè referans ak menm kote a ? b) Moun ki nan cheyòl yo, oubyen ankò ki nan adès yo, ki pèspektiv yo genyen ?

9 Plizyè syèk apre, David vin wa 12 tribi Izrayèl yo. Lè l mouri, li “ kouche ak zansèt li yo ”. (1 Wa 2:10.) Èske li menm tou l al nan cheyòl ? Li enteresan pou nou note, nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, apot Pyè te pale de lanmò David e li te site Sòm 16:10, ki di : “ Ou pap abandone nanm mwen nan cheyòl. ” Apre apot Pyè fin di David te toujou nan tonm li, li fè aplikasyon pawòl sa yo sou Jezi, e selon sa li montre, David “ wè rezirèksyon Kris la alavans e li pale de sa, li di yo pa t abandone l nan adès ni chè li pa t gentan gate. Jezi sa a, Bondye resisite l, se yon bagay nou tout nou temwen ”. (Travay 2:29-32.) La a, Pyè sèvi ak “ adès ”, yon mo grèk ki koresponn ak mo ebre “ cheyòl ” la. Donk, moun yo di ki nan adès yo nan menm sitiyasyon ak moun yo di ki nan cheyòl yo. Y ap dòmi, y ap tann rezirèksyon yo.

Èske gen moun enjis nan cheyòl ?

10, 11. Sa k fè nou ka di gen kèk moun ki enjis ki al nan cheyòl, oubyen ankò nan adès, lè yo mouri ?

10 Apre Moyiz fin kondui pèp Izrayèl la pou fè l kite Ejip, gen yon rebelyon ki te eklate nan dezè a. Moyiz mande pèp la pou yo wete kò yo sot bò kote chèf rebelyon yo, anpalan de Kora, Datàn ak Abiram. Mesye sa yo t apral sibi yon mò vyolan. Men sa Moyiz di : “ Si se menm jan tout moun mouri mesye sa yo mouri, e si se pinisyon tout moun jwenn mesye sa yo jwenn, konnen se pa Jewova ki voye m. Men, si se yon bagay ki kreye Jewova pral kreye, si tè a dwe ouvri bouch li pou l vale yo ansanm ak tout sa ki pou yo, si yo dwe desann nan cheyòl tou vivan, lè sa a n ap konnen aklè mesye sa yo te derespekte Jewova. ” ​(Nonb 16:29, 30). Kit se tè a ki te ouvri bouch li pou vale yo, kit se dife ki te tonbe sou yo, tankou sa te rive Kora ak 250 Levit ki te pran pozisyon pou li yo, tout rebèl yo fini nan cheyòl, oubyen ankò nan adès. — Nonb 26:10.

11 Chimeyi, ki te bay David madichon, te jwenn pinisyon nan men Salomon, wa ki te vin apre David la. Men sa David te di Salomon : “ Pa kite l san pinisyon, paske ou se yon nonm ki saj e ou byen konnen ki sa pou w fè l, e ou dwe fè cheve gri l yo desann nan cheyòl nan san. ” Salomon te bay Benaya lòd pou l egzekite santans lan (1 Wa 2:8, 9, 44-46). Yon lòt moun Benaya te egzekite ankò se te Yowab, ansyen chèf lame Izrayèl la. Cheve gri l yo pa t “ desann anpè nan cheyòl ”. (1 Wa 2:5, 6, 28-34.) Toule de egzanp sa yo souliye verite ki gen nan yon chante enspire David te fè, ki di : “ Mechan yo ap retounen nan cheyòl, wi, tout nasyon ki bliye Bondye yo. ” — Sòm 9:17.

12. Kiyès Ayitofèl te ye, e ki kote li te ale lè l mouri ?

12 Ayitofèl se te konseye pèsonèl David. Konsèy misye yo te bon kòmsi se Jewova menm ki bay yo (2 Samyèl 16:23). Malerezman, sèvitè sa a, byenke li te fyab, li te vin tounen yon trèt e li te suiv Absalòm, yon pitit David, nan yon rebelyon. Aparamman, se ak trayizon sa a David t ap panse lè l te ekri pawòl sa yo : “ Se pa yon ènmi ki t ap fè m sibi move tretman. Si se te sa, mwen t ap ka sipòte l. Se pa yon moun ki rayi m anpil ki gonfle lestomak li sou mwen. Si se te sa, mwen t ap ka kache pou li. ” Apre sa, David di : “ Se pou dezolasyon vin sou yo ! Se pou yo desann nan cheyòl tou vivan, paske pandan yo te rete la kòm etranje, yo te gen move bagay nan yo. ” ​(Sòm 55:12-15). Lè Ayitofèl ansanm ak konpayon l yo mouri, yo t al nan cheyòl.

Ki moun ki nan jeyèn ?

13. Poukisa yo rele Jida “ pitit destriksyon ” ?

13 Annou konpare sitiyasyon David la ak sa Jezi, Gran David la, te viv. Jida Iskaryòt, youn nan 12 apot Kris yo, te tounen yon trèt, menm jan ak Ayitofèl. Men, trayizon Jida a te pi grav lontan pase pa Ayitofèl la. Se kont sèl Pitit Gason Bondye fè a Jida te aji. Nan yon priyè Pitit Bondye a te fè nan fen ministè li, men sa l te di konsènan disip li yo : “ Pandan mwen te avèk yo, mwen te konn veye sou yo poutèt non w ou te ban mwen an, e mwen te prezève yo, e pa gen youn nan yo ki detwi eksepte pitit destriksyon an, yon fason pou pawòl Ekriti a ka akonpli. ” ​(Jan 17:12). Lefètke, nan pawòl sa a, Jezi pale de Jida antanke “ pitit destriksyon ”, li montre lè Jida mouri, pa gen espwa pou l ta retounen viv ankò. Li pa vivan nan memwa Bondye. Li pa ale nan cheyòl, men li ale nan jeyèn. Ki sa jeyèn nan ye ?

14. Ki sa jeyèn reprezante ?

14 Jezi te kondane chèf relijye nan epòk pa l la paske chak disip yo te genyen, yo te fè l “ tounen yon moun ki merite al nan jeyèn ”. (Matye 23:15.) Nan epòk sa a, moun yo te abitye ak vale Inòm, yon kote ki te sèvi kòm depotwa, kote yo te konn jete kadav kriminèl yo touye, kriminèl yo estime ki pa merite antèman. Kèk tan anvan sa, Jezi te pale de jeyèn nan Sèmon li te fè sou montay la (Matye 5:29, 30). Sans senbolik mo sa a te klè pou moun ki t ap koute yo. Jeyèn reprezante destriksyon definitif, san espwa rezirèksyon. Apa de Jida Iskaryòt, ki lòt moun ankò, lè yo mouri, ki al nan jeyèn olye y al nan cheyòl oswa adès ?

15, 16. Site non kèk moun ki al nan jeyèn lè yo mouri, e poukisa se la yo ale ?

15 Adan e Èv, de premye moun yo, te kreye pafè. Se yo menm ki te chwazi tonbe nan peche. Yo te gen posiblite swa pou yo viv etènèlman oubyen pou yo mouri etènèlman. Yo te dezobeyi Bondye, yo pran pozisyon pou Satan. Lè yo mouri, yo pa gen pèspektiv pou yo benefisye sakrifis Kris te bay kòm ranson an. Okontrè, se nan jeyèn yo ale.

16 Kayen, premye pitit Adan an, te touye frè l Abèl, e apre sa, li t al viv nan mawon. Apot Jan pale de Kayen kòm yon moun “ ki te soti nan mechan an ”. (1 Jan 3:12.) Li lojik pou nou panse lè l mouri, li ale nan jeyèn menm jan ak paran l (Matye 23:33, 35). Se pa menm bagay ditou pou Abèl, li menm ki te yon nonm jis. Men sa Pòl di de li : “ Grasa lafwa, Abèl te bay Bondye yon sakrifis ki gen plis valè pase pa Kayen an, e grasa fwa sa a, li te resevwa temwayaj li te jis, Bondye te rann temwayaj konsènan don li te fè yo, e grasa fwa sa a, byenke l mouri, li toujou ap pale. ” ​(Ebre 11:4). Wi, aktyèlman Abèl nan cheyòl, l ap tann rezirèksyon.

Yon “ premye ” rezirèksyon ak yon “ pi bon ” rezirèksyon

17. a) Diran ‘ tan lafen an ’, ki moun ki al nan cheyòl ? b) Ki sa k ap ret tann moun ki nan cheyòl yo, e ki sitiyasyon moun ki nan jeyèn yo ?

17 Anpil moun k ap li pawòl sa yo pral poze tèt yo kesyon konsènan sitiyasyon moun ki mouri diran ‘ tan lafen an ’. (Danyèl 8:19.) Revelasyon chapit 6 pale de kat kavalye k ap galope pandan peryòd sa a. Yon bagay ki merite pou n siyale, sèke non dènye kavalye a se Lanmò, e adès ap suiv li pye pou pye. Sa siyifi, anpil moun ki mouri anvan lè yo, akoz aktivite kavalye sa yo, se nan adès y ale, y al tann pou yo resisite nan monn nouvo Bondye a (Revelasyon 6:8). Ki sa k ap ret tann moun ki nan cheyòl yo (adès), e ki sa k ap ret tann moun ki nan jeyèn yo ? Ebyen, pou moun ki nan cheyòl yo (adès), pral gen yon rezirèksyon, e pou moun ki nan jeyèn yo, se destriksyon etènèl, yo pap egziste ankò.

18. Ki pèspektiv “ premye rezirèksyon an ” bay ?

18 Men sa apot Jan ekri : “ Nenpòt moun ki patisipe nan premye rezirèksyon an li ere e li sen. Dezyèm lanmò a pa gen pouvwa sou yo menm, men yo pral prèt Bondye ak Kris, e yo pral dirije kòm wa avèk li pandan mil an. ” Moun ki pral dirije ansanm ak Kris yo pral resisite nan “ premye rezirèksyon an ”. Men, ki esperans ki genyen pou rès limanite ? — Revelasyon 20:6.

19. Ki byenfè kèk moun ap jwenn grasa “ yon pi bon rezirèksyon ” ?

19 Depi nan epòk Eliya ak Elicha, de sèvitè Bondye, te gen moun ki te retounen viv ankò grasa rezirèksyon. Pòl di : “ Gen medam ki resevwa moun pa yo ki mouri, pa mwayen rezirèksyon. Men, gen lòt moun yo tòtire paske yo pa t aksepte liberasyon pou yon ranson kèlkonk, yon fason pou yo rive jwenn yon pi bon rezirèksyon. ” Wi, moun fidèl sa yo, ki kenbe entegrite yo, t ap tann ak tout kè yo yon rezirèksyon ki t ap ba yo non pa kèk ane anplis apre sa pou yo mouri ankò, men pito ki t ap ba yo pèspektiv pou yo viv etènèlman. Sa a se vrèman yon “ pi bon rezirèksyon ”. — Ebre 11:35.

20. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

20 Si nou mouri anvan Jewova mete fen nan sistèm mechan sa a, nou gen yon esperans sèten n ap jwenn “ yon pi bon rezirèksyon ”, pi bon nan sans se yon rezirèksyon k ap ban nou pèspektiv pou nou jwenn lavi etènèl. Jezi te fè pwomès sa a : “ Nou pa bezwen etone pou sa, paske lè a ap vini kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa li, epi y ap soti. ” ​(Jan 5:28, 29). Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine nan ki objektif ap gen rezirèksyon. Li pral montre kòman esperans rezirèksyon an fòtifye nou pou nou kenbe entegrite nou, e kòman li ede nou devlope espri sakrifis.

Èske nou sonje ?

• Poukisa yo di Jewova se Bondye “ moun ki vivan ” ?

• Nan ki kondisyon moun ki nan cheyòl yo ye ?

• Ki sitiyasyon moun ki nan jeyèn yo ?

• Ki byenfè kèk moun pral jwenn grasa yon “ pi bon rezirèksyon ” ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Menm jan ak Abraram, moun ki al nan cheyòl yo ap tann rezirèksyon.

[Foto nan paj 26]

Poukisa Adan e Èv, Kayen ansanm ak Jida Iskaryòt al nan jeyèn ?