Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Pawòl Bondye klere wout ou

Kite Pawòl Bondye klere wout ou

Kite Pawòl Bondye klere wout ou

“ Pawòl ou se [...] yon limyè pou wout mwen. ” — SÒM 119:105.

1, 2. A ki kondisyon pawòl Jewova ap klere wout nou ?

PAWÒL JEWOVA ap klere wout nou si nou pèmèt sa fèt. Pou nou benefisye limyè espirityèl sa a, nou dwe etidye Pawòl Bondye fè ekri a avèk dilijans e nou dwe aplike konsèy li gen ladan l yo. Se sèlman si nou fè sa n ap kapab gen menm santiman ak salmis la, ki te di : “ Pawòl ou se yon lanp pou pye mwen, yon limyè pou wout mwen. ” — Sòm 119:105.

2 Kounye a, ann egzamine Sòm 119:89-176. Gen yon bann enfòmasyon nan vèsè sa yo ki ranje nan 11 stwòf. Yo kapab ede nou rete sou wout lavi etènèl la. — Matye 7:13, 14.

Poukisa nou dwe atache ak Pawòl Bondye ?

3. Ki jan Sòm 119:89, 90 montre nou kapab konte sou pawòl Bondye ?

3 Si nou rete atache ak pawòl Jewova, sa ap rann nou stab espirityèlman (Sòm 119:89-96). Men sa salmis la te di nan chante l la : “ Pou tan endefini, o Jewova, pawòl ou rete nan syèl la. [...] Ou fikse tè a solidman, pou l ka rete djanm. ” ​(Sòm 119:89, 90). Pa mwayen pawòl Bondye, sètadi “ lwa syèl la dwe obeyi ” yo, kò selès yo deplase avèk presizyon selon òbit yo, e tè a fikse solidman pou toutan (Jòb 38:31-33 ; Sòm 104:5). Nou kapab konte sou chak pawòl ki soti nan bouch Jewova. Sa Bondye di “ ap reyisi san mank ” pou akonpli objektif li. — Izayi 55:8-11.

4. Ki jan atachman pou pawòl Bondye ka itil sèvitè Bondye yo ki anba tribilasyon ?

4 Salmis la ta ka ‘ peri nan afliksyon li si li pa t atache ak lwa Bondye ’. (Sòm 119:92.) Se pa t etranje ki t ap pèsekite l, se yon seri Izrayelit ki te konn vyole lalwa ki te rayi l (Levitik 19:17). Men, li pa t kite sa plen tèt li, paske li te renmen lwa ki t ap soutni l la, lwa Bondye. Nan vil Korent, apot Pòl te “ an danje pami fo frè ”, petèt pami yo te gen “ gwo apot ” ki t ap chèche akize l yo (2 Korentyen 11:5, 12-14, 26). Sepandan, Pòl te rete fèm espirityèlman paske li te atache ak pawòl Bondye. Etandone nou atache ak Pawòl Jewova fè ekri a epi nou aplike sa li di, nou renmen frè nou (1 Jan 3:15). Menm lè monn nan rayi nou, sa pa fè nou bliye okenn nan enstriksyon Bondye yo. Nan lanmou ak nan linite ansanm ak frè nou yo, n ap kontinye fè volonte l, toutpandan n ap tann pou nou sèvi Jewova nan lajwa pou tout letènite. — Sòm 119:93.

5. Ki jan wa Aza te chèche Jewova ?

5 Pou nou eksprime atachman nou pou Jewova, nou kapab di l nan priyè nou : “ Se pa w mwen ye. O sove m, paske m ap chèche lòd ou. ” ​(Sòm 119:94). Wa Aza te chèche Bondye e li te derasinen apostazi nan Jida. Nan yon gwo rasanbleman ki te fèt nan 15yèm ane rèy Aza (963 anvan epòk nou an), moun ki te abite Jida yo te “ antre nan yon alyans pou chèche Jewova ”. Bondye te “ kite yo jwenn li ” e li “ te kontinye ba yo repo toupatou ”. (2 Kwonik 15:10-15.) Egzanp sa a dwe ankouraje kèlkeswa moun ki devye kite kongregasyon kretyèn nan pou yo rekòmanse chèche Bondye. L ap beni moun ki retounen asosye ak pèp li a e l ap pwoteje yo.

6. Ki sa pou nou fè pou nou jwenn pwoteksyon pou anyen mal pa rive nou nan domèn espirityèl ?

6 Pawòl Jewova ban nou sajès k ap pwoteje nou pou anyen mal pa rive nou nan domèn espirityèl (Sòm 119:97-104). Kòmandman Bondye yo fè nou vin pi saj pase ènmi nou yo. Lè nou obeyi rapèl li yo, sa ban nou klèvwayans, e lè nou ‘ obsève lòd li yo, sa ede nou aji avèk plis entèlijans pase mesye ki pi aje yo ’. (Sòm 119:98-100.) Si pawòl Jewova yo ‘ pi dous nan palèt nou pase siwo myèl nan bouch nou ’, n ap rayi “ tout chemen kwochi ” e n ap evite yo (Sòm 119:103, 104). Sa ap sèvi kòm yon pwoteksyon pou anyen mal pa rive nou nan domèn espirityèl lè nou rankontre moun ki ògeye, ki fewòs oswa ki pa gen atachman pou Bondye nan dènye jou sa yo. — 2 Timote 3:1-5.

Yon lanp pou pye nou

7, 8. Pou nou konfòme nou ak sa ki di nan Sòm 119:105 lan, ki sa ki nesesè pou nou fè ?

7 Pawòl Bondye se yon sous limyè espirityèl ki pap janm febli (Sòm 119:105-112). Kit nou se kretyen wen, kit nou se konpayon kretyen wen yo, anpalan de “ lòt mouton ” yo, nou deklare : “ Pawòl ou se yon lanp pou pye mwen, yon limyè pou wout mwen. ” ​(Jan 10:16 ; Sòm 119:105). Pawòl Bondye se tankou yon lanp k ap klere chemen nou, pou nou pa bite e pou nou pa tonbe espirityèlman (Pwovèb 6:23). Men, se nou chak ki dwe fè pawòl Jewova tounen yon lanp pou pye nou.

8 Nou bezwen gen menm detèminasyon ak konpozitè Sòm 119 la. Li te detèmine pou l pa t ekate de lòd Bondye yo. Li di : “ Mwen fè sèman e mwen vle reyalize l, pou m kenbe desizyon jidisyè [Jewova] yo ki jis. ” ​(Sòm 119:106). Nou pa dwe janm souzestime enpòtans yon etid biblik regilye ak patisipasyon nan reyinyon yo.

9, 10. Ki jan nou fè konnen moun ki vwe vi yo bay Jewova ka ‘ ekate de lòd li yo ’, men ki jan nou ka anpeche sa rive nou ?

9 Salmis la pa t ‘ ekate de lòd Bondye yo ’, men se yon bagay ki ka rive yon moun ki vwe vi l bay Jewova (Sòm 119:110). Pa egzanp, wa Salomon te devye, malgre li te manm yon nasyon ki te vwe a Jewova e malgre, nan kòmansman rèy li, li te aji ann amoni ak sajès Bondye te ba li. “ Menm li menm, fi etranje li te pran yo te fè l peche ”, yo te rale l vin adore fo dye. — Neyemya 13:26 ; 1 Wa 11:1-6.

10 Menm jan ak yon “ chasè ”, Satan tann anpil pèlen (Sòm 91:3). Pa egzanp, yon ansyen konpayon nou kapab eseye rale nou pou nou ekate chemen limyè espirityèl la pou n al nan fènwa apostazi. Pami kretyen Tiyati yo, te gen “ madanm sa a, Jezabèl ”, sandout se te yon gwoup medam ki t ap anseye lòt moun pou yo pratike idolatri e pou yo komèt fònikasyon. Jezi pa t tolere move bagay konsa, e nou pa dwe tolere sa tou (Revelasyon 2:18-22 ; Jid 3, 4). Kidonk, se pou nou priye pou Jewova ede nou pou nou pa ekate de lòd li yo, men pou nou rete nan limyè Pawòl li. — Sòm 119:111, 112.

Pawòl Bondye soutni nou

11. Selon Sòm 119:119, ki jan Bondye konsidere mechan yo ?

11 Si nou pa janm devye kite règ Bondye yo, l ap soutni nou (Sòm 119:113-120). Nou pa dwe apwouve “ moun ki gen de kè ”, menm jan jodi a, Jezi pa apwouve moun tyèd ki di yo se kretyen (Sòm 119:113 ; Revelasyon 3:16). Piske nou sèvi Jewova ak tout kè nou, li tounen yon ‘ kachèt pou nou ’ e li soutni nou. L ap ‘ rejte tout moun ki rete lwen règ li yo ’ paske yo sèvi ak trik ak manti (Sòm 119:114, 117, 118 ; Pwovèb 3:32). Li konsidere moun mechan sa yo tankou “ rejè ”, tankou salte yo retire nan metal ki gen anpil valè, ajan ak lò pa egzanp (Sòm 119:119 ; Pwovèb 17:3). Se pou nou toujou demontre nou renmen rapèl Bondye yo, paske asireman nou pa ta renmen sibi menm sò ak mechan yo lè yo pral detwi tankou yon pil rejè !

12. Poukisa krentif pou Jewova enpòtan ?

12 Salmis la di : “ Nan laperèz mwen gen pou [Jewova], chè m fremi. ” ​(Sòm 119:120). Li endispansab pou nou gen bonjan krent pou Bondye si nou vle li soutni nou antanke sèvitè li. Nou manifeste krent sa a lè nou rejte sa li pa dakò. Sa endispansab si nou vle li soutni nou antanke sèvitè li. Krent ak respè Jòb te gen pou Jewova te pèmèt li mennen yon vi dwat (Jòb 1:1 ; 23:15). Krent nou gen pou Bondye ap ede nou toujou gen yon konduit ki pèmèt nou gen apwobasyon Bondye, kèlkeswa sa nou dwe andire. Sepandan, pou nou gen andirans, nou dwe fè priyè ki sensè e nou dwe fè sa ak lafwa. — Jak 5:15.

Annou priye ak lafwa

13-15. a) Poukisa nou mèt gen asirans priyè nou ap jwenn repons ? b) Ki sa ki ka rive si nou pa konnen sa pou nou di nan priyè nou ? c) Esplike ki jan Sòm 119:121-128 kapab gen rapò ak ‘ jemisman nou yo ki pa eksprime ’ lè n ap priye.

13 Lè n ap priye, nou kapab gen asirans Bondye ap aji anfavè nou (Sòm 119:121-128). Menm jan ak salmis la, nou sèten priyè nou ap jwenn repons. Poukisa ? Paske nou renmen kòmandman Bondye yo “ plis pase lò, menm pase lò ki rafine ”. Anplis de sa, ‘ nou konsidere tout lòd Bondye bay konsènan tout bagay se lòd ki dwat ’. — Sòm 119:127, 128.

14 Jewova tande demann nou yo paske nou priye ak lafwa epitou nou konfòme nou ak lòd li yo avèk swen (Sòm 65:2). Men, e si pafwa nou gen pwoblèm ki tèlman twouble nou, nou pa konnen ki sa pou nou di nan priyè nou ? Nan ka sa a, “ lespri li menm ap sipliye pou nou ak jemisman ki pa eksprime ”. (Women 8:26, 27.) Lè konsa, Bondye aksepte kòm priyè sa ki deja di nan Pawòl li ki koresponn ak sa nou bezwen.

15 Ekriti yo chaje ak priyè ansanm ak panse ki gen rapò ak ‘ jemisman nou yo ki pa eksprime ’. Pa egzanp, annou reflechi sou Sòm 119:121-128. Fason yo eksprime bagay yo nan pasaj sa a kapab adapte ak sitiyasyon nou. Pa egzanp, si nou pè pou lòt moun pa twonpe nou, nou kapab mande Bondye pou l ede nou menm jan salmis la te fè sa (vèsè 121-123). Ann imajine nou bezwen pran yon desizyon ki difisil anpil. Lè sa a nou kapab priye pou espri Jewova ede nou sonje rapèl li yo e pou nou aplike yo (vèsè 124, 125). Byenke nou ‘ rayi tout chemen kwochi ’, nou kapab mande Bondye pou l ede nou yon fason pou nou pa tonbe anba yon tantasyon ki ta ka fè nou vyole lwa li (vèsè 126-128). Si nou li Bib la chak jou, gen pasaj apwopriye tankou pasaj sa yo ki kapab vin nan lespri nou lè n ap priye Jewova.

Rapèl Jewova yo ede nou

16, 17. a) Poukisa nou bezwen rapèl Bondye yo, e ki jan nou dwe konsidere yo ? b) Ki jan lòt moun kapab wè nou, men ki sa ki vrèman gen enpòtans ?

16 Si nou vle Bondye tande priyè nou e si nou vle benefisye favè li, nou dwe obeyi rapèl li yo (Sòm 119:129-136). Piske nou bliye fasil, nou bezwen bon kalite rapèl Jewova bay ki fè nou sonje enstriksyon l ak kòmandman l. Natirèlman, nou apresye lè nou jwenn limyè espirityèl grasa nouvo eklèsisman ki fèt sou pawòl Bondye (Sòm 119:129, 130). Nou rekonesan tou dèske Jewova ‘ fè fas li briye sou nou ’ lè li apwouve nou, aktout nou gen ‘ rigòl dlo k ap koule nan je nou ’ poutèt gen lòt moun ki vyole lwa li. — Sòm 119:135, 136 ; Nonb 6:25.

17 Nou gen asirans n ap kontinye jwenn favè Bondye si nou aji ann amoni ak rapèl li yo ki dwat (Sòm 119:137-144). Antanke sèvitè Jewova, nou dakò li gen dwa atire atansyon nou sou rapèl li yo ki jis e li gen dwa pou l ban nou yo kòm kòmandman pou nou obeyi (Sòm 119:138). Etandone salmis la te obeyi kòmandman Bondye yo, poukisa li di “ mwen pa anyen e mwen meprizab ” ? (Sòm 119:141.) Sanble li te vle pale de fason ènmi li yo te konsidere l. Si nou kenbe yon pozisyon fèm pou sa ki jis, lòt moun kapab meprize nou. Sepandan, sa ki vrèman gen enpòtans, sèke Jewova gade nou avèk favè paske nou viv ann akò ak rapèl li yo ki jis.

Nou an sekirite e nou anpè

18, 19. Ki rezilta nou jwenn lè nou obsève rapèl Bondye yo ?

18 Lè nou obsève rapèl Bondye yo, sa kenbe nou pwòch li (Sòm 119:145-152). Paske nou obeyi rapèl Jewova yo, nou santi nou lib pou nou rele l ak tout kè nou, e nou mèt espere l ap tande nou. Nou ka leve “ granmmaten, avanjou ”, pou n rele l osekou. Se yon trè bon moman pou nou priye (Sòm 119:145-147). Bondye toupre nou tou poutèt nou rejte konduit deregle e poutèt nou konsidere pawòl li se laverite, menm jan ak Jezi (Sòm 119:150, 151 ; Jan 17:17). Relasyon nou ak Jewova soutni nou nan monn twouble sa a e l ap kontinye soutni nou jis nou travèse Amagedòn, gwo lagè li pral fè a. — Revelasyon 7:9, 14 ; 16:13-16.

19 Poutèt nou gen gwo respè pou pawòl Bondye a, nou jwenn vrè sekirite (Sòm 119:153-160). Kontrèman ak mechan yo, nou ‘ pa devye kite rapèl Jewova yo ’. Nou renmen lòd Bondye bay yo e sa fè nou an sekirite nan bonte ki plen lanmou li genyen (Sòm 119:157-159). Rapèl Jewova yo rafrechi memwa nou yon fason pou nou ka sonje sa li mande nan kèk sitiyasyon byen presi. Yon lòt bò, lòd Bondye bay yo se enstriksyon ki la pou gide nou, e nou dakò Kreyatè nou an gen dwa dirije nou. Etandone nou konnen ‘ tout sa ki nan pawòl Bondye se verite ’ e nou pa kapab dirije pwòp pa nou poukont nou, nou kontan aksepte direksyon Bondye montre nou. — Sòm 119:160 ; Jeremi 10:23.

20. Poukisa nou gen “ lapè ann abondans ” ?

20 Lanmou nou pou lwa Jewova pèmèt nou jwenn lapè ann abondans (Sòm 119:161-168). Pèsekisyon pap retire “ lapè Bondye ” ban nou an, yon lapè ki san parèy (Filipyen 4:6, 7). Nou tèlman gen apresyasyon pou desizyon jidisyè Jewova yo, nou louwe l souvan pou desizyon sa yo, “ sèt fwa pa jou ”. (Sòm 119:161-164.) Men sa salmis la te di nan chante l la : “ Lapè ann abondans se pou moun ki renmen lwa w, e pou yo menm pa gen obstak ki pou fè yo trebiche. ” ​(Sòm 119:165). Si pèsonèlman nou renmen lwa Jewova e nou pratike yo, sa yon moun fè oswa nenpòt lòt bagay pap fè nou trebiche espirityèlman.

21. Ki egzanp nan Ekriti yo ki montre si ta vin gen pwoblèm nan kongregasyon an, nou pa dwe kite sa fè nou trebiche ?

21 Gen anpil moun yo pale de yo nan Bib la ki pa t kite anyen tounen yon obstak pou fè yo toujou ap trebiche. Pa egzanp, gen yon kretyen ki te rele Gayis ki pa t trebiche, men ki te ‘ kontinye mache nan laverite ’, malgre move konduit Dyotrefès te genyen, konduit ki pa t konfòm ak volonte Bondye (3 Jan 1-3, 9, 10). Pòl te egzòte de kretyèn, Evodi ak Sentich, ‘ pou yo panse menm jan nan Seyè a ’, sanble se paske yo te gen pwoblèm antre yo. Aparamman, yo te ede yo rezoud pwoblèm yo te genyen e yo te kontinye sèvi Jewova fidèlman (Filipyen 4:2, 3). Donk, kèlkeswa pwoblèm ki ta vin gen nan kongregasyon an, nou pa dwe kite sa fè nou trebiche. Annou fè tout efò nou pou nou kontinye pratike lòd Jewova yo, pandan n ap sonje ‘ tout chemen nou devan l ’. (Sòm 119:168 ; Pwovèb 15:3.) Kidonk, pa gen anyen ki ka retire “ lapè ann abondans ” nou genyen an yon fason definitif.

22. a) Si nou obeyi Bondye, ki privilèj nou kapab jwi ? b) Ki jan nou dwe konsidere moun ki ekate lwen kongregasyon kretyèn nan ?

22 Si nou toujou obeyi Jewova, n ap gen privilèj pou nou kontinye louwe l (Sòm 119:169-176). Lè nou viv ann amoni ak règ Bondye yo, nonsèlman n ap jwenn sekirite espirityèl, men tou ‘ bouch nou ap fè louwanj jayi pou Jewova ’. (Sòm 119:169-171, 174.) Se pi gran privilèj nou te ka genyen nan dènye jou sa yo. Salmis la te vle kontinye viv pou l louwe Jewova, men, nan yon fason yo pa revele, li te ‘ monte desann tankou yon mouton ki pèdi ’. (Sòm 119:175, 176.) Li posib pou yon moun ki ekate lwen kongregasyon kretyèn nan toujou renmen Bondye e li kapab vle louwe Li. Se poutèt sa nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou ede yo, yon fason pou yo ka retounen jwenn sekirite espirityèl e pou yo ka retounen goute jwa ki genyen lè yon moun ap louwe Jewova ansanm ak pèp li a. — Ebre 13:15 ; 1 Pyè 5:6, 7.

Yon limyè ki pa sispann klere wout nou

23, 24. Ki pwofi ou tire nan Sòm 119 ?

23 Sòm 119 la kapab pwofitab pou nou nan plizyè sans. Pa egzanp, li kapab vin fè nou plis konte sou Bondye, paske li montre n ap jwenn vrè bonè a si nou “ mache nan lwa Jewova ”. (Sòm 119:1.) Salmis la raple nou ‘ tout sa ki nan pawòl Bondye se verite ’. (Sòm 119:160.) Sètènman sa ta dwe ogmante apresyasyon nou pou tout Pawòl Bondye fè ekri a. Lè nou medite sou Sòm 119, sa dwe pouse nou etidye Ekriti yo avèk dilijans. Plizyè fwa, salmis la te mande Bondye : “ Anseye m règ ou yo. ” ​(Sòm 119:12, 68, 135). Li te fè siplikasyon sa a tou : “ Anseye mwen bonte, bonsans ak konesans, paske mwen egzèse lafwa nan kòmandman w yo. ” ​(Sòm 119:66). Li ta bon pou nou mande menm bagay sa yo lè n ap priye.

24 Ansèyman Jewova pèmèt nou gen yon relasyon sere avèk li. Plizyè fwa, salmis la rele tèt li sèvitè Bondye. Anfèt, men pawòl touchan li itilize pou l pale ak Jewova : “ Se pa w mwen ye. ” ​(Sòm 119:17, 65, 94, 122, 125 ; Women 14:8). Ala yon onè nou genyen pou nou sèvi Jewova e pou nou louwe li antanke Temwen l (Sòm 119:7) ! Èske w ap sèvi Bondye avèk jwa antanke pwoklamatè Wayòm nan ? Si se sa w ap fè, ou mèt sèten Jewova ap kontinye soutni w e l ap kontinye beni w nan aktivite privilejye sa a, akondisyon ou toujou mete konfyans ou nan pawòl li e ou kite pawòl li klere wout ou.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa nou dwe atache ak pawòl Bondye ?

• Ki jan pawòl Bondye soutni nou ?

• Nan ki sans rapèl Jewova yo ede nou ?

• Poukisa pèp Jewova a an sekirite e li anpè ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Pawòl Bondye se yon sous limyè espirityèl.

[Foto nan paj 14]

Si nou renmen rapèl Jewova yo, li pap janm konsidere nou kòm “ rejè ”.

[Foto nan paj 15]

Si nou li Labib chak jou, gen pasaj apwopriye ki kapab vin nan lespri nou byen fasil lè n ap priye.