Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rezirèksyon : Yon ansèyman ki konsène w

Rezirèksyon : Yon ansèyman ki konsène w

Rezirèksyon : Yon ansèyman ki konsène w

“ Mwen gen esperans sa a nan Bondye [...] pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” — TRAVAY 24:15.

1. Ki jan kesyon rezirèksyon an te soulve devan Sanedren an ?

NAN ane 56 epòk nou an, apot Pòl te twouve l Jerizalèm, nan fen twazyèm vwayaj misyonè li. Women yo arete l, e yo pèmèt li parèt devan Sanedren an, tribinal siprèm Juif yo (Travay 22:29, 30). Etan Pòl ap obsève moun ki konpoze tribinal sa a, li remake gen kèk ladan yo ki Sadiseyen e gen kèk lòt ki Farizyen. De gwoup moun sa yo pa t antann yo sou yon pwen ki trèzenpòtan. Sadiseyen yo pa t kwè nan rezirèksyon, tandiske Farizyen yo te kwè ladan l. Pou apot Pòl fikse pozisyon l, li deklare : “ Mesye, frè m yo, mwen se yon Farizyen, yon pitit Farizyen. Se konsènan esperans rezirèksyon mò yo y ap jije m. ” Akoz sa l di a, tout asanble a tonbe nan konfizyon. — Travay 23:6-9.

2. Sa k fè Pòl te byen prepare pou l defann kwayans li genyen nan rezirèksyon ?

2 Plizyè ane anvan sa, etan Pòl te sou wout Damas, li te tande vwa Jezi nan yon vizyon. Pòl te menm mande Jezi : “ Ki sa m dwe fè, Seyè ? ” Jezi te reponn li : “ Leve, al Damas, e la y ap di w tout sa yo deziyen w pou w fè. ” Lè Pòl rive Damas, yon disip Kris ki rele Ananyas, e ki te dispoze ede l, te di l konsa : “ Bondye zansèt nou yo chwazi w pou w aprann konnen volonte l, pou w wè Moun ki jis la [anpalan de Jezi, apre li fin resisite] e pou w tande vwa ki sot nan bouch li. ” ​(Travay 22:6-16). Donk, nou pa bezwen mande ki jan Pòl te byen prepare pou l defann kwayans li genyen nan rezirèksyon. — 1 Pyè 3:15.

Li pwoklame esperans li nan rezirèksyon an piblik

3, 4. Ki jan Pòl te defann rezirèksyon an avèk fidelite, e ki sa egzanp li ka aprann nou ?

3 Kèk tan apre, yo vin mennen Pòl devan gouvènè Feliks. Nan moman sa a, Tètilis, “ yon oratè piblik ” ki t ap defann koz Juif yo, te akize Pòl kòmkwa li se lidè yon sèk e l ap fè soulèvman kont Leta. San ezite, men ki repons Pòl te bay : “ Mwen admèt sa devan w, selon chemen yo di se yon ‘ sèk ’ li ye a, se nan fason sa a m ap bay Bondye zansèt mwen yo yon sèvis sakre. ” Apre sa, li vire nan sijè prensipal la, li di : “ Mwen gen esperans sa a nan Bondye, yon esperans mesye sa yo genyen tou, pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” — Travay 23:23, 24 ; 24:1-8, 14, 15.

4 Anviwon dezan apre, gouvènè ki te vin apre Feliks la, Pòsiyis Festis, te envite wa Ewòd Agripa pou vin kesyone Pòl ansanm avè l. Selon esplikasyon Festis bay, moun ki akize Pòl yo pa dakò ak yon deklarasyon Pòl fè kote l di gen ‘ yon sèten Jezi ki te mouri, men ki vivan ’. Nan defans Pòl prezante, li poze kesyon sa a : “ Poukisa mesye nou twouve li enkwayab pou Bondye leve moun mouri ? ” Apre sa li deklare : “ Piske m jwenn èd nan men Bondye, mwen kontinye temwaye jis jodi a devan ni piti ni gran, men m pa di lòt bagay sof bagay Pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di ki te gen pou rive yo, kòmkwa, Kris la te dwe soufri e antanke premye moun ki resisite pami mò yo, li t apral anonse limyè bay ni pèp sa a ni nasyon yo. ” ​(Travay 24:27 ; 25:13-22 ; 26:8, 22, 23). Pòl te vrèman defann ansèyman rezirèksyon an avèk fidelite ! Nou menm tou, menm jan ak Pòl, nou kapab pwoklame avèk konviksyon pral gen yon rezirèksyon. Men, ki reyaksyon nou dwe atann moun yo ap genyen ? Petèt menm reyaksyon Pòl te jwenn nan.

5, 6. a) Ki reyaksyon apot yo te konn jwenn lè y ap defann rezirèksyon an ? b) Ki sa ki endispansab pou nou fè etan n ap eksprime fwa nou nan esperans rezirèksyon an ?

5 Ann egzamine sa k te pase kèk ane anvan sa, pandan dezyèm vwayaj misyonè Pòl (ant 49-52 nan epòk nou an), lè li t ap vizite Atèn. Li te rezone avèk moun ki kwè nan anpil dye e li te ankouraje yo pou yo note dispozisyon Bondye pran pou l sèvi ak yon nonm li chwazi pou jije latè abite avèk jistis. E nonm sa a, se pa lòt moun, se Jezi. Pòl fè konnen Bondye bay yon garanti sou sa lè li resisite Jezi. Ki reyaksyon moun yo te genyen ? Men sa nou li : “ Ebyen, lè yo tande afè rezirèksyon mò, gen ladan yo ki kòmanse pase l nan rizib, tandiske gen lòt ki di : ‘ N a tande w sou sa yon lòt lè. ’ ” — Travay 17:29-32.

6 Reyaksyon sa a sanble ak sa Pyè ak Jan te jwenn yon ti tan apre Pannkòt ane 33 epòk nou an. Nan moman sa a tou, Sadiseyen yo te nan mitan diskisyon sa a. Travay 4:1-4 rakonte sa k te pase a, li di : “ Twouve, pandan toule de t ap pale ak pèp la, prèt an chèf yo ansanm ak kapitèn tanp lan ansanm ak Sadiseyen yo vin parèt sou yo, yo kontrarye paske yo t ap anseye pèp la e yo t ap anonse aklè rezirèksyon Jezi pami mò yo. ” Sepandan, gen lòt ki te gen yon reyaksyon favorab. “ Anpil nan moun ki te tande diskou a vin kwè, e kantite moun yo te rive anviwon senk mil. ” Sa ede n konprann nou menm tou, nou ka atann n ap jwenn divès reyaksyon lè n ap pale konsènan esperans rezirèksyon an. Se sa k fè, li endispansab pou nou fòtifye fwa nou genyen nan ansèyman sa a.

Gen yon rapò ant lafwa ak rezirèksyon

7, 8. a) Selon yon lèt yo te voye bay kongregasyon Korent nan premye syèk la, ki sa k ka fè yon moun gen lafwa anven ? b) Ki jan yon konpreyansyon kòrèk sou esperans rezirèksyon an rann vrè kretyen yo diferan ?

7 Se pa tout moun ki te vin kretyen nan premye syèk epòk nou an ki te twouve li fasil pou yo aksepte esperans rezirèksyon an. Gen kèk moun ki te fè pati kongregasyon Korent ki te twouve ansèyman sa a difisil pou yo aksepte. Men sa Pòl te ekri yo : “ Pami premye bagay yo, mwen transmèt nou sa mwen menm tou mwen te resevwa : Kris te mouri pou peche nou, ann amoni ak Ekriti yo, e li te antere, wi, li te leve sou twazyèm jou a, ann amoni ak Ekriti yo. ” Apre sa, Pòl konfime verite sa a lè l deklare Kris te “ parèt devan plis pase senk san frè alafwa ” apre l fin resisite, e selon sa Pòl ajoute, pifò ladan yo te toujou ap viv (1 Korentyen 15:3-8). Pi devan, Pòl rezone ak yo konsa : “ Si konsènan Kris, y ap preche li te leve pami mò yo, kòman fè gen kèk moun pami nou ki di pa gen rezirèksyon ? Si se vre pa gen rezirèksyon, Kris pa t leve nonplis. E si Kris pa t leve, se vrèman anven n ap preche, e se anven nou gen lafwa. ” — 1 Korentyen 15:12-14.

8 Wi, ansèyman sou rezirèksyon an tèlman fondamantal, si yon kretyen pa aksepte l kòm yon reyalite, se anven kretyen sa a gen lafwa. An reyalite, lefètke vrè kretyen yo gen yon konpreyansyon kòrèk sou rezirèksyon an, sa rann yo diferan de fo kretyen yo (Jenèz 3:4 ; Ezekyèl 18:4). Se sa k fè, Pòl mete ansèyman sou rezirèksyon an pami “ doktrin fondamantal ” krisyanis la. Se pou nou tout detèmine pou nou “ kontinye travay pou nou gen matirite ”. E, selon egzòtasyon Pòl fè, “ se sa nou va fè, si toutfwa Bondye vle ”. — Ebre 6:1-3.

Esperans rezirèksyon an

9, 10. Ki sa Bib la vle di lè l pale de rezirèksyon ?

9 Pou nou ka fòtifye fwa nou nan esperans rezirèksyon an plis toujou, annou egzamine kèk kesyon ankò, tankou : Ki sa Bib la vle di lè l pale de rezirèksyon ? Ki jan ansèyman sou rezirèksyon an egzalte lanmou Jewova ? Repons kesyon sa yo ap fè nou vin pi pwòch Bondye e anmenmtan y ap ede nou pou nou anseye lòt moun. — 2 Timote 2:2 ; Jak 4:8.

10 Mo “ rezirèksyon ” an se tradiksyon yon mo grèk ki vle di literalman “ leve kanpe ankò ”. Ki sa ekspresyon sa a vle di ? Selon Labib, esperans rezirèksyon an se konviksyon yon moun genyen kote li kwè yon moun ki mouri ka reviv ankò. Bib la montre tou moun nan ap resisite pou l viv swa antanke imen swa antanke espri, sa depan si esperans li terès oswa selès. Vrèman, nou rete bouch ouvè devan lanmou Jewova, sajès li ansanm ak pisans li, kalite ki parèt klè nan bèl esperans sa a nou genyen an.

11. Rezirèksyon sèvitè Bondye ki wen yo, ki pèspektiv li ofri yo ?

11 Rezirèksyon Jezi ansanm ak frè wen li yo fè yo vin gen yon kò espirityèl ki apwopriye pou sèvis yo nan syèl la (1 Korentyen 15:35-38, 42-53). Ansanm, yo pral sèvi antanke dirijan Wayòm mesyanik la ki pral transfòme tè a pou fè l tounen yon paradi. Kretyen wen yo fòme yon pretriz wayal anba direksyon Jezi, Gran Prèt la. Nan monn nouvo jis ki pral genyen an, yo pral fè limanite benefisye sakrifis Kris te bay kòm ranson an (Ebre 7:25, 26 ; 9:24 ; 1 Pyè 2:9 ; Revelasyon 22:1, 2). Annatandan, wen ki toujou vivan sou tè a ta renmen pou yo toujou gen apwobasyon Bondye. Lè yo mouri, y ap resevwa ‘ sa yo merite ’ pa mwayen yon rezirèksyon pou y al viv antanke espri imòtèl nan syèl la (2 Korentyen 5:1-3, 6-8, 10 ; 1 Korentyen 15:51, 52 ; Revelasyon 14:13). Men pawòl Pòl te ekri : “ Si nou vin ini ak li nan resanblans lanmò l, asireman n ap ini ak li tou nan resanblans rezirèksyon l. ” ​(Women 6:5). Men, sa k ap pase pou moun ki pral resisite pou yo viv sou tè a ankò antanke imen ? Ki jan esperans rezirèksyon an ka fè yo vin pi pwòch Bondye ? Nou kapab aprann anpil bagay sou kesyon sa yo nan egzanp Abraram kite pou nou.

Gen yon rapò ant rezirèksyon ak amitye avèk Jewova

12, 13. Ki baz solid Abraram te genyen ki fè l te gen lafwa nan rezirèksyon ?

12 Abraram, yo dekri kòm “ zanmi Jewova ”, se yon moun ki te gen yon fwa estrawòdinè (Jak 2:23). Pòl pale de lafwa Abraram twa fwa nan lis gason ak fi ki fidèl li te bay nan chapit 11 liv Ebre a (Ebre 11:8, 9, 17). Twazyèm fwa a, li te atire atansyon sou lafwa Abraram te demontre lè li te prepare l, avèk obeyisans, pou l te ofri Izarak, pitit gason l lan, kòm sakrifis. Abraram te gen konviksyon pwomès konsènan semans ki t ap vini pa mwayen Izarak la t ap reyalize, paske se Jewova ki te garanti l sa. Menmsi Izarak ta mouri an sakrifis, Abraram “ te estime Bondye te ka menm leve l pami mò yo ”.

13 Ofiramezi evènman yo t ap dewoule, epi Jewova vin wè kalite lafwa Abraram genyen, li fè yon jan pou yo sakrifye yon bèt nan plas Izarak. Kanmenm, eksperyans Izarak la vin yon egzanp sou rezirèksyon, tankou jan Pòl esplike sa lè l di : “ Se la [Abraram] te resevwa [Izarak] tou nan yon sans senbolik. ” ​(Ebre 11:19). Anplis de sa, Abraram te deja gen yon baz solid pou l kwè nan rezirèksyon. Èske Jewova pa t resisite kapasite Abraram genyen pou l fè pitit lè li menm ak madanm li, Sara, te fè Izarak, alòske yo toule de te fin granmoun ? — Jenèz 18:10-14 ; 21:1-3 ; Women 4:19-21.

14. a) Selon Ebre 11:9, 10, ki sa Abraram t ap tann ? b) Ki sa ki pou rive fèt pou Abraram ka resevwa benediksyon Wayòm nan pral pote ? c) Ki jan n ap ka resevwa benediksyon Wayòm nan ?

14 Pòl dekri Abraram kòm yon rezidan etranje e kòm yon moun ki te abite anba tant ki t ap “ tann vil ki gen vrè fondasyon an, vil se Bondye ki bati l e ki fè l la ”. (Ebre 11:9, 10.) Se pa t yon vil literal li t ap tann, yon vil tankou Jerizalèm, kote tanp Bondye a te ye a. Non, se te pito yon vil senbolik : Wayòm Bondye a ki nan syèl la, ki gen Kris Jezi alatèt li ansanm ak 144 000 dirijan ansanm avè l. Etan 144 000 yo nan glwa yo nan syèl la, yo pale de yo antanke yon “ vil ki sen [...], Nouvèl Jerizalèm nan ”, yon “ lamarye ”, madanm Kris (Revelasyon 21:2). Nan ane 1914, Jewova mete Jezi sou twòn nan antanke Wa mesyanik Wayòm selès la, e li ba l lòd pou l gouvène nan mitan ènmi l yo (Sòm 110:1, 2 ; Revelasyon 11:15). Pou Abraram, “ zanmi Jewova ” a, resevwa benediksyon dominasyon Wayòm nan pral pote, fòk li retounen viv ankò. Menm jan an tou, pou nou resevwa benediksyon Wayòm nan, fòk nou la vivan nan monn nouvo a, swa pami gwo foul k ap travèse Amagedòn vivan an, swa pami moun k ap resisite pami mò yo (Revelasyon 7:9, 14). Men, ki sa ki baz esperans rezirèksyon an ?

Lanmou Bondye se baz esperans rezirèksyon an

15, 16. a) Ki jan premye pwofesi ki nan Bib la poze baz pou esperans nou genyen nan rezirèksyon an ? b) Ki jan kwayans nou nan rezirèksyon kapab fè nou vin pi pwòch Jewova ?

15 Relasyon sere nou genyen avèk Papa cheri nou an ki nan syèl la, lafwa solid nou genyen menm jan ak Abraram, obeyisans nou devan kòmandman Bondye yo, tout sa pèmèt Jewova deklare nou jis e sa pèmèt li konsidere nou tankou zanmi l. Sa ban nou posiblite pou nou jwenn byenfè anba dominasyon Wayòm nan. An reyalite, premye pwofesi ki nan Pawòl Bondye a, sa ki ekri nan Jenèz 3:15 lan, poze baz pou yon moun ka gen esperans rezirèksyon an e pou l ka vin zanmi Bondye. Li te predi nonsèlman tèt Satan t ap kraze, men talon pye Semans “ madanm ” Bondye a t ap mètri. Lè Jezi te mouri sou poto a, se talon pye a ki te mètri nan yon sans senbolik. Blese a geri lè l resisite sou twazyèm jou a e rezirèksyon sa a tou trase wout pou gen yon aksyon definitif ki fèt kont “ sila ki gen mwayen pou fè moun mouri a, anpalan de Dyab la ”. — Ebre 2:14.

16 Pòl fè nou rapèl sa a : “ Men ki jan Bondye rekòmande nou pwòp lanmou li : alòske nou te toujou pechè, Kris mouri pou nou. ” ​(Women 5:8). Rekonesans nou demontre pou bonte moun pa merite a fè nou vin pi pwòch toutbonvre ak ni Jezi ni Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou an. — 2 Korentyen 5:14, 15.

17. a) Ki esperans Jòb te eksprime ? b) Ki sa Jòb 14:15 revele konsènan Jewova, e ki efè sa genyen sou ou ?

17 Jòb, yon nonm fidèl ki t ap viv anvan epòk kretyen yo, li menm tou li te kwè nan rezirèksyon. Li te soufri anpil anba men Satan. Kontrèman ak fo zanmi Jòb yo, ki pa t janm pale de rezirèksyon, Jòb li menm te jwenn konsolasyon grasa esperans sa a. Se sa k fè li mande : “ Si yon gason vanyan mouri, èske l ka reviv ? ” Men repons Jòb bay : “ Pandan tout jou m ap pase ap fè kòve, m ap ret tann jiskaske liberasyon m rive. ” Jòb di Jewova, Bondye li a, konsa : “ W ap rele m, e mwen menm m ap reponn ou. ” E konsènan sa Kreyatè nou an ki renmen nou santi, Jòb di : “ Se pa ti anvi w ap anvi rewè travay men w fè. ” ​(Jòb 14:14, 15). Wi, Jewova ap tann avèk enpasyans lè pou moun ki fidèl yo reviv ankò grasa rezirèksyon. Lè nou medite sou lanmou Jewova demontre, sou bonte moun pa merite li manifeste anvè nou menm, menm lè nou enpafè, sa vrèman fè nou vin pi pwòch li. — Women 5:21 ; Jak 4:8.

18, 19. a) Ki sa k ap ret tann Danyèl alavni ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

18 Pwofèt Danyèl, yon zanj Bondye te dekri kòm “ yon nonm yo apresye anpil ”, te pase tout vi l ap sèvi Bondye fidèlman (Danyèl 10:11, 19). Depi lè Danyèl te egzile nan ane 617 anvan epòk nou an, rive jis lè l mouri, yon ti tan apre li te fin resevwa yon vizyon nan ane 536 anvan epòk nou an, nan twazyèm ane Siris, wa peyi Pès, entegrite l anvè Jewova te rete entak (Danyèl 1:1 ; 10:1). Pandan menm twazyèm ane rèy Siris la, Danyèl te resevwa yon vizyon sou jan pisans mondyal yo t ap defile youn apre lòt, yon defile ki t ap bout nan gwo tribilasyon ki gen pou vini an (Danyèl 11:1–12:13). Kòm Danyèl pa t ka fin konprann vizyon an nèt, li te mande zanj ki te pote mesaj la : “ O seyè m nan, ki sa k ap gen nan dènye pati bagay sa yo ? ” Kòm repons, zanj lan atire atansyon l sou “ tan lafen an ”, moman kote “ moun ki gen klèvwayans yo [pral] konprann ”. E Danyèl li menm, ki sa ki t ap ret tann li alavni ? Zanj lan di l : “ W ap repoze w, men w ap leve pou w jwenn lo pa w nan fen jou yo. ” ​(Danyèl 12:8-10, 13). Danyèl ap retounen ankò “ nan rezirèksyon moun ki jis yo ” ki gen pou fèt pandan Rèy milenè Kris la. — Lik 14:14.

19 Kounye a, nou lwen anpil nan tan lafen an e nou pi pre kòmansman Rèy milenè Kris la pase lè nou te vin kwayan. Kidonk, nou dwe mande tèt nou : ‘ Èske m ap la nan monn nouvo a ansanm ak Abraram, Jòb, Danyèl ansanm ak lòt gason ak fi ki te fidèl yo ? ’ Wi n ap la, depi nou rete pwòch Jewova e depi nou obeyi kòmandman l yo. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine esperans rezirèksyon an plis an detay, yon fason pou nou ka idantifye ki moun k ap resisite.

Èske nou sonje ?

• Lè Pòl t ap pwoklame esperans li genyen nan rezirèksyon an, ki reyaksyon li te jwenn ?

• Poukisa esperans rezirèksyon an rann vrè kretyen yo diferan de fo kretyen yo ?

• Ki jan nou fè konnen ni Abraram, ni Jòb, ni Danyèl te gen lafwa nan rezirèksyon ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Lè Pòl parèt devan gouvènè Feliks, li te pwoklame esperans li genyen nan rezirèksyon an avèk konviksyon.

[Foto nan paj 20]

Sa k te fè Abraram gen lafwa nan rezirèksyon ?

[Foto nan paj 22]

Jòb te jwenn konsolasyon nan esperans rezirèksyon an.

[Foto nan paj 22]

Danyèl ap retounen ankò nan rezirèksyon moun ki jis yo.