Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rezirèksyon : Yon esperans estrawòdinè

Rezirèksyon : Yon esperans estrawòdinè

Rezirèksyon : Yon esperans estrawòdinè

KWAYANS nan rezirèksyon se yon kwayans ki gaye toupatou sou tè a. Koran, liv sakre relijyon islam itilize a, konsakre tout yon chapit sou rezirèksyon. Pa egzanp, men sa yon bout nan sourat 75 di : “ Mwen fè sèman sou Jou Rezirèksyon an. [...] Èske lòm panse nou pa ka kole zo l youn ak lòt ? [...] Li mande : ‘ Ki lè Jou Rezirèksyon an ap rive ? ’ [...] Èske Li pa gen pouvwa pou l bay moun mouri lavi ? ” — Sourat 75:1-6, 40.

Dapre sa yon ansiklopedi (The New Encyclopædia Britannica) fè konnen, relijyon “ zowoastris kwè finalman lemal pral kaba, pral gen yon rezirèksyon jeneral, yon Jijman final, e yon monn pirifye pral retabli pou moun ki jis yo ”.

Encyclopaedia Judaica defini rezirèksyon kòm “ kwayans nan yon epòk kote finalman moun mouri pral leve ak kò yo pou yo vin viv ankò sou tè a ”. Menm ansiklopedi sa a montre kwayans yo adopte nan jidayis la kòmkwa lòm gen yon nanm imòtèl prezante yon pwoblèm. Ansiklopedi a rekonèt : “ Pratikman, kwayans nan rezirèksyon ak kwayans nan yon nanm imòtèl, se de kwayans ki an kontradiksyon youn ak lòt. ”

Selon sa relijyon endouyis anseye, lòm pase plizyè stad kote li fèt, li mouri e li refèt ankò, oubyen li reyenkane. Pou sa ta vre, fòk lòm ta gen yon nanm ki kontinye viv apre l fin mouri. Men sa Bhagavad Gita, liv sakre endou yo itilize a, fè konnen : “ Bagay ki ranpli tout kò a se yon bagay ki pa ka detwi. Pèsonn pa ka detwi nanm nan paske li enperisab. ”

Boudis diferan ak endouyis, paske yo pa dakò gen yon nanm imòtèl ki egziste. Men jodi a, gen anpil boudis nan Ekstrèm Oryan ki kwè gen yon nanm imòtèl ki kite kò a ki al nan yon lòt kò *.

Konfizyon ki genyen nan ansèyman rezirèksyon an

Souvan, lè y ap fè antèman nan lakretyente, yo pale alafwa ni de nanm ki kontinye viv apre moun nan fin mouri ni de rezirèksyon. Pa egzanp, manm klèje legliz anglikan abitye resite pawòl sa yo : “ Piske se volonte Bondye toupisan an, nan kokenn mizèrikòd li genyen, pou l pran nanm frè nou an ki ale a, nou remèt tè a kò a. Tè al nan tè, sann al nan sann, pousyè al nan pousyè. Nou gen yon espwa sèten ap gen yon rezirèksyon pou lavi etènèl, pa mwayen Jezi Kris, Seyè nou an. ” — Le Recueil des prières de la communauté chrétienne.

Deklarasyon sa a ka fè yon moun mande si se rezirèksyon Bib la anseye oswa si se doktrin nanm imòtèl. Sepandan, remake ki kòmantè pwofesè Oscar Cullmann, yon potestan fransè, fè nan yon liv li ekri : “ Gen yon kokenn diferans ant kwayans kretyen yo te genyen sou rezirèksyon ak kwayans Grèk yo te genyen sou nanm imòtèl. [...] Menm lè, annapre, krisyanis la vin etabli yon rapò ant de kwayans sa yo, e menm lè, jodi a, yon senp kretyen konfonn yo nèt, mwen pa wè rezon pou yon moun kache sa mwen menm ak pifò biblis konsidere kòm laverite. [...] Sa ki domine tout lavi ak tout panse Nouvo Testaman an se lafwa nan rezirèksyon. [...] Se tout moun nan nèt, ki te mouri toutbon, ki retounen jwenn lavi ankò grasa yon lòt aksyon Bondye fè antanke Kreyatè. ” — Immortalité de l’âme ou Résurrection des morts ?

Li pa etonan si moun yo an jeneral santi yo nan konfizyon konsènan lanmò ak rezirèksyon. Pou nou retire konfizyon sa a, nou bezwen egzamine Bib la, liv ki gen verite Jewova Dye, Kreyatè lòm nan, revele. Bib la rapòte plizyè rezirèksyon. Ann egzamine kat nan rezirèksyon sa yo pou nou wè sa yo revele sou kesyon an.

“ Gen medam ki resevwa moun pa yo ki mouri, pa mwayen rezirèksyon ”

Nan yon lèt apot Pòl te ekri Juif ki te vin kretyen yo, li te pale de kèk medam ki te gen lafwa e li di yo te “ resevwa moun pa yo ki mouri, pa mwayen rezirèksyon ”. (Ebre 11:35.) Youn nan medam sa yo t ap viv Safat, yon vil nan tèritwa Fenisi ki te toupre Sidon, sou bodmè lanmè Meditèrane. Se te yon vèv ki te akeyi Eliya, yon pwofèt Bondye, avèk ospitalite. Li te nouri pwofèt la malgre te gen yon gwo grangou. Malerezman, pitit gason madanm sa a te vin malad e li te mouri. Menm kote a, Eliya pote l monte nan chanmòt kote li loje a, e li sipliye Jewova pou l rebay tigason an lavi. Mirak ! Tigason an “ vin ap viv ” ankò. Eliya retounen l bay manman l e li di l konsa : “ Gade, pitit ou a vivan. ” Ki reyaksyon manman an te genyen ? Se avèk jwa li reponn : “ Kounye a, wi, mwen konnen toutbonvre ou se yon moun Bondye, e mwen konnen pawòl Jewova ki nan bouch ou se verite. ” — 1 Wa 17:22-24.

Gen yon koup ki t ap viv Chounèm, yon vil ki nan sid vil Safat, nan yon distans 100 kilomèt anviwon. Mesyedam sa yo te renmen bay e yo te konn pran swen Elicha, pwofèt ki te ranplase Eliya a. Madanm nan se te yon gran dam nan vil Chounèm, kote l te abite. Li menm ak mari l te dakò pou yo bay Elicha loje nan yon pyès nan chanmòt kay yo. Yo pa t gen pitit e sa te fè yo tris. Men, tristès sa a te tounen jwa lè madanm nan te vin fè yon pitit gason. Pandan tigason an t ap grandi, souvan li te konn al nan jaden ansanm ak moun k ap fè rekòt yo ak papa l. Yon jou, gen yon pwoblèm grav ki rive. Tigason an pete yon sèl rèl paske tèt li ap fè l mal. Youn nan sèvitè yo kouri mennen l lakay, e lè l rive, manman l kenbe l sou janm li. Finalman, timoun nan mouri. Tèt manman an cho, li deside al mande Elicha sekou. Li fè yon sèvitè akonpaye l e li pran direksyon mòn Kamèl, nan nòdwès, kote Elicha ye a.

Ki sa pwofèt la fè ? Li voye sèvitè l Geyazi devan, e misye jwenn tigason an te mouri vre. Finalman, Elicha ak madanm nan vin rive Chounèm. Ki sa k te pase lè sa a ? Men sa nou li nan 2 Wa 4:32-37 : “ Finalman, Elicha rive nan kay la, e vwala tigason an mouri, li kouche nan kabann li. Apre sa, li rantre e li fèmen pòt la dèyè yo de a e li kòmanse priye Jewova. Finalman, li monte e li kouche sou pitit la, li mete bouch pa l sou bouch li e je pa l sou je li e pla men pa l sou pla men li, e li rete panche sou li. E tikras pa tikras, kò tigason an vin cho. Apre sa li kòmanse mache nan kay la ankò, tanto l al isi, tanto l al lòtbò. Lèfini, li monte, li panche sou li. E tigason an tonbe estènen, jiska sèt fwa. Apre sa, tigason an ouvè je l. Kounye a li rele Geyazi e li di l : ‘ Rele madanm chounamit la. ’ Vrèman, li rele l, e madanm nan rantre vin kote l. Lè sa a li di : ‘ Pran pitit ou a. ’ E madanm nan rantre anndan an, li tonbe nan pye l e li pwostène atè devan l, apre sa li pran pitit li, li sot deyò. ”

Menm jan ak vèv ki t ap viv Safat la, Chounamit la te konnen sa k te rive a se te grasa pisans Bondye. Toule de medam sa yo te jwenn yon jwa estrawòdinè lefètke Bondye te rebay pitit cheri yo a lavi.

Kèk nan rezirèksyon ki te fèt pandan ministè Jezi

Anviwon 900 ane annapre, gen yon lòt rezirèksyon ki te fèt nan nò Chounèm, bò yon ti bouk ki pa twò lwen ki rele Nayin. Jezi Kris ak disip li yo t ap sot Kapènawòm, e etan yo te prèske rive nan baryè Nayin, yo rankontre yon antèman. Je Jezi tonbe sou yon vèv ki te pèdi yon sèl pitit gason li te genyen. Jezi di l pou l sispann kriye. Gade ki jan Lik, yon doktè, esplike sa k te pase apre sa : “ Lè sa a, [Jezi] pwoche e li touche branka a e moun ki t ap pote branka yo kanpe, epi li di : ‘ Gason m, mwen di w, leve ! ’ E mò a leve chita, li kòmanse pale, e li bay manman l li. ” ​(Lik 7:14, 15). Moun ki te viv mirak sa a te tonbe bay Bondye glwa. Nouvèl rezirèksyon an te gaye nan sid rive jis Jide ak lokalite ki ozalantou yo. Yon pwen pou nou note, sèke disip Jan Batis yo, ki te tande pale de mirak la, rapòte sa bay Jan. Li voye yo kot Jezi pou yo mande l si se Li menm ki Mesi ki te gen pou vini an. Men sa Jezi di yo : “ Ale, rakonte Jan sa nou wè ak sa nou tande : avèg yo vin wè, moun ki bwete yo mache, lepre yo vin pirifye e moun soud yo tande, mò yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la. ” — Lik 7:22.

Pami tout mirak Jezi te fè, se rezirèksyon Laza, yon bon zanmi l, plis moun konnen. Nan ka Laza a, gen kèk jou ki te pase ant lè Laza mouri ak lè Jezi rive nan kay la. Lè finalman Jezi rive Betani, Laza te gentan mouri depi kat jou. Lè Jezi mande pou yo retire wòch ki te bouche antre kav la, Mat pa t fin dakò, li di : “ Seyè, li dwe santi kounye a, paske li gentan gen kat jou. ” ​(Jan 11:39). Toutfwa, kèlkeswa jan kò Laza te gate, sa pa t anpeche l resisite. Jezi pase lòd li e “ mesye ki te mouri a sot deyò, pye l ak men l vlope ak yon bandaj, e figi l vlope ak yon twal ”. Aksyon advèsè Jezi yo t apral poze apre sa montre se efektivman Laza ki te rejwenn lavi. — Jan 11:43, 44 ; 12:1, 9-11.

Apre nou fin egzamine kat egzanp rezirèksyon sa yo, ki sa nou rive konprann ? Moun ki te resisite yo te retounen jwenn lavi antanke moun yo te ye anvan an. Yo te rekonèt yo tout, menm paran pwòch yo. Pa gen youn nan moun ki resisite yo ki te pale de sa ki te pase pandan ti tan yo te fè mouri a. Pa gen youn nan yo ki te di yo te fè yon vwayaj nan yon lòt monn. Aparamman, yo tout te resisite an bòn sante. Pou yo menm, se kòmsi yo te nan dòmi pandan yon ti tan, epi apre sa, yo reveye, jan Jezi fè konprann sa a (Jan 11:11). Sepandan, rive yon lè, yo tout te mouri ankò.

Yon esperans estrawòdinè pou nou rejwenn moun pa nou ki mouri

Yon ti tan apre yon tigason ki rele Owen te fin mouri yon fason trajik, papa l te rann yon vwazen vizit. Lè l rive nan kay la, papa a te wè yon ti fèy papye sou yon tab. Se te yon fich envitasyon pou yon diskou piblik Temwen Jewova t ap bay. Tit diskou a, “ Ki kote mò yo ye ? ”, te atire atansyon l. Se kesyon sa a egzakteman li te gen nan lespri l. Li te asiste diskou a e li te jwenn bonjan konsolasyon ki sot nan Bib la. Li aprann moun ki mouri yo pap soufri. Moun ki mouri yo, Owen tou, pa nan touman nan yon dife lanfè nitou se pa Bondye ki pran yo pou yo vin tounen zanj nan syèl. Okontrè, yo nan tonm, y ap tann moman an rive pou yo reveye yo lè rezirèksyon an ap fèt. — Eklezyas 9:5, 10 ; Ezekyèl 18:4.

Èske fanmi pa w tou pase anba yon trajedi ? Èske, menm jan ak papa Owen, w ap mande ki kote pwòch ou ki mouri yo ye ? Èske w ap mande ki posiblite ki genyen pou w rewè yo ? Si wi, nou envite w egzamine lòt enfòmasyon Bib la bay sou rezirèksyon. Petèt w ap mande : ‘ Ki lè rezirèksyon an ap fèt ? Ki moun egzakteman k ap benefisye de sa ? ’ Se konsènan kesyon sa yo ak lòt ankò twa dènye atik ki nan peryodik sa a pale. Tanpri, li yo.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Gade liv L’humanité à la recherche de Dieu, paj 150-4. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Foto nan paj 4]

Jewova te sèvi ak Elicha pou l resisite pitit gason Chounamit la.

[Foto nan paj 4]

Eliya te sipliye Jewova pou l rebay tigason an lavi.

[Foto nan paj 5]

Jezi te resisite pitit vèv ki t ap viv Nayin nan.

[Foto nan paj 6]

Grasa rezirèksyon, yon moun pral rejwenn manm fanmi l ki mouri.