Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske ou konn gen konvèsasyon ak manm fanmi w ?

Èske ou konn gen konvèsasyon ak manm fanmi w ?

Èske ou konn gen konvèsasyon ak manm fanmi w ?

GEN yon jounal polonè ki parèt chak semèn ki rele Polityka ki fè deklarasyon sa a : “ Kapasite pou nou kominike ak manm fanmi nou ap diminye de jou an jou. ” Yo estime, Ozetazini, konjwen yo pase sèlman sis minit pa jou ap pale ansanm sou sijè ki gen enpòtans. Anpil espesyalis nan domèn nan panse se pwoblèm sa a ki lakòz mwatye separasyon ak divòs ki fèt yo.

E konsènan konvèsasyon ant paran ak pitit ? Nan pifò ka, selon menm jounal nou te site pi wo a, “ yo pa gen yon konvèsasyon, se pito yon entèwogatwa : Ki jan lekòl la te ye jodi a ? E ti zanmi w yo ? ” Apre sa jounal la mande : “ Kòman w vle pou timoun nou yo aprann devlope relasyon afektif ? ”

Etandone abilite pou yon moun byen kominike ak lòt moun se pa yon bagay ki otomatik, ki sa nou ka fè pou nou amelyore l ? Yon disip Kris ki te rele Jak te bay konsèy enpòtan sa a, li te di : “ Tout moun dwe toujou prese pou yo tande, pèsonn pa dwe prese pale, pèsonn pa dwe prese fè kòlè. ” ​(Jak 1:19). Wi, pou nou gen konvèsasyon ki edifyan, nou bezwen koute avèk atansyon, nou pa dwe koupe moun nan lapawòl avèk enpasyans, ni nou pa dwe gentan tire konklizyon pa nou. Evite kritike, paske sa ka kraze yon konvèsasyon byen fasil. Pran egzanp sou Jezi, ki li menm te konn poze kesyon avèk tak, pa pou l fouye moun ki t ap koute l yo, men pou l te wè sa yo te gen nan kè yo e pou l te fòtifye lyen li te gen avèk yo. — Pwovèb 20:5 ; Matye 16:13-17 ; 17:24-27.

Ann amoni ak bèl prensip ki nan Bib la, pran inisyativ pou w konvèse ak moun ki pwòch ou, pou w kominike ak yo. Sa ka vin fè gen yon bèl anbyans nan mitan nou, yon anbyans n ap cheri pandan anpil tan, petèt pandan tout vi nou.