Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Aprann konnen fason Jewova aji

Aprann konnen fason Jewova aji

Aprann konnen fason Jewova aji

“ Fè mwen konnen chemen w yo [...], pou mwen ka konnen w. ” — EGZÒD 33:13.

1, 2. a) Sa k te fè Moyiz aji jan l te aji a lè l te wè yon Ejipsyen ap maltrete yon Ebre ? b) Pou Moyiz te ka sèvi Jewova, ki sa li te bezwen aprann ?

MOYIZ te leve nan mezon Farawon e li te resevwa yon edikasyon ki baze sou sajès moun nan klas dirijan peyi Ejip yo te bay anpil valè. Sepandan, Moyiz te reyalize li pa t yon Ejipsyen. Li se pitit Ebre. Lè l te vin gen karant an, li te soti pou l vizite frè l yo, pitit Izrayèl yo. Lè Moyiz wè yon Ejipsyen k ap maltrete yon Ebre, li pa t rete bra kwaze. Li te touye Ejipsyen an. Moyiz te chwazi pran pozisyon pou pèp Jewova a e li te panse Bondye t ap sèvi avè l pou l delivre frè l yo (Travay 7:21-25 ; Ebre 11:24, 25). Lè tout moun vin okouran de sa k te pase a, moun nan klas dirijan peyi a te vin konsidere Moyiz kòm yon òlalwa. Sa te fè Moyiz oblije chape pou l ka sove vi l (Egzòd 2:11-15). Si pou Bondye ta sèvi ak Moyiz, fòk li ta vin pi byen konprann fason Jewova aji. Èske Moyiz t ap dispoze aprann ? — Sòm 25:9.

2 Moyiz t al viv ann egzil antanke bèje pandan karant an. Olye Moyiz te kite rankin anvayi l poutèt Ebre parèy li yo ki sanble pa t konprann li, li te pito aksepte sa Bondye te kite rive. Byenke Moyiz te pase anpil tan ap viv yon kote aparamman moun pa t ba l twòp enpòtans, li te kite Jewova fòme l. Men sa li te vin ekri annapre : “ Moyiz se moun ki te gen plis imilite lontan pase tout moun ki te sou tout kò tè a. ” Li pa t ekri pawòl sa yo pou vante tèt li, men li te ekri yo anba enfliyans lespri sen Bondye (Nonb 12:3). Jewova te sèvi ak Moyiz plizyè fason estrawòdinè. Si nou menm tou, nou chèche imilite, Jewova ap beni nou. — Sefànya 2:3.

Li te resevwa yon misyon

3, 4. a) Ki misyon Jewova te bay Moyiz ? b) Ki soutyen Moyiz te jwenn ?

3 Yon jou, yon zanj ki te reprezante Jewova te pale ak Moyiz toupre mòn Orèb, nan preskil Sinayi. Men sa l te di Moyiz : “ Vrèmanvre, mwen wè tray pèp mwen an ki ann Ejip, e m tande rèl yo akoz moun k ap fòse yo travay, paske mwen byen konnen doulè y ap sibi yo. Se pou sa m ap desann vin delivre yo anba men Ejipsyen yo e m ap mennen yo sot nan peyi sa a pou y al nan yon peyi ki bon e ki vas, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule. ” ​(Egzòd 3:2, 7, 8). Anrapò avèk sa, Bondye te gen yon travay pou Moyiz, men sa ta dwe fèt nan fason Jewova vle pou l fèt la.

4 Apre sa, zanj Jewova a di : “ Kounye a, vini m voye w kot Farawon, epi fè pèp mwen an, pitit Izrayèl yo, soti kite Ejip. ” Lè Moyiz tande sa, li ezite. Li pa t santi l kalifye pou sa, e li te gen rezon l. Sepandan, pou Jewova te bay Moyiz asirans, men sa li di l : “ M ap ansanm avè w. ” ​(Egzòd 3:10-12). Jewova te bay Moyiz pouvwa pou l akonpli yon seri siy, pou l fè yon seri mirak ki t apral sèvi kòm prèv pou montre se Bondye ki voye l. Arawon, frè Moyiz la, ta dwe ale ansanm avè l kòm pòtpawòl. Jewova t apral anseye yo sa pou yo di ak sa pou yo fè (Egzòd 4:1-17). Èske Moyiz t ap akonpli travay sa a ak fidelite ?

5. Sa k fè atitid Izrayelit yo te bay Moyiz pwoblèm ?

5 Okòmansman, ansyen ann Izrayèl yo te kwè Moyiz ak Arawon (Egzòd 4:29-31). Men, sa pa t pran anpil tan pou “ prepoze pitit Izrayèl yo ” kòmanse kritike Moyiz ansanm ak frè l la poutèt yo te fè yo “ vin gen move sant ” devan Farawon e devan sèvitè l yo (Egzòd 5:19-21 ; 6:9). Lè Izrayelit yo t ap kite Ejip, yo te panike lè yo wè charyo Ejipsyen yo ap pousuiv yo. Lanmè Wouj devan, charyo de gè dèyè, yo te santi yo antrave, e yo tonbe repwoche Moyiz. Ki sa w t ap fè ? Byenke Izrayelit yo pa t gen bato, pou Moyiz suiv enstriksyon Jewova ba li, li te mande yo pou yo pare yo pou y ale. Apre sa, Bondye te fann lanmè Wouj, e te vin gen yon pas ki fèt nan mitan lanmè a e pèp Izrayèl travèse ladan l. — Egzòd 14:1-22.

Yon kesyon ki pi enpòtan pase delivrans

6. Sou ki sa Jewova te ensiste lè li t ap bay Moyiz misyon an ?

6 Lè Jewova t ap bay Moyiz misyon an, li te ensiste sou enpòtans non l genyen. Li te endispansab pou yo respekte non sa a e pou yo respekte Moun ki gen non sa a. Lè Moyiz te poze Jewova kesyon sou non l, men sa Jewova te di l : “ M ap vin tounen sa m ap vin tounen. ” Pi devan, Moyiz te gen pou l di pitit Izrayèl yo pawòl sa a : “ Jewova, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb la, voye m kote nou. ” Apre sa, Jewova di : “ Se non m sa pou tan endefini, e se moniman m jenerasyon apre jenerasyon. ” ​(Egzòd 3:13-15). Jiska prezan, se Jewova sèvitè Bondye sou tout tè a konnen kòm non Bondye. — Izayi 12:4, 5 ; 43:10-12.

7. Malgre awogans Farawon, ki sa Bondye te di Moyiz pou l fè ?

7 Lè Moyiz ak Arawon te parèt devan Farawon, yo te bay mesaj yo a nan non Jewova. Men, avèk awogans, Farawon di : “ Kiyès ki Jewova a pou mwen ta obeyi lè l pale, pou mwen ranvwaye Izrayèl la ? Mwen pa konn Jewova ditou. Dayè, mwen pap ranvwaye Izrayèl. ” ​(Egzòd 5:1, 2). Menmsi Farawon te montre li gen kè di e li mètdam anmenmtan, Jewova te voye Moyiz al pale avè l yon pakèt fwa (Egzòd 7:14-16, 20-23 ; 8:1, 2, 20). Moyiz te wè Farawon vin ankòlè. Èske sa te vo lapèn pou yon moun al kote l ankò ? Pèp Izrayèl te swaf delivrans, men Farawon te refize pou pi rèd. Ki sa w t ap fè ou menm ?

8. Ki bon rezilta fason Jewova te aji avèk Farawon an te vin bay, e kòman evènman sa yo dwe touche nou jodi a ?

8 Yon lòt fwa ankò, Moyiz te pote yon lòt mesaj ale, li di : “ Men sa Jewova, Bondye Ebre yo, di : ‘ Voye pèp mwen an ale pou yo ka sèvi m. ’ ” Bondye di apre sa : “ Atòkonsa mwen ta kapab gentan lonje men m pou m ta frape w, ou menm ak tout pèp ou a, anba maladi lapès, e pou m ta efase w sou tè a. Men, an reyalite, men rezon ki fè mwen pèmèt ou egziste toujou : se pou m fè w wè fòs mwen epi pou non m ka pibliye sou tout tè a. ” ​(Egzòd 9:13-16). Aksyon Jewova te konte fè kont Farawon, ki te gen kè di, ap tou demontre pisans li yon fason k ap tou sèvi avètisman pou nenpòt moun ki ta defye l. Sa a tou valab pou Satan Ledyab, li menm Jezi Kris vin rele “ chèf monn nan ”. (Jan 14:30 ; Women 9:17-24.) Jan sa te anonse a, non Jewova te pwoklame sou tout tè a. Grasa pasyans li, Izrayelit yo te soti vivan, e yon kantite moun tout kalite te vin adore l ansanm avèk yo (Egzòd 9:20, 21 ; 12:37, 38). Depi lè sa a, pwoklamasyon non Jewova pèmèt plizyè milyon moun vin pran pozisyon pou vrè adorasyon an.

Li te annafè ak yon pèp ki gen kou rèd

9. Ki jan pèp Moyiz la te montre yo pa t respekte Jewova ?

9 Ebre yo te konnen non Bondye. Moyiz te sèvi ak non sa a lè li t ap pale avèk yo. Men, yo pa t toujou montre yo gen bonjan respè pou Moun ki gen non sa a. Yon ti tan apre Jewova fin fè mirak pou l delivre Izrayelit yo ann Ejip, ki sa k te pase lè yo potko jwenn dlo potab pou yo bwè ? Yo te tonbe plenyen kont Moyiz. Apre sa, yo te plenyen pou manje. Moyiz te fè yo wè plenyen yo t ap plenyen an se pa sèlman kont li menm ak Arawon, men se kont Jewova (Egzòd 15:22-24 ; 16:2-12). Sou mòn Sinayi, Jewova te bay Izrayelit yo Lalwa, e nan moman sa a te gen yon bann evènman sinatirèl ki te pwodui. Malgre sa, pèp la te dezobeyi, yo te fè yon ti bèf annò pou yo adore e yo te pretann se “ yon fèt pou Jewova ” yo t ap òganize. — Egzòd 32:1-9.

10. Poukisa demann Moyiz te fè nan Egzòd 33:13 la dwe sitou enterese kretyen ki siveyan yo jodi a ?

10 Ki sa pou Moyiz fè fas ak yon pèp menm Jewova kalifye l de kou rèd ? Men sa Moyiz te mande Jewova : “ Souple, si nan je w, ou wè mwen merite favè, fè mwen konnen chemen w yo souple, pou mwen ka konnen w, dekwa pou mwen ka jwenn favè nan je w. ” ​(Egzòd 33:13). Siveyan kretyen k ap pran swen Temwen Jewova nan epòk modèn nan annafè ak yon twoupo ki gen plis imilite lontan. Toutfwa, yo fè menm priyè a tou : “ Fè m konnen chemen w, o Jewova. Anseye m pwòp wout ou. ” ​(Sòm 25:4). Lè siveyan yo konnen fason Jewova aji, sa pèmèt yo jere sitiyasyon yo yon fason ki ann amoni ak Pawòl Bondye a e ki konfòm ak pèsonalite l.

Ki sa Jewova atann de pèp li ?

11. Ki prensip Jewova te bay Moyiz pou gide l, e poukisa sa enterese nou ?

11 Sou mòn Sinayi, Jewova te revele avivwa sa li atann de pèp li. Annapre, Moyiz te resevwa de wòch plat ki te gen Dis Kòmandman yo ekri sou yo. Pandan li t ap desann mòn nan, li te wè Izrayelit yo k ap adore ti bèf yo te fonn metal pou yo fè a. Kòlè monte Moyiz, li lage wòch plat yo atè, li kraze yo. Jewova te ekri Dis Kòmandman yo ankò sou de wòch plat Moyiz te taye li menm (Egzòd 32:19 ; 34:1). Parapò ak kòmandman yo te bay anvan yo, pa gen anyen ki chanje. Moyiz te dwe aji ann amoni ak yo. Bondye te montre Moyiz klè ki jan de moun Li ye, e piske Moyiz se reprezantan Jewova, Li te montre l ki jan pou l aji. Se vre kretyen yo pa sou Lalwa Moyiz, men sa Jewova te di Moyiz yo anglobe anpil prensip de baz ki pa chanje e ki toujou aplikab pou tout moun k ap adore Jewova (Women 6:14; 13:8-10). Annou konsidere kèk ladan yo.

12. Lefètke Jewova te egzije Izrayelit yo yon atachman san pataj, ki jan sa te dwe afekte lavi yo ?

12 Bay Jewova yon atachman san pataj. Tout nasyon Izrayèl la te la lè Jewova te deklare li egzije yon atachman san pataj (Egzòd 20:2-5). Izrayelit yo te gen kont prèv ki montre yo Jewova se vrè Dye a (Detewonòm 4:33-35). Jewova te montre yo klè, kèlkeswa sa lòt nasyon ap fè, li menm li pap tolere okenn fòm idolatri oswa espiritis nan mitan pèp li a. Sa montre atachman yo pou Jewova pa t ap yon senp fòmalite. Okontrè, yo tout ta dwe renmen l ak tout kè yo, ak tout nanm yo e ak tout fòs lavi yo (Detewonòm 6:5, 6). Sa t ap enplike pawòl yo, konduit yo, anfèt, sa t ap enplike tout fasèt nan lavi yo (Levitik 20:27 ; 24:15, 16 ; 26:1). Jezi Kris tou te montre Jewova egzije yon atachman san pataj. — Mak 12:28-30 ; Lik 4:8.

13. Poukisa pèp Izrayèl te oblije obeyi Bondye san mank, e ki sa ki ta dwe pouse nou obeyi Bondye (Eklezyas 12:13) ?

13 Obeyi kòmandman Jewova yo san mank. Pèp Izrayèl te bezwen sonje, lefètke yo te vin fè yon alyans ak Jewova, yo te vwe pou yo obeyi l san mank. Yo te vin gen plis libète se vre, men, nan domèn kote Jewova ba yo kòmandman yo, yo te dwe obeyi san mank. Si yo te fè sa, yo t ap montre yo renmen Bondye, e sa t ap bon ni pou yo ni pou pitit yo, paske tout sa Jewova te mande yo pou yo fè yo se te pou byen yo. — Egzòd 19:5-8 ; Detewonòm 5:27-33 ; 11:22, 23.

14. Ki jan Bondye te fè Izrayelit yo konprann enpòtans pou yo bay espirityalite yo priyorite ?

14 Bay kesyon espirityèl yo priyorite. Nasyon Izrayèl la pa t dwe ap chèche satisfè bezwen yo nan domèn fizik opwen pou sa toufe aktivite espirityèl yo. Izrayelit yo pa t dwe konsantre tout vi yo sèlman sou objektif pwofàn. Jewova te fikse yon jou chak semèn, yon jou li te konsidere kòm sakre, ki te la sèlman pou aktivite ki gen rapò ak adorasyon vrè Dye a (Egzòd 35:1-3 ; Nonb 15:32-36). Chak ane, gen lòt moman ankò yo te dwe konsakre pou gwo rasanbleman sakre yo (Levitik 23:4-44). Okazyon sa yo t ap ba yo opòtinite pou yo rakonte aksyon pisan Jewova akonpli, pou yo sonje fason li aji e pou yo eksprime rekonesans yo pou li pou tout bonte li montre. Toutpandan pèp la t ap demontre atachman l pou Jewova, krent li gen pou Bondye ak lanmou li gen pou li t ap vin ogmante e sa t ap ede l mache nan chemen Bondye (Detewonòm 10:12, 13). Tout prensip nou jwenn anndan enstriksyon sa yo itil sèvitè Jewova yo jodi a. — Ebre 10:24, 25.

Nou bezwen byen konprann kalite Jewova yo

15. a) Si Moyiz te byen konprann kalite Jewova yo, nan ki sa sa t ap itil li ? b) Ki kesyon ki kapab ede nou reflechi an pwofondè sou chak kalite Jewova gen lakay li ?

15 Si Moyiz te byen konprann kalite Jewova yo, sa t ap ede l tou pou l dirije pèp la kòrèkteman. Selon sa Egzòd 34:5-7 di, Bondye te pase devan Moyiz, li deklare : “ Jewova, Jewova, Bondye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki pa prese fè kòlè, ki chaje bonte ki plen lanmou e ki chaje ak verite, ki sere bonte ki plen lanmou li gen lakay li pou milye, ki padone fot, ki padone bagay mal, e ki padone peche. Men nan okenn ka li pap egzante moun pinisyon. Poutèt fot papa, l ap pini pitit, l ap pini pitit pitit, l ap pini twazyèm jenerasyon ak katriyèm jenerasyon. ” Pran yon ti tan pou w medite sou pawòl sa yo. Mande tèt ou : ‘ Ki sa chak kalite sa yo vle di ? Ki jan Jewova demontre yo ? Ki jan siveyan yo ka demontre kalite sa yo ? Ki efè yo ka gen sou aksyon nou ? ’ Ann jis konsidere kèk egzanp.

16. Ki sa nou ka fè pou nou apwofondi konpreyansyon nou sou mizèrikòd Bondye, e poukisa li enpòtan pou nou fè sa ?

16 Jewova se yon “ Bondye ki gen mizèrikòd ak konpasyon ”. Si ou gen liv Étude perspicace des Écritures, sa w panse si w ta li ribrik ki pale sou “ Miséricorde ” la ? Oubyen ou kapab sèvi ak Index des publications Watch Tower oswa pwogram enfòmatik Watchtower Library (CD-ROM) pou w fè rechèch sou sijè sa a *. Sèvi ak yon konkòdans pou w jwenn vèsè ki pale de mizèrikòd. Lè sa a ou pral wè nonsèlman mizèrikòd Jewova konn fè pafwa li aleje pinisyon, men ou pral wè tou li gen tandrès ak konpasyon. Kalite sa a pouse Bondye aji pou l soulaje pèp li. Kòm prèv, lè Izrayelit yo t ap monte desann anvan yo te antre nan Latè pwomiz, Bondye te pran swen yo ni fizikman ni espirityèlman (Detewonòm 1:30-33 ; 8:4). Avèk mizèrikòd, Bondye te konn padone yo lè yo komèt fot. Li te fè pèp li te gen nan tan lontan an mizèrikòd. Sa montre nan ki pwen nou menm ki sèvitè l jodi a nou dwe montre konpasyon youn pou lòt ! — Matye 9:13 ; 18:21-35.

17. Lè nou byen konprann konpasyon Jewova gen lakay li, ki jan sa ka favorize vrè adorasyon an ?

17 Yo site mizèrikòd Jewova ansanm ak konpasyon. Si ou gen yon diksyonè, gade ki sa “ konpasyon ” vle di. Konpare definisyon sa a ak vèsè ki di Jewova gen konpasyon yo. Labib montre konpasyon pa Jewova a gen lanmou ak sousi pou moun ki nan nesesite pami sèvitè l yo (Egzòd 22:26, 27). Nan kèlkeswa peyi a, moun ki etranje, ansanm ak anpil lòt moun, konn twouve yo nan sitiyasyon ki difisil anpil. Lè Jewova t ap aprann pèp li a pou l pa gen patipri, pou l demontre bonte anvè moun ki etranje yo, li te raple yo yo menm tou yo te etranje ann Ejip (Detewonòm 24:17-22). E nou menm k ap sèvi Bondye jodi a ? Si nou demontre konpasyon, sa ap fè nou ini e sa ap atire lòt moun pou yo vin adore Jewova. — Travay 10:34, 35 ; Revelasyon 7:9, 10.

18. Ki sa nou aprann nan limit Jewova te fikse pou Izrayelit yo konsènan fason moun lòt nasyon yo te konn ap aji ?

18 Sepandan, sousi ak konsiderasyon Izrayelit yo t ap gen pou moun lòt nasyon pa t dwe gen plis enpòtans pase lanmou yo pou Jewova ni pase prensip moral li yo. Se sa k fè, yo te anseye Izrayelit yo pou yo pa imite nasyon ki te toutotou yo, pou yo pa adopte koutim relijye yo ni fason imoral yo te konn ap viv (Egzòd 34:11-16 ; Detewonòm 7:1-4). Sa valab pou nou jodi a tou. Antanke pèp, nou dwe sen, menm jan Jewova, Bondye nou an, sen. — 1 Pyè 1:15, 16.

19. Si pèp Jewova a konprann fason li konsidere move aksyon, ki jan sa t ava pwoteje yo ?

19 Pou Moyiz ka konprann fason Jewova aji, Li te montre l klè menmsi li pa apwouve peche, li pa prese fè kòlè. Li kite tan pase pou moun aprann sa l mande yo e pou yo aplike yo. Lè yon moun peche epi li repanti, Jewova padone l, men li pap egzante moun nan pinisyon li merite pou fot grav li fè. Li te fè Moyiz konnen aksyon Izrayelit yo t ap gen efè sou jenerasyon ki vin apre yo, swa an byen swa an mal. Si Izrayelit yo te byen konprann fason Jewova aji, sa t ap fè yo evite blame Jewova akoz sitiyasyon yo menm yo lakòz, e sa t ap fè yo evite di li lan.

20. Ki sa ki ka ede nou pou nou byen trete kwayan parèy nou ansanm ak moun nou rankontre nan ministè nou (Sòm 86:11) ?

20 Si ou vle apwofondi konesans ou sou Jewova ak fason li aji, kontinye fè rechèch epi kontinye medite lè w ap li Labib. Pran san w pou w egzamine tout bèl fasèt ki gen nan pèsonalite Jewova. Egzamine nan lapriyè ki jan ou ka imite Bondye, ki jan ou ka konfòme lavi w plis toujou ak objektif li. Sa ap ede w pou w pa tonbe nan pyèj, pou w byen aji ak kwayan parèy ou e pou w ede lòt moun vin konnen Bondye mayifik nou an e pou yo vin renmen l.

[Nòt anba paj]

^ § 16 Se Temwen Jewova ki pibliye yo tout.

Ki sa nou sot aprann ?

• Poukisa li te enpòtan pou Moyiz gen imilite, e poukisa sa endispansab pou nou ?

• Lefètke yo t al di Farawon pawòl Jewova plizyè fwa, ki bon rezilta sa te genyen ?

• Site kèk bon prensip yo te anseye Moyiz e ki aplikab pou nou tou.

• Ki jan nou kapab apwofondi konpreyansyon nou sou kalite Jewova yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 7]

Avèk fidelite, Moyiz te transmèt Farawon pawòl Jewova.

[Foto nan paj 9]

Jewova te fè Moyiz konnen sa li mande.

[Foto nan paj 10]

Medite sou kalite Jewova yo.