Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova prezève moun ki met espwa yo nan li

Jewova prezève moun ki met espwa yo nan li

Jewova prezève moun ki met espwa yo nan li

“ Se pou bonte ki plen lanmou ou genyen ansanm ak fidelite w prezève m toutan. ” — SÒM 40:11.

1. Ki sa wa David te mande Jewova pou l fè pou li, e ki repons rekèt sa a jwenn ?

WA DAVID nan Izrayèl tan lontan an ‘ te met espwa l toutbon nan Jewova ’, e sa te pouse l mande Jewova pou l ‘ panche zòrèy li sou li e pou l tande kri osekou li lanse ’. (Sòm 40:1.) Nan plizyè okazyon, li te wè pèsonèlman ki jan Jewova te prezève moun ki renmen l. Se sa k fè David te anmezi pou l mande Jewova pou l toujou prezève l (Sòm 40:11). Etandone David fè pati gason ak fi fidèl yo pwomèt “ yon pi bon rezirèksyon ” yo, aktyèlman li an sekirite nan memwa Jewova antanke moun ki pral resevwa rekonpans sa a (Ebre 11:32-35). Pa gen pi bon fason pase sa pou avni li asire. Annefè, non li enskri nan “ liv souvni ” Jewova a. — Malaki 3:16.

2. Ki jan Ekriti yo ede nou konprann sa sa vle di lè Jewova prezève yon moun ?

2 Malgre moun fidèl yo mansyone nan Ebre chapit 11 yo te viv anvan Jezi Kris te pase sou tè a, sa pa t anpeche yo viv ann amoni ak sa Jezi te anseye lè l te di : “ Yon moun ki atache ak nanm li se detwi l ap detwi l, men yon moun ki rayi nanm li nan monn sa a ap prezève l pou lavi etènèl. ” ​(Jan 12:25). Donk, lefètke Jewova prezève yon moun, sa pa vle di kareman moun sa a pwoteje kont soufrans oswa pèsekisyon. Sa vle di pito moun sa a pwoteje nan sans espirityèl, yon fason pou l ka konsève yon bèl pozisyon devan Bondye.

3. Ki prèv nou genyen Jewova te prezève Jezi Kris, e ki rezilta sa bay ?

3 Jezi li menm te sibi pèsekisyon kriyèl ak move tretman, e finalman ènmi l yo te reyisi fè l sibi yon lanmò avilisan, yon lanmò atwòs, ki pa gen tankou l. Sepandan, sa pa an kontradiksyon ak pwomès Bondye te fè pou l prezève Mesi a (Izayi 42:1-6). Rezirèksyon Jezi sou twazyèm jou apre lanmò imilyan li te sibi a pwouve Jewova te tande apèl osekou li te fè yo, menm jan Jewova te tande David. Kòm repons, Jewova te bay Jezi fòs pou l kenbe entegrite l (Matye 26:39). Konsa, Bondye te prezève Jezi, e Jezi te tou jwenn imòtalite nan syèl la, e anpil moun ki egzèse lafwa nan ranson an ap tann lavi etènèl.

4. Ki asirans yo bay kretyen wen yo ak “ lòt mouton ” yo ?

4 Nou mèt gen asirans Jewova dispoze prezève sèvitè li yo jodi a e li kapab fè sa, menm jan sa te pase nan epòk David ak nan epòk Jezi (Jak 1:17). Ti kantite ki rete pami frè wen Jezi yo ki toujou sou tè a kapab mete konfyans yo nan pwomès Jewova fè konsènan ‘ yon eritaj ki pa ka ni pouri, ni sal, ni fane, yon eritaj ki rezève nan syèl la pou yo, yo menm pisans Bondye prezève grasa lafwa, pou yon delivrans ki pare pou yo revele nan dènye peryòd tan an ’. (1 Pyè 1:4, 5.) “ Lòt mouton ” ki gen esperans pou yo viv sou tè a, yo menm tou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye e nan pwomès sa a li fè pa mwayen salmis la : “ O, se pou nou renmen Jewova, nou tout fidèl li yo. Moun ki fidèl yo, Jewova ap prezève yo. ” — Jan 10:16 ; Sòm 31:23.

Yo prezève espirityèlman

5, 6. a) Ki jan pèp Bondye a prezève nan tan pa nou an ? b) Ki relasyon wen yo gen avèk Jewova, e moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, ki relasyon yo gen avè l ?

5 Nan tan pa nou an, Jewova fè aranjman pou prezève pèp li a nan yon sans espirityèl. Menm lè li pa pwoteje yo kont pèsekisyon oswa kont difikilte ak trajedi ki gen nan lavi a, avèk fidelite, li ba yo èd ak ankourajman yo bezwen pou yo prezève relasyon entim yo gen avèk li. Fondman relasyon sa a se lafwa yo nan ranson Bondye bay la, yon dispozisyon ki chaje lanmou. Lespri Bondye wenn kèk nan kretyen fidèl sa yo pou yo vin dirijan adjwen Kris nan syèl la. Yo deklare yo jis antanke pitit espirityèl Bondye, e pawòl ki site apre yo aplike nan ka pa yo : “ Li delivre nou anba pouvwa fènwa a epi li transfere nou nan wayòm Pitit Gason lanmou li an, e grasa li nou jwenn liberasyon nou pa mwayen ranson an, wi, nou jwenn padon pou peche nou. ” — Kolosyen 1:13, 14.

6 Plizyè milyon lòt kretyen fidèl gen asirans yo menm tou yo kapab tire pwofi nan ranson Bondye bay la. Men sa nou li : “ Pitit Gason lòm nan vini, se pa pou yo sèvi l, men se pou li sèvi e pou l bay nanm li kòm ranson ann echanj pou anpil moun. ” ​(Mak 10:45). Kretyen sa yo ap tann moman an rive pou yo tire pwofi nan “ libète glorye pitit Bondye yo ” pral genyen an (Women 8:21). Antretan, yo cheri amitye yo genyen pèsonèlman avèk Bondye e yo fè efò sensè pou yo fòtifye relasyon sa a.

7. Pa ki mwayen Jewova prezève byennèt espirityèl pèp li a jodi a ?

7 Youn nan fason Jewova prezève byennèt espirityèl pèp li a se pa mwayen yon pwogram fòmasyon pwogresif li mete sou pye. Sa pèmèt yo vin gen yon konesans ki ofiramezi vin pi egzak sou laverite. Epitou, Jewova toujou ban nou prensip ki la pou gide nou pa mwayen Pawòl li, pa mwayen òganizasyon l lan e pa mwayen lespri sen li. Anba direksyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, sèvitè Bondye yo toupatou nan monn nan fòme yon fanmi entènasyonal. Klas esklav la veye sou bezwen espirityèl fanmi sa a e menm sou bezwen fizik yo lè sa nesesè, kèlkeswa orijin nasyonal yo oswa ran sosyal yo. — Matye 24:45.

8. Ki konfyans Jewova plase nan sèvitè li yo, e ki asirans sa ba yo ?

8 Menm jan Jewova pa t pwoteje Jezi kont atak ènmi li yo, li pa pwoteje kretyen yo nan sans sa a jodi a. Sa pa vle di Bondye dezapwouve yo. Okontrè, sa montre li gen konfyans y ap pran pozisyon pou li nan gwo kesyon inivèsèl la (Jòb 1:8-12 ; Pwovèb 27:11). Jewova pap janm abandone moun ki fidèl devan l, “ paske Jewova renmen jistis e li pap abandone fidèl li yo. L ap pwoteje yo kanmenm pou tan endefini ”. — Sòm 37:28.

Yo prezève grasa bonte ki plen lanmou e grasa fidelite

9, 10. a) Ki jan fidelite Jewova prezève pèp li ? b) Ki jan Bib la montre Jewova prezève fidèl li yo pa mwayen bonte ki plen lanmou li gen lakay li ?

9 Nan yon priyè David te fè ki rapòte nan Sòm 40, li te mande Jewova pou l prezève l grasa bonte ki plen lanmou e grasa fidelite Jewova genyen. Fidelite Jewova ak lanmou li genyen pou jistis mande pou l revele prensip li yo aklè. Moun ki viv selon prensip sa yo, yo prezève, nan yon degre konsiderab, kont detrès, kont laperèz e kont pwoblèm lòt moun ki inyore prensip sa yo ap konfwonte. Pa egzanp, si nou evite dwòg, nou evite bwè twòp alkòl, nou pa nan vakabondaj seksyèl e nou evite viv yon fason ki vyolan, nou ka pwoteje tèt nou e nou ka pwoteje moun pa nou yo tou kont anpil pwoblèm grav. E menm moun ki ekate chemen fidelite Jewova a, menm jan sa te konn rive David, yo gen asirans Bondye toujou “ yon kachèt ” pou moun ki fè sa ki mal e ki repanti. Moun sa yo kapab pouse kri sa a ak kè kontan : “ W ap prezève m anba detrès. ” ​(Sòm 32:7). Ala yon bèl fason Bondye eksprime bonte ki plen lanmou li genyen !

10 Yon lòt fason Bondye demontre bonte ki plen lanmou li genyen, sèke li avèti sèvitè l yo pou yo rete separe ak monn mechan an, yon monn li pral detwi talè konsa. Men sa nou li : “ Pa renmen monn nan ni bagay ki nan monn nan. Si yon moun renmen monn nan, lanmou Papa a pa nan li. Paske tout sa ki nan monn nan — dezi lachè, dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv — pa soti nan Papa a, men sa soti nan monn nan. ” Lè nou koute avètisman sa a epi nou aji ann amoni ak li, literalman nou ka prezève vi nou pou tout letènite, paske men sa tèks la ajoute : “ Anplis de sa, se pase monn nan ap pase, dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan. ” — 1 Jan 2:15-17.

Yo prezève grasa kapasite refleksyon, disènman ak sajès

11, 12. Esplike ki jan kapasite refleksyon, disènman ak sajès prezève nou.

11 Men sa Bondye te enspire Salomon, pitit David, pou l ekri pou moun ki espere jwenn apwobasyon Bondye : “ Kapasite refleksyon ap kontinye veye sou ou, disènman ap prezève w. ” Li bay egzòtasyon sa a tou : “ Chèche gen sajès [...]. Pa kite l, e l ap pwoteje w. Renmen l, e l ap prezève w. ” — Pwovèb 2:11 ; 4:5, 6.

12 Nou itilize kapasite refleksyon nou lè nou medite sou sa nou aprann nan Pawòl Bondye a. Lè nou fè sa, sa pèmèt nou vin gen pi plis disènman yon fason pou nou bay sa ki vrèman enpòtan yo priyorite. Sa esansyèl, etandone pifò nan nou konnen, petèt grasa eksperyans pèsonèl nou, pwoblèm ka met pye lè moun mal etabli sa ki gen priyorite pou yo, kit yo rann yo kont, kit yo pa rann yo kont. Monn Satan an mete yon seri objektif devan nou, tankou richès materyèl, prestij ak pouvwa, alòske Jewova montre nou se kesyon espirityèl yo ki gen plis enpòtans. Lè nou pa bay kesyon espirityèl yo priyorite sou sa nou te site anvan yo, sa ka lakòz fanmi kraze, amitye brize, e sa ka fè nou vin neglije objektif espirityèl yo. Sa sèlman yon moun ka jwenn kòm rezilta se reyalite tris ki nan pawòl sa a Jezi te di : “ Ki pwofi yon nonm ap jwenn pou l gen lemonnantye epi li peye l ak nanm li ? ” ​(Mak 8:36). Sajès mande pou nou obeyi konsèy Jezi bay la : “ Kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. ” — Matye 6:33.

Danje ki genyen lè yon moun egoyis

13, 14. Sa sa siyifi lè yon moun egoyis, e poukisa li pa saj pou yon moun vin egoyis ?

13 Lòm enterese nan tèt li tou natirèlman. Sepandan, lè dezi pèsonèl ak enterè pèsonèl tounen bagay ki gen plis enpòtans nan lavi yon moun, sa kreye pwoblèm. Kidonk, pou nou ka prezève amitye nou avèk Jewova, li aprann nou sa pou nou fè pou nou evite vin egoyis. Yon moun ki egoyis se yon moun “ ki enterese nan tèt li sèlman, ki wè bezwen pa l ak enterè pa l sèlman ”. Èske sa pa dekri egzakteman jan anpil moun ye jodi a ? Labib te gentan di sa klèman, “ nan dènye jou ” sistèm mechan Satan an, “ lèzòm ap renmen pwòp tèt yo ”, sa vle di y ap egoyis. — 2 Timote 3:1, 2.

14 Kretyen yo konprann sajès ki genyen nan obsève kòmandman Bib la ki mande pou yon moun enterese nan lòt moun, pou l renmen yo menm jan li renmen tèt li (Lik 10:27 ; Filipyen 2:4). Gen moun ki ka twouve sa pa nòmal, epoutan sa esansyèl si nou ta renmen pou maryaj nou reyisi, pou gen bonè nan fanmi nou e pou nou jwi amitye ki agreyab. Kidonk, yon vrè sèvitè Jewova pa dwe janm kite enterè natirèl li gen nan pwòp tèt li domine vi l pou l mete enterè ki enpòtan yo akote. Sa ki pi enpòtan, se enterè Jewova, Dye l ap adore a.

15, 16. a) Ki kote yon atitid egoyis ka mennen, e egzanp kiyès nou ka pran ? b) An reyalite, ki sa yon moun fè lè l kouri jije pwochen l ?

15 Yon atitid egoyis ka fè yon moun vin jis nan je pa l, sa ki kapab fè moun sa a vin gen lespri fèmen, vin sekwa. Sa Bib la di a byen tonbe : “ Ou san eskiz, o òm, kèlkeswa moun ou ye a, si ou jije, paske sou sa w ap jije lòt la, ou kondane tèt ou, piske ou menm k ap jije a, w ap pratike menm bagay yo. ” ​(Women 2:1 ; 14:4, 10). Chèf relijye nan epòk Jezi a te vin tèlman satisfè ak pwòp jistis pa yo, yo te santi yo an dwa pou yo kondane Jezi ak disip li yo. Sa yo te fè a te fè yo plase tèt yo kòm jij. Kòm yo pa t ka wè mankman pa yo, finalman yo te rale kondanasyon sou tèt yo.

16 Jida, disip ki te trayi Jezi a, te antre nan jije pwochen l. Nan Betani, lè Mari, sè Laza, te pase yon luil santi bon sou Jezi, Jida te opoze avèk fòs. Men sa l te di pou l eksprime endiyasyon l : “ Poukisa yo pa t vann luil santi bon sa a pou twa san denye epi yo ta bay pòv li ? ” Men, istwa a ajoute : “ Li di sa, se pa paske li te gen sousi pou pòv yo, men paske li te yon vòlè, se li ki te gen kès la e li te konn pran lajan yo mete ladan l. ” ​(Jan 12:1-6). Pinga nou janm vin tankou Jida oswa tankou chèf relijye ki te konn kouri jije lòt moun, sa ki te vin tounen kondanasyon pou yo.

17. Bay yon egzanp pou montre danje ki genyen lè yon moun vante tèt li oswa lè yon moun twò kwè nan tèt li.

17 Malerezman, kèk kretyen nan premye syèk la, byenke yo pa t vòlè menm jan ak Jida, te konn tonbe nan ògèy, yo te konn vante tèt yo. Konsènan kretyen sa yo, Jak te ekri : “ Nou jwenn yon fyète nan vante tèt nou avèk awogans. ” Apre sa li te ajoute : “ Mòd fyète sa yo se move bagay. ” ​(Jak 4:16). Si nou vante tèt nou konsènan sa nou reyalize oswa konsènan privilèj nou genyen nan sèvis Jewova, nou deja echwe (Pwovèb 14:16). Nou sonje sa ki te rive apot Pyè, nan yon moman kote li te montre li twò kwè nan tèt li. Pou l vante tèt li, li te di : “ Menmsi tout lòt yo trebiche konsènan ou menm, mwen menm, mwen pap janm trebiche. [...] Menmsi mwen dwe mouri avè w, mwen pa gendwa renye w. ” An reyalite, nou pa gen okenn rezon pou nou vante tèt nou. Tout sa nou genyen se sèlman grasa bonte ki plen lanmou Jewova gen lakay li. Lè nou sonje sa, sa ap anpeche nou vante tèt nou. — Matye 26:33-35, 69-75.

18. Ki jan Jewova konsidere ògèy ?

18 Men sa ki ekri : “ Anvan yon moun efondre, li gen ògèy, e anvan yon moun fè yon fo pa, li gen yon etadespri ògeye. ” Pou ki rezon ? Men repons Jewova bay : “ Awogans ak ògèy [...] mwen rayi yo. ” ​(Pwovèb 8:13 ; 16:18). Se pa etonan si Jewova te fache anpil akoz ‘ ensolans wa Asiri a te gen nan kè l e pou prezonpsyon je awogan l yo genyen ’. (Izayi 10:12.) Jewova te mande l regleman. Talè konsa, monn Satan an ann antye, ansanm ak dirijan ògeye ki kwè anpil nan tèt yo, swa vizib, swa envizib, yo menm tou yo pral mande yo regleman. Nou pa dwe janm imite advèsè tèti Jewova yo !

19. Nan ki sans moun k ap sèvi Bondye yo fyè epoutan yo enb ?

19 Vrè kretyen yo gen anpil rezon pou yo fyè, piske yo se sèvitè Jewova (Jeremi 9:24). Anmenmtan, yo gen anpil rezon pou yo rete enb. Poukisa ? Paske “ tout moun peche e yo pa atenn glwa Bondye ”. (Women 3:23.) Donk, pou nou prezève pozisyon nou antanke sèvitè Jewova, nou dwe gen menm atitid ak apot Pòl, ki te di : “ Kris Jezi te vin nan monn nan pou l sove pechè. ” Apre sa li ajoute : “ Pami moun sa yo, se mwen menm ki premye. ” — 1 Timote 1:15.

20. Ki jan Jewova prezève sèvitè l yo jodi a, e ki jan l ap prezève yo alavni ?

20 Etandone sèvitè Jewova yo byen kontan mete enterè Bondye anvan enterè pa yo, nou kapab gen asirans Jewova ap kontinye prezève yo espirityèlman. Nou kapab gen asirans tou, pandan gwo tribilasyon an, Jewova ap prezève sèvitè l yo nonsèlman espirityèlman, men l ap prezève yo fizikman tou. Lè y ap antre nan monn nouvo Bondye a, y ap kapab di awotvwa : “ Gade ! Men Bondye nou an. Nou met espwa nan li, epi li pral sove nou. Men Jewova. Nou met espwa nan li. Annou kontan epi annou rejwi nan delivrans li bay la. ” — Izayi 25:9.

Èske nou sonje ?

• Ki fason wa David ak Jezi Kris te prezève ?

• Ki fason Jewova prezève sèvitè l yo jodi a ?

• Poukisa nou ta dwe evite ensiste twòp sou sa ki nan enterè nou ?

• Poukisa nou kapab fyè epoutan nou rete enb ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Ki jan Jewova te prezève David ak Jezi ?

[Foto nan paj 19]

Nan ki sans Bondye prezève sèvitè l yo espirityèlman jodi a ?

[Foto nan paj 20]

Byenke nou fyè pou nou sèvi Jewova, nou dwe toujou rete enb.