Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘ Metrize w devan sa ki mal ’

‘ Metrize w devan sa ki mal ’

‘ Metrize w devan sa ki mal ’

“ Yon esklav Seyè a pa fèt pou l nan goumen, men se pou l montre li dou ak tout moun, [...] li metrize l devan sa ki mal. ” — 2 TIMOTE 2:24.

1. Sa k fè pafwa nou rankontre ak moun ki pale di avèk nou lè nou nan ministè nou ?

KI JAN ou reyaji lè yon moun ki pa dispoze koute w oswa ki pa renmen sa w reprezante a opoze ak ou ? Lè apot Pòl t ap dekri dènye jou yo, li te predi moun yo t ava “ blasfematè, [...] medizan, san metriz, fewòs ”. (2 Timote 3:1-5, 12.) Nou kapab rankontre ak jan de moun konsa ni nan ministè nou, ni nan lòt aktivite.

2. Ki vèsè ki kapab ede nou aji avèk sajès devan yon moun ki pale di avèk nou ?

2 Se pa paske yon moun pale di avèk moun ki fè li pa enterese nan sa ki jis pou sa. Dèfwa se paske yon moun gen gwo pwoblèm oubyen se desepsyon li pran nan lavi a ki fè l ap rape tout moun ki bò kote l (Eklezyas 7:7). Anpil moun aji konsa paske y ap viv oswa y ap travay nan yon anviwònman kote li kouran pou moun pale di ak moun. Sa pa vle di, antanke kretyen, nou twouve sa akseptab, men sa ede nou konprann sa k fè moun yo pale konsa. Sepandan, lè yon moun pale di avèk nou, ki jan pou nou reyaji ? Pwovèb 19:11 di : “ Asireman, klèvwayans yon nonm retade kòlè l. ” Epi Women 12:17, 18 ban nou konsèy sa a : “ Pa rann pèsonn mal pou mal. [...] Si posib, toutotan sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun. ”

3. Ki sa k fè mesaj n ap preche a mande pou nou pasifik ?

3 Si nou se moun ki vrèman pasifik, atitid nou ap demontre sa. Sa ap parèt nan sa n ap di, nan sa n ap fè, e menm ekspresyon vizaj nou ak ton vwa nou ka montre sa (Pwovèb 17:27). Lè Jezi t ap voye disip li yo preche, men konsèy li te ba yo : “ Lè n ap antre nan yon kay, salye moun ki nan kay la. [Swete lapè pou kay la, The New English Bible.] E si kay la diy, se pou lapè nou swete l la vin sou li ; men si li pa diy, se pou lapè nou an retounen jwenn nou. ” ​(Matye 10:12, 13). Mesaj nou pote a se yon bon nouvèl. Bib la rele l “ bon nouvèl lapè ”, “ bon nouvèl bonte Bondye moun pa merite a ”, ‘ bon nouvèl konsènan wayòm nan ’. (Efezyen 6:15 ; Travay 20:24 ; Matye 24:14.) Objektif nou se pa pou n kritike kwayans lòt moun ni pou n ap diskite avèk yo sou pwennvi yo, men se pito pou nou pataje bon nouvèl ki soti nan Pawòl Bondye a avèk yo.

4. Ki sa w ka di lè yon moun di w sa pa enterese l anvan menm ou gen okazyon di l poukisa ou pase lakay li ?

4 Yon moun n al preche lakay li gendwa pa menm gentan tande sa n ap di a epi li pran nou agrap, li di nou : “ Sa pa enterese m. ” Lè sa posib, nou ka di moun nan : “ Se jis yon tèks tou kout mwen te vle li nan Bib la avè w ”. Li gendwa pa gen pwoblèm ak sa. Gendelè tou, li ka pi apwopriye pou nou di : “ Mwen te vle pale avè w konsènan yon epòk kote pap gen enjistis, kote tout moun pral aprann renmen youn lòt. ” Si menm kote a moun nan pa mande pou w ta ba l plis esplikasyon, ou kapab jis di : “ Mwen rann mwen kont moman an pa bon pou ou. ” Menmsi moun n al preche a ta reponn nou lèd, èske nou ta dwe panse li “ pa diy ” pou sa ? Kèlkeswa reyaksyon nou rankontre, sonje Bib la konseye nou pou nou ‘ dou ak tout moun, [...] pou nou metrize nou devan sa ki mal ’. — 2 Timote 2:24.

Li te ensolan, men li te nan erè

5, 6. Ki jan Sol te aji ak disip Jezi yo, e sa k te fè l aji konsa ?

5 Nan premye syèk la, gen yon nonm yo te rele Sol tout moun te konnen kòm yon moun ki derespekte moun jan l vle ak bouch li, yo te menm konnen l kòm yon moun ki vyolan nan aksyon l. Labib di misye te “ respire menas ak asasinay kont disip Seyè a ”. (Travay 9:1, 2.) Annapre, li te admèt li “ te yon blasfematè, yon pèsekitè, yon moun ki ensolan ”. (1 Timote 1:13.) Byenke misye te gen kèk fanmi l ki sanble te deja vin kretyen, gade ki jan l pale de atitid li anvè disip Kris yo : “ Piske mwen te fache kont yo anpil, mwen te menm rive pèsekite yo ata nan vil andeyò yo. ” ​(Travay 23:16 ; 26:11 ; Women 16:7, 11). Pa gen okenn prèv ki montre disip yo te eseye fè gwo deba an piblik avèk Sol pandan li te konn aji konsa.

6 Men, poukisa Sol te konn aji konsa ? Men sa li te vin ekri kèk ane apre : “ Mwen te yon inyoran e mwen t ap aji paske mwen te manke lafwa. ” ​(1 Timote 1:13). Sol se yon Farizyen ki te resevwa yon edikasyon ‘ ki konfòm ak jan Lalwa zansèt li yo estrik ’. (Travay 22:3.) Byenke Gamalyèl, ki te pwofesè Sol, se yon nonm ki te gen lespri ouvè, Sol te vin asosye l ak Kayif, gran prèt la, yon nonm ki te fanatik. Se Kayif ki te alatèt konplo ki t al abouti nan egzekisyon Jezi Kris la (Matye 26:3, 4, 63-66 ; Travay 5:34-39). Apre sa, Kayif te veye aske yo filange apot Jezi yo ak kout fwèt, e li te òdone yo avèk fèmte pou yo sispann preche nan non Jezi. Se Kayif ki te prezide Sanedren an pandan jijman ki te trè chofe kote yo te pran Etyèn y al lapide l la (Travay 5:27, 28, 40 ; 7:1-60). Sol te la lè yo t ap lapide Etyèn. Apre sa, Kayif te bay Sol otorizasyon pou l kontinye nan efò l ap fè pou l fini ak disip Jezi yo, li te otorize l al arete yo Damas (Travay 8:1 ; 9:1, 2). Akoz enfliyans sa a Sol te sibi, li te panse fason li t ap aji yo se te prèv li te zele pou Bondye, men, an reyalite, li pa t gen vrè lafwa a (Travay 22:3-5). Sa te vin fè Sol pa t rive reyalize se Jezi ki te vrè Mesi a. Men, Sol te vin jwenn bonsans li lè Jezi, ki te deja resisite, te pale ak li nan yon mirak sou wout Damas. — Travay 9:3-6.

7. Ki jan Sol te vin ye apre rankont li ak Jezi sou wout Damas la ?

7 Yon tikras tan apre sa, yo te delege yon disip ki rele Ananyas pou l al bay Sol temwayaj. Èske w t ap anvi al fè yon vizit konsa ? Okòmansman, Ananyas te kraponnen, men li te pale ak Sol avèk jantiyès. Sol te chanje atitid depi lè Jezi, nan yon mirak, te fè rankont ak li sou wout Damas la (Travay 9:10-22). Yo te vin konnen l kòm apot Pòl, yon misyonè kretyen ki te zele.

Jezi te gen karaktè dou, men li te gen kouraj

8. Kòman Jezi te demontre li gen menm etadespri ak Papa l nan fason li trete moun ki te fè sa k mal ?

8 Jezi se yon pwoklamatè Wayòm nan ki te zele, yon pwoklamatè ki te gen karaktè dou, men ki te gen kouraj nan relasyon l avèk moun (Matye 11:29). Li reflete menm etadespri ak Papa l ki nan syèl la, ki egzòte mechan yo pou yo kite mechanste yo (Izayi 55:6, 7). Nan rapò Jezi te gen avèk moun ki pechè, li te konn note lè yo bay siy yo vle chanje, e li te konn ankouraje yo (Lik 7:37-50 ; 19:2-10). Olye pou l jije moun yo sou aparans, li te pito demontre bonte, pasyans ak longanimite, menm jan ak Papa l, nan objektif pou l ede yo repanti (Women 2:4). Se volonte Jewova pou tout kalite moun repanti e pou yo sove. — 1 Timote 2:3, 4.

9. Ki sa nou ka aprann nan fason Jezi akonpli pawòl ki nan Izayi 42:1-4 la ?

9 Nan yon deklarasyon pwofetik Matye te site nan levanjil li a, li te bay pwennvi Jewova sou Jezi Kris. Men sa deklarasyon an di : “ Gade ! Sèvitè m nan, li menm mwen chwazi a, byenneme m nan, li menm nanm mwen pran plezi nan li a ! M ap mete lespri m sou li, e l ap fè nasyon yo konprann ki sa jistis ye. Li pap nan fè gwo diskisyon, ni nan rele fò, ni pèsonn pap tande vwa l nan gwo wout yo. Li pap kraze wozo ki abime a, e mèch an len k ap fè lafimen an, li pap etenn li, jiskaske li fè jistis soti avèk siksè. Wi, nasyon yo ap mete espwa yo nan non l. ” ​(Matye 12:17-21 ; Izayi 42:1-4). Jezi te rete konsekan ak pawòl pwofetik sa yo vre, li pa t konn mele nan diskisyon ki gen pale fò. Menm lè li t ap sibi presyon, li te toujou di laverite yon fason ki atire moun ki sensè yo. — Jan 7:32, 40, 45, 46.

10, 11. a) Byenke Farizyen yo te pami opozan ki te plis nan pale anpil avèk Jezi, poukisa li te bay kèk nan yo temwayaj kanmenm ? b) Ki jan de repons Jezi te konn bay advèsè l yo, e ki sa li te konn evite fè ?

10 Jezi te pale ak plizyè Farizyen pandan ministè li. Byenke kèk ladan yo te konn chèche pyeje Jezi nan pawòl li, li pa t konkli poutèt sa yo tout te gen move mobil. Simon, pa egzanp, se yon Farizyen ki te gen abitid kritike moun, epoutan aparamman li te vle konnen plis bagay sou Jezi. Se pou sa li te envite Jezi pran yon repa avè l. Jezi te aksepte envitasyon an e li te bay moun ki te la yo yon temwayaj (Lik 7:36-50). Nan yon lòt okazyon, gen yon Farizyen ki rele Nikodèm, yon Farizyen ki te gen gwo enfliyans, ki te chwazi vin wè Jezi aswè. Jezi pa t repwoche l poutèt li te tann li fènwa pou l vini. Okontrè, li te bay Nikodèm temwayaj konsènan lanmou Bondye demontre lefètke li voye Pitit li a pou l ka ouvri chemen pou moun ki egzèse lafwa yo ka sove. Avèk bonte, Jezi te montre l enpòtans pou yon moun obeyi dispozisyon Bondye pran (Jan 3:1-21). Annapre, Nikodèm te pran pou Jezi lè te gen lòt Farizyen ki t ap eseye defòme yon bèl pawòl yo te di sou Jezi. — Jan 7:46-51.

11 Se pa wè Jezi pa t wè ipokrizi moun ki t ap eseye pran l nan pyèj yo. Men, li pa t kite opozan yo fè l tonbe nan diskisyon initil. Sepandan, lè sa te apwopriye, li te swa itilize yon prensip oubyen li te pran yon egzanp oubyen tou li te site yon vèsè, pou l ba yo repons ki kout men ki pisan (Matye 12:38-42 ; 15:1-9 ; 16:1-4). Nan lòt okazyon, lè Jezi wè reponn yo pap itil anyen, li te tou senpleman pa reponn. — Mak 15:2-5 ; Lik 22:67-70.

12. Kòman Jezi te rive ede kèk moun, menm lè yo te konn rele sou li ?

12 Pafwa, moun ki anba pouvwa movèzespri te konn rele sou Jezi. Lè sa rive, Jezi te konn metrize l, e li te konn menm sèvi ak pouvwa Bondye ba li pou l soulaje moun sa yo (Mak 1:23-28 ; 5:2-8, 15). Si lè nou nan ministè a, gen kèk moun ki move sou nou oswa ki rele sou nou, nou dwe metrize nou menm jan an tou, e nou dwe fè efò pou nou aji avèk bonte e avèk tak. — Kolosyen 4:6.

Nan fanmi nou

13. Ki sa k fè pafwa moun yo opoze ak yon manm fanmi yo ki kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova ?

13 Si gen yon kote disip Jezi yo dwe demontre yo gen metriz se anndan fanmi yo. Si verite ki nan Bib la touche yon moun nan fon kè l, moun sa a ap atann menm bagay pou fanmi l tou. Men, tankou jan Jezi te di sa a, moun nan fanmi w kapab opoze (Matye 10:32-37 ; Jan 15:20, 21). Gen divès rezon ki fè sa. Pa egzanp, se vre ansèyman ki nan Bib la kapab ede nou pou nou vin onèt, pou nou vin gen sans responsablite e pou nou gen respè pou lòt moun, men Ekriti yo montre nou tou, nan tout sitiyasyon, premye devwa nou se anvè Kreyatè nou an nou genyen l (Eklezyas 12:1, 13 ; Travay 5:29). Yon moun nan fanmi nou gendwa santi l vekse si l santi enfliyans li nan fanmi an yon ti jan diminye akoz fidelite nou devan Jewova. Lè nou nan yon sitiyasyon konsa, se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou metrize nou menm jan ak Jezi ! — 1 Pyè 2:21-23 ; 3:1, 2.

14-16. Ki sa k fè anpil moun ki te opoze ak fanmi yo lontan vin chanje ?

14 Anpil moun k ap sèvi Jewova jodi a te jwenn opozisyon nan men konjwen yo oswa yon lòt moun nan fanmi yo paske, lè yo te kòmanse etidye Labib, yo t ap fè chanjman nan lavi yo. Petèt, moun sa yo ki te opoze yo te konn tande move pawòl sou Temwen Jewova yo, e petèt yo te krenn pou moun lakay yo pa t sibi move enfliyans. Ki sa k fè yo vin chanje atitid ? Nan anpil ka, bon egzanp moun k ap etidye a bay jwe yon gwo wòl. Opozisyon kwayan an jwenn nan fanmi l kapab byen diminye piske li aplike konsèy li jwenn nan Bib la avèk detèminasyon : li asiste reyinyon yo regilyèman, li toujou patisipe nan predikasyon toutpandan l ap akonpli responsablite li gen nan fanmi l e li metrize l menm lè yo di l nenpòt vye pawòl. — 1 Pyè 2:12.

15 Epitou, yon moun ki opoze gendwa pa vle koute pyès esplikasyon ki soti nan Bib la. Petèt se prejije oswa ògèy ki fè sa. Se sa k te rive nan ka yon mesye k ap viv Ozetazini ki di li se yon moun ki patriyòt. Yon jou, pandan madanm li al nan yon kongrè, misye pran tout rad li li kite kay la. Gen yon lòt lè menm, li sot deyò ak yon revòlvè nan men l li di l ap touye tèt li. Nenpòt sa l fè ki pa bon, se sou do relijyon madanm li li lage l. Men, dam nan fè efò pou l kontinye aplike konsèy li jwenn nan Bib la. Ventan apre l te vin Temwen Jewova, misye tou te vin Temwen. Ann Albani, gen yon dam ki move poutèt yon pitit fi l ap etidye Labib ak Temwen Jewova epi apre tifi a vin batize. Chak fwa pitit la gen yon bib, manman an detwi l, li fè sa 12 fwa. Epi yon jou, pandan tifi a kite yon lòt bib li te vin genyen sou yon tab, manman an pran l li ouvri l. Epi pa aza, li tonbe sou Matye 10:36, e manman an vin rann li kont vèsè a aplike sou li. Etandone manman an sousye l pou byennèt pitit fi l, li kanmenm akonpaye l nan yon bato ki t ap mennen tifi a ak lòt Temwen ankò nan yon kongrè ann Itali. Lè manman an wè lanmou ki gen nan mitan moun yo, bèl akolad, jan moun yo ap souri, jan y ap lage gwo ekla ri, santiman l vin kòmanse chanje. Yon ti tan apre sa, li te aksepte etidye Labib. E kounye a, l ap fè efò pou l ede moun okòmansman ki opoze.

16 Ann site egzanp yon mari ki gen yon kouto nan men l epi k ap joure madanm li, fè l yon bann repwòch, pandan madanm nan sou wout li pral nan Sal Wayòm. Jantiman, madanm nan di l : “ Antre nan Sal la, vin wè ou menm. ” Vrèmanvre misye antre, e avèk letan, li vin kretyen epi apre li vin ansyen.

17. Si gen tansyon anndan yon fanmi kretyen, ki konsèy Bib la bay ki kapab ede moun yo ?

17 Menm lè tout moun lakay ou se kretyen, gendelè ka gen tansyon anndan fanmi an, e youn ka pale di ak lòt. Se enpèfeksyon ki fè sa. Sepandan, li bon pou nou note konsèy yo te bay kretyen lontan ki t ap viv Efèz yo : “ Se pou nou retire tout rankin malveyan lakay nou. Se pou nou kite fè kòlè, kite fè move san. Sispann rele sou moun, sispann joure, e se pou n retire tout mechanste lakay nou. ” ​(Efezyen 4:31). Aparamman, anviwònman kretyen Efèz yo t ap viv la, plis pwòp enpèfeksyon yo, met sou ansyen fason kèk ladan yo t ap viv, tout sa te enfliyanse yo. Ki sa ki te ka ede yo chanje ? Yo te bezwen ‘ renouvle tèt yo nan fòs ki t ap anime lespri yo a ’. (Efezyen 4:23.) Pou fwi lespri Bondye a ta vin pi evidan nan vi yo, yo ta dwe etidye Pawòl Bondye a, yo ta dwe medite sou fason li ta dwe enfliyanse lavi yo, yo ta dwe frekante kretyen parèy yo e yo ta dwe priye ak senserite. Yo ta dwe aprann ‘ aji byen youn ak lòt, pou yo gen konpasyon, pou yo padone youn lòt san fòse menm jan Bondye padone yo san fòse grasa Kris ’. (Efezyen 4:32.) Kèlkeswa sa lòt moun ap fè, nou menm nou dwe egzèse metriz, nou dwe aji byen ak lòt moun, nou dwe gen konpasyon e nou dwe padone. Anfèt, nou pa dwe “ rann pèsonn mal pou mal ”. (Women 12:17, 18.) Li toujou pi bon pou nou manifeste vrè lanmou an, menm jan ak Bondye. — 1 Jan 4:8.

Se yon enstriksyon ki pou tout kretyen

18. Poukisa enstriksyon nou jwenn nan 2 Timote 2:24 la te apwopriye pou yon ansyen ki t ap viv Efèz nan tan lontan, e ki jan konsèy sa a ka itil tout kretyen ?

18 Enstriksyon nou jwenn pou nou ‘ metrize nou devan sa ki mal ’ la se yon enstriksyon ki valab pou tout kretyen (2 Timote 2:24). Men, se Timote yo te bay li an premye, paske li te bezwen sa lè li t ap sèvi antanke ansyen nan kongregasyon Efèz. Kèk moun nan kongregasyon nan vil sa a te toujou eksprime pwennvi yo avèk fòs e yo t ap anseye fo doktrin. Etandone yo pa t byen disène objektif Lalwa Moyiz la, yo pa t wè enpòtans lafwa, lanmou ak yon bon konsyans genyen. Ògèy te lakòz divizyon nan mitan yo, piske yo t ap plede fè diskisyon sou mo, san yo pa t konprann pwen esansyèl ki nan ansèyman Kris la ak enpòtans pou yo gen atachman pou Bondye. Pou Timote te ka rive fè fas ak sitiyasyon sa a, li ta dwe rete atache ak verite ki nan Ekriti yo, e li ta dwe janti avèk frè l yo. Li te konnen, e ansyen yo jodi a konn sa tou, twoupo a pa pou li, e anplis li te konnen li dwe trete lòt moun yon fason k ap favorize lanmou ak inite nan mitan kretyen yo. — Efezyen 4:1-3 ; 1 Timote 1:3-11 ; 5:1, 2 ; 6:3-5.

19. Poukisa li enpòtan pou nou tout “ chèche imilite ” ?

19 Bondye egzòte sèvitè l yo pou yo “ chèche imilite ”. (Sefànya 2:3.) Mo ebre lè l tradui ki bay “ imilite ” a endike yon dispozisyon yon moun genyen pou l andire avèk pasyans sa lòt moun ap fè l sibi, san l pa fache, san l pa chèche vanje. Annou mande Jewova sensèman pou l ede nou dekwa pou nou demontre metriz e pou nou reprezante l yon fason ki kòrèk, menm lè nou nan sikonstans ki difisil.

Ki sa nou sot aprann ?

• Ki vèsè ki kapab ede w lè yon moun ap pale avè w avèk ensolans ?

• Sa k te fè Sol te konn aji avèk ensolans ?

• Ki egzanp Jezi kite ki kapab ede nou aji yon fason ki kòrèk ak tout kalite moun ?

• Ki byenfè nou ka jwenn lè nou egzèse metriz nan fason n ap pale ak moun lakay nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12]

Malgre repitasyon Sol te genyen, Ananyas te trete l avèk bonte.

[Foto nan paj 15]

Lè yon kretyen akonpli responsablite l fidèlman, sa ka diminye opozisyon li jwenn nan fanmi l.

[Foto nan paj 16]

Kretyen yo favorize lanmou ak inite.