Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou sove, non pa grasa travay nou sèlman, men grasa bonte moun pa merite a

Nou sove, non pa grasa travay nou sèlman, men grasa bonte moun pa merite a

Nou sove, non pa grasa travay nou sèlman, men grasa bonte moun pa merite a

“ Nou sove pa mwayen lafwa [...] sa pa sot nan travay nou, yon fason pou pèsonn pa gen dekwa pou l vante tèt li. ” — EFEZYEN 2:8, 9.

1. Ki jan kretyen yo montre yo pa menm ak lòt moun an jeneral anrapò ak sa yo reyalize, e poukisa ?

MOUN alèkile santi yo fyè pou sa yo reyalize, e souvan yo fasil vante tèt yo pou sa. Men, kretyen yo pa konsa yo menm. Yo evite plede pale konsènan sa yo reyalize, menm konsènan sa ki gen rapò ak vrè adorasyon an. Byenke yo rejwi pou sa pèp Bondye a akonpli antanke gwoup, yo pa atire atansyon sou pwòp reyalizasyon pa yo nan travay sa a. Yo rann yo kont, nan sèvis Jewova, lè yon moun gen bon mobil sa gen plis enpòtans pase sa l reyalize. Kèlkeswa moun ki ta resevwa lavi etènèl kòm kado, se pa sa li reyalize k ap pèmèt li genyen l, men se grasa lafwa e grasa bonte Bondye moun pa merite a l ap resevwa l. — Lik 17:10 ; Jan 3:16.

2, 3. Pou ki bagay Pòl te vante tèt li, e poukisa ?

2 Apot Pòl te byen konprann pwen sa a. Apre li te fin priye twa fwa pou l jwenn soulajman pou “ yon pikan nan chè ” li te genyen, li te resevwa repons sa a nan men Jewova : “ Bonte m moun pa merite a sifi pou ou, paske pisans mwen kòmanse vin pafè nan feblès. ” Avèk imilite, Pòl te aksepte desizyon Jewova. Men sa li di : “ Kidonk, m ap byen kontan vante tèt mwen pito anrapò ak feblès mwen, poutèt pou pisans Kris la ka rete sou mwen tankou yon tant. ” Atitid enb Pòl te genyen an se yon atitid nou ta dwe imite. — 2 Korentyen 12:7-9.

3 Menm lè Pòl, antanke kretyen, te bay tout li menm nan ministè l, li te rekonèt sa li te akonpli yo pa t depann de kapasite pèsonèl li. Avèk modesti, li te di : “ Se mwen menm, yon nonm ki pi piti pase pi piti nan tout sen yo, yo bay bonte sa a moun pa merite a, pou m ka anonse nasyon yo bon nouvèl konsènan richès Kris moun pap janm fin konprann nan. ” ​(Efezyen 3:8). Nan pawòl sa yo, nou pa wè li se yon moun k ap vante tèt li, ni li pa yon moun ki awogan, k ap pran pòz li pa kamarad pèsonn. “ Bondye opoze ak ògeye yo, men moun ki enb yo, li ba yo bonte moun pa merite a. ” ​(Jak 4:6 ; 1 Pyè 5:5). Èske, menm jan ak Pòl, avèk imilite nou konsidere tèt nou pi piti pase pi piti nan frè nou yo ?

Ann “ konsidere lòt moun siperyè nou ”

4. Poukisa pafwa nou ka twouve li difisil pou nou konsidere lòt moun siperyè nou ?

4 Apot Pòl te bay kretyen yo konsèy sa a : “ Pa fè anyen nan diskisyon ni paske nou vle toujou devan, men avèk imilite, annou konsidere lòt moun yo siperyè nou. ” ​(Filipyen 2:3). Sa ka difisil, sitou si nou nan yon pozisyon kote se nou ki responsab. Sa ki ka bay pwoblèm, se si espri konpetisyon ki gaye nan monn nan jodi a gentan enfliyanse nou nan yon sèten degre. Se posib, lè nou te timoun, yo te aprann nou fè konpetisyon ansanm ak frè ak sè nou oswa ak kondisip lekòl nou. Petèt, se toutan yo te konn ap ankouraje nou pou nou chèche jwenn onè lè nou vin atlèt ki an vedèt nan lekòl nou oswa pou nou eseye vin meyè elèv nan lekòl la. Natirèlman, lè nou fè tout sa nou kapab nan tout sa nou gen pou nou fè, se yon bon bagay. Sepandan, kretyen yo aji konsa, non pa pou yo atire twòp atansyon sou tèt yo, men pou aktivite y ap fè a ka pwofitab totalman pou yo e petèt pou l ka pwofitab pou lòt moun tou. Men, lè yon moun dèyè pou yo toujou fè lwanj pou li kòm moun ki pi bon, sa ka reprezante yon danje. Nan ki sans ?

5. Si yon moun pa fè atansyon, ki kote lespri konpetisyon ka mennen l ?

5 Si yon moun pa fè atansyon, lespri konpetisyon oswa tandans li genyen pou l panse li plis pase pèsonn ka fè l vin manke respè pou lòt moun e sa ka fè l vin awogan. Li ka vin jalou pou talan ak privilèj lòt moun genyen. Pwovèb 28:22 di : “ Yon nonm ki gen je anbisye kouri prese prese dèyè bagay ki gen valè, men li pa konnen se endijans k ap vin sou li. ” Avèk prezonpsyon, li ka menm ap chèche rive nan pozisyon ki pa pou li. E pou li jistifye konpòtman l, li ka kòmanse plenyen e li ka tonbe kritike lòt moun, yon seri tandans kretyen yo dwe rejte (Jak 3:14-16). Vle pa vle, se yon moun k ap kouri risk pou l devlope tandans pou se tèt li li wè anvan nan tout bagay.

6. Ki mizangad Bib la ban nou konsènan espri konpetisyon ?

6 Se poutèt sa, Bib la bay kretyen yo egzòtasyon sa a : “ Pinga nou panse nou plis pase lòt moun, pou n ap antre an konpetisyon youn ak lòt, pou youn ap fè jalouzi kont lòt. ” ​(Galat 5:26). Apot Jan te pale de yon kretyen, li klè, ki te gen etadespri sa a. Men sa Jan di : “ Mwen ekri kongregasyon an yon bagay, men Dyotrefès, ki renmen gen premye plas pami yo, pa resevwa anyen ki sot bò kote nou avèk respè. Se poutèt sa, si mwen vini, m ap raple aksyon li kontinye fè yo, kòman l ap mache di move pawòl sou nou. ” Ala yon move sitiyasyon pou yon kretyen tonbe ! — 3 Jan 9, 10.

7. Ki sa kretyen yo dwe evite nan travay yo kote jodi a se konpetisyon k ap domine ?

7 Natirèlman, li pa nòmal pou nou ta panse yon kretyen kapab evite tout kalite konpetisyon konplètman. Pa egzanp, travay pwofàn li ka mande pou l fè konkirans ak lòt moun oubyen ak lòt konpayi k ap fabrike menm pwodui ak li oubyen k ap ofri menm sèvis ak li. Sepandan, menm nan yon sitiyasyon konsa, yon kretyen ap veye pou li fè biznis li nan yon espri ki montre respè, lanmou ak konsiderasyon. Li dwe rejte pratik ilegal oubyen pratik ki pa kòrèk pou yon kretyen e li dwe evite gen repitasyon yon moun ki renmen fè konpetisyon, yon moun ki gen yon atitid chen manje chen. Li pap met nan tèt li bagay ki pi enpòtan nan lavi a se vin premye nan kèlkeswa domèn nan. Si sa valab pou aktivite pwofàn, sa pi valab toujou nan sèvis n ap bay Bondye.

“ Non pa an konparezon ak yon lòt moun ”

8, 9. a) Poukisa ansyen yo pa gen okenn rezon pou youn ap fè konpetisyon ak lòt ? b) Poukisa 1 Pyè 4:10 aplikab pou tout sèvitè Bondye ?

8 Etadespri kretyen yo ta dwe genyen anrapò ak adorasyon yo, se sa yo dekri nan pawòl enspire sa yo : “ Se pou chak moun teste sa travay li vo, e lè sa a l ap ka rejwi l parapò ak li menm poukont li e non pa an konparezon ak yon lòt moun. ” ​(Galat 6:4). Ansyen yo nan kongregasyon an konnen yo pa nan konpetisyon youn ak lòt, se sa k fè y ap kowopere ansanm, y ap travay kòtakòt antanke yon sèl kò. Yo kontan pou èd chak moun pote pou byennèt kongregasyon an an jeneral. Konsa, yo evite konpetisyon ki ka lage konfizyon nan mitan yo e yo bay rès kongregasyon an yon bèl egzanp nan domèn inite.

9 Laj, eksperyans, oubyen kapasite natirèl kèk ansyen genyen ka fè yo pi efikas pase kèk lòt, oswa yo ka gen plis klèvwayans. Se poutèt sa tout ansyen yo pa gen menm responsablite nan òganizasyon Jewova a. Olye pou yo fè konparezon, yo toujou sonje konsèy sa a ki di : “ Selon sa chak moun resevwa kòm don, itilize li pou youn sèvi lòt, tankou bon entandan bonte Bondye moun pa merite a, yon bonte ki manifeste divès fason. ” ​(1 Pyè 4:10). An reyalite, tèks sa a aplikab pou tout sèvitè Jewova, piske nan yon sèten degre, se yo tout ki resevwa konesans egzak la kòm kado e se yo tout ki gen privilèj pou yo patisipe nan ministè a antanke kretyen.

10. A ki kondisyon sèlman Jewova ap aksepte sèvis sakre n ap ba li a ?

10 Sèvis sakre n ap bay Jewova a ap fè l plezi sèlman si se lanmou ak atachman pou li ki motive nou, men se pa paske nou vle elve tèt nou anlè lòt moun. Se pou rezon sa a, li trèzenpòtan pou nou gen yon pwennvi ekilibre sou travay n ap fè pou nou soutni vrè adorasyon an. Menmsi pa gen okenn moun ki kapab jije mobil yon lòt avèk presizyon, Jewova li menm “ ap sonde kè a ”. (Pwovèb 24:12 ; 1 Samyèl 16:7.) Kidonk, li ta bon pou detanzantan nou mande tèt nou : ‘ Ki mobil ki pouse m akonpli travay m ap akonpli nan sèvis Jewova ? ’ — Sòm 24:3, 4 ; Matye 5:8.

Yon pwennvi ki kòrèk sou travay nou

11. Ki kesyon lojik nou ka poze konsènan aktivite nou nan ministè a ?

11 Si mobil yon moun gen tout enpòtans sa a pou l gen apwobasyon Jewova, nan ki degre nou ta dwe gen sousi pou travay n ap akonpli nan sèvis Jewova ? Depi nou akonpli ministè nou avèk yon bon mobil, èske li vrèman nesesè pou nou rapòte sa nou fè oubyen ki kantite nou fè ? Kesyon sa yo lojik, piske nou pa vle bay chif plis enpòtans pase travay n ap akonpli nan sèvis Jewova, oswa pou nou kite objektif pou nou gen yon bon rapò tounen prensipal sousi nou anrapò ak aktivite nou antanke kretyen.

12, 13. a) Bay kèk rezon ki fè nou bay yon rapò sou aktivite nou. b) Ki rezon nou genyen pou nou rejwi nou lè nou wè rapò mondyal sou aktivite predikasyon an ?

12 Gade ki sa liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a di : “ Premye disip Jezi Kris yo te bay rapò sou pwogrè travay predikasyon an enpòtans (Mak 6:30). Liv biblik Travay la di nou te gen anviwon 120 moun ki te la lè lespri sen te desann sou disip yo nan fèt Pannkòt la. Yon ti tan apre, kantite disip yo te monte rive 3 000, e apre sa li te rive 5 000. [...] (Travay 1:15 ; 2:5-11, 41, 47 ; 4:4 ; 6:7.) Ala ankourajan nouvèl sou akwasman sa yo dwe te ankourajan pou disip yo ! ” Pou menm rezon an, Temwen Jewova yo jodi a fè efò pou yo bay yon rapò egzak sou sa yo reyalize nan lemonnantye pou akonpli pawòl Jezi yo ki di : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” ​(Matye 24:14). Rapò sa yo bay yon imaj reyèl sou sa ki fèt nan travay predikasyon an nan lemonnantye. Yo montre ki kote ki bezwen èd, ki jan de piblikasyon yo bezwen e ki kantite ki nesesè pou pèmèt travay la avanse.

13 Kidonk, lè nou rapòte aktivite nou fè nan travay predikasyon an, sa pèmèt nou akonpli misyon nou genyen pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan yon fason ki pi efikas. Apa de sa, èske nou pa jwenn ankourajman lè nou tande travay frè nou yo ap fè lòt kote nan monn nan ? Nouvèl sou akwasman ak agrandisman k ap fèt sou tout tè a ranpli nou ak lajwa, sa pouse nou fè plis travay toujou, e sa ban nou asirans nou gen benediksyon Jewova. E se pa ti kontan nou kontan pou nou konnen rapò pa nou nan rapò mondyal la ! Sa nou fè a piti an konparezon ak gran total la, men li pa pase inapèsi nan je Jewova (Mak 12:42, 43). Sonje sa, san rapò pa w la, rapò mondyal la pa t ap konplè.

14. Apa de preche ak anseye, ki sa ki gen nan adorasyon n ap bay Jewova a ?

14 Natirèlman, anpil nan sa chak Temwen fè pou akonpli responsablite li antanke sèvitè Jewova ki vwe pa parèt sou rapò aktivite l. Pa egzanp, rapò a pa gen ladan l etid pèsonèl nou fè regilyèman nan Bib la. Li pa mansyone prezans nou ak patisipasyon nou nan reyinyon. E nan rapò a, pa gen travay nou fè nan kongregasyon an, èd nou bay kretyen parèy nou ki nan bezwen, sipò finansye nou bay pou travay mondyal predikasyon Wayòm nan, elatriye. Se sa k fè, byenke rapò sèvis nou jwe yon wòl enpòtan — li ede nou rete zele nan predikasyon, li ede nou pou nou pa bese lebra — nou dwe toujou gen yon pwennvi ekilibre sou sa. Nou pa dwe konsidere l tankou yon lisans oswa yon paspò espirityèl k ap detèmine si nou kalifye pou nou jwenn lavi etènèl.

“ Zele pou bèl travay ”

15. Menmsi travay nou fè yo, yo menm sèlman pa ka sove nou, poukisa yo nesesè ?

15 Li evidan, menmsi travay nou fè yo, yo menm sèlman pa ka sove nou, yo nesesè. Se poutèt sa yo rele kretyen yo ‘ yon pèp ki rele Jewova pa l, yon pèp ki zele pou fè bèl travay ’ e poutèt sa yo jwenn ankourajman pou yo “ voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon ”. (Tit 2:14 ; Ebre 10:24.) Jak, yon lòt ekriven biblik, pi dirèk toujou, li di : “ Menm jan kò ki san espri a mouri, se menm jan an tou, lafwa ki san zèv la mouri. ” — Jak 2:26.

16. Ki sa ki pi enpòtan toujou pase travay nou akonpli yo, men ki sa nou dwe veye ?

16 Kèlkeswa enpòtans bon travay nou fè ka genyen, mobil ki pouse nou fè yo a gen plis enpòtans toujou. Se sa k fè li saj pou nou egzamine mobil nou detanzantan. Sepandan, piske pa gen okenn moun ki kapab konnen egzakteman mobil yon lòt, nou dwe veye pou nou pa jije pwochen nou. Men kesyon yo poze nou : “ Kiyès ou ye pou w ap jije domestik yon lòt ? ” E repons lan klè : “ Se pou mèt li li kanpe oswa li tonbe. ” ​(Women 14:4). Jewova, Mèt nou tout, ansanm ak Jezi Kris, Jij li etabli a, pral jije nou, non pa sou baz travay nou sèlman, men tou sou baz mobil nou, sitiyasyon nou, lanmou nou ak atachman nou pou Bondye. Se sèlman Jewova ak Kris Jezi ki kapab jije avèk presizyon si wi ou non nou fè sa yo rekòmande kretyen yo pou yo fè a, rekòmandasyon nou jwenn nan pawòl sa yo apot Pòl di a : “ Fè tout posib ou pou w prezante tèt ou bay Bondye antanke moun ki apwouve, yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont, ki manyen pawòl verite a kòrèkteman. ” — 2 Timote 2:15 ; 2 Pyè 1:10 ; 3:14.

17. Pandan n ap lite pou nou fè tout sa nou kapab, poukisa nou bezwen kenbe Jak 3:17 nan lespri nou ?

17 Jewova rezonab nan sa li atann de nou. Selon Jak 3:17, youn nan karakteristik “ sajès ki soti anlè a ”, sèke li “ rezonab ”. Èske se pa lè nou imite Jewova nan sans sa a nou aji avèk sajès e nou vrèman gen siksè ? Kidonk, nou pa dwe fikse objektif ki derezonab ak objektif ki pa reyalis ni pou nou menm ni pou frè nou yo.

18. Ki sa nou ka espere si nou gen yon pwennvi ekilibre sou travay nou akonpli ak sou bonte Jewova moun pa merite a ?

18 Toutotan nou kenbe yon pwennvi ekilibre sou travay nou akonpli ak sou bonte Jewova moun pa merite a, n ap konsève jwa nou, yon mak ki distenge vrè sèvitè Jewova yo (Izayi 65:13, 14). Kèlkeswa sa nou gen posiblite akonpli pèsonèlman, nou ka rejwi nou nan benediksyon Jewova vide sou tout pèp li a. “ Grasa lapriyè e grasa siplikasyon nou fè avèk aksyondegras ”, n ap kontinye sipliye Bondye pou l ede nou pou nou fè tout sa nou kapab. Lè sa a, pa gen okenn dout, “ lapè Bondye, ki depase tout panse, va pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou grasa Kris Jezi ”. (Filipyen 4:4-7.) Wi, nou kapab jwenn rekonfò ak ankourajman lè nou konnen nou ka sove, non pa grasa travay nou sèlman, men grasa bonte Jewova moun pa merite a !

Èske w ka esplike poukisa kretyen yo

• evite vante tèt yo konsènan sa yo reyalize pèsonèlman ?

• evite montre yon espri konpetisyon ?

• bay rapò sou aktivite yo akonpli nan ministè yo antanke kretyen 

• evite jije kretyen parèy yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

“ Bonte m moun pa merite a sifi pou ou. ”

[Foto nan paj 24, 25]

Ansyen yo kontan pou èd chak moun pote pou byennèt tout kongregasyon an.

[Foto nan paj 26, 27]

San rapò pa w la, rapò mondyal la pa tap konplè.