Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Talè konsa pral gen yon monn san povrete

Talè konsa pral gen yon monn san povrete

Talè konsa pral gen yon monn san povrete

MOUN k ap viv nan povrete toujou santi yo atire lè yo wè foto ki montre yon paradi, tankou sa ki sou po peryodik sa a. Adan ak Èv, premye mesyedam yo, te viv nan yon vrè paradi, nan jaden d Edenn (Jenèz 2:7-23). Kwak yo pèdi Paradi sa a, kwayans nan yon paradi ki gen pou vini, nan yon monn nouvo san povrete, se pa yon senp rèv. Se yon kwayans ki apiye solidman sou pwomès nou jwenn nan Bib la.

Ann konsidere, pa egzanp, pwomès Jezi Kris te fè nan dènye jou li te viv sou tè a. Youn nan bandi ki te mouri bò kote Jezi yo te demontre lafwa nan kapasite Bondye genyen pou l rezoud pwoblèm lèzòm. Li te di : “ Jezi, sonje m wi lè w a antre nan wayòm ou an. ” Pawòl sa a bandi a di a montre li te kwè Jezi t apral reye antanke Wa e moun mouri ta gen pou yo rejwenn lavi. Men repons Jezi te ba li : “ Vrèman mwen di w sa jodi a : W ap avèk mwen nan Paradi a. ” — Lik 23:42, 43.

Anpalan de moun k ap gen pou yo viv nan Paradi a, Bib la di : “ Sètènman y ap bati kay e y ap abite nan yo, e sètènman y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo. ” ​(Izayi 65:21). Efektivman, “ yo chak gen pou yo chita anba pye rezen ak anba pye fig pa yo e pap gen pèsonn k ap vin fè yo tranble, paske se bouch Jewova Chèf lame yo menm ki di sa ”. — Mika 4:4.

Toutfwa, poukisa Bondye pèmèt povrete egziste jodi a ? Ki jan Bondye ede moun k ap lite anba povrete yo ? Ki lè povrete ap resi fini ?

Poukisa Bondye pèmèt povrete ?

Si Adan ak Èv pèdi Paradi kote yo te ye a, se akoz rebelyon yon zanj mechan, nou vle pale de Satan Ledyab. Li te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv, pou l sedui l, fè l dezobeyi lwa Bondye te bay konsènan fwi yon pyebwa yo pa t dwe manje. Li twonpe manmzèl, li fè l kwè li t ap viv pi byen si li ta pran dwa granmoun li devan Bondye. Lè Èv te ofri Adan fwi yo te defann yo manje a, Adan te pran pozisyon pou madanm li, li te manje fwi a li menm tou. Konsa, li te vire do bay Bondye. — Jenèz 3:1-6 ; 1 Timote 2:14.

Avèk rezon, yo te mete mesyedam yo deyò nan Paradi a poutèt yo te rebèl e, depi lè a, yo te oblije redi pou yo kontinye viv. Jis jodi a, Jewova kite Satan ap dirije yon monn malad, yon fason pou l montre tout moun lè yon moun dezobeyi Bondye ki move rezilta sa pote. Listwa pwouve lòm pa ka fè tè a tounen Paradi (Jeremi 10:23). Okontrè, lè moun pran dwa granmoun yo devan Bondye, se gwo pwoblèm sa pote, pwoblèm tankou povrete. — Eklezyas 8:9.

Sepandan, yon moun ki pòv nan monn sa a ki chaje ak pwoblèm nan, se pa yon moun ki san sekou. Labib, Pawòl Bondye enspire a, gen bonjan direktiv ki pou gide li.

“ Pa janm enkyete nou ”

Gade sa Jezi te di pandan li t ap pale devan yon gwo oditwa ki te gen anpil moun pòv ladan l : “ Obsève zwazo nan syèl la byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al mete nan magazen. Poutan Papa nou ki nan syèl la nouri yo. Èske nou pa vo plis pase yo ? [...] Kidonk, pa janm enkyete nou pou n ap di : ‘ Ki sa n ap manje ? ’ oubyen : ‘ Ki sa n ap bwè ? ’ oubyen : ‘ Ki sa n ap mete ? ’ Paske se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap fè afre. Paske Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Kidonk, kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. ” — Matye 6:26-33.

Se pa paske yon moun pòv ki fè li dwe vòlè (Pwovèb 6:30, 31). Si l mete Bondye an premye nan lavi l, l ap jwenn sa l bezwen pou l viv. Ann pran egzanp Tukiso, yon nonm k ap viv Lesoto, nan sid Afrik. An 1998, gen militè etranje ki te antre Lesoto pou yo te kraze yon soulèvman ki t ap fèt kont gouvènman peyi a. Ki konsekans gè sa a te genyen ? Moun te piye magazen, gen moun ki te pèdi travay yo, e moun te mal pou jwenn manje.

Tukiso t ap viv kote ki te pi pòv nan kapital la. Gen anpil nan vwazen l yo ki te lage kò yo nan piye magazen pou yo ka viv. Lè Tukiso retounen nan ti pyès kay li te rete a, li te jwenn Maseiso, dam li t ap viv avè l la, gen yon bann pwovizyon, bagay li sot pran nan piyaj. Tukiso di l : “ Mete bagay sa yo deyò. ” Lèfini, li esplike l lwa Bondye defann moun vòlè. Maseiso obeyi. Vwazen yo tonbe pase mesyedam yo nan rizib e yo pran manje Maseiso te vòlè yo.

Si Tukiso te pran pozisyon sa a, se grasa sa li te aprann nan etid biblik li t ap fè ak Temwen Jewova yo. Èske li te mouri grangou poutèt li te obeyi lwa Bondye ? Non. Yon ti tan apre, ansyen nan kongregasyon Temwen Jewova kote li te konn ale a te pran kontak ak Tukiso e yo te pote manje pou li. Anfèt, Temwen Jewova ki t ap viv Afrik di Sid, yon peyi vwazen, te gentan voye plis pase de tòn manje ak lòt bagay ankò, pou frè ak sè k ap viv Lesoto yo. Obeyisans Tukiso ak èd ki chaje lanmou kongregasyon an te bay te touche Maseiso. Li menm tou li te kòmanse etidye Labib. Avèk letan, yo toule de te marye legalman e konsa yo te tou ranpli kondisyon pou yo batize antanke Temwen Jewova. Jis jodi a, y ap sèvi Bondye fidèlman.

Jewova Dye gen sousi pou moun ki pòv yo. (Gade kare “ Ki jan Bondye konsidere moun ki pòv yo ? ”) Avèk amou, li pran dispozisyon pou ede moun aprann konnen l pi byen, Tukiso ak Maseiso se de egzanp. E nan Pawòl li, li bay yon seri de konsèy pratik ki pou ede yon moun nan efò l ap fè pou l viv jou apre jou.

Yon bèl dispozisyon

Depi tout tan Temwen Jewova yo te toujou reflete sousi Bondye genyen pou moun ki pòv (Galat 2:10). Souvan lè gen dezas nan yon zòn e gen vrè kretyen ki viktim, yo konn pran dispozisyon pou voye sekou bay moun yo selon sa yo bezwen. Sa ki pi enpòtan, Temwen yo enterese nan bezwen espirityèl tout moun, pòv yo tou (Matye 9:36-38). Pandan 60 ane ki sot pase yo, gen plizyè milye volontè ki te resevwa fòmasyon pou yo sèvi antanke misyonè aletranje. Pa egzanp, se yon koup misyonè ki soti nan peyi Finlann ki te aprann lang sesoto, e sa te fè yo anmezi pou yo ede Tukiso ak Maseiso vin disip Jezi (Matye 28:19, 20). Souvan, pou yon misyonè rive fè yon travay konsa, sa mande pou l abandone yon vi konfòtab nan yon peyi rich e pou l al viv nan yon peyi pòv.

Vrè kretyen yo pa twouve li nòmal pou yo vòlè pou yo viv. Okontrè, yo mete lafwa nan kapasite Jewova Dye genyen pou l fè yo jwenn sa yo bezwen (Ebre 13:5, 6). Youn nan mwayen Jewova itilize pou l fè sèvitè l yo jwenn sa yo bezwen se òganizasyon entènasyonal adoratè l yo, yo menm ki gen sousi youn pou lòt.

Yon lòt fason Jewova ede moun ki pòv se lè li ba yo konsèy pratik pou pèmèt yo fè fas ak lavi a chak jou. Pa egzanp, Bib la di : “ Se pou vòlè a pa vòlè ankò, men se pou l travay di pito, pou l fè bon travay ak men l, dekwa pou l ka gen kichòy pou l pataje ak moun ki nan nesesite. ” ​(Efezyen 4:28). Gen anpil moun ki pa rive jwenn travay, men ki rive kreye pwòp biznis yo. Yo fè yon seri de travay di, tankou jaden legim pa egzanp. Yon lòt bagay ankò, Bib la ede moun ki pòv yo fè ekonomi, li montre yo ki jan pou yo evite move abitid, tankou plede bwè alkòl. — Efezyen 5:18.

Yon monn san povrete : ki lè ?

Bib la montre n ap viv nan “ dènye jou ” rèy Satan an (2 Timote 3:1). Talè konsa, Jewova Dye pral voye Jezi Kris jije limanite. Ki sa ki pral pase lè sa a ? Jezi reponn kesyon sa a nan youn nan egzanp li te pran. Men sa l di : “ Lè Pitit Gason lòm nan ap rive nan glwa li, ansanm ak tout zanj li yo, lè sa a li pral chita sou twòn glwa li. E tout nasyon yo pral rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. ” — Matye 25:31-33.

Mouton Jezi mansyone nan egzanp sa a reprezante moun ki soumèt devan l antanke Wa. Jezi konpare yo ak mouton paske yo suiv li antanke Bèje yo (Jan 10:16). Moun sa yo pral jwenn lavi lè Jezi pral egzèse dominasyon l, yon dominasyon ki san fay. Se va yon vi ere nan yon monn nouvo, kote povrete pral kaba. Moun ki sanble ak kabrit yo, yo menm ki rejte dominasyon Jezi, pral detwi pou tout tan. — Matye 25:46.

Wayòm Bondye a pral mete fen nan mechanste. Lè sa a, povrete pap egziste ankò. Olye de sa, se moun ki renmen youn lòt e ki gen sousi youn pou lòt ki pral rete sou tè a. Yon bagay ki montre yon monn nouvo konsa posib se lè w gade amou ak fratènite entènasyonal ki egziste pami Temwen Jewova yo. Se tankou jan Jezi te di sa a : “ Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ” — Jan 13:35.

[Kare/Foto nan paj 4, 5]

JAN BONDYE KONSIDERE MOUN KI PÒV YO ?

Bib la dekri Kreyatè limanite a kòm “ Sila ki bay moun ki grangou yo pen ”. (Sòm 146:7.) Gen plis pase san vèsè ki souliye sousi Bondye genyen pou moun ki pòv yo.

Pa egzanp, lè Jewova te bay nasyon Izrayèl la Lalwa, li te bay kiltivatè yo lòd lè y ap fè rekòt pou yo pa ranmase tout sa ki te sou lizyè jaden yo. Yo pa t sipoze pase de fwa pou ranmase fwi yo kite dèyè nan yon pye oliv oswa nan yon pye rezen. Lwa sa yo se te yon dispozisyon chaje lanmou Bondye te pran an favè rezidan etranje yo, òfelen yo, vèv yo ak moun k ap sibi lòt kalite afliksyon . — Levitik 19:9, 10 ; Detewonòm 24:19-21.

Mete sou sa, Bondye te òdone Izrayelit yo pou yo pa “ malmennen okenn vèv ni okenn timoun ki san papa ”. Apre sa, li di yo : “ Si nou malmennen li, nan kèlkeswa fason an, e si apre sa li vin ap rele ban mwen, m ap tande rèl li a san mank. Kòlè m pral flanbe toutbonvre, e m ap touye nou kanmenm avèk epe, e fòk madanm nou vin tounen vèv e fòk pitit gason nou yo vin tounen pitit ki san papa. ” ​(Egzòd 22:22-24). Malerezman, anpil Izrayelit ki te rich pa t suiv enstriksyon sa yo. Se pou peche sa a ansanm ak anpil lòt ankò Jewova Dye te voye pwofèt li yo bay Izrayelit yo plizyè avètisman (Izayi 10:1, 2 ; Jeremi 5:28 ; Amòs 4:1-3). Rive yon lè, Bondye te fè Asiryen yo ak Babilonyen yo antre pran tèritwa Izrayelit yo. Yon kantite Izrayelit te pèdi lavi yo e, sa k pa t mouri yo, yo te mennen yo nan kaptivite nan lòt peyi.

Jezi Kris, Pitit cheri Bondye a, reflete lanmou ak sousi Papa l genyen pou moun ki pòv yo. Men ki jan Jezi esplike bi ministè li sou tè a : “ Lespri Jewova sou mwen, paske li wenn mwen pou m anonse bon nouvèl pou moun ki malere. ” ​(Lik 4:18). Sa pa vle di se sèl moun ki pòv ki te konsène nan ministè Jezi sou tè a. Avèk amou, li te ede moun ki rich tou. Sepandan, pandan li te konn ap ede moun ki rich, li te toujou konn eksprime enterè li genyen pou moun ki pòv. Pa egzanp, men ki konsèy li te bay yon chèf ki te gen anpil mwayen : “ Vann tout sa w genyen, separe l bay pòv e w ap gen yon trezò nan syèl la. Epi, vin suiv mwen. ” — Lik 14:1, 12-14 ; 18:18, 22 ; 19:1-10.

Ni Jewova Dye ni Pitit Gason l lan gen anpil sousi pou moun ki pòv (Mak 12:41-44 ; Jak 2:1-6). Yon bagay ki montre sousi Jewova genyen pou moun ki pòv, se paske li prezève nan memwa l plizyè milyon nan yo ki mouri. Tout moun sa yo pral resisite nan yon monn nouvo kote povrete pap egziste ankò. — Travay 24:15.

[Foto]

Fratènite entènasyonal ki egziste pami Temwen Jewova yo montre monn nouvo a pa enposib.