Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman ”

“ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman ”

“ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman ”

JENERALMAN, lè zwazo yo leve lematen, yo chante pandan yon ti moman, apre sa yo vole al chèche manje. Kou l aswè, yo retounen nan nich yo, yo fè yon ti chante ankò, e apre sa yo dòmi. Gen yon moman ki rive, yo akouple, yo ponn, apre sa yo elve pitit yo. E li natirèl pou anpil lòt bèt suiv prèske menm liy sa a.

Nou menm lèzòm, nou diferan. Se vre, nou manje, nou dòmi, nou fè pitit, men, pifò nan nou pa satisfè ak bagay sa yo sèlman. Nou ta renmen konnen poukisa nou egziste. Nou chèche konn sans lavi nou. Nou ta renmen tou gen yon esperans pou lavni. Bezwen pwofon sa yo fè parèt aklè yon kalite nou jwenn lakay lòm sèlman : espirityalite, sa vle di bezwen ak kapasite nou genyen nan domèn espirityèl.

Nou fèt pòtre ak Bondye

Labib esplike rezon ki fè lòm gen bezwen espirityèl nan li. Men sa li di : “ Bondye te pran kreye lòm pòtre ak li, se pòtre ak Bondye li te kreye l, mal ak femèl li te kreye yo. ” ​(Jenèz 1:27). Etandone nou fèt “ pòtre ak Bondye ” sa siyifi, menm lè nou tache ak peche ak enpèfeksyon, nou gen kapasite reflete yon seri kalite Bondye gen lakay li (Women 5:12). Pa egzanp, nou ka envante yon seri bagay. Nou genyen tou yon sèten sajès, yon sans jistis ak kapasite pou nou demontre lanmou ki pouse nou fè sakrifis youn pou lòt. Epitou, nou gen kapasite pou nou reflechi sou pase e pou nou planifye pou lavni. — Pwovèb 4:7 ; Eklezyas 3:1, 11 ; Mika 6:8 ; Jan 13:34 ; 1 Jan 4:8.

Kapasite nou genyen nan domèn espirityèl parèt pi klè toujou atravè dezi natirèl nou genyen pou nou adore Bondye. Depi nou pa satisfè kòrèkteman bezwen nou gen lakay nou pou nou etabli relasyon avèk Kreyatè nou an, nou pap ka jwenn yon vrè bonè ki dirab. Jezi di : “ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman. ” ​(Matye 5:3). Sepandan, nou dwe veye pou nou satisfè bezwen sa a avèk verite espirityèl tankou : detay ki gen rapò ak Bondye, ak prensip li yo, ak objektif li genyen pou limanite. Ki kote n ap jwenn verite espirityèl ? Se nan Bib la.

“ Pawòl ou se verite ”

Men sa apot Pòl te ekri : “ Tout Ekriti se Bondye ki enspire li, e li itil pou anseye, pou reprimande, pou mete bagay yo annòd. ” ​(2 Timote 3:16). Pawòl sa yo tonbe daplon ak pawòl Jezi te di nan yon priyè : “ Pawòl ou se verite. ” Jodi a, moun yo konnen Pawòl sa a sou non Lasent Bib, e li ta bon pou nou verifye si kwayans nou ak prensip nou ann amoni ak prensip ki nan Bib la. — Jan 17:17.

Lè nou egzamine kwayans nou parapò ak Pawòl Bondye a, lè sa a n ap imite moun Bere nan tan lontan yo, ki te verifye si sa Pòl te anseye yo a te ann amoni ak Ekriti yo. Lik pa t kritike Bereyen yo, men li te felisite yo pito pou atitid yo. Dapre sa li ekri, yo “ te resevwa pawòl la avèk anpil anpresman, yo egzamine Ekriti yo byen egzamine chak jou pou yo wè si se konsa bagay sa yo ye vre. ” ​(Travay 17:11). Kòm nou wè ansèyman relijye ak ansèyman moral depaman gaye jodi a, li enpòtan pou nou imite bon dispozisyon Bereyen yo.

Yon lòt mwayen pou nou idantifye verite espirityèl, se lè nou konstate efè sa gen sou lavi moun (Matye 7:17). Pa egzanp, viv ann akò ak verite ki nan Bib la dwe fè yon moun vin yon pi bon mari, yon pi bon papa, yon pi bon madanm, e yon pi bon manman. Sa ap ogmante bonè nan fanmi an e sa ap fè yon moun jwenn lajwa. Jezi di : “ Byennere moun ki koute pawòl Bondye a e ki pratike l. ” — Lik 11:28.

Pawòl Jezi yo fè nou sonje sa Papa l ki nan syèl la te di Izrayelit yo : “ Mwen menm Jewova, mwen se Bondye w, Sila k ap anseye w pou byen w lan, Sila k ap fè w mache sou wout ou dwe mache a. Ah ! Si sèlman ou ta pote atansyon toutbon ak kòmandman m yo ! Lè sa a, lapè w t ap vin tankou yon rivyè e jistis ou t ap vin tankou vag lanmè. ” ​(Izayi 48:17, 18). Tout moun ki renmen bonte ak jistis ap vrèman santi apèl sa a atire yo !

Gen moun ki pito kite yo “ fè zòrèy yo dous ”

Bondye te fè Izrayelit yo apèl touchan sa a paske yo t ap twonpe yo ak manti ki gen rapò ak relijyon (Sòm 106:35-40). Nou menm tou nou dwe fè atansyon ak manti y ap bay. Konsènan moun ki pretann yo se kretyen, Pòl ekri : “ Gen yon moman k ap rive kote yo pap tolere ansèyman ki pwofitab la, men, selon pwòp dezi yo, yo va rasanble yon pil anseyan pou yo menm, pou fè zòrèy yo dous. E yo va detounen zòrèy yo pou yo pa tande laverite. ” — 2 Timote 4:3, 4.

Lidè relijye yo ap fè zòrèy moun yo dous lè yo fèmen je sou pratik ki pèmèt moun yo satisfè move dezi, pratik tankou relasyon seksyèl ant moun ki pa marye ansanm, omoseksyalite ak bwè pou sou. Labib di aklè, moun ki dakò ak bagay sa yo ansanm ak moun k ap pratike yo “ pap eritye wayòm Bondye a ”. — 1 Korentyen 6:9, 10 ; Women 1:24-32.

Se sèten sa mande kouraj pou yon moun viv selon prensip Bib la, sitou lè moun ap pase w nan rizib, men sa posib. Gen anpil moun, anvan yo te vin Temwen Jewova, ki te konn pran dwòg, ki te tafyatè, fònikatè, ki te konn ap goumen nan lari, ki te vòlè e ki te mantè. Men, moun sa yo pran an konsiderasyon konsèy Pawòl Bondye a bay e avèk èd lespri sen, yo fè chanjman nan lavi yo, dekwa pou yo “ mache yon fason ki diy devan Jewova ”. (Kolosyen 1:9, 10 ; 1 Korentyen 6:11.) Etandone yo fè lapè ak Bondye, yo gen lespri yo anpè tou e jan nou pral wè sa, yo gen bonjan esperans pou lavni.

Esperans Wayòm nan

Esperans Bib la bay konsènan lapè san fen pou moun ki obeyisan yo pral jwenn akonplisman pa mwayen Wayòm Bondye a. Nan priyè modèl Jezi a, li te di pawòl sa a : “ Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la. ” ​(Matye 6:10). Wi, se sèlman Wayòm Bondye a ki kapab fè volonte Bondye fèt sou tè a. Pou ki rezon ? Paske Wayòm selès sa a, yon gouvènman ki sou kontwòl Jezi Kris, se mwayen Bondye itilize pou l eksprime souvrènte jis li a sou tè a. — Sòm 2:7-12 ; Danyèl 7:13, 14.

Antanke Wa nan Wayòm selès sa a, Jezi Kris pral libere moun ki obeyisan yo anba tout kalite chenn, sa gen ladan l peche Adan an, ki tankou yon eto ki kenbe nou, ansanm ak eritaj li transmèt : maladi ak lanmò. Revelasyon 21:3, 4 di : “ Gade ! Tant Bondye a avèk lèzòm [...]. Epi li [Jewova Dye] pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Ansyen bagay yo disparèt. ”

Lapè san fen pral domine sou tout tè a. Ki jan nou fè sèten de sa ? Izayi 11:9 bay rezon an. Men sa l di : “ Yo [moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm nan] pa pral fè okenn mal e yo pa pral lakòz okenn ravaj sou tout montay sakre mwen an, piske vrèman tè a pral plen ak konesans Jewova a tankou dlo kouvri fon lanmè. ” Wi, tout moun sou tè a pral gen konesans egzak sou Bondye e yo pral obeyi l. Èske esperans sa a pa chofe kè nou ? Si wi, se lemoman pou nou kòmanse absòbe “ konesans Jewova a ”, yon konesans ki gen anpil valè.

Èske w ap koute mesaj Wayòm nan ?

Pa mwayen Wayòm nan, Bondye pral defèt tout travay Satan yo e li pral fòme pèp li nan chemen l yo ki jis. Konsa, se pa etonan si Jezi te santre ansèyman l lan sou Wayòm nan. Men sa li te deklare : “ Fòk m al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a, paske se pou sa yo te voye m. ” ​(Lik 4:43). Kris te òdone disip li yo pou yo transmèt menm mesaj la bay lòt moun (Matye 28:19, 20). Li te predi : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” ​(Matye 24:14). Lafen sa a ap pwoche rapidman. Se sa k fè li ekstrèmman enpòtan pou moun ki gen kè sensè yo koute bon nouvèl k ap sove lavi a !

Albert nou te pale de li nan atik anvan an, te tande mesaj Wayòm nan lè madanm li ak pitit gason l lan te kòmanse etidye Bib la ak Temwen Jewova yo. Okòmansman, Albert te gen dout. Li te menm mande yon chèf relijye nan zòn nan pou l vin vizite madanm li ak pitit gason l lan pou l devwale fay Temwen yo. Men, chèf relijye a pa t vle antre nan bagay sa a. Se sa k fè, Albert te deside ret ap koute yon etid biblik pou l ka siyale nenpòt manti li ta detekte. Apre sèlman yon etid, li vin patisipe nan etid la tou, li te gen dezi pou l aprann plis bagay. Yon lòt lè, li te esplike poukisa li vin chanje atitid. Li di : “ Se sa mwen te toujou ap chèche. ”

Anfen, Albert te kòmanse satisfè bezwen espirityèl li, e li pa janm regrèt. Verite ki nan Bib la te ba li sa li t ap chèche tout vi li : solisyon pou enjistis ak koripsyon ki gaye nan sosyete a ak yon espwa pou lavni. Verite ki nan Bib la fè lespri l anpè. Èske bezwen espirityèl ou satisfè ? Sa w panse si w ta pran yon ti tan pou w egzamine kesyon ki nan kare ki nan paj 6 la. Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon, Temwen Jewova yo ap byen kontan ede w.

[Kare/Foto nan paj 6]

ÈSKE BEZWEN ESPIRITYÈL OU SATISFÈ ?

Èske w satisfè ak manje espirityèl ou resevwa yo ? Nou envite w li kesyon ki pi ba yo epi tcheke sa ou ka reponn kòrèkteman yo.

□ Kiyès Bondye ye, e ki jan li rele ?

□ Kiyès Jezi Kris ye ? Poukisa li te dwe mouri ? Ki byenfè ou ka jwenn grasa lanmò li ?

□ Èske Dyab la egziste ? Si wi, kòman li fè egziste ?

□ Ki sa k rive nou lè nou mouri ?

□ Ki objektif Bondye gen pou tè a e pou limanite ?

□ Ki sa Wayòm Bondye a ye ?

□ Ki prensip Bondye etabli anrapò ak moralite.

□ Nan yon fanmi, ki wòl Bondye bay mari a ak madanm nan ? Bay kèk prensip biblik ki favorize bonè nan fanmi.

Si w pa sèten de repons nenpòt nan kesyon sa yo, ou mèt mande pou w gen bwochi Ki sa Bondye vle nou fè ? a. Temwen Jewova pibliye bwochi sa a nan prèske 300 lang, li trete 16 sijè biblik de baz e li founi repons ki sot nan Bib la pou tout kesyon ki mansyone pi wo yo.

[Foto nan paj 4]

Kontrèman ak bèt, lòm gen bezwen espirityèl.

[Foto nan paj 5]

“ Yo va rasanble yon pil anseyan pou yo menm pou fè zòrèy yo dous. ” — 2 Timote 4:3.

[Foto nan paj 7]

Wayòm mesyanik Bondye a pral tabli lapè san fen.