Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, bay Jewova louwanj !

Jèn, bay Jewova louwanj !

Jèn, bay Jewova louwanj !

“ Louwe Jewova sou tè a, [...] nou menm jèn gason e nou menm tou vyèj yo. ” — SÒM 148:7, 12.

1, 2. a) Ki jan de restriksyon yo bay anpil jèn ? b) Poukisa jèn yo pa bezwen fache poutèt restriksyon paran yo ba yo ?

JÈN yo an jeneral konnen fen e byen ki sa yo poko gen pèmisyon pou yo fè. Anpil ladan yo ka di w san ezite a ki laj y ap kite yo travèse lari poukont yo, oswa y ap sispann fè y al dòmi bonè oswa y ap kite yo kondui. Pafwa, yon jèn ka gen enpresyon, prèske chak fwa li mande pou l fè yon bagay li ta renmen, li toujou jwenn menm repons lan : “ Tann lè w pi gran. ”

2 Jèn, nou konnen si paran nou ban nou kèk restriksyon, se paske yo santi li saj pou yo fè sa, e pafwa menm, se pou pwòp pwoteksyon nou. Siman, nou konnen tou lè nou obeyi paran nou, sa fè Jewova plezi (Kolosyen 3:20). Men, èske nou konn santi se kòmsi nou pa wè ki lè pou nou kòmanse viv pwòp vi pa nou ? Èske yo entèdi nou tout bagay ki enpòtan yo annatandan nou vin gran ? Se pa sa ditou ! Gen yon travay k ap akonpli jodi a ki pi enpòtan lontan pase nenpòt ki dwa nou ta renmen genyen. Èske y ap kite nou menm jèn vin patisipe nan travay sa a ? Se pa kite non y ap kite nou vin ladan l, yo envite nou menm, e se Bondye Trèwo a an pèsòn ki envite nou !

3. Ki privilèj Jewova envite jèn yo pou yo genyen, e ki kesyon nou pral egzamine kounye a ?

3 De ki travay n ap pale la a ? Note pawòl nou jwenn nan tèks de baz atik sa a : “ Louwe Jewova sou tè a, [...] nou menm jèn gason e nou menm tou vyèj yo, nou menm granmoun ansanm ak tigason yo. ” ​(Sòm 148:7, 12). Men gwo privilèj nou genyen : nou kapab bay Jewova louwanj. Antanke jèn, èske w chofe pou w patisipe nan travay sa a ? Gen anpil jèn ki chofe pou sa. Pou w ka wè poukisa sa vo lapèn pou w santi w menm jan avèk yo, nou pral egzamine twa kesyon. Premyèman, poukisa ou dwe bay Jewova louwanj ? Dezyèmman, ki jan ou ka ba l louwanj avèk efikasite ? E twazyèmman, ki lè li bon pou w kòmanse bay Jewova louwanj ?

Poukisa nou dwe bay Jewova louwanj ?

4, 5. a) Selon Sòm 148, nan ki sitiyasyon estrawòdinè nou twouve nou ? b) Kòman kreyasyon ki pa ka ni pale ni rezone ka fè louwe Jewova kanmenm ?

4 Youn nan rezon prensipal ki fè nou dwe louwe Jewova se paske se li ki Kreyatè a. Sòm 148 ede nou konsantre atansyon nou sou verite sa a. Imajine ou menm ki pral rankontre ak yon gwo foul moun k ap chante yon bèl chante ansanm, yon chante ki trè touchan, ki jan w t ap santi w ? E si pawòl ki nan chante a se pawòl ou konnen ki verite, pawòl ki eksprime panse ou konnen ki enpòtan, ki bay lajwa e ki edifyan, èske w pa t ap renmen aprann chante sa a pou w vin chante l avèk moun yo ? Pifò nan nou t ap vle fè sa, pa vre ? Ebyen, Sòm 148 montre se nan yon sitiyasyon konsa nou ye nou menm jèn, men sitiyasyon nou ye a pi estrawòdinè toujou. Sòm sa a dekri yon gwo foul k ap bay Jewova louwanj. Men, toutpandan w ap li sòm sa a, ou kapab remake yon bagay ki yon jan etranj. Ki sa l ye ?

5 Louwanj yo mansyone nan Sòm 148 la, anpil ladan yo se kreyasyon ki pa ka ni pale ni rezone k ap bay yo. Pa egzanp, sòm nan di solèy la, lalin nan, etwal yo, lanèj, van, mòn yo ansanm ak kolin yo ap louwe Jewova. Kòman kreyasyon ki pa gen vi sa yo ka fè louwe Jewova (vèsè 3, 8, 9) ? Anfèt, se menm jan ak pyebwa yo, ak bèt nan lanmè yo ansanm ak lòt bèt yo site ankò (vèsè 7, 9, 10). Èske w janm wè yon bèl kouche solèy ? Èske w deja admire yon plèn lin k ap glise nan mitan yon syèl ki chaje ak zetwal ? Èske w konn ri lè w ap pran plezi gade bèt k ap jwe ? E lè w ap admire yon bèl peyizaj, ou pa konn ret bouch ouvè ? Ebyen, lè sa yo, konnen ou te “ tande ” chante louwanj kreyasyon an ap chante a. Tout sa Jewova fè yo fè nou sonje se li ki Kreyatè toupisan an, e pa gen pèsonn nan tout linivè ki pisan, oswa ki saj, oswa ki gen lanmou menm jan avè l. — Women 1:20 ; Revelasyon 4:11.

6, 7. a) Ki kreyati entèlijan Sòm 148 dekri k ap bay Jewova louwanj ? b) Ki sa ki ta ka pouse nou pou nou bay Jewova louwanj ? Bay yon egzanp.

6 Sòm 148 la dekri tou kreyati entèlijan yo k ap louwe Jewova. Nan vèsè 2 a, nou jwenn “ lame ” selès Jewova a, zanj yo, k ap louwe Bondye. Vèsè 11 lan envite moun ki pisan, ki gen enfliyans yo, tankou wa ak jij yo, pou yo vin bay louwanj yo menm tou. Si zanj yo ki pisan pran plezi nan louwe Jewova, èske yon senp imen ka gen rezon pou l panse li twò enpòtan pou l ta fè sa ? Kounye a, nou rive nan vèsè 12 ak 13 kote yo envite nou menm jèn pou nou vin louwe Jewova tou. Èske nou santi nou anvi fè sa ?

7 Ann pran yon egzanp. Si w ta gen yon bon zanmi w ki gen yon talan estrawòdinè, petèt nan spò, nan domèn atistik oubyen nan mizik, èske w pa t ap pale de li ak fanmi w ansanm ak lòt zanmi w ? San mank ! Ebyen, se menm bagay la, lè nou vin aprann tout sa Jewova fè, sa kapab gen menm efè a sou nou. Pa egzanp, Sòm 19:1, 2 di syèl la ki chaje ak zetwal ap “ fè langaj jayi ”. Kanta pou nou menm, lè nou reflechi sou kantite bagay estrawòdinè Jewova akonpli, nou pa ka kenbe pou nou pa pale de Bondye ak lòt moun !

8, 9. Pou ki rezon Jewova vle pou nou ba l louwanj ?

8 Yon lòt gwo rezon ki fè nou dwe louwe Jewova, se paske li vle nou fè sa. Poukisa ? Èske se paske li bezwen louwanj nan men lèzòm ? Non. Se nou menm lèzòm ki konn bezwen moun fè elòj pou nou pafwa, men Jewova pi siperyè pase nou lontan (Izayi 55:8). Li pa gen okenn dout sou tèt li ni sou kalite li posede yo (Izayi 45:5). Men kanmenm, li vle pou nou louwe l e li kontan lè nou fè sa. Poukisa ? Ann konsidere de rezon. Premyèman, li konnen nou gen bezwen pou nou louwe l. Li fè nou ak bezwen espirityèl, bezwen pou nou adore l (Matye 5:3). Lè Jewova wè n ap konble bezwen sa a, sa fè l plezi, menm jan ak lè paran nou kontan poutèt yo wè nou k ap manje yon manje yo konnen ki bon pou nou. — Jan 4:34.

9 Dezyèmman, Jewova konnen gen lòt moun ki bezwen tande nou k ap louwe l. Men sa apot Pòl te ekri Timote, yon jèn gason : “ Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè w fè sa w ap sove ni ou menm ni moun k ap koute w yo. ” ​(1 Timote 4:16). Wi, lè nou anseye lòt moun konsènan Jewova Dye, lè nou louwe l, moun yo kapab yo menm tou vin konnen Jewova, e konesans sa a ap fè yo jwenn yon delivrans etènèl. — Jan 17:3.

10. Poukisa nou santi nou gen obligasyon pou nou louwe Bondye nou an ?

10 Gen yon lòt rezon ankò ki fè nou dwe louwe Jewova. Sonje egzanp nou te pran konsènan zanmi w ki gen talan an. Si w ta tande moun k ap fè manti sou li, k ap sal repitasyon l, èske w pa t ap santi w pi detèmine toujou pou w fè elòj pou li ? Menm jan an tou, se toupatou nan monn nan y ap fè manti sou Jewova (Jan 8:44 ; Revelasyon 12:9). Kidonk, moun ki renmen Jewova yo santi yo gen obligasyon pou yo fè konnen laverite, pou yo di bagay yo jan yo ye a. Èske ou menm tou ou ta renmen eksprime lanmou w ak rekonesans ou pou Jewova ? Èske w ta renmen demontre se li menm ou vle ki pou dirije lavi w, olye se Satan, pi gwo ènmi l lan ? W ap akonpli tout sa lè w louwe Jewova. Men, ki jan pou nou louwe Jewova ? Se kesyon sa a nou pral egzamine kounye a.

Fason anpil jèn te bay Jewova louwanj

11. Ki egzanp biblik ki montre jèn yo ka jwenn bon rezilta lè yo louwe Jewova ?

11 Selon sa Labib montre, souvan jèn yo konn jwenn bon rezilta lè yo louwe Jewova. Pa egzanp, te gen yon tifi izrayelit Siryen yo te mennen nan kaptivite. Tifi sa a te gen kran pou l te bay metrès li temwayaj konsènan Elicha, yon pwofèt Jewova. Sa te vin mennen nan yon mirak, ki sèvi kòm yon temwayaj pisan (2 Wa 5:1-17). Jezi tou te konn pale avèk kran lè l te timoun. Nan tout evènman ki te rive l lè l te jèn yo te ka mansyone nan Bib la, Jewova chwazi youn ladan yo : se kote lè Jezi te gen douz an, li te nan tanp lan Jerizalèm, li t ap kesyone chèf relijye yo ak kouraj, e konpreyansyon li sou chemen Jewova yo te fè mesye yo rete bouch be. — Lik 2:46-49.

12, 13. a) Yon ti tan anvan Jezi mouri, ki sa l te fè nan tanp lan, e ki efè sa te genyen sou moun ki te la yo ? b) Ki jan Jezi te santi l lè tigason yo t ap louwe l ?

12 Lè Jezi vin gran, li te toujou ankouraje timoun pou yo louwe Jewova. Pa egzanp, kèk jou anvan Jezi mouri, li te nan tanp lan Jerizalèm. Selon sa Labib di, li te akonpli anpil “ bèl bagay ” nan tanp lan : li kouri dèyè moun ki te fè andwa sakre sa a tounen yon gwòt pou vòlè, li te geri tou moun avèg ansanm ak moun ki bwete. Tout moun ki te la yo, chèf relijye yo an patikilye, te dwe santi yo pouse pou yo louwe Jewova ansanm ak Pitit Gason l lan, Mesi a. Malerezman, nan epòk sa a, anpil nan moun ki te la yo pa t fè sa. Yo te konnen se Bondye ki te voye Jezi, men yo te pè chèf relijye yo. Sepandan, gen yon gwoup moun ki te gen kouraj pou pale. Èske w konnen kiyès sa yo ? Men sa Labib di : “ Lè prèt an chèf yo ak eskrib yo wè bèl bagay [Jezi] t ap fè, lè yo wè tigason yo k ap rele nan tanp lan e k ap di : ‘ Delivre nou, tanpri, Pitit David ! ’ yo vin fache e yo di l : ‘ Ou tande sa y ap di ? ’ ” — Matye 21:15, 16 ; Jan 12:42.

13 Prèt sa yo te espere pou Jezi fè tigason ki t ap louwe l yo fèmen bouch yo. Èske se sa l te fè ? Ditou ! Okontrè, Jezi reponn prèt yo konsa : “ Wi. Nou pa janm li sa : ‘ Se nan bouch tibebe ak nan bouch timoun ki nan tete ou fè louwanj soti ’ ? ” Li klè, Jezi ansanm ak Papa l te pran plezi nan louwanj tigason yo t ap ba yo a. Timoun sa yo te fè sa tout granmoun ki te la yo te sipoze fè. Nan lespri timoun sa yo, tout bagay sanble te klè. Yo wè yon nonm ki akonpli yon bann bèl bagay, ki pale avèk kouraj ak lafwa e ki demontre yon lanmou estrawòdinè pou Bondye ak pèp li a. Nonm sa a se vrèman sa l di li ye a : “ Pitit David ”, Mesi yo te pwomèt la. Tigason sa yo te beni pou lafwa yo, yo te menm gen privilèj akonpli yon pwofesi. — Sòm 8:2.

14. Ki fason don jèn yo posede yo ekipe yo pou yo louwe Jewova ?

14 Ki sa nou aprann nan egzanp sa yo ? Jèn yo kapab jwenn bon rezilta etan y ap louwe Jewova. Souvan, yo gen don pou yo wè laverite klè, pou yo wè l avèk senplisite, e pou yo eksprime fwa yo avèk senserite e avèk zèl. Yo gen don ki mansyone nan Pwovèb 20:29 la tou, ki di : “ Sa ki fè bote jèn jan yo se fòs yo. ” Wi jèn, nou gen fòs ak enèji, sa yo se benediksyon, se atou pou nou louwe Jewova. Men, ki jan espesyalman nou kapab itilize don sa yo ?

Ki jan nou ka bay Jewova louwanj ?

15. Ki motivasyon yon moun bezwen pou l louwe Jewova kòrèkteman ?

15 Pou yon moun louwe Jewova kòrèkteman, sa dwe soti nan kè l. Ou pa ka louwe Jewova kòrèkteman si se pou w fè lòt moun plezi ou fè sa. Ou sonje ki kòmandman ki pi gwo nan tout kòmandman yo ? “ Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou e ak tout lespri w. ” ​(Matye 22:37). Èske, grasa etid ou fè nan Bib la, ou vin konnen Jewova pèsonèlman ? Lè w vin konnen Jewova nan fason sa a, sa fè w vin renmen l. E tou natirèlman, w ap fè louwanj pou li pou w ka eksprime lanmou sa a. Yonfwa motivasyon w yo klè e yo pisan, konnen ou pare pou w louwe Jewova avèk antouzyas.

16, 17. Ki wòl konduit nou jwe nan louwanj n ap bay Jewova ? Bay yon egzanp.

16 Kounye a, anvan menm ou konsidere ki sa w pral di, konsidere ki jan w pral aji. Si tifi izrayelit nan epòk Elicha a te konn pale di ak moun, li te konn manke moun dega, oswa li te malonèt, èske w panse Siryen ki te mennen l nan kaptivite yo t ap koute l lè l te pale yo de pwofèt Jewova a ? Petèt yo pa t ap koute l. Menm jan an tou, moun ap pi fasil koute w si yo wè ou respekte moun, ou onèt e ou gen bon konduit (Women 2:21). Ann pran yon egzanp.

17 Te gen yon tifi onzan nan peyi Pòtigal ki t ap sibi presyon nan lekòl li pou l fete yon seri fèt konsyans li ki fòme grasa Bib la pa pèmèt li fete. Avèk respè, li esplike pwofesè li poukisa li pa dwe patisipe. Men, pwofesè a pase l nan rizib. Apre sa, nan plizyè okazyon, pwofesè a bat plezi sou relijyon tifi a pou l ka fè l wont. Men, tipitit la te toujou demontre respè nan atitid li. Plizyè ane apre, tifi a te vin ap sèvi antanke pyonye pèmanan, sa vle di yon evanjelizatè aplentan. Epi nan yon kongrè, pandan l ap gade moun k ap batize yo, li rekonèt youn ladan yo : ansyen pwofesè l la ! Apre youn fin bay lòt akolad ak dlo nan je, pwofesè l la di l li pa t janm bliye bon konduit li, jan li te respekte moun. Gen yon Temwen ki te vin vizite pwofesè a, e pwofesè a te pale l de konduit ansyen elèv li a. Yon etid biblik te tou kòmanse, e dam sa a te vin aksepte laverite ki nan Bib la. Wi se vre, konduit ou se yon mwayen ki pisan anpil pou w louwe Jewova !

18. Yon jèn ki ezite pou l kòmanse pale ak lòt moun de Bib la oswa de Jewova Dye, ki sa l ka fè ?

18 Èske pafwa ou santi li difisil pou w kòmanse konvèsasyon sou kwayans ou nan lekòl ou ? Se pa ou menm sèl ki santi w konsa. Sepandan, ou ka fè yon jan pou lòt moun vin poze w kesyon sou kwayans ou. Pa egzanp, sa w panse si w pote piblikasyon biblik pou w li nan rekreyasyon oswa nan lòt moman w ap ka fè sa, si lalwa peyi w oubyen regleman lekòl ou pèmèt sa ? Lòt elèv yo kapab vin mande w ki sa w ap li la a. San ou pa menm rann ou kont, ou kapab gen yon bon konvèsasyon avèk yo pandan w ap reponn yo pou w di yo ki sa ou twouve ki enteresan nan atik oswa nan liv ki nan men w lan. Sonje poze yo kesyon pou w konn nan ki sa yo kwè. Koute yo avèk respè, epi pataje sa w aprann nan Bib la avèk yo. Tankou jan eksperyans ki nan paj 29 Toudegad 15 jen 2005 lan (fransè) montre sa, gen anpil jèn ki bay Bondye louwanj nan lekòl yo. Sa ba yo anpil jwa e sa tou pèmèt yo ede lòt moun vin konnen Jewova.

19. Ki jan jèn yo ka vin pi efikas nan predikasyon kay an kay ?

19 Predikasyon kay an kay se yon mwayen ki trè efikas pou nou louwe Jewova. Si w poko konn patisipe nan ministè a, sa w panse si w fikse sa kòm objektif ? Si w deja pwoklamatè, èske gen lòt objektif ou ta ka fikse tèt ou ? Pa egzanp, olye ou repete prèske menm bagay yo nan chak kay, chèche ki jan ou ka amelyore w. Mande paran w oswa lòt pwoklamatè ki gen eksperyans konsèy. Aprann ki jan pou w sèvi ak Bib la plis toujou, ki jan pou w fè vizit ki efikas ak ki jan pou w kòmanse yon etid (1 Timote 4:15). Plis ou louwe Jewova nan fason sa yo, se plis sa ap ede w vin pi efikas e w ap vin pran plis plezi nan ministè w.

Ki lè nou dwe kòmanse bay Jewova louwanj ?

20. Ki sa k fè jèn yo pa dwe santi yo twò piti pou yo louwe Jewova ?

20 Nan twa kesyon nou te gen pou n egzamine yo, se dènye kesyon sa a ki pi fasil pou reponn. Gade ki repons dirèk Bib la bay : “ Sonje Gran Kreyatè w la pandan ou jèn. ” ​(Eklezyas 12:1). Wi, se kounye a pou w kòmanse louwe Jewova. Li tèlman fasil pou w di : “ Mwen twò piti pou m louwe Jewova. Mwen pa gen eksperyans. M ap tann lè m pi gran. ” Ou pa t ap premye moun ki t ap panse konsa. Jeremi, pa egzanp, lè l te jèn, li te di Jewova : “ Elas, o Jewova, Souvren Seyè a ! Men, m pa konn pale, paske se yon timoun mwen ye. ” Men, Jewova te ba l asirans, li te di l li pa gen okenn rezon pou l pè (Jeremi 1:6, 7). Menm jan an tou, nou pa gen anyen pou nou pè lè n ap louwe Jewova. Pa gen okenn malè ki ka rive nou Jewova pa ka repare konplètman. — Sòm 118:6.

21, 22. Poukisa yo konpare jèn k ap louwe Jewova yo ak gout lawouze, e poukisa konparezon sa a ankourajan ?

21 Jèn, men ki ankourajman n ap ba ou : pa ezite louwe Jewova ! Kounye a, pandan w jèn nan, se meyè moman pou w angaje w nan travay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodi a. Lè w fè sa, ou vin fè pati yon fanmi estrawòdinè : fanmi inivèsèl tout moun k ap louwe Jewova yo fòme a. Jewova byen kontan poutèt ou fè pati fanmi sa a. Gade ki pawòl enspire yon salmis te di Jewova : “ Pèp ou a ap dispoze ofri tèt li nan jou fòs militè w. Nan bote sentete a, depi nan matris douvanjou, ou gen gwoup jèn ou yo tankou gout lawouze. ” — Sòm 110:3.

22 Lè gout lawouze ap briye nan maten, se pa ti bèl sa bèl, sa w di ? Yo rafrechisan, yo klere e moun pa ka konte yo. Jèn, se konsa Jewova wè nou, nou menm k ap ba li louwanj fidèlman nan tan kritik sa yo. Li klè, chwa nou fè pou nou louwe Jewova a fè kè l kontan (Pwovèb 27:11). Kidonk, nou menm jèn, fè tout sa nou kapab pou nou louwe Jewova !

Ki repons nou ta bay ?

• Site kèk rezon enpòtan ki fè nou dwe louwe Jewova.

• Ki egzanp nou jwenn nan Bib la ki montre jèn yo kapab jwenn bon rezilta lè y ap louwe Jewova ?

• Ki jan jèn yo kapab louwe Jewova jodi a ?

• Ki lè jèn yo ta dwe kòmanse louwe Jewova, e poukisa ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Si yon zanmi w ta gen yon talan estrawòdinè, èske w pa t ap di lòt moun sa ?

[Foto nan paj 17]

Kondisip ou ka vin enterese nan kwayans ou.

[Foto nan paj 18]

Si ou vle amelyore ministè w, mande yon Temwen ki gen plis eksperyans pase w konsèy.