Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

N ap “ pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ”

N ap “ pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ”

N ap “ pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ”

“ Ala bèl yo bèl sou tèt mòn yo, pye moun [...] k ap pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon. ” — IZAYI 52:7.

1, 2. a) Ki bagay tèrib k ap rive chak jou ? b) Ki efè sa gen sou anpil moun lefètke se move nouvèl yo tande toutan ?

JODI a, toupatou sou tè a, moun yo santi yo anvayi ak move nouvèl. Yo ouvri radyo e yo tande nouvèl efreyan konsènan maladi mòtèl k ap frape limanite. Yo fè nouvèl nan televizyon e yo wè yon seri de imaj frapan ki montre timoun k ap mouri grangou e k ap rele osekou. Yo pran yon jounal pou yo li e sa yo wè, se nouvèl konsènan bonm k ap eksploze, k ap detwi kay e k ap touye inosan.

2 Wi, chak jou ki pase, se bagay tèrib k ap rive. Definitivman, sèn monn sa a se chanje l ap chanje, pou l vin pi mal (1 Korentyen 7:31). Gen yon jounal ann Ewòp de Lwès ki fè remake pafwa se kòmsi lemonnantye “ pral pran dife ”. Se pa etonan si de jou an jou vin gen pi plis moun ki fè depresyon. Nan yon ankèt yo te fè sou nouvèl y ap bay nan televizyon Ozetazini, gen yon moun ki te di yon pawòl ki sanble ak sa anpil lòt moun ta di. Men sa li te di : ‘ Lè m fin gad nouvèl, mwen santi m konplètman deprime. Se move nouvèl sèlman yo bay. Sa kraze moral moun. ’

Nouvèl tout moun bezwen tande

3. a) Ki bon nouvèl Bib la anonse ? b) Sa k fè ou bay bon nouvèl Wayòm nan enpòtans ?

3 Nan yon monn sonm konsa, èske li posib pou nou tande bon nouvèl ? Wi, li posib ! Se yon bagay ki rekonfòtan pou nou konnen Bib la anonse bon nouvèl. Se nouvèl ki montre Wayòm Bondye a pral fini ak maladi, grangou, krim, lagè ak tout kalite kalamite (Sòm 46:9 ; 72:12). Èske se pa nouvèl konsa tout moun bezwen tande ? Se egzakteman sa Temwen Jewova yo panse. Se sa k fè, toupatou yo gen repitasyon moun ki toujou ap fè efò pou yo pataje bon nouvèl Wayòm Bondye a ak moun nan tout nasyon. — Matye 24:14.

4. Ki aspè nan ministè nou nou pral egzamine nan atik sa a, e ki aspè nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

4 Ki sa menm nou ka fè pou nou kontinye jwenn satisfaksyon nan predikasyon bon nouvèl la e pou nou jwenn bon rezilta, menm nan tèritwa kote moun yo pa tèlman enterese (Lik 8:15) ? Si nou fè yon egzamen tou kout sou twa aspè enpòtan ki gen nan travay predikasyon nou an, sandout sa ap ede nou. Nou pral egzamine 1) motivasyon nou, oubyen rezon ki fè nou preche, 2) mesaj nou an, sa vle di sa n ap preche a, e 3) metòd nou itilize, oubyen fason nou preche. Si nou toujou gen yon motivasyon ki kòrèk, si mesaj n ap preche a klè, e si metòd nou itilize yo efikas, n ap bay yon latriye moun sou tout tè a opòtinite pou yo tande pi bon nouvèl ki egziste a : bon nouvèl Wayòm Bondye a *.

Rezon ki fè nou patisipe nan predikasyon bon nouvèl la

5. a) Avantou, ki sa ki motive nou pou nou patisipe nan ministè a ? b) Pou ki rezon nou ka di lè nou obeyi kòmandman biblik ki di pou nou preche a se demontre nou demontre lanmou pou Bondye ?

5 Annou konsidere premye aspè a : motivasyon nou. Pou ki rezon nou preche bon nouvèl la ? Nou preche pou menm rezon ak Jezi. Li te di : “ Mwen renmen Papa a. ” ​(Jan 14:31 ; Sòm 40:8). Avantou, se lanmou nou gen pou Bondye ki motive nou (Matye 22:37, 38). Bib la etabli yon rapò ant lanmou pou Bondye ak ministè a, paske li di : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : Se pou nou obsève kòmandman l yo. ” ​(1 Jan 5:3 ; Jan 14:21). Èske kòmandman pou nou “ ale epi fè disip ” la fè pati kòmandman Bondye yo (Matye 28:19) ? Wi. Se vre se Jezi ki di pawòl sa yo, men anfennkont se Jewova ki te bay kòmandman sa a an premye. Poukisa nou di sa ? Jezi esplike : “ Mwen pap fè anyen selon inisyativ pa m. Men, jan Papa a anseye m, mwen di bagay sa yo. ” ​(Jan 8:28 ; Matye 17:5). Pakonsekan, lè nou obsève kòmandman ki di pou nou preche a, nou montre Jewova nou renmen l.

6. Nan ki sans lanmou pou Bondye motive nou pou nou preche ?

6 Anplis de sa, lanmou pou Jewova motive nou pou nou preche paske nou vle kontrekare manti Satan ap simaye sou do l yo (2 Korentyen 4:4). Satan mete an dout jistis dominasyon Bondye (Jenèz 3:1-5). Antanke Temwen Jewova, nou detèmine pou nou jwe wòl pa nou nan devwale manti Satan yo e pou nou patisipe nan sangtifikasyon non Bondye devan limanite (Izayi 43:10-12). Lòt rezon ankò ki fè nou patisipe nan ministè a, se paske nou rive konnen kalite Jewova yo ak fason li aji. Nou santi nou pwòch avèk Li, e nou swaf pale de Bondye nou an ak pwochen nou. Annefè, bonte Jewova ak fason li aji ak jistis fè nou tèlman gen lajwa, nou pa ka sispann pale de li (Sòm 145:7-12). Nou santi nou pouse pou nou fè louwanj pou li epi pou nou pale de “ prensip wo nivo ” li yo ak tout moun ki koute nou. — 1 Pyè 2:9 ; Izayi 43:21.

7. Anplis de lanmou pou Bondye, ki lòt rezon enpòtan ki fè nou patisipe nan travay predikasyon an ?

7 Gen yon lòt rezon enpòtan ki pouse nou kontinye patisipe nan ministè a : nou vle ak tout kè nou pote soulajman bay ni moun ki bouke anba tout move nouvèl k ap vide sou yo san rete, ni moun k ap soufri pou yon rezon oswa pou yon lòt. Nan aktivite sa a, nou fè efò pou nou imite Jezi. Pa egzanp, gade sa ki dekri nan Mak chapit 6.

8. Ki sa sa ki rapòte nan Mak chapit 6 la montre nou konsènan santiman Jezi gen pou moun yo ?

8 Apot yo retounen sot nan yon kanpay predikasyon e y ap rakonte Jezi tout sa yo te fè ak tout sa yo te anseye. Jezi remake apot yo fatige e li di yo pou yo vini ansanm avè l “ pou yo pran yon ti repo ”. Donk, yo monte nan yon bato pou y al yon kote ki trankil. Men, moun yo suiv yo, yo kouri tout arebò lanmè a e tousuit yo rive jwenn yo. Ki sa Jezi fè ? Men sa yo rapòte : “ Li te wè yon gwo foul moun, men li te santi l gen pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki san bèje. E li te kòmanse anseye yo anpil bagay. ” ​(Mak 6:31-34). Pitye Jezi gen pou moun yo pouse l kontinye pataje bon nouvèl la avèk yo malgre li fatige. Li klè, kè Jezi fè l mal pou moun yo. Li gen konpasyon pou yo.

9. Ki sa nou aprann nan sa ki rapòte nan Mak chapit 6 la anrapò ak motivasyon ki kòrèk nou dwe genyen pou nou preche ?

9 Ki sa nou aprann nan sa k te pase a ? Antanke kretyen, nou santi nou gen obligasyon pou nou preche bon nouvèl la e pou nou fè disip. Nou konsyan nou gen responsablite pou nou pwoklame bon nouvèl la, paske se volonte Bondye “ pou tout kalite moun sove ”. (1 Timote 2:4.) Toutfwa, se pa sèlman paske se yon devwa ki fè n ap akonpli ministè nou, men tou se paske nou gen konpasyon pou moun yo. Si nou gen konpasyon pou moun yo menm jan ak Jezi, kè nou ap pouse nou fè tout sa nou kapab pou nou kontinye pataje bon nouvèl la avèk yo (Matye 22:39). Lè se bonjan motivasyon konsa ki fè nou angaje nou nan ministè a, sa ap pouse nou preche bòn nouvèl la san nou pa janm sispann.

Mesaj nou an : bon nouvèl Wayòm nan

10, 11. a) Ki jan Izayi dekri mesaj n ap preche a ? b) Ki jan Jezi te pote yon bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon, e ki jan sèvitè Bondye yo nan tan modèn nan suiv egzanp Jezi ?

10 Ki sa nou ka di konsènan dezyèm aspè ministè nou an : mesaj nou an ? Ki sa n ap preche ? Pwofèt Izayi bay yon bèl deskripsyon sou mesaj n ap pibliye a : “ Ala bèl yo bèl sou tèt mòn yo, pye moun k ap pote bon nouvèl, k ap pibliye lapè, k ap pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon, k ap pibliye delivrans, k ap di Siyon : ‘ Bondye w la vin wa ! ’ ” — Izayi 52:7.

11 Ekspresyon kle ki nan vèsè sa a, se ekspresyon : “ Bondye w la vin wa. ” Sa fè nou sonje mesaj nou ta dwe pwoklame a, sètadi bon nouvèl Wayòm nan (Mak 13:10). N ap remake tou, kòman vèsè a mete aksan sou aspè pozitif mesaj nou an. Izayi itilize yon seri ekspresyon tankou “ delivrans ”, “ bon nouvèl ”, “ lapè ” ak “ bagay ki pi bon ”. Plizyè syèk apre Izayi, nan premye syèk epòk nou an, Jezi Kris te akonpli pwofesi sa a yon fason ki remakab nan bèl egzanp zèl li te demontre nan pwoklame nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon, sa vle di Wayòm Bondye a ki t ap vini (Lik 4:43). Nan tan modèn nan, espesyalman depi 1919, Temwen Jewova yo suiv egzanp Jezi nan pwoklame avèk zèl bon nouvèl Wayòm Bondye a ki tabli ak benediksyon li gen pou l pote.

12. Ki efè bon nouvèl Wayòm nan gen sou moun ki aksepte l ?

12 Ki efè mesaj Wayòm nan gen sou moun ki aksepte l ? Jodi a, menm jan ak epòk Jezi a, bon nouvèl la bay espwa ak rekonfò (Women 12:12 ; 15:4). Li bay moun ki gen kè onèt yo espwa paske yo aprann gen bonjan rezon pou yo kwè gen bon moman k ap vini (Matye 6:9, 10 ; 2 Pyè 3:13). Yon esperans konsa vrèman ede moun ki krenn Bondye pou yo kenbe yon atitid pozitif anrapò ak lavni. Dapre sa salmis la di, yo “ pap pè menm move nouvèl ”. — Sòm 112:1, 7.

Yon mesaj k ap “ panse moun kè yo ap fann ”

13. Ki jan pwofèt Izayi dekri fason moun ki aksepte bon nouvèl la t apral jwenn benediksyon tousuit ?

13 Anplis de sa, bon nouvèl n ap preche a pote soulajman ak benediksyon tousuit pou moun ki koute l. Kòman ? Pwofèt Izayi te site kèk nan benediksyon sa yo lè li te predi : “ Lespri Jewova Souvren Seyè a sou mwen, paske Jewova wenn mwen pou m anonse moun enb yo bon nouvèl. Li voye m panse moun kè yo ap fann, pou pwoklame libète bay moun ki kaptif yo, pou anonse prizonye yo je yo ap ouvri nèt, pou pwoklame ane byenveyans Jewova a ak jou vanjans Bondye nou an, pou konsole tout moun ki andèy. ” — Izayi 61:1, 2 ; Lik 4:16-21.

14. a) Ki sa ekspresyon “ panse moun kè yo ap fann ” nan endike konsènan mesaj Wayòm nan ? b) Ki jan nou ka reflete sousi Jewova gen pou moun kè yo ap fann yo ?

14 Ann amoni ak pwofesi sa a, Jezi te “ panse moun kè yo ap fann ” grasa predikasyon bon nouvèl la. Ala yon deskripsyon frapan Izayi itilize ! Selon yon diksyonè biblik, mo ebre lè li tradui ki bay “ panse ” a “ souvan yo itilize l nan sans ‘ vlope ’ ak yon bandaj, e yo itilize l tou nan sans mete medikaman pou geri plè ”. Yon mis ki gen sousi pou moun kapab itilize yon bandaj oubyen yon konprès pou l vlope pati nan kò yon moun ki blese, pou ba l sipò. Menm jan an tou, lè pwoklamatè ki gen sousi pou moun yo ap preche mesaj Wayòm nan, tout moun k ap soufri nan yon fason kèlkonk e ki aksepte mesaj Wayòm nan, yo ba yo sipò. E lè yo soutni moun ki bezwen sipò, yo reflete sousi Jewova gen pou moun (Ezekyèl 34:15, 16). Konsènan Jewova, men sa yon salmis di : “ Li geri moun kè yo ap fann, e li bande kote k ap fè yo mal. ” — Sòm 147:3.

Fason mesaj Wayòm nan aji sou lavi moun

15, 16. Ki egzanp vivan ki montre kòman mesaj Wayòm nan soutni moun ki bezwen sa e li fòtifye yo ?

15 Gen anpil egzanp vivan ki montre kòman toutbonvre mesaj Wayòm nan soutni moun kè yo ap fann e li fòtifye yo. Annou pran Oreanna, yon dam aje ann Amerik di Sid ki pa t anvi viv ankò. Yon Temwen Jewova te kòmanse vizite Oreanna epi li te kòmanse li Bib la pou li ansanm ak liv ki rele Liv istwa biblik mwen an *. Okòmansman, dam sa a, ki te dekouraje, t ap koute lekti a pandan li kouche je fèmen sou kabann li, epi tanzantan li fè yon soupi. Sepandan, sa pa t pran tan pou l te kòmanse fè efò pou l chita sou kabann li pandan lekti a. Kèk tan apre, li te chita sou yon chèz nan salon lakay li ap tann sè ki t ap etidye Labib avè l la. Apre sa, dam nan te kòmanse asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan. Sa l te aprann nan reyinyon yo te tèlman ankouraje l, li te kòmanse ofri piblikasyon biblik bay kèlkeswa moun k ap pase bò lakay li. E finalman, a 93 an, Oreanna batize li vin yon Temwen Jewova. Mesaj Wayòm nan te fè l vin anvi viv ankò. — Pwovèb 15:30 ; 16:24.

16 Menm moun ki konnen maladi yo genyen prèske mete yon bout nan lavi yo, mesaj Wayòm nan soutni yo seryezman. Annou pran egzanp Maria ki t ap viv ann Ewòp de Lwès. Li t ap soufri anba yon maladi mòtèl ki pa gen gerizon e li te pèdi tout espwa. Se yon moun ki te dekouraje anpil nan moman Temwen Jewova yo te pran kontak avè l. Sepandan, lè li te aprann objektif Bondye genyen, lavi l te vin gen yon sans ankò. Li te vin batize e li te vin aktif anpil nan travay predikasyon an. Nan de dènye ane li pase anvan l mouri, je li te briye ak esperans ansanm ak lajwa. Maria mouri avèk yon espwa fèm nan rezirèksyon an. — Women 8:38, 39.

17. a) Ki jan mesaj Wayòm nan aji sou lavi moun ki aksepte l ? b) Nan ki domèn ou menm pèsonèlman ou te fè eksperyans Jewova konn “ soutni tout moun k ap tonbe ” ?

17 Eksperyans konsa pwouve kòman mesaj Wayòm nan ka aji sou lavi moun ki swaf verite ki nan Bib la. Moun ki nan lapenn akoz moun pa yo ki mouri rejwenn fòs lè yo vin gen konesans sou esperans rezirèksyon an (1 Tesalonisyen 4:13). Moun k ap viv nan povrete e k ap lite pou yo nouri fanmi yo santi yo rejwenn diyite ak kouraj lè yo aprann Jewova pap janm abandone yo si yo rete fidèl avè l (Sòm 37:28). Grasa èd Jewova, anpil moun ki te santi depresyon soti pou pote yo ale, tikras pa tikras yo devlope fòs ki pèmèt yo reziste, e nan kèk ka yo konn menm rive venk maladi sa a (Sòm 40:1, 2). Pa gen dout nan sa, grasa pisans Jewova bay pa mwayen Pawòl li, depi kounye a menm li “ soutni tout moun k ap tonbe ”. (Sòm 145:14.) Lè nou konsidere fason bon nouvèl Wayòm nan pote rekonfò pou moun kè yo ap fann ni nan tèritwa nou ni nan kongregasyon an, sa fè nou toujou sonje se nou menm ki gen pi bon nouvèl ki egziste jodi a ! — Sòm 51:17.

“ Siplikasyon mwen fè Bondye pou yo ”

18. Lefètke Juif yo te rejte bon nouvèl la, ki jan sa te afekte Pòl, e poukisa ?

18 Malgre mesaj nou an se pi bon nouvèl ki egziste, gen anpil moun ki rejte l. Ki jan sa ka afekte nou ? Menm jan sa te afekte apot Pòl. Li te konn preche Juif yo souvan, men pifò nan yo te rejte mesaj delivrans lan. Reyaksyon negatif yo te genyen an te afekte Pòl anpil. Men sa li te rekonèt : “ Nan kè m, mwen gen yon gwo tristès ak yon doulè ki pa janm pase. ” ​(Women 9:2). Pòl te gen konpasyon pou Juif li t ap preche yo. Lefètke yo te rejte bon nouvèl la, sa te fè l tris.

19. a) Poukisa nou ka konprann sa k fè nou ka dekouraje pafwa ? b) Ki sa ki te ede Pòl kontinye nan travay predikasyon l lan ?

19 Nou menm tou, se konpasyon ki pouse nou preche bon nouvèl la. Donk, nou ka konprann yon moun ka santi l dekouraje lè anpil moun rejte mesaj Wayòm nan. Lè nou santi nou konsa, sa montre nou sousye nou toutbonvre de byennèt espirityèl moun n ap preche yo. Sepandan, nou ta dwe sonje egzanp apot Pòl. Ki sa ki te ede l kontinye nan travay predikasyon l lan ? Byenke sa te fè Pòl tris anpil e sa te fè l lapenn lefètke Juif yo te rejte bon nouvèl la, li pa t bay tout Juif yo vag pou l ta panse yo se ka pèdi. Li te gen espwa te toujou gen kèk Juif ki t ap aksepte Kris. Se sa k fè, pou Pòl eksprime santiman li genyen pou chak Juif an patikilye, men sa li te ekri : “ Byenveyans mwen gen nan kè m ansanm ak siplikasyon m ap fè Bondye pou yo, an reyalite, se pou delivrans yo. ” — Women 10:1.

20, 21. a) Anrapò ak ministè nou, ki jan nou ka suiv egzanp apot Pòl ? b) Ki aspè nan ministè nou nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

20 Remake de bagay Pòl atire atansyon sou yo : li te gen dezi nan kè l pou kèk moun ta rive jwenn delivrans lan e li te sipliye Bondye nan sans sa a. Jodi a, nou suiv egzanp Pòl, nou toujou kenbe yon dezi sensè pou nou rive jwenn moun ki nan dispozisyon kòrèk pou bon nouvèl la. Nou kontinye priye Jewova pou li ede nou jwenn moun sa yo pou nou ka ede yo suiv chemen k ap mennen nan delivrans yo a. — Pwovèb 11:30 ; Ezekyèl 33:11 ; Jan 6:44.

21 Sepandan, pou nou rive touche plis moun posib ak mesaj Wayòm nan, nou bezwen prete atansyon nonsèlman ak rezon ki fè n ap preche ansanm ak mesaj n ap preche a, men tou nou bezwen prete atansyon ak fason n ap preche. Se sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Atik sa a pral egzamine de premye aspè yo, epi atik ki vin apre a pral egzamine twazyèm aspè a.

^ § 15 Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Ki sa nou aprann ?

• Pou ki rezon nou patisipe nan ministè a ?

• Ki tèm prensipal mesaj n ap preche a ?

• Ki benediksyon moun ki aksepte mesaj Wayòm nan jwenn ?

• Ki sa k ap ede nou kontinye nan ministè nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Mesaj Wayòm nan fòtifye moun kè yo ap fann.

[Foto nan paj 26]

Lapriyè ede nou andire nan ministè nou.