Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Paran, bay fanmi nou sa yo gen bezwen

Paran, bay fanmi nou sa yo gen bezwen

Paran, bay fanmi nou sa yo gen bezwen

“ Si yon moun pa bay moun pa li yo sa yo bezwen, [...] li renye lafwa. ” — 1 Timote 5:8.

1, 2. a) Poukisa li ankourajan pou nou wè fanmi yo k ap asiste reyinyon ansanm ? b) Site kèk difikilte fanmi yo dwe venk pou yo ka rive nan reyinyon alè.

SI W fè yon koudèy nan kongregasyon w ye a anvan reyinyon kòmanse, siman w ap wè timoun ki byen pwòp, byen abiye, ki chita bò kot paran yo. Lè n ap obsève lanmou fanmi sa yo demontre pou Jewova e lanmou yo gen nan mitan yo, èske se pa yon bagay ki agreyab ? Men, li fasil pou yon moun bliye kantite efò ki fèt nan yon fanmi pou tout moun ka la alè nan reyinyon yo.

2 Pifò paran okipe anpil pandan tout jounen an, e jou ki gen reyinyon yo, fanmi yo vin gen plis aktivite. Fòk yo fè manje, fòk yo fè travay nan kay, san konte devwa ki pou fin fèt. Se pou paran yo chaj la pi lou, paske fòk yo asire yo tout moun byen pwòp, yo gentan manje e yo pare atan. Men, lè w gen timoun piti, sa w pap atann nan ka rive lè w pa ta panse. Pi gran an chire pantalon l pandan l ap jwe. Manje pi piti a ap ranvèse sot tonbe. Timoun yo kòmanse fè yon bann pale anpil (Pwovèb 22:15). Sa vin fè, menmsi paran yo byen planifye, tout preparasyon yo fè yo ka tonbe nan dlo. Men kanmenm, fanmi an prèske toujou la nan Sal Wayòm nan depi anvan reyinyon kòmanse. Èske se pa ankourajan pou nou wè fanmi sa yo la, semèn apre semèn, ane apre ane, e timoun yo ap kontinye sèvi Jewova toutpandan y ap grandi ?

3. Ki jan nou fè konnen Jewova bay fanmi yo anpil enpòtans ?

3 Byenke travay ou antanke paran kapab difisil pafwa, ou ka menm konn santi w about, ou mèt asire w Jewova apresye efò w ap fè yo anpil. Se Jewova okòmansman ki te pran dispozisyon pou gen fanmi. Pawòl li di se li menm ki pèmèt tout fanmi “ gen yon non ”, sa vle di se li menm ki fè yo egziste (Efezyen 3:14, 15). Kidonk, paran, lè n ap fè efò pou nou akonpli responsablite nou genyen nan fanmi nou kòrèkteman, se Souvren Seyè linivè a n ap onore (1 Korentyen 10:31). Èske sa se pa yon gwo privilèj ? Si se sa, li apwopriye pou nou egzamine travay sa a Jewova bay paran yo. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa sa vle di bay fanmi nou sa yo gen bezwen. Annou egzamine twa domèn Bondye atann pou paran yo pran swen fanmi yo.

Nan domèn materyèl

4. Selon dispozisyon Jewova tabli, kiyès nan fanmi an ki gen responsablite pou bay timoun yo sa yo gen bezwen ?

4 Men sa apot Pòl te ekri : “ Sètènman, si yon moun pa bay moun pa li yo sa yo bezwen, sitou sa ki manm kò kay li, li renye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa. ” ​(1 Timote 5:8). Kiyès Pòl te gen nan lespri l lè l di “ yon moun ” nan vèsè a ? Se chèf fanmi an, an jeneral papa a. Bondye bay medam yo yon wòl onorab tou, se yo menm k ap ede mari yo (Jenèz 2:18). Nan tan biblik yo, byen souvan, medam yo te konn ede mari yo bay fanmi yo sa yo gen bezwen (Pwovèb 31:13, 14, 16). Men jodi a, plis pase tout lòt lè, li kouran pou w wè fanmi kote se yon sèl paran ki la *. Anpil paran kretyen ki poukont yo merite admirasyon pou efò y ap fè pou yo pran swen fanmi yo. Natirèlman, nan yon fanmi, li toujou pi bon pou ni papa ni manman la, e pou papa a pran latèt nan fanmi an.

5, 6. a) Site kèk difikilte moun k ap eseye bay fanmi yo sa yo gen bezwen nan domèn materyèl oblije fè fas. b) Ki pwennvi sou travay pwofàn yon chèf fanmi bezwen genyen k ap ede l pèsevere ?

5 Nan 1 Timote 5:8 la, ki jan de bezwen Pòl te gen nan lespri l ? Kontèks la montre Pòl t ap pale dirèkteman konsènan bezwen fanmi an nan domèn materyèl. Nan monn nan jodi a, yon chèf fanmi gen pou l fè fas ak anpil obstak pou l ka rive pran swen fanmi l nan domèn sa a. Gen anpil sitiyasyon ki lakòz gwo pwoblèm ekonomik toupatou nan monn nan. Pa egzanp, anpil moun pèdi djòb yo, anpil lòt te deja pap travay, san konte lavi a k ap vin pi chè de jou an jou. Ki sa ki ka ede yon chèf fanmi lè l anfas jan de sitiyasyon difisil sa yo ?

6 Yon paran fèt pou l sonje sa l ap fè a se responsablite Jewova ba li. Selon pawòl enspire Pòl di la yo, yon moun ki anmezi pou l obeyi kòmandman sa a men ki pa fè l, moun sa a konparab ak yon moun ki “ renye lafwa ”. Yon kretyen ap fè tout sa l kapab pou se pa konsa Bondye konsidere l. Malerezman, anpil moun k ap viv jodi a pa gen “ afeksyon natirèl ”. (2 Timote 3:1, 3.) Sa vin fè gen yon kantite papa k ap kouri pou responsablite yo, ki abandone fanmi yo, kite yo nan pwoblèm. Se pa konsa mari kretyen yo ye. Yo pa ensansib ni yo pa neglijan anrapò ak responsablite yo genyen pou bay fanmi yo sa yo gen bezwen. Paran kretyen yo, kontrèman ak anpil kòlèg travay yo, konsidere menm travay ki pi degradan an kòm yon travay ki enpòtan, ki onorab, kòm yon mwayen pou yo fè Jewova Dye plezi, piske travay sa a ap pèmèt yo pran swen moun pa yo.

7. Poukisa l ap bon pou paran yo reflechi sou egzanp Jezi kite ?

7 L ap pwofitab pou chèf fanmi yo lè yo konsidere egzanp pafè Jezi kite. Pa bliye, Bib la pale de Jezi, nan yon kontèks pwofetik, antanke “ Papa etènèl ” nou (Izayi 9:6, 7). Jezi, antanke “ dènye Adan ” an, ranplase toutbonvre “ premye òm nan, Adan ”, li vin papa tout imen ki egzèse lafwa (1 Korentyen 15:45). Jezi se yon papa ideyal, li diferan de Adan, ki li menm se yon papa egoyis, ki te wè tèt li sèlman. Men sa Bib la di konsènan Jezi : “ Se konsa nou vin konnen lanmou, paske sila a te livre nanm li pou nou. ” ​(1 Jan 3:16). Wi, Jezi te bay pwòp vi l pou lòt moun volontèman. Men tou, nan lavi li chak jou, li te mete bezwen lòt moun anvan bezwen pa l, menm nan kesyon ki pa gen anpil enpòtans. Paran, si nou imite espri sakrifis Jezi te genyen, l ap bon ni pou nou ni pou fanmi nou.

8, 9. a) Ki leson paran yo ka aprann nan fason zwazo yo pran swen pitit yo ? b) Ki jan anpil paran kretyen demontre yo gen espri sakrifis ?

8 Gen yon pawòl Jezi te di pèp Bondye a poutèt yo te rebèl ki kapab aprann paran yo anpil bagay konsènan lanmou san enterè yo dwe demontre. Men sa Jezi te di : “ Se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li anba zèl li ! ” ​(Matye 23:37). Jezi sèvi ak yon imaj vivan : yon manman poul k ap pwoteje ti poul li anba zèl li. Vrèmanvre, paran yo kapab aprann anpil bagay nan ensten yon zwazo genyen pou l pwoteje pitit li lè gen danje, kote li menm pare pou l met vi pa l an danje pou l fè sa. Anplis de sa, se bèl bagay lè n ap gade sa zwazo yo ap fè jou apre jou pou pitit yo. Y ap vole adwat agoch san pran souf pou yo chèche manje. Menm lè yo bouke, y al lage manje a kanmenm nan bouch ti zwazo yo ki rete ak bèk yo tou ouvè ap tann. Ti zwazo yo annik vale manje a, e jeneralman yo kòmanse mande ankò menm kote a. Anpil nan kreyati Jewova yo “ saj grasa ensten yo ” nan fason yo konble bezwen pitit yo. — Pwovèb 30:24.

9 Menm jan an tou, toupatou sou tè a, paran ki kretyen yo montre yon etadespri ki merite admirasyon. Nou prefere soufri nou menm pase pou nou ta kite pitit nou soufri. Anplis de sa, se chak jou n ap fè sakrifis volontèman pou nou bay fanmi nou sa yo gen bezwen. Anpil nan nou leve bonè pou nou fè yon travay ki fatigan. Nou travay di anpil pou nou met moso manje sou tab lakay nou. Nou redi kont redi nou pou pitit nou ka gen rad pou yo mete, yon kote pou yo rete, e pou yo jwenn bonjan enstriksyon. E nou kontinye ap fè sa jou apre jou, ane apre ane. Asireman, sakrifis ak andirans sa yo nou demontre, pap manke pa fè Jewova plezi (Ebre 13:16) ! Men, sa pou nou sonje tou, gen lòt domèn ki pi enpòtan toujou pou nou bay moun pa nou yo sa yo gen bezwen.

Nan domèn espirityèl

10, 11. Nan tout bezwen lèzòm genyen, kiyès ki pi enpòtan, e ki sa paran kretyen yo dwe fè toudabò pou yo ka konble bezwen sa a lakay pitit yo ?

10 Pran swen fanmi nan domèn espirityèl pi enpòtan toujou pase pran swen yo nan domèn materyèl. Men sa Jezi te di : “ Lòm dwe viv, pa ak pen sèlman, men ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova. ” ​(Matye 4:4 ; 5:3). Paran, ki sa nou ka fè pou nou pran swen fanmi nou nan domèn espirityèl ?

11 Lè yo abòde sijè sa a, petèt pa gen yon lòt vèsè yo site pi souvan pase Detewonòm 6:5-7. Silvouplè, ouvri bib nou epi li vèsè sa yo. Remake se paran yo an premye yo mande pou travay sou pwòp espirityalite yo, pou yo gen lanmou pou Jewova e pou yo kenbe pawòl li nan kè yo. Wi, nou bezwen etidye Pawòl Bondye a seryezman, nou bezwen li Bib la regilyèman epi medite sou li. Konsa, n ap vin pi byen konprann fason Jewova aji, n ap pi byen konprann prensip li ak lwa li e n ap vin renmen yo. Sa ap vin fè kè nou ranpli ak verite estrawòdinè ki soti nan Bib la, verite k ap fè nou santi nou kontan, e k ap fè nou respekte Jewova e renmen l anmenmtan. Nou pral gen yon bann bon bagay pou nou pataje ak pitit nou. — Lik 6:45.

12. Ki jan paran yo ka imite Jezi lè pou yo fè verite ki nan Bib la “ antre nan lespri ” pitit yo ?

12 Paran ki djanm espirityèlman byen prepare pou yo aplike enstriksyon ki nan Detewonòm 6:7 la ki mande pou yo pwofite tout okazyon pou yo fè pawòl Jewova “ antre nan lespri ” pitit yo. ‘ Fè antre nan lespri ’ mande pou nou anseye pa mwayen repetisyon. Jewova konnen jan nou tout, sitou timoun, nou bezwen pou yo repete nou yon bagay pou nou ka sonje l. Se pou sa tou Jezi te sèvi ak repetisyon nan ministè l. Pa egzanp, lè pou l te anseye disip li yo pou yo enb olye pou yo ògeye, olye pou yo nan konpetisyon youn ak lòt, li te itilize plizyè mwayen pou l anseye yo menm prensip la. Tanto li rezone avèk yo, pafwa se yon egzanp li ba yo, e li te menm ba yo yon demonstrasyon (Matye 18:1-4 ; 20:25-27 ; Jan 13:12-15). Sa ki remakab lakay Jezi, sèke li pa t janm montre li enpasyan. Menm jan an tou, paran yo bezwen jwenn metòd pou yo anseye pitit yo verite de baz yo, pou yo repete yo prensip Jewova yo avèk pasyans jiskaske pitit yo konprann yo e aplike yo.

13, 14. Site kèk okazyon paran yo ka pwofite pou antre verite ki nan Bib la nan lespri pitit yo, e ak ki sa yo ka sèvi pou yo fè sa ?

13 Etid familyal se okazyon ideyal pou anseye timoun yo. Annefè, yon etid familyal ki fèt regilyèman, ki edifyan e ki fè tout moun kontan, se yon aktivite esansyèl pou espirityalite fanmi an. Fanmi kretyen sou tout tè a renmen etid sa yo anpil. Yo sèvi ak piblikasyon yo jwenn pa mwayen òganizasyon Jewova a e yo adapte etid la selon bezwen timoun yo. Nan domèn sa a, liv Écoute le grand Enseignant an se yon bijou li ye, ni liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques la *. Men, se pa sèl lè gen etid familyal pou yo anseye timoun yo.

14 Paran, jan nou wè Detewonòm 6:7 la montre sa, gen anpil okazyon nou ka pwofite pou nou pale de sijè espirityèl ak pitit nou. Keseswa se lè n ap vwayaje ansanm, lè n ap fè travay nan kay, oswa lè n ap detann nou, nou ka jwenn okazyon pou nou konble bezwen espirityèl pitit nou. Natirèlman, sa pa vle di nou oblije sèvi ak verite ki nan Bib la pou nou toujou ap blame timoun nou yo. Men pito, eseye kenbe konvèsasyon anndan fanmi an nan yon nivo espirityèl ki edifyan. Pa egzanp, Réveillez-vous ! gen yon bann atik ki trete tout kalite sijè. Atik sa yo tou ouvri pòt pou konvèsasyon konsènan bèt Jewova kreye yo, konsènan yon seri bèl kote ki gen sou tè a ak varyete estrawòdinè ki genyen nan kilti lèzòm ak nan fason moun ap viv. Jan de konvèsasyon konsa kapab ankouraje timoun yo pou yo li plis toujou piblikasyon klas esklav fidèl ki prevwayan an founi nou. — Matye 24:45-47.

15. Ki jan paran yo kapab ede pitit yo pou yo wè ministè a se yon travay ki enteresan e ki pote byenfè ?

15 Konvèsasyon edifyan n ap genyen avèk pitit nou ap ede nou konble yon lòt fasèt nan bezwen espirityèl yo. Timoun yo, antanke kretyen, bezwen aprann pataje kwayans yo ak lòt moun avèk efikasite. Pandan n ap pale avèk yo sou yon seri sijè enteresan ki gen nan Toudegad ak nan Réveillez-vous !, nou kapab chèche okazyon pou nou konekte ide yo ak ministè a. Pa egzanp, nou kapab poze kesyon sa yo : “ Ou pa twouve sa t ap bèl si plis moun konnen sa konsènan Jewova ? Ki jan w panse nou ka eveye enterè yon moun pou sijè sa a ? ” Jan de konvèsasyon konsa kapab ede jèn yo pou yo vin plis anvi pataje sa yo aprann yo ak lòt moun. Epi, lè nou nan predikasyon ak pitit nou, y ap wè ak de je yo ki jan n ap itilize sijè nou te pale ansanm sou li a. Y ap aprann tou travay predikasyon an se yon travay ki enteresan, ki agreyab, ki bay satisfaksyon ak lajwa. — Travay 20:35.

16. Ki sa timoun yo ka aprann lè yo koute paran yo k ap priye ?

16 Lapriyè se yon lòt mwayen ankò paran yo genyen pou yo konble bezwen pitit yo nan domèn espirityèl. Jezi te montre disip li yo ki jan pou yo priye, e li te priye avèk yo nan plizyè okazyon (Lik 11:1-13). Nou pa bezwen mande ki jan sa te pwofitab pou yo lefètke yo te konn priye ansanm ak Pitit Jewova a an pèsòn ! Menm jan an tou, pitit nou kapab aprann anpil bagay nan priyè nou yo. Pa egzanp, yo kapab vin aprann Jewova vle pou nou santi nou lib lè n ap pale avè l, pou nou ouvri kè nou ba li, pou nou pale avè l sou nenpòt pwoblèm nou genyen. Wi, priyè nou yo ka ede pitit nou vin konprann yon verite espirityèl ki endispansab : yo ka gen yon relasyon pèsonèl avèk Papa yo ki nan syèl la. — 1 Pyè 5:7.

Nan domèn afektif

17, 18. a) Ki jan Bib la demontre enpòtans pou paran yo montre timoun yo yo renmen yo ? b) Ki jan papa yo dwe imite Jewova lè pou yo eksprime lanmou yo genyen pou pitit yo ?

17 Natirèlman, timoun yo gen gwo bezwen nan domèn afektif tou. Pawòl Bondye a di paran yo li enpòtan pou yo konble bezwen sa yo tou. Pa egzanp, li egzòte jèn medam yo pou yo “ renmen pitit yo ”. Si jèn manman yo ta renmen pitit yo, sa t ap gen efè sou yo antanke manman, sa t ap fè yo pran tèt yo, oubyen ankò yo t ap vin “ gen bonsans ”. (Tit 2:4, nòt anba paj.) An reyalite, li saj pou yon moun demontre pitit li li renmen l. Sa aprann timoun nan pou l gen lanmou, e anplis sa pote byenfè dirab. Tandiske, se yon bagay ki derezonab si yon paran pa ta demontre pitit li li renmen l. Sa lakòz gwo chagren, epi paran an pa imite Jewova, li menm ki demontre gwo lanmou pou nou, malgre enpèfeksyon nou. — Sòm 103:8-14.

18 Jewova menm pran inisyativ pou renmen pitit li gen sou tè a. Tankou 1 Jan 4:19 di sa, “ li te renmen nou an premye ”. Nou menm Papa, an patikilye, nou dwe imite Jewova nan sans sa a. Nou dwe pran inisyativ pou nou bati yon relasyon ki baze sou lanmou ak pitit nou. Bib la egzòte papa yo pou yo pa plede irite pitit yo yon fason “ pou yo pa dekouraje ”. (Kolosyen 3:21.) Nanpwen bagay ki ka irite yon timoun konsa lè l gen enpresyon papa l ak manman l pa renmen l, oubyen li pa gen valè nan je yo. Yon papa ki jennen pou l eksprime santiman l ta fèt pou l sonje egzanp Jewova. Detan Jewova nan syèl la, li te pale pou l di Pitit Gason l lan jan li renmen l, jan li apwouve l (Matye 3:17 ; 17:5). Se pa ti ankouraje pawòl sa yo dwe te ankouraje Jezi ! Menm jan an tou, lè yon paran di pitit li li renmen l, li apresye l, sa bay timoun nan fòs, sa ankouraje l.

19. Poukisa li enpòtan pou paran ki kretyen yo disipline pitit yo, e ki ekilib yo dwe fè efò pou yo jwenn ?

19 Natirèlman, se pa nan bouch sèlman paran yo ap eksprime lanmou yo gen pou pitit yo. Se nan aksyon yo dwe toudabò demontre lanmou yo. Lè paran yo pran swen pitit yo ni nan domèn materyèl, ni nan domèn espirityèl, se yon fason yo eksprime lanmou yo, sitou si fason yo fè sa a demontre se lanmou ki prensipal motivasyon yo. Lòt bagay ankò ki demontre lanmou paran yo genyen se lè yo disipline pitit yo, e se yon bagay ki endispansab. Èske se pa “ moun Jewova renmen li disipline ” ? (Ebre 12:6.) Epitou, si yon paran pa ta disipline pitit li, sa t ap montre li rayi timoun sa a (Pwovèb 13:24). Jewova toujou disipline avèk ekilib, li fè sa “ nan yon mezi ki apwopriye ”. (Jeremi 46:28.) Li pa toujou fasil pou paran yo jwenn ekilib sa a, paske yo enpafè. Toutfwa, sa vo lapèn pou nou fè efò pou nou jwenn li. Lè nou disipline yon timoun avèk amou, men avèk fèmte, sa ap ede l lè l vin gran pou l mennen yon vi ki ere e ki anrichisan (Pwovèb 22:6). Èske se pa sa tout paran ta renmen pou pitit yo ?

20. Ki jan paran yo ka bay pitit yo meyè posiblite ki genyen pou yo “ chwazi lavi ” ?

20 Paran, lè nou akonpli travay enpòtan sa a Jewova konfye nou an, sa vle di lè nou konble bezwen pitit nou nan domèn materyèl, espirityèl ak afektif, rekonpans yo anpil. Lè nou fè sa, nou bay timoun nan meyè posiblite ki genyen pou l “ chwazi lavi ” epi apre sa pou l “ rete an vi ”. (Detewonòm 30:19.) Timoun ki chwazi pou yo sèvi Jewova e ki rete sou chemen lavi a, toutpandan y ap vin gen plis matirite, yo fè paran yo gen yon jwa ki san parèy (Sòm 127:3-5). E jwa sa a ap dire pou toutan. Men, ki jan nou menm jèn nou kapab louwe Jewova depi kounye a ? Atik ki vin apre a pral egzamine sijè sa a.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Nan atik sa a, se gason an n ap konsidere kòm moun k ap bay manm fanmi l sa yo gen bezwen. Sepandan, menm prensip yo valab pou kretyèn yo lè se yo ki prensipal moun ki responsab pou pran swen fanmi yo.

^ § 13 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa yo.

Ki repons nou ta bay ?

Ki sa paran yo ka fè pou yo konble bezwen pitit yo :

• nan domèn materyèl ?

• nan domèn espirityèl ?

• nan domèn afektif ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Anpil zwazo travay san pran souf pou pran swen pitit yo.

[Foto nan paj 10]

Paran yo dwe toudabò travay sou pwòp espirityalite yo.

[Foto nan paj 10, 11]

Paran yo ka jwenn anpil okazyon pou yo anseye pitit yo sou Kreyatè a.

[Foto nan paj 12]

Timoun yo jwenn fòs ak kouraj lè paran yo montre yo apresye yo.