Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan premye liv Wa yo

Pwen enteresan ki nan premye liv Wa yo

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan premye liv Wa yo

“LÈ MOUN ki jis yo vin anpil, pèp la rejwi. Men lè se yon mechan k ap dirije, pèp la soupire. ” ​(Pwovèb 29:2). Premye liv Wa yo montre verite ki nan pwovèb sa a avèk fòs. Li rapòte istwa lavi Salomon, kòman sou rèy li, Izrayèl te viv yon peryòd sekirite e li te vin pwospere anpil. Premye Wa rakonte tou divizyon nasyon an apre lanmò Salomon, e li pale de 14 wa ki te vin apre l yo, ni nan Izrayèl ni nan Jida. Se sèlman de nan wa sa yo ki te toujou rete fidèl devan Jewova. Anplis de sa, liv la pale de aktivite sis pwofèt, pami yo nou jwenn Eliya.

Se pwofèt Jeremi ki ekri premye liv Wa yo. Li te ekri l nan Jerizalèm ak Jida, e liv sa a kouvri yon peryòd 129 ane, soti nan ane 1040 anvan epòk nou an pou rive nan ane 911 anvan epòk nou an. Pandan Jeremi t ap konpile liv la, li t al fouye nan kèk ansyen dokiman tankou “ liv istwa Salomon an ”, pa egzanp. Lòt liv sa yo pa egziste ankò. — 1 Wa 11:41 ; 14:19 ; 15:7.

YON WA SAJ K AP FAVORIZE LAPÈ AK PWOSPERITE

(1 Wa 1:1–11:43)

Premye Wa kòmanse avèk yon istwa pasyonan. Se istwa kote Adoniya, pitit David, te eseye pran wayòm papa l la, alòske li pa t gen dwa pou l fè sa. Pwofèt Natàn aji vit e li te rive detounen plan an, e se Salomon, yon lòt pitit David, ki vin wa. Jewova te renmen sa wa ki te fèk monte sou twòn nan te mande l la e li te ba li “ yon kè ki saj e ki entèlijan ” ansanm ak ‘ richès ak glwa ’. (1 Wa 3:12, 13.) Sajès wa a te san parèy, e richès li te enkonparab. Pandan peryòd sa a, te gen lapè ak pwosperite ann Izrayèl.

Pami gwo konstriksyon Salomon te acheve, gen tanp Jewova a ansanm ak plizyè lòt edifis pou gouvènman an. Jewova asire Salomon ‘ l ap etabli twòn wayòm li an sou Izrayèl pou tan endefini ’, depi wa a rete obeyisan (1 Wa 9:4, 5). Vrè Dye a avèti l tou sou konsekans sa ap genyen si l dezobeyi. Malgre sa, Salomon vin gen yon bann madanm etranje. Akoz enfliyans medam sa yo, lè Salomon vin granmoun, li vin tonbe nan adore fo dye. Jewova predi wayòm li an gen pou l divize. Nan ane 997 anvan epòk nou an, Salomon mouri, apre karant an li fin pase ap reye. Se pitit li Rehabam ki monte sou twòn nan.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:5 — Poukisa Adoniya te eseye fè dappiyanp sou twòn nan alòske David te toujou vivan ? Bib la pa di poukisa. Sepandan, li rezonab pou nou panse piske Amnòn ak Absalòm, de gran frè Adoniya yo, te deja mouri, e petèt Kileyab, yon lòt pitit David, te deja mouri tou, Adoniya te panse se li ki gen dwa pou monte sou twòn nan piske se li ki te pi gran nan tout rès pitit David yo (2 Samyèl 3:2-4 ; 13:28, 29 ; 18:14-17). Etandone Adoniya te jwenn sipò Yowab, chèf pisan lame a, ansanm ak Abyata, yon gran prèt ki gen anpil enfliyans, sanble li te gen konviksyon kou li t ap eseye fè a t ap reyisi. Bib la pa di si li te konnen David te gen entansyon fè Salomon eritye twòn nan. Sepandan, nan “ yon sakrifis ” Adoniya t ap òganize, li pa t envite ni Salomon ni lòt moun ki te fidèl ak David yo (1 Wa 1:9, 10). Sa lese konprann li te konsidere Salomon kòm yon rival.

1:49-53 ; 2:13-25 — Poukisa Salomon te touye Adoniya apre l te fin padone l ? Menmsi Batcheba pa t rive konprann sa, Salomon te disène ki sa k te dèyè tèt Adoniya toutbon lè l te fè Batcheba mande wa a pou ba l Abichag kòm madanm. Byenke David pa t janm gen relasyon avèk Abichag, yo te kanmenm konsidere bèl ti dam sa a kòm madanm sou kote David. Selon koutim epòk sa a, Abichag ta dwe vin pou moun ki t ava eritye legal David la sèlman. Siman Adoniya te panse si l pran Abichag pou madanm, li t ap ka fè yon lòt tantativ pou l pran twòn nan. Salomon te wè nan demann Adoniya a tout anbisyon misye te genyen pou wayòm nan, se pou sa li te retounen sou desizyon li te pran pou l padone l la.

6:37–8:2 — Ki lè yo te inogire tanp lan ? Tanp lan te fini nan uityèm mwa ane 1027 anvan epòk nou an, nan onzyèm ane rèy Salomon. Sanble sa te pran 11 mwa pou yo pote akseswa met anndan tanp lan e pou yo te fè lòt preparasyon ankò. Yo te fè inogirasyon an nan setyèm mwa ane 1026 anvan epòk nou an. Nan liv la, yo dekri lòt konstriksyon yo te reyalize apre yo fin acheve tanp lan e anvan yo pale de inogirasyon l. Siman se pou kenbe sijè a sou pwogram konstriksyon ki te reyalize pandan peryòd la ki fè yo fè l konsa. — 2 Kwonik 5:1-3.

9:10-13 — Lefètke Salomon te bay Iram, wa Ti a, 20 vil nan peyi Galile, èske sa te ann amoni ak Lwa Moyiz la ? Jan sa mansyone nan Levitik 25:23, 24, yo te gendwa konsidere egzijans Lalwa fè a anrapò ak zòn kote Izrayelit yo ap viv la sèlman. Li posib pou se moun ki pa t Izrayelit ki t ap viv nan vil Salomon bay Iram yo, byenke tè sa yo te anndan fwontyè Latè pwomiz (Egzòd 23:31). Petèt tou aksyon Salomon an se te yon siy ki montre li pa t respekte Lalwa konplètman, menm jan ak lè li te “ ogmante kantite cheval li genyen ” e li te pran anpil madanm (Detewonòm 17:16, 17). Antouka, Iram pa t satisfè ak kado a. Petèt payen ki t ap viv nan vil sa yo pa t byen pran swen yo, oubyen vil sa yo petèt pa t nan yon pozisyon ideyal pou li.

11:4 — Èske se entatad Salomon te entatad lè l te vin granmoun ki fè li te vin enfidèl ? Pa sanble se sa. Salomon te plizoumwen jèn lè l te kòmanse dirije, e menmsi li te reye pandan 40 an, li pa t gentan vin granmoun anpil. Anplis de sa, li pa t sispann sèvi Jewova konplètman. Aparamman, li te eseye melanje pratik payen ak adorasyon li t ap bay Jewova.

Leson pou nou jodi a :

2:26, 27, 35. Sa Jewova predi toujou reyalize. Lè Abyata, yon desandan Eli, vin pèdi pozisyon li, sa akonpli ‘ pawòl Jewova te di kont mezon Eli a ’. E lefètke se Sadòk, yon moun ki soti nan liy fanmi Fineyas, ki vin ranplase l, sa akonpli Nonb 25:10-13. — Egzòd 6:25 ; 1 Samyèl 2:31 ; 3:12 ; 1 Kwonik 24:3.

2:37, 41-46. Ala sa danjere lè yon moun panse li ka dezobeyi lwa Bondye san li pa sibi okenn pinisyon ! Moun ki kite ‘ wout jennen ki mennen nan lavi a ’ volontèman ap peye konsekans move desizyon yo pran an. — Matye 7:14.

3:9, 12-14. Lè sèvitè Jewova yo priye l avèk senserite pou mande l sajès, entèlijans ak direksyon pou yo akonpli sèvis li, li reponn priyè yo. — Jak 1:5.

8:22-53. Se pa ti bèl pawòl rekonesans Salomon te eksprime ak tout kè l pou Jewova, yon Dye ki gen bonte ki plen lanmou, yon Dye ki akonpli pwomès li fè, yon Dye ki koute priyè ! Si nou medite sou pawòl Salomon te di nan priyè inogirasyon an, sa ap ogmante rekonesans nou pou aspè sa yo ak lòt aspè ankò ki genyen nan pèsonalite Bondye.

11:9-14, 23, 26. Lè Salomon te vin dezobeyi Jewova nan fen jou li yo, Jewova te soulve opozan kont li. Jan apot Pyè di a : “ Bondye kont moun ki ògeye yo, men li bay moun ki enb yo bonte moun pa merite. ” — 1 Pyè 5:5.

11:30-40. Wa Salomon te chèche touye Yawobam poutèt pwofesi Ahiya te pwononse konsènan Yawobam nan. Se pa ti diferan atitid wa a diferan parapò ak jan li te reyaji 40 an anvan sa, lè li te refize tire revanj sou Adoniya ak lòt moun ki te fè konplo kont li yo (1 Wa 1:50-53) ! Se vire l te vire do bay Jewova ki te lakòz chanjman atitid sa a.

YON WAYÒM INI VIN DIVIZE

(1 Wa 12:1–22:53)

Yawobam ansanm ak pèp la al kot wa Rehabam pou mande l pou l diminye fado papa l Salomon te met sou do yo. Olye Rehabam koute yo, li menase yo l ap met chay ki pi lou toujou sou do yo. Gen dis tribi ki revòlte e yo mete Yawobam wa sou yo. Wayòm nan divize. Rehabam dirije wayòm sid la, ki gen ladan l tribi Jida ak tribi Benjamen, e Yawobam reye sou wayòm nò a, wayòm Izrayèl la, ki gen dis tribi ladan l.

Pou Yawobam dekouraje pèp la pou yo pa monte Jerizalèm al adore, li fè de ti bèf annò, youn Dàn e lòt la Betèl. Pami wa ki te dirije Izrayèl apre Yawobam yo, gen Nadab, Baacha, Ela, Zimri, Tibni, Omri, Ahab ak Ahazya. E nan Jida, wa ki te vin apre Rehabam yo se Abiya, Aza, Yewochafat ak Yeworam. Pwofèt ki te an fonksyon nan jou wa sa yo se te Ahiya, Chemaya, te gen yon sèvitè Bondye yo pa bay non l, te gen Yewou, Eliya ak Mikaya.

Kesyon biblik ak tout repons :

18:21 — Poukisa pèp la te fè silans lè Eliya te mande yo pou yo suiv swa Jewova swa Baal ? Petèt yo te rekonèt yo pa t rive bay Jewova yon atachman san pataj jan li reklame sa, e se sa k fè yo te santi yo koupab. Oubyen tou, petèt konsyans yo te vin tèlman di, yo pa t wè okenn mal pou yo adore Baal toutpandan yo pretann yo se adoratè Jewova. Se jis lè Jewova demontre pisans li yo vin di : “ Jewova se vrè Dye a ! Jewova se vrè Dye a ! ” — 1 Wa 18:39.

20:34 — Poukisa Ahab te epaye Bennadad, wa siryen an, lè Jewova te fin ba l laviktwa sou yo ? Olye pou Ahab touye Bennadad, li pito fè yon alyans avè l pou yo ta ba l tout ri nan kapital Siri a, anpalan de Damas, siman pou l te ka mete boutik ak mache. Anvan sa, papa Bennadad te fè menm jan an, li te pran ri nan Samari yo pou l fè biznis. Kidonk, se pou Ahab te ka tabli komès li nan Damas ki fè l te lage Bennadad.

Leson pou nou jodi a :

12:13, 14. Lè n ap pran gwo desizyon nan lavi nou, nou dwe chèche konsèy nan men moun ki gen sajès, moun ki gen matirite, ki byen konnen Ekriti yo e ki respekte prensip Bondye yo anpil.

13:11-24. Si w gen dout sou yon konsèy oswa yon sijesyon ou resevwa, menmsi se yon kwayan ki ta renmen wè byen pou ou ki ba ou l, ou ta dwe verifye konsèy sa a sou baz bonjan direksyon nou jwenn nan Pawòl Bondye a. — 1 Jan 4:1.

14:13. Jewova egzamine nou byen pou l chèche sa ki bon nan nou. Kèlkeswa jan sa l jwenn ki bon nan nou an ta piti, li ka fè l grandi pandan n ap fè tout posib nou pou nou sèvi l.

15:10-13. Nou dwe rejte apostazi avèk kouraj. Nou dwe soutni vrè adorasyon an pito.

17:10-16. Vèv Safat la te konn Eliya se yon pwofèt e li te resevwa l antanke pwofèt, e Jewova te beni l pou aksyon sa a ki montre li te gen lafwa. Jodi a, Jewova remake tou aksyon nou fè ki montre nou gen lafwa, e li rekonpanse divès fason tout moun k ap soutni travay Wayòm nan. — Matye 6:33 ; 10:41, 42 ; Ebre 6:10.

19:1-8. Lè n ap rankontre gwo opozisyon, nou kapab gen konfyans Jewova ap soutni nou. — 2 Korentyen 4:7-9.

19:10, 14, 18. Vrè adoratè yo pa janm poukont yo. Yo gen Jewova e yo gen yon fanmi entènasyonal.

19:11-13. Jewova se pa yon dye lanati, ni li pa fòs lanati yo ki pèsonifye.

20:11. Lè Bennadad t ap vante tèt li pou fè konnen li pral detwi Samari, men sa wa Izrayèl la te reponn li : “ Pinga moun k ap tache epe [li anvan l al nan batay] glorifye tèt li menm jan ak moun k ap detache l ” apre li fin genyen yon batay. Lè nou devan yon travay nou potko janm fè, nou pa dwe twò si de tèt nou pou nou tonbe nan vante tèt nou. — Pwovèb 27:1 ; Jak 4:13-16.

Li gen anpil enpòtans pou nou

Lè Moyiz t ap raple pitit Izrayèl yo Lwa yo te resevwa nan mòn Sinayi a, men sa li te di yo : “ Gade, mwen mete devan nou jodi a benediksyon ak malediksyon : benediksyon, depi nou obeyi kòmandman Jewova Bondye nou an mwen kòmande nou jodi a, e malediksyon, si nou pa obeyi kòmandman Jewova Bondye nou an, wi, si nou vire kite chemen mwen ban nou kòmandman konsènan li jodi a. ” — Detewonòm 11:26-28.

Gade jan premye liv Wa yo fè verite fondamantal sa a parèt klè pou nou ! Tankou nou sot wè sa, liv sa a anseye nou tou anpil lòt leson enpòtan. Mesaj ki ladan l yo vrèman vivan e yo pisan. — Ebre 4:12.