Y ap chèche pou lespri yo anpè
Y ap chèche pou lespri yo anpè
ALBERT se yon mesye ki te ere nan maryaj li. Li te gen de krèm pitit. Men li te santi li manke yon bagay nan lavi l. Pandan yon peryòd li t ap degaje l pou l jwenn travay, li te vin lage kò l nan politik e li te vin adopte sosyalis. Li te menm vin yon manm aktif pati kominis ki nan zòn lakay li.
Sepandan, sa pa t pran tan pou kominis lan te vin fè Albert desi. Li te retire kò l nan politik e li te konsakre tèt li nèt pou fanmi l. Objektif li te vin gen nan lavi l, se pou fanmi l viv ere. Men malgre sa, Albert te toujou santi yon vid, li te toujou santi lespri l pa anpè toutbonvre.
Se pa sèlman Albert ki fè yon eksperyans konsa. Gen anpil moun ki eseye divès ideyoloji, divès filozofi ak divès relijyon, yon fason pou yo gen yon objektif ki gen sans nan lavi yo. Nan monn oksidantal la, mouvman “ hippie ” ki te pran nesans nan ane 1960 yo, se te yon rebelyon kont prensip moral ak prensip sosyal tradisyonèl yo. Jèn yo an patikilye t ap chèche viv ak kè kontan e yo t ap chèche sans lavi a nan dwòg k ap aji sou sèvo yo ak nan filozofi gouwou ansanm ak gran prèt mouvman “ hippie ” a. Malgre tou, mouvman “hippie” a pa t reyisi bay vrè bonè a. Okontrè, li lakòz yon bann jèn vin esklav dwòg e yo vin ap viv nan debòch. Sa fè sosyete a degrengole rapidman nan konfizyon moral.
Pandan plizyè syèk, gen anpil moun k ap chèche bonè nan richès, nan pouvwa ak nan edikasyon. Rechèch sa yo finalman mennen nan desepsyon. Jezi te di : “ Menm lè yon moun nan abondans, lavi l pa depann de sa l posede. ” (Lik 12:15). Olye de sa, lè yon moun detèmine pou l rich, jeneralman sa pote lapenn. Labib di : “ Moun ki detèmine pou yo rich tonbe nan tantasyon, nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki ensanse e ki nuizib, ki lage moun nan destriksyon e nan dezas. Paske lanmou pou lajan se yon rasin pou tout kalite move bagay, e gen kèk moun, lè yo panche pou yon lanmou konsa, [...] yo pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans. ” — 1 Timote 6:9, 10.
Donk, ki jan yon moun ka gen lespri l anpè e ki jan l ka gen yon objektif nan lavi l ? Èske se nan eseye plizyè metòd, jiskaske li jwenn metòd ki bon an, tankou lè y ap tire flèch dèyè yon bagay ki nan fènwa e k ap bouje ? Erezman se pa konsa. Tankou nou pral wè sa nan atik ki vin apre a, solisyon an depann de satisfaksyon yon bezwen ki trèzenpòtan e se sèlman lèzòm ki gen bezwen sa a.
[Foto nan paj 3]
Èske kouri dèyè richès, pouvwa ak edikasyon ap ede w gen lespri w anpè ?