Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon bon nouvèl pou moun tout nasyon

Yon bon nouvèl pou moun tout nasyon

Yon bon nouvèl pou moun tout nasyon

“ Nou pral sèvi m temwen [...] jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. ” — TRAVAY 1:8.

1. Antanke moun k ap anseye Labib, sou ki sa nou veye, e poukisa ?

YON anseyan ki konpetan veye nonsèlman sou sa l ap di elèv li yo, men tou li veye sou fason l ap di yo l. Antanke moun k ap anseye verite ki nan Bib la, nou fè menm jan an. Nou veye ni sou mesaj n ap preche a, ni sou metòd nou itilize pou nou preche l. Mesaj nou an, sètadi bon nouvèl Wayòm Bondye a, pa chanje, men nou adapte metòd nou yo. Poukisa ? Pou nou ka rive jwenn pi plis moun posib.

2. Lè nou adapte metòd nou itilize nan predikasyon, kiyès nou imite ?

2 Lè nou adapte metòd nou itilize pou nou preche yo, nou imite sèvitè Jewova nan tan lontan yo. Ann konsidere apot Pòl, pa egzanp. Li te di : “ Pou Juif yo, m vin tankou yon Juif [...]. Pou moun ki san lwa, mwen vin tankou yon moun ki san lwa [...]. Pou moun ki fèb, mwen vin fèb, yon fason pou m ka ramne moun ki fèb yo. Mwen vin tout bagay pou tout kalite moun, yon fason pou m ka sove kèk nan yo tout jan. ” ​(1 Korentyen 9:19-23). Lefètke Pòl te adapte metòd li prezante mesaj la, sa te fè li jwenn bonjan rezilta. Nou menm tou, n ap jwenn bonjan rezilta si nou adapte fason n ap prezante mesaj la selon bezwen ak santiman moun n ap pale avèk yo a.

Jis nan “ dènye bout tè a ”

3. a) Ki defi nou rankontre nan travay predikasyon an ? b) Ki jan pawòl nou jwenn nan Izayi 45:22 a ap akonpli jodi a ?

3 Youn nan pi gwo defi moun k ap preche bon nouvèl la rankontre, se gwosè tèritwa a : “ Tout latè ki abite. ” ​(Matye 24:14). Pandan syèk ki sot pase a, gen anpil sèvitè Jewova ki te travay di pou yo ale nan lòt peyi yon fason pou yo ka simaye bon nouvèl la. Ki rezilta sa te bay ? Yon akwasman mondyal estrawòdinè. Nan kòmansman 20yèm syèk la, se sèlman kèk peyi predikasyon an te atenn, men kounye a Temwen Jewova yo aktif nan 235 peyi ! Vrèmanvre, bon nouvèl Wayòm nan ap pwoklame jis nan “ dènye bout tè a ”. — Izayi 45:22.

4, 5. a) Kiyès ki jwe yon wòl enpòtan nan simaye bon nouvèl la ? b) Ki sa kèk biwo filyal di konsènan moun ki soti nan lòt peyi pou vin sèvi nan tèritwa filyal sa yo ?

4 Grasa ki sa tout pwogrè sa yo rive fèt ? Grasa anpil bagay. Se grasa misyonè ki pran fòmasyon nan Lekòl biblik Gileyad, e se grasa plis pase 20 000 frè ki gradye nan Lekòl fòmasyon ministeryèl tou dènyèman la yo, ki yo menm tou bay yon gwo kout men. Anplis de sa, gen anpil Temwen ki depanse kòb pa yo pou yo ale nan lòt peyi kote yo plis gen bezwen pwoklamatè Wayòm nan. Kretyen ki montre yon espri sakrifis konsa, kit se fi, kit se gason, kit yo jèn, kit yo aje, kit yo selibatè, kit yo marye, jwe yon gwo wòl nan predikasyon mesaj Wayòm nan sou tout tè a (Sòm 110:3 ; Women 10:18). Se pa ti apresye nou apresye yo ! Gade sa kèk biwo filyal ekri konsènan sila yo ki soti nan lòt peyi e k ap sèvi nan zòn kote gen plis bezwen nan tèritwa filyal sa yo :

5 “ Kretyen ki fidèl sa yo pran latèt nan predikasyon nan zòn ki izole yo, yo ede nan fòmasyon nouvo kongregasyon epi yo kontribye nan pwogrè espirityèl frè ak sè ki nan zòn nan. ” ​(Ekwatè). “ Si plizyè santèn etranje k ap sèvi isit la ta oblije ale, sa t ap afekte estabilite kongregasyon yo. Se yon benediksyon pou nou genyen yo la ansanm avèk nou. ” ​(Repiblik Dominikèn). “ Nan anpil nan kongregasyon nou yo, gen yon gwo pousantaj sè ki konn rive 70 pousan pafwa (Sòm 68:11). Pifò nan yo nouvo nan laverite, men gen sè selibatè ki pyonye e ki soti nan lòt peyi ki bay yon èd presye nan fòmasyon sè nouvo sa yo. Sè sa yo ki soti nan lòt peyi se yon vrè kado pou nou ! ” ​(Yon peyi ann Ewòp de Lès). Èske ou te janm egzamine posiblite pou w sèvi nan yon lòt peyi * ? — Travay 16:9, 10.

“ Dizòm ki soti nan tout lang ”

6. Ki jan Zekarya 8:23 montre defi nou rankontre nan travay predikasyon an lefètke yo pale yon pakèt lang sou tè a ?

6 Yon lòt gwo defi ankò se divès kalite lang yo pale sou tè a. Pawòl Bondye a te predi : “ Se pral nan jou sa yo, dizòm ki soti nan tout lang nasyon yo pale pral kenbe, wi, se toutbonvre yo pral kenbe ke wòb yon òm, yon Juif, e y ap di : ‘ Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou. ’ ” ​(Zekarya 8:23). Nan akonplisman pwofesi sa a nan epòk pa nou an, dizòm yo reprezante gwo foul Revelasyon 7:9 mansyone a. Sepandan, remake selon pwofesi Zekarya a, “ dizòm ” t ap soti nonsèlman nan tout nasyon, men tou “ nan tout lang nasyon yo pale ”. Èske nou wè akonplisman detay enpòtan sa a nan pwofesi a ? Wi, pa gen dout sou sa.

7. Ki chif ki montre bon nouvèl la rive atenn moun “ ki soti nan tout lang ” ?

7 Annou egzamine kèk chif. Sa gen 50 an, piblikasyon nou yo te pibliye nan 90 lang. Jodi a, kantite a depase 400. “ Esklav fidèl ki prevwayan an ” fè tout sa li kapab pou li founi piblikasyon menm nan lang se kèk moun sèlman ki pale yo (Matye 24:45). Pa egzanp, piblikasyon biblik nou yo disponib kounye a nan lang gwennlandè (gen 47 000 moun ki pale l), nan lang palo (gen 15 000 moun ki pale l), e nan lang yap (gen mwens pase 7 000 moun ki pale l).

“ Yon gwo pòt ” ki ouvè sou lòt posiblite

8, 9. Ki sitiyasyon ki ouvè “ yon gwo pòt ” devan nou, e ki jan plizyè milye Temwen reyaji ?

8 Jodi a, petèt nou ka pa oblije ale nan yon lòt peyi pou nou pataje bon nouvèl la ak moun tout lang. Nan ane ki sot pase yo, gen plizyè milyon imigran ak refijye ki kite peyi yo pou y al viv nan peyi ki devlope nan domèn ekonomik. Prezans moun sa yo vin fè gen yon pakèt kominote imigran ki fòme nan plizyè lang. Pa egzanp, a Pari, an Frans, yo pale anviwon 100 lang. Nan Towonto, nan peyi Kanada, yo pale 125 lang. Nan Lond, ann Angletè, yo pale plis pase 300 lang etranje. Prezans moun sa yo ki soti nan lòt peyi pou al viv nan tèritwa anpil kongregasyon ouvè “ yon gwo pòt ” sou lòt posiblite pou pataje bon nouvèl la ak moun tout nasyon. — 1 Korentyen 16:9.

9 Gen plizyè milye Temwen ki leve defi a, yo aprann yon lòt lang. Pou pifò nan yo se yon bagay ki difisil. Toutfwa, lajwa yo jwenn nan ede imigran ansanm ak refijye aprann verite ki nan Pawòl Bondye a depase gwo efò yo fè nan sans sa a. Sa pa gen lontan, nan yon kongrè distri ki te fèt nan yon peyi ann Ewòp de Lwès, prèske 40 pousan nan moun ki te batize yo se nan lòt peyi yo soti.

10. Ki jan w sèvi ak bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an ? (Gade kare “ Kèk aspè nan bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations ” an, ki nan paj 32 a.)

10 Se vre, pifò nan nou pa nan sitiyasyon pou nou aprann yon lang etranje. Men kanmenm, nou ka patisipe nan ede imigran yo lè nou byen sèvi ak bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations * an. Li gen yon mesaj biblik atiran ladan l ki parèt nan plizyè lang (Jan 4:37). Èske w sèvi ak bwochi sa a nan ministè a ?

Lè moun yo pa enterese

11. Bay yon lòt defi nou rankontre nan kèk tèritwa.

11 Etandone enfliyans Satan ap vin pi plis de jou an jou sou tè a, yon lòt defi nou rankontre pi souvan se kèk tèritwa kote se yon tikras moun ki enterese. Natirèlman, sitiyasyon sa a pa etone nou, paske Jezi te gentan predi se konsa sa t apral ye. Anpalan de epòk nou an, men sa li di : “ Lanmou pi gwo kantite a ap vin rafredi. ” ​(Matye 24:12). Vrèmanvre, kesyon kwè nan Bondye, gen respè pou Bib la, se bagay ki prèske disparèt pami anpil moun (2 Pyè 3:3, 4). Se sa k fè, gen kèk kote sou tè a, se sèlman kèk grenn moun ki vin disip Kris. Sepandan, sa pa vle di frè ak sè nou yo k ap preche fidèlman nan tèritwa kote moun yo pa enterese sa yo, se anven y ap travay (Ebre 6:10). Poukisa nou di sa ? Annou konsidere enfòmasyon ki vin apre yo.

12. Ki de objektif travay predikasyon nou an vize ?

12 Levanjil Matye a souliye de objektif prensipal aktivite predikasyon nou an genyen. Premye a se pou nou “ fè disip pami moun tout nasyon ”. (Matye 28:19.) Dezyèm nan se pou bon nouvèl la sèvi “ kòm temwayaj ”. (Matye 24:14.) Tou de objektif sa yo enpòtan, men dezyèm nan gen yon siyifikasyon espesyal. Poukisa ?

13, 14. a) Site youn nan karakteristik estrawòdinè siy prezans Kris la. b) Ki sa nou ta dwe toujou kenbe nan lespri nou, sitou lè n ap preche nan tèritwa kote se yon tikras moun ki enterese ?

13 Selon sa Matye, yon ekriven biblik, rapòte, apot yo mande Jezi : “ Ki siy k ap siy prezans ou ak fen sistèm de choz la ? ” ​(Matye 24:3). Kòm repons, Jezi di, youn nan bagay estrawòdinè ki ta karakterize siy sa a, se yon travay mondyal predikasyon. Èske li t ap pale konsènan fè disip ? Non, li di : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. ” ​(Matye 24:14). Pakonsekan, Jezi te montre travay predikasyon Wayòm nan se t ap youn nan karakteristik enpòtan nan siy lan.

14 Donk, lè n ap preche bon nouvèl Wayòm nan, n ap sonje menmsi nou pa toujou jwenn siksè nan travay fè disip la, nou reyisi bay yon “ temwayaj ”. Kèlkeswa jan moun yo reyaji, yo konnen travay n ap fè a e konsa nou patisipe nan akonplisman pwofesi Jezi a (Izayi 52:7 ; Revelasyon 14:6, 7). Jordy, yon jèn Temwen ann Ewòp de Lwès, fè remake : “ Lefètke m konnen Jewova ap sèvi avè m pou m jwe yon wòl nan akonplisman Matye 24:14, sa fè m kontan anpil. ” ​(2 Korentyen 2:15-17). Sandout, ou santi w menm jan an tou.

Lè yo opoze ak mesaj nou an

15. a) Konsènan ki sa Jezi te avèti disip li yo ? b) Ki sa ki pèmèt nou preche malgre opozisyon ?

15 Opozisyon se yon lòt defi ankò nou rankontre nan predikasyon bon nouvèl Wayòm nan. Men avètisman Jezi te bay disip li yo : “ N ap moun tout nasyon ap rayi akoz non mwen. ” ​(Matye 24:9). Menm jan ak premye kretyen yo, yo rayi disip Jezi yo jodi a, yo opoze ak yo e yo pèsekite yo (Travay 5:17, 18, 40 ; 2 Timote 3:12 ; Revelasyon 12:12, 17). Aktyèlman, gouvènman kèk peyi mete entèdiksyon sou yo. Men, vrè kretyen nan peyi sa yo kontinye preche bon nouvèl Wayòm nan, nan objektif pou yo obeyi Bondye (Amòs 3:8 ; Travay 5:29 ; 1 Pyè 2:21). Ki sa ki pèmèt yo kontinye menm jan ak tout lòt Temwen toupatou sou tè a ? Jewova ba yo fòs grasa lespri sen l. — Zekarya 4:6 ; Efezyen 3:16 ; 2 Timote 4:17.

16. Ki jan Jezi te montre rapò ki genyen ant travay predikasyon an ak lespri Bondye ?

16 Jezi te souliye rapò etwat ki genyen ant lespri Bondye ak travay predikasyon an lè li te di moun ki t ap suiv li yo : “ Nou pral resevwa pisans lè lespri sen an rive sou nou, nou pral sèvi m temwen [...] jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. ” ​(Travay 1:8 ; Revelasyon 22:17). Fason yo rapòte evènman yo nan lòd nan vèsè sa a trèzenpòtan. Toudabò, disip yo resevwa lespri sen, e apre sa, yo angaje yo nan travay mondyal predikasyon an. Donk, se sèlman avèk sipò lespri sen Bondye yo t ap ka jwenn fòs pou yo andire nan bay yon “ temwayaj pou tout nasyon ”. (Matye 24:13, 14 ; Izayi 61:1, 2.) Konsa, li toutafè apwopriye pou Jezi fè referans ak lespri sen antanke “ asistan an ”. (Jan 15:26.) Li di lespri Bondye t apral anseye disip li yo e li t apral gide yo. — Jan 14:16, 26 ; 16:13.

17. Lè n ap fè fas ak opozisyon ki rèd anpil, ki jan lespri sen ede nou ?

17 Lè n ap fè fas jodi a ak opozisyon ki rèd anpil nan predikasyon bon nouvèl la, ki fason lespri Bondye ede nou ? Lespri Bondye fòtifye nou, e li opoze ak moun k ap pèsekite nou yo. Pou montre sa, annou egzamine yon evènman ki te rive nan lavi wa Sayil.

Lespri Bondye opoze ak yo

18. a) Ki move transfòmasyon Sayil te sibi ? b) Ki jan Sayil te pèsekite David ?

18 Sayil te byen kòmanse antanke premye wa Izrayèl, men annapre li te vin dezobeyi Jewova (1 Samyèl 10:1, 24 ; 11:14, 15 ; 15:17-23). Sa te vin lakòz lespri Bondye sispann soutni l. Avèk vyolans, Sayil te vin fache kont David, li menm Jewova te wenn antanke pwochen wa e ki te vin gen lespri Bondye k ap soutni l (1 Samyèl 16:1, 13, 14). David te sanble yon pitimi san gadò. Dayè, se sèlman yon hap li te genyen, alòske Sayil li menm te gen yon javlo. Konsa, yon jou pandan David ap jwe hap, “ Sayil tire javlo a e li di : ‘ M ap kloure David nan mi an ! ’ Men, David rale kò l devan l pandan de fwa ”. (1 Samyèl 18:10, 11.) Apre sa, Sayil koute pitit gason l lan, Yonatàn, zanmi David, e li jire : “ Menm jan Jewova vivan an, yo pap touye [David]. ” Malgre sa, yon lòt fwa ankò, Sayil “ t ap chèche kloure David nan mi an ak javlo a ”. Sepandan, David “ te rale kò l devan Sayil, sa ki te lakòz Sayil plante javlo a nan mi an ”. David chape poul li, men Sayil te lage dèyè l. Nan moman kritik sa a, lespri Bondye vin opoze ak Sayil. Nan ki sans ? — 1 Samyèl 19:6, 10.

19. Ki jan lespri Bondye te pwoteje David ?

19 David kouri al jwenn pwofèt Samyèl, men Sayil voye mesye l yo pou yo met men sou David. Sepandan, lè yo rive kote David kache a, “ lespri Bondye vin sou mesaje yo, e yo te kòmanse konpòte yo tankou pwofèt ”. Lespri Bondye te tèlman aji sou yo, yo bliye objektif misyon yo a nèt. Pandan de lòt fwa Sayil voye moun al chèche David mennen ba li, menm bagay la rive chak fwa. Finalman, wa Sayil deside li menm li pral chèche David. Men li menm tou, li pa t ka reziste devan enfliyans lespri Bondye. Annefè, lespri sen te bloke l “ pandan tout jounen an e pandan tout nuit lan ”. Sa te pèmèt David jwenn kont tan pou l chape poul li. — 1 Samyèl 19:20-24.

20. Ki leson nou aprann nan sa yo rapòte konsènan pèsekisyon Sayil te lage nan kò David la ?

20 Sa yo rapòte konsènan Sayil ak David la gen yon leson ankourajan ladan l : moun k ap pèsekite sèvitè Bondye yo pa ka ranpòte laviktwa lè lespri Bondye opoze ak yo (Sòm 46:11 ; 125:2). Objektif Jewova te genyen se pou David vin wa sou tout Izrayèl. Pa gen pèsonn ki te ka chanje sa. Pou sa ki konsène epòk nou an, Jewova dekrete “ yo pral preche bon nouvèl Wayòm nan ”, pa gen pèsonn ki ka anpeche sa fèt. — Travay 5:40, 42.

21. a) Ki jan kèk opozan aji jodi a ? b) De ki sa nou sèten ?

21 Gen chèf relijye ansanm ak chèf politik, pou yo eseye bloke nou, yo konn sèvi ak manti e yo konn menm sèvi ak vyolans. Sepandan, menm jan Jewova te pwoteje David espirityèlman, menm jan an tou l ap pwoteje pèp li a jodi a (Malaki 3:6). Pakonsekan, menm jan ak David, n ap di avèk konfyans : “ Mwen mete konfyans mwen nan Bondye. Mwen pap pè. Ki sa yon nonm ki fèt ak tè ka fè m ? ” ​(Sòm 56:11 ; 121:1-8 ; Women 8:31). Avèk èd Jewova, annou kontinye fè fas ak tout defi nou rankontre, toutpandan n ap akonpli misyon Bondye bay pou nou preche moun tout nasyon bon nouvèl Wayòm nan.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Gade kare “ Yo jwenn gwo satisfaksyon ”, ki pi ba a.

^ § 10 Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Èske w sonje ?

• Poukisa nou adapte metòd nou itilize pou nou preche ?

• Sou ki nouvo posiblite “ yon gwo pòt ” ouvè ?

• Lè n ap fè travay predikasyon nou an, menmsi se nan tèritwa kote moun yo pa twò enterese, ki sa nou akonpli ?

• Poukisa pa gen pyès opozan ki ka bloke predikasyon bon nouvèl Wayòm nan ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 28]

Yo jwenn gwo satisfaksyon

“ Yo kontan e yo pran plezi nan sèvis y ap bay Jewova nan linite. ” Pawòl sa yo dekri satisfaksyon yon fanmi ki kite peyi Espay pou y al sèvi nan peyi Bolivi. Youn nan pitit gason nan fanmi an te ale nan peyi Bolivi pou l bay yon gwoup izole ki nan zòn nan kout men. Lajwa li te jwenn te tèlman evidan, sa te enpresyone paran l, e sa te vin fè tout fanmi an, ki gen ladan l kat lòt pitit gason ki nan laj 14 a 25 an, al sèvi nan peyi Bolivi. Twa nan timesye yo pyonye kounye a e pa gen lontan depi sa ki te trase chemen an te asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl.

Men sa Angelica, ki gen 30 an, ki soti nan peyi Kanada, e k ap sèvi ann Ewòp de Lès, deklare : “ Defi yo anpil, men mwen jwenn satisfaksyon nan ede lòt moun nan ministè a. Anplis de sa, fason Temwen ki nan zòn nan toujou ap eksprime m rekonesans yo, e yo toujou ap remèsye m poutèt mwen vini pou m ede yo, sa fè m jwenn anpil satisfaksyon. ”

Men sa de sè chanèl ki prèske gen 30 an, ki soti Ozetazini e k ap sèvi an Repiblik Dominikèn, deklare : “ Nou te oblije adapte nou ak yon pakèt koutim. Sepandan, nou te pèsevere nan travay nou e gen sèt nan moun n ap etidye Labib ak yo ki asiste reyinyon regilyèman kounye a. ” De sè sa yo te jwe yon gwo wòl nan etabli yon gwoup pwoklamatè Wayòm nan yon vil ki pa t gen kongregasyon.

Laura se yon sè ki prèske gen 30 an e k ap sèvi nan yon tèritwa etranje pandan plis pase katran. Li di : “ Mwen chwazi mennen yon vi senp. Sa ede pwoklamatè yo wè mennen yon vi ki modès se yon kesyon de chwa ak bonsans, se pa yon kesyon de povrete. Lefètke mwen gen posiblite pou m ede lòt moun, sitou jèn yo, sa fè m jwenn anpil jwa ki depase tout difikilte mwen rankontre pou m sèvi nan tèritwa etranje. Mwen pap twoke sèvis mwen isit la pou okenn lòt vi e m ap rete toutotan Jewova pèmèt mwen. ”

[Kare/Foto nan paj 29]

Kèk aspè nan bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations

Bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an gen ladan l yon mesaj ki pran tout yon paj, e ki prezante nan plis pase 92 lang. Mesaj la ekri yon fason kòmsi se ou k ap pale. Ki fè lè moun w ap pale avè l la ap li l, l ap santi se kòmsi se ou menm k ap pale avè l.

Pa anndan kouvèti bwochi a, gen yon kat jeyografik ki reprezante lemonnantye. Sèvi ak kat sa a pou w etabli relasyon ant ou menm ak moun w ap pale avè l la, petèt ou ka touche peyi kote w ap viv la e ou ka di l ou ta renmen konnen nan ki peyi li soti. Konsa, ou ka mete moun nan alèz e ou ka kreye yon atmosfè amikal.

Nan entwodiksyon bwochi a, nou jwenn plizyè etap nou ka suiv pou nou rive bay yon èd ki efikas ak moun ki pale yon lang nou pa konprann. Tanpri, li etap sa yo avèk anpil atansyon epi byen aplike yo.

Nan lis lang yo, nonsèlman gen lang moun nan pale a, men tou gen senbòl ki koresponn ak lang sa a. Sa ap ede w idantifye senbòl lang ki nan feyè yo e ki nan lòt piblikasyon ki egziste nan lòt lang.

[Foto]

Èske w itilize bwochi sa a nan ministè a ?

[Foto nan paj 29]

Aktyèlman, piblikasyon biblik nou yo disponib nan plis pase 400 lang.

GANA

LAPONI (SYÈD)

FILIPIN

[Foto nan paj 30, 31]

Èske w ka sèvi kote yo plis gen bezwen pwoklamatè Wayòm nan ?

EKWATÈ

REPIBLIK DOMINIKÈN