Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova konte “ ata branch cheve nan tèt nou ”

Jewova konte “ ata branch cheve nan tèt nou ”

Jewova konte “ ata branch cheve nan tèt nou ”

“ Pa gen [yon tikit] k ap sot tonbe atè san Papa nou pa konn sa. Men, ata branch cheve nan tèt nou, yo tout konte. ” — MATYE 10:29, 30.

1, 2. a) Sa k fè Jòb te santi Bondye abandone l ? b) Èske pawòl Jòb yo vle di li te vire do bay Bondye ? Esplike.

“ MWEN rele nan pye ou, Bondye ! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m’ menm. Ou pa menm moun lan ankò. W’ap malmennen m’. Ou soti pou pèsekite m’ ak tout fòs ou. ” Nou pa menm bezwen mande nan ki kalite soufrans moun ki di pawòl sa yo te ye ! Li pèdi tout sa l te genyen pou l viv, yon katastwòf etranj detwi lavi pitit li yo, e vwala kounye a l ap jemi anba yon maladi k ap depafini l. Mesye sa a te rele Jòb, e yo rapòte tribilasyon tèrib li te sibi yo nan Labib pou pwofi nou. — Jòb 30:20, 21, Bib la.

2 Pawòl Jòb yo ta ka fè konprann li te vire do bay Bondye, men se pa t sa ditou. Jòb te senpleman eksprime detrès pwofon li te gen nan kè l (Jòb 6:2, 3). Li pa t konnen se Satan ki te alabaz soufrans li yo, se sa k fè li te twonpe l lè li te di Bondye abandone l. Jòb te rive nan yon pwen kote li menm di Jewova : “ Poukisa ou kache figi w e ou konsidere m tankou ènmi w * ? ” — Jòb 13:24.

3. Lè pwoblèm met pye, ki sa k ka vin nan lespri nou ?

3 Jodi a, anpil sèvitè Jewova pa sispann rankontre difikilte akoz lagè, boulvèsman sosyal oswa boulvèsman politik, katastwòf natirèl, laj k ap rantre, maladi, mizè ak entèdiksyon gouvènman. Petèt ou menm tou w ap sibi yon eprèv kèlkonk. Pafwa ou kapab panse Jewova kache figi l pou ou. Ou byen konnen pawòl ki nan Jan 3:16 la : “ Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a. ” Sepandan, lè n ap soufri san nou pa wè kote n ap jwenn sekou, nou ka mande tèt nou : ‘ Èske Bondye renmen m toutbonvre ? Èske li remake sa m ap sibi ? Èske li enterese nan mwen pèsonèlman ? ’

4. Ki sitiyasyon Pòl te gen pou l kontinye andire, e ki efè yon sitiyasyon konsa ta ka gen sou nou ?

4 Annou konsidere sa ki te rive apot Pòl. Men sa li te ekri : “ Yo ban mwen yon pikan nan chè mwen, yon zanj Satan, pou frape m san rete. ” E li ajoute : “ An twa fwa mwen sipliye Seyè a pou sa ta kite m. ” Jewova te tande siplikasyon Pòl yo. Malgre sa, li te fè Pòl konnen li pa t ap entèvni pa mwayen yon mirak. Olye de sa, Pòl ta gen pou l konte sou pisans Bondye pou ede l fè fas ak “ pikan nan chè ” li a * (2 Korentyen 12:7-9). Menm jan ak Pòl, nou ka gen yon bon ti tan depi n ap sibi yon eprèv kèlkonk. Petèt w ap mande tèt ou : ‘ Lefètke Jewova sanble l pa fè anyen konsènan eprèv m ap sibi a, èske sa vle di li pa konnen sitiyasyon m oswa li pa enterese nan mwen ? ’ Pa gen dout, repons lan se non ! Jewova gen anpil sousi pou chak sèvitè li yo ki fidèl, e sa parèt nan pawòl Jezi te di apot li yo yon tikras tan apre li te fin chwazi yo. Annou gade ki jan pawòl li yo ka ankouraje nou jodi a.

“ Nou pa bezwen pè ” : Poukisa ?

5, 6. a) Ki jan Jezi te ede apot li yo pou yo pa gen krent konsènan sa k pral rive alavni ? b) Ki jan Pòl te montre li gen konfyans Jewova enterese nan li ?

5 Apot yo te resevwa pisans estrawòdinè nan men Jezi, sa gen ladan l “ pouvwa sou espri enpi, pou chase yo e pou geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite ”. Sepandan, sa pa t vle di yo t apral viv san eprèv, san difikilte. Okontrè, Jezi dekri an detay kèk nan bagay ki t ap gen pou rive yo. Sepandan, li te fè yo rekòmandasyon sa a : “ Se pa pou nou krenn moun ki touye kò a, men ki pa ka touye nanm nan. Men pito se pou nou krenn sila a ki ka detwi ni nanm nan ni kò a nan jeyèn nan. ” — Matye 10:1, 16-22, 28.

6 Pou Jezi te ede apot li yo konprann rezon ki fè yo pa bezwen gen krent, li te ba yo de egzanp. Li te di yo : “ Èske yo pa vann de tikit pou yon penich ki prèske pa gen valè ? Epoutan, pa gen youn nan yo k ap sot tonbe atè san Papa nou pa konn sa. Men, ata branch cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sa k fè, nou pa bezwen pè : nou vo plis pase anpil tikit. ” ​(Matye 10:29-31). N ap remake Jezi montre gen yon lyen ant pè nou pa pè devan pwoblèm ak konfyans nou genyen dèske nou konnen Jewova enterese nan nou pèsonèlman. Aparamman, apot Pòl te gen yon konfyans konsa. Men sa li te ekri : “ Si Bondye pou nou, kiyès k ap kont nou ? Li ki pa menm epaye pwòp Pitit Gason l lan, men li livre l pou nou tout, poukisa pou l pa dakò ban nou tout lòt bagay yo tou ansanm avè l ? ” ​(Women 8:31, 32). Kèlkeswa difikilte w ap rankontre, ou menm tou ou ka sèten Jewova enterese nan ou pèsonèlman toutotan ou rete fidèl avè l. Sa ap vin parèt pi klè toujou tank n ap egzamine egzòtasyon Jezi te bay apot li yo.

Konbyen yon tikit vo ?

7, 8. a) Ki jan yo te konsidere tikit nan epòk Jezi a ? b) Poukisa aparamman Matye 10:29 itilize fòm mo grèk pou “ tikit ” ki vle di sa ki pi piti a ?

7 Egzanp Jezi bay la a byen dekri sousi Jewova genyen pou chak sèvitè Li yo. Toudabò, ann pale de kesyon tikit yo. Nan epòk Jezi a, yo te konn manje tikit, men piske yo te reprezante yon menas pou rekòt, tout moun te konsidere yo kòm pès. Te tèlman gen tikit e yo te tèlman vann bon mache, yo te ka achte de pou mwens pase de goud. De fwa kòb sa a ta ka achte senk tikit olye de kat, zwazo anplis yo bay kòm degi a, se kòmsi li pa t vo anyen ditou ! — Lik 12:6.

8 Ann fè yon ti reflechi tou sou gwosè zwazo òdinè sa a. Lè w konpare tikit ak anpil lòt zwazo, menm tikit ki fin devlope a toujou parèt piti. Sepandan, mo grèk yo tradui ki bay “ tikit ” nan Matye 10:29 la fè referans patikilyèman ak tikit ki piti. Aparamman, Jezi te vle apot li yo gen nan imajinasyon yo zwazo ki pi piti a e ki gen mwens enpòtans lan. Tankou yon ouvraj referans fè remake, “ Jezi mansyone yon zwazo ki piti anpil e li menm itilize yon tèm ki montre se de sa ki pi piti ladan yo l ap pale ” !

9. Ki leson pisan ki parèt nan egzanp Jezi te bay sou tikit yo ?

9 Konparezon Jezi te fè ak tikit yo touche yon pwen ki pisan : sa ki sanble pa vo anyen pou lèzòm gen enpòtans pou Jewova Dye. Anplis, Jezi te atire atansyon sou verite sa a lè li te ajoute yon tikit pap “ tonbe atè ” san Jewova pa remake sa *. Leson an klè : si Jewova Dye remake zwazo ki pi piti a e ki gen mwens enpòtans lan, nou pa bezwen mande si l ap enterese nan sitiyasyon yon moun ki chwazi sèvi l !

10. Deklarasyon ki di “ ata branch cheve nan tèt nou, yo tout konte ” a, ki sa l vle di ?

10 Apre Jezi fin bay egzanp sou tikit la, li ajoute : “ Ata branch cheve nan tèt nou, yo tout konte. ” ​(Matye 10:30). Deklarasyon tou kout sa a, men ki pwofon, vin bay egzanp Jezi te bay sou tikit yo plis fòs. Ann fè yon ti reflechi : an mwayèn tèt yon moun gen anviwon 100 000 branch cheve. Pifò nan branch cheve sa yo sanble youn ak lòt e pa gen yon grenn cheve ki sanble merite pou nou ba yo yon atansyon espesyal. Epoutan, Jewova Dye remake chak branch cheve e li konte yo. Etandone se konsa, èske gen yon detay nan lavi nou Jewova pa ka konnen ? Nou sèten Jewova konprann fason inik chak sèvitè l yo fèt. Vrèmanvre, li “ wè sa kè a ye ”. — 1 Samyèl 16:7.

11. Ki pawòl David te di pou l montre li gen konfyans Jewova gen sousi pou li pèsonèlman ?

11 David, ki te abitye rankontre difikilte, te gen konfyans Jewova te wè l. Men sa li te ekri : “ O Jewova, ou egzamine m, e ou konnen m. Ou konnen lè m chita ak lè m leve. Ou suiv sa ki nan panse m depi byen lwen. ” ​(Sòm 139:1, 2). Ou menm tou, ou ka gen asirans Jewova konnen w pèsonèlman (Jeremi 17:10). Pa kouri panse ou twò raz pou Jewova wè w, li menm ki ka wè tout bagay !

“ Mete dlo ki nan je m nan bidon an po w la ”

12. Ki jan nou fè konnen Jewova konnen fen e byen pwoblèm sèvitè l yo ap sibi ?

12 Jewova pa sèlman konnen chak sèvitè l an patikilye, men tou li konnen fen e byen pwoblèm yo chak ap sibi. Pa egzanp, lè Izrayelit yo t ap soufri anba esklavaj, Jewova te di Moyiz : “ Vrèmanvre, mwen wè tray pèp mwen an ki ann Ejip, e mwen tande rèl yo akoz moun k ap fòse yo travay, paske mwen byen konnen doulè y ap sibi yo. ” ​(Egzòd 3:7). Ala sa rekonfòtan pou nou konnen lè n ap andire yon tribilasyon, Jewova wè sa k ap pase e li tande rèl nou ! Nou gen asirans li pa endiferan devan soufrans nou.

13. Ki sa k montre Jewova vrèman sansib pou sèvitè l yo ?

13 Enterè Jewova montre pou moun ki vin gen relasyon avè l parèt klè nan santiman li te genyen pou Izrayelit yo. Malgre yo te vin ap soufri paske yo te tèti, men sa Izayi te ekri konsènan Jewova : “ Toutpandan yo te nan detrès, se te yon detrès sa te ye pou li. ” ​(Izayi 63:9). Donk, antanke sèvitè fidèl Jewova, ou mèt gen asirans lè w nan lapenn, Jewova nan lapenn. Èske sa pa pouse w pou w afwonte pwoblèm yo san krent e pou w kontinye fè sa w kapab pou w sèvi l ? — 1 Pyè 5:6, 7.

14. Nan ki sikonstans yo te konpoze Sòm 56 la ?

14 Wa David te gen konviksyon Jewova enterese nan li e li te konnen Jewova gen pitye pou li. Sa te parèt klè nan Sòm 56, yon sòm li te konpoze pandan li t ap kouri lè Wa Sayil t ap chèche touye l. David te kouri al Gat, men li te pè pou Filisten yo pa t met men sou li lè yo te vin rekonèt li. Men sa li te ekri : “ Tout lajounen, ènmi m yo dèyè met men sou mwen, paske gen anpil k ap fè lagè avè m ak awogans. ” Sitiyasyon danjere David te twouve l te pouse l chèche sekou nan men Jewova. Li te di : “ Tout lajounen yo kontinye nui zafè pèsonèl mwen. Tout panse yo kont mwen pou sa ki mal. ” — Sòm 56:2, 5.

15. a) Ki sa David te vle di lè l te mande Jewova pou l mete dlo ki nan je l nan yon bidon an po oswa nan yon liv ? b) Lè n ap andire yon sitiyasyon ki mete fwa nou aleprèv, de ki sa nou kapab sèten ?

15 Annapre, jan Sòm 56:8 la rapòte sa, David fè deklarasyon estrawòdinè sa a : “ Se ou menm menm ki deklare mwen nan kache. Mete dlo ki nan je m nan bidon an po w la. Èske yo pa nan liv ou a ? ” Ala yon deskripsyon touchan ki demontre enterè plen tandrès Jewova manifeste ! Lè nou nan gwo pwoblèm, nou kapab rele Jewova ak dlo nan je. Menm Jezi ki te yon moun pafè te fè sa (Ebre 5:7). David te gen konviksyon Jewova t ap obsève l e Li ta ka sonje l lè li nan gwo soufrans, kòmsi Li te konsève dlo nan je l nan yon bidon an po oswa Li ekri yo nan yon liv *. Petèt ou gen santiman dlo nan je w ka prèske ranpli bidon an po sa a oswa yo ka ranpli plizyè paj nan liv sa a. Si sa rive, ou mèt konsole w. Labib ban nou asirans sa a : “ Jewova toupre moun ki kraze nan kè yo. E li sove moun ki kraze nan lespri yo. ” — Sòm 34:18.

Se pou nou vin konpayon entim Bondye

16, 17. a) Ki jan nou fè konnen Jewova pa endiferan devan pwoblèm sèvitè l yo ap rankontre ? b) Ki sa Jewova fè pou l pèmèt moun vin gen entimite avèk li ?

16 Lefètke Jewova konte “ ata branch cheve nan tèt nou ”, sa ban nou yon ide sou kalite Dye nou gen privilèj adore a, yon Dye ki konn obsève e ki enterese nan nou. Byenke n ap oblije tann jiskaske monn nouvo yo pwomèt la vini pou tout doulè ak tout soufrans disparèt, depi kounye a menm Jewova ap fè yon bagay estrawòdinè pou pèp li a. Men sa David te ekri : “ Entimite avèk Jewova se pou moun ki gen krentif pou li. Ni alyans li a tou, pou l fè yo konnen l. ” — Sòm 25:14.

17 “ Entimite avèk Jewova. ” Ide konsa sanble depase konpreyansyon lèzòm, etandone yo enpafè ! Epoutan, Jewova envite moun ki gen lakrentif pou li pou yo vin yon envite nan tant li (Sòm 15:1-5). E ki sa Jewova fè pou envite l yo ? Selon sa David di, li fè yo konnen alyans li. Jewova fè yo konfidans, li revele pwofèt yo “ sekrè ” li pou yo ka konnen objektif li ak sa yo dwe fè pou yo viv ann amoni ak yo. — Amòs 3:7.

18. Ki jan nou fè konnen Jewova vle nou gen yon relasyon sere avèk li ?

18 Vrèmanvre, sa chofe kè nou lè nou aprann nou menm imen enpafè nou kapab vin konpayon entim Trèwo a, Jewova Dye. Annefè, se egzakteman sa li ankouraje nou fè. Labib di : “ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. ” ​(Jak 4:8). Jewova vle nou gen yon relasyon sere avèk li. An reyalite, li deja fè premye pa pou l rann relasyon sa a posib. Sakrifis Jezi bay kòm ranson an ouvri pòt la pou nou, yon fason pou nou ka devlope amitye ak Bondye toupisan an. Labib fè konnen : “ Kanta nou menm, nou renmen, paske li te renmen nou an premye. ” — 1 Jan 4:19.

19. Ki jan andirans ka fè relasyon nou ak Jewova vin pi solid ?

19 Relasyon sere sa a vin pi solid lè nou andire anba sitiyasyon ki difisil. Disip Jak te ekri : “ Se pou andirans lan fin fè travay li nèt, pou n kapab vin konplè, pou n kapab vin anfòm nan tout bagay, pou n pa manke anyen. ” ​(Jak 1:4). Ki “ travay ” sa a ki fèt lè nou andire difikilte ? Sonje “ pikan nan chè ” Pòl te genyen an. Ki sa andirans te akonpli nan ka pa l la ? Men sa Pòl di konsènan eprèv li yo : “ Kidonk, m ap byen kontan vante tèt mwen pito anrapò ak feblès mwen, poutèt pou pisans Kris la ka rete sou mwen tankou yon tant. Kidonk, mwen pran plezi nan feblès, nan ensil, nan detrès, nan pèsekisyon, ak nan difikilte, pou Kris. Paske lè mwen fèb, se atò mwen gen pisans. ” ​(2 Korentyen 12:9, 10). Pòl te reyalize Jewova ba l pisans li te bezwen an, “ pisans ki depase sa ki nòmal la ” si sa te nesesè, yon fason pou l te ka andire. Yon lòt bò, sa te vin fè l pi pwòch Kris ak Jewova Dye. — 2 Korentyen 4:7 ; Filipyen 4:11-13.

20. Ki jan nou fè sèten Jewova ap ban nou sipò ak rekonfò lè n ap fè fas ak pwoblèm ?

20 Petèt Jewova kite nou kontinye sibi eprèv. Si sa fèt, sonje pwomès li fè moun ki gen lakrentif pou li : “ Mwen pap kite nou okenn fason, ni nonplis mwen pap abandone nou okenn fason. ” ​(Ebre 13:5). Ou kapab jwenn yon sipò ak yon rekonfò konsa. Jewova konte “ ata branch cheve nan tèt nou ”. Li wè andirans nou. Li santi doulè nou. Li enterese sensèman nan nou. E li pap janm “ bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l ”. — Ebre 6:10.

[Nòt anba paj]

^ § 2 David, yon nonm jis, ansanm ak pitit Kora yo ki te fidèl te fè deklarasyon ki sanble ak deklarasyon sa a. — Sòm 10:1 ; 44:24.

^ § 4 Labib pa di ki sa egzakteman “ pikan nan chè ” Pòl la te ye. Petèt se yon pwoblèm fizik, pa egzanp li te gendwa pa t wè byen. Oubyen ekspresyon “ pikan nan chè ” a kapab gen rapò ak fo apot ak lòt moun ki te konteste otorite Pòl antanke apot e antanke minis. — 2 Korentyen 11:6, 13-15 ; Galat 4:15 ; 6:11.

^ § 9 Gen kèk biblis ki fè konprann tonbe tikit la tonbe atè a, sa pa sèlman vle di li mouri. Selon sa yo di, ekspresyon ki nan lang orijinal la kapab gen rapò ak yon ti zwazo ki poze atè pou l chèche manje. Si se sa, sa ta vle di Bondye remake ti zwazo a e li enterese nan aktivite l ap mennen chak jou, li pa remake l sèlman lè l mouri. — Matye 6:26.

^ § 15 Nan tan lontan, yo te konn fè bidon an po ak po yo tannen, tankou po mouton, po kabrit oswa po bèf. Bidon sa yo te sèvi pou mete lèt, bè, fwomaj ak dlo. Bidon yo te konn fè ak po yo byen tannen yo te konn sèvi pou mete luil oswa diven.

Èske nou sonje ?

• Ki sa k ka fè yon moun santi Bondye abandone l ?

• Ki leson nou aprann nan egzanp Jezi te bay sou tikit yo e nan enfòmasyon li te bay sou cheve nan tèt nou yo ki konte ?

• Lè yo di Jewova mete dlo ki nan je yon moun nan “ bidon an po ” l la oswa nan “ liv ” li a, ki sa sa vle di ?

• Ki jan nou ka rive gen “ entimite avèk Jewova ” ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 24]

Poukisa Jewova pa t retire “ pikan nan chè ” Pòl te genyen an ?

[Foto nan paj 25]

Ki sa nou aprann nan egzanp Jezi te bay sou tikit yo ?

[Liy kredi]

© J. Heidecker/VIREO

[Foto nan paj 27]

Si nou li Labib regilyèman, n ap vin gen asirans Bondye enterese nan nou pèsonèlman.