Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se “ Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”

Jewova se “ Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”

Jewova se “ Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”

“ Moun k ap pwoche bò kote Bondye dwe kwè li la, e li tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. ” — EBRE 11:6.

1, 2. Ki sa k ka fè kèk sèvitè Jewova ap lite kont santiman negatif ?

“ MWEN gen prèske 30 an depi m Temwen Jewova, men mwen pa janm santi m merite pote non sa a. ” Se sa Barbara deklare *. Apre sa li di : “ Byenke mwen te sèvi kòm pyonye e mwen te gen anpil lòt privilèj ankò, pa gen youn nan privilèj sa yo ki rive fè m gen konviksyon mwen nan plas mwen. ” Keith te fè menm refleksyon an. Men sa l di : “ Pafwa, mwen santi mwen endiy, paske sèvitè Jewova yo gen anpil rezon pou yo ere, alòske mwen menm mwen pa ere. Sa vin fè mwen santi m koupab, e sa agrave sitiyasyon m. ”

2 Anpil nan sèvitè fidèl Jewova yo, kit se nan tan lontan, kit se jodi a, konn lite kont santiman ki sanble ak santiman sa yo. Èske sa konn rive w pafwa ? Pwoblèm ka vide sou ou youn apre lòt, alòske kwayan parèy ou sanble ap jwi lavi yo san pwoblèm, byen alèz. Sa ka fè w santi w pa ni gen apwobasyon Jewova, ni ou pa merite atansyon l. Pa prese met sa nan tèt ou. Labib asire nou : “ [Jewova] pa ni meprize afliksyon moun ki aflije a, ni li pa gen degou pou afliksyon l. Li pa kache figi l pou li, lè l rele l osekou li tande. ” ​(Sòm 22:24). Pawòl pwofetik sa yo konsènan Mesi a montre Jewova pa sèlman tande sèvitè fidèl li yo, men li rekonpanse yo tou.

3. Sa k fè nou pa alabri presyon ki gen nan sistèm de choz sa a ?

3 Devan presyon ki gen nan sistèm de choz sa a, pèsonn pa alabri, menm sèvitè Jewova yo. N ap viv nan yon monn ki anba dominasyon pi gwo ènmi Jewova a, Satan Ledyab (2 Korentyen 4:4 ; 1 Jan 5:19). Sèvitè Jewova yo pa jwenn pwoteksyon pa mwayen mirak, okontrè se yo menm prensipalman Satan vize (Jòb 1:7-12 ; Revelasyon 2:10). Kidonk, jiskaske moman Bondye fikse a rive, nou bezwen “ andire anba tribilasyon ” e nou bezwen “ pèsevere nan lapriyè ”, toutpandan nou gen konfyans Jewova enterese nan nou (Women 12:12). Nou pa dwe janm kite panse ki fè kwè Jewova, Bondye nou an, pa renmen nou antre nan tèt nou !

Egzanp moun nan tan lontan ki te andire

4. Bay kèk egzanp sèvitè fidèl Jewova ki te andire sitiyasyon ki difisil anpil.

4 Anpil sèvitè Jewova nan tan lontan te oblije andire sitiyasyon ki difisil anpil. Pa egzanp, ‘ nanm Ana te anmè ’ paske li pa t gen pitit. Se te yon sitiyasyon ki te fè l panse Bondye bliye l (1 Samyèl 1:9-11). Lè rèn Jezabèl, ki te yon kriminèl, te lage dèyè Eliya, Eliya te vin tèlman pè, men sa li te di Jewova nan yon priyè : “ Se ase ! Kounye a, o Jewova, retire nanm mwen, paske mwen pa pi bon pase zansèt mwen yo. ” ​(1 Wa 19:4). Siman apot Pòl te santi gwo fado ki t ap peze sou li akoz enpèfeksyon l, lè l te di : “ Lè mwen vle fè sa ki dwat, se sa ki mal la ki prezan nan mwen. ” Apre sa li di : “ Ala mal mwen mal ! ” — Women 7:21-24.

5. a) Ki jan Ana, Eliya ak Pòl te jwenn rekonpans ? b) Ki rekonfò nou kapab jwenn nan Pawòl Bondye a si n ap lite kont santiman negatif ?

5 Natirèlman, nou konnen ni Ana, ni Eliya, ni Pòl, yo tout te andire nan sèvis Jewova e se pa ti rekonpans li te ba yo (1 Samyèl 1:20 ; 2:21 ; 1 Wa 19:5-18 ; 2 Timote 4:8). Malgre tou, yo te lite kont tout kalite santiman yon moun ka genyen, tankou tristès, dezespwa ak laperèz. Konsa, sa pa ta dwe siprann nou si pafwa nou gen santiman negatif. Men, ki sa nou ka fè lè enkyetid lavi a fè n ap mande tèt nou si Jewova vrèman renmen nou ? Ou kapab jwenn rekonfò nan Pawòl Bondye a. Pa egzanp, nan atik ki vin anvan an, nou te pale sou deklarasyon Jezi te fè kote li te di Jewova konte “ ata branch cheve nan tèt nou ”. (Matye 10:30.) Pawòl ankourajan sa yo fè konprann Jewova enterese anpil nan chak sèvitè l. Sonje tou egzanp Jezi te bay sou tikit yo. Si pa gen youn nan ti zwazo sa yo ki tonbe atè san Jewova pa remake sa, kòman li ta fè fèmen je l sou difikilte n ap rankontre ?

6. Nan ki sans Bib la ka yon sous rekonfò pou moun k ap goumen kont santiman negatif ?

6 Èske sa vrèman posib pou nou menm imen enpafè pou nou gen anpil valè nan je Jewova Dye, Kreyatè toupisan an ? Wi ! Annefè, gen anpil pasaj nan Bib la ki ban nou asirans sou sa. Si nou reflechi sou yo, nou kapab repete menm pawòl ak yon salmis ki te di : “ Lè panse k ap twouble m yo te vin anpil anndan m, konsolasyon w yo te kòmanse karese nanm mwen. ” ​(Sòm 94:19). Annou konsidere kèk nan deklarasyon ki bay konsolasyon sa yo nou jwenn nan Pawòl Bondye a, yon seri deklarasyon k ap ede nou konprann pi byen toujou nou gen enpòtans nan je Bondye e l ap rekonpanse nou depi nou kontinye fè volonte l.

“ Pwopriyete espesyal ” Jewova a

7. Ki pwofesi ankourajan Jewova te bay nasyon kòwonpi a pa mwayen Malaki ?

7 Te gen yon sitiyasyon deplorab ki te egziste pami Juif yo nan senkyèm syèk anvan epòk nou an. Prèt yo te konn aksepte bèt ki pa t konvnab pou yo ofri kòm sakrifis sou lotèl Jewova a. Jij yo te nan patipri. Maji, manti, fwod ak adiltè te gaye toupatou (Malaki 1:8 ; 2:9 ; 3:5). Malaki te bay yon pwofesi etonan sou nasyon sa a ki t ap pratike koripsyon aklè. Kou lè a ta rive, Jewova t ap gen pou l retabli pèp li a nan yon kondisyon li apwouve. Men sa nou li : “‘ Wi, se pou mwen y ap ye ’, se sa Jewova chèf lame yo di, ‘ nan jou m ap fè yon byen apa a. Wi, m ap gen pitye pou yo, menm jan ak yon nonm ki gen pitye pou pitit li k ap sèvi l. ’” — Malaki 3:17.

8. Poukisa prensip ki nan Malaki 3:17 la ka aplike sou gwo foul la ?

8 Pwofesi Malaki a gen yon akonplisman nan epòk nou an sou kretyen ki wenn ak lespri yo e ki fòme yon nasyon espirityèl ki gen 144 000 moun. Nasyon sa a se vrèman “ yon pwopriyete espesyal ” oswa “ yon pèp ki la pou l tounen yon pwopriyete espesyal ” pou Jewova (1 Pyè 2:9). Pwofesi Malaki a kapab ankourajan tou pou “ gwo foul ” la, ki “ kanpe devan twòn nan e devan Timouton an, abiye ak wòb blan ”. (Revelasyon 7:4, 9.) Yo fòme yon sèl twoupo ak wen yo, anba direksyon yon sèl Bèje, Jezi Kris. — Jan 10:16.

9. Poukisa pèp Jewova a se “ yon pwopriyete espesyal ” pou li ?

9 Ki jan Jewova konsidere moun ki chwazi sèvi l yo ? Jan Malaki 3:17 fè remake sa, li konsidere yo menm jan yon papa ki gen lanmou konsidere pitit gason li. Gade ak ki bèl ekspresyon li dekri pèp li a : “ Yon pwopriyete espesyal. ” Gen lòt tradiksyon ki rann ekspresyon sa a konsa : “ Byen pa m ”, “ pwopriyete mwen genyen ki koute pi chè ”, “ bijou mwen ”. Poukisa Jewova konsidere moun k ap sèvi l antanke moun ki espesyal ? Youn nan rezon yo sèke li se yon Dye ki apresye sa moun fè (Ebre 6:10). Moun k ap sèvi l ak tout kè yo, li pwoche bò kote yo e li konsidere yo kòm moun espesyal.

10. Ki fason Jewova pwoteje pèp li a ?

10 Èske gen yon bagay ou posede ki gen valè e ou konsidere l kòm yon pwopriyete espesyal ? Èske w pa fè efò pou w pwoteje bagay sa a ? Se menm bagay la Jewova fè ak “ pwopriyete espesyal ” li genyen an. An reyalite, li pa pwoteje pèp li a kont tout eprèv ak trajedi ki gen nan lavi a (Eklezyas 9:11). Men, Jewova kapab bay sèvitè fidèl li yo pwoteksyon espirityèl e l ap fè sa. Li ba yo fòs yo bezwen pou yo andire nenpòt eprèv (1 Korentyen 10:13). Se sa k fè, men sa Moyiz te di Izrayelit yo, ki te pèp Bondye nan tan lontan : “ Se pou nou mete kouraj sou nou, se pou nou djanm. [...] Se Jewova Bondye w la k ap mache avèk ou. Li pap ni lage w ni abandone w konplètman. ” ​(Detewonòm 31:6). Jewova byen boule ak pèp li a. Yo se “ yon pwopriyete espesyal ” pou li.

Jewova, “ Sila a ki rekonpanse moun ”

11, 12. Ki jan rekonesans nou pou Jewova antanke Sila a ki rekonpanse nou ede nou konbat dout nou genyen ?

11 Yon lòt prèv ki montre Jewova bay sèvitè l yo valè, se lefètke li rekonpanse yo. Li te di Izrayelit yo : “‘ Silvouplè, teste m sou kesyon sa a, ’ se sa Jewova chèf lame yo di, ‘ pou wè si m pap ouvri vàn syèl la pou nou, e si m pap vide yon benediksyon sou nou toutbonvre jiskaske pa gen nesesite ankò. ’” ​(Malaki 3:10). Natirèlman, alafen, Jewova ap bay sèvitè li yo lavi etènèl kòm rekonpans (Jan 5:24 ; Revelasyon 21:4). Rekonpans ki gen kokenn valè sa a revele grandè lanmou Jewova ak grandè jenewozite li. Sa montre tou li vrèman bay moun ki chwazi sèvi l yo anpil enpòtans. Lè nou aprann konsidere Jewova antanke Sila a ki rekonpanse moun, sa ka ede nou konbat kèlkeswa dout nou ta ka genyen sou relasyon nou avèk li. Anfèt, Jewova rekòmande nou pou nou konsidere l antanke yon Moun ki konn rekonpanse moun ! Men sa Pòl te ekri : “ Moun k ap pwoche bò kote Bondye dwe kwè li la, e li tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. ” — Ebre 11:6.

12 Natirèlman, se pa sèlman paske Jewova pwomèt pou l rekonpanse nou ki fè n ap sèvi l, men nou sèvi l paske nou renmen l. Toutfwa, lè nou toujou gen nan kè nou espwa yon rekonpans, se pa yon move bagay, ni sa pa vle di se egoyis nou egoyis (Kolosyen 3:23, 24). Lanmou Jewova gen pou moun k ap chèche l toutbonvre ansanm ak kokenn valè yo gen nan je l pouse l pran inisyativ pou l rekonpanse yo.

13. Poukisa dispozisyon anrapò ak ranson an se pi gwo prèv ki montre lanmou Jewova gen pou nou ?

13 Pi gwo prèv ki montre valè limanite kapab genyen nan je Jewova se dispozisyon li te pran pou l bay ranson an. Men sa apot Jan ekri : “ Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a, dekwa pou nenpòt moun ki mete lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi etènèl. ” ​(Jan 3:16). Sakrifis ranson Jezi Kris la an kontradiksyon ak lide ki fè kwè nou pa gen valè nan je Jewova oswa li pa renmen nou. An reyalite, si Jewova peye chè konsa pou nou, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou nou, asireman se paske li renmen nou anpil anpil.

14. Ki jan Pòl te konsidere ranson an ?

14 Donk, si ta gen santiman negatif k ap devlope nan ou menm, medite sou ranson an. Wi, konsidere kado sa a kòm yon dispozisyon Jewova pran pou ou pèsonèlman. Se sa apot Pòl te fè. Sonje sa l te di : “ Ala mal mwen mal ! ” Men apre sa, Pòl di : “ Mèsi Bondye pa mwayen Jezi Kris Seyè nou an ”, ki “ renmen m, e ki livre tèt li li menm pou mwen ”. (Women 7:24, 25 ; Galat 2:20.) Lè Pòl te di sa, se pa paske li te wè tèt li sèlman. Li te senpleman gen konfyans Jewova ba l enpòtans pèsonèlman. Menm jan ak Pòl, nou menm tou, nou dwe aprann konsidere ranson an kòm yon kado pèsonèl Bondye fè nou. Jewova pa sèlman yon Sovè ki gen pisans, men tou, li se Sila a ki rekonpanse moun avèk amou.

Pran prekosyon ak ‘ riz ’ Satan

15-17. a) Ki jan Dyab la eksplwate santiman negatif ? b) Ki ankourajman nou jwenn nan eksperyans Jòb la ?

15 Toutfwa, ou ka twouve li difisil pou w kwè konsolasyon enspire nou jwenn nan Pawòl Bondye a aplike vrèman nan ka pa w. Ou ka panse rekonpans lavi etènèl nan monn nouvo Bondye a se yon bagay lòt moun ka jwenn, men ou menm, ou tou senpleman pa diy pou w jwenn li. Si se konsa w santi w, ki sa ou ka fè ?

16 Sandout ou abitye ak rekòmandasyon Pòl te fè Efezyen yo, lè l te di : “ Se pou nou abiye nou nèt ak ekipman sòlda Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv [“ riz ”, nòt anba paj] Dyab la. ” ​(Efezyen 6:11). Lè nou reflechi sou metòd Satan itilize, premye bagay ki vin nan tèt nou se materyalis ak imoralite, e se nòmal. Tantasyon sa yo pran anpil sèvitè Bondye nan pyèj, kit se nan tan lontan, kit se nan epòk nou an. Sepandan, nou pa dwe inyore yon lòt riz Satan : efò l ap fè pou l fè moun kwè Jewova Dye pa renmen yo.

17 Dyab la fò nan eksplwate santiman konsa nan tantativ l ap fè pou l fè moun bay Bondye do. Sonje pawòl Bildad te di Jòb yo : “ Ki jan yon moun ki ka mouri ta fè gen rezon devan Bondye, oubyen ki jan yon moun fi fè ta fè pi ? Gade ! Menm lalin nan, li pa klere, e zetwal yo yo menm yo pa montre yo pi nan je l. Alewè pou yon moun ki ka mouri, ki se yon ti vè piti, e pou yon pitit lòm, ki se yon vè ! ” ​(Jòb 25:4-6 ; Jan 8:44). Èske w ka imajine jan pawòl sa yo dwe dekourajan ? Donk, pa kite Satan dekouraje w. Yon lòt bò, pa inyore objektif Satan yo dekwa pou w ka gen kouraj ak rezistans pou w lite ak tout fòs pou w fè sa ki dwat (2 Korentyen 2:11). Tankou nan ka Jòb, malgre Jewova te korije l, li te rekonpanse andirans li lè li te reba l de fwa kantite sa l te pèdi yo. — Jòb 42:10.

Jewova “ pi gran pase kè nou ”

18, 19. Nan ki sans Bondye “ pi gran pase kè nou ”, e nan ki sans li ‘ konnen tout bagay ’ ?

18 Se vre li ka difisil pou yon moun konbat santiman dekourajman si yo ankre byen fon. Sepandan, lespri Jewova ka ede nou tikras pa tikras pou nou ranvèse “ bagay ki anrasinen solidman [...] ki drese kont konesans Bondye a ”. (2 Korentyen 10:4, 5.) Lè panse negatif soti pou anvayi w, reflechi sou pawòl apot Jan yo : “ Se konsa n ap konnen si nou soti nan laverite, e n ap asire kè nou devan li konsènan nenpòt ki bagay kè nou ta kondane nou pou li, paske Bondye pi gran pase kè nou e li konnen tout bagay. ” — 1 Jan 3:19, 20.

19 Ki sa ekspresyon “ Bondye pi gran pase kè nou ” an vle di ? Pafwa, kè nou ka kondane nou, sitou lè nou vin byen okouran enpèfeksyon ak mankman nou, sa fè nou lapenn. Oswa sa ka rive akoz pase nou, nou gen yon tandans egzajere pou nou gen panse negatif sou pwòp tèt nou, kòmkwa pa gen anyen nou fè ki pou akseptab pou Jewova. Pawòl apot Jan yo ban nou asirans Bondye pi gran pase bagay sa yo ! Li pa rete sou enpèfeksyon nou e li disène vrè kapasite nou. Li konnen tou mobil nou ak entansyon nou. Men sa David te ekri : “ Li konnen byen ak ki sa nou fèt, li pa bliye nou se pousyè. ” ​(Sòm 103:14). Wi, Jewova konnen nou pi byen pase nou konn tèt nou !

“ Yon kouwòn bote ” ak “ yon bando wayal ”

20. Ki sa pwofesi Izayi sou restorasyon an revele konsènan fason Jewova konsidere sèvitè l yo ?

20 Pa mwayen pwofèt Izayi, Jewova te bay pèp li te genyen nan tan lontan an espwa l ap retabli l. Etandone yo te egzile nan peyi Babilòn, rekonfò ak asirans sa a se egzakteman sa moun ki te dezespere sa yo te bezwen. Men sa Jewova te di anrapò ak moman kote yo ta gen pou yo retounen lakay yo : “ Ou dwe vin yon kouwòn bote nan men Jewova, e yon bando wayal nan pla men Bondye w. ” ​(Izayi 62:3). Ak pawòl sa yo, Jewova te abiye pèp li a ak diyite ak grandè. Li fè menm bagay la jodi a pou nasyon l lan, Izrayèl espirityèl la. Se kòmsi li leve yo byen wo pou tout moun admire.

21. Ki jan nou ka vin gen asirans Jewova ap rekonpanse nou poutèt nou andire ak fidelite ?

21 Byenke pwofesi sa a akonpli prensipalman sou wen yo, li reprezante diyite Jewova bay tout moun k ap sèvi l. Se sa k fè, lè nou anvayi ak dout, sonje menm lè nou enpafè, nou kapab gen valè nan je Jewova, menm jan ak “ yon kouwòn bote ” ak “ yon bando wayal ”. Donk, kontinye rejwi kè l lè nou chèche fè volonte l sensèman (Pwovèb 27:11). Lè nou fè sa, nou mèt gen asirans Jewova ap rekonpanse nou poutèt nou andire ak fidelite !

[Nòt anba paj]

^ § 1 Gen non moun yo chanje.

Èske nou sonje ?

• Nan ki sans nou se “ yon pwopriyete espesyal ” pou Jewova ?

• Poukisa li enpòtan pou nou konsidere Jewova antanke Sila a ki rekonpanse moun ?

• Kont ki ‘ riz ’ Satan nou dwe pran prekosyon ?

• Nan ki sans Bondye “ pi gran pase kè nou ” ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Pòl

[Foto nan paj 28]

Eliya

[Foto nan paj 28]

Ana

[Foto nan paj 30]

Pawòl Bondye a gen yon bann panse pou konsole moun.