Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Kontinye teste sa nou menm nou ye ”

“ Kontinye teste sa nou menm nou ye ”

“ Kontinye teste sa nou menm nou ye ”

“ Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye. ” — 2 Korentyen 13:5.

1, 2. a) Si nou gen dout sou kwayans nou, ki efè sa ka gen sou nou ? b) Ki sitiyasyon ki te gen nan Korent nan premye syèk la ki te ka fè kèk moun pa fin sèten de wout pou yo mache ladan l lan ?

YON mesye k ap vwayaje sou yon wout pwovens rive nan yon kafou. Piske li pa fin sèten ki wout pou l fè pou l al kote l prale a, li mande kèk pasan ki wout pou l fè. Chak moun li mande, yo montre l yon wout diferan. Sa fè misye vin bwouye, li pa ka kontinye wout li. Se menm bagay la ki ka rive nou si nou gen dout sou kwayans nou. Sa ka fè nou pa konn sa pou nou deside, nou pa fin sèten de wout pou nou mache ladan l lan.

2 Nan premye syèk la, nan kongregasyon Korent, nan peyi Lagrès, gen yon sitiyasyon ki te devlope ki te ka gen menm efè sa a sou kèk moun ki te ladan l. Te gen yon seri “ gwo apot ” ki t ap konteste otorite apot Pòl, yo te di : “ Lèt li yo gen pwa, yo gen fòs, men lè l la an pèsòn, prezans li fèb e pawòl li meprizab. ” ​(2 Korentyen 10:7-12 ; 11:5, 6). Yon pwennvi konsa siman te fè kèk moun nan kongregasyon Korent lan pa fin sèten ki jan pou yo mache.

3, 4. Poukisa konsèy Pòl te bay Korentyen yo ta dwe enterese nou ?

3 Pòl te fonde kongregasyon Korent lan pandan li t ap vizite zòn sa a nan ane 50 epòk nou an. Li te rete Korent “ ennan simwa ap anseye pawòl Bondye a nan mitan yo ”. E vrèmanvre, “ anpil nan Korentyen yo ki te tande te vin kwayan epi yo te batize ”. (Travay 18:5-11.) Pòl te enterese anpil nan byennèt espirityèl kwayan parèy li yo ki te nan Korent. Anplis de sa, Korentyen yo te ekri Pòl pou yo mande l konsèy sou kèk sijè (1 Korentyen 7:1). Pou l reponn yo, li te ba yo bon konsèy.

4 Men pawòl Pòl te ekri yo : “ Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye. ” ​(2 Korentyen 13:5). Si frè nan Korent yo te koute konsèy sa a, sa t ap fè yo evite tonbe nan dout konsènan wout yo dwe mache ladan l lan. Se menm bagay la pou nou tou jodi a. Kidonk, ki jan nou ka suiv konsèy Pòl te bay la ? Ki jan nou ka verifye si nou nan lafwa ? E ki sa sa enplike pou nou teste sa nou menm nou ye ?

“ Kontinye verifye si nou nan lafwa ”

5, 6. Ki baz nou genyen pou nou verifye si nou nan lafwa, e poukisa baz sa a se pi bon baz ki te ka genyen ?

5 Jeneralman, nan yon tès, yo teste yon moun oswa yon bagay, e gen yon mezi oswa yon règ ki sèvi kòm baz pou tès la. Nan egzanp nou ye la a, nou pa pral fè tès sou lafwa nou, sou tout kwayans nou genyen yo. Men se sou nou menm menm nou pral fè tès la. Pou nou fè tès sa a, nou gen yon baz ki san fay. Men sa salmis David te ekri nan yon melodi li te konpoze : “ Lwa Jewova a san fay, li ramne nanm nan. Rapèl Jewova a merite pou moun fè l konfyans, li fè yon moun ki pa gen eksperyans vin saj. Lòd ki soti bò kote Jewova yo dwat, yo bay kè kontan. Kòmandman Jewova yo pwòp, yo fè je moun klere. ” ​(Sòm 19:7, 8). Nan Bib la gen lwa Jewova yo ki san fay, lòd li yo ki dwat, rapèl li yo ki merite pou nou fè yo konfyans ansanm ak kòmandman li yo ki pwòp. Mesaj ki gen nan liv sa a se yon baz ideyal pou tès la.

6 Anpalan de mesaj Bondye enspire a, apot Pòl di : “ Pawòl Bondye a vivan e li pisan, li pi file pase yon epe ki file de bò epi li pèse fon jis li separe nanm nan ak lespri a, jwenti yo ak mwèl yo, e li kapab disène panse ak entansyon ki nan kè a. ” ​(Ebre 4:12). Wi, pawòl Bondye kapab teste kè nou, moun nou ye toutbon pa anndan an. Men, mesaj ki file e ki pisan sa a, ki sa nou ka fè pou l vin gen enfliyans nan lavi nou ? Salmis la pa kite dout sou kesyon sa a. Men sa l di nan yon chante : “ Byennere moun [...] tout plezi l se nan lwa Jewova, e nan lwa l, li li tou ba lajounen kou lannuit. ” ​(Sòm 1:1, 2). Se nan Bib la, Pawòl Bondye fè ekri a, nou jwenn “ lwa Jewova ” a. Nou dwe pran plezi nan li Pawòl Jewova a. Anfèt, nou dwe pran tan pou nou li l tou ba, sa vle di pou nou medite sou li. Etan n ap fè sa, nou bezwen kite sa ki ekri ladan l yo teste nou.

7. Ki meyè fason pou nou verifye si nou nan lafwa ?

7 Meyè fason pou nou verifye si nou nan lafwa se lè nou li Pawòl Bondye a, nou medite sou li epi nou egzamine si konduit nou ann amoni ak sa nou aprann yo. Nou mèt kontan dèske nou gen anpil bagay ki la pou ede nou konprann Pawòl Bondye a.

8. Kòman piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ede nou verifye si nou nan lafwa ?

8 Jewova founi ansèyman ak enstriksyon pa mwayen piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, ki bay esplikasyon sou Ekriti yo (Matye 24:45). Pa egzanp, ann konsidere kare “ Éléments de méditation ” ki parèt nan fen pifò chapit nan liv Approchez-vous de Jéhovah a *. Èske pati sa a nan liv la pa ban nou bèl opòtinite pou nou medite ? Kantite sijè ki parèt nan jounal nou yo, Toudegad ak Réveillez-vous !, ede nou tou pou nou verifye si nou nan lafwa. Konsènan yon seri atik ki baze sou liv Pwovèb la ki parèt tou dènyèman nan Toudegad (fransè), men sa yon kretyèn di : “ Mwen twouve atik sa yo pratik anpil. Yo ede m egzamine si pawòl mwen, konduit mwen ansanm ak atitid mwen vrèman ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis. ”

9, 10. Ki dispozisyon Jewova pran pou l ede nou kontinye verifye si nou nan lafwa ?

9 Nou resevwa anpil konsèy ak anpil ankourajman tou nan reyinyon yo e nan asanble yo. Sa fè pati dispozisyon espirityèl Bondye pran an favè moun Izayi te pwofetize konsènan yo lè l te di : “ Men sa ki dwe rive nan dènye pati jou yo : mòn mezon Jewova a pral chita byen djanm anlè tèt mòn yo, e san mank l ap monte pi wo pase tèt kolin yo, e ladan l, tout nasyon yo dwe vin an foul. E san mank, anpil pèp prale e y ap di : ‘ Vini, annou monte nan mòn Jewova a, [...] e l ap enstwi nou nan chemen l yo, e n ap mache nan wout li yo. ’ ” ​(Izayi 2:2, 3). Asireman, se yon benediksyon pou nou jwenn enstriksyon sa yo konsènan chemen Jewova yo !

10 Nou pap neglije tou konsèy nou resevwa nan men moun ki kalifye espirityèlman pou sa, ansyen yo pa egzanp. Men sa Bib la di konsènan moun sa yo : “ Frè m yo, menmsi yon moun fè yon fo pa san l pa rann li kont, nou menm ki kalifye espirityèlman, eseye redrese moun sa a avèk dousè, toutpandan w ap veye sou tèt ou, yon fason pou ou menm tou ou pa sibi tantasyon. ” ​(Galat 6:1). Nou ka vrèman rekonesan pou dispozisyon sa a ki pran pou redrese nou !

11. Pou nou verifye si nou nan lafwa, ki sa sa mande ?

11 Piblikasyon nou yo, reyinyon yo, frè ki nome yo, tout sa fè pati bèl dispozisyon Jewova pran. Sepandan, pou nou verifye si nou nan lafwa, sa mande pou nou egzamine tèt nou. Donk, lè n ap li piblikasyon yo, oswa nou koute yon konsèy ki soti nan Ekriti yo, nou bezwen mande tèt nou : ‘ Èske sa yo di la a sanble m ? Èske mwen konn fè sa yo di la a ? Èske mwen dakò ak tout kwayans kretyen yo ? ’ Atitid nou anvè enfòmasyon nou resevwa grasa dispozisyon sa yo gen efè sou espirityalite nou tou. Labib di : “ Yon moun fizik pa resevwa bagay lespri Bondye, paske yo se sotiz pou li [...]. Sepandan, moun espirityèl la egzamine tout bagay vrèman. ” ​(1 Korentyen 2:14, 15). Bagay nou li nan liv nou yo, nan peryodik yo ak nan lòt piblikasyon ankò, ansanm ak sa nou tande nan reyinyon yo oswa sa ansyen yo di nou, èske nou pa ta dwe fè efò pou nou gen yon pwennvi pozitif, yon pwennvi espirityèl sou yo ?

“ Kontinye teste sa nou menm nou ye ”

12. Pou nou teste sa nou menm nou ye, ki sa sa mande ?

12 Pou nou teste sa nou menm nou ye, sa mande pou nou analize tèt nou. Se vre, nou kapab nan laverite, men ki nivo espirityalite nou ? Teste sa nou ye mande pou nou pwouve nou gen matirite e pou nou montre nou gen bonjan apresyasyon pou dispozisyon espirityèl yo.

13. Selon Ebre 5:14, ki sa ki ka pwouve nou gen matirite ?

13 Ki sa nou ka chèche nan nou menm ki kapab pwouve nou se kretyen ki gen matirite ? Men sa apot Pòl te ekri : “ Gwo manje se pou moun ki gen matirite, pou moun kapasite klèvwayans yo, paske yo sèvi avè l, vin egzèse pou distenge sa ki byen ak sa ki mal. ” ​(Ebre 5:14). Nou pwouve nou gen matirite lè nou egzèse kapasite klèvwayans nou. Menm jan yon atlèt bezwen devlope yon seri mis nan kò l, li bezwen fè egzèsis souvan pou l jwenn bon rezilta nan spò l ap pratike a, se konsa nou bezwen gen abitid egzèse kapasite klèvwayans nou pou nou aplike prensip ki nan Bib la.

14, 15. Poukisa nou dwe fè gwo efò pou nou etidye bagay pwofon ki gen nan Pawòl Bondye a ?

14 Men, anvan pou nou egzèse kapasite klèvwayans nou, nou dwe chèche gen konesans. Pou nou genyen l, li esansyèl pou nou etidye pèsonèlman avèk dilijans. Lè nou etidye regilyèman, kapasite klèvwayans nou amelyore, sitou si se bagay pwofon ki nan Pawòl Bondye a nou etidye. Pandan ane ki sot pase yo, gen anpil sijè pwofon yo egzamine nan Toudegad. Ki jan nou reyaji lè nou tonbe sou atik k ap trete verite ki pwofon yo ? Èske nou gen tandans pase sou yo senpleman paske yo gen “ kèk bagay ladan yo ki difisil pou moun konprann ” ? (2 Pyè 3:16.) Olye nou fè sa, nou fè plis efò pito pou nou rive konprann sa ki di yo. — Efezyen 3:18.

15 E si nou twouve se yon kòve pou nou fè etid pèsonèl ? Li esansyèl pou nou fè efò pou nou vin renmen etidye * (1 Pyè 2:2). Pou nou rive atenn matirite, sa mande pou nou aprann nouri nou ak gwo manje, nou vle pale de verite pwofon ki gen nan Pawòl Bondye a. Si se pa sa, kapasite klèvwayans nou ap toujou ret limite. Men, pou nou pwouve nou gen matirite, sa mande plis pase chèche gen kapasite klèvwayans. Konesans nou vin genyen grasa etid pèsonèl nou fè avèk dilijans, nou dwe mete l an pratik chak jou nan lavi nou.

16, 17. Konsènan nesesite pou nou tounen “ pratikan pawòl la ”, ki egzòtasyon disip Jak bay ?

16 Lòt bagay ki ka ede nou wè tou ki sa nou menm nou ye se fason nou montre rekonesans nou pou laverite, sa vle di aksyon nou fè ki demontre lafwa nou. Disip Jak itilize yon egzanp frapan pou l pale de analiz sa a nou ka fè sou tèt nou, li di : “ Se pou nou tounen pratikan pawòl la, e non pa moun k ap koute sèlman, nan twonpe pwòp tèt nou ak fo rezònman. Paske si yon moun se yon moun k ap koute pawòl la e non pa yon pratikan, moun sa a sanble ak yon nonm ki gade figi natirèl li nan yon glas. Paske li gade tèt li, epi l ale, lamenm li bliye ki kalite moun li ye. Men, moun ki gade avèk atansyon nan lwa pafè a, lwa libète a, e ki pèsevere ladan l, l ap fè l ak kè kontan, paske li pa tounen yon moun k ap koute pou l bliye, men li tounen yon moun k ap fè travay la. ” — Jak 1:22-25.

17 Anfèt, se kòmsi Jak di : ‘ Pawòl Bondye a se tankou yon glas, gade ladan l avèk atansyon pou w analize tèt ou. Pèsevere ladan l, epi egzamine tèt ou ann amoni ak sa ou jwenn nan pawòl Bondye a. Annapre, pinga menm kote a ou bliye sa w sot wè yo. Korije sa k merite korije. ’ Men, li pa toujou fasil pou yon moun suiv konsèy sa a.

18. Poukisa li pa fasil pou yon moun suiv konsèy Jak la ?

18 Ann pran pa egzanp nesesite pou nou patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan. Men sa Pòl ekri : “ Se avèk kè a yon moun demontre lafwa pou lajistis, men se avèk bouch la yon moun fè deklarasyon piblik pou l ka sove. ” ​(Women 10:10). Pou nou fè deklarasyon piblik avèk bouch nou pou nou ka sove, sa mande kèk ajisteman. Patisipe nan travay predikasyon an se pa yon bagay ki natirèl pou pifò nan nou. Pou nou zele nan travay sa a e pou nou ba l plas li merite nan lavi nou, nou bezwen fè plis chanjman ak plis sakrifis toujou (Matye 6:33). Men, yonfwa nou vin ap fè travay sa a Bondye ban nou an, nou vin gen kè kontan poutèt louwanj Jewova jwenn. Kidonk, èske nou zele nan travay predikasyon Wayòm nan ?

19. Ki sa aksyon nou fè ki demontre nou gen lafwa yo dwe gen ladan yo ?

19 Aksyon nou fè ki demontre nou gen lafwa yo, ki sa yo dwe gen ladan yo ? Pòl di : “ Bagay nou te aprann yo, ansanm ak sa nou te aksepte yo, sa nou te tande yo ak sa nou te wè yo, ki gen rapò avèk mwen, mete yo an pratik. Konsa, Bondye lapè a ap avèk nou. ” ​(Filipyen 4:9). Nou pwouve sa nou ye lè nou mete an pratik sa nou aprann, sa nou aksepte, sa nou tande ak sa nou wè, sa vle di tout sa sa enplike lefètke nou vwe nou bay Jewova e lefètke nou se disip Kris. Men rekòmandasyon Jewova te fè pa mwayen pwofèt Izayi : “ Men chemen an. Mache ladan l. ” — Izayi 30:21.

20. Ki jan de moun ki se yon gwo benediksyon pou kongregasyon an ?

20 Gason ak fi ki etidye Pawòl Bondye a avèk dilijans, ki zele nan predikasyon bon nouvèl la, ki demontre yon entegrite ki san fay e ki soutni Wayòm nan fidèlman, moun sa yo se yon gwo benediksyon yo ye pou kongregasyon an. Prezans yo fè kongregasyon kote yo ye a vin pi stab. Moun sa yo vrèman itil, sitou tèlman gen anpil nouvo ki bezwen pou nou pran swen yo. Lè nou suiv konsèy Pòl te bay ki mande pou nou ‘ kontinye verifye si nou nan lafwa, pou nou kontinye teste sa nou menm nou ye ’, nou menm tou n ap vin gen yon bon enfliyans sou lòt moun.

Pran plezi nan fè volonte Bondye

21, 22. Ki jan nou kapab pran plezi nan fè volonte Bondye ?

21 David, yon wa nan Izrayèl tan lontan an, te di pawòl sa yo nan yon chante : “ Pou m fè volonte w, o Bondye mwen, mwen pran plezi, epi lalwa w chita jis nan zantray mwen. ” ​(Sòm 40:8). David te pran plezi nan fè volonte Bondye. Sa k te fè sa ? Se paske lwa Jewova a te nan kè David. David pa t gen dout konsènan wout pou l mache ladan l lan.

22 Lè lwa Bondye a chita jis nan zantray nou, nou pa gen dout sou wout pou nou mache ladan l lan. Nou pran plezi nan fè volonte Bondye. Kidonk, ‘ annou fè gwo efò ’ pou nou sèvi Jewova ak tout kè nou. — Lik 13:24.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 15 Pou nou jwenn sijesyon pratik sou fason pou nou etidye, gade nan liv Tirez profit de l’École du ministère théocratique, nan paj 27-32. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske nou sonje ?

• Ki jan nou ka verifye si nou nan lafwa ?

• Pwouve sa nou menm nou ye, ki sa sa enplike ?

• Antanke kretyen, kòman nou ka pwouve nou gen matirite ?

• Ki jan aksyon nou fè ki demontre nou gen lafwa yo ede nou analize kiyès nou ye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Èske w konnen meyè fason pou w verifye si w nan lafwa ?

[Foto nan paj 11]

Antanke kretyen, nou bay prèv nou gen matirite lè nou egzèse kapasite klèvwayans nou.

[Foto nan paj 12]

Nou teste sa nou ye lè nou pa tounen ‘ moun k ap koute pou bliye, men lè nou tounen moun k ap pratike pawòl la ’.