Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Wa yo

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Wa yo

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Wa yo

LIV biblik dezyèm liv Wa yo se pwolonjman premye liv Wa yo. Li rakonte istwa 29 wa, 12 soti nan wayòm nò a, Izrayèl, 17 soti nan wayòm sid la, Jida. Dezyèm liv Wa yo rakonte tou aktivite kèk pwofèt tankou : Eliya, Elicha, ak Izayi. Byenke yo pa rapòte istwa yo youn dèyè lòt selon dat yo te rive, yo rapòte evènman ki rive jis nan epòk destriksyon Samari ak Jerizalèm. Antou, dezyèm liv Wa yo kouvri yon peryòd 340 an, soti nan ane 920 anvan epòk nou an pou rive nan ane 580 anvan epòk nou an, ane pwofèt Jeremi te fin ekri liv sa a.

Ki enpòtans dezyèm liv Wa yo genyen pou nou ? Ki sa li aprann nou sou Jewova e sou fason li aji ? Moun liv la mansyone yo, anpalan de wa yo, pwofèt yo ansanm ak lòt moun ankò, ki leson nou ka tire nan fason yo te konn aji ? Annou egzamine ki sa nou ka aprann nan dezyèm liv Wa yo.

ELICHA RANPLASE ELIYA

(2 Wa 1:1–8:29)

Ahazya, wa Izrayèl la, sot tonbe pandan li lakay li, li vin malad. Pwofèt Eliya voye yon mesaj ba li ki fè l konnen l ap mouri. Ahazya mouri e se Yeworam, yon frè l, ki monte sou twòn nan. Nan menm epòk sa a, Yewochafat t ap reye sou peyi Jida. Yon gwo tanpèt van anlve Eliya, e se Elicha, asistan l lan, ki ranplase l kòm pwofèt. Pandan anviwon 60 an ministè Elicha dire a, li akonpli anpil mirak. — Gade kare “ Mirak Elicha yo ”.

Te gen yon wa mowabit ki te antre an rebelyon kont Izrayèl, e lè sa a Yeworam, Yewochafat ansanm ak wa Edòm nan te soti al fè lagè avè l. Grasa fidelite Yewochafat, yo te ranpòte laviktwa. Annapre, wa Siri a te planifye yon atak sipriz kont Izrayèl. Men, Elicha detounen plan an. Wa siryen an tèlman fache, li voye “ cheval ak charyo de gè ansanm ak yon gwo fòs militè ” pou kaptire Elicha (2 Wa 6:14). Elicha akonpli de mirak e li voye Siryen yo ale anpè. Annapre, Bennadad, wa siryen an, asyeje Samari. Sa fè vin gen yon gwo grangou, men, Elicha predi grangou a gen pou l fini.

Kèk tan apre, Elicha al Damas. Wa Bennadad, ki te malad nan moman an, voye Azayèl mande Elicha si li gen pou l refè. Elicha predi wa a ap mouri e se Azayèl ki pral dirije nan plas li. Nan demen, Azayèl toufe wa a ak yon “ twal ki fèt an filè ” ki mouye e li pran pouvwa a (2 Wa 8:15, nòt anba paj). Nan Jida, se Yeworam, pitit Yewochafat la, ki vin wa, e se pitit gason l lan, Ahazya, ki vin ranplase l. — Gade kare “ Wa Jida yo ak wa Izrayèl yo ”.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:9 — Poukisa Elicha te mande ‘ de pati nan espri Eliya a ’ ? Pou Elicha ta akonpli responsablite li antanke pwofèt ann Izrayèl, fòk li ta manifeste menm espri Eliya te manifeste a, yon espri ki t ap pèmèt li gen kouraj e ki t ap pèmèt li pa gen laperèz. Se sa Elicha te konprann ki fè li te mande yon pòsyon doub nan espri Eliya a. Se Eliya ki te deziyen Elicha pou ranplase l apre Elicha te fin sèvi l pandan sizan. Konsa, Elicha te konsidere Eliya tankou yon papa espirityèl pou li, li te tankou premye pitit espirityèl Eliya (1 Wa 19:19-21 ; 2 Wa 2:12). Kidonk, menm jan yon premye pitit resevwa de pati nan eritaj papa l, se konsa Elicha te mande de pati nan eritaj espirityèl Eliya a e li te resevwa yo.

2:11 — “ Syèl ” kote “Eliya te monte nan tanpèt van ” an, ki sa l te ye ? Se pa t ni yon kote lwen nan linivè a, ni nan domèn espirityèl kote Bondye ansanm ak zanj li yo abite (Detewonòm 4:19 ; Sòm 11:4 ; Matye 6:9 ; 18:10). “ Syèl ” kote Eliya te monte a se atmosfè a (Sòm 78:26 ; Matye 6:26). Aparamman, charyo dife Eliya a te kontinye kouri nan atmosfè tè a, li te transfere Eliya nan yon lòt andwa sou tè a kote li t al kontinye viv pou yon sèten tan. Dayè, kèk ane apre, Eliya te ekri Yeworam, wa Jida a, yon lèt. — 2 Kwonik 21:1, 12-15.

5:15, 16 — Poukisa Elicha pa t aksepte kado Naamàn te ba li a ? Elicha te refize kado a paske li te rekonèt se grasa pouvwa Jewova li te fè mirak pou l geri Naamàn, se pa t pouvwa pa l. Sa pa t janm pase nan tèt li pou l ta chèche fè pwofi nan fonksyon Bondye te etabli l la. Jodi a, vrè adoratè yo pa chèche fè pwofi pèsonèl nan sèvis Jewova. Yo sonje egzòtasyon Jezi bay ki di : “ Nou resevwa gratis, bay gratis. ” — Matye 10:8.

5:18, 19 — Èske se padon Naamàn t ap mande poutèt li ta gen pou l patisipe nan yon jès relijye ? Sanble wa siryen an te granmoun, li te febli, sa fè li te oblije apiye sou Naamàn pou l pran sipò. Lè wa a pwostène pou l adore Rimòn, Naamàn te pwostène tou. Men, jès Naamàn nan, se tou senpleman yon jès mekanik, li pa t fè l pou l bay yon adorasyon, li te jis fè l pou l soutni wa a. Naamàn t ap mande Jewova padone l poutèt se konsa li oblije akonpli fonksyon li. Elicha kwè Naamàn, li di l : “ Ale anpè. ”

Leson pou nou jodi a :

1:13, 14. Lè nou tire leson nan sa nou obsève epi nou aji avèk imilite, sa ka sove lavi moun.

2:2, 4, 6. Byenke Elicha te pase petèt sizan ap sèvi Eliya, li te ensiste pou Eliya pa t kite l. Ala yon bèl egzanp fidelite, yon bèl egzanp amitye ! — Pwovèb 18:24.

2:23, 24. Prensipal rezon ki fè yo te moke Elicha, sanble se paske se yon mesye tèt chòv ki te mete rad ofisyèl Eliya a. Timoun yo te konnen Elicha se reprezantan Jewova, yo tou senpleman pa t vle l rete nan zòn nan. Yo te mande l pou l “ monte ”, sa vle di, swa li kontinye monte al Betèl, oubyen pou l te anlve menm jan ak Eliya. Li evidan timoun sa yo te ostil menm jan ak paran yo. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou paran yo aprann pitit yo respekte reprezantan Bondye yo !

3:14, 18, 24. Pawòl Jewova toujou reyalize.

3:22. Reflè limyè a nan granmmaten te fè dlo a parèt tankou san, petèt paske tè ki nan twou yo te fèk fouye yo te gen yon ajil wouj ladan l. Jewova kapab chwazi sèvi ak fenomèn natirèl pou l reyalize objektif li.

4:8-11. Lefètke yon dam nan peyi Chounèm te rekonèt Elicha se yon “ moun Bondye ki sen ”, sa te fè l akeyi l avèk ospitalite. Èske nou pa ta dwe aji menm jan an anvè adoratè fidèl Jewova yo ?

5:3. Tifi izrayelit la te gen lafwa nan pouvwa Bondye genyen pou l akonpli mirak. Li te gen kouraj tou pou l pale konsènan lafwa li. Ou menm jèn, èske w fè efò pou w fòtifye fwa w nan pwomès Bondye fè yo ? Èske ou ranmase kouraj ou pou w pataje laverite avèk pwofesè w ak elèv parèy ou ?

5:9-19. Èske egzanp Naamàn nan pa montre yon moun ki ògeye ka aprann imilite ? — 1 Pyè 5:5.

5:20-27. Ala sa koute chè lè yon moun eseye viv nan manti ! Si nou sonje tout lapenn ak tout pwoblèm yon moun k ap mennen yon vi doub ka rekòlte, sa ap ede nou evite mennen yon vi konsa.

IZRAYÈL AK JIDA AL ANN EGZIL

(2 Wa 9:1–25:30)

Yo wenn Yewou kòm wa Izrayèl. San pèdi tan, li kòmanse kanpay detwi mezon Ahab la. Avèk anpil entèlijans, Yewou ‘ elimine adorasyon Baal ann Izrayèl ’. (2 Wa 10:28.) Lè Atali, manman Ahazya, aprann Yewou touye pitit gason l lan, li ‘ leve pou l detwi tout desandan wayòm Jida a ’ e pou l akapare twòn nan (2 Wa 11:1). Se sèl Yewoach, yon tipitit gason Ahazya te genyen, ki sove, e apre sizan yo fè ap kache l, yo nome l wa sou Jida. Se Yewoyada, prèt la, ki te anseye Yewoach, se sa k fè li te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova.

Tout wa ki dirije Izrayèl apre Yewou fè sa ki mal nan je Jewova. Elicha mouri yon mò natirèl nan epòk pitit pitit Yewou a. Katriyèm wa Jida ki vini apre Yewoach se Ahaz, e li ‘ pa fè sa ki dwat nan je Jewova ’. (2 Wa 16:1, 2.) Sepandan, Izkiya, pitit li, vin yon wa ki “ rete atache ak Jewova ”. (2 Wa 17:20 ; 18:6.) Nan ane 740 anvan epòk nou an, lè sa a Izkiya te wa nan Jida, e Ocheya te wa ann Izrayèl, Salmanasa, wa asiryen an, ‘ te pran Samari e li te mennen Izrayèl ann egzil nan peyi Asiri ’. (2 Wa 17:6.) Annapre, yo vin mennen etranje vin viv sou tèritwa Izrayèl e se konsa relijyon samariten an vin pran nesans.

Nan sèt wa Jida ki te vin apre Izkiya yo, se sèl Yochiya ki te pran dispozisyon pou l retire fo adorasyon nan peyi a. Finalman, nan ane 607 anvan epòk nou an, Babilonyen yo pran Jerizalèm e “ Jida sot sou tè li l al ann egzil ”. — 2 Wa 25:21.

Kesyon biblik ak tout repons :

13:20, 21 — Èske mirak sa a montre moun ka venere yon seri objè relijye ki sakre ? Non, se pa sa sa montre. Bib la pa montre yo te janm konn venere zosman Elicha. Se grasa pouvwa Bondye mirak sa a te rive fèt, menm jan ak tout mirak Elicha te konn fè lè l te vivan yo.

15:1-6 — Poukisa Jewova te lage lèp sou Azarya, (Ouziya, 15:6, nòt anba paj) ? “ Kou [Ouziya] pran fòs, kè l vin ògeye [...] se sa k fè li aji avèk enfidelite anvè Jewova Bondye li a, e li antre nan tanp Jewova a pou l boule lansan sou lotèl lansan an. ” Lè prèt yo ‘ kanpe kont Ouziya ’ e yo di l pou l “ sot nan sangtyè a ”, li fache anpil kont prèt yo, e lèp tonbe sou li. — 2 Kwonik 26:16-20.

18:19-21, 25 — Èske Izkiya te fè alyans avèk Ejip ? Non. Ni akizasyon Rabchake te fè yo, ni lè li te pretann se avèk “ otorizasyon Jewova ” li vini, yo tout te fo. Wa Izkiya, ki te fidèl, te mete konfyans li sèlman nan Jewova.

Leson pou nou jodi a :

9:7, 26. Jijman sevè ki te pwononse kont mezon Ahab la montre Jewova deteste ni fo adorasyon, ni lè moun ap vèse san inosan.

9:20. Yewou te gen repitasyon yon moun ki kouri charyo rapid, e sa a se yon prèv ki montre li te zele pou l akonpli misyon yo konfye l. Èske yo konnen w kòm yon pwoklamatè Wayòm nan ki zele ? — 2 Timote 4:2.

9:36, 37 ; 10:17 ; 13:18, 19, 25 ; 14:25 ; 19:20, 32-36 ; 20:16, 17 ; 24:13. Nou kapab gen konfyans ‘ pawòl ki soti nan bouch Jewova toujou reyisi san mank ’. — Izayi 55:10, 11.

10:15. Menm jan Yewonadab te aksepte ak tout kè l envitasyon Yewou te fè l pou l monte nan charyo a ansanm avè l, “ gwo foul ” la byen kontan soutni Jezi Kris, Yewou modèn nan, ansanm ak disip wen li yo. — Revelasyon 7:9.

10:30, 31. Menmsi Yewou pa t toujou montre l san repwòch, Jewova te apresye tout sa li te fè. Vrèmanvre, “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ”. — Ebre 6:10.

13:14-19. Etandone pitit pitit Yewou a, anpalan de Yewoach, pa t fè gwo efò, li te frape tè a twa fwa sèlman avèk flèch, sa te fè se sèlman kèk viktwa li te ranpòte sou Siryen yo. Jewova atann aske nou akonpli travay li ban nou yo avèk tout kè nou e avèk zèl.

20:2-6. Jewova “ tande lapriyè ”. — Sòm 65:2.

24:3, 4. Akoz san Manase te vèse, Jewova “ pa t konsanti padone ” Jida. Bondye respekte san moun ki inosan. Nou mèt gen konfyans Jewova ap tire revanj pou san inosan ki koule, l ap detwi moun ki responsab zak konsa. — Sòm 37:9-11 ; 145:20.

Se yon liv ki gen anpil enpòtans pou nou

Dezyèm liv Wa yo montre Jewova toujou akonpli pwomès li fè. Lefètke moun toule de wayòm yo t al ann egzil, toudabò moun Izrayèl yo epi apre sa moun Jida yo, sa atire atansyon nou avèk fòs sou fason jijman pwofetik ki nan Detewonòm 28:15 rive nan Detewonòm 29:28 la reyalize. Dezyèm liv Wa yo montre tou Elicha se yon pwofèt ki te zele anpil pou non Jewova e pou vrè adorasyon an. Li montre tou Izkiya ansanm ak Yochiya se de wa ki te gen imilite e ki te gen respè pou Lwa Bondye.

Lè nou reflechi sou atitid ak aksyon wa yo, pwofèt yo ak lòt moun yo pale de yo nan dezyèm liv Wa yo, èske nou pa aprann leson ki enpòtan konsènan ki bagay nou dwe kontinye chèche e ki bagay nou dwe evite (Women 15:4 ; 1 Korentyen 10:11) ? Wi, “ pawòl Bondye a vivan e li pisan ”. — Ebre 4:12.

[Kare/Foto nan paj 20]

MIRAK ELICHA YO

1. Dlo Jouden an separe an de. — 2 Wa 2:14.

2. Move dlo Jeriko a tounen bon dlo. — 2 Wa 2:19-22.

3. Lous atake yon bann ti delenkan. — 2 Wa 2:23, 24.

4. Plizyè lame jwenn dlo. — 2 Wa 3:16-26.

5. Yon vèv jwenn luil pou l fè manje. — 2 Wa 4:1-7.

6. Yon Chounamit ki te esteril vin ansent yon timoun. 2 Wa 4:8-17.

7. Yon timoun resisite. — 2 Wa 4:18-37.

8. Yo vin ka manje yon manje ki te anpwazonnen. — 2 Wa 4:38-41.

9. Yo nouri san gason ak 20 pen. — 2 Wa 4:42-44.

10. Naamàn geri anba lèp li te genyen an. — 2 Wa 5:1-14.

11. Lèp Naamàn nan tonbe sou Geyazi. — 2 Wa 5:24-27.

12. Tèt yon rach flote sou dlo. — 2 Wa 6:5-7.

13. Yon sèvitè wè charyo zanj. — 2 Wa 6:15-17.

14. Sòlda nan lame siryen an vin avèg. — 2 Wa 6:18.

15. Sòlda nan lame siryen an vin wè ankò. — 2 Wa 6:19-23.

16. Yon moun mouri resisite. — 2 Wa 13:20, 21.

[Tablo/Foto nan paj 22]

WA JIDA YO AK WA IZRAYÈL YO

Sayil/David/Salomon : 1117/1077/1037 anvan epòk nou an *

WAYÒM JIDA A ․․․․․․ DAT (ANV. E. NOU AN) ․․․․․․ WAYÒM IZRAYÈL LA

Rehabam ․․․․․․ 997 ․․․․․․ Yawobam

Abiya/Aza ․․․․․․ 980/978 ․․․․․․

․․․․․․ 976/975/952 ․․․․․․ Nadab/Baacha/Ela

․․․․․․ 951/951/951 ․․․․․․ Zimri/Omri/Tibni

․․․․․․ 940 ․․․․․․ Ahab

Yewochafat ․․․․․․ 937 ․․․․․․

․․․․․․ 920/917 ․․․․․․ Ahazya/Yeworam

Yeworam ․․․․․․ 913 ․․․․․․

Ahazya ․․․․․․ 906 ․․․․․․

(Atali) ․․․․․․ 905 ․․․․․․ Yewou

Yewoach ․․․․․․ 898 ․․․․․․

․․․․․․ 876/859 ․․․․․․ Yewoahaz/Yewoach

Amatsya ․․․․․․ 858 ․․․․․․

․․․․․․ 844 ․․․․․․ Yawobam II

Azarya (Ouziya) ․․․․․․ 829 ․․․․․․

․․․․․․ 803/791/791 ․․․․․․ Zekarya/Chaloum/Menahèm

․․․․․․ 780/778 ․․․․․․ Pekaya/Peka

Yotam/Ahaz ․․․․․․ 777/762 ․․․․․․

․․․․․․ 758 ․․․․․․ Ocheya

Izkiya ․․․․․․ 746 ․․․․․․

․․․․․․ 740 ․․․․․․ Yo pran Samari

Manase/Amòn/Yochiya ․․․․․․ 716/661/659

Yewoahaz/Yewoyakim ․․․․․․ 628/628

Yewoyakin/Sidkiya ․․․․․․ 618/617

Jerizalèm detwi ․․․․․․ 607

[Nòt anba paj]

^ § 66 Gen ane yo site la a, se apeprè lè sa a wa a te kòmanse reye.

[Foto nan paj 18, 19]

Naamàn imilye tèt li e li geri grasa pisans Jewova.

[Foto nan paj 18, 19]

Sa k te rive Eliya lè li te “ monte nan tanpèt van an ”?