Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ap reflete glwa Bondye ?

Èske w ap reflete glwa Bondye ?

Èske w ap reflete glwa Bondye ?

“ Nou reflete glwa Jewova tankou glas. ” — 2 KORENTYEN 3:18.

1. Ki sa Moyiz te wè, e sa k te pase apre sa ?

MOYIZ te poukont li sou tèt mòn Sinayi, e yo te akòde l yon favè estrawòdinè. Yo te pèmèt li wè yon bagay okenn lòt moun potko janm wè. Se youn nan vizyon ki pi enpresyonan yon moun te ka viv : li te wè glwa Jewova. Natirèlman, Moyiz pa t wè Jewova an pèsòn. Glwa Bondye tèlman estrawòdinè, pa gen yon moun ki ka wè l epi pou moun sa a rete vivan. Se poutèt sa, Jewova bare Moyiz ak “ pla men l ” pou l pwoteje l jiskaske Li fin pase. Siman li te sèvi ak yon zanj pou l fè sa. Apre sa, Jewova pèmèt Moyiz wè rès reyon limyè ki fèt akoz glwa li. Jewova te sèvi ak yon zanj tou pou l pale ak Moyiz. Bib la esplike nou sa k vin pase annapre : “ Men sa k te vin rive : lè Moyiz desann mòn Sinayi, [...] po figi li t ap lanse reyon paske li te pale ansanm avèk [Jewova]. ” — Egzòd 33:18–34:7, 29.

2. Ki sa apot Pòl te ekri konsènan glwa kretyen yo reflete a ?

2 Imajine ou sou mòn sa a avèk Moyiz. Èske san w pa t ap tresayi pou w admire bote glwa enpresyonan Toupisan an e pou w tande pawòl li ? Vrèmanvre, sa t ap yon kokenn privilèj pou w ap desann mòn Sinayi bò kote Moyiz, medyatè alyans Lalwa a ! Men, èske w te konnen, nan yon sèten sans, vrè kretyen yo reflete glwa Bondye yon fason ki menm depase fason Moyiz te reflete l la ? Nou jwenn ide pwofon sa a nan yon lèt apot Pòl te ekri kretyen wen yo e selon sa li te di, kretyen sa yo “ reflete glwa Jewova tankou glas ”. (2 Korentyen 3:7, 8, 18.) Nan yon sans, kretyen ki gen esperans terès yo, yo menm tou yo reflete glwa Bondye.

Fason kretyen yo reflete glwa Bondye

3. Ki fason nou vin konnen Jewova Moyiz pa t ap ka konnen l konsa ?

3 Ki jan li fè posib pou nou reflete glwa Bondye ? Nou pa ni wè ni tande Jewova fason sa te rive Moyiz la. Men, nou rive gen konesans Moyiz pa t ap ka genyen. Pa egzanp, Jezi te vin parèt antanke Mesi anviwon 1 500 ane apre Moyiz fin mouri. Pakonsekan, Moyiz pa t ap ka konnen kòman Lalwa t apral akonpli nan Jezi, ki te mouri pou rachte limanite anba kalamite peche ak lanmò lage l (Women 5:20, 21 ; Galat 3:19). Epitou, grandè objektif Jewova, ki santre sou Wayòm mesyanik la ansanm ak Paradi Wayòm nan pral etabli sou tè a, se sèlman kèk aspè ladan l Moyiz te ka konprann. Konsa, nou rive wè glwa Jewova, non pa avèk je literal nou, men avèk je lafwa nou, lafwa ki baze sou ansèyman ki nan Bib la. Anplis de sa, nou tande vwa Jewova, non pa pa mwayen yon zanj, men pa mwayen Labib, sitou Evanjil yo, ki tèlman byen esplike ansèyman ak ministè Jezi.

4. a) Ki jan kretyen wen yo reflete glwa Bondye ? b) Ki fason moun ki gen esperans terès yo reflete glwa Bondye ?

4 Byenke kretyen yo pa reflete glwa Bondye pa mwayen reyon limyè k ap sot nan vizaj yo, nan yon sèten sans vizaj yo briye lè y ap pale ak lòt moun konsènan pèsonalite Jewova ki estrawòdinè e konsènan objektif glorye li yo. Selon sa pwofèt Izayi te predi pou epòk nou an, asireman pèp Bondye a t ap “ revele glwa [Jewova] pami nasyon yo ”. (Izayi 66:19.) Anplis de sa, men sa nou li nan 2 Korentyen 4:1, 2 : “ Etandone [...] nou gen ministè sa a, [...] nou abandone bagay kache ki fè moun wont yo, pandan nou pap mache nan riz, ni nonplis nou pap chanje pawòl Bondye a, men, toutpandan n ap rann laverite klè, nou rekòmande tèt nou bay konsyans chak moun an prezans Bondye. ” Pòl t ap pale la a patikilyèman konsènan kretyen wen yo, ki se “ minis yon nouvèl alyans ”. (2 Korentyen 3:6.) Men, ministè yo a gen efè sou anpil anpil moun ki vin gen esperans pou yo viv etènèlman sou tè a. Ministè toule de gwoup yo reflete glwa Jewova nonsèlman nan sa y ap anseye, men tou nan fason y ap viv. Se yon responsablite e se yon privilèj nou genyen pou nou reflete glwa Bondye Trèwo a !

5. Ki sa pwosperite espirityèl nou genyen an pwouve ?

5 Jodi a, jan Jezi te anonse sa, y ap preche bon nouvèl glorye konsènan Wayòm Bondye a sou tout latè ki abite (Matye 24:14). Moun ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang aksepte bon nouvèl la avèk antouzyas e yo transfòme vi yo pou yo fè volonte Bondye (Women 12:2 ; Revelasyon 7:9). Menm jan ak kretyen premye syèk yo, yo pa kapab sispann pale de bagay yo te wè ak bagay yo te tande (Travay 4:20). Jodi a, gen plis pase sis milyon moun, sa vle di plis moun pase nenpòt lòt epòk nan tout listwa limanite, k ap reflete glwa Bondye. Èske w se youn ladan yo ? Lefètke pèp Bondye a ap pwospere espirityèlman, se yon prèv konvenkan ki montre Jewova beni l e li pwoteje l. Li parèt pi evidan toujou nou gen lespri Jewova lè nou sonje kantite fòs pisan ki kanpe anfas nou. Kounye a, annou wè sa k fè nou gen lespri Jewova avèk nou.

Yo pap ka fèmen bouch pèp Bondye a

6. Poukisa nou bezwen lafwa ak kouraj pou nou pran pozisyon pou Jewova ?

6 Ann sipoze yo rele w pou w al temwaye nan yon tribinal kont yon kriminèl san pitye. Ou konnen kriminèl sa a gen yon òganizasyon ki pisan anpil, e ou konnen li pral itilize tout mwayen posib pou l anpeche w temwaye. Pou w ta temwaye kont yon kriminèl konsa, sa t ap mande kouraj e sa t ap mande pou w gen konfyans otorite yo ap pwoteje w pou kriminèl sa a pa fè w anyen. Se nan yon sitiyasyon konsa nou ye. Lè n ap bay temwayaj pou Jewova ansanm ak objektif li yo, nou tou temwaye kont Satan Ledyab, nou denonse l kòm yon asasen, yon mantè k ap twonpe tout latè ki abite (Jan 8:44 ; Revelasyon 12:9). Sa mande lafwa ak kouraj pou w pran pozisyon pou Jewova e kont Dyab la.

7. Nan ki degre enfliyans Satan rive, e ki sa li eseye fè ?

7 Natirèlman, Jewova se Bondye siprèm nan. Li gen plis pouvwa lontan pase Satan. Depi n ap sèvi Jewova fidèlman, nou mèt asire nonsèlman li kapab pwoteje nou, men tou li anvi fè sa (2 Kwonik 16:9). Toutfwa, Satan se chèf ni demon yo ni monn sa a ki ap viv lwen Bondye (Matye 12:24, 26 ; Jan 14:30). Etandone Satan oblije rete nan vwazinaj tè a e anplis li gen yon “ gwo kòlè ”, sa fè li opoze avèk sèvitè Jewova yo ak tout fòs li e l ap sèvi ak monn sa a ki anba kontwòl li pou l wè si l ta fèmen bouch tout moun k ap preche bon nouvèl la (Revelasyon 12:7-9, 12, 17). Ki jan l fè sa ? Li fè sa omwen twa fason.

8, 9. Ki sa oswa kiyès Satan fè moun yo renmen, e poukisa nou dwe chwazi avèk swen ki moun n ap frekante ?

8 Yon mwayen Satan itilize pou l eseye detounen nou se sousi lavi a. Nan dènye jou sa yo, moun yo renmen lajan, yo renmen tèt yo e yo renmen plezi. Yo pa renmen Bondye (2 Timote 3:1-4). Pifò moun tèlman okipe nan aktivite y ap regle chak jou, yo pa “ teni kont ” de bon nouvèl n ap pote pou yo a. Afè aprann verite ki nan Bib la tou senpleman pa enterese yo (Matye 24:37-39). Yon atitid konsa ka detenn sou nou, sa ka lage nou nan yon somèy espirityèl pwofon. Si nou lage kò nou nan renmen byen materyèl oswa nan renmen plezi ki gen nan lavi a, lanmou nou pou Bondye ap rafredi. — Matye 24:12.

9 Pou rezon sa a, kretyen yo chwazi avèk swen ki moun y ap frekante. Men sa wa Salomon te ekri : “ Moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj, men moun ki annafè ak moun ki san konprann ap tonbe nan pwoblèm. ” ​(Pwovèb 13:20). Nou swete pou nou “ mache ” ak moun k ap reflete glwa Bondye. Se yon bagay ki tèlman agreyab ! Lè nou reyini ansanm ak frè ak sè espirityèl nou yo nan reyinyon yo e nan lòt okazyon ankò, nou jwenn ankourajman grasa lanmou yo, grasa fwa yo, grasa jwa yo ak sajès yo. Bonjan frekantasyon sa yo ranfòse detèminasyon nou genyen pou nou pèsevere nan ministè nou.

10. Site divès fason Satan sèvi ak fawouch kont moun k ap reflete glwa Bondye yo.

10 Dezyèm mwayen Satan itilize pou l anpeche kretyen yo reflete glwa Bondye se fawouch. Taktik sa a pa ta dwe etone nou. Pandan ministè Jezi Kris sou tè a, yo te konn pase l nan jwèt, yo te konn ri l, fawouche l, bat plezi sou li, trete l avèk ensolans e yo te menm krache sou li (Mak 5:40 ; Lik 16:14 ; 18:32). Premye kretyen yo tou, yo te konn pase yo anba mokri (Travay 2:13 ; 17:32). Nan epòk pa nou an, sèvitè Jewova yo viktim anba menm sitiyasyon sa a. Selon sa apot Pyè te di, nan yon sans, yo t ap mete etikèt “ fo pwofèt ” sou do yo. Pyè te predi : “ Nan dènye jou yo ap gen mokè k ap vini ak mokri yo e k ap aji selon pwòp tandans yo. E y ap di : ‘ Kote prezans li a li te pwomèt la ? Paske, [...] tout bagay rete egzakteman jan yo te ye depi lè kreyasyon an te kòmanse. ’ ” ​(2 Pyè 3:3, 4). Yo pase sèvitè Bondye yo nan rizib, yo di yo se moun ki pa reyalis. Moun yo konsidere prensip moral ki nan Bib la kòm bagay ki pase mòd. Gen anpil moun ki konsidere mesaj n ap preche a tankou yon foli (1 Korentyen 1:18, 19). Antanke kretyen, yo ka fawouche nou nan lekòl nou, nan travay nou e pafwa menm nan fanmi nou. San nou pa dekouraje, nou kontinye reflete glwa Bondye grasa predikasyon nou an, paske, menm jan ak Jezi, nou konnen Pawòl Bondye a se laverite. — Jan 17:17.

11. Ki jan Satan sèvi ak pèsekisyon pou l eseye fèmen bouch kretyen yo ?

11 Twazyèm taktik Dyab la itilize nan tantativ l ap fè pou l fèmen bouch nou se opozisyon ak pèsekisyon. Men sa Jezi te di disip li yo : “ Y ap lage nou nan tribilasyon, y ap touye nou, n ap moun tout nasyon ap rayi akoz non mwen. ” ​(Matye 24:9). Vrèmanvre, nou menm antanke Temwen Jewova, anpil kote sou tè a nou fè fas ak pèsekisyon ki rèd anpil. Nou konnen Jewova te predi depi byen lontan t ap gen yon hèn, yon rayisman, ki t ap devlope ant moun k ap sèvi Bondye ak moun k ap sèvi Satan Ledyab (Jenèz 3:15). Nou konnen tou lè nou kenbe entegrite nou anba eprèv, nou temwaye an favè dwa Jewova genyen pou l egzèse otorite l antanke Souvren inivèsèl. Lefètke nou konnen bagay sa yo, sa ka fè nou rete djanm menm nan sitiyasyon ki pi difisil yo. Si nou detèmine pou nou kontinye reflete glwa Bondye, pa gen okenn pèsekisyon k ap rive fèmen bouch nou nèt.

12. Toutpandan nou rete fidèl devan opozisyon Satan, poukisa nou dwe rejwi ?

12 Èske w reziste devan atirans monn nan ? Èske w montre w fidèl malgre mokri ak opozisyon ? Si se sa, ou gen rezon pou w rejwi. Jezi te bay disip li yo asirans sa a : “ Nou byennere lè moun ap fè nou sibi move tretman, lè y ap pèsekite nou e lè yo di tout kalite move bagay sou nou, bagay ki pa vre, poutèt mwen. Nou mèt rejwi, nou mèt vole anlè ak kè kontan, piske rekonpans nou gran nan syèl la. Paske se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan nou yo. ” ​(Matye 5:11, 12). Andirans ou montre lespri sen Jewova avèk ou, sa montre lespri pisan sa a ba w fòs pou w reflete glwa Jewova. — 2 Korentyen 12:9.

Nou gen andirans grasa Jewova

13. Site youn nan rezon prensipal ki fè nou andire nan ministè nou antanke kretyen.

13 Youn nan rezon prensipal ki fè nou andire nan ministè a se paske nou renmen Jewova e nou pran plezi nan reflete glwa li. Lòm gen tandans imite moun li renmen, moun li admire, e nan sans sa a pa gen pèsonn ki plis merite pou nou imite l pase Jewova Dye. Gwo lanmou Jewova gen lakay li te pouse l voye Pitit li a sou tè a pou l rann temwayaj pou laverite e pou l rachte moun ki obeyisan yo (Jan 3:16 ; 18:37). Menm jan ak Bondye, nou ta renmen pou tout kalite moun repanti, pou tout kalite moun sove, e se rezon sa a ki fè n al preche yo (2 Pyè 3:9). Dezi sa a nou genyen an mete sou detèminasyon nou genyen pou nou imite Bondye pouse nou reflete glwa Bondye nan ministè nou avèk pèseverans.

14. Ki jan Jewova fòtifye nou pou nou andire nan ministè nou ?

14 Men, an definitif, se grasa Jewova ki fè nou gen fòs pou nou andire nan ministè nou. Li soutni nou e li fòtifye nou pa mwayen lespri li, òganizasyon l lan ansanm ak Pawòl li, Labib. Moun ki vle reflete glwa Jewova, li ‘ ba yo andirans ’. Li reponn priyè nou e li ban nou sajès pou nou afwonte eprèv (Women 15:5 ; Jak 1:5). Sa k pi bèl ankò, Jewova pap kite nou tonbe nan okenn eprèv ki enposib pou nou sipòte. Depi nou fè Jewova konfyans, l ap ouvri yon chemen dekwa pou nou ka kontinye reflete glwa li. — 1 Korentyen 10:13.

15. Ki sa k ede nou andire ?

15 Andirans nou demontre nan ministè nou se yon lòt prèv ki montre lespri Bondye avèk nou. Ann pran yon egzanp : sipoze yon moun ta mande w pou w pase kay an kay al distribye gratis yon kalite pen byen espesyal. Yo fè w konnen se ak kòb pa w ou pral fè sa, e se nan tan lib ou pou w fè l. Anplis, ou pa pran tan pou w rann ou kont pa gen anpil moun ki enterese nan pen w lan, e menm gen kèk moun ki pral opoze ak ou nan efò w ap fè pou w distribye l. Ou panse ou t ap kontinye nan travay sa a mwa apre mwa, ane apre ane ? Petèt ou pa t ap kontinye. Epoutan, ou ka gen plizyè ane, oubyen menm plizyè dizèn ane depi w ap preche bon nouvèl la nan tan lib ou, e se kòb pa w ou depanse pou sa. Poukisa ? Èske se pa paske ou renmen Jewova, èske se pa paske li beni efò w lè l ede w andire, grasa lespri li ? Asireman !

Yon travay nou pap janm bliye

16. Ki sa andirans nou nan ministè a ka fè ni pou nou menm, ni pou moun ki koute nou ?

16 Ministè nouvèl alyans lan se yon kado ki san parèy (2 Korentyen 4:7). Ministè lòt mouton yo ap akonpli sou tout tè a se yon trezò li ye tou. Etan w ap andire nan ministè a, ou kapab “ sove ni ou menm ni moun k ap koute w yo ”, jan Pòl te fè Timote konn sa (1 Timote 4:16). Reflechi sou sa sa siyifi. Bon nouvèl w ap preche a bay lòt moun posiblite pou yo viv pou toutan. Ou kapab devlope yon amitye solid ak moun ou ede espirityèlman yo. Imajine ki jan w ap kontan viv etènèlman nan Paradi a ansanm ak moun sa yo ou te ede aprann konnen Bondye ! Asireman, yo pap janm bliye efò ou te fè pou w ede yo. W ap vrèman gen rezon pou w satisfè !

17. Poukisa peryòd n ap viv la se yon peryòd eksepsyonèl nan listwa lèzòm ?

17 N ap viv nan yon peryòd eksepsyonèl nan listwa lèzòm. Kesyon pou y ap preche bon nouvèl la nan mitan yon monn k ap viv lwen Bondye a, sa pap janm refèt ankò. Noye te viv nan yon monn konsa, e li te wè monn sa a disparèt. Nou pa bezwen mande jan li te rejwi lefètke li te akonpli volonte Bondye lè li te konstwi yon lach ki te pèmèt ni li menm, ni fanmi l sove (Ebre 11:7) ! Ou menm tou ou kapab rejwi menm jan an tou. Reflechi sou jan w ap santi w nan monn nouvo a lè w ap sonje tout bèl travay ou te akonpli pandan dènye jou sa yo, e ou konnen ou te fè tout sa w kapab pou w defann enterè Wayòm nan.

18. Ki asirans e ki ankourajman Jewova bay sèvitè l yo ?

18 Kidonk, annou kontinye reflete glwa Bondye. Nou pap janm bliye nou te fè sa. Jewova tou pap janm bliye travay nou. Men ankourajman Bib la bay : “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l, dèske nou te sèvi moun ki sen yo e nou kontinye ap sèvi yo. Men nou ta renmen pou nou chak demontre menm dilijans lan yon fason pou nou ka gen yon asirans total kapital sou esperans lan jiska lafen, dekwa pou n pa vin douyèt, men pou n imite moun ki, grasa lafwa ak pasyans, ap benefisye pwomès yo. ” — Ebre 6:10-12.

Èske w ka esplike ?

• Ki fason kretyen yo reflete glwa Bondye ?

• Ki taktik Satan itilize pou l eseye fèmen bouch pèp Bondye a ?

• Ki prèv ki montre lespri Bondye avèk nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Vizaj Moyiz te reflete laglwa.

[Foto nan paj 9]

Nou reflete glwa Bondye nan ministè nou.