Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou mache avèk Bondye nan moman boulvès sa yo

Annou mache avèk Bondye nan moman boulvès sa yo

Annou mache avèk Bondye nan moman boulvès sa yo

“ Enòk te kontinye mache avèk vrè Dye a. Apre sa, li pa t la ankò, paske Bondye te pran l. ” — JENÈZ 5:24.

1. Site kèk karakteristik epòk n ap viv la ki rann li katastwofik.

MOMAN boulvès ! Mo sa yo byen dekri peryòd latwoublay ak vyolans limanite ap travèse depi nesans Wayòm mesyanik la nan ane 1914. Depi lè sa a, lèzòm antre nan peryòd ki rele “ dènye jou yo ”. Yon seri malè tankou grangou, maladi, tranblemanntè ak lagè pa sispann frape limanite nan yon degre ki san parèy (2 Timote 3:1 ; Revelasyon 6:1-8). Moun k ap adore Jewova yo pa egzante. Kit se nan yon gwo degre, kit se nan yon ti degre, nou tout nou oblije fè fas ak pwoblèm ak enkyetid ki gen nan epòk n ap viv la. Pami bagay ki rann lavi a trè difisil, gen presyon ekonomik, boulvèsman politik, krim ak maladi.

2. Ki difikilte sèvitè Jewova yo rankontre ?

2 Anplis de sa, anpil nan sèvitè Jewova yo pa sispann rankontre gwo vag pèsekisyon ki rèd anpil akoz Satan ki kontinye ap fè lagè kont “ moun k ap obsève kòmandman Bondye yo e ki gen kòm travay pou yo bay temwayaj konsènan Jezi ”. (Revelasyon 12:17.) Byenke se pa nou tout ki sibi pèsekisyon dirèkteman, men se tout vrè kretyen yo ki oblije lite kont Satan Ledyab ansanm ak etadespri l ap ankouraje lèzòm manifeste a (Efezyen 2:2 ; 6:12). Piske nou jwenn etadespri sa a nan travay, nan lekòl, e nan tout lòt zòn kote nou oblije frekante moun ki pa enterese nan vrè adorasyon an, sa mande pou nou toujou rete vijilan yon fason pou nou pa kite etadespri sa a enfliyanse nou.

Annou mache avèk Bondye, pinga nou mache avèk nasyon yo

3, 4. Nan ki sans kretyen yo diferan ak monn nan ?

3 Si nou fè yon ti retounen nan premye syèk la, n ap rann nou kont kretyen nan epòk sa a, menm jan avèk nou, yo te konn lite kont espri monn nan, e sa te fè yo vrèman diferan de moun ki pa t fè pati kongregasyon kretyen an. Pòl montre diferans lan lè li ekri : “ Men sa mwen di e men sa mwen temwaye nan Seyè a, sèke nou pap mache ankò tankou nasyon yo tou ap mache nan eta initil lespri yo ye a, tandiske, mantalman yo nan fènwa, e yo lwen lavi ki pou Bondye a, akoz inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki pa sansib. Etandone yo pèdi tout bonsans moral yo, yo lage kò yo nan konduit deregle pou yo fè tout kalite salte avèk vorasite. ” — Efezyen 4:17-19.

4 Ala yon bèl deskripsyon pawòl sa yo fè konsènan fènwa pwès ki gen nan monn sa a nan domèn espirityèl ak nan domèn moral, kit se te nan epòk Pòl la, kit se nan epòk pa nou an ! Menm jan ak nan premye syèk la, kretyen yo jodi a pa ‘ kontinye mache menm jan ak nasyon yo ’. Okontrè, yo cheri bèl privilèj yo genyen pou yo mache avèk Bondye. Petèt, kèk moun ka mande si li rezonab pou yon moun di senp imen enpafè kapab mache avèk Jewova. Sepandan, Bib la montre sa posib. Anplis de sa, Jewova ap tann yo fè sa. Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, pwofèt Mika te ekri pawòl enspire sa yo : “ Ki sa Jewova mande w anretou, si se pa pratike jistis, renmen bonte epi mache yon fason modès avèk Bondye w la ? ” — Mika 6:8.

Ki jan pou nou mache avèk Bondye e pou ki rezon ?

5. Ki jan yon imen enpafè ka mache avèk Bondye ?

5 Ki jan nou ka mache avèk Bondye toupisan an, Bondye envizib la ? Li klè se pa menm jan nou mache avèk imen parèy nou. Mo “ mache ” nou jwenn nan Bib la konn vle di “ suiv yon sèten liy konduit ” *. Konsa nou vin konprann, yon moun k ap mache avèk Bondye se yon moun k ap suiv yon liy konduit Bondye trase e ki fè l plezi. Lè nou toujou gen yon konduit konsa, sa fè nou diferan ak pifò moun ki antoure nou. Menmsi nou diferan, se sèl fason sa a ki kòrèk pou yon kretyen. Poukisa ? Gen plizyè rezon ki esplike sa.

6, 7. Pou ki rezon mache avèk Bondye se meyè fason pou moun viv ?

6 Premyèman, Jewova se Kreyatè nou, li se Sous lavi nou, e se li menm ki ban nou tout sa nou bezwen pou nou viv (Revelasyon 4:11). Pakonsekan, se li menm sèl ki gen dwa di nou ki jan pou nou mache. Anplis de sa, mache avèk Bondye se pi bon fason yon moun ka viv. Jewova pran dispozisyon pou moun k ap mache avèk li yo jwenn padon pou peche yo e li ba yo esperans lavi etènèl, yon esperans ki sèten. Epitou, Papa nou ki nan syèl la ki plen lanmou bay konsèy ki saj pou ede moun k ap mache avèk li reyisi lavi yo depi kounye a, malgre yo enpafè e malgre y ap viv nan yon monn ki anba pouvwa Satan (Jan 3:16 ; 2 Timote 3:15, 16; 1 Jan 1:8 ; 2:25 ; 5:19). Yon lòt rezon ankò ki fè nou ta dwe mache avèk Bondye, sèke dispozisyon nou genyen pou nou fè sa kontribye pou gen lapè ak linite nan kongregasyon an. — Kolosyen 3:15,16.

7 Finalman, sa ki pi enpòtan, lè nou mache avèk Bondye, nou montre ki kote nou kanpe nan gwo kesyon ki te soulve nan jaden Edenn nan : kesyon souvrènte a (Jenèz 3:1-6). Nou demontre nan fason n ap viv se bò kote Jewova nou kanpe byen djanm e se avèk kouraj n ap pwoklame se li menm sèl ki Souvren lejitim nan (Sòm 83:18). Lè nou fè sa, nou aji ann amoni ak priyè nou lè nou di pou non Bondye sangtifye e pou volonte l fèt (Matye 6:9, 10). Ala saj moun ki chwazi mache avèk Bondye yo saj ! Yo mèt sèten se nan bon direksyon an yo prale, paske se Jewova “ sèl ki saj ”. Li pa janm fè erè. — Women 16:27.

8. Nan ki sans epòk Enòk la ak epòk Noye a sanble ak epòk pa nou an ?

8 Sepandan, èske li posib pou yon moun viv jan yon kretyen dwe viv lè moman yo an boulvès konsa, kote pifò moun pa enterese nan kesyon sèvi Jewova ? Nou jwenn repons lan lè nou konsidere egzanp mesye ki te fidèl nan tan lontan yo ki te kenbe entegrite yo menm nan moman ki difisil anpil. Enòk ak Noye se de nan yo. Yo toule de t ap viv nan epòk ki sanble ak epòk pa nou an. Mechanste t ap vale teren. Nan epòk Noye a, tè a te ranpli ak vyolans ak imoralite. Sepandan, Enòk ak Noye te reziste devan espri monn nan epòk yo a e yo te mache avèk Jewova. Kòman yo te rive fè sa ? Pou nou konprann sa, nan atik sa a, nou pral egzamine egzanp Enòk, epi nan atik ki vin apre a, n ap konsidere egzanp Noye.

Enòk te mache avèk Bondye nan moman boulvès

9. Ki enfòmasyon nou genyen konsènan Enòk ?

9 Enòk se premye moun Ekriti yo dekri ki t ap mache avèk Bondye. Men sa Bib la rapòte : “ Apre Enòk fin fè Metouchela, li te kontinye mache avèk vrè Dye a. ” ​(Jenèz 5:22). Apre yo fin mansyone dire lavi Enòk, ki te pi long lontan pase dire lavi pa nou, men ki te tou kout pou epòk sa a, men sa yo rapòte : “ Enòk te kontinye mache avèk vrè Dye a. Apre sa, li pa t la ankò, paske Bondye te pran l. ” ​(Jenèz 5:24). Li evidan, anvan opozan Enòk yo te met men sou li, Jewova te transfere l soti nan peyi moun ki vivan yo pou l al dòmi nan lanmò (Ebre 11:5, 13). Apa vèsè sa yo ki pa bay twòp detay, pa gen anpil kote nan Bib la yo fè referans ak Enòk. Sepandan, selon enfòmasyon nou genyen ak lòt prèv ankò, nou gen tout rezon pou nou di epòk Enòk la se te yon epòk boulvès.

10, 11. a) Ki jan koripsyon te gaye apre rebelyon Adan ak Èv la ? b) Ki mesaj pwofetik Enòk t ap preche e san dout ki reyaksyon li te jwenn ?

10 Pa egzanp, annou konsidere ki jan koripsyon te gaye rapidman pami lèzòm apre peche Adan an. Bib la di nou premye pitit Adan an, anpalan de Kayen, te vin tounen premye asasen an lè li te touye frè li Abèl (Jenèz 4:8-10). Apre lanmò vyolan Abèl te sibi a, Adan ak Èv te vin fè yon lòt pitit, yo te rele l Sèt. Men sa nou li nan Bib la konsènan Sèt : “ Sèt tou te vin gen yon pitit gason, li te rele l Enòch. Nan epòk sa a, yo te kòmanse envoke non Jewova. ” ​(Jenèz 4:25, 26). Malerezman, envoke yo t ap “ envoke non Jewova ” a se apostazi yo t ap pratike *. Plizyè ane apre nesans Enòch, vin gen yon desandan Kayen ki te rele Lamèk ki te konpoze yon chante pou de madanm li te genyen. Nan chante sa a, li deklare li te touye yon jèn gason poutèt jèn gason an te blese l, e ansuit li fè konnen : “ Si yo dwe vanje pou Kayen sèt fwa, Lamèk menm se swasanndis fwa e sèt. ” — Jenèz 4:10, 19, 23, 24.

11 Detwa evènman nou sot mansyone la yo fè nou konprann koripsyon Satan te vini avè l nan jaden Edenn nan te vin lakòz mechanste gaye rapidman nan mitan desandan Adan yo. Se nan yon monn konsa Enòk te konn pwofetize pou Jewova, e pawòl enspire li yo ki pisan fè eko menm nan epòk pa nou an. Selon sa Jid rapòte, men sa Enòk te pwofetize : “ Gade ! Jewova vini ak miryad li yo ki sen, pou l egzekite jijman sou tout moun, e pou l deklare tout moun ki pa gen respè pou Bondye yo koupab konsènan tout zak derespektan yo te fè, zak ki derespekte Bondye, e konsènan tout bagay chokan pechè sa yo ki pa gen respè pou Bondye te di sou li. ” ​(Jid 14, 15). Pawòl sa yo pral akonpli nèt nan Amagedòn (Revelasyon 16:14, 16). Antouka, nou mèt sèten menm nan epòk Enòk la, te gen anpil ‘ pechè ki pa t gen respè pou Bondye ’ ki te irite lè yo tande pwofesi Enòk la. Se te vrèman yon prèv lanmou lefètke Jewova te retire pwofèt la anba men yo !

Ki sa ki te bay Enòk fòs pou l mache avèk Bondye ?

12. Ki sa ki te fè Enòk diferan ak moun ki t ap viv nan menm epòk avèk li yo ?

12 Annou fè yon ti retounen nan jaden Edenn nan kote Adan ak Èv te koute Satan e Adan te rebele kont Jewova (Jenèz 3:1-6). Pitit yo, Abèl, te suiv yon chemen ki diferan, se sa k fè Jewova te gade l avèk favè (Jenèz 4:3, 4). Malerezman, majorite desandan Adan yo pa t tankou Abèl. Sepandan, Enòk, ki te vin fèt kèk santèn ane apre, li menm li te tankou Abèl. Ki diferans ki te genyen ant Enòk ak anpil lòt desandan Adan ? Apot Pòl reponn kesyon sa a lè li ekri : “ Grasa lafwa, Enòk te transfere pou l pa t wè lanmò, e yo pa t jwenn li okenn kote paske Bondye te transfere li. Paske, anvan transfè li, li te gen temwayaj li te fè Bondye plezi. ” ​(Ebre 11:5). Enòk te fè pati yon gwo “ nyaj temwen [anvan epòk kretyen yo] ”. Temwen sa yo se bèl egzanp lafwa (Ebre 12:1). Se lafwa ki te ede Enòk pou l kenbe yon konduit ki dwat pandan plis pase 300 an lavi l te dire a, plis pase twa fwa dire lavi pifò nan nou jodi a !

13. Ki kalite lafwa Enòk te genyen ?

13 Pòl pale de lafwa Enòk ak lafwa lòt temwen. Men sa li ekri : “ Lafwa se tann w ap tann avèk asirans bagay ou espere, se yon demonstrasyon vizib konsènan yon seri reyalite, kwak ou pa wè yo. ” ​(Ebre 11:1). Wi, lafwa se tann n ap tann avèk konfyans, li baze sou asirans nou genyen bagay n ap tann yo ap vin reyalite. Se yon atant ki tèlman fèm, li enfliyanse priyorite nou fikse nan lavi nou. Se yon fwa konsa ki te ede Enòk pou l mache avèk Bondye menm lè moun ki te antoure l yo pa t ap fè sa.

14. Ki konesans egzak Enòk te genyen petèt ki te fè l gen lafwa ?

14 Vrè lafwa a baze sou konesans egzak. Ki konesans Enòk te genyen (Women 10:14, 17 ; 1 Timote 2:4) ? Pa gen dout sou sa, li te konnen sa k te pase ann Edenn. Petèt li te konn tande pale tou konsènan jan lavi a te ye nan jaden Edenn, yon jaden petèt ki te toujou egziste, byenke li te entèdi pou moun antre ladan l (Jenèz 3:23, 24). Li te konnen tou objektif Bondye se pou desandan Adan yo ta ranpli tè a e pou yo ta fè tout planèt la vin menm jan ak premye Paradi a (Jenèz 1:28). Anplis de sa, siman Enòk te cheri pwomès Jewova te fè pou l pwodui yon Semans ki t ava krabinen tèt Satan e ki t ava defèt konsekans twonpri Satan yo (Jenèz 3:15). Anfèt, pwofesi enspire Enòk la ki konsève nan liv Jid la gen rapò ak destriksyon semans Satan an. Piske Enòk te gen lafwa, nou konnen li t ap adore Jewova, li menm ki “ tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”. (Ebre 11:6.) Kidonk, byenke Enòk pa t gen tout konesans nou genyen jodi a, li te gen ase konesans pou l poze fondman pou yon fwa solid. Avèk yon fwa konsa, li te rive kenbe entegrite l nan moman boulvès.

Annou imite egzanp Enòk

15, 16. Ki jan nou ka mennen vi nou menm jan ak Enòk ?

15 Etandone, nan moman boulvès sa yo jodi a, nou vle fè Jewova plezi, menm jan ak Enòk, li ta bon pou nou imite egzanp li. Nou bezwen chèche gen yon konesans egzak sou Jewova e sou objektif li yo e nou dwe konsève konesans sa a. Men, nou bezwen fè plis pase sa, nou bezwen kite konesans egzak sa a dirije lavi nou (Sòm 119:101 ; 2 Pyè 1:19). Nou bezwen kite panse Bondye dirije nou e nou bezwen toujou fè efò pou nou fè l plezi nan tout fason nou panse e nan tout fason nou aji.

16 Yo pa pale de lòt moun nan epòk Enòk la ki t ap sèvi Jewova, men li evidan oubyen se te li menm sèlman oubyen li te fè pati yon ti minorite. Nou menm tou nou se yon minorite nan monn nan, men sa pa dekouraje nou. Kèlkeswa moun ki ta ka kont nou, Jewova ap soutni nou (Women 8:31). Avèk kouraj, Enòk te bay avètisman konsènan destriksyon ki t ap vini sou moun ki pa gen respè pou Bondye. Nou menm tou, se avèk kouraj n ap preche “ bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan ” malgre mokri, opozisyon ak pèsekisyon (Matye 24:14). Enòk pa t viv anpil tan parapò ak moun ki t ap viv nan menm epòk avè l yo. Sepandan, esperans li pa t nan monn sa a. Je li te fikse sou yon bagay ki te gen plis grandè lontan pase sa (Ebre 11:10, 35). Menm jan an tou, je nou fikse sou reyalizasyon objektif Jewova yo. Se sa k fè, nou pa itilize monn sa a nèt (1 Korentyen 7:31). Olye de sa, nou itilize fòs nou ak resous nou toudabò nan sèvis Jewova.

17. Ki konesans nou genyen Enòk pa t genyen, e pakonsekan ki sa nou ta dwe fè ?

17 Enòk te gen konfyans Semans Bondye te pwomèt la t ap gen pou l fè aparisyon l nan moman Jewova fikse pou sa. Sa fè prèske 2 000 an depi Semans sa a, anpalan de Jezi Kris, te fè aparisyon l e li te bay ranson an. Konsa, li ouvri chemen pou nou menm ansanm ak temwen nan tan lontan yo ki te fidèl, tankou Enòk, ka eritye lavi etènèl. Aktyèlman, Semans sa a, ki resevwa twòn nan antanke Wa nan Wayòm Bondye a, pimpe Satan sot nan syèl la desann sou tè a, e nou wè rezilta sa bay, se tribilasyon toutotou nou (Revelasyon 12:12). Wi, gen plis konesans ki disponib pou nou lontan pase Enòk. Kidonk, se pou nou bat pou nou gen yon fwa solid menm jan ak Enòk. Nou swete pou nou kite konfyans nou genyen nan reyalizasyon pwomès Jewova yo enfliyanse tout sa n ap fè. Menm jan ak Enòk, nou swete pou nou mache avèk Bondye malgre n ap viv nan moman boulvès.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Gade nan liv Étude perspicace des Écritures, volim 1, paj 228 paragraf 4. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 10 Anvan epòk Enòch la, Jewova te pale ak Adan. Abèl te bay Jewova yon ofrann ki te fè Jewova plezi. Bondye te menm pale ak Kayen anvan jalouzi mele ak kòlè te pouse l komèt yon zak asasinay. Se sa k fè, kòmanse yo te kòmanse “ envoke non Jewova ” a, se dwe nan yon lòt fason, se pa t nan kad vrè adorasyon an.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa mache avèk Bondye vle di ?

• Poukisa mache avèk Bondye se pi bon fason pou moun viv ?

• Ki sa ki te ede Enòk pou l mache avèk Bondye malgre li t ap viv nan moman boulvès ?

• Ki jan nou ka imite Enòk ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Grasa lafwa, “ Enòk te kontinye mache avèk vrè Dye a ”.

[Foto nan paj 27]

Nou kwè avèk fèmte pwomès Jewova yo ap reyalize.

[Liy kredi pou foto nan paj 23]

Dam ki adwat nèt la : foto FAO/B. Imevbore ; yon bilding k ap kraze : San Hong R-C Picture Company