Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kretyen yo reflete glwa Jewova

Kretyen yo reflete glwa Jewova

Kretyen yo reflete glwa Jewova

“ Je nou byennere paske y ap gade, ni zòrèy nou paske y ap tande. ” — Matye 13:16.

1. Ki kesyon ki vin nan tèt nou konsènan reyaksyon Izrayelit yo devan Moyiz anba mòn Sinayi ?

IZRAYELIT yo ki te rasanble anba mòn Sinayi te gen tout rezon pou yo pwoche bò kote Jewova. Dayè, li te delivre yo anba men Ejip ak yon men pisan. Li te pran swen yo nan dezè a, li te ba yo manje, li te ba yo bwè. Apre sa, li te fè yo ranpòte laviktwa sou lame Amalekit yo ki t ap atake yo (Egzòd 14:26-31 ; 16:2–17:13). Pandan pèp la te tabli kan l nan dezè a devan mòn Sinayi, kout loray ak kout zèklè te tèlman fè yo pè, yo te tranble. Annapre, yo vin wè Moyiz k ap desann mòn Sinayi, e vizaj li t ap reflete glwa Jewova. Men, olye yo te emèveye, olye yo te montre yo rekonesan pou sa k te pase a, yo te pito rale bak. “ Yo te pè pwoche bò kote [Moyiz]. ” ​(Egzòd 19:10-19 ; 34:30). Ki sa k fè yo te pè gade reflè glwa Jewova, sila a ki tèlman fè anpil bagay pou yo ?

2. Ki sa petèt ki te fè Izrayelit yo pè lè yo te wè glwa Bondye Moyiz t ap reflete a ?

2 Anpil nan Izrayelit yo te pè nan moman sa a, petèt akoz yon bagay ki te pase anvan sa. Lè yo te fè ti bèf annò a, yo te dezobeyi Jewova volontèman, e li te disipline yo (Egzòd 32:4, 35). Èske yo te tire leson nan sa ? Èske yo te montre rekonesans pou sa ? Now, pifò nan yo pa t fè sa. Nan fen lavi Moyiz, li raple yo sa k te pase lè yo te fè ti bèf annò a ansanm ak lòt okazyon kote Izrayelit yo te montre yo dezobeyisan. Men sa l te di pèp la : “ Nou te montre nou rebèl anvè lòd Jewova Bondye nou an bay, e nou pa t egzèse lafwa nan li e nou pa t koute vwa li. Nou montre nou rebèl nan fason nou aji ak Jewova depi jou m konnen nou. ” — Detewonòm 9:15-24.

3. Nan ki sikonstans Moyiz te konn oblije vwale figi l ?

3 Ann konsidere fason Moyiz te reyaji dèske Izrayelit yo te montre yo pè. Men sa nou li : “ Lè Moyiz fin pale avèk yo, li mete yon vwal sou figi l. Men lè Moyiz ap antre [nan tabènak la] devan Jewova pou l pale avè l, li retire vwal la jiskaske li soti. E li soti e li di pitit Izrayèl yo kòmandman li resevwa. E pitit Izrayèl yo wè figi Moyiz, yo wè po figi Moyiz ap lanse reyon, e Moyiz te remete vwal la sou figi l jiskaske li antre pou l pale avèk [Jewova]. ” ​(Egzòd 34:33-35). Poukisa Moyiz te konn mete vwal sou figi li ? Ki leson nou ka tire nan sa ? Repons kesyon sa yo ap ede nou egzamine relasyon nou genyen avèk Jewova.

Okazyon yo te rate

4. Selon apot Pòl, ki sa sa vle di lefètke Moyiz te mete yon vwal sou tèt li ?

4 Selon esplikasyon apot Pòl bay, se etadespri Izrayelit yo ansanm ak kondisyon kè yo ki te oblije Moyiz mete yon vwal. Men sa Pòl te ekri : “ Pitit Izrayèl yo pa t ka fikse rega yo sou figi Moyiz akoz glwa figi li [...]. Entèlijans yo te vin wouye. ” ​(2 Korentyen 3:7, 14). Ala tris sitiyasyon sa a te tris ! Izrayelit yo se te pèp Bondye chwazi, e li te vle yo pwoche bò kote l (Egzòd 19:4-6). Poutan, yo te renka pou yo te fikse rega yo sou reflè glwa Bondye. Olye pou yo te dirije kè yo ak lespri yo bò kote Jewova, pou yo te atache avèk li avèk amou, nan yon sans yo te pito vire do ba li.

5, 6. a) Ki sitiyasyon ki te egziste pami Izrayelit nan premye syèk la ki sanble ak sitiyasyon Izrayelit nan epòk Moyiz la ? b) Ki diferans ki genyen ant moun ki te koute Jezi yo ak moun ki pa t koute l yo ?

5 Sou pwen sa a, nou jwenn yon sitiyasyon nan premye syèk epòk nou an ki sanble ak sitiyasyon sa a. Nan moman Pòl te konvèti nan krisyanis la, nouvèl alyans lan, ki gen Jezi Kris, Gran Moyiz la, kòm Medyatè, te ranplase alyans Lalwa a. Jezi te reflete glwa Jewova pafètman ni nan pawòl li, ni nan aksyon l. Men sa Pòl te ekri konsènan Jezi apre rezirèksyon li : “ Li se reflè glwa [Bondye], li se reprezantasyon egzak sa l ye a menm. ” ​(Ebre 1:3). Ala yon gwo opòtinite Juif yo te genyen ! Yo te gen posiblite tande pawòl lavi etènèl la dirèkteman nan bouch Pitit Bondye a. Malerezman, pifò nan moun Jezi te preche yo pa t koute. Se sa k fè, Jezi te site yon pwofesi Jewova te bay pa mwayen Izayi konsènan moun sa yo, li te di : “ Kè pèp sa a vin fèmen, epi yo tande ak zòrèy yo, men yo pa reyaji, epi yo fèmen je yo, yon fason pou yo ka pa janm wè ak je yo, pou yo ka pa janm tande ak zòrèy yo, pou yo ka pa janm pran sans li avèk kè yo e pou yo ka pa janm retounen, pou m pa geri yo. ” — Matye 13:15 ; Izayi 6:9, 10.

6 Disip Jezi yo te toutafè diferan parapò ak Juif yo. Men sa Jezi te di konsènan disip li yo : “ Je nou byennere paske y ap gade, ni zòrèy nou paske y ap tande. ” ​(Matye 13:16). Vrè kretyen yo anvi konnen Jewova, yo anvi sèvi l. Yo pran plezi pou yo fè volonte l, jan Bib la revele volonte sa a. Sa vin fè, kretyen wen yo reflete glwa Jewova nan ministè nouvèl alyans lan, e lòt mouton yo fè menm jan an tou. — 2 Korentyen 3:6, 18.

Rezon ki fè bon nouvèl la vwale

7. Poukisa nou pa sezi poutèt pifò moun rejte bon nouvèl la ?

7 Tankou nou sot wè sa, ni nan epòk Jezi a, ni nan epòk Moyiz la, pifò Izrayelit pa t pwofite opòtinite eksepsyonèl yo te jwenn nan. Se menm bagay la nan epòk pa nou an. Pifò moun rejte bon nouvèl n ap preche a. Nou pa sezi pou sa. Men sa Pòl te ekri : “ Si bon nouvèl n ap anonse a vrèman vwale, li vwale lakay moun k ap peri yo, pami yo menm dye sistèm de choz sa a avegle entèlijans non kwayan yo. ” ​(2 Korentyen 4:3, 4). E apa Satan k ap bat pou l kache bon nouvèl la, gen anpil moun se yo menm menm ki vwale pwòp tèt yo paske yo pa vle wè.

8. Ki fason inyorans avegle anpil moun, e ki sa nou ka fè pou sa pa rive nou tou ?

8 Lòt bagay ki bouche je senbolik anpil moun se inyorans. Selon sa Labib montre, mantalman, nasyon yo “ nan fènwa, e yo lwen lavi ki pou Bondye a, akoz inyorans ki nan yo ”. (Efezyen 4:18.) Pòl se yon moun ki te maton nan Lalwa. Men, anvan li te vin kretyen, inyorans te avegle l opwen li t ap pèsekite kongregasyon Bondye a (1 Korentyen 15:9). Toutfwa, Jewova te revele l laverite. Men sa Pòl esplike : “ Men pou ki rezon yo fè m mizèrikòd : se poutèt pa mwayen mwen menm, pi bèl egzanp lan, pou Kris Jezi ka montre tout pasyans li pou l bay yon echantiyon moun ki pral mete lafwa yo nan li pou yo gen lavi etènèl. ” ​(1 Timote 1:16). Menm jan ak Pòl, anpil moun ki te opoze ak laverite anvan sa ap sèvi Bondye kounye a. Sa a se yon bèl rezon ki fè nou dwe kontinye bay menm moun ki opoze yo temwayaj. Epitou, lè nou etidye Pawòl Bondye a regilyèman e nou chèche konprann sans sa nou li a, inyorans pap fè nou aji yon fason ki ta ka fè Jewova fache.

9, 10. a) Ki jan Juif nan premye syèk la te montre yo refize aprann e yo pa dispoze chanje pwennvi ? b) Èske gen yon resanblans nan kretyente a jodi a ? Esplike.

9 Lòt bagay ki fè vizyon espirityèl anpil moun bouche, se paske moun sa yo pa dispoze aprann, e yo refize chanje pwennvi. Anpil Juif te rejte Jezi ansanm ak ansèyman l yo paske yo te rete atache ak Lalwa Moyiz la je fèmen. Natirèlman, te gen kèk eksepsyon. Pa egzanp, apre Jezi te fin resisite, te gen ‘ yon gwo foul prèt ki te vin obeyi lafwa a ’. (Travay 6:7.) Toutfwa, konsènan pifò Juif yo, men sa Pòl te ekri : “ Jis jodi a, kèlkeswa lè yo li Moyiz, gen yon vwal ki kouvri kè yo. ” ​(2 Korentyen 3:15). Siman Pòl te konnen sa Jezi te di chèf relijye Juif yo anvan sa. Jezi te di yo : “ N ap fouye Ekriti yo, paske nou panse se grasa yo n ap gen lavi etènèl. E se yo menm menm ki rann temwayaj sou mwen. ” ​(Jan 5:39). Etandone Juif yo t ap fouye Ekriti yo avèk swen, sa te dwe ede yo disène se Jezi ki Mesi a. Men, yo te gen pwòp ide pa yo, e menm mirak Pitit Bondye a te konn fè yo pa t ka fè yo chanje ide.

10 Menm bagay la rive anpil moun nan kretyente a jodi a. Menm jan ak Juif nan premye syèk la, “ yo gen zèl pou Bondye, men se pa yon zèl ki ann amoni ak konesans egzak la ”. (Women 10:2.) Menmsi gen ladan yo k ap etidye Labib, yo pa vle kwè sa l di. Yo refize admèt Jewova ap anseye sèvitè l yo pa mwayen gwoup kretyen wen yo ki fòme esklav fidèl ki prevwayan an (Matye 24:45). Nou menm, bò kote pa nou, nou konprann se Jewova k ap anseye pèp li e nou konnen se toujou ofiramezi moun rive konprann verite Bondye anseye (Pwovèb 4:18). Lè nou kite Jewova anseye nou, nou beni lefètke nou vin konnen volonte li ansanm ak objektif li.

11. Lè yon moun kwè sèlman nan sa li ta renmen kwè, ki jan sa ka fè l pa wè laverite ?

11 Gen lòt moun menm, yo kwè sèlman nan sa yo ta renmen kwè, e sa avegle yo. Labib te predi gen kèk moun ki t ava pase ni sèvitè Bondye yo, ni mesaj y ap pwoklame konsènan prezans Jezi a nan rizib. Men sa apot Pyè te ekri : “ Selon dezi pa yo, gen yon bagay ki echape yo. ” Bagay ki echape yo a, sèke Bondye te fè yon delij vini sou monn epòk Noye a (2 Pyè 3:3-6). Menm jan an tou, anpil moun ki di yo se kretyen admèt san pwoblèm Jewova gen mizèrikòd, li gen bonte e li konn padone, men afè li pap egzante moun pinisyon an, yo pa teni kont de sa menm oubyen yo rejte sa (Egzòd 34:6, 7). Vrè kretyen yo menm, yo pran san yo pou yo konprann ki sa Labib anseye toutbonvre.

12. Ki jan tradisyon avegle anpil moun ?

12 Gen anpil moun k al legliz, yo menm se tradisyon ki avegle yo. Jezi te di chèf relijye nan epòk pa l la : “ Nou anile pawòl Bondye a akoz tradisyon nou an. ” ​(Matye 15:6). Juif yo te retabli vrè adorasyon an avèk zèl apre yo te retounen sot ann egzil nan Babilòn, men, prèt yo te vin ògeye e yo te panse yo siperyè tout moun. Yo te òganize fèt relijye yo pou lafòm, se pa t yon vrè respè pou Bondye ki te pouse yo (Malaki 1:6-8). Rive nan epòk Jezi a, eskrib yo ansanm ak Farizyen yo te ajoute yon bann tradisyon met sou Lwa Moyiz la. Jezi te kalifye mesye sa yo de ipokrit, paske yo pa t kontinye teni kont de prensip jis ki te sèvi kòm fondman Lalwa yo (Matye 23:23, 24). Vrè kretyen yo dwe pran prekosyon pou yo pa kite tradisyon relijye lèzòm fabrike detounen yo de vrè adorasyon an.

“ Li te wè Sila a ki envizib la ”

13. Site de fason Moyiz te wè yon aspè nan glwa Bondye.

13 Etan Moyiz sou mòn nan, li te mande pou l wè glwa Bondye, e li te wè rès reyon limyè glwa Jewova. Lè l te konn antre anndan tabènak la, li pa t konn mete yon vwal. Moyiz se te yon nonm ki te gen yon fwa solid e li te vle akonpli volonte Bondye. Byenke li te beni paske li te wè yon aspè nan glwa Jewova nan yon vizyon, nan yon sans li te deja wè Bondye avèk je lafwa. Selon sa Labib di, Moyiz “ te kontinye tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la ”. (Ebre 11:27 ; Egzòd 34:5-7.) E li te reflete glwa Bondye nonsèlman nan reyon ki t ap sot nan vizaj li yo pandan yon bout tan, men tou nan efò li te fè pou l ede Izrayelit yo vin konnen Jewova e pou yo vin sèvi Li.

14. Ki fason Jezi te wè glwa Bondye, e nan ki sa Jezi te pran plezi ?

14 Depi yon kantite tan moun pa konnen, Jezi te konn wè glwa Bondye dirèkteman nan syèl la, menm depi anvan kreyasyon linivè (Pwovèb 8:22, 30). Pandan tout tan sa a, gen yon relasyon sere ki baze sou lanmou ak afeksyon ki te devlope ant yo de a. Jewova Dye demontre yon lanmou, yon tandrès, yon afeksyon ki san parèy pou pitit sa a, li menm ki fèt an premye nan tout kreyasyon an. E Jezi, anretou, demontre tout pwofondè lanmou li, tout afeksyon li genyen pou Bondye, li menm ki ba li lavi (Jan 14:31 ; 17:24). Te gen yon lanmou san fay ant Papa a ak Pitit la. Menm jan ak Moyiz, Jezi te pran plezi pou l reflete glwa Jewova nan bagay li t ap anseye yo.

15. Ki fason kretyen yo kontanple glwa Bondye ?

15 Menm jan ak Moyiz ak Jezi, Temwen Bondye yo, ki sou tè a jodi a, anvi kontanple glwa Jewova. Yo pa vire do bay bon nouvèl glorye a. Apot Pòl te ekri : “ Lè yon moun tounen vin jwenn Jewova [pou l fè volonte l], vwal la soti. ” ​(2 Korentyen 3:16). N ap etidye Ekriti yo paske nou vle fè volonte Bondye. Nou admire glwa vizaj Jezi Kris reflete a, li menm ki se Pitit Jewova, li menm ki Wa Jewova wenn nan, e nou imite egzanp li. Menm jan ak Moyiz ak Jezi, nou beni dèske ministè nou se anseye lòt moun konsènan glwa Bondye n ap adore a.

16. Poukisa se yon benediksyon sa ye lefètke nou konnen laverite ?

16 Jezi te di nan yon priyè : “ An piblik mwen louwe w, Papa, [...] paske ou kache bagay sa yo pou moun ki saj e ki entèlektyèl, e ou revele yo bay timoun piti. ” ​(Matye 11:25). Moun ki sensè e ki gen imilite nan kè yo, Jewova pèmèt yo konprann objektif li ak pèsonalite li (1 Korentyen 1:26-28). Nou vin benefisye pwoteksyon nan men l, li vin ap pran swen nou, e l ap anseye nou pou byen nou, pou nou ka reyisi lavi nou toutbon. Nou swete pou nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou pwoche bò kote Jewova, pou nou montre nou rekonesan pou tout dispozisyon li pran pou nou vin konnen l pi byen toujou.

17. Ki jan n ap rive konnen kalite Jewova yo plis toujou ?

17 Men pawòl Pòl te ekri kretyen wen yo : “ Nou reflete glwa Jewova tankou glas ak vizaj nou tou dekouvri, [e] nou transfòme nan menm imaj la, sot nan yon glwa rive nan yon lòt glwa. ” ​(2 Korentyen 3:18). Kit esperans nou selès, kit esperans nou terès, plis nou vin konnen Jewova (kalite l yo ak pèsonalite li genyen jan Labib revele sa), se plis nou vin sanble ak li. Si, avèk rekonesans nan kè nou, nou egzamine lavi Jezi Kris, ministè li ansanm ak ansèyman li, n ap reflete kalite Jewova yo plis toujou. Se pa ti jwa nou santi lè nou konnen n ap louwe Bondye nou an, lè nou konnen n ap fè efò pou nou reflete glwa li !

Èske nou sonje ?

• Poukisa Izrayelit yo te pè gade glwa Bondye Moyiz t ap reflete a ?

• Ki jan bon nouvèl la te “ vwale ” nan premye syèk la ? Ki jan li “ vwale ” jodi a ?

• Ki jan nou reflete glwa Bondye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12]

Izrayelit yo pa t ka fikse figi Moyiz.

[Foto nan paj 14]

Menm jan ak Pòl, anpil moun ki te opoze ak laverite ap sèvi Bondye kounye a.

[Foto nan paj 16]

Sèvitè Jewova yo pran plezi pou yo reflete glwa Bondye.