Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lalwa lanmou : yon lwa ki nan kè

Lalwa lanmou : yon lwa ki nan kè

Lalwa lanmou : yon lwa ki nan kè

“ M ap mete lwa mwen anndan yo, e nan kè yo m ap ekri l. ” — JEREMI 31:33.

1, 2. a) Ki sa nou pral egzamine kounye a ? b) Ki jan Jewova te manifeste prezans li nan mòn Sinayi ?

NAN de atik ki vin anvan atik sa a, nou te aprann lè Moyiz te desann sot nan mòn Sinayi, figi l t ap lanse reyon ki te reflete glwa Jewova. Nou te pale tou de vwal Moyiz te mete a. Kounye a, annou egzamine yon lòt bagay ki te pase lè sa a ki gen yon siyifikasyon pou kretyen yo jodi a.

2 Lè Moyiz te sou mòn nan, li te resevwa enstriksyon nan men Jewova. Izrayelit yo, ki te rasanble anba mòn Sinayi, te temwen lè Bondye te manifeste prezans li yon fason ki etonan. “ Te vin gen loray ak zèklè, e te gen yon nyaj pwès anlè mòn nan e te gen yon gwo son kòn, sa te fè tout pèp la ki nan kan an kòmanse tranble. [...] E mòn Sinayi t ap bay lafimen toupatou, paske Jewova te desann sou li nan dife. E lafimen l te kontinye ap monte menm jan ak lafimen yon fou, e tout montay la t ap tranble anpil. ” — Egzòd 19:16-18.

3. Pa ki mwayen Jewova te bay Izrayèl Dis Kòmandman yo, e ki sa nasyon sa a te vin konprann ?

3 Jewova te pale ak pèp la pa mwayen yon zanj, e li te ba yo sa nou vin konnen sou non Dis Kòmandman yo (Egzòd 20:1-17). Donk, nou pa gen dout, se Toupisan an ki te bay lwa sa yo. Jewova te ekri kòmandman sa yo sou wòch plat. Wòch sa yo Moyiz te kraze yo lè l te wè Izrayelit yo k ap adore yon ti bèf annò. Yon lòt fwa ankò, Jewova ekri kòmandman yo sou wòch. Fwa sa a, lè Moyiz desann ak wòch plat yo, figi l t ap lanse reyon. Konsa, tout moun t ap konprann lwa sa yo te gen yon kokenn siyifikasyon. — Egzòd 32:15-19 ; 34:1, 4, 29, 30.

4. Poukisa Dis Kòmandman yo te gen yon enpòtans kapital ?

4 De wòch plat Dis Kòmandman yo te ekri sou yo a, yo te mete yo anndan lach alyans lan ki te twouve l anndan Trèsen tabènak la, e apre sa ki te vin twouve l anndan Trèsen tanp lan. Lwa ki te ekri sou wòch plat sa yo te site prensip fondamantal ki nan alyans Lwa mozayik la e yo te etabli baz pou administrasyon teyokratik yon gouvènman nasyonal. Lwa sa yo te bay prèv Jewova annafè ak yon pèp byen espesyal, yon pèp li chwazi.

5. Nan ki sans lwa Bondye te bay Izrayèl la te reflete lanmou li ?

5 Lwa sa yo te revele anpil bagay sou Jewova, patikilyèman lanmou li gen pou pèp li a. Ala yon kado ki gen anpil valè lwa sa yo te ye pou moun ki te obeyi yo ! Gen yon biblis ki ekri : “ Pa gen okenn sistèm moral lòm te janm etabli anvan sa oswa depi lè sa a, [...] ki ka parèt devan dis pawòl Bondye sa yo, alewè pou yo ta egale l oubyen pou yo ta depase l. ” Konsènan Lwa mozayik la ann antye, Jewova te di : “ Si nou obeyi vwa m yon fason estrik e si nou kenbe alyans mwen an toutbonvre, lè sa a, san mank n ap tounen pwopriyete espesyal mwen pami tout lòt pèp yo, paske tout tè a se pou mwen. E n ap tounen yon wayòm prèt e yon nasyon ki sen. ” — Egzòd 19:5, 6.

Yon lwa ki ekri nan kè

6. Ki lwa ki gen plis enpòtans pase lwa ki ekri sou wòch ?

6 Vrèmanvre, lwa sa yo Bondye te bay la te gen anpil enpòtans. Sepandan, èske w te konnen kretyen wen yo posede yon bagay ki gen plis enpòtans lontan pase lwa ki ekri sou wòch ? Jewova te predi li t ap fè yon nouvèl alyans ki pa t ap menm ak alyans Lalwa li te fè avèk nasyon Izrayèl la. “ M ap mete lwa mwen anndan yo, e nan kè yo m ap ekri l. ” ​(Jeremi 31:31-34). Jezi, Medyatè nouvèl alyans lan, pa t bay disip li yo yon kòd lwa ekri. Li te mete lwa Jewova nan panse ak nan kè disip li yo pa mwayen sa l te di ak sa l te fè.

7. Kiyès an premye yo te bay “ lalwa Kris la ”, e kiyès apre sa ki aksepte l ?

7 Yo rele lwa sa a “ lalwa Kris la ”. Se pa t nasyon Izrayèl selon lachè a, desandan Jakòb yo, yo te bay li an premye, men se yon nasyon espirityèl, “ Izrayèl Bondye a ”. (Galat 6:2, 16 ; Women 2:28, 29.) Se kretyen ki wenn ak lespri ki konpoze Izrayèl Bondye a. Avèk letan, gen “ yon gwo foul ”, ki soti nan tout nasyon, ki vin asosye ak yo, e yo menm tou y ap chèche adore Jewova (Revelasyon 7:9, 10 ; Zekarya 8:23). Antanke “ yon sèl twoupo ” anba direksyon “ yon sèl bèje ”, toule de gwoup sa yo aksepte “ lalwa Kris la ”, yo pèmèt li dirije tout sa y ap fè. — Jan 10:16.

8. Site youn nan diferans ki genyen ant Lwa mozayik la ak lwa Kris la.

8 Kontrèman ak Izrayelit selon lachè yo ki te anba Lwa mozayik la depi yo fèt, kretyen yo yo menm se chwazi yo chwazi rete anba lalwa Kris la. Sa pa gen okenn rapò ni ak kesyon ras, ni ak kote yo fèt. Yo aprann konnen Jewova ak fason li aji e yo anvi fè volonte l. Lefètke kretyen wen yo gen lwa Bondye “ nan yo menm ”, oubyen ankò yo gen lwa Bondye ekri “ nan kè yo ”, yo pa obeyi Bondye senpleman poutèt li kapab pini moun ki dezobeyi, ni nonplis paske yo oblije fè sa. Obeyisans yo a anrasinen nan yon bagay ki pi esansyèl e ki pi pisan lontan, e moun ki fè pati lòt mouton yo obeyi nan menm sans lan paske yo gen lwa Bondye nan kè yo.

Lwa ki baze sou lanmou

9. Ki jan Jezi te montre lwa Jewova yo konsantre nan lanmou ?

9 Tout lwa Jewova yo ak tout règ li yo ka konsantre nan yon sèl mo : lanmou. Lanmou te toujou jwe yon wòl enpòtan nan vrè adorasyon an e l ap toujou jwe wòl sa a. Lè yo te mande Jezi ki kòmandman nan Lalwa ki pi gwo, li te reponn : “ Renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou e ak tout lespri w. ” Men dezyèm nan : “ Renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou. ” Apre sa li di : “ Nan de kòmandman sa yo tout Lalwa pandye, ansanm ak Pwofèt yo. ” ​(Matye 22:35-40). Kidonk, Jezi te montre se pa Lalwa avèk Dis Kòmandman yo sèlman ki baze sou lanmou, men se tout Ekriti ebrayik yo nèt.

10. Ki jan nou fè konnen lanmou se fondman lalwa Kris la ?

10 Èske lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen nou se fondman lwa ki nan kè kretyen yo tou ? Asireman wi ! Lalwa Kris la mande pou nou gen yon lanmou sensè pou Bondye e li gen ladan l yon nouvo kòmandman : kretyen yo dwe gen lanmou youn pou lòt, yon lanmou ki pouse yo fè sakrifis. Yo dwe renmen youn lòt menm jan ak Jezi ki te dispoze bay vi l pou zanmi l yo. Li te anseye disip li yo pou yo renmen Bondye e pou yo renmen youn lòt, menm jan li menm li te renmen yo. Lanmou estrawòdinè yo montre youn pou lòt se kalite prensipal ki idantifye vrè kretyen yo e se grasa kalite sa a yo rekonèt yo (Jan 13:34, 35 ; 15:12, 13). Jezi te menm anseye yo pou yo renmen ènmi yo. — Matye 5:44.

11. Ki jan Jezi te demontre lanmou pou Bondye ak limanite ?

11 Jezi te bay yon egzanp pafè nan demontre lanmou. Antanke yon kreyati espirityèl pisan ki nan syèl la, li te aksepte ak tout kè l opòtinite li te jwenn pou l fè enterè Papa l pwogrese sou tè a. Nonsèlman li te bay vi li antanke imen pou lòt moun ka viv pou toutan, li te montre moun yo tou fason yo dwe viv. Li te enb, li te gen bonte e li te montre konsiderasyon pou moun. Li te ede moun k ap kwoupi anba chay, moun y ap toupizi. Li te anseye “ pawòl lavi etènèl ” tou. Li pa t janm bouke ede moun pou yo rive konnen Jewova. — Jan 6:68.

12. Poukisa nou ka di lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen nou se de bagay ki pa ka deparye ?

12 Anfèt, lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen nou se de bagay ki pa ka deparye. Apot Jan di : “ Se nan Bondye lanmou soti [...]. Si yon moun di : ‘ Mwen renmen Bondye ’, epoutan li rayi frè l, li se yon mantè. Paske yon moun ki pa renmen frè l li wè, pa ka renmen Bondye li pa wè. ” ​(1 Jan 4:7, 20). Jewova se sous lanmou e li se lanmou an pèsòn. Se lanmou ki domine tout sa l fè. Nou gen lanmou paske nou fèt pòtre ak li (Jenèz 1:27). Lè nou montre lanmou pou pwochen nou, nou demontre lanmou pou Bondye.

Renmen vle di obeyi

13. Si nou vle renmen Bondye, ki sa nou dwe fè toudabò ?

13 Ki jan nou kapab renmen Bondye, li menm nou pa ka wè ? Premye etap ki esansyèl, se pou nou aprann konnen l. Nou pa kapab renmen yon enkoni toutbonvre, ni nou pa ka mete konfyans nou nan li. Se sa k fè, Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou aprann konnen Bondye pa mwayen lekti Labib, pa mwayen lapriyè, e pa mwayen frekantasyon moun ki deja konnen l e ki renmen l (Sòm 1:1, 2 ; Filipyen 4:6 ; Ebre 10:25). Kat Evanjil yo patikilyèman enpòtan, paske yo revele pèsonalite Jewova jan sa te reflete nan lavi ak ministè Jezi Kris. Dezi nou genyen pou nou obeyi Bondye e pou nou imite pèsonalite li ap vin pi fò ofiramezi n ap vin konnen l e ofiramezi n ap vin gen rekonesans pou lanmou li montre pou nou. Wi, lanmou pou Bondye mache ak obeyisans.

14. Poukisa nou ka di lwa Bondye yo pa lou ?

14 Lè nou renmen yon moun, nou konnen sa l renmen ak sa l pa renmen, e nou konpòte nou an fonksyon de sa. Nou pa ta renmen deplè yon moun nou renmen. Apot Jan te ekri : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. Epoutan kòmandman l yo pa lou. ” ​(1 Jan 5:3). Kòmandman Bondye yo pa lou e yo pa anpil. Lanmou gide nou nan fason n ap aji. Nou pa bezwen aprann pakè yon pakèt lwa men longè pou nou kontwole chak aksyon n ap fè. Lanmou nou gen pou Bondye ap gide nou. Si nou renmen Bondye, se yon plezi pou nou fè volonte l. Sa ap fè nou gen apwobasyon l, e n ap jwenn byenfè. Enstriksyon li bay se toujou pou byen nou. — Izayi 48:17.

15. Ki sa k ap pouse nou imite Jewova ? Esplike.

15 Lanmou pou Bondye pouse nou imite kalite l yo. Lè nou renmen yon moun, nou admire kalite li genyen e nou chèche vin menm jan ak li. Reflechi sou relasyon ki egziste ant Jewova ak Jezi. Yo te ansanm nan syèl la depi petèt plizyè milya ane. Yo te gen yon lanmou pwofon, yon lanmou pafè youn pou lòt. Jezi te tèlman sanble tèt koupe ak Papa l ki nan syèl la, li te menm rive di disip li yo : “ Moun ki wè m wè Papa a. ” ​(Jan 14:9). Ofiramezi n ap vin gen konesans sou Jewova ak Pitit Gason l lan e n ap vin gen rekonesans pou yo, sa ap pouse nou pou nou vin menm jan ak yo. Lanmou nou pou Jewova ansanm ak èd lespri sen li ap pèmèt nou ‘ retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak mès li yo, e sa ap pèmèt nou abiye nou avèk nouvo pèsonalite a ’. — Kolosyen 3:9, 10 ; Galat 5:22, 23.

Lanmou ann aksyon

16. Ki jan aktivite predikasyon ak aktivite ansèyman n ap fè a demontre lanmou nou genyen pou Bondye e pou pwochen nou ?

16 Antanke kretyen, nou kite lanmou nou gen pou Bondye ak lanmou nou gen pou pwochen nou motive nou pou nou patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan e nan travay fè disip la. Lè nou fè sa, nou fè Jewova Dye plezi, li menm “ ki vle pou tout kalite moun sove, e pou yo rive jwenn yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Timote 2:3, 4.) Donk, n ap jwenn kè kontan nan ede moun yo pou yo gen lalwa Kris la ekri nan kè yo. E nou pran plezi pou nou gade yo k ap transfòme pèsonalite yo pou yo reflete kalite Jewova yo (2 Korentyen 3:18). An reyalite, ede moun pou yo rive konnen Bondye, se pi bèl kado nou ta ka ba yo. Moun ki aksepte amitye Jewova gen posiblite jwi amitye sa a pou tout letènite.

17. Poukisa li saj pou nou kiltive lanmou pou Bondye e pou pwochen nou olye nou kiltive lanmou pou bagay materyèl ?

17 N ap viv nan yon monn kote yo bay bagay materyèl anpil valè, yo menm gen lanmou pou yo. Sepandan, bagay materyèl pa etènèl. Yo kapab vòlè yo, oswa yo kapab deteryore (Matye 6:19). Labib avèti nou : “ Se pase monn nan ap pase, dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan. ” ​(1 Jan 2:16, 17). Wi, Jewova ap rete pou toutan, e moun ki renmen l e k ap sèvi l ap rete pou toutan tou. Kidonk, èske li pa pi bon pou nou kiltive lanmou pou Bondye ak lanmou pou moun, olye pou nou kouri dèyè bagay ki nan monn nan, alòske bagay sa yo senpleman la pou yon ti tan ?

18. Ki jan yon misyonè te demontre lanmou ki pouse l fè sakrifis ?

18 Moun ki kontinye manifeste lanmou atire louwanj sou Jewova. Ann pran egzanp Sonia, yon misyonè nan peyi Senegal. Li te etidye Labib ak yon dam ki te rele Heidi, ki te trape viris sida nan mari l ki pa t kwayan. Apre mari Heidi fin mouri, Heidi vin batize, men yon ti tan apre, sante l te vin ap deteryore, e li te entène lopital akoz maladi sida. Sonia di : “ Staf lopital la te fè tout sa yo kapab, men yo pa t anpil. Frè yo te fè apèl ak volontè nan kongregasyon an pou yo pran swen l nan lopital la. Dezyèm nuit lan, mwen te rete sou yon nat toupre kabann li e mwen t ap ede yo pran swen l jiskaske l mouri. Doktè ki t ap swaye l la di : ‘ Pi gwo pwoblèm nou sèke souvan menm manm fanmi yon malad konn abandone l lè yo konnen se sida l genyen. Poukisa ou menm, ki pa fanmi l, ki pa sot nan menm peyi avè l, ki pa menm gen menm koulè avè l, ou dakò riske tèt ou ? ’ Mwen te esplike yo, pou mwen, Heidi se te reyèlman sè m, nou te pwòch tankou nou te gen menm manman ak menm papa. Avèk relasyon mwen te vin gen avèk Heidi, ki te tankou yon sè pou mwen, mwen te twouve se yon plezi pou m pran swen l. ” Fòk nou di, Sonia pa t trape okenn maladi lè li t ap fè efò avèk amou pou l pran swen Heidi.

19. Etandone nou gen lwa Bondye nan kè nou, ki sa nou dwe pwofite ?

19 Pami sèvitè Jewova yo, nou ka jwenn anpil egzanp moun ki demontre lanmou ki pouse yo fè sakrifis. Pa gen okenn kòd lwa ekri ki idantifye pèp Bondye a jodi a. Olye de sa, nou wè akonplisman pawòl ki ekri nan Ebre 8:10 la : “ ‘ Men alyans m ap fè ak mezon Izrayèl la apre jou sa yo’, se sa Jewova di. ‘ M ap mete lwa m nan panse yo, e nan kè yo m ap ekri yo. E m ap vin Dye yo, e yo menm y ap vin pèp mwen. ’ ” Se pou nou toujou cheri lwa lanmou Jewova ekri nan kè nou an, pandan n ap pwofite tout okazyon pou nou demontre lanmou.

20. Poukisa lalwa Kris la se yon byen ki gen anpil valè ?

20 Ala yon gwo jwa nou genyen pou nou sèvi Bondye ansanm ak frè ak sè nou yo nan lemonnantye ki demontre yon lanmou konsa ! Moun ki gen lalwa Kris la nan kè yo posede yon bagay ki gen anpil valè nan monn san lanmou sa a. Nonsèlman yo benefisye lanmou Jewova, men tou, antanke frè ak sè, yo jwi yon lyen lanmou solid. “ Gade ! Ala bon, ala agreyab lè frè ret ansanm nan linite ! ” Byenke Temwen Jewova yo fè pati plizyè nasyon, yo pale plizyè lang, e yo reprezante plizyè kilti, yo gen yon inite relijye ki san parèy. Inite sa a fè nou jwenn favè Jewova. Men sa yon salmis te ekri : “ Se la [nan mitan yon pèp ki ini nan lanmou] Jewova òdone pou benediksyon ye, wi lavi pou tan endefini. ” — Sòm 133:1-3.

Èske nou ka reponn ?

• Ki enpòtans Dis Kòmandman yo te genyen ?

• Ki lwa sa a ki ekri nan kè a ?

• Ki wòl lanmou jwe nan “ lalwa Kris la ” ?

• Ki fason nou ka demontre lanmou pou Bondye e pou pwochen nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Izrayelit yo te gen lwa ki te ekri sou wòch plat.

[Foto nan paj 19]

Kretyen yo gen lwa Bondye a nan kè yo.

[Foto nan paj 21]

Sonia ansanm ak yon tifi nan peyi Senegal nan kongrè distri 2004 la.