Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an

Nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an

Nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an

“ Men nou menm, bò kote pa nou, nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan. ” — MIKA 4:5.

1. Nan kesyon moralite, ki jan sitiyasyon an te ye nan epòk Noye a, e ki jan Noye te montre l diferan ?

PREMYE moun Bib la mansyone kòm moun ki t ap mache avèk Bondye se Enòk. Dezyèm nan se Noye. Men sa Bib la rapòte : “ Noye se te yon nonm jis. Li te montre l entèg pami moun ki t ap viv nan menm epòk avèk li yo. Noye t ap mache avèk vrè Dye a. ” ​(Jenèz 6:9). Depi anvan epòk Noye a, limanite an jeneral te gentan vire do bay vrè adorasyon an. Move sitiyasyon sa a te vin anpire akoz zanj enfidèl ki te vin gen inyon ki pa natirèl avèk fi e yo te vin fè yon seri pitit ki rele Nefilim. Se yo menm ki “ moun ki te gen fòs ” yo oubyen “ mesye selèb ” nan epòk sa a. Ou pa bezwen mande ki jan tè a te vin ranpli ak vyolans (Jenèz 6:2, 4, 11) ! Malgre sa, Noye te montre l entèg e li te konn “ preche sa ki jis ”. (2 Pyè 2:5.) Lè Bondye te òdone Noye pou l bati yon lach pou prezève lavi, avèk obeyisans, Noye te “ fè selon tout sa Bondye te òdone l fè. Konsa l te fè egzakteman ”. (Jenèz 6:22.) Vrèmanvre, Noye t ap mache avèk Bondye.

2, 3. Ki bèl egzanp Noye kite pou nou menm jodi a ?

2 Nan lis temwen fidèl Pòl te fè a, li mete Noye ladan l. Men sa li te ekri : “ Grasa lafwa, Noye, apre Bondye fin avèti l konsènan bagay moun potko wè, te demontre li gen krent pou Bondye epi li te konstwi yon lach pou sove moun lakay li. E grasa lafwa sa a, li te kondane monn nan, e li te vin yon eritye lajistis ki ann akò ak lafwa. ” ​(Ebre 11:7). Ala yon bèl egzanp ! Lefètke Noye te gen konfyans pawòl Bondye t ap reyalize, li te konsakre tan li, enèji li ak resous li pou l akonpli sa Bondye te òdone l pou l fè. Menm jan an tou, jodi a gen anpil moun ki vire do bay avantaj materyèl monn nan ofri yo e yo konsakre tan yo, enèji yo ak resous yo pou yo obeyi kòmandman Jewova yo. Fwa yo remakab e l ap pèmèt ni yo menm ni lòt moun sove. — Lik 16:9 ; 1 Timote 4:16.

3 Pou Noye ak fanmi l te egzèse lafwa, sa dwe te difisil menm jan sa te difisil pou granpapa l Enòk. Nou te pale de Enòk nan atik ki vin anvan an. Ni nan epòk Noye a, ni nan epòk Enòk la, vrè adoratè yo te yon ti minorite. Pa egzanp, se sèlman uit moun ki te montre yo fidèl e ki te sove nan delij la. Noye t ap preche sa ki jis nan yon monn ki vyolan e ki imoral. Anplis de sa, li menm ak fanmi l t ap konstwi yon gwo lach an bwa pou yo prepare tann yon delij inivèsèl, byenke pèsonn potko wè yon delij konsa anvan. Sa dwe te parèt etranj anpil pou moun ki t ap obsève Noye ak fanmi l.

4. Ki erè moun ki t ap viv nan menm epòk ak Noye yo te fè Jezi te atire atansyon sou li ?

4 Yon bagay ki enteresan sèke lè Jezi te fè referans ak jou Noye yo, se pa ni vyolans, ni fo relijyon, ni imoralite ki te gen nan epòk sa a li te mansyone, byenke bagay sa yo te grav. Jezi te atire atansyon sou erè moun yo te fè lefètke yo te refize koute avètisman Noye t ap bay la. Selon sa Jezi di, yo “ t ap manje yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e yo t ap marye medam yo, jis nan jou Noye antre nan lach la ”. Manje, bwè, marye, marye lòt moun, èske gen yon mal nan bagay sa yo ? Non, yo te tou senpleman ap mennen yon vi swadizan “ nòmal ” ! Men te gen yon delij ki t apral vini, e Noye t ap preche sa ki jis. Pawòl li ak konduit li te dwe sèvi avètisman pou yo. Men, yo “ pa t teni kont de anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale ”. — Matye 24:38, 39.

5. Ki kalite Noye ansanm ak fanmi l te bezwen genyen ?

5 Si nou konsidere sa ki te pase nan epòk sa a, n ap rann nou kont Noye t ap viv avèk sajès. Sepandan, nan peryòd anvan delij la, sa te mande kouraj pou yon moun montre li diferan parapò ak lòt moun yo. Sa te mande anpil konviksyon pou Noye ak fanmi l konstwi yon gwo lach konsa e pou yo te ranpli l ak tout kalite bèt ki egziste. Èske gen kèk pami ti kantite nanm fidèl sa yo ki te konn swete pou yo pa tèlman remake yo, e pou yo jis mennen yon vi ki swadizan “ nòmal ” ? Menmsi panse konsa te pase nan lespri yo, sa pa t febli entegrite yo. Apre yon bon kantite ane, yon peryòd ki pi long pase peryòd nenpòt nan nou ap gen pou l andire nan sistèm de choz sa a, lafwa Noye te pèmèt li sove nan delij la. Sepandan, Jewova te egzekite jijman l sou tout moun sa yo ki t ap mennen yon vi swadizan “ nòmal ” e ki pa t teni kont de siyifikasyon epòk yo t ap viv la.

Yon lòt fwa ankò, vyolans ap aflije limanite

6. Apre delij la, ki sitiyasyon ki te toujou egziste ?

6 Apre dlo delij la te fin bese, limanite te vin gen yon nouvo derapman. Sepandan, lèzòm te toujou enpafè e “ panchan kè lòm ” te toujou “ pa bon depi nan jenès li ”. (Jenèz 8:21.) Anplis de sa, menmsi demon yo pa t ka pran fòm moun ankò, yo te toujou trè aktif. Sa pa t pran tan pou monn nan ki fòme ak moun ki pa gen respè pou Bondye te vin montre yo “ anba pouvwa mechan an ”, e menm jan ak jodi a, vrè adoratè yo te oblije lite kont “ manèv Dyab la ”. — 1 Jan 5:19 ; Efezyen 6:11, 12.

7. Ki jan vyolans te vin ap vale teren apre delij la ?

7 Apre delij la, omwen apati de epòk Nimwòd la, lèzòm te vin ap fè zak vyolans sou tè a ankò. Lefètke popilasyon an t ap ogmante e te gen pwogrè ki te fèt nan domèn teknik, sa te lakòz vyolans sa a te kontinye ap vale teren. Nan tan lontan, yo te gen epe, lans, banza, flèch ak charyo. Sa pa gen twò lontan, yo vin gen mouskè ak kanno, e apre sa, nan kòmansman 20yèm syèk la, vin gen fizi ak lòt gwo zam sofistike. Nan Premye Gè mondyal la, yo te parèt ak zam ki pi efreyan toujou, tankou avyon de gè, cha blennde, soumaren ak gaz toksik. Pandan gè sa a, zam sa yo touye plizyè milyon moun. Èske sa se te yon sipriz ? Non.

8. Ki jan Revelasyon 6:1-4 jwenn akonplisman l ?

8 Nan ane 1914, Jezi te resevwa twòn nan antanke Wa nan Wayòm selès Bondye a, se lè sa a “ jou Seyè a ” te kòmanse (Revelasyon 1:10). Nan yon vizyon yo rapòte nan liv Revelasyon an, yo prezante Jezi kòm yon Wa ki monte sou yon cheval blan k ap galope pou al ranpòte laviktwa. Gen lòt kavalye k ap suiv li, e chak kavalye sa yo reprezante yon malè k ap frape limanite. Youn nan yo monte sou yon cheval koulè dife k ap galope, e yo ba l pèmisyon “ pou l retire lapè sou tè a, yon fason pou youn touye lòt, e yo ba li yon gwo epe ”. (Revelasyon 6:1-4.) Cheval sa a ak kavalye ki sou li a reprezante lagè. Gwo epe a reprezante gwo lagè san parèy yo fè nan epòk modèn nan, lagè ki detwi anpil vi, e li reprezante tou gwo zam pisan yo itilize nan gè sa yo. Jodi a, zam sa yo gen ladan yo materyèl nikleyè yo e yo chak kapab detwi plizyè dizèn milye moun. Genyen tou misil ki kapab al lage materyèl nikleyè sa yo sou sa yo vize a ki gendwa nan yon distans plizyè milye kilomèt. San konte zam chimik ak zam byolojik sofistike ki ka detwi moun pa pakèt.

Nou teni kont de avètisman Jewova yo

9. Nan ki domèn monn jodi a sanble ak monn ki te egziste anvan delij la ?

9 Nan epòk Noye a, Jewova te detwi monn nan akoz pakèt vyolans moun mechan yo t ap fè grasa sipò Nefilim yo. E jodi a ? Èske gen mwens vyolans sou tè a pase jan sa te ye nan epòk sa a ? Asireman non ! Anplis de sa, menm jan ak nan epòk Noye a, moun yo jodi a se pwòp zafè yo y ap regle, y ap eseye mennen yon vi ki swadizan “ nòmal ”, yo refize koute avètisman y ap ba yo (Lik 17:26, 27). Donk, èske gen yon rezon ki pou ta fè nou doute Jewova pral detwi monn nan yon lòt fwa ankò ? Non.

10. a) Ki avètisman ki parèt plizyè fwa nan pwofesi ki nan Bib la ? b) Ki sèl fason ki saj pou moun viv jodi a ?

10 Plizyè santèn ane anvan delij la, Enòk te pwofetize konsènan destriksyon ki ta dwe vini nan epòk pa nou an (Jid 14, 15). Jezi tou te pale konsènan yon “ gwo tribilasyon ” ki gen pou vini (Matye 24:21). Gen lòt pwofèt ki te bay avètisman konsènan epòk sa a (Ezekyèl 38:18-23 ; Danyèl 12:1 ; Yowèl 2:31, 32). E nan liv Revelasyon an, nou jwenn yon deskripsyon detaye konsènan destriksyon final sa a (Revelasyon 19:11-21). Pèsonèlman, nou imite Noye e nou aktif antanke moun k ap preche sa ki jis. Nou teni kont de avètisman Jewova yo e nou ede pwochen nou avèk amou pou yo fè menm bagay la. Pakonsekan, menm jan ak Noye, n ap mache avèk Bondye. Vrèmanvre, li endispansab pou tout moun ki ta renmen gen lavi kontinye mache avèk Bondye. Ki jan nou ka fè sa malgre presyon n ap rankontre chak jou ? Nou bezwen travay pou nou gen yon fwa ki solid nan reyalizasyon objektif Bondye yo. — Ebre 11:6.

Kontinye mache avèk Bondye nan moman boulvès

11. Nan ki sans nou imite kretyen premye syèk yo ?

11 Nan premye syèk la, yo te pale de kretyen wen yo antanke moun ki fè pati “ Chemen an ”. (Travay 9:2.) Tout vi yo te santre sou lafwa yo te genyen nan Jewova ak Jezi Kris. Yo t ap mache sou tras Mèt yo a. Jodi a, se menm bagay la vrè kretyen yo fè.

12. Ki sa k te pase apre Jezi te fin nouri yon foul pa mwayen yon mirak ?

12 Nou wè enpòtans lafwa nan yon evènman ki te pase diran ministè Jezi. Te gen yon lè, pa mwayen yon mirak, Jezi te nouri yon foul ki te gen anviwon 5 000 moun. Moun yo te etone e yo te kontan. Sepandan, remake sa k vin pase apre sa. Men sa nou li : “ Lè mesye yo wè siy li t ap akonpli yo, yo te kòmanse di : ‘ Se vrèman pwofèt ki te gen pou vini nan monn nan. ’ Kidonk Jezi, piske li te konnen yo t apral vin met men sou li pou yo fè l wa, te wete kò l al sou mòn nan ankò, pou kò l. ” ​(Jan 6:10-15). Nan nuit sa a, li vwayaje al nan yon lòt zòn. Sanble anpil moun te desi poutèt Jezi pa t aksepte vin wa. Apre tou, li te montre li te gen sajès pou l ta vin yon wa e li te gen pouvwa pou l satisfè bezwen fizik moun yo. Men, lè Jewova te fikse pou l vin Wa a potko rive. Epitou, Wayòm Jezi a ta dwe yon Wayòm selès, se pa t ap yon Wayòm terès.

13, 14. Ki pwennvi anpil moun te montre yo genyen e ki eprèv fwa yo te sibi ?

13 Sepandan, foul la te detèmine pou l suiv Jezi e, tankou apot Jan rapòte sa, yo rive jwenn li “ pa lòtbò lanmè a ”. Poukisa yo t ap suiv Jezi menm apre li te fin rejte efò yo te fè pou yo fè l wa ? Anpil ladan yo montre yo te gen yon pwennvi chanèl, paske yo te plis ap pale de dispozisyon materyèl Jewova te pran nan dezè a nan epòk Moyiz la. Sa ta vle di Jezi ta dwe kontinye ba yo manje. Lè Jezi vin konprann move mobil yo gen lakay yo, li kòmanse anseye yo verite espirityèl ki pou ede yo korije fason yo panse (Jan 6:17, 24, 25, 30, 31, 35-40). Kòm reyaksyon, gen nan yo ki kòmanse bougonnen, sitou lè li vin bay egzanp kote li di : “ Vrèmanvre mwen di nou sa : amwenske nou manje chè Pitit Gason lòm nan e nou bwè san l, nou pa gen lavi nan nou. Moun ki manje chè m e ki bwè san m gen lavi etènèl, e m ap resisite l nan dènye jou a. ” — Jan 6:53, 54.

14 Byen souvan, egzanp Jezi yo te konn pouse moun yo pou yo montre si yo gen dezi toutbonvre pou yo mache avèk Bondye. E egzanp sa a te gen menm efè a. Li te soulve gwo reyaksyon. Men sa nou li : “ Anpil nan disip li yo, lè yo tande sa, yo di : ‘ Pawòl sa a chokan, kiyès ki ka koute l ? ’ ” Jezi te kontinye esplike yo ta dwe chèche siyifikasyon espirityèl pawòl li yo. Men sa l di : “ Se lespri ki bay lavi. Lachè pa itil anyen menm. Pawòl mwen di nou yo se lespri e se lavi. ” Malgre sa, anpil ladan yo pa t koute, e dapre sa yo rapòte : “ Akoz de sa, anpil nan disip li yo te retounen al nan bagay ki te dèyè yo e yo te sispann mache avèk li. ” — Jan 6:60, 63, 66.

15. Ki pwennvi kòrèk kèk nan disip Jezi yo te genyen ?

15 Sepandan, se pa tout disip Jezi yo ki te reyaji konsa. Se vre disip fidèl yo pa t byen konprann sa Jezi te di a, men, konfyans yo te gen nan li te toujou rete byen solid. Pyè, youn nan disip fidèl sa yo, te eksprime santiman tout disip ki te rete yo lè li te di : “ Seyè, kiyès pou nou al jwenn ? Se ou menm ki gen pawòl lavi etènèl. ” ​(Jan 6:68). Ala yon bèl atitid ! Ala yon bèl egzanp !

16. Ki jan nou ka jwenn eprèv e ki pwennvi ki kòrèk nou bezwen travay pou nou genyen ?

16 Nou menm tou jodi a, nou ka jwenn eprèv menm jan ak premye disip sa yo. Nan ka pa nou, sa ka rive nou desi paske pwomès Jewova yo pa reyalize vit jan nou menm pèsonèlman nou ta renmen sa. Nou ka santi esplikasyon yo bay sou Ekriti yo nan piblikasyon nou yo difisil pou nou konprann. Konduit yon kretyen parèy nou ka desevwa nou. Èske nou t ap byen fè si nou ta sispann mache avèk Bondye pou rezon sa yo oubyen pou lòt rezon ki sanble ak sa yo ? Sètènman non ! Disip ki te abandone Jezi yo te montre yo panse yon fason ki chanèl. Nou dwe veye pou nou pa fè menm bagay la.

“ Nou pa moun k ap fè bak ”

17. Ki jan nou ka jwenn èd pou nou kontinye mache avèk Bondye ?

17 Men sa apot Pòl te ekri : “ Tout Ekriti se Bondye ki enspire li. ” ​(2 Timote 3:16). Nan Bib la, Jewova di nou aklè : “ Men chemen an. Mache ladan l. ” ​(Izayi 30:21). Lè nou obeyi Pawòl Bondye, sa ede nou ‘ byen veye sou fason n ap mache ’. (Efezyen 5:15.) Lè nou etidye Bib la epi nou medite sou sa nou aprann yo, sa ede nou ‘ kontinye mache nan laverite ’. (3 Jan 3.) Vrèmanvre, jan Jezi di a, “ lespri [...] bay lavi. Lachè pa itil anyen menm ”. Sèl konsèy ki fyab nou ta dwe kite dirije pa nou se konsèy espirityèl nou jwenn pa mwayen Pawòl Jewova a, lespri li ak òganizasyon l lan.

18. a) Ki sa kèk moun fè ki pa saj ? b) Ki kalite lafwa nou genyen ?

18 Jodi a, moun ki mekontan akoz panse chanèl oswa akoz sa yo t ap tann ki pa reyalize, souvan yo konn al pwofite tout sa monn nan ofri. Yo pa rann yo kont si gen ijans, yo pa wè nesesite pou yo “ kontinye veye ”, konsa yo chwazi pousuiv objektif egoyis olye yo mete enterè Wayòm nan an premye (Matye 24:42). Lè yon moun ap mennen yon vi konsa, li pa montre li saj ditou. Remake ki sa apot Pòl di : “ Nou pa moun k ap fè bak pou destriksyon, men nou se moun ki gen lafwa pou fè nanm nan rete vivan. ” ​(Ebre 10:39). Menm jan ak Enòk ak Noye, n ap viv nan epòk boulvès, men, nou gen privilèj menm jan avèk yo pou nou mache avèk Bondye. Lè nou fè sa, nou gen esperans sèten n ap wè reyalizasyon pwomès Jewova yo, sa vle di n ap wè mechanste disparèt e yon monn nouvo ki jis pral etabli. Ala yon bèl pèspektiv !

19. Ki jan Mika dekri fason vrè adoratè yo ap mache ?

19 Selon sa pwofèt Mika te enspire pou l di, nasyon nan monn nan t apral “ mache nan non dye pa yo ”. Apre sa, li pale de tèt li ak lòt adoratè fidèl e li di : “ Nou menm, bò kote pa nou, nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan. ” ​(Mika 4:5). Si ou gen menm detèminasyon ak Mika, se pou w rete pwòch Jewova kèlkeswa jan moman yo ta vin boulvèse (Jak 4:8). Nou swete pou nou chak gen dezi sensè pou nou mache avèk Jewova Bondye nou an kounye a e pou tan endefini, wi pou toutan !

Ki repons nou ta bay ?

• Ki resanblans ki genyen ant epòk Noye a ak epòk pa nou an ?

• Ki fason Noye ak fanmi l te viv, e ki jan nou ka imite fwa yo ?

• Ki move pwennvi kèk nan moun ki t ap suiv Jezi yo te montre yo genyen ?

• Ki sa vrè kretyen yo detèmine pou yo fè ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 30]

Menm jan ak nan epòk Noye a, jodi a, moun yo absòbe nan aktivite y ap mennen chak jou.

[Foto nan paj 31]

Antanke pwoklamatè Wayòm nan, “ nou pa moun k ap fè bak ”.