Èske w rekonèt siy prezans Jezi ?
Èske w rekonèt siy prezans Jezi ?
PA GEN yon moun ki ta renmen malad grav oswa ki ta renmen viktim nan yon dezas. Yon moun ki saj, pou l ka evite tonbe nan malè sa yo, l ap teni kont de siy ki endike gen yon danje e l ap fè sa ki nesesè. Jezi Kris te dekri yon siy espesyal nou bezwen rekonèt. Sa l te di yo t apral gen enpak sou tout tè a e sa t ap gen efè sou tout limanite. Ni ou menm ni fanmi w konsène.
Jezi te pale konsènan Wayòm Bondye a ki pral retire mechanste e ki pral fè tè a tounen yon paradi. Disip li yo te anvi gen enfòmasyon sou sa e yo te vle konnen ki lè Wayòm sa a t ap vini. Se poutèt sa yo te mande Jezi : “ Ki siy k ap siy prezans ou ak konklizyon sistèm de choz la ? ” — Matye 24:3.
Jezi te konnen, lè yo fin egzekite l e li fin resisite, plizyè syèk t ap pase anvan li resevwa twòn nan nan syèl la pou l dirije limanite antanke Wa mesyanik. Piske lèzòm pa t ap ka wè lè Jezi ap resevwa twòn nan, li te bay yon siy ki t ap pèmèt disip li yo rekonèt “ prezans ” li ansanm ak “ konklizyon sistèm de choz la ”. Siy sa a gen plizyè fasèt, e fasèt sa yo fòme ansanm yon siy konpoze ki t ap pèmèt yo idantifye epòk prezans Jezi a.
Matye, Mak ak Lik, nan Evanjil yo te ekri yo, rapòte an detay repons Jezi te bay la (Matye chapit 24 ak chapit 25 ; Mak chapit 13 ; Lik chapit 21). Gen lòt ekriven biblik ki te ajoute lòt detay ki gen rapò ak siy lan (2 Timote 3:1-5 ; 2 Pyè 3:3, 4 ; Revelasyon 6:1-8 ; 11:18). Nou pa gen ase espas pou nou ta egzamine tout detay ki gen nan siy lan, men n ap konsidere senk eleman kle ki konpoze siy Jezi te mansyone a. Egzamen sa a ap itil ou, l ap enpòtan pou ou pèsonèlman. — Gade kare ki nan paj 6 la.
“ Yon chanjman ki debouche sou yon lòt epòk ”
“ Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. ” (Matye 24:7). Selon sa yon jounal alman ki rele Der Spiegel rapòte, anvan 1914, moun yo “ te kwè nan yon bèl avni kote t ap gen plis libète, plis pwogrè ak plis pwosperite ”. E vwala, tout bagay chanje. Men sa yon jounal ki rele GEO ekri : “ Gè ki te kòmanse nan mwa out 1914 e ki fini an novanm 1918 la, se te yon evènman trajik. Li lakòz yon gwo chanjman nan listwa lèzòm, li separe sa ki ansyen ak sa ki nouvo. ” Plis pase 60 milyon sòlda ki soti nan senk kontinan yo te patisipe nan konfli sovaj sa a. An mwayèn, te gen anviwon 6 000 sòlda ki mouri chak jou. Depi lè sa a, istoryen tout jenerasyon ak istoryen tout tandans politik konsidere “ peryòd ki soti nan ane 1914 pou rive nan ane 1918 la kòm yon chanjman ki debouche sou yon lòt epòk ”.
Akoz Premye Gè mondyal la, te vin oblije gen chanjman definitif ki fèt nan sosyete a e sa te pouse limanite antre nan dènye jou sistèm de choz sa a. Pandan tout rès ventyèm syèk la, te vin gen plis lagè, plis konfli ame, plis zak teworis. E nan kòmansman syèk nou ye la a, bagay yo pa amelyore. Men anplis lagè, gen lòt aspè nan siy lan ki vizib.
Grangou, epidemi ak tranblemanntè
“ Pral gen rate manje. ” (Matye 24:7). Pandan Premye Gè mondyal la, te gen gwo grangou ki te frape Ewòp, e grangou ap frape limanite depi lè sa a. Selon sa yon istoryen ki rele Alan Bullock ekri, an 1933, nan peyi Larisi ak Ikrèn, “ yon kantite moun grangou t ap sikile nan tout peyi a. [...] Kadav te anpile tou de bò wout yo ”. An 1943, yon jounalis ki rele T. H. White te temwen yon grangou nan yon pwovens peyi Lachin ki rele Henan. Men sa l ekri : “ Lè gen grangou, prèske tout bagay manjab, yo kapab fè yo tounen poud, manje yo e fè yo tounen enèji pou kò a. Men se lè yon moun wè lanmò anfas li vre pou l panse li ka manje yon bagay oparavan li te konsidere ki pa manjab. ” Malerezman, nan dènye deseni sa yo, grangou se yon bagay ki egziste prèske toupatou ann Afrik. Byenke tè a pwodui ase manje pou tout moun, Òganizasyon Nasyonzini pou alimantasyon ak agrikilti estime gen 840 milyon moun sou tout tè a ki pa gen ase manje pou yo manje.
“ Nan yon zòn apre yon lòt, pral gen epidemi. ” (Lik 21:11). Selon sa yon jounal rapòte, “ dapre estimasyon ki fèt, grip espayòl la te touye ant 20 ak 50 milyon moun nan ane 1918, donk li te touye plis moun pase lapès, plis moun pase Premye Gè mondyal la ”. (Süddeutsche Zeitung.) Depi lè a, maladi tankou malarya, varyòl, tibèkiloz, polyo ak kolera frape yon pakèt moun. E tout moun met de men nan tèt lè y ap gade jan sida kontinye ap vale teren. Aktyèlman, n ap viv yon sitiyasyon moun pa ka esplike : malgre lèzòm reyalize pwogrè estrawòdinè nan domèn medikal, gen yon seri maladi ki kontinye ap fè pale de yo. Sa a se yon kontradiksyon jiska prezan limanite potko janm viv, e sa ede nou idantifye epòk san parèy n ap viv ladan l lan.
“ Tranblemanntè. ” (Matye 24:7). Pandan santan ki sot pase yo, tranblemanntè efase lavi plizyè santèn milye moun. Selon yon sous enfòmasyon, depi 1914, chak ane, gen an mwayèn 18 tranblemanntè ki gen fòs pou kraze bilding e pou fann tè. Anviwon yon fwa pa ane, gen sekous ki fèt ki pi mòtèl toujou e yo gen ase fòs pou yo kraze bilding rapyetè. Malgre pwogrè ki fèt nan teknoloji, toujou gen anpil moun ki mouri, akoz ogmantasyon rapid ki genyen nan popilasyon anpil vil ki sou liy fay tranblemanntè yo.
Yon nouvèl agreyab !
Pifò aspè nan siy dènye jou yo se bagay ki lage moun nan detrès. Men, Jezi te mansyone tou t ap gen yon nouvèl agreyab.
“ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. ” (Matye 24:14). Travay sa a Jezi li menm te kòmanse a, predikasyon bon nouvèl Wayòm nan, t apral rive pandan dènye jou yo nan yon nivo li potko janm rive. E se sa k fèt vre. Temwen Jewova yo ap preche mesaj ki nan Bib la e y ap anseye tout moun ki vle pou yo aplike sa yo aprann yo chak jou nan lavi yo. Aktyèlman, gen plis pase sis milyon Temwen k ap preche nan 235 peyi e y ap fè sa nan plis pase 400 lang.
Remake Jezi pa t di gen yon lè ki t ap rive lavi t ap sispann akoz detrès ki t ap gen nan monn nan. Ni li pa t di tou t ap gen youn nan aspè nan siy lan ki t ap anglouti tout monn nan. Men, li te predi yon kantite evènman, lè w mete yo ansanm, yo t ap fòme yon siy, e siy sa a yon moun t ap ka rekonèt li nenpòt kote li ye sou tè a.
Lè w pa annik konsidere chak grenn evènman poukont yo tankou se evènman izole, èske w wè yon siy konpoze ki gen yon enpòtans mondyal ? Sa k ap pase yo konsène ni ou
ni fanmi w. Men petèt nou ka ap mande, poukisa pa gen anpil moun ki teni kont de sa ?Se enterè yo yo wè anvan
“ Pa naje nan zòn sa a ”, “ Kouran wot tansyon ”, “ Ralanti ”. Sa yo se kèk siy, kèk avètisman nou konn wè, men souvan moun yo pa okipe yo. Sa k fè sa ? Se paske sa nou konsidere ki plis nan enterè nou kapab enfliyanse nou fasilman. Pa egzanp, nou ka santi nou oblije kouri machin nou pi vit pase jan lalwa pèmèt sa, oubyen nou ka gen yon sèl anvi naje yon kote yo entèdi moun fè sa. Men, si nou pa okipe siy yo mete yo, nou pa montre nou saj.
Pa egzanp, nan peyi Otrich, Frans, Itali ak Suis, gwo kantite nèj konn sot sou tèt mòn glise desann. E nan zòn sa yo, se sèlman nan wout ki pa danjere yo rekòmande touris yo pou y al fè ski oswa pou y al monte paten sou nèj. Lè konsa, touris ki pa koute avètisman yo konn pèdi lavi yo. Selon sa yon jounal ekri, anpil nan touris ki pa suiv avètisman yo ap viv selon opinyon ki di, si pa gen risk, pa gen plezi (Süddeutsche Zeitung). Malerezman, lè moun pa koute avètisman, sa ka gen konsekans grav.
Pou ki rezon moun yo ka pa teni kont de siy Jezi dekri yo ? Plizyè rezon ka fè sa : avidite ka avegle yo, mank enterè ka fè yo vin ensansib, yo ka pa konn sa pou yo deside, yo gendwa pa ka pwogrese paske yo tonbe nan woutin, e anfen, yo kapab pè pèdi prestij yo. Èske se youn nan rezon sa yo ki ta fè w pa wè siy prezans Jezi a? Èske li pa t ap pi saj pou w rekonèt siy lan epi pou w fè sa ki nesesè ?
Lavi sou tè a ki tounen yon paradi
Gen plis moun de jou an jou ki teni kont de siy prezans Jezi a. Gade sa yon jèn mesye marye nan peyi Almay ki rele Kristian ekri : “ N ap viv nan yon epòk ki sonm. Definitivman, n ap viv nan ‘ dènye jou yo ’. ” Li menm ak madanm li pase anpil tan ap pale ak moun de Wayòm mesyanik la. Frank se yon mesye k ap viv nan menm peyi sa a. Li menm ak madanm li ap sèvi ak bon nouvèl ki nan Bib la pou yo ankouraje lòt moun. Men sa Frank di : “ Gen anpil moun jodi a ki enkyè konsènan lavni akoz sitiyasyon ki gen nan monn nan. Pou nou eseye ankouraje yo, nou sèvi ak pwofesi ki nan Bib la ki pale konsènan tè a ki pral tounen yon paradi. ” Konsa, Kristian ak Frank ap patisipe nan akonplisman yon fasèt nan siy Jezi te bay la : predikasyon bon nouvèl Wayòm nan. — Matye 24:14.
Kou dènye jou yo rive nan bout yo, Jezi ap elimine sistèm de choz sa a ki la depi lontan an ansanm ak tout moun k ap soutni l. Lè sa a, se Wayòm mesyanik la ki pral kontwole tout aktivite k ap fèt sou tè a ki pral tounen yon paradi, jan sa predi a. Limanite pral libere anba maladi ak lanmò, e moun ki mouri yo pral resisite pou yo viv sou tè a. Sa yo se pèspektiv estrawòdinè k ap ret tann moun ki rekonèt siy tan yo. Si se sa, ki sa yon moun ta dwe fè ? Èske li pa t ap pi bon pou l aprann plis toujou konsènan siy lan e konsènan ki sa li dwe fè pou l chape lè fen sistèm sa a rive ? Asireman, sa a se yon bagay chak moun ta dwe fè san pèdi tan. — Jan 17:3.
[Antrefilè nan paj 4]
Jezi te anonse yon kantite evènman ki t ava fòme yon siy moun nenpòt kote sou tè a t ap ka rekonèt.
[Antrefilè nan paj 6]
Èske w wè yon siy konpoze ki gen yon enpòtans mondyal ?
[Kare/Foto nan paj 6]
ANN IDANTIFYE MAK DÈNYE JOU YO
Lagè moun potko janm konn wè. — Matye 24:7 ; Revelasyon 6:4.
Grangou. — Matye 24:7 ; Revelasyon 6:5, 6, 8.
Epidemi. — Lik 21:11 ; Revelasyon 6:8.
Ilegalite k ap ogmante. — Matye 24:12.
Tranblemanntè. — Matye 24:7.
Tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte. — 2 Timote 3:1.
Lanmou egzajere pou lajan. — 2 Timote 3:2.
Dezobeyisans anvè paran. — 2 Timote 3:2.
Mank afeksyon natirèl. — 2 Timote 3:3.
Moun yo ap renmen plezi plis pase Bondye. — 2 Timote 3:4.
Mank metriz. — 2 Timote 3:3.
San lanmou pou sa ki byen. — 2 Timote 3:3.
Moun yo pa teni kont de danje k ap vini sou yo. — Matye 24:39.
Mokè yo ap rejte prèv ki montre n ap viv nan dènye jou yo. — 2 Pyè 3:3, 4.
Y ap preche Wayòm Bondye a sou tout tè a. — Matye 24:14.
[Liy kredi pou foto nan paj 5]
Sòlda nan Premye Gè mondyal la : liv The World War — A Pictorial History, 1919 ; yon fanmi pòv : AP foto/Aijaz Rahi ; yon viktim maladi polyo : © OMS/P. Virot